Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 11:3 - 1998 Haïtienne

3 — Pale ak Woboram, pitit Salomon an, wa peyi Jida a, ansanm ak tout moun pèp Izrayèl ki fè pati branch fanmi Jida ak branch fanmi Benjamen yo. Di yo konsa:

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 “Pale a Roboam, fis a Salomon an, wa a Juda a ak tout Israël nan Juda avèk Benjamin pou di:

参见章节 复制




2 Kwonik 11:3
8 交叉引用  

Men douz branch fanmi Izrayèl yo. Men sa papa yo te di yo. Li beni yo, li bay chak moun benediksyon pa yo.


Jouk jounen jòdi a y'ap fè sa yo te konn fè a. Men, yo pa adore Senyè a, yo pa fè sa li mande nan lalwa ak kòmandman li te bay moun fanmi Jakòb yo swiv. Se Jakòb sa a Bondye sèl Mèt la te bay yon lòt non, li te rele l Izrayèl.


Yo kite Woboram pou li gouvènen sèlman sou moun ki rete nan pòsyon tè branch fanmi Jida a.


Men, Bondye pale ak Chemaya, pwofèt li a, li di l konsa:


Men mesay mwen menm Senyè a, mwen voye ba yo: Piga n'al goumen ak fanmi nou yo. Tounen lakay nou. Sa ki rive a se travay mwen. Se mwen menm ki vle l konsa. Moun yo koute lòd Senyè a vre, yo pa moute al goumen ak Jewoboram.


Moyiz ekri tou sa Senyè a te di l yo. Nan denmen maten, byen bonè, lè Moyiz leve, li bati yon lotèl nan pye mòn lan. Li pran douz gwo wòch, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, li mete yo kanpe.


Mwen te gen wit jou depi m te fèt lè yo sikonsi mwen. Mwen se yon moun Izrayèl natif natal, nan branch fanmi Benjamen, pitit pitit Ebè san (100) pou san (100). Sou kèsyon lalwa Moyiz la menm, se pa pale: se farizyen mwen te ye.


跟着我们:

广告


广告