Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 10:8 - 1998 Haïtienne

8 Men, Woboram pa koute konsèy granmoun yo te ba li a, l'al jwenn jenn gason ki te leve ansanm avè l yo, lèfini ki te toujou la pou ba l konsèy tou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Men li te echwe konsèy ansyen yo te bay li yo, pou l te konsilte jennonm ki te grandi ansanm avè l e ki te kanpe devan l.

参见章节 复制




2 Kwonik 10:8
12 交叉引用  

Absalon ak tout moun peyi Izrayèl yo di: — Konsèy Ouchayi, moun Ak la, pi bon pase pa Achitofèl la. Sa te pase konsa, paske Senyè a te deside pou li pat kite yo swiv konsèy Achitofèl la pou malè te ka tonbe sou Absalon.


Li di yo: — Ki konsèy nou ta ban mwen? Kisa pou m reponn pèp la k'ap mande m pou m fè yon leve men pou yo?


Anhan! Se konsa sa ye? Nou voye tout konsèy mwen te ban nou yo jete byen lwen nou. Nou refize kite m korije nou.


Fè zanmi ak moun ki gen konesans, ou menm tou w'a vin gen konesans. Fè zanmi ak moun ki san konprann, ou nan pwoblèm.


Koute konsèy y'ap ba ou. Louvri zòrèy ou pou aprann. Konsa w'a gen bon konprann jouk ou mouri.


Lè yon moun ki gen bon konprann rale zòrèy moun ki gen tande, se tankou zanno ak kolye ki fèt ak bon lò ou mete sou ou.


Pa janm bliye zanmi ou, ni zanmi papa ou. Lè zafè ou pa bon, pa al lakay frè ou. Yon bon vwazen pi bon pase yon frè ki lwen.


Si ou pale ak yon moun ki gen bon konprann, w'ap fè l gen plis bon konprann toujou. Plis w'ap moutre yon nonm debyen, plis l'ap mete sou konesans li.


Ala malè pou yon peyi lè li gen yon timoun alatèt li, lè chèf li yo tonbe nan manje depi granmaten.


Men sa Senyè a di: — Madichon pou pitit mwen yo k'ap fè tèt di ak mwen! Nan tou sa y'ap fè, se pwòp lide yo y'ap swiv, se pa lide pa m. Y'ap siyen lòt kontra, atout mwen di yo non. Y'ap fè peche sou peche.


跟着我们:

广告


广告