Cheri mwen, mwen swete pi gwo rèv ou se wè Jezi fas a fas. Imajine jou sa a, jou Gran Ravisman an! Yon jou gloriye nou tout dwe ap tann ak kè kontan. Bondye ap siye tout dlo nan je nou. Pap gen lanmò ankò, ni kriye, ni rèl, ni doulè, paske ansyen bagay yo pral pase, jan yo di l' nan Apokalips 21:14 la.
Lè w'ap panse ak Ravisman an, kite espwa ranpli kè w', paske gen yon jou k'ap vini kote anyen pap ka separe nou ak Bondye. Lè sa a, n'ap jwi lanmou li lib e n'ap kontemple bote sanktite li.
Men anvan sa, li enpòtan pou nou netwaye kè nou. Kite tout sa ki sal kè nou, lage tout sa nou pa dwe kenbe, rekonsilye nou ak Papa a. Kwè mwen, Jezi vle sove lavi ou. Men jodi a, ou dwe deside viv nan sanktite. Li enpòtan pou ou libere tèt ou anba pwa peche a, anmè ak mank padon.
Se konsa wap ka jwi yon lavi san doulè nan kay selès Bondye prepare pou pitit li yo. Pa pran retou Kris la alalejè. Redrese chemen w' jodi a, obeyi kòmandman l' yo, respekte pawòl li epi w'ap viv. Siy retou li yo ap vin pi vizib chak jou. Se moman pou chache Bondye pandan ou ka jwenn li toujou.
Se pou sa tou, nou menm se pou nou toujou pare, paske Moun Bondye voye nan lachè a ap vini lè nou pa ta kwè.
Lè sa a, n'a tande yon gwo lòd pase, n'a tande vwa chèf zanj lan ansanm ak kout klewon Bondye a: epi Senyè a menm va desann sot nan syèl la. Moun ki te mete konfyans yo nan Kris la lè yo te mouri, se yo ki va leve sòti vivan an premye.
Apre sa, nou menm ki va vivan toujou lè sa a, y'ap vin pran nou, nou menm ansanm ak moun ki sòti vivan nan lanmò yo, y'ap mete nou sou nyaj yo pou n'al kontre Senyè a anwo a. Konsa, nou tout n'ap toujou ansanm ak Senyè a.
Lè sa a, n'a tande yon gwo lòd pase, n'a tande vwa chèf zanj lan ansanm ak kout klewon Bondye a: epi Senyè a menm va desann sot nan syèl la. Moun ki te mete konfyans yo nan Kris la lè yo te mouri, se yo ki va leve sòti vivan an premye. Apre sa, nou menm ki va vivan toujou lè sa a, y'ap vin pran nou, nou menm ansanm ak moun ki sòti vivan nan lanmò yo, y'ap mete nou sou nyaj yo pou n'al kontre Senyè a anwo a. Konsa, nou tout n'ap toujou ansanm ak Senyè a.
M'ap di nou sa: Jou lannwit sa a, va gen de moun sou yon menm kabann. Y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la.
— Men, pèsonn pa konnen ni ki jou, ni ki lè sa va rive, pa menm zanj yo ki nan syèl la, pa menm Pitit la. Sèl Papa a konn sa.
Pa kite dòmi pran nou, lapriyè tout tan. Konsa n'a gen fòs pou n chape anba tou sa ki gen pou rive, pou n ka kanpe dwat devan Moun Bondye voye nan lachè a.
Lè m'a fin pare plas la pou nou, m'a tounen vin chache nou. Konsa, kote m'a ye a, se la n'a ye tou.
Apre sa, Jezi di yo: — Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske, nou pa konnen ni ki jou, ni ki lè sa va rive.
Pèsonn pa konnen ni ki jou ni ki lè bagay sa yo ap rive, pa menm zanj yo ki nan syèl la, pa menm Pitit la. Sèl Papa a konn sa.
M'ap devwale nou yon sekrè: Se pa nou tout k'ap gentan mouri. Men, nou tout nou gen pou n chanje fòm nan yon ti kadè, anvan nou bat je nou, lè dènye kout klewon an va kònen. Paske, lè klewon an va kònen, moun ki te mouri deja yo va leve sòti vivan pou yo pa janm mouri ankò. Apre sa, nou tout nou va chanje fòm.
