Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 2:12 - 1998 Haïtienne

12 Lwanj pou Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, li menm ki fè syèl la ak latè a! Paske li bay wa David yon pitit gason ki gen anpil bon konprann, anpil lespri epi ki veye tou sa l'ap fè, yon pitit ki kounyeya fè lide bati yon tanp pou Senyè a ansanm ak yon palè pou tèt pa l.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Konsa, Huram te kontinye: “Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te fè syèl la avèk tè a, ki te bay Wa David yon fis ki saj, plen avèk pridans, avèk bon konprann, ki va bati yon kay pou SENYÈ a, avèk yon palè wayal pou li menm.

参见章节 复制




2 Kwonik 2:12
21 交叉引用  

Lè Iram resevwa mesay Salomon an, sa te fè l plezi anpil. Li di: — Lwanj jòdi a pou Senyè a ki bay David yon pitit gason ak bon konprann konsa pou gouvènen sou gwo pèp sa a!


Apre sa David pale ankò ak tout pèp la ki te reyini, li di yo: — Annou fè lwanj pou Senyè a, Bondye nou an! Tout pèp la nèt pran fè lwanj Senyè a, Bondye zansèt yo. Yo mete jenou yo atè, yo bese tèt yo byen ba devan Senyè a ak devan wa a.


Wa Salomon te deside bati yon kay kote pou yo fè sèvis pou Senyè a, ansanm ak yon palè pou l rete.


M'ap voye yon moun ki gen bon konesans ak ladrès ba ou. Se bòs Iram.


(26) Se ou menm, Senyè, ki te kreye latè nan tan lontan. Se avèk men ou ou te fè syèl la.


(6) Mwen tounen zo ak po tèlman m'ap plenn.


Se Senyè a k'ap pote nou sekou, se li menm ki fè syèl la ak latè a.


Senyè a pale, epi syèl la fèt. Li soufle ak bouch li, tou sa ki nan syèl la fèt.


Men ou menm Senyè, ou se Bondye tout bon an, Bondye vivan an, Wa ki la pou tout tan an. Lè ou ankòlè, tout latè pran tranble, nasyon yo pa ka sipòte.


Ann chante pou Mèt la, Bondye pèp Izrayèl la. Paske, li vin sove pèp li a, li delivre yo anba esklavaj.


— Mezanmi, sa n'ap fè konsa? Nou se moun tankou nou tou: nou vin isit la anonse nou yon bòn nouvèl: Se pou nou kite tout zidòl sa yo ki pa vo anyen pou n vire bò kote Bondye ki vivan an. Se li menm ki fè syèl la, tè a, lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan yo.


Lè disip yo tande sa, yo tout mete tèt ansanm pou lapriyè Bondye konsa: — O Mèt, se ou menm ki fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo.


Beniswa Letènèl, li menm ki se Papa Jezikri, Senyè nou an. Paske nan kè sansib li, li ban nou lavi ankò, lè li te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a. Sa fè nou viv ak anpil espwa.


Li fè sèman sou non Bondye k'ap viv pou tout tan an, Bondye ki fè syèl la ak tou sa ki ladan l, tè a ak tou sa ki ladan li, ansanm ak lanmè a ak tou sa ki ladan li. Zanj lan di: — Yo p'ap bay dèle ankò.


O Bondye, Mèt nou, ou merite pou ou resevwa lwanj, respè ak pouvwa. Se ou menm ki fè tout bagay. Si yo la, si yo gen lavi, se paske ou vle l.


跟着我们:

广告


广告