Menm jan Pwovèb 16:33 di a, Bondye gen tout kontwòl, menm sou sa nou panse ki rive konsa konsa. Pa bezwen kouri dèyè richès, ni fatige kò nou pou bagay materyèl. Fok nou mete konfyans nou nan Bondye, nan pouvwa li, olye nou apiye sou chans.
Bib la di: "Nou ka tire osò, men se Senyè a ki deside tout bagay." Li pi bon pou ou kite chemen ou nan men Kris pase pou ou swiv pwòp tèt ou. Se lè ou konnen plan Bondye gen pou ou a, ou jwenn vre siksè.
Pa kite dyab la twonpe ou, pa tonbe nan pyèj li yo. Moun ki swiv move chemen sa yo ap jwenn mizè. Mete pwojè ou yo nan men Bondye, kite l gide ou, pa apiye sou pwòp entèlijans ou.
Kite tout move bagay dèyè, sèvi byen ak sa Bondye ba ou, konsa wap wè benediksyon nan tout sa wap fè. Paske se Bondye ki ba ou viktwa, se li k ap mennen ou soti nan yon glwa al nan yon lòt, soti nan yon triyonf al nan yon lòt.
Si ou renmen lajan, ou p'ap janm fin gen ase. Si w'ap kouri dèyè richès, plis ou genyen, se plis w'ap anvi genyen toujou. Sa a tou, se rapousib van.
Paske, renmen lajan fè moun fè tout kalite bagay ki mal. Gen moun ki sitèlman anvi gen lajan, yo pèdi chemen lafwa a nèt: se pa de ti soufrans ki tonbe sou yo.
— Pèsonn pa ka sèvi byen ak de mèt anmenmtan. Li gen pou l rayi yonn si l renmen lòt la. L'ap sèvi byen ak yonn, men l'ap meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak lajan anmenmtan.
Gen kèk moun nan nou ki di: Mwen gendwa fè tout bagay. Wi, ou gendwa fè tout bagay. Men, tout bagay pa bon pou fè. Mwen ka di mwen gendwa fè tout bagay. Men, mwen p'ap kite anyen fè m tounen esklav li, li te mèt sa l te ye.
Apre sa, li di yo tout: — Fè atansyon. Veye kò nou pou lajan pa pran tèt nou. Paske, se pa anpil byen ki garanti lavi yon nonm, li te mèt rich kont kò li.
Se pou moun ki te konn vòlò sispann vòlò. Okontrè, se pou l travay di ak men l san fè move konbinezon, pou l sa gen dekwa bay moun ki nan bezwen.
Pou fini, frè m yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont.
Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p'ap janm vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.
Men, moun ki vle vin rich, yo tonbe nan tantasyon. Yo kite yon bann move lanvi san sans pran yo nan pèlen. Se lanvi sa yo k'ap fè moun pèdi tou sa yo genyen, k'ap fini nèt ak yo.
Se pou nou pran Jezikri pou zam nou. Pa kite egzijans lachè pran pye sou nou pou fè nou fè tou sa li anvi fè.
Lè ou pran san ou pou ou travay, tou sa w'ap fè ap ba ou benefis. Men, lè ou twò prese, ou p'ap janm gen anyen.
Kounyeya, nou menm moun rich yo, se pou nou m'ap pale: Nou mèt konmanse kriye, konmanse pouse rèl pou malè ki pral tonbe sou nou yo. Frè m yo, chonje pwofèt yo ki te pale nan non Mèt la. Pran egzanp sou yo, pou jan yo te gen pasyans lè yo t'ap soufri. Paske yo te soufri ak pasyans, nou di yo se moun Bondye beni. Nou tande ki jan Jòb te gen pasyans, nou wè bout pou bout sa Bondye te fè pou li, paske Bondye gen bon kè, li gen kè sansib. Anvan tout lòt bagay, frè mwen yo, men sa ki enpòtan: Piga nou sèmante ni sou syèl la, ni sou latè a, ni sou tèt okenn lòt bagay. Yon sèl pawòl pou nou genyen: se wi, se non. Konsa nou p'ap tonbe anba jijman Bondye. Si yon moun nan nou ap soufri, se pou li lapriyè. Si yon moun nan nou gen kè kontan, se pou l chante kantik. Si yon moun nan nou malad, se pou l rele chèf reskonsab yo nan legliz la. Y'a lapriyè pou li, y'a pase lwil sou li nan non Senyè a. Lè lapriyè a fèt ak konfyans, li va delivre malad la. Senyè a va fè l leve gaya. Si li te fè kèk peche, Bondye va padonnen li. Se pou nou konfese peche nou yo yonn bay lòt. Se pou yonn lapriyè pou lòt, pou nou kapab geri. Lè yon moun ap viv dwat devan Bondye, lapriyè moun sa a gen anpil pouvwa. Pwofèt Eli te yon moun menm jan ak nou. Li te lapriyè rèd pou lapli pat tonbe. Konsa vre, lapli pa tonbe pandan twazan sis mwa. Apre sa, li lapriyè ankò. Lè sa a, syèl la louvri, lapli tonbe, latè bay bèl rekòt. Frè m yo, si yonn nan nou pèdi chemen laverite a, epi yon lòt frè mennen l tounen ankò, Richès nou yo fin pouri. Vèmin fin manje rad nou yo. konnen sa byen: lè yon moun pèdi chemen l poutèt peche li yo, si yon lòt mennen l tounen, se yon nanm li rache anba lanmò. Anmenmtan, li jwenn padon pou anpil peche. Lò nou ak lajan nou fin wouye. Lawouy pral kanpe pou akize nou, li va devore nou tankou dife. Nou fè kont move lajan nou nan dènye tan sa yo.
Moun rich ap donminen sou moun pòv. Lè ou prete lajan nan men yon moun, ou tounen timoun devan pòt li.
Men, moun ki gen doutans sou sa l'ap manje a, Bondye kondannen l lè l manje l, paske li aji san konviksyon. Tout sa ou fè san konviksyon se peche.
Senyè a mande pou yo sèvi ak bon balans pou peze. Li pa vle pou yo sèvi ak move mezi nan kòmès.
Se sa k fè, kit n'ap manje, kit n'ap bwè, nenpòt kisa n'ap fè, fè l pou sa sèvi yon lwanj pou Bondye.
Yon nonm ki serye nan sa l'ap fè ap jwenn anpil benediksyon. Men, yo p'ap manke pini moun k'ap prese pou l rich.
Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte.
— Vwala, se va tankou yon nonm ki ta pral pati pou yon vwayaj. Li rele domestik li yo, li mete yo reskonsab byen li yo. Li bay yonn senkmil (5.000) goud, li bay yon lòt demil (2.000) goud, li bay yon twazyèm mil (1.000) goud. Konsa, li bay yo chak dapre sa l konnen yo ka fè. Lèfini, li pati. Lamenm, domestik ki te resevwa senkmil (5.000) goud la al fè lajan an travay. Li rapòte l senkmil (5.000) goud benefis. Konsa tou, domestik ki te resevwa demil (2.000) goud la fè demil (2.000) goud benefis. Sa ki te resevwa mil (1.000) goud la menm ale, li fouye yon twou nan tè, li sere lajan mèt la. — Lontan apre sa, mèt domestik yo tounen, li pran fè regleman ak yo. Senk nan yo te tèt chaje, senk lòt yo te gen bon konprann. Domestik ki te resevwa senkmil goud la pwoche, li pote senkmil goud benefis la ba li, li di: Mèt, ou te ban mwen senkmil goud. Men senkmil goud benefis mwen fè. Mèt la di l: Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè toujou. Vin fè fèt avèk mèt ou. — Domestik ki te resevwa demil goud la pwoche apre sa, li di: Mèt, ou te ban mwen demil goud, men demil goud benefis mwen fè. Mèt la di l: Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou te fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè ankò. Vin fè fèt avèk mèt ou. — Apre sa, domestik ki te resevwa sèlman mil goud la pwoche, li di: Mèt, mwen konnen ou se yon nonm ki di. Ou rekòlte kote ou pat simen, ou ranmase kote ou pat plante. Mwen te pè, se sa k fè mwen te al sere mil goud ou a anba tè. Men, pran lajan ou. — Mèt la reponn li: Gade jan ou se yon move domestik, ou parese konsa! Ou te konnen mwen rekòlte kote mwen pat simen, mwen ranmase kote mwen pat plante. Enben, se pou ou te mete lajan m labank. Lè m ta tounen, mwen ta wete manman lajan an ak yon enterè sou li. Wete mil goud la nan men l, pran l bay sa ki gen dimil (10.000) goud la. Paske, moun ki gen deja, y'a ba li ankò. Konsa, l'a gen plis toujou. Men moun ki pa genyen anyen an, y'a wete menm ti sa li ta genyen an. Tèt chaje yo te pran lanp yo ase. Yo pa te pote gaz derezèv. Kanta domestik ki pa vo anyen an, jete l deyò nan fènwa a. Se lè sa a va gen rèl, se lè sa a va gen manje dan.