Farizyen yo mande Jezi kilè Bondye t'ap vin tabli gouvènman l lan. Li reponn yo: — Bondye ap vin tabli gouvènman l lan yon jan pou tout moun wè li.
Lè sa a, dezòm ap nan menm jaden, y'a pran yonn, y'a kite yonn. De fanm k' ap moulen ansanm, y'a pran yonn, y'a kite yonn. — Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske nou pa konnen ki jou Mèt nou va vini.
Lè sa a, n'a wè siy nan syèl la k'ap fè nou konnen Moun Bondye voye nan lachè a ap tounen. Lè sa a, tout nasyon ki sou latè va pran kriye. Y'a wè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini anwo nyaj yo nan syèl la, avèk pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay. Gwo klewon an va sonnen, l'a voye zanj li yo nan kat kwen latè pou sanble tout moun Bondye te chwazi yo, depi yon bout nan syèl la jouk nan lòt bout la.
Menm jan ou te kenbe lòd mwen te ba ou lè m te mande ou pou te pran pasyans lan, konsa tou, m'a kenbe ou, m'a pwoteje ou nan malè ki pral vin sou tout latè a. Se va yon gwo eprèv pou tout moun ki sou latè.
Se konsa li moutre nou pou nou viv pandan n'ap tann benediksyon li te pwomèt nou yo, lè bèl pouvwa Jezikri, Bondye nou ak Delivrans nou, va parèt.
Mezanmi, koulyeya nou se pitit Bondye. Sa nou pral ye a, nou poko fin konnen li nèt. Men nou konnen lè Kris va parèt, nou pral tounen tankou li. Paske nou pral wè li jan li ye a.
Dezòm yo di: — Nou menm, moun Galile, poukisa je nou rete kole nan syèl la konsa? Jezi sa a ki te fèk la nan mitan nou ki moute nan syèl la, li gen pou li retounen ankò menm jan nou wè li moute a.
— Lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini nan tout bèl pouvwa li ak tout zanj li yo, l'a chita sou fòtèy li ak tout bèl pouvwa li. Tout nasyon ki sou latè va sanble devan li. Lè sa a, l'a separe yo fè de gwoup, menm jan moun k'ap gade mouton mete mouton yon bò, kabrit yon bò.
Pou mwen, nou pa ka konpare sa n'ap soufri kounyeya ak bèl bagay Bondye pral fè nou wè yo.
Men nou menm, nou se sitwayen syèl la. N'ap tann Sovè nou, Jezikri Senyè nou k'ap sot nan syèl la. Se li menm k'ap pran pouvwa li genyen pou soumèt tout bagay anba men l lan, l'ap chanje vye kò tou fèb nou yo pou l fè yo tounen tankou kò pa l la ki gen bèl pouvwa.
Jezi di: — Koute, m'ap vin talè konsa. M'ap pote rekonpans m'ap bay la avè m, pou m bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.
— Men, pèsonn pa konnen ni ki jou, ni ki lè sa va rive, pa menm zanj yo ki nan syèl la, pa menm Pitit la. Sèl Papa a konn sa. Sa k te rive nan tan Noye a, se sa k'ap rive tou lè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini. Se konsa, nan jou anvan gwo inondasyon an, moun t'ap manje, yo t'ap bwè, moun t'ap marye, yo t'ap marye pitit fi yo. Konsa konsa, jouk jou Noye te antre nan gwo batiman an. Yo pat konprann anyen nan sa ki t'ap pase, jouk lè gwo inondasyon an fèt, li pote yo tout ale. Se va menm jan an tou lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini. Jezi reponn yo: — Atansyon pou pèsonn pa twonpe nou. Lè sa a, dezòm ap nan menm jaden, y'a pran yonn, y'a kite yonn. De fanm k' ap moulen ansanm, y'a pran yonn, y'a kite yonn. — Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske nou pa konnen ki jou Mèt nou va vini. Se yon bagay nou tout dwe konnen: Si mèt kay la te konnen kilè nan lannwit lan vòlò a t'ap vini, li ta veye, li pa ta kite l kase kay la. Se pou sa tou, nou menm se pou nou toujou pare, paske Moun Bondye voye nan lachè a ap vini lè nou pa ta kwè.
Men, jou Senyè a ap vini sou nou tankou yon vòlò nan mitan lannwit. Lè sa a, syèl la pral disparèt ak yon gwo gwo bri. Tout bagay pral pran dife, y'ap fonn nèt. Latè ak dènye bagay ki ladan l va boule, y'ap tounen sann.
Li di: — Sanble tout moun k'ap sèvi m yo nan pye m. Sanble tout moun ki te fè kontra avèk mwen lè yo te ofri bèt touye ban mwen.
Se sa menm pou nou fè, paske nou konnen ki jan tan an ye deyò a. Li lè pou nou leve sòti nan dòmi, lè a sonnen, paske kounyeya, lè pou n fin delivre a pi pre nou pase lè nou te fenk mete konfyans lan.
Se pou mò ou yo reviv! Se pou kadav yo resisite! Reveye nou non epi fè kè nou kontan, nou menm ki tounen pousyè deja! Menm jan lawouze rafrechi latè, se konsa Senyè a pral fè mò li yo reviv ankò.
Se sa k fè, nou pa manke anyen nan kado Bondye bay yo, pandan n'ap tann jou lè Jezikri, Senyè nou an, pral parèt la.
Lè sa a, mwen wè yon bann fòtèy. Moun ki te chita sou fòtèy yo te resevwa pouvwa rann jijman. Anmenmtan an tou, mwen wè nanm moun yo te koupe tèt yo paske yo t'ap bay verite Jezi te fè nou konnen an ansanm ak pawòl Bondye a. Moun sa yo te refize adore ni bèt la, ni estati l la. Yo pat resevwa mak bèt la sou fwon yo ni sou men yo. Yo leve sòti vivan nan lanmò. Y'ap gouvènen avèk Kris la pandan mil (1.000) an. (Lòt mò yo pa te resisite nan lanmò toutotan milan an pa te ankò pase.) Se sa yo rele premye rezireksyon an. Benediksyon pou moun k'ap patisipe nan premye rezireksyon sa a! Yo se moun Bondye vre. Dezyèm lanmò a p'ap gen pouvwa sou yo, yo pral sèvi Bondye ak Kris la tankou prèt. Yo pral gouvènen ak li pandan milan.
Nou menm tou, se pou n' toujou pare. Paske Moun Bondye voye nan lachè a, li va vini sanzatann!
Dapre plan travay Bondye a, plan ki gen pou fin reyalize nèt lè lè a va rive, Bondye ap mete tout bagay ki nan syèl la ansanm ak tout bagay ki sou latè a anba yon sèl chèf, anba Kris la.
Se Kris la ki lavi nou tout bon. Lè la parèt, nou menm tou n'a parèt ansanm avè l nan tout bèl pouvwa li.
Jou sa a, Senyè a va fè wè fòs ponyèt li yon dezyèm fwa ankò. L'a delivre ti rès pèp li a, ponyen moun ki rete nan sa yo te depòte nan peyi Lasiri, nan peyi Lejip, ak nan tout peyi sa yo: Patwòs, Letyopi, Elam, Babilòn ak Amat, nan tout peyi lakòt yo ak nan tout zile yo. Senyè a ap bay yon siy, li pral moute yon drapo pou fè moun lòt nasyon yo wè li pral rasanble tout moun pèp Izrayèl li te depòte yo. L'ap ranmase tout moun pèp Jida ki gaye toupatou sou latè yo. L'ap mennen yo tounen nan peyi yo.
Konsa tou, Kris la ofri tèt li pou li mouri yon sèl fwa pou wete peche anpil moun. Li gen pou l tounen yon dezyèm fwa. Men, lè sa a, se p'ap pou wete peche nou, se va pou delivre tout moun k'ap tann li yo.
Y'ap di tou jan n'ap tann Jezi, Pitit Bondye a, k'ap vini sot nan syèl la. Se Jezi sa a Bondye te leve vivan sòti nan lanmò. Se li menm k'ap delivre nou anba kòlè Bondye k'ap vini an.
Gade. Men Kris la ap vini sou tèt nyaj yo! Tout moun pral wè l, menm moun ki te pèse l yo. Tout pèp sou latè pral kriye lè y'a wè li. Wi, se konsa sa pral pase. Amèn.
— Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske nou pa konnen ki jou Mèt nou va vini. Se yon bagay nou tout dwe konnen: Si mèt kay la te konnen kilè nan lannwit lan vòlò a t'ap vini, li ta veye, li pa ta kite l kase kay la. Se pou sa tou, nou menm se pou nou toujou pare, paske Moun Bondye voye nan lachè a ap vini lè nou pa ta kwè.
