Biblia Todo Logo
Vèsè Biblik

- Piblisite -



100 Vèsè Biblik pou Pwoteksyon kont Jalousri

100 Vèsè Biblik pou Pwoteksyon kont Jalousri


1 Korent 4:7

Kilès ki di ou pi bon pase lòt yo? Kisa ou genyen se pa Bondye ki ba ou li? Enben, nan kondisyon sa a, poukisa w'ap fè grandizè pou sa ou genyen an tankou si se pa Bondye ki te ba ou li?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 2:12

Se pou nou gen yon bon kondit nan mitan moun sa yo ki pa konn Bondye. Konsa, lè y'ap pale nou mal, lè y'ap di se yon bann malfektè nou ye, y'a gen pou yo rekonèt tout byen n'ap fè a, y'a fè lwanj Bondye lè l'a vin jije yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 2:22

Pa kite lanvi ki nan jenn moun yo pran pye sou ou. Rete lwen yo. Men mete ou ansanm ak moun ki nan kondisyon pou sèvi Bondye, moun k'ap rele Bondye, k'ap chache fè sa ki dwat devan li epi k'ap chache gen konfyans, renmen ak kè poze.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 28:6

Pito ou pòv men ou serye, pase pou ou rich men ou vòlè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 5:5

Paske, konnen sa byen: okenn moun ki nan dezòd lachè, osinon ki nan lenkondit, osinon ki renmen lajan (moun konsa se tankou moun k'ap sèvi zidòl), okenn nan moun sa yo p'ap gen pòsyon eritaj nan peyi kote Bondye ak Kris la wa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:8

Pou fini, frè m yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 15:17

Pito ou manje mayi moulen blanch ak moun ki renmen ou pase pou manje bon jan vyann ak moun ki rayi ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Samyèl 16:7

Men Granmèt la di l: — Pa gade sou bèl aparans li, ni sou bèl wotè li. Paske mwen mete l sou kote. Mwen pa jije valè yon moun jan lèzòm fè l la. Lèzòm gade sou sa ki parèt devan je yo. Men, mwen menm mwen gade sa ki nan kè moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 22:25-26

Jezi di yo: — Nan tout peyi, wa se kòmande yo kòmande, moun ki chèf fè nou rele yo Bon papa. Men pou nou menm, se pa konsa pou sa ye. Okontrè, moun ki pi enpòtan an nan mitan nou, se pou li konpòte li tankou sa ki pi ba a. Sa k'ap kòmande a, se pou li tankou moun k'ap sèvi a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 22:1

Pito yo nonmen non ou an byen pase pou ou gen anpil richès. Pito moun gen anpil konsiderasyon pou ou pase pou ou gen anpil lajan ak anpil lò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 10:24

Piga pèsonn chache sa ki bon pou tèt pa l ase. Se pou l chache enterè lòt yo tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:33

Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 13:7

Gen moun ki pa gen anyen men ki pran pòz moun rich yo. Gen moun ki pran pòz moun pòv yo, epi se yo ki gen fòtin.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 62:10

(11) Pa mete konfyans nou nan fè britalite. Pa mete nan tèt nou nou ka genyen anyen nan vòlò. Lè nou wè n'ap fè lajan, pa kite l pran nanm nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 23:4

Pa touye tèt ou ap kouri dèyè lajan pou ou vin rich. Wete lide ou sou sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 3:9

Pa rann moun mal pou mal, jouman pou jouman. Okontrè, lè konsa, mande benediksyon pou yo, paske se benediksyon Bondye te pwomèt pou l ban nou lè li te rele nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 6:9

Men, moun ki vle vin rich, yo tonbe nan tantasyon. Yo kite yon bann move lanvi san sans pran yo nan pèlen. Se lanvi sa yo k'ap fè moun pèdi tou sa yo genyen, k'ap fini nèt ak yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 2:3

Pa fè anyen nan lide pou fè tèt nou pase pou pi bon, ni pou fè lwanj tèt nou. Men, soumèt nou devan Bondye. Mete nan tèt nou lòt yo pi bon pase nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 139:23-24

Sonde m, Bondye! Wè tou sa ki nan kè m! Fouye m! Wè tou sa ki nan lide m! Gade wè si m sou yon move chemen. Mennen m sou chemen ki la pou tout tan an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 12:15

Pa kite pèsonn vire do bay favè Bondye a. Pa kite pèsonn tounen tankou yon plant anmè k'ap pouse rasin k'ap anpwazonnen lòt yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 27:2

Kite lòt moun pale byen pou ou. Pa fè sa ou menm. Kite etranje fè lwanj pou ou. Pa janm fè lwanj tèt pa ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 112:10