Ala bon sa bon pou moun ki gen bon kè, pou moun ki konn prete moun, pou moun ki mennen trafik li san fè vis!
Parese fè ou pòv, men travay di fè ou rich. Yon moun ki wè lwen ranmase rekòt li lè rekòt la pare. Men se yon wont pou moun ki pase tout tan rekòt la ap dòmi.
Moun sòt toujou konprann sa y'ap fè a byen. Men, moun ki gen bon konprann koute konsèy yo ba yo.
Moun k'ap kouri dèyè lajan, se traka y'ap chache bay fanmi yo. Men, moun ki refize kite yo achte l ap viv lontan.
Fè byen san gad dèyè. Yon lè konsa, w'a jwenn rekonpans ou. Pa kite lapenn chita nan kè nou. Pa kite anyen fè nou soufri nan kò nou. Ou p'ap rete jenn gason ak cheve nwa tou tan. Separe sa ou genyen ak mezi moun ou kapab, paske ou pa janm konnen ki malè ki ka rive ou sou latè.
— Mande, y'a ban nou. Chache, n'a jwenn. Frape, y'a louvri pou nou. Paske, nenpòt moun ki mande va resevwa. Moun ki chache va jwenn. Y'a louvri pou moun ki frape.
Avèk travay ou fè ak men ou, w'ap jwenn manje pou ou manje, w'ap kontan, zafè ou ap mache byen.
Moun ki mete konfyans yo nan byen yo ap tonbe tankou fèy chèch. Men, moun k'ap mache dwat yo ap pouse tankou boujon.
Moun ki kenbe pawòl li nan tout ti bagay, l'a kenbe l nan gwo bagay tou. Men, moun ki pa serye nan ti bagay, li p'ap serye nan gwo bagay nonplis. Si ou pa sèvi byen ak richès ou gen sou latè, kilès ki va fè ou konfyans pou richès tout bon yo? Si ou pat sèvi byen avèk sa ki te pou lòt moun, ki moun ki va ba ou sa k pou ou a?
Depi mwen timoun jouk mwen vin granmoun, mwen pa janm wè Bondye lage yon moun ki mache dwat, ni mwen pa janm wè pitit pitit li yo ap mande charite. Okontrè, moun ki mache dwat la toujou gen kè sansib pou l bay, pou li prete moun tou. Tout pitit pitit li yo tounen yon benediksyon pou lòt moun.
Mande moun ki gen anpil byen sou latè a pou yo pa kite lògèy vire tèt yo. Piga yo mete espwa yo nan richès sa yo ki pa sèten. Se pou yo mete espwa yo nan Bondye ki ban nou tout bagay an kantite pou nou ka gen jwisans yo. Mande yo pou yo fè anpil byen, pou yo ka rich devan Bondye. Piga yo chich. Se pou yo toujou pare pou separe sa yo genyen an ak lòt. Konsa, y'a anpile yon bon trezò byen solid pou pita, y'a resevwa lavi tout bon an.
Fè m pi anvi swiv prensip ou yo pase pou m anvi gen lajan. Pa kite m kouri dèyè bagay ki pa vo anyen. Fè m swiv chemen ou mete devan m lan.
Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè. Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.
(23) Renmèt sò ou nan men Senyè a, l'a kenbe ou fèm. Li p'ap janm kite moun ki mache dwat devan li yo rete atè lè yo tonbe.
— Pa anpile richès nou isit sou latè, kote vè ak lawouj ap manje yo, kote vòlè kapab vòlè yo pote ale. — Se sa ki fè tou, lè w'ap bay yon moun ki nan nesesite kichòy, ou pa bezwen fè tout moun wè sa, tankou ipokrit yo fè l nan sinagòg ak nan lari. Yo fè sa pou moun ka fè lwanj yo. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo. Okontrè, anpile richès nou nan syèl la. Paske la pa gen vè ni lawouj ki pou manje yo, ni vòlè ki pou pran yo pote ale. Paske, kote richès ou ye, se la kè ou ye tou.
Mete tout konfyans ou nan Senyè a. Pa gade sou sa ou konnen. Toujou chonje Senyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, la moutre ou chemen pou ou pran.
