Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 10:4 - 1998 Haïtienne

4 — Papa ou te di anpil ak nou. Li te peze nou anpil. Kounyeya, fè yon leve men pou nou. Kite nou viv yon ti jan pi alèz, n'a sèvi ou nèt ale.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 “Papa ou te fè fado nou rèd. Alò, pou sa, lache sèvis di a papa ou ak fado lou a ke li te konn mete sou nou an, e nou va sèvi ou.”

参见章节 复制




2 Kwonik 10:4
15 交叉引用  

— Salomon, papa ou, te di anpil ak nou, li te peze nou anpil. Kounyeya, fè yon leve men pou nou. Kite nou viv yon ti jan pi alèz, n'a sèvi ou nèt ale.


Pèp Izrayèl la ak pèp Jida a te anpil, yo te tankou grenn sab bò lanmè. Yo t'ap manje, yo t'ap bwè, kè yo te kontan.


Pandan tout reny Salomon jouk li mouri, moun peyi Izrayèl yo ak moun peyi Jida yo t'ap viv ak kè poze, san danje ni malè, chak fanmi nan lakou yo ak ti jaden rezen yo anba pye fig frans yo.


Wa Salomon fè ranmase trantmil (30.000) moun nan tout peyi Izrayèl la pou fè kòve.


Salomon te gen katrevenmil (80.000) moun ap taye wòch nan min wòch, ak swasanndimil (70.000) moun pou pote yo lavil Jerizalèm,


Salomon pat fè okenn moun nan pèp Izrayèl la sèvi esklav. Li te fè yo sèvi sòlda, ofisye, chèf, kaptenn ak kòmandan cha lagè yo ak kavalye yo.


Moun branch fanmi ki nan nò peyi a voye chache l. Yo tout ansanm, y'al jwenn Woboram, yo di l konsa:


Woboram di yo: — Tounen nan twa jou. Lè sa a, m'a ban nou repons. Epi moun yo al fè wout yo.


Lontan apre sa, wa Lejip la mouri. Pèp Izrayèl la t'ap plenn pi rèd anba esklavaj. Yo t'ap rele gras mizèrikòd. Bondye te tande jan yo t'ap rele, jan yo t'ap plenn anba esklavaj la.


Wi, mwen te move sou pèp mwen an. Mwen pat aji ak yo tankou moun pa m. Mwen te lage yo nan men ou. Men, ou te san pitye pou yo. Ou te aji mal anpil, ata ak vye granmoun yo.


Y'ap mare gwo chay lou mete sou zepòl lòt moun. Men yo menm, yo p'ap fè rimay leve yon pay.


Nou renmen Bondye, lè nou fè tou sa li mande nou fè. Sa Bondye mande nou fè yo pa twò difisil pase sa.


跟着我们:

广告


广告