Biblia Todo Logo
Vèsè Biblik
- Piblisite -


104 Vèsè Biblik sou Pari/Jwèt Aza

104 Vèsè Biblik sou Pari/Jwèt Aza

Men sa Bib la aprann nou: fòk nou sèvi ak sajès tou sa nou genyen pou n pran swen fanmi nou, olye n al riske yo nan jwèt aza ak espwa pou n gen plis. Bib la pa pale dirèkteman de jwèt aza, men li ban nou konsèy pou n konprann kisa Bondye panse de sa.

Nan Lik 12:15, men avètisman nou jwenn: "Pran prekosyon! Pa kite lanvi pran tèt nou; paske lavi yon moun pa depann de kantite byen li posede." Sa vle di, richès pa bay lavi.

Bib la ankouraje nou pou n byen jere tou sa Bondye mete anba men nou. Lik 12:42 di: "Ki lès ki bon administratè fidèl e prevwayan mèt la va mete responsab sèvitè l yo pou ba yo manje yo lè pou yo manje?".

Sa vle di, fòk nou sèvi ak bon sans ak tou sa nou genyen, jan nou kapab. Fòk nou bay valè a tou sa Bondye ban nou, pou n pa pèdi yo nan move desizyon.




1 Timote 6:10

Paske, renmen lajan fè moun fè tout kalite bagay ki mal. Gen moun ki sitèlman anvi gen lajan, yo pèdi chemen lafwa a nèt: se pa de ti soufrans ki tonbe sou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 28:22

Moun ki anvi tout toujou ap prese pou yo rich. Yo pa wè grangou k'ap tann yo pi devan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 23:4

Pa touye tèt ou ap kouri dèyè lajan pou ou vin rich. Wete lide ou sou sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Eklezyas 5:10

Si ou renmen lajan, ou p'ap janm fin gen ase. Si w'ap kouri dèyè richès, plis ou genyen, se plis w'ap anvi genyen toujou. Sa a tou, se rapousib van.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:24

— Pèsonn pa ka sèvi byen ak de mèt anmenmtan. Li gen pou l rayi yonn si l renmen lòt la. L'ap sèvi byen ak yonn, men l'ap meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak lajan anmenmtan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 13:11

Lajan ou fè fasil pa lwen fini. Lajan ou fè nan di ap toujou fè pitit.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 4:11

Chache viv ak kè poze. Okipe zafè pa nou. Travay ak men nou pou nou pa rete sou kont moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 6:12

Gen kèk moun nan nou ki di: Mwen gendwa fè tout bagay. Wi, ou gendwa fè tout bagay. Men, tout bagay pa bon pou fè. Mwen ka di mwen gendwa fè tout bagay. Men, mwen p'ap kite anyen fè m tounen esklav li, li te mèt sa l te ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 20:17

Piga nou pote lanvi sou sa ki pa pou nou: ni sou kay frè parèy nou, ni sou madanm li, ni sou moun k'ap sèvi lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou okenn lòt bagay ki pou frè parèy nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Levitik 19:13

Piga nou pwofite sou moun menm ras ak nou. Lè lè pou nou peye moun ki travay pou nou an rive, peye li lajan li. Piga nou voye li pou denmen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 5:21

Piga nou janm pote lanvi sou madanm frè parèy nou. Pa mete lide nou ni sou kay li, ni sou jaden li, ni sou gason osinon fanm k'ap travay lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou anyen ki pou frè parèy nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 10:2

Byen ou rive fè nan move kondisyon p'ap rapòte ou anyen. Men, lè ou serye, ou sove lavi ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:8

Pou fini, frè m yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 10:4

Parese fè ou pòv, men travay di fè ou rich.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 11:4

Jou malè, richès pa ka sèvi ou anyen. Men, si ou se moun serye, sa ka sove lavi ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 11:28

Moun ki mete konfyans yo nan byen yo ap tonbe tankou fèy chèch. Men, moun k'ap mache dwat yo ap pouse tankou boujon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 7:12

— Tou sa nou vle lòt moun fè pou nou, nou menm tou, fè li pou yo tou. Se sa lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo mande nou fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 15:27

Moun k'ap kouri dèyè lajan, se traka y'ap chache bay fanmi yo. Men, moun ki refize kite yo achte l ap viv lontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 16:8

Pito ou fè ti pwofi nan fè sa ki dwat pase pou ou fè gwo benefis nan fè sa ki mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 20:21

Richès ou ranmase fasil fasil p'ap janm vin yon benediksyon pou ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 21:5

Lè ou pran san ou pou ou travay, tou sa w'ap fè ap ba ou benefis. Men, lè ou twò prese, ou p'ap janm gen anyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 21:17

Lè ou renmen plezi, w'ap toujou pòv. Lè ou renmen bon bweson ak bon manje, ou p'ap janm gen lajan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 21:20

Moun ki gen konprann ap gen gwo richès ak kantite bon manje lakay yo. Men, moun sòt gaspiye tout lajan yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 22:1

Pito yo nonmen non ou an byen pase pou ou gen anpil richès. Pito moun gen anpil konsiderasyon pou ou pase pou ou gen anpil lajan ak anpil lò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 22:7

