Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 1:1 - 1998 Haïtienne

1 Salomon, pitit wa David, chita otorite gouvènman li. Senyè Bondye li a te kanpe avèk li. Li te ba li anpil pouvwa.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò Salomon, fis a David la te etabli li menm byen solid sou wayòm li an. SENYÈ a, Bondye li a, te avèk li e Li te egzalte li anpil.

参见章节 复制




2 Kwonik 1:1
17 交叉引用  

Lè sa a, Abimelèk ale ansanm avèk Pikòl, kòmandan lame li a, li pale ak Abraram. Li di l konsa: — Bondye avè ou nan tou sa w'ap fè.


Senyè a te kanpe la avèk Jozèf. Li te fè tout bagay mache byen pou li. Jozèf te rete kay mèt li, moun peyi Lejip la.


Men Senyè a te kanpe la avèk Jozèf. Li moutre l jan l te renmen l, li fè chèf prizon an gen Jozèf konfyans.


Mèt la tou vin konprann Senyè a avèk Jozèf, epi li fè li reyisi tout sa li antreprann.


Salomon, pitit gason David la, vin wa nan plas papa li. Gouvènman li te byen chita.


Apre sa, wa a pase Benaja, pitit Jeyoada a, lòd. Benaja sòti, l'al touye Chimeyi. Se konsa Chimeyi mouri. Depi lè sa a, Salomon te gen tout pouvwa a nan men l.


Kote ou pase, mwen te kanpe la avè ou. Mwen kraze tout lènmi ou yo devan ou. Mwen pral fè yo nonmen non ou tankou y'ap nonmen non pi gwo chèf ki sou latè.


Kounyeya, pitit mwen, se pou Senyè a, Bondye w'ap sèvi a, toujou kanpe la avè ou pou ou ka rive bati Tanp lan pou li, jan li te pwomèt ou sa.


Pou lò, lajan, kwiv ak fè, ou gen sa ankantite. Konsa, mete men nan travay la! Mwen mande pou Senyè a toujou kanpe la avèk ou.


Se konsa Salomon pran plas David, papa l, sou fòtèy gouvènman Senyè a te tabli a. Tout zafè l te mache byen. Tout pèp Izrayèl la te obeyi l.


Senyè a te bay Salomon yon bèl pozisyon devan pèp la. Li te fè gouvènman Salomon an kanpe fèm ak yon pouvwa okenn lòt wa nan peyi Izrayèl la pat janm genyen anvan sa.


Liv sa yo fè nou konnen jan li te gouvènen, jan li te yon vanyan gason, ansanm ak tou sa ki te rive l, tou sa ki pase nan peyi Izrayèl la ak nan lòt peyi yo tou.


Anpil moun vini lavil Jerizalèm pote ofrann pou Senyè a ak kado pou Ezekyas, wa peyi Jida a. Depi lè sa a tout lòt nasyon nan vwazinay yo respekte Ezekyas.


Bondye di l: — M'ap kanpe la avè ou. Lèfini, pou fè konnen se mwen menm ki voye ou, men sa w'a fè: lè w'a fin fè pèp la sòti kite peyi Lejip, n'a sèvi m sou mòn sa a.


Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.


Senyè a di Jozye konsa: — Sa mwen pral fè jòdi a pral fè tout pèp Izrayèl la respekte ou tankou yon grannèg. Yo pral konnen mwen kanpe la avè ou menm jan mwen te kanpe avèk Moyiz.


跟着我们:

广告


广告