Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 1:11 - 1998 Haïtienne

11 Bondye reponn Salomon: — Depi se sa ou wè ou ta renmen genyen! Ou pa mande m ni richès, ni byen, ni lwanj pou ou. Ou pa mande m lanmò pou lènmi ou yo, ni ou pa mande m pou ou sa viv lontan. Ou annik mande m konesans ak bon konprann pou ou ka kondi pèp mwen an, pèp mwen mete ou gouvènen an.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Bondye te di a Salomon: “Akoz ou te gen sa nan tèt ou e ou pa t mande richès, ni byen, ni lonè, ni lavi a sila ki rayi ou yo, ni ou pa t menm mande pou yon vi long, men ou te mande pou kont ou sajès pou ou ta kab gouvène pèp Mwen an, sou sila Mwen te fè ou wa a,

参见章节 复制




2 Kwonik 1:11
15 交叉引用  

Tout moun toupatou te vle vin wè l pou tande pawòl bon konprann Bondye te mete nan bouch li.


Lè pèp Izrayèl la tande jan Salomon te regle kont lan, yo vin gen anpil respè pou li, paske yo te wè se Bondye menm ki te ba li bon konprann sa a pou regle tout bagay san patipri.


Men, Senyè a te di l: Ou byen fèt gen lide bati yon tanp pou mwen.


David kanpe devan yo tout, li di yo konsa: — Frè m yo ak nou tout moun nan pèp mwen an, koute sa m'ap di nou. Mwen te fè lide bati yon kay kote pou Bwat Kontra Senyè a rete, yon kay kote Senyè a ka mete fòtèy li. Mwen te pare tout bagay pou bati kay la.


Men anplis sa, m'ap ba ou richès, byen ak lwanj pase tout wa ki te la anvan ou, pase tout wa k'ap vin apre ou.


Moun ki gen bon konprann konnen sa l'ap fè. Moun sòt mete nan tèt li li konnen, men se tèt li l'ap twonpe.


Li chich ata ak tèt pa li, ale wè avè ou. L'ap di ou: Manje non, monchè! Bwè non! Men se pa ak tout kè li l'ap di ou sa.


Se mwen ki bay wa yo ladrès pou yo kòmande. Se mwen ki fè chèf yo pase bon lòd pou pa gen lenjistis.


Anvan ou te vann tè a, se pa pou ou li te ye? Apre ou te fin vann li, tout lajan an te pou ou, pa vre? Ki jan ou fè mete nan tèt ou pou fè yon bagay konsa? Se pa moun ou bay manti non. Se Bondye ou twonpe.


Pawòl Bondye a se pawòl ki gen nanm, li gen pouvwa. Li file pase kouto famasi. Li ka koupe jouk li jwenn kote nanm ak lespri kontre fè yonn, jouk kote vyann ak mwèl rankontre. Li jije tout santiman ak tout lide ki nan kè moun.


Si gen nan mitan nou yon moun ki gen bon konprann, ki gen lespri, se pou l moutre sa ak bon kondit li. Se pou l fè sa ki byen san lògèy, men avèk bon konprann.


Pou konmanse, moun ki gen bon konprann ki sòti nan Bondye a ap fè volonte Bondye, l'ap viv byen ak tout moun, l'ap respekte tout moun, l'ap tande rezon, l'ap gen kè sansib, l'ap fè anpil anpil byen, li pa nan de fas ni nan ipokrit.


Men Granmèt la di l: — Pa gade sou bèl aparans li, ni sou bèl wotè li. Paske mwen mete l sou kote. Mwen pa jije valè yon moun jan lèzòm fè l la. Lèzòm gade sou sa ki parèt devan je yo. Men, mwen menm mwen gade sa ki nan kè moun.


跟着我们:

广告


广告