Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 15:3 - 1998 Haïtienne

3 Pandan lontan, pèp Izrayèl la t'ap viv san Bondye tout bon an, san prèt pou moutre yo sa pou yo fè, san lalwa Bondye a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Pandan anpil jou, Israël te kon san vrè Bondye a, san enstriksyon, san prèt e san lalwa.

参见章节 复制




2 Kwonik 15:3
22 交叉引用  

Li te gen twazan depi li te wa lè li voye kèk chèf nan tout lavil peyi Jida yo pou moutre pèp la sa pou l fè. Men non chèf yo: Se te Bennayil, Obadya, Zekaraya, Netaneyèl ak Mikaya.


Lè pèp la tande sa ki te ekri nan liv lalwa a, yo pran kriye. Lè sa a, Neyemi, gouvènè a, ansanm ak Esdras, prèt dirèktè lalwa a, ak lòt moun Levi yo ki t'ap esplike lalwa a di moun yo konsa: — Jou sa a, se yon jou yo mete apa pou Senyè a, Bondye nou an! Pa kite lapenn anvayi kè nou! Pa kriye, mezanmi!


Men ou menm Senyè, ou se Bondye tout bon an, Bondye vivan an, Wa ki la pou tout tan an. Lè ou ankòlè, tout latè pran tranble, nasyon yo pa ka sipòte.


Pòtay yo atè kouvri anba fatra. Ba pòtay yo kase, yo pa ka sèvi ankò. Yo depòte wa a ak chèf yo nan peyi etranje. Pa gen pèsonn pou moutre sa ki nan lalwa. Menm pwofèt yo, Bondye pa pale ak yo nan vizyon ankò.


Konsa tou, moun Izrayèl yo pral rete pase kèk tan san wa, san chèf, san fè ofrann bèt, san wòch lotèl, san plastwon pou prèt yo.


Lèfini, se devwa nou pou nou moutre pèp Izrayèl la tout regleman mwen menm Senyè a, mwen te bay Moyiz pou nou.


Senyè a pale ak Arawon, li di l konsa:


Men yon jou gen pou rive. Jou sa a, mwen pral voye yon sèl grangou sou peyi a. Se p'ap dèyè pen pou yo manje, ni dèyè dlo pou yo bwè y'a kouri. Men, se mesay ki sòti nan bouch Senyè a y'a anvi tande. Se Senyè a menm ki di sa.


Moun ap achte chèf yo ak lajan. Prèt yo ap fè peye pou esplike moun lalwa. Ata pwofèt yo ap anonse lavni pou lajan tou. Yo tout yo pretann di Senyè a avèk yo. Y'ap di: O wi, anyen p'ap rive nou! Senyè a bò kote nou!


Se devwa prèt yo pou yo moutre moun sa Bondye ye. Moun al kote yo pou yo ka konnen sa Bondye mande yo fè. Paske se mesaje Senyè ki gen tout pouvwa a yo ye.


Lavi etènèl, se konnen ou, ou menm sèl Bondye tout bon an, se konnen Jezikri, moun ou voye a.


Tout moun ki pat konn lalwa Moyiz la epi ki fè sa ki mal, y'ap peri san lalwa pa reskonsab. Men, tout moun ki konnen lalwa a epi ki fè sa ki mal, y'ap pase anba jijman dapre lalwa a.


Konsa tou, lè m nan mitan moun ki pa konnen lalwa Moyiz la, mwen viv tankou yo san m pa okipe lalwa a, pou m ka mennen yo vin jwenn Kris la. Sa pa vle di pou sa mwen pa obeyi lalwa Bondye a. Paske mwen menm, mwen anba lalwa Kris la.


Y'a moutre pitit Jakòb yo regleman ou yo. Y'a moutre pitit Izrayèl yo lalwa ou la. Y'a boule lansan devan ou, y'a ofri sou lotèl bèt yo touye pou boule nèt pou ou.


Okontrè, yo tout ap rakonte jan nou te resevwa m lè m te rive lakay nou, jan nou te kite zidòl yo pou n tounen vin jwenn Bondye, pou nou te ka sèvi Bondye vivan an, Bondye tout bon an.


Pou yon moun chèf nan legliz, se pou l san repwòch. Se pou l gen yon sèl madanm. Se pou l yon nonm serye, ki konn kenbe tèt li anplas, ki gen lòd. Se pou l konn resevwa moun lakay li. Se pou l konn ki jan pou l moutre moun verite a.


Nou konnen Pitit Bondye a te vini, li louvri lespri nou pou nou ka konnen Bondye tout bon an. N'ap viv ansanm ak Bondye tout bon an, gremesi Pitit li, Jezikri. Se li menm ki Bondye tout bon an, se li menm ki lavi ki p'ap janm fini an.


跟着我们:

广告


广告