Moun rich ap donminen sou moun pòv. Lè ou prete lajan nan men yon moun, ou tounen timoun devan pòt li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 22:16

Lè w'ap peze yon pòv malere se lespri l w'ap louvri. Lè w'ap fè moun rich kado, se pòv w'ap fè l pòv.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 23:4-5

Pa touye tèt ou ap kouri dèyè lajan pou ou vin rich. Wete lide ou sou sa. Paske, anvan ou bat je ou, li gentan disparèt. Ou ta di lajan gen zèl. Li rete konsa, li vole, l ale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 28:6

Pito ou pòv men ou serye, pase pou ou rich men ou vòlè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 28:19-20

Moun ki travay di nan jaden li ap jwenn kont danre pou li manje. Men moun k'ap fè bagay ki p'ap sèvi anyen ap toujou pòv. Lè nan yon peyi moun ap fè sa ki mal, chak jou gen yon lòt chèf. Men, avèk yon moun ki gen konprann, ki konnen sa l'ap fè, gouvènman an ap kanpe pou lontan. Yon nonm ki serye nan sa l'ap fè ap jwenn anpil benediksyon. Men, yo p'ap manke pini moun k'ap prese pou l rich.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Eklezyas 5:13-15

Men mwen wè sou latè yon bagay ki fè lapenn anpil: Moun sere lajan epi sa vire mal pou yo. Yon malè pase, tout lajan an pèdi. Li vin fè yon pitit, li pa gen anyen pou l ba li. Li sòti toutouni nan vant manman l, konsa tou l'ap tounen san anyen anba tè. Pa gen anyen nan tou sa li travay fè li ka pran pote ale ak li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 55:2

Poukisa n'ap depanse lajan achte manje ki pa ka fè anyen pou nou? Poukisa n'ap depanse lajan travay nou pou bagay ki pa ka plen vant nou? Si nou koute byen sa m'ap di nou la a, n'a manje sa ki bon. N'a pran plezi nou nan manje bon kalite manje.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 65:11-12

Men pou nou menm ki vire do bay Senyè a, nou menm ki bliye mòn ki apa pou mwen an, epi ki al fè sèvis manje pou Gad, ki al fè ofrann bwason pou Mini, m'ap fè nou mouri nan lagè. Nou tout nou pral bese do nou pou yo koupe kou nou, paske mwen te rele nou, nou pat reponn. Mwen pale nou, nou pat koute m. Nou fè sa ki mal devan je m, nou pito fè sa ki p'ap fè m plezi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 17:11

Moun k'ap fè mal pou yo ka rive rich, yo tankou zwazo k'ap kouve ze yo pat ponn. Yo poko parèt, y'ap pèdi tou sa yo te genyen. Anvan yo mouri, yo gentan pèdi tèt yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezekyèl 7:19

Y'ap voye tou sa nou genyen ki fèt ak lajan jete. Yo p'ap ka santi sa yo genyen ki fèt ak lò. Paske jou sa a, ni lò, ni lajan p'ap ka sove yo anba kòlè Bondye. Yo p'ap ka fè bouch yo plezi, ni yo p'ap ka manje vant plen. Paske se pou bagay sa yo yo te fè tout mechanste sa yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Miche 2:1-2

Ala mal sa pral mal pou moun ki kouche nan kabann yo ap fè move plan, k'ap kalkile mechanste yo pral fè! Kou jou kase, premye okazyon yo jwenn, yo fè sa yo t'ap kalkile a, paske yo gen pouvwa nan men yo. Leve non! Al fè wout nou! Pa gen repo pou nou isit la ankò! Nou fè twòp bagay derespektan. Nou fè yo detwi peyi a. Y'ap fini avè l nèt. Si yon moun ap plede pwonmennen bay manti pou twonpe moun, si li di: M'ap fè prediksyon pou nou: Men li, diven ak gwòg pral koule kou dlo, se moun konsa nou renmen pou pwofèt. Men, m'ap reyini tout pitit Jakòb yo ansanm. M'ap ranmase tout ti rès ki rete nan moun Izrayèl yo. M'ap mennen yo ansanm tankou bann mouton k'ap tounen nan pak yo. Peyi a pral tankou yon savann plen mouton. Li pral plen moun ankò. Bondye ap pran devan, l'ap louvri yon chemen pou yo. Yo menm, y'a kraze pòtay yo, y'a pase lib sòti deyò. Wa yo a va mache devan yo. Wi, se Senyè a ki va mache alatèt yo. Yo anvi yon jaden, yo pran l. Yo anvi yon kay, yo antre kareman, yo pran l. Yo maltrete mèt kay la ak tout fanmi l. Yo bat moun yo, yo pran tout byen yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Miche 6:10-12

Lakay moun mechan yo plen byen yo achte ak move lajan! Y'ap sèvi ak fo mamit, bagay mwen pa vle wè. Ki jan ou vle pou m padonnen bann moun sa yo k'ap sèvi ak move balans, ak fo mamit? Moun rich nan lavil la ap peze pòv malere yo. Yo tout se yon bann mantò: Bonjou yo pa laverite!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Abakik 2:9

