Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 2:3 - 1998 Haïtienne

3 Salomon voye misyon bay Iram, wa lavil Tir. Li di l: — Annou fè zafè yonn ak lòt tankou ou te fè avèk wa David, papa m, lè ou te vann li madriye sèd pou l te bati yon kay pou l rete.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Salomon te voye kote Huram, wa Tyr la. Li te di: “Jan ou te aji avèk David la, papa m nan, Ou te voye ba li bwa sèd pou bati yon kay pou li ta rete ladann. Konsa, fè sa pou mwen.

参见章节 复制




2 Kwonik 2:3
18 交叉引用  

Se konsa, Iram, wa lavil Tir la, delege kèk mesaje bò kote David ak yon chajman bwa sèd. Li voye tou kèk bòs chapant ak bòs mason ki bati yon palè pou David.


Iram, wa lavil Tir la, delege kèk mesaje bò kote David ak yon chajman bwa sèd. Li voye tou kèk bòs mason ak bòs chapant pou bati yon palè pou li.


Chak maten, chak aswè, y'ap ofri bèt yo boule nèt pou Senyè a ansanm ak lansan. Yo mete pen ki apa pou Bondye yo sou yon tab ki nan kondisyon pou sevis Bondye. Chak aswè, yo limen lanp ki sou gwo lanp sèt branch lan. Nou fè tou sa Senyè a ban nou lòd fè. Men, nou menm moun peyi Izrayèl, nou vire do ba li.


Lè yo fini ak travay reparasyon an, yo pote rès lò ak rès ajan an renmèt wa a ak Jeojada ki sèvi avèk yo pou fè bagay pou Tanp Senyè a, tankou bòl ak veso yo bezwen lè y'ap fè sèvis, lè y'ap boule bèt yo touye pou Bondye ak tout kalite veso an lò ak an ajan. Pandan tout tan Jeojada te la a, yo pa te sispann boule bèt nèt nan dife nan Tanp Senyè a jan pou yo fè l la.


Salomon fè fè tout mèb an lò yo te bezwen pou Tanp lan: lotèl la, tab pou pen yo mete apa pou Bondye yo,


Li ofri bèt pou yo boule nèt pou Senyè a, dapre lòd Moyiz te bay nan lalwa a pou chak jou fèt: pou jou repo yo, pou jou lalin nouvèl yo, ak pou twa gwo fèt yo fete chak lanne yo, ki vle di: Fèt Pen san ledven yo, Fèt Rekòt yo ak Fèt Joupa yo.


— Nan premye lanne reny li, wa Siris te bay lòd sa a sou Tanp Bondye a nan lavil Jerizalèm: Se pou yo rebati Tanp lan pou l ka sèvi kote yo ka touye bèt ak boule ofrann nan dife pou Bondye. Tanp lan va gen trant mèt wotè, trant mèt lajè.


Nou menm, prèt yo, moun Levi yo ak rès pèp la, men ki jan pou nou regle kèsyon livrezon bwa pou Tanp lan: Chak lanne y'a tire osò pou konnen kilè chak fanmi, yonn apre lòt, va pote bwa y'a bezwen pou boule sou lotèl Senyè a, Bondye nou an, jan sa ekri nan lalwa Bondye a.


Epi w'a toujou mete sou tab la pen yo ofri ban mwen yo. Wi, se pou pen yo tout tan la devan mwen.


Men sa ou gen pou ofri sou lotèl la: Chak jou, san sote yon jou, w'a ofri de ti mouton ki pako gen ennan bay Bondye.


W'a ofri yonn nan mouton yo nan maten, lòt la nan aswè anvan li fin fè nwa nèt.


W'a touye dezyèm ti mouton an aswè. W'a ofri ansanm avè l menm manje ak menm bwason ou te ofri nan maten an. W'a boule tout bagay sa yo nèt nan dife. Se va yon ofrann bèt k'ap fè Senyè a plezi ak bon sant li.


Arawon va boule lansan bon sant sou li chak maten lè l'ap netwaye lanp yo.


— Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Men jou pou nou mande pèp la pou li reyini pou fè fèt pou Senyè a. Men lè pou nou fè fèt pou mwen.


Li mete ofrann grenn jaden yo devan Senyè a. Li pran yon ponyen farin, li boule l sou lotèl la, anplis ofrann ki t'ap boule depi maten an.


Nan konmansman chak mwa, n'a fè yon ofrann boule pou Senyè a. Lè sa a, n'a ofri de towo bèf, yon belye mouton ak sèt ti mouton ki gen ennan. Epi fòk yo tout san okenn enfimite.


Pou jou repo a, n'a ofri de ti belye mouton ki gen ennan, ki san okenn enfimite, kat ti mamit farin frans melanje ak lwil oliv tankou ofrann grenn jaden ak yon ofrann bwason.


跟着我们:

广告


广告