Lè mechan wè sa, li move. Li manje dan l, kè l grenn. Tou sa mechan an t'ap tann lan pa rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 6:41-42

— Poukisa w'ap gade ti pay ki nan je frè ou, epi ou pa wè gwo bout bwa a ki nan je pa ou la? Ou menm ki pa wè gwo bout bwa ki nan je pa ou la, ki jan ou kapab di frè ou: Frè m, kite m wete ti pay ki nan je ou la? Ipokrit! Wete gwo bout bwa ki nan je pa ou la anvan. Apre sa, w'a wè klè pou ou wete pay ki nan je frè ou la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 19:23

Gen krentif pou Bondye, w'a jwenn lavi, w'ap toujou kontan. Malè p'ap rive ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 1:1

Ala bon sa bon pou moun ki pa koute konsèy mechan yo, ki pa swiv egzanp moun k'ap fè sa ki mal, ki pa chita ansanm ak moun k'ap pase Bondye nan betiz,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 13:5

Lamou pa fè anyen pou fè moun wont. Lamou pa chache avantaj pa li. Li pa fè kòlè, li pa kenbe moun nan kè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 13:16

Pa bliye, se pou nou fè sa ki byen, se pou nou yonn ede lòt. Se ofrann konsa ki fè Bondye plezi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 11:28

Moun ki mete konfyans yo nan byen yo ap tonbe tankou fèy chèch. Men, moun k'ap mache dwat yo ap pouse tankou boujon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:3

Benediksyon pou moun ki konnen se pòv yo ye devan Bondye, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:17

Tou sa n'ap fè, tou sa n'ap di, fè l nan non Senyè Jezi a, san nou pa janm bliye di Bondye mèsi nan li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 112:1

Lwanj pou Senyè a! Ala bon sa bon pou moun ki gen krentif pou Senyè a, ki pran tout plezi l nan fè sa li mande!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 4:8

Si nan yon sans sa bon pou nou chache fè espò pou kenbe kò nou anfòm, sa pi bon toujou, epi nan tout sans, pou nou fè jefò nan sèvis Bondye a, paske sa ap garanti nou lavi pou kounyeya ak pou tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:6

Lè ou kite egzijans kò a pran tèt ou, se mouri w'ap mouri. Men, lè ou kite egzijans Lespri a pran tèt ou, se viv w'ap viv ak kè poze.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 9:48

Epi li di yo: — Nenpòt moun ki resevwa timoun sa a poutèt mwen, se mwen menm li resevwa. Moun ki resevwa m', li resevwa moun ki voye m' lan. Moun nan mitan nou ki pi ba a, se li ki gen plis enpòtans lan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 6:9

Pa janm bouke fè byen. Paske, si nou pa dekouraje, n'a rekòlte lè lè a va rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 1:17

Tout pi bèl favè, tout pi bon kado nou resevwa, se anwo nan syèl la yo sòti, nan men Bondye ki kreye tout limyè. Bondye pa janm chanje, ni li pa gen anyen ki ta ka sanble yon chanjman nan li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 4:2

Pa janm vante tèt nou. Aji avèk dousè ak pasyans ak tout moun. Se pou nou yonn sipòte lòt avèk renmen nan kè nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:16

Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: Kite Lespri Bondye dirije lavi nou. Pa obeyi egzijans kò a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 20:16

Apre sa, Jezi di yo ankò: — Se konsa moun ki dèyè yo va pran devan, moun ki devan yo va rete dèyè nèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:28

Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 15:33

Lè ou gen krentif pou Bondye, ou deja konprann anpil bagay. Lè ou soumèt devan Bondye, moun va fè lwanj ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 1:5

Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 5:18

Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 19:1

Pito ou pòv men ou se nèg serye pase pou w'ap bay manti epi pou ou sòt met sou li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 3:8

Men, se pa sa sèlman. Se tout bagay menm ki pa vo anyen pou mwen, lè m konpare yo ak gwo avantaj mwen genyen lè m konnen Jezikri tankou Senyè mwen. Poutèt li, mwen voye tout bagay jete, mwen gade yo tankou fatra pou m sa gen Kris la,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Eklezyas 5:10

Si ou renmen lajan, ou p'ap janm fin gen ase. Si w'ap kouri dèyè richès, plis ou genyen, se plis w'ap anvi genyen toujou. Sa a tou, se rapousib van.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:9

Se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou. Rayi sa ki mal, men kenbe fèm nan fè sa ki byen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:19-20