Madichon pou moun k'ap vòlò pou fè fanmi yo rich, k'ap bati kay sou mòn pou malè pa rive yo!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:19-21

— Pa anpile richès nou isit sou latè, kote vè ak lawouj ap manje yo, kote vòlè kapab vòlè yo pote ale. — Se sa ki fè tou, lè w'ap bay yon moun ki nan nesesite kichòy, ou pa bezwen fè tout moun wè sa, tankou ipokrit yo fè l nan sinagòg ak nan lari. Yo fè sa pou moun ka fè lwanj yo. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo. Okontrè, anpile richès nou nan syèl la. Paske la pa gen vè ni lawouj ki pou manje yo, ni vòlè ki pou pran yo pote ale. Paske, kote richès ou ye, se la kè ou ye tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 16:26

Kisa sa ta sèvi yon moun pou l ta genyen lemonn antye si l pèdi lavi li? Kisa yon moun kapab bay pou l gen lavi?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 19:21-24

Jezi di li: — Si ou vle bon nèt san manke anyen, ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Lè sa a, w'a gen yon richès nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen. Lè jennonm lan tande pawòl sa yo, li vin kagou, li vire do l, l'ale paske li te gen anpil byen. Lè sa a, Jezi di disip li yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Sa ap difisil nèt pou yon nonm rich antre nan Peyi Wa ki nan syèl la. M'ap di nou sa ankò: l'ap pi fasil pou yon bèf pase nan yon je zegwi pase pou yon moun rich antre nan Peyi Wa ki nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 23:25

— Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou netwaye tout deyò gode a ak deyò plat la byen netwaye. Men, anndan yo plen ak bagay nou pran nan vòlò, nan fè visye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 25:14-30

— Vwala, se va tankou yon nonm ki ta pral pati pou yon vwayaj. Li rele domestik li yo, li mete yo reskonsab byen li yo. Li bay yonn senkmil (5.000) goud, li bay yon lòt demil (2.000) goud, li bay yon twazyèm mil (1.000) goud. Konsa, li bay yo chak dapre sa l konnen yo ka fè. Lèfini, li pati. Lamenm, domestik ki te resevwa senkmil (5.000) goud la al fè lajan an travay. Li rapòte l senkmil (5.000) goud benefis. Konsa tou, domestik ki te resevwa demil (2.000) goud la fè demil (2.000) goud benefis. Sa ki te resevwa mil (1.000) goud la menm ale, li fouye yon twou nan tè, li sere lajan mèt la. — Lontan apre sa, mèt domestik yo tounen, li pran fè regleman ak yo. Senk nan yo te tèt chaje, senk lòt yo te gen bon konprann. Domestik ki te resevwa senkmil goud la pwoche, li pote senkmil goud benefis la ba li, li di: Mèt, ou te ban mwen senkmil goud. Men senkmil goud benefis mwen fè. Mèt la di l: Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè toujou. Vin fè fèt avèk mèt ou. — Domestik ki te resevwa demil goud la pwoche apre sa, li di: Mèt, ou te ban mwen demil goud, men demil goud benefis mwen fè. Mèt la di l: Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou te fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè ankò. Vin fè fèt avèk mèt ou. — Apre sa, domestik ki te resevwa sèlman mil goud la pwoche, li di: Mèt, mwen konnen ou se yon nonm ki di. Ou rekòlte kote ou pat simen, ou ranmase kote ou pat plante. Mwen te pè, se sa k fè mwen te al sere mil goud ou a anba tè. Men, pran lajan ou. — Mèt la reponn li: Gade jan ou se yon move domestik, ou parese konsa! Ou te konnen mwen rekòlte kote mwen pat simen, mwen ranmase kote mwen pat plante. Enben, se pou ou te mete lajan m labank. Lè m ta tounen, mwen ta wete manman lajan an ak yon enterè sou li. Wete mil goud la nan men l, pran l bay sa ki gen dimil (10.000) goud la. Paske, moun ki gen deja, y'a ba li ankò. Konsa, l'a gen plis toujou. Men moun ki pa genyen anyen an, y'a wete menm ti sa li ta genyen an. Tèt chaje yo te pran lanp yo ase. Yo pa te pote gaz derezèv. Kanta domestik ki pa vo anyen an, jete l deyò nan fènwa a. Se lè sa a va gen rèl, se lè sa a va gen manje dan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 8:36

Yon nonm ki gen lemonn antye pou li, kisa sa ap sèvi li si li vin rive pèdi lavi li?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 8:14

Grenn ki tonbe nan mitan pikan yo, se moun ki tande pawòl la, men lè y'al fè wout yo, yo kite traka lavi, richès ak plezi ki nan lavi toufe l. Yo donnen men donn yo pa janm rive rèk.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 12:15

Apre sa, li di yo tout: — Fè atansyon. Veye kò nou pou lajan pa pran tèt nou. Paske, se pa anpil byen ki garanti lavi yon nonm, li te mèt rich kont kò li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 12:21

Jezi di yo ankò: — Se konsa sa ye tou pou moun k'ap ranmase byen pou tèt pa l men ki pa rich devan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 12:33-34

