Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 17:3 - 1998 Haïtienne

3 Senyè a te kanpe avèk Jozafa, paske li te fè tankou David, granpapa l, nan konmansman reny li. Li pat kouri dèyè Baal yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 SENYÈ a te avèk Josaphat akoz li te swiv egzanp a zansèt li a, David, nan premye jou li yo, e li pa t chache Baal yo,

参见章节 复制




2 Kwonik 17:3
47 交叉引用  

Men Senyè a te kanpe la avèk Jozèf. Li moutre l jan l te renmen l, li fè chèf prizon an gen Jozèf konfyans.


Chak jou David t'ap vin pi fò. Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, te avè l.


David t'ap gouvènen tout pèp Izrayèl la. Li te fè tout moun jistis san patipri. Li te fè tout zafè l dwat.


Salomon tanmen fè sa ki mal devan Senyè a. Li pa sèvi l ak tout kè li jan David, papa l, te fè a.


Jozafa li menm te swiv Asa, papa l, pye pou pye nan tou sa l te fè. Li te fè sa ki dwat devan Senyè a. Tansèlman, tanp zidòl yo te la toujou nan peyi a, kifè pèp la pat sispann fè sèvis, touye bèt pou zidòl yo.


Salomon li menm te renmen Senyè a, li te mache dapre lòd David, papa l, te ba li. Men li menm tou, li te touye bèt pou lòt bondye, li te ofri yo lansan sou divès lotèl sou mòn yo.


Li te fè sa ki dwat devan Senyè a, men pa tankou David, zansèt li a. Li te fè menm jan ak Joas, papa l.


Akaz te gen ventan lè sa a. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Men, li pat mache dwat devan Senyè a, Bondye li a, tankou David, zansèt li a, te fè l.


Li te mache dwat devan Senyè a, li te fè menm jan ak David, zansèt li a.


Jozyas te fè sa ki dwat devan Senyè a. Li mache pye pou pye dèyè David, zansèt li, nan tou sa l'ap fè san li pa janm fè sa ki mal.


Li di yo konsa: — Senyè a, Bondye nou an, te toujou la avèk nou. Li fè nou viv nan lapè ak tout moun toupatou. Li lage nan men mwen tout lòt moun ki rete nan peyi a, kifè tout peyi a soumèt nèt devan Senyè a ak devan pèp li a.


Asa lapriyè Senyè a, Bondye li a, li di l konsa: — Bondye sèl Mèt, kit w'ap ede yon gwo, kit w'ap ede yon piti, pou ou se menm bagay la. Tanpri, vin ede nou kounyeya, Senyè, Bondye nou an, paske se sou ou nou konte. Se nan non ou nou vin goumen ak bann moun sa yo. Senyè, se ou menm ki Bondye nou. Fè wè pèsonn pa ka kenbe tèt avè ou!


Azarya sòti al kontre wa Asa, li di l konsa: — Koute sa m'ap di nou, ou menm Asa ansanm ak tout moun fanmi Jida ak fanmi Benjamen yo! Senyè a ap kanpe ak nou si nou menm tou nou kanpe avè l. Si nou chache l, l'ap kite nou jwenn li. Men, si nou vire do ba li, l'ap vire do ban nou tou.


Li mete sòlda nan tout lavil ki gen ranpa nan peyi Jida a, li mete gouvènè nan tout peyi Jida a ak nan tout lavil Asa, papa l, te pran nan peyi Efrayim lan.


Li t'ap chache tout jan pou li te sèvi Bondye zansèt li a. Li te mache dapre lòd Bondye bay yo, li pat fè tankou wa Izrayèl yo.


Jozafa te swiv Asa, papa l, pye pou pye nan tou sa li te fè. Li te fè sa ki dwat devan Senyè a.


Se konsa Joram resevwa yon lèt pwofèt Eli te voye ba li. Nan lèt la pwofèt la di: — Men sa Senyè a, Bondye David, zansèt w'a a, voye di ou: Ou pa swiv egzanp Jozafa, papa ou, ni egzanp Asa, granpapa ou.


