Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 1:3 - 1998 Haïtienne

3 Li ba yo lòd pou yo ale avè l kote yo fè sèvis pou Bondye lavil Gabawon an, paske se la Tanp Randevou Bondye a te ye, tant Moyiz, sèvitè Senyè a, te fè lè yo te nan dezè a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Konsa, Salomon avèk tout asanble a avèk li menm te monte nan wo plas ki te Gabaon an; paske tant asanble a Bondye ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te fè nan dezè a, te la.

参见章节 复制




2 Kwonik 1:3
12 交叉引用  

yo pote l nan Tanp lan ansanm ak Tant Randevou Senyè a ak tout bagay ki te apa pou Senyè a nan Tant Randevou a. Se prèt yo ak moun Levi yo ki te pote yo moute.


Men David kite Zadòk, prèt la, ak moun Levi menm fanmi avè l yo ki te prèt tou devan Tant Senyè a, nan kote yo te mete apa pou Senyè a lavil Gabawon.


Men lè sa a, Tant Randevou Moyiz te fè moute pou Senyè a nan dezè a ansanm ak lotèl pou boule ofrann bèt yo te sou mòn Gabawon toujou, kote yo te mete apa pou Senyè a.


Apre sa, Salomon kite kote yo konn fè sèvis pou Bondye lavil Gabawon an, kote Tant Randevwa a te ye a, li tounen lavil Jerizalèm. Se la li gouvenen pèp Izrayèl la.


Yo pran ouvriye ki te pi abil nan travay la pou fè tant lan. Yo fè l ak dis lèz twal fen blan tise byen sere, twal lenn koulè ble, vyolèt, wouj, avèk pòtre zanj cheriben bwode byen bèl sou tout kò l.


— Sou premye jou premye mwa a, w'a moute Tant Randevou a kote pou Bondye rete a.


Nyaj la kouvri Tant Randevou a, epi limyè prezans Senyè a plen tant lan.


Senyè a rete nan Tant Randevou a, li rele Moyiz, li di l konsa:


Se la Moyiz, sèvitè Senyè a, te mouri nan peyi Mowab la, jan Senyè a te di li t'ap mouri a.


Lè moun peyi Gabawon yo vin konnen kisa Jozye te fè moun Jeriko yo ak moun Ayi yo,


跟着我们:

广告


广告