Vann tou sa nou genyen, separe lajan an bay pòv. Chache yon bous ki p'ap chire. Sere lajan nou nan syèl kote li p'ap janm fini. Paske la, vòlò p'ap ka jwenn li, poudbwa p'ap kapab manje li. Kote richès ou ye, se la kè ou ye tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 16:13

— Pèsonn pa ka sèvi de mèt byen anmenmtan. Li gen pou li rayi yonn si li renmen lòt la. L'ap sèvi yonn byen, epi l'ap meprize lòt la. Nou pa ka ap sèvi Bondye epi lajan anmemmtan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 16:14

Farizyen yo t'ap koute tout pawòl sa yo tou. Yo t'ap pase Jezi nan betiz paske yo te renmen lajan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 16:19-31

— Vwala, se te yon nonm rich. Li te konn biye ak bèl twal koute chè. Chak jou se te gwo banbòch lakay li. Li rele jeran an, li di li: Kisa m tande y'ap di sou ou konsa? Vin fè regleman travay ou avè m, paske mwen p'ap kite byen m yo sou kont ou ankò. Te gen yon pòv yo rele Laza ki te kouche nan papòt nonm rich la. Laza te kouvri ak maleng. Li te byen anvi plen vant li ak bagay ki t'ap sòti tonbe anba tab nonm rich la. Sa ki pi rèd, chen t'ap vin niche maleng li yo tou. — Pòv la vin mouri, zanj yo mennen li bay Abraram. Nonm rich la mouri tou, yo antere li. Pandan l te kote tout mò yo ye a nan mitan soufrans, li voye je l byen lwen li wè Abraram ak Laza ansanm avèk li. — Nonm rich la rele: Abraram papa, gen pitye pou mwen non! Voye Laza tranpe ti bout dwèt li nan yon ti tak dlo pou l mete yon frechè sou lang mwen, paske se pa ti soufri m'ap soufri nan flanm sa a. Abraram reponn li: Pitit mwen, chonje byen: ou te resevwa tout bon bagay pa ou yo pandan ou te sou latè. Lè sa a menm, Laza te nan tout mizè li. Kounyeya, li jwenn konsolasyon bò isit la, ou menm w'ap soufri. Epitou, gen yon gwo twou ki separe nou avè ou, konsa pa gen mwayen pou moun sot isit la pou y'al jwenn ou, osinon pou moun ta sòti kote ou ye a pou vin jwenn nou. — Nonm rich la di li: Tanpri, Abraram papa, voye Laza kay papa mwen. Mwen gen senk frè. Mwen ta vle l'al di yo jan bagay la ye pou yo pa vin isit nan touman sa a. Abraram reponn li: Yo gen Moyiz ak pwofèt yo pou avèti yo, se pou yo koute yo. Jeran an di nan kè l: Patwon an pral kase m nan djòb sa a. Kisa m pral fè kounyeya? Mwen pa gen fòs pou mal travay latè. Epi se va yon wont pou mal mande charite! Li di li: Non, papa Abraram, yo p'ap koute. Men, si yonn nan mò yo al jwenn yo, y'a chanje lavi yo. Lè sa a, Abraram di li: Si yo pa koute Moyiz ak pwofèt yo, yo p'ap kite pèsonn lòt fè yo wè verite a. Li ta mèt yon mò ki ta leve vivan ankò, yo p'ap koute li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 18:22-25

Lè Jezi tande sa, li di l: — Ou manke yon bagay toujou: vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Apre sa, w'a gen yon richès nan syèl la. Epi vin swiv mwen. Men pawòl sa a te fè jennonm lan vin tris anpil. Paske, li te gen anpil byen. Jezi wè jan sa te fè nonm lan lapenn, li di konsa: — Sa ap difisil nèt pou moun rich antre nan peyi kote Bondye Wa a. L'ap pi fasil pou yon bèf pase nan yon je zegwi pase pou yon moun rich antre nan peyi kote Bondye Wa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 2:15-16

Li pran kòd li kòde fè fwèt. Epi li tonbe chase moun yo deyò nan Tanp lan, ak tout mouton yo, tout bèf yo. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo, li jete tout kòb yo atè. Li di moun ki t'ap vann pijon yo: — Demaske nou, fè m' pa wè bagay sa yo la a! Pa fè kay Papa m' lan tounen yon boutik.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 5:1-3