Avèk favè sa a Bondye fè nou an, li fè nou gras. Kounyeya nou ka resevwa sa n'ap tann lan: lavi ki p'ap janm fini an.
Anvan lontan, Bondye ki bay kè poze a gen pou kraze Satan anba pye nou. Se pou benediksyon Jezi, Senyè nou an, toujou la avèk nou.
Lè sa a, l'a desann kanpe sou mòn pye oliv yo, ki anfas lavil Jerizalèm, sou bò solèy leve. Mòn lan va fann de bò nèt ale, l'a fè yon fon nan mitan ki sòti bò solèy leve desann bò solèy kouche: mwatye nan mòn lan va fè bò nò, lòt mwatye a va fè bò sid.
Ann konsidere lè Jezikri, Senyè nou an, va parèt pou l sanble nou ansanm bò kote li. Frè m yo, men sa m'ap mande nou: Li va fè tout kalite bagay mal pou twonpe moun k'ap pèdi tèt yo. Y'ap pèdi tèt yo paske yo pa asepte verite ki pou ta sove yo a, yo pa renmen li. Se poutèt sa, Bondye ap voye yon pouvwa k'ap travay pou egare yo pi rèd, pou yo sa kwè nan manti. Konsa, tout moun ki p'ap kwè nan verite a, ki te pran plezi yo nan fè lenjistis, yo tout pral kondannen. Se yon devwa pou mwen pou m pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou, frè m yo, nou menm Senyè a renmen. Paske, Bondye chwazi nou pou nou ka premye moun ki pou delivre, gremesi pouvwa Sentespri ki fè nou tounen moun pa l, paske nou kwè nan verite a. Gremesi bòn nouvèl mwen te anonse nou an, Bondye chwazi nou pou nou ka resevwa pa nou nan lwanj ki pou Jezikri, Senyè nou an. Se sa ki fè, frè m yo, se pou nou kenbe fèm. Pa bliye tou sa nou te aprann nan bouch mwen ak nan lèt mwen an. M'ap lapriyè Jezikri, Senyè nou an, ansanm ak Bondye, Papa nou ki renmen nou, ki fè nou favè, ki ban nou yon kouray ki p'ap janm febli ansanm ak yon bèl espwa. M'ap mande yo pou yo fòtifye kè nou, pou yo ban nou fòs kouray pou nou fè tou sa ki byen, pou nou di tou sa ki byen. Pa bay moun jwen pou jwe nan lòlòj nou jan yo vle. Ni pa kite yo fè nou pèdi tèt nou ak okenn mesaj ki ta swadizan soti nan Bondye. Ni tou, pa kwè nan okenn bèl diskou, ni okenn lèt mwen ta swadizan ekri nou. Tou sa, kòmkidire jou Senyè a rive deja!
Jezi reponn li: — Se ou ki di li. Men, m'ap di nou sa, depi jòdi a n'a wè m, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a, n'a wè m ap vini sou nyaj yo nan syèl la.
Mwen pral fè yon lòt syèl ak yon lòt tè. Pèsonn p'ap chonje sa ki te pase nan tan lontan. Sa p'ap janm vin nan tèt yo ankò.
Apre sa, mwen wè syèl la louvri, epi o! yon chwal blan parèt. Yo te rele moun ki sou li a: Nonm serye ki pa nan bay manti. L'ap jije, l'ap mennen batay la jan sa dwe fèt. Je l yo klere tankou flanm dife. Li te gen yon bann kouwòn sou tèt li. Li te gen yon non ekri. Se li menm sèl ki te konnen non sa a, pèsonn dòt pat konnen li. Li te gen yon rad benyen nan san. Yo rele l pawòl Bondye. Lame ki nan syèl la t'ap swiv li. Yo tout te moute sou chwal blan, yo te abiye ak bèl rad twal fen, byen klere, byen pwòp. Yon nepe byen file t'ap sòti nan bouch kavalye a. Se ak nepe sa a li t'ap frape nasyon yo. Li t'ap mennen yo ak yon baton fè. Li t'ap kraze rezen yo nan moulen diven gwo kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a. Sou rad li ak sou janm li, yo te ekri non sa a: Wadèwa, Chèf tout chèf.
Kounyeya, paske nou gen konfyans nan Bondye, Bondye fè nou gras, n'ap viv san kè sote ak Bondye, gremesi Jezikri, Senyè nou an. Nou te lènmi ak Bondye lè Pitit Bondye a mouri pou l te fè nou byen ak Bondye ankò. Kounyeya nou se zanmi Bondye, nou pa bezwen mande si lavi Pitit Bondye a p'ap delivre nou. Epi se pa sa sèlman. Nou jwenn tout plezi nou nan Bondye, gremesi Jezikri, Senyè nou an, ki fè nou byen ak Bondye ankò depi kounyeya. Se poutèt yon sèl moun kifè peche antre nan lemonn. Peche louvri pòt bay lanmò. Se konsa, lanmò vin pou tout moun, paske tout moun peche. Peche te deja nan lemonn bèldriv anvan lalwa Moyiz la. Men paske pa te gen lalwa, Bondye pa te pran sanksyon kont peche. Men, sòti nan tan Adan rive nan tan Moyiz, lanmò te donminen sou tout moun, malgre yo pat fè peche tankou Adan ki te dezobeyi Bondye. Adan, se te pòtre moun ki te gen pou vini an. Men, peche Adan an pa menm bagay ak kado Bondye bay pou gremesi a. Se fòt yon sèl moun ki lakòz yon bann lòt moun mouri. Men, favè Bondye a gen plis pouvwa toujou. Gremesi yon sèl moun, Jezikri, Bondye bay anpil moun yon kado ki pi gwo toujou. Gen yon lòt diferans ankò ant kado Bondye a ak konsekans peche Adan an. Apre yon sèl moun te fin peche, lè yo jije moun, yo tout tonbe anba kondannasyon. Men, apre tout kantite peche moun fè, Bondye fè yo yon favè, li fè yo gras. Se vre wi. Poutèt peche yon sèl moun, lanmò te donminen akòz li menm sèlman. Men, gremesi yon sèl moun tou, Jezikri, nou jwenn plis toujou: tout moun ki resevwa favè Bondye a an kantite, tout moun ki resevwa kado Bondye a lè li fè yo gras, yo gen pou yo viv, pou yo donminen akòz Kris la. Se sa k fè menm jan fòt yon sèl moun lakòz tout moun kondannen, konsa tou gremesi yon sèl moun ki mache dwat devan Bondye, tout moun delivre anba jijman kondannasyon, yo jwenn lavi. Si dezobeyisans yon sèl moun lakòz yon foul moun peche, konsa tou, obeyisans yon sèl moun lakòz Bondye va fè anpil moun gras. Paske nou gen konfyans nan li, Jezi fè nou antre nan favè Bondye. Epi n'ap kenbe fèm kote nou kanpe a. Nou pa manke kontan paske nou gen espwa resevwa pa nou nan pouvwa Bondye a ansanm avèk li.
Jezi di li: — Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri. Moun k'ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p'ap janm mouri. Eske ou kwè sa?
M'ap di nou sa: Jou lannwit sa a, va gen de moun sou yon menm kabann. Y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la. Va gen de fanm k'ap pile grenn ansanm: y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la. [ Va gen dezòm nan yon menm jaden. Y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la.]
Wi, pitit mwen yo, ann toujou fè yonn ak Kris la. Konsa, lè Kris la va parèt, n'a gen konfyans. Wi, jou l'a vini an, nou p'ap wont devan l, yo p'ap kapab voye nou jete byen lwen li.
Pa fè Sentespri Bondye a lapenn, paske Lespri a se mak letanp Bondye sou nou, li ban nou garanti Bondye ap fin delivre nou lè jou a va rive.
Kounyeya, se rekonpans mwen m'ap tann pou lavi dwat mwen te mennen an. Lè gran jou a va rive, Senyè k'ap jije san patipri a ap mete rekonpans mwen an tankou yon kouwòn sou tèt mwen. Men, se pa mwen ase l'ap bay li. Tout moun k'ap tann ak tout kè yo lè la gen pou l parèt la, va resevwa l tou.
Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l kontinye l jouk li va fini l nèt, lè jou Jezikri a va rive.
