Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 13:2 - 1998 Haïtienne

2 Li gouvènen pandan twazan lavil Jerizalèm. Manman l te rele Mikaja. Se te pitit fi Ouryèl, moun lavil Gibeya. Se te yon lagè san rete ant Abija ak Jewoboram.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Li te renye pandan twazan Jérusalem. Non manman l te Micaja, fi a Uriel la nan Guibea. Alò, te gen lagè antre Abija avèk Jéroboam.

参见章节 复制




2 Kwonik 13:2
11 交叉引用  

Tout lòt bagay wa Jewoboram te fè yo, istwa lagè li te fè ak jan li te gouvènen peyi a, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.


Jewoboram te wa pandan venndezan. Lè li mouri, yo antere l. Se Nadab, pitit gason l lan, ki moute sou fòtèy la nan plas li.


Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twazan. Manman l te rele Maka, se te pitit fi Absalon.


Apre sa, Woboram marye ak Maka, pitit fi Absalon, ki ba li kat pitit gason: Abija, Atayi, Ziza ak Chelomit.


Tou sa wa Woboram te fè, depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jou a, nou jwenn yo ekri nan liv travay pwofèt Chemaya ak nan liv vizyon pwofèt Ido ki bay lis fanmi yo. Se te yon lagè san rete ant Woboram ak Jewoboram.


Abija leve yon lame katsanmil (400.000) vanyan sòlda ki konn goumen. Jewoboram bò pa l kanpe pou goumen kont Abija ak witsanmil (800.000) vanyan sòlda ki konn goumen.


Sela-Elèf, Jebis ki vle di Jerizalèm, Gibeya ak Kiriyat. Sa te fè antou katòz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo. Men pòsyon tè yo te bay branch fanmi Benjamen yo pou yo separè bay chak fanmi pa yo.


Se konsa yo pa rete, y'al fè wout yo. Solèy t'ap fin kouche lè yo rive bò lavil Gibeya, ki nan teritwa moun branch fanmi Benjamen yo.


Nan aswè, yon granmoun gason ki t'ap sot nan jaden vin ap antre lakay li. Se te yon moun mòn Efrayim yo li te ye. Li te rete lavil Gibeya. Men, tout moun lavil yo se moun fanmi Benjamen yo te ye.


Sayil tou al lakay li lavil Gibeya. Bondye te pale nan kè kèk vanyan gason. Yo menm tou, y'ale ansanm ak Sayil.


跟着我们:

广告


广告