Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -

Sòm 4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Pou direktè koral la; sou enstriman ak fil yo; yon sòm David

1 Reponn mwen lè m rele Ou, O Bondye ladwati mwen; Ou te fè m pran souf nan gran twoub mwen an. Fè m gras e tande lapriyè mwen.

2 O fis a lòm yo, jiskilè laglwa Mwen va devni yon repwòch? Jiskilè ou va renmen sa ki san valè e tante twonpe moun? Tan

3 Men konnen ke SENYÈ a te mete nonm Bondye a apa pou Li menm. SENYÈ a tande lè m fè apèl Li.

4 Tranble, men pa fè peche. Reflechi nan kè ou sou kabann ou, e rete kalm. Tan

5 Ofri sakrifis ladwati yo. Mete konfyans nan SENYÈ a.

6 Anpil ap di: “Kilès ki kab montre nou yon bagay ki bon?” SENYÈ, leve wo limyè a vizaj Ou devan nou!

7 Ou te mete lajwa nan kè m plis pase lè gwo rekòlt sereyal mi ak diven nèf vin parèt.

8 Anpè, mwen va kouche pou dòmi, paske Ou sèl, SENYÈ, fè m viv ansekirite.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
跟着我们:



广告