Apre sa, li mande pou yo chache Okozyas ki te kache nan peyi Samari a. Yo jwenn li, yo mennen l bay Jeou ki fè yo touye l. Apre sa, yo antere kadav li, paske yo t'ap di se pitit pitit Jozafa ki te fè sa l kapab pou l sèvi Senyè a. Se konsa pat rete pèsonn nan fanmi Okozyas la ki te ka pran pouvwa a pou gouvènen.


Jotam te vin gen anpil pouvwa, paske li te mache dwat devan Senyè a, Bondye li a.


Ezekyas te fè sa ki dwat devan Senyè a tankou David, zansèt li a, te fè l.


Jozyas te fè sa ki dwat devan Senyè a. Li mache pye pou pye dèyè David, zansèt li a. Li fè tankou l nan tou sa l'ap fè, san li pa janm fè sa ki mal.


(12) Senyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n kache!


(8) Senyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n kache.


Bondye di l: — M'ap kanpe la avè ou. Lèfini, pou fè konnen se mwen menm ki voye ou, men sa w'a fè: lè w'a fin fè pèp la sòti kite peyi Lejip, n'a sèvi m sou mòn sa a.


Bon, ou mèt ale. M'a ede ou lè ou gen pou ou pale, m'a moutre ou sa ou gen pou di.


Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.


Nou mèt fè plan nou. Men, sa p'ap mache! Nou mèt pale jan nou vle. Men, sa p'ap sèvi nou anyen, paske nou menm patizan Bondye yo, se Bondye ki avèk nou!


Ki jan ou fè ka di ou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen, ou pa janm kouri dèyè Baal yo? Gade tout vye makakri w'ap fè nan fon an! Rekonèt sa ou fè a non! Ou tankou yon jenn fenmèl chamo ki lage nan bwa, w'ap kouri adwat agòch.


Men li, jenn fi a pral ansent, li pral fè yon pitit gason. Y'a rele l Emannwèl. (Non sa a vle di: Bondye avèk nou.)


Paske, chak fwa de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen, m'ap la nan mitan yo.


Lamenm, domestik ki te resevwa senkmil (5.000) goud la al fè lajan an travay. Li rapòte l senkmil (5.000) goud benefis.


Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.


Mwen mande Senyè a pou l toujou la avèk ou. Benediksyon Bondye avèk nou tout. Amèn.


Pandan tout rès vi ou, pèsonn p'ap ka kenbe tèt ak ou. M'ap toujou kanpe la avèk ou, menm jan mwen te toujou la avèk Moyiz. Mwen p'ap vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.


Chonje lòd mwen te ba ou! Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje! Ou pa bezwen tranble, ou pa bezwen pè, paske Senyè a, Bondye ou la, ap toujou kanpe la avèk ou kote ou pase.


Moun pèp Izrayèl yo lage kò yo nan fè sa ki mal nan je Senyè a. Y'al sèvi Baal yo.


Chak fwa Senyè a voye yon chèf konsa ba yo, li te kanpe la avèk chèf la, li te delivre yo anba men lènmi yo toutotan chèf la te vivan. Senyè a te gen pitye pou yo paske yo t'ap soufri anpil anba moun ki t'ap pèsekite yo ak anba moun ki t'ap peze yo.


Zanj Senyè a parèt devan l, li di l konsa: — Bonjou, vanyan sòlda! Senyè a avè ou!


Apre Jedeyon mouri, pèp Izrayèl la vire do bay Bondye ankò, yo pran fè sèvis pou Baal yo. Yo fè Baal-Berit sèvi yo bondye.


Sayil te pè David anpil, paske Senyè a te vire do bay Sayil, se avèk David li te ye kounyeya.


Men, kote li pase li toujou kraze lènmi yo, paske Senyè a te kanpe avèk li.


Chak fwa Sayil te voye David nan misyon, kote li pase, li toujou reyisi. Se konsa Sayil moute li grad, li fè li chèf nan lame a. Sa te fè moun Sayil yo ansanm ak tout pèp la plezi.


跟着我们:

广告


广告