Konsa tou, yon nonm yo te rele Ananyas ak Safira madanm li vann yon tè yo te genyen. Menm lè a, li tonbe atè nan pye Pyè, li mouri frèt. Jenn gason yo antre, yo jwenn li mouri. Yo pran l, y'al antere bò kote mari li. Tout legliz la ak tout moun ki te tande bagay sa yo te pè anpil. Apòt yo t'ap fè anpil mirak ak anpil bèl bagay nan mitan pèp la. Yo tout te reyini ansanm anba Galeri Salomon an. Tout moun te pè mele ak yo, apa moun ki te kwè yo. Men, pèp la t'ap pale byen sou yo. Anpil moun, fanm kou gason, t'ap vin jwenn disip yo paske yo te kwè nan Senyè a. Lè sa a, yo tanmen pote moun malad yo deyò nan lari. Yo mete yo sou kabann, sou nat, yon jan pou lè Pyè vin ap pase menm lonbray li te ka kouvri kèk nan yo. Moun te sòti nan tout ti bouk ki nan vwazinay Jerizalèm. Yo pote moun malad ak moun move lespri t'ap toumante. Yo tout te geri. Lè sa a, yon sèl jalouzi pran granprèt la ansanm ak sadiseyen yo ki te patizan li. Yo fè arete apòt yo, mete yo nan gran prizon. Men, nan mitan lannwit, yon zanj Bondye louvri pòt prizon an, li fè apòt yo sòti. Li di yo: Men, dakò ak madanm li, Ananyas kenbe enpe nan lajan an pou li, epi l'al renmèt apòt yo rès la. — Ale kanpe nan mitan tanp lan, epi anonse pèp la tout bagay sou jan pou yo viv kounyeya. Apòt yo obeyi zanj lan: Nan granmaten, y'al nan tanp lan epi yo tanmen moutre pèp la anpil bagay. Granprèt la ansanm ak patizan l yo sanble tout chèf fanmi nan pèp Izrayèl la, yo reyini Gran Konsèy la. Apre sa, yo voye chache apòt yo nan prizon an. Men, lè gad yo rive nan prizon an, yo pa jwenn yo. Yo tounen nan Gran Konsèy la, yo fè rapò yo. Yo di: — Nou jwenn prizon an byen fèmen, avèk gad yo nan pòs devan pòt prizon an. Men, lè nou louvri pòt yo, nou pa jwenn pèsonn anndan an. Lè kòmandan lagad tanp lan ak chèf prèt yo tande sa, yo t'ap mande ki jan apòt yo fè disparèt, kisa ki te rive. Men, yon moun vin rive, li di yo: — Mesye nou te mete nan prizon yo, men yo nan tanp lan, y'ap pale ak pèp la. Lè sa a, kòmandan lagad la ale avèk gad li yo, li mennen apòt yo tounen. Men, yo pat aji brital ak yo paske yo te pè pou pèp la pat touye yo ak kout wòch. Lè yo mennen yo tounen, yo fè yo konparèt devan Gran Konsèy la. Epi granprèt la pran poze yo kèsyon. Li di yo: — Eske nou pat defann nou pale ak pèp la nan non nonm sa a? Gade sàn fè. Nou gaye pawòl nou yo nan tout Jerizalèm. Nou vle rann nou reskonsab lanmò nonm lan. Pyè ansanm ak lòt apòt yo reponn li: — Se pou n obeyi Bondye pase pou n obeyi moun. Lè sa a, Pyè di li: — Ananyas, ki jan ou fè kite Satan antre nan kè ou pou l fè ou bay Sentespri manti, pou l fè ou kenbe enpe nan lajan tè a pou ou?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 8:18-20

Simon te wè jan moun yo te resevwa Sentespri lè apòt yo mete men sou tèt yo. Li ofri Pyè ak Jan lajan. Li di yo: — Ban m pouvwa sa a tou, pou lè m mete men m sou tèt yon moun li ka resevwa Sentespri a tou. Kèk fidèl zele te pran kò Etyèn, yo fè bèl vèy ak bèl lantèman pou li. Men, Pyè di li: — Al mouri ansanm ak tout lajan ou lan! Sa Bondye fè kado, ou kwè moun ka achte sa ak lajan?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 5:11

Mwen te vle di pou n pa mele ak yon nonm ki swadizan frè nou nan Kris la, men k'ap viv nan dezòd, ki gen lanvi plen kè l, k'ap sèvi zidòl, k'ap pale moun mal, ki tafyatè, osinon ki vòlò. Nou pa dwe menm chita sou menm tab pou n manje ak yon nonm konsa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 10:24

Piga pèsonn chache sa ki bon pou tèt pa l ase. Se pou l chache enterè lòt yo tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 10:31

Se sa k fè, kit n'ap manje, kit n'ap bwè, nenpòt kisa n'ap fè, fè l pou sa sèvi yon lwanj pou Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 16:2

Chak premye jou nan senmenn lan, se pou chak moun mete yon ti lajan apa dapre sa yo te fè. Y'a sere l lakay yo. Konsa, nou p'ap bezwen tann se lè m rive lakay nou pou n'ap chache lajan an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 9:7

Se pou chak moun bay jan yo te deside nan kè yo, san yo pa regrèt anyen, san moun pa bezwen fòse yo, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 4:28

Se pou moun ki te konn vòlò sispann vòlò. Okontrè, se pou l travay di ak men l san fè move konbinezon, pou l sa gen dekwa bay moun ki nan bezwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 5:3-5

