Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 12:3 - 1998 Haïtienne

3 avèk mildesan (1.200) cha lagè, swasantmil (60.000) kavalye ak yon kantite sòlda moun pat ka konte ki te moute avè l sòti nan peyi Lejip. Te gen moun peyi Libi, moun peyi Soukit ak moun peyi Letyopi nan lame a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 avèk mil-de-san cha ak swasann-di-mil chevalye. Epi moun ki te vini avèk li soti an Égypte yo te depase kontwòl: Libyen yo, Sikyen ak Etyopyen yo.

参见章节 复制




2 Kwonik 12:3
15 交叉引用  

Moun Izrayèl yo fè moun Aram yo kouri met deyò. David ak sòlda li yo touye sètsan (700) sòlda ki te sou cha lagè, katòzmil (14.000) sòlda ki te sou chwal. Yo blese Chobak, chèf lame lènmi yo, ki mouri la menm kote yo t'ap goumen an.


Senyè a te fè sòlda lame Siri yo tande yon bann bri, ou ta di yon pakèt cha lagè, kavalye sou chwal ak yon gwo lame k'ap mache vini sou yo. Tout sòlda peyi Siri yo te konprann se wa peyi Izrayèl la ki te pran kontak ak wa peyi Et la ansanm ak wa peyi Lejip la pou vin atake yo.


Se konsa, Senyè a fè Asa ak lame peyi Jida a bat lame Letyopi a. Lame Letyopi a kouri met deyò.


Wa Asa te gen yon gwo lame. Nan lame a te gen twasanmil (300.000) sòlda moun branch fanmi Jida ki te gen plak pwotèj ak frenn, plis desankatreven mil (280.000) sòlda moun branch fanmi Benjamen ki te gen plak pwotèj ak banza pou voye flèch. Yo tout te vanyan sòlda.


Yon moun peyi Letyopi yo te rele Zera vin anvayi peyi Jida ak yon lame ki te gen yon milyon sòlda ansanm ak twasan (300) cha lagè. Yo vanse jouk lavil Marecha.


Eske moun Letyopi yo ak moun Libi yo ansanm pat fè yon gwo lame ak anpil cha lagè, anpil kavalye sou chwal? Malgre sa, Senyè a te lage yo nan men ou paske ou te mete konfyans ou nan li.


Paske mwen menm, mwen se Senyè a, Bondye nou an. Se Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Se mwen menm k'ap delivre nou! Pou m te ka delivre nou mwen te bay peyi Lejip, peyi Letyopi ansanm ak peyi Seba a nan plas nou.


Nan lagè sa a, yo pral touye tout sòlda li yo, ki vle di tout moun peyi Letyopi, moun peyi Pout, moun peyi Loud, moun peyi Arabi, moun peyi Koub. Ata moun peyi pa m lan, Izrayèl, ki t'ap sèvi nan lame Lejip la ap mouri ansanm ak yo tou.


L'ap pran tout richès peyi Lejip la pou li: lò, ajan ak tout bèl bagay ki koute chè yo. L'ap fè moun Libi yo ak moun Letyopi yo bat ba devan li.


atout li te anvayi peyi Letyopi ak peyi Lejip kifè pat gen limit pou pouvwa li ankò, atout moun peyi Pout yo ak moun peyi Libi yo te mache ansanm avè l,


Yo di m kantite sòlda sou chwal ki te genyen: Te gen desan milyon.


Sizera fè chache nèfsan (900) cha lagè an fè l yo ak tout sòlda li yo, li fè yo kite Awochèt-Goyim desann ravin Kichon.


Lè konsa, yo moute ak tout tant yo ak bann bèt yo. Yo moute an kantite, ou ta di bann krikèt vèt. Ou pa ka konte konbe ki genyen, ni kantite chamo yo mennen ak yo. Yo te vin nan peyi a pou ravaje l.


Moun Filisti yo menm, bò pa yo tou, sanble pou y'al atake pèp Izrayèl la. Yo te gen trantmil (30.000) cha lagè, simil (6.000) kavalye. Pou sòlda apye menm, moun pat ka konte sa. Ou ta di grenn sab bò lanmè. Yo moute al pran pozisyon bò lavil Mikmas, sou bò solèy leve lavil Bètavenn.


跟着我们:

广告


广告