Nenpòt travay yo ban nou fè, fè l ak tout kè nou tankou si se pa pou lèzòm nou t'ap travay, men pou Senyè a.
Ni yo pa limen lanp pou mete li anba tab. Men yo mete li sou etajè pou li klere tout moun nan kay la. Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.
Ala bon sa bon pou moun ki pa koute konsèy mechan yo, ki pa swiv egzanp moun k'ap fè sa ki mal, ki pa chita ansanm ak moun k'ap pase Bondye nan betiz, men ki pran tout plezi l nan lalwa Senyè a, k'ap repase l nan tèt li lajounen kou lannwit. Li tankou yon pyebwa yo plante bò kannal dlo: Li donnen lè sezon l rive. Fèy li p'ap janm fennen. Tou sa l fè sòti byen.
— Si yonn nan nou vle fè yon gwo batisman, premye bagay pou l fè: se pou l chita pou l kalkile konbe sa pral koute l pou l wè si li gen kont lajan pou l fin fè travay la. Si l pa fè sa, l'ap fin poze fondasyon an, epi l p'ap ka fini batisman an. Lè sa a, tout moun ki va wè sa va pran pase l nan betiz. Jezi pran lapawòl, li mande dirèktè lalwa ak farizyen yo: — Eske lalwa pèmèt moun fè gerizon jou repo a, wi ou non? Y'a di: Nonm lan konmanse bati, men li pa kapab fini.
Sa pa bon pou ou prese fè anyen san ou pa konprann sa w'ap fè. Si ou pa gen pasyans, ou ka nan pwoblèm.
Pa fè okenn dèt. Sèl dèt nou dwe genyen, se pou nou yonn renmen yonn. Moun ki renmen moun parèy li, li fè tou sa lalwa mande.
Lè y'ap fè konkou pou wè kilès ki ka kouri pi vit, tout moun gen pou kouri. Men, se yon sèl ki gen premye pri a. Nou konn sa, pa vre? Enben, nou menm tou, kouri pou n ka genyen kous la. Moun k'ap fè egzèsis pou al nan konkou, yo bay kò yo yon disiplin sevè pou yo ka byen pare. Yo fè tou sa pou yo ka genyen yon kouwòn ki p'ap konsève lontan. Men nou menm, n'ap bay kò nou yon disiplin sevè pou n ka genyen yon kouwòn k'ap la pou tout tan.
Pa pwomèt pou ou reskonsab dèt yon lòt moun fè. Si ou pa ka peye, y'a sezi ata kabann anba do ou.
Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè yo, pou yonn ka ankouraje lòt nan sa ki byen. Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, kounyeya pi plis pase anvan, paske nou wè jou Senyè a ap pwoche.
Lwanj pou Senyè a! Ala bon sa bon pou moun ki gen krentif pou Senyè a, ki pran tout plezi l nan fè sa li mande! Lè mechan wè sa, li move. Li manje dan l, kè l grenn. Tou sa mechan an t'ap tann lan pa rive. Pitit li yo va grannèg nan peyi a. Bondye ap toujou voye benediksyon sou pitit moun ki mache dwat devan li. Li alèz lakay li, li gen anpil richès. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye.
Paske, moun ki gen deja, y'a ba li ankò. Konsa, l'a gen plis toujou. Men moun ki pa genyen anyen an, y'a wete menm ti sa li ta genyen an.
Kenbe tèt nou anplas, rete sou prigad nou. Paske dyab la, lènmi nou an, ap veye nou tankou yon lyon ki move, k'ap chache moun pou l devore.
Lè ou pa pran konsèy, plan travay ou p'ap mache. Lè ou pran konsèy nan men anpil moun, ou mèt sèten travay ou ap mache byen.
Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.
Pawòl ou se yon chandèl ki fè m wè kote m'ap mete pye m, se yon limyè k'ap klere chemen mwen.
Yon moun sòt te mèt gen kont lajan nan men l, li p'ap janm ka gen konesans. Li pa gen konprann.
Si nan yon sans sa bon pou nou chache fè espò pou kenbe kò nou anfòm, sa pi bon toujou, epi nan tout sans, pou nou fè jefò nan sèvis Bondye a, paske sa ap garanti nou lavi pou kounyeya ak pou tout tan.
Se sa ki fè, konnen ki jan pou n mennen tèt nou! Pa mennen tèt nou tankou moun ki sòt, men tankou moun ki gen konprann. Pa kite okenn okazyon pase pou fè sa ki byen. Paske, jou sa yo n'ap viv la a pa bon menm.
Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou.
Moun ki anvi tout pou yo ap toujou nan kont. Men, moun ki mete konfyans yo nan Senyè a p'ap janm manke anyen.
Chak moun dwe pran kado Bondye ba yo a pou yo rann lòt yo sèvis. Konsa, tankou bon jeran, n'a pran kado Bondye yo, ki divès kalite, n'a fè yo travay.
Gouvènman Bondye ki wa a, se pa yon afè manje ak bwè, men se yon kèsyon fè sa ki byen, viv ak kè poze ak kè kontan. Bagay sa yo, se Sentespri ki bay yo.
Moun ki rayi moun nan kè yo, se moun ou pa ka fye. Tout moun k'ap mache fè tripotay se moun san kouprann. Plis ou pale, plis ou ka peche. Lè ou gen bon konprann, ou kenbe bouch ou fèmen.
Kanta nou menm, frè m yo, Bondye te rele nou pou n te ka gen libète nou. Sèlman, pa pran libète a sèvi eskiz pou nou viv dapre egzijans lachè. Okontrè, se pou nou yonn sèvi lòt nan renmen nou yonn gen pou lòt.
Se ou ki defans mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen. Mwen mete tout espwa m nan pawòl ou.
Men yo: Pa kite m bay manti pou m twonpe moun. Pa fè m ni rich ni pòv. Ban m kantite manje mwen bezwen pou m viv la. Si mwen gen twòp, m'a vire do ba ou, m'a di mwen pa konnen ki moun ou ye. Si mwen pa gen ase, m'a vòlò, m'a fè yo pase ou nan betiz.
(6) M'ap fè fèt, m'ap kontan tankou yon moun ki manje plen vant li yon manje ki gen bon gou, ki gen kont grès li ladan l. Wi, se konsa kè m ap kontan. M'ap louvri bouch mwen pou m fè lwanj ou.
Pito ou mennen ti vi ak pòv malere yo pase pou ou nan separe ak awogan yo nan sa yo vòlò.
Konsa, n'a viv jan Bondye vle l la, n'a toujou fè sa ki fè l plezi. N'a fè tout kalite bon bagay, n'a grandi nan konesans Bondye.
Moun ki resevwa don pou l bay ankourajman, se pou li bay ankourajman. Moun k'ap bay nan sa li genyen an, se pou l fè sa san gad dèyè. Moun k'ap dirije a, se pou l fè sa byen. Moun k'ap moutre jan li gen kè sansib la, se pou li fè sa ak kè kontan.
Moun ki bay san gad dèyè, sa pa anpeche yo vin pi rich. Men, moun ki penng, se pòv y'ap vin pi pòv. Lè ou bay ak kè kontan, ou p'ap janm manke anyen. Lè ou manje ak moun, ou pa janm rete grangou.
Pa mete konfyans nou nan grannèg, nan moun ki pa ka delivre nou. Kou souf yo koupe, yo tounen pousyè. Lamenm, tou sa yo te gen nan tèt yo disparèt. Ala bon sa bon pou moun ki gen Bondye Jakòb la pou tout sekou l, pou moun ki mete tout espwa l nan Senyè a, Bondye li!
(1b) Ala bon sa bon pou ou, ou menm ki gen krentif pou Senyè a, ou menm k'ap mache nan chemen li mete devan ou lan! Avèk travay ou fè ak men ou, w'ap jwenn manje pou ou manje, w'ap kontan, zafè ou ap mache byen.
Se pou chak moun bay jan yo te deside nan kè yo, san yo pa regrèt anyen, san moun pa bezwen fòse yo, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan.