Paske nou se pèp Bondye a, sa pa bon pou nou menm louvri bouch nou pale sou dezòd lachè, sou bagay ki sal ak vye dezi. paske nou se manm kò li. Jan sa ekri nan Liv la: Gason va kite manman li ak papa li pou li atache ak madanm li. Yo de a va fè yon sèl. Se yon gwo verite wi Bondye fè nou konnen nan pawòl sa a. Mwen menm, mwen kwè verite sa a se pou Kris la ak legliz la. Men, li bon pou nou tou: se pou chak mari renmen madanm yo tankou yo renmen tèt pa yo, epitou se pou chak madanm respekte mari yo. Sa pa bon nonplis pou nou kite gwo mo, pawòl san sans ak mo sal sòti nan bouch nou. Bagay konsa pa dakò ak sa nou ye. Okontrè, se pou nou lapriyè pou di Bondye mèsi. Paske, konnen sa byen: okenn moun ki nan dezòd lachè, osinon ki nan lenkondit, osinon ki renmen lajan (moun konsa se tankou moun k'ap sèvi zidòl), okenn nan moun sa yo p'ap gen pòsyon eritaj nan peyi kote Bondye ak Kris la wa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:5

Se poutèt sa, se pou nou disparèt nan nou tou sa ki pa bon nan lemonn: imoralite, malpwòpte, vye pasyon, move lanvi, aloufa nan tout bagay (ki se menm ak sèvi zidòl).

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 4:11-12

Chache viv ak kè poze. Okipe zafè pa nou. Travay ak men nou pou nou pa rete sou kont moun. Konsa, moun ki pa kwè nan Kris la va respekte nou, epi nou menm, nou p'ap rete sou kont pèsonn.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 5:22

Egzante tou sa ki mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 3:3

Li pa dwe fèb pou alkòl, ni renmen vyolans. Okontrè, se pou li renmen kalme, renmen mete lapè. Li pa fèt pou li wè nan lajan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 6:17-19

Mande moun ki gen anpil byen sou latè a pou yo pa kite lògèy vire tèt yo. Piga yo mete espwa yo nan richès sa yo ki pa sèten. Se pou yo mete espwa yo nan Bondye ki ban nou tout bagay an kantite pou nou ka gen jwisans yo. Mande yo pou yo fè anpil byen, pou yo ka rich devan Bondye. Piga yo chich. Se pou yo toujou pare pou separe sa yo genyen an ak lòt. Konsa, y'a anpile yon bon trezò byen solid pou pita, y'a resevwa lavi tout bon an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Tit 1:7

Paske, yon moun k'ap dirije legliz la, se li ki reskonsab travay Bondye a. Se pou li san repwòch. Se pa pou li awogan, ni renmen fè kòlè, ni renmen bwè gwòg. Li pa fèt pou l brital, ni renmen fè lajan nan move kondisyon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 10:34

Nou te soufri ansanm ak tout moun ki te nan prizon. Menm lè yo te sezi tout byen nou yo, nou te kontan asepte pèdi yo, paske nou te konnen nou gen yon richès ki pi bon, k'ap la pou tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 13:5

Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p'ap janm vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 2:5-6

Frè mwen renmen anpil yo, tande sa byen: Bondye chwazi moun ki pòv sou latè pou yo ka rich nan konfyans nan Bondye, pou yo ka jwenn pòsyon pa yo nan peyi li te pwomèt moun ki renmen l yo. Men nou menm se meprize n'ap meprize pòv yo! Eske se pa moun rich yo k'ap kraze nou, k'ap trennen nou tribinal?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 4:13-15

Kounyeya, se ak nou m'ap pale, nou menm k'ap di: jòdi a osinon denmen, n'a pral nan tèl lavil. Rive la, n'a pase yon lanne, n'a fè kòmès ak anpil benefis. Nou pa konn sa lavi ap pote pou nou denmen. Lavi nou tankou yon nyaj, li parèt pou yon ti tan. Apre sa, li disparèt. Okontrè, men sa pou nou te di: Si Bondye vle, n'a wè denmen, n'a fè sa osinon sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 5:1-3

Kounyeya, nou menm moun rich yo, se pou nou m'ap pale: Nou mèt konmanse kriye, konmanse pouse rèl pou malè ki pral tonbe sou nou yo. Frè m yo, chonje pwofèt yo ki te pale nan non Mèt la. Pran egzanp sou yo, pou jan yo te gen pasyans lè yo t'ap soufri. Paske yo te soufri ak pasyans, nou di yo se moun Bondye beni. Nou tande ki jan Jòb te gen pasyans, nou wè bout pou bout sa Bondye te fè pou li, paske Bondye gen bon kè, li gen kè sansib. Anvan tout lòt bagay, frè mwen yo, men sa ki enpòtan: Piga nou sèmante ni sou syèl la, ni sou latè a, ni sou tèt okenn lòt bagay. Yon sèl pawòl pou nou genyen: se wi, se non. Konsa nou p'ap tonbe anba jijman Bondye. Si yon moun nan nou ap soufri, se pou li lapriyè. Si yon moun nan nou gen kè kontan, se pou l chante kantik. Si yon moun nan nou malad, se pou l rele chèf reskonsab yo nan legliz la. Y'a lapriyè pou li, y'a pase lwil sou li nan non Senyè a. Lè lapriyè a fèt ak konfyans, li va delivre malad la. Senyè a va fè l leve gaya. Si li te fè kèk peche, Bondye va padonnen li. Se pou nou konfese peche nou yo yonn bay lòt. Se pou yonn lapriyè pou lòt, pou nou kapab geri. Lè yon moun ap viv dwat devan Bondye, lapriyè moun sa a gen anpil pouvwa. Pwofèt Eli te yon moun menm jan ak nou. Li te lapriyè rèd pou lapli pat tonbe. Konsa vre, lapli pa tonbe pandan twazan sis mwa. Apre sa, li lapriyè ankò. Lè sa a, syèl la louvri, lapli tonbe, latè bay bèl rekòt. Frè m yo, si yonn nan nou pèdi chemen laverite a, epi yon lòt frè mennen l tounen ankò, Richès nou yo fin pouri. Vèmin fin manje rad nou yo. konnen sa byen: lè yon moun pèdi chemen l poutèt peche li yo, si yon lòt mennen l tounen, se yon nanm li rache anba lanmò. Anmenmtan, li jwenn padon pou anpil peche. Lò nou ak lajan nou fin wouye. Lawouy pral kanpe pou akize nou, li va devore nou tankou dife. Nou fè kont move lajan nou nan dènye tan sa yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 5:2