— Pa anpile richès nou isit sou latè, kote vè ak lawouj ap manje yo, kote vòlè kapab vòlè yo pote ale. — Se sa ki fè tou, lè w'ap bay yon moun ki nan nesesite kichòy, ou pa bezwen fè tout moun wè sa, tankou ipokrit yo fè l nan sinagòg ak nan lari. Yo fè sa pou moun ka fè lwanj yo. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo. Okontrè, anpile richès nou nan syèl la. Paske la pa gen vè ni lawouj ki pou manje yo, ni vòlè ki pou pran yo pote ale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 21:26

Tout lajounen l'ap kalkile sou sa l ta renmen genyen. Men, moun ki mache dwat yo gen pou bay, y'ap bay san gad dèyè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 14:30

Lè ou gen kè ou poze, ou kenbe kò ou an sante. Men, anvye sò lòt moun se tankou yon maladi k'ap manje ou nan zo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 4:7

Se poutèt sa, desann nou devan Bondye. Men, pran pozisyon kont Satan, la kouri kite nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 27:4

Lè yon moun ankòlè, li kraze brize. Men, ki moun ki ka kenbe tèt ak yon moun k'ap fè jalouzi?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 37:7

Rete dousman devan Senyè a, pran san ou. Tann li fè sa l gen pou l fè a. Pa fè kòlè lè ou wè moun gen zafè yo ap mache byen. Lè ou wè moun reyalize tout move lide yo gen nan tèt yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 13:13

Ann mennen bak nou yon jan tankou moun k'ap viv nan limyè. Pa fè eksè ni nan manje, ni nan bwè. Pa lage tèt nou nan debòch, ni nan vis, ni nan lobo ak pesonn, ni nan jalouzi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 37:8

Pa fache, pa fè move san. Ou pa bezwen ennève! Sa kapab fè ou fè sa ki mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 24:19-20

Pa kite moun k'ap fè sa ki mal fè ou pèdi tèt ou. Pa anvye sò mechan yo. Yon sèl bagay ki nan tèt yo, se fè mechanste. Yon sèl pawòl ki nan bouch yo, se fè moun mal. Paske mechan yo pa pral lwen. Lavi yo tankou yon lanp k'ap mouri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:2

Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 6:6

Nan yon sans se vre. Sèvis Bondye a se yon gwo richès pou yon moun si l kontan ak sa li genyen an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:36

Fè m pi anvi swiv prensip ou yo pase pou m anvi gen lajan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:22-23

Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè. Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 3:3

Paske n'ap viv tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn toujou. Depi ou tande gen jalouzi nan mitan nou, depi nou gen kont yonn ak lòt, nou tou wè se moun lemonn nou ye, se tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan n'ap viv.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 73:3

paske mwen te anvye sò moun k'ap fè grandizè yo lè mwen te wè jan mechan yo alèz.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:15

Fè kè n kontan ak moun ki kontan, kriye ak moun k'ap kriye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 3:16

Paske, kote ki gen jalouzi, kote moun ap kouri dèyè enterè pa yo, fòk gen dezòd ak tout kalite mechanste.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 20:17

Piga nou pote lanvi sou sa ki pa pou nou: ni sou kay frè parèy nou, ni sou madanm li, ni sou moun k'ap sèvi lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou okenn lòt bagay ki pou frè parèy nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:11-12

Si nou wè m'ap pale konsa, se pa paske kounyeya mwen nan nesesite. Paske nan lavi, m aprann kontante tèt mwen ak sa m genyen. Mwen konnen sa ki rele viv nan mizè, mwen konnen sa ki rele viv nan richès. Kit mwen pa gen ase, kit mwen gen plis pase sa m bezwen, nan tout sikonstans m aprann kontante tèt mwen toupatou ak sa mwen genyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 13:4

Moun ki gen lamou, li gen pasyans, li gen bon kè. Li pa anvye sò moun. Li pa nan fè grandizè. Li pa nan moute kòlèt sou moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 37:1

(1b) Pa fè kòlè lè ou wè mechan yo! Pa anvye sò moun k'ap fè mal yo!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 24:1

Pa anvye sò mechan yo. Pa chache fè zanmi ak yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 4:2-3

Nou anvi yon dal bagay, men nou pa ka posede yo. Lè konsa nou tou pare pou nou fè krim. Nou gen lanbi sou sa ki pa pou nou, men nou pa ka jwenn yo. Lè konsa se kont, se goumen. Nou pa jwenn sa nou bezwen paske nou pa mande Bondye. Menm lè nou mande, nou pa resevwa anyen, paske nou mande mal. Nou mande bagay ki pou satisfè pwòp dezi pa nou sèlman.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:26

Pa kite lògèy moute nou nan tèt. Piga yonn chache lòt kont. Piga yonn rayi sò lòt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 23:17

Pa pote lanvi sou moun k'ap fè sa ki mal. Nan tou sa w'ap fè, toujou gen krentif pou Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 2:1

Se poutèt sa, derasinen tout mechanste ki te nan lavi nou. Sispann bay manti, sispann fè ipokrizi, sispann fè jalouzi ak tripotaj.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 14:10

Lè ou nan lapenn, se ou ki konnen sa w'ap soufri. Konsa tou, lè kè ou kontan, pèsonn pa ka kontan avè ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 73:26

Kò m te mèt ap deperi, lespri m te mèt ap gaga, se ou menm menm, Bondye, ki tout fòs mwen, se ou menm ki tout mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:16

Viv byen yonn ak lòt. Pa kite lògèy moute tèt nou. Viv tankou moun ki san pretansyon. Pa kwè nou gen pi bon konprann pase sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 4:23

Pase tout lòt bagay, veye byen lide k'ap travay nan tèt ou, paske se yo k'ap di ou ki jan pou ou viv.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:21

Paske, kote richès ou ye, se la kè ou ye tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 4:31

Piga yo jwenn nan mitan nou moun ki kenbe lòt nan kè yo, moun ki gen san wo, moun ki renmen fè kòlè. Piga yo tande woywoy ak joure nan mitan nou. Nou pa fèt pou gen okenn lòt kalite mechanste k'ap fèt nan mitan nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 5:6-7

Se poutèt sa, soumèt nou devan Bondye ki gen pouvwa, konsa l'a leve nou lè pou l leve nou an. Lage tout tèt chaje nou yo ba li, paske l'ap pran swen nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 16:11

W'a fè m konnen chemen ki bay lavi a. Paske ou la avè m, mwen pa manke kontan. Bò kote ou, Senyè, se yon plezi ki p'ap janm fini.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 6:4

Chak moun dwe egzaminen jan y'ap viv la. Si yo kontan ak tèt yo, y'a kontan pou sa yo fè. Yo p'ap bezwen konpare tèt yo avèk sa lòt yo ap fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 10:12

Konprann sa byen: mwen pa ka pèmèt mwen pou m mete m sou menm wotè ak moun ki kwè yo plis pase sa yo ye, ni mwen p'ap konpare tèt mwen ak yo nonplis. Se yon bann san konprann! Y'ap mezire tèt yo ak mezi yo menm yo fè. Y'ap konpare tèt yo ak pwòp tèt pa yo ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jòb 5:2

Se moun fou ki kite chagren ap minen yo. Se moun sòt ki kite move san touye yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 28:25

Moun ki anvi tout pou yo ap toujou nan kont. Men, moun ki mete konfyans yo nan Senyè a p'ap janm manke anyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 73:17

jouk lè mwen te al antre lakay ou, pou m wè jan mechan yo gen pou yo fini.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 12:15

Apre sa, li di yo tout: — Fè atansyon. Veye kò nou pou lajan pa pran tèt nou. Paske, se pa anpil byen ki garanti lavi yon nonm, li te mèt rich kont kò li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 13:5

Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p'ap janm vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:5

Se poutèt sa, se pou nou disparèt nan nou tou sa ki pa bon nan lemonn: imoralite, malpwòpte, vye pasyon, move lanvi, aloufa nan tout bagay (ki se menm ak sèvi zidòl).

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 3:31

Pa anvye sò mechan yo. Pa mete nan tèt ou pou ou fè tankou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 4:11

Chache viv ak kè poze. Okipe zafè pa nou. Travay ak men nou pou nou pa rete sou kont moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 37:4

Si se nan Senyè a ou pran tout plezi ou, l'a ba ou tou sa ou ta renmen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 1:14

Men, lè yon moun anba tantasyon, se pwòp move dezi moun lan k'ap rale l, k'ap pouse li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Eklezyas 4:4

Mwen wè tout di lèzòm ap travay di a, tout bèl mèvèy y'ap reyalize nan lavi a, se paske yonn vle gen plis pase lòt. Men sa a tou, se rapousib van, se lave men siye atè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 15:16

Pito ou pa gen anpil byen men ou gen krentif pou Bondye pase pou ou rich epi pou ou nan tèt chaje.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 2:16

Bagay ki sòti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tantasyon, se lògèy k'ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa sòti nan Papa a. Se nan lemonn sa sòti.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 49:16-17

(17) Ou pa bezwen pè lè ou wè yon moun ap vin pi rich, lè ou wè l'ap mete richès pil sou pil lakay li. (18) Lè l mouri, li p'ap pote anyen ale avèk li, l'ap kite tout richès li yo dèyè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 23:5

Paske, anvan ou bat je ou, li gentan disparèt. Ou ta di lajan gen zèl. Li rete konsa, li vole, l ale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 37:16

Pito ou pa gen anpil byen, men ou mache dwat, pase pou ou gen anpil richès nan fè sa ki mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite