Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 1:10 - 1998 Haïtienne

10 Se poutèt sa, ban mwen konesans ak bon konprann pou m ka gouvènen pèp sa a. Si se pa sa, mwen pa wè ki jan m'a fè pou m gouvènen pèp ou a ak tout moun sa yo ladan l.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Koulye a, ban mwen sajès avèk konesans, pou m kab antre sòti devan pèp sa a, paske se kilès ki kab gouvène gran pèp Ou sa a?”

参见章节 复制




2 Kwonik 1:10
14 交叉引用  

Depi lontan, menm sou reny Sayil, se ou menm ki te kòmande lame pèp Izrayel la kote l pase. Lèfini ankò, Senyè a te pwomèt se ou menm ki pral gouvènen pèp li a, pèp Izrayèl la, se ou menm ki pral chèf yo.


Tanpri, ban mwen lespri veyatif pou m ka gouvènen pèp ou a san patipri, pou m konn sa ki byen ak sa ki mal. Si se pa sa, ki jan m'a fè pou m gouvènen pèp ou a ak tout moun sa yo ki ladan l?


Mwen mande Senyè a pou l ba ou bon konprann ak anpil lespri, pou lè la mete ou chèf nan peyi Izrayèl la, ou ka toujou fè tou sa ki nan Lalwa Senyè a, Bondye ou la.


Ban m lespri pou m ka obeyi lalwa ou, pou m fè sa l mande a ak tout kè mwen.


Se ou ki te kreye m, se ou ki te fè m ak men ou. Ban m lespri pou m ka aprann kòmandman ou yo.


Chache gen konesans, se premye bagay yon nonm lespri dwe fè. Nenpòt kisa ou ka genyen, bay li pou ou vin gen konprann.


Se mwen ki bay wa yo ladrès pou yo kòmande. Se mwen ki fè chèf yo pase bon lòd pou pa gen lenjistis.


yon nonm ki ka mache alatèt yo nan tout antre soti yo, pou pèp ou a, pèp Senyè a, pa rete tankou yon bann mouton san gadò.


Pou moun k'ap peri yo, se yon sant lanmò k'ap touye yo. Men, pou moun k'ap sove yo, se yon sant lavi k'ap ba yo lavi. Ki moun ki kapab fè yon travay konsa?


Konprann byen, mwen pat janm gen pretansyon pou m ta kapab fè bagay konsa ak pwòp kouray mwen. Sa mwen fè a, se Bondye ki fè m ka fè li.


— Kounyeya, mwen gen sanventan sou tèt mwen. Mwen pa gen fòs pou m fè anyen ankò. Lèfini, Senyè a te tou di m mwen p'ap janbe lòt bò larivyè Jouden an.


Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi.


跟着我们:

广告


广告