Men sa m'ap di nou: Tankou gadò, se pou nou swen bann mouton Bondye ki sou kont nou an. Pa fè sa tankou si se fòse y'ap fòse nou. Men, fè l paske nou vle fè sa Bondye vle. Pa fè travay la tankou si se dèyè lajan nou ye. Men, fè l ak tout kè nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Pyè 2:3

Nan kouri dèyè lajan, yo pral esplwate nou ak yon bann manti. Men, depi lontan moun sa yo deja jije, nanpwen chape pou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 2:15-17

Pa renmen lemonn, ni anyen ki soti nan lemonn. Si yon moun renmen vye prensip k'ap mennen lemonn yo, li pa ka renmen prensip Papa a. Bagay ki sòti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tantasyon, se lògèy k'ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa sòti nan Papa a. Se nan lemonn sa sòti. Se pase lemonn ap pase, ansanm ak tou sa moun jwenn ladan l yo ta vle genyen. Men, moun ki fè sa Bondye vle, y'ap viv pou tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 3:17

Si yon moun gen dekwa viv, li wè yon frè nan nesesite epi li pa lonje men ba li, kouman yon moun konsa ka pretann li renmen Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 5:21

Pitit mwen yo, veye kò nou ak zidòl!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 3:17-18

W'ap plede di: Mwen rich, zafè m ap mache byen. Mwen pa manke anyen. Pòdyab! Konnen ou pa konnen jan ou malere, jan ou nan gwo nesesite, jan ou pòv, toutouni ak tou de je ou yo pete! Se poutèt sa, mwen ta ba ou konsèy achte nan men m bon lò san melanj ki pase nan dife. Konsa ou va rich tout bon. Achte nan men m tou rad blan pou mete sou ou pou moun pa wè jan ou toutouni. Sa se yon wont pou ou. Achte nan men m tou renmèd pou mete nan je ou pou ou ka wè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 19:4

Lè ou gen lajan, ou toujou gen zanmi. Men lè ou pòv, dènye zanmi vire do ba ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 13:7

Gen moun ki pa gen anyen men ki pran pòz moun rich yo. Gen moun ki pran pòz moun pòv yo, epi se yo ki gen fòtin.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 19:12-26

Men sa l di yo: — Vwala, se te yon nonm gran fanmi ki te al nan yon peyi byen lwen. Li te al fè yo ba l otorite pou l wa, apre sa pou l te tounen lakay li ankò. Anvan l ale, li rele dis nan domestik li yo, li ba yo chak yon pyès lò, li di yo: Fè lajan an travay jouk mwen tounen. Men, pwòp moun peyi l yo te rayi li. Yo voye kèk mesaje dèyè l pou di: Nou pa vle nonm sa a pou wa nou. — Malgre sa, yo bay nonm lan otorite pou l wa, epi l tounen nan peyi li. Lè sa a, li fè rele domestik li te bay lajan yo pou yo vin kote l: li te bezwen konnen ki benefis yo chak te fè. Premye a vini, li di: Monwa, pyès lò ou te ban mwen an rapòte dis pyès ankò. Wa a di l: Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik. M'ap mete ou gouvènen dis vil, paske ou te fè ti travay sa a byen. Dezyèm lan vini, li di: Monwa, pyès lò ou te ban mwen an rapòte senk lòt pyès. Wa a di l: Ou menm, m'ap mete ou gouvènen senk vil. Te gen yon nonm nan lavil la yo rele Zache. Li te chèf pèseptè kontribisyon yo, se te yon nonm rich. — Yon lòt vini, li di: Monwa, men pyès lò ou la. Mwen te sere l nan yon mouchwa. Mwen te pè, paske m'konnen ou moun ki sevè: Ou pran sa ou pa mete. Ou rekòlte sa ou pa simen. Wa a reponn: Gade jan ou se yon move domestik! M'ap jije ou ak pawòl ki sot nan bouch ou. Ou te konnen m se yon nonm ki di, mwen pran sa ki pa pou mwen, mwen rekòlte sa m pa simen, poukisa ou pat mete lajan m labank. Lè m ta tounen, mwen ta wete l ak yon enterè. — Li di moun ki te la yo: Wete lajan an nan men li. Bay nonm ki gen dis pyès yo li. Yo di l: Men, monwa, li gen dis pyès deja. Mwen di nou: Moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò. Men moun ki pa gen anyen menm lan, y'a wete nan men l menm ti sa l te genyen an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 13:22

