Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 16:3 - 1998 Haïtienne

3 — Annou pase kontra yonn ak lòt tankou zansèt nou yo te fè li a. Men mwen voye bagay lò ak bagay lajan sa yo fè ou kado. Koulyeya, kase kontra ou pase ak Bacha, wa Izrayèl la. Konsa, l'a sètoblije wete sòlda li yo nan peyi mwen an.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 “Kite genyen yon alyans antre ou menm avèk mwen, tankou antre papa m ak papa ou. Gade byen, mwen te voye ba ou ajan avèk lò. Ale, kraze alyans ou an avèk Baasha, wa Israël la, pou li retire li sou mwen.”

参见章节 复制




2 Kwonik 16:3
16 交叉引用  

Moun lavil Gabawon yo pat fanmi moun Izrayèl yo. Se yon ti rès nan moun peyi Amori moun Izrayèl yo te pran angajman yo t'ap toujou pwoteje. Men, Sayil te sitèlman cho pou defann enterè moun fanmi Izrayèl ak fanmi Jida yo, li te sòti pou l te detwi yo.


Pandan tout tan yo t'ap gouvènen chak moun bò pa yo, se te yon lagè san rete ant Asa, wa peyi Jida, ak Bacha, wa peyi Izrayèl.


Lè wa Asa wè sa, li pran bagay lò ak bagay lajan ki te nan Tanp lan ak nan palè a, li renmèt yo bay kèk moun pa li, li voye yo kote Bennadad, wa Siri ki te rete lavil Damas, ak mesaj sa a:


Wa Bennadad dakò avèk sa wa Asa te di l la. Li voye chèf lame li yo al atake lavil peyi Izrayèl yo. Yo pran lavil Ijon, lavil Dann, lavil Abèl-Mayim ak tout lavil nan pòsyon tè branch fanmi Neftali a ki te sèvi depo.


Akab, wa peyi Izrayèl la, di Jozafa, wa peyi Jida a: — Eske w'ap vin avè m pou atake lavil Ramòt nan peyi Galarad la? Jozafa reponn li: — Mwen menm ak tout sòlda mwen yo, nou avè ou ansanm ak pèp ou a. Se yonn nou ye!


Yon pwofèt yo te rele Jeou, pitit gason Anani an, vin kontre wa a, li di l konsa: — Ki jan ou fè al ede moun k'ap fè mal? Ki jan ou rive fè zanmi ak moun ki pa vle wè Senyè a? Se poutèt sa, Senyè a fache sou ou anpil.


Li meprize tout moun Bondye vire do bay, men, li respekte tout moun ki gen krentif pou Senyè a. Li toujou kenbe pawòl li, menm si sa koute l chè.


Apre sa li di Arawon: — Kisa moun sa yo fè ou menm pou ou kite yo fè kalite gwo peche sa a?


Kisa kay Bondye a gen pou wè ak zidòl? Nou se kay Bondye vivan an, pa vre? Se Bondye menm ki di sa: M'a vin rete, m'a viv nan mitan yo. M'a tounen Bondye yo, y'a tounen pèp mwen.


Kè yo ap di, y'ap san pitye, y'ap pale moun mal, y'ap fè gwo kòlè, y'ap brital. Yo p'ap vle wè sa ki byen menm.


Nou menm, bò pa nou, piga nou fè okenn kontra ak moun k'ap viv nan peyi a. Se pou nou kraze tout lotèl yo. Men, nou pa fè sa m te di nou fè a. Gade sa nou pito fè!


跟着我们:

广告


广告