— Fè atansyon lè n'ap fè devwa nou pou Bondye pou nou pa fè l yon jan pou fè moun wè. Lè nou fè l konsa, Papa nou ki nan syèl la p'ap ban nou okenn rekonpans. Vin tabli gouvènman ou, pou yo fè volonte ou sou latè, tankou yo fè l nan syèl la. Manje nou bezwen an, ban nou l jòdi a. Padonnen tou sa nou fè ki mal, menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal. Pa kite nou nan pozisyon pou n tonbe nan tantasyon, men, delivre nou anba Satan. [Paske, se pou ou tout otorite, tout pouvwa ak tout lwanj, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn.] — Si nou padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou ki nan syèl la va padonnen nou tou. Men, si nou pa padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou p'ap padonnen peche nou yo nonplis. — Lè n'ap fè jèn, pa pran pòz kagou nou tankou ipokrit yo: Y'ap mache ak figi yo rale konsa pou tout moun ka wè y'ap fè jèn. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo. Men ou menm, lè w'ap fè jèn, penyen tèt ou byen penyen, lave figi ou byen lave. Konsa, moun p'ap wè si w'ap fè jèn. Papa ou ki la pou kont li avè ou, se li ase ki konn sa. Konsa, Papa ou menm ki wè sa ou fè an sekrè a, se li ki va ba ou rekonpans ou. — Pa anpile richès nou isit sou latè, kote vè ak lawouj ap manje yo, kote vòlè kapab vòlè yo pote ale. — Se sa ki fè tou, lè w'ap bay yon moun ki nan nesesite kichòy, ou pa bezwen fè tout moun wè sa, tankou ipokrit yo fè l nan sinagòg ak nan lari. Yo fè sa pou moun ka fè lwanj yo. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo. Okontrè, anpile richès nou nan syèl la. Paske la pa gen vè ni lawouj ki pou manje yo, ni vòlè ki pou pran yo pote ale. Paske, kote richès ou ye, se la kè ou ye tou. — Je ou se lanp kò ou. Si je ou nan bon eta, tout kò ou nan limyè. Men, si je ou nan move eta, tout kò ou nan fènwa. Se sa ki fè si limyè ki andan ou la se fènwa li ye, se pa ti fè nwa anndan ou fè nwa. — Pèsonn pa ka sèvi byen ak de mèt anmenmtan. Li gen pou l rayi yonn si l renmen lòt la. L'ap sèvi byen ak yonn, men l'ap meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak lajan anmenmtan. — Se poutèt sa mwen di nou: Pa bat kò nou pou keksyon manje ak keksyon bwè, ni pou keksyon rad. Paske èske lavi pa pi konsekan pase manje? Eske kò a pa gen plis valè pase rad? Gade zwazo k'ap vole nan syèl la: yo pa plante, yo pa fè rekòt, yo pa sere anyen nan galata. Men, Papa nou ki nan syèl la ba yo manje. Eske nou pa vo pi plis pase zwazo yo? Kilès nan nou, afòs li fè tèt li travay, li kapab ajoute yon ti longè anplis sou lavi li? — Poukisa pou n'ap bat kò nou pou rad pou nou mete sou nou? Gade ki jan flè raje yo pouse nan savann. Yo pa travay, yo pa fè rad. Malgre sa, m'ap di nou sa, wa Salomon ki wa Salomon, ak tout richès li yo, pat gen bèl rad tankou yonn nan flè sa yo. Men, lè w'ap ede moun ki nan nesesite, fè sa yon jan pou men ki bay la, lòt men an pa bezwen konn sa. Se konsa Bondye abiye pye zèb yo ki la nan jaden an jòdi a, men denmen yo jete sa nan dife pou chofe fou. Nou pa bezwen mande si li p'ap abiye nou tou. Ala manke nou manke konfyans nan Bondye! — Pa chaje tèt nou ak yon bann kèsyon: Kisa n pral manje? Kisa n pral bwè? Kisa n pral mete sou nou? Tout bagay sa yo, se moun lòt nasyon yo k'ap kouri dèyè yo tout tan. Men nou menm, nou gen yon Papa nan syèl la ki konnen nou bezwen tout bagay sa yo. Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou. Se sa ki fè, pa chaje tèt nou pou denmen, paske denmen va gen zafè pa li. Chak jou gen kont chay pa yo. Konsa, byen ou fè a rete sekrè. Bondye ki konnen sa ou fè a, l'a ba ou rekonpans ou.
Bay moun k'ap viv pou Bondye yo konkou lè nou wè yo nan bezwen. Resevwa moun ki vin lakay nou byen.
Pito yo nonmen non ou an byen pase pou ou gen anpil richès. Pito moun gen anpil konsiderasyon pou ou pase pou ou gen anpil lajan ak anpil lò.
Se pou nou toujou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Senyè a. M'ap repete l ankò: Fè kè nou kontan anpil. Se pou tout moun konnen nou se moun ki gen bon kè. Senyè a ap vini anvan lontan. Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l mèsi tou lè n'ap lapriyè. Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l, bagay lèzòm pa ka konprann. La kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.
Moun ki rete anba pwoteksyon Bondye ki nan syèl la, Moun ki kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a
Konsa, se lè ou tande mesay la ou vin gen konfyans. Mesay la, se pawòl Kris la y'ap anonse.