Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -

Sòm 141 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Yon Sòm David

1 O SENYÈ, mwen rele non Ou. Fè vit! Vin kote m! Prete zòrèy Ou a vwa mwen lè m rele Ou!

2 Ke lapriyè mwen kapab konte kon lansan devan Ou; lè m leve men m, kon sakrifis ofrann aswè a.

3 Plase yon gadyen sou bouch mwen, O SENYÈ. Veye dri sou pòt lèv mwen yo.

4 Pa mennen kè m vè okenn mal, pou pratike zèv mechan yo, avèk moun ki fè inikite yo. Ni pa kite mwen manje manje ki fèt pa yo.

5 Kite moun ladwati yo frape mwen. Konsa, li dous. Kite li korije mwen. L ap tankou lwil ki koule sou tèt la. Pa kite tèt mwen refize li, paske lapriyè mwen toujou kont zak mechan yo.

6 Jij pa yo fin jete a tè bò kote wòch yo. Yo va tande pawòl mwen yo, paske yo byen pale.

7 Tankou lè yon moun laboure pou fann tè a, se konsa zo nou yo fin gaye nan bouch sejou mò a.

8 Paske zye mwen se sou Ou, O BONDYE, Senyè a. Nan Ou, mwen kache. Pa kite nanm mwen san pwotèj.

9 Sove m de dan pyèj ke yo te prepare pou mwen yo, avèk pèlen a sila ki fè inikite yo.

10 Kite mechan yo tonbe nan pwòp filè yo, pandan mwen pase akote.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
跟着我们:



广告