Gen lòt ankò ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan mitan pikan. Yo tande pawòl la, men traka lavi ak anvi gen lajan, tou sa toufe pawòl la, kifè yo pa ka bay anyen menm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 4:3-5

Paske, nan tan lontan, nou te gen kont tan nou pou n te fè tou sa moun ki pa konnen Bondye yo ap fè. Lè sa a, nou t'ap viv nan libètinay, nan lanvi, nan bwè tafya, nan debòch, nan banbòch, nan sèvi zidòl, bagay lalwa defann nou fè. Kounyeya, moun sa yo twouve sa dwòl dèske nou pa fè bann ak yo ankò nan tout eksè sa yo. Se poutèt sa, y'ap pale nou mal. Men, yo gen pou yo rann kont bay Bondye ki deja pare pou jije ni moun ki vivan yo ni moun ki mouri yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 14:13

Ann sispann yonn ap jije lòt. Pito nou pran desizyon pou n pa fè anyen ki kapab fè frè nou bite osinon tonbe nan peche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:2

Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:9

Se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou. Rayi sa ki mal, men kenbe fèm nan fè sa ki byen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:3

Benediksyon pou moun ki konnen se pòv yo ye devan Bondye, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 5:6

Men, yon vèv ki lage kò l nan plezi, se yon vèv ki mouri, menm si l vivan toujou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Eklezyas 6:7-9

Tou sa yon nonm fè pase nan bouch, men l'ap toujou grangou. Kisa yon nonm ki gen lespri gen pase yon nonm sòt? Kisa sa rapòte yon pòv malere lè li konnen jan pou l debat ak lavi a? Anyen. Pito ou kontan ak sa ou genyen pase pou ou toujou anvi sa ou pa genyen. Paske sa pa vo anyen. Se rapousib van.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 11:25

Li te pito kite yo maltrete li ansanm ak pèp Bondye a, pase pou l te asepte pran plezi l nan peche pou yon ti tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 1:19

Nan chache genyen sa ki pa pou ou, se ou ki lakòz malè rive ou. Se sa menm ki pou rive tout moun ki pa wè pase vòlò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 12:25-26

Moun ki renmen lavi l ap pèdi li. Men moun ki rayi lavi li pandan l sou latè a, l'ap konsève l pou lavi ki p'ap janm fini an. Si yon moun ap sèvi m, se pou l swiv mwen tou. Konsa, tout kote m'a ye, sèvitè mwen va la tou. Papa m va leve tèt tout moun k'ap sèvi mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:11

Travay di, pa fè parese. Mete aktivite nan sèvis n'ap rann Mèt la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 25:40

Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m yo, se pou mwen nou te fè li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 6:14

Pa mete tèt nou ansanm ak moun ki pa gen konfyans nan Kris la: Se pa sosyete konsa ki bon pou nou. Ki jan nou ta vle wè sa pou bagay ki bon, bagay ki dwat, mele ak bagay ki mal? Ki jan pou limyè ta ka mache ak fènwa?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 16:16

Pito ou gen bon konprann pase pou ou gen byen. Pito ou gen konesans pase ou gen lajan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 16:15

Lè sa a Jezi di yo: — Nou menm, n'ap chache parèt pou pi bon devan moun, men Bondye konnen sa ki nan kè nou. Bagay moun bay plis enpòtans, se yo Bondye pa vle wè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 9:25

Kisa sa ta sèvi yon moun pou l ta genyen lemonn antye, si l pèdi nanm li, ou si l detwi lavi li?

Chapit   |  Vèsyon Kopi

Lapriyè bay Bondye

Bondye Papa ki bon epi etènèl, Granmèt ki anwo nan syèl la! M'ap louwe w paske ou jis, ou sen, ou merite tout lwanj ak adorasyon. Papa Sen, m'ap pwoche bò kote w, paske mwen rekonèt se ou sèl ki gen pouvwa pou chanje m, libere m, epi mete m kanpe ankò. M'ap mande w, tanpri kase tout chenn, tout lyen ki kenbe m nan prizon jwèt aza a. M'ap mande w pou Lespri Sen an ban m fòs pou m kontwole lespri m, santiman m, pou m soumèt yo anba volonte w, pou m viv dapre pawòl ou. Ede m rete lwen moun k'ap ankouraje m jwe aza. Fè vis sa a pa gen pouvwa sou mwen ankò, ni sou fanmi mwen. Papa Sen, desann sou mwen, renouvle lespri m, fè mwen depann totalman de ou. Se fè w plezi ki pi enpòtan pou mwen, pou chak jou mwen ka pote bon fwi repantans, paske pawòl ou di: "Pèsonn pa ka sèvi de mèt an menm tan. Se oubyen li rayi yonn epi li renmen lòt la, oubyen l'ap atache ak yonn epi l'ap meprize lòt la. Nou pa ka sèvi Bondye ak lajan an menm tan." Depi kounye a, mwen deklare mwen lib, mwen abandone vis sa a. Nan non Jezi. Amèn.
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite