Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -

Malachi 4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 “Paske gade byen, jou a ap vini, byen cho tankou yon founo, lè tout moun ògeye yo ak tout malfektè yo va vin tounen pay vannen. Jou k ap vini an va fin boule yo nèt,” pale SENYÈ Dèzame yo: “jiskaske li pa kite pou yo ni rasin ni branch.

2 Men pou nou menm ki gen lakrent non Mwen an, solèy ladwati a va vin leve ak gerizon nan zèl li. Konsa, nou va sòti deyò pou sote toupatou tankou ti bèf ki fenk sòti nan pak yo.

3 Nou va foule mechan an anba pye nou, paske yo va tankou sann anba pla pye nou nan jou ke Mwen fè,” pale SENYÈ dèzame yo.

4 “Sonje lalwa a sèvitè Mwen an, Moïse, règleman ak òdonans ke M te kòmande li nan Horeb pou tout Israël yo.

5 “Gade byen, Mwen ap voye bannou Élie, pwofèt la, avan gwo jou tèrib a SENYÈ a vin rive a.

6 Li va tounen kè a papa yo vè pitit yo, e kè a pitit yo vè papa yo, pou m pa vin frape peyi a avèk yon malediksyon.”

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
跟着我们:



广告