— Se pa tout moun k'ap plede di: Senyè, Senyè non, k'ap antre nan peyi wa ki nan syèl la. Men se sèlman moun ki fè volonte Papa mwen ki nan syèl la k'ap ka antre. Lè jou sa a va rive, anpil moun va di m: Mèt, Mèt, se sou non ou nou t'ap bay mesay ki sòti nan Bondye a. Se sou non ou nou te chase move lespri yo. Se sou non ou nou te fè anpil mirak. Lè sa a, m'a di yo: Mwen pat janm konnen nou. Wete kò nou sou mwen, nou menm k'ap fè sa ki mal.
Moun ki garanti verite tout pawòl sa yo di: — Wi, m'ap vin talè konsa! Amèn. Vini non, Senyè Jezi!
Men, apre n'a fin soufri yon ti tan, Bondye li menm va rann nou bon nèt, l'a kenbe nou fèm, l'a ban nou fòs, l'ap fè nou kanpe san brannen. Paske Bondye bay tout kalite favè. Se li menm ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n te patisipe nan pouvwa li ki p'ap janm fini.
Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, kounyeya pi plis pase anvan, paske nou wè jou Senyè a ap pwoche.
Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.
Leve kanpe! Ou pral klere tankou solèy. Pouvwa Senyè a pral klere sou ou. Senyè a pale ak lavil Jerizalèm, li di l konsa: — Se moun lòt nasyon ki pral rebati miray nou yo! Se wa yo ki pral sèvi nou domestik. Nan kòlè mwen, mwen te pini nou. Men, mwen gen pitye pou nou paske mwen gen bon kè. Pòtay nou yo ap rete louvri lajounen kou lannwit. Yo p'ap janm fèmen, pou wa lòt nasyon yo ka pote tout richès peyi yo lakay nou. Paske y'ap detwi tout nasyon ak tout wa ki pa vle sèvi nou yo. Y'ap kraze peyi sa yo nèt ale. Y'a pote pi bèl pyebwa nan peyi Liban an, pichpen, pye sèd ak bwadòm, lakay nou pou dekore Tanp ki apa pou mwen an, pou anbeli kote m rete a. Pitit moun ki t'ap maltrete nou yo va vin jwenn nou tèt bese. Tout moun ki t'ap pase nou nan betiz pral ajenou nan pye nou. Y'a rele nou lavil Senyè a, Mòn Siyon ki pou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Mwen p'ap vire do ban nou ankò. Yo p'ap rayi nou. Nou p'ap rete san pèsonn pou vizite nou. M'ap fè moun nou yo toujou kontan wè nou. Y'a fè fèt de tit an tit. Lòt nasyon yo ansanm ak wa yo va pran swen nou tankou yon nouris k'ap bay pitit li tete. Lè sa a n'a konnen se mwen menm, Senyè a, ki sove nou. Se Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki gen tout pouvwa a, ki delivre nou. M'a fè yo pote lò pou nou nan plas kwiv. M'a fè yo pote ajan pou nou nan plas fè. N'a gen kwiv nan plas bwa, n'a gen fè nan plas wòch. Nan plas chèf ki t'ap peze nou yo, m'a mete chèf k'ap fè nou viv ak kè poze. Nan plas chèf ki t'ap souse nou yo, m'a mete chèf k'ap fè sa ki dwat. Yo p'ap tande moun fè mechanste nan peyi a ankò. Moun p'ap devalize peyi a ankò, ni moun p'ap kraze l. M'ap sèvi nou ranpa, se mwen menm k'ap pwoteje nou. M'ap sèvi nou pòtay, n'a fè lwanj mwen. Se pa solèy la ki pral klere nou lajounen. Ni nou p'ap bezwen klète lalin lan pou klere nou lannwit. Se mwen menm, Senyè a, ki pral sèvi nou limyè pou tout tan. Se Bondye nou an ki pral leve tèt nou. Lòt nasyon yo nan fènwa, yon nyaj kouvri lòt pèp yo. Men limyè Senyè a pral leve sou nou! Pouvwa li pral parèt sou nou!
Konsa, nou menm moun Tesalonik, Kris la va fòtifye kè nou pou nou ka san repwòch devan Bondye, Papa nou, tankou moun k'ap viv apa pou li jouk lè Jezikri, Senyè nou an, va vini ansanm ak tout moun pa l yo.
(2) Wa a kontan, Senyè, dèske ou te ba li fòs kouray. Wa a kontan nèt dèske ou fè l genyen batay la. (11) W'ap disparèt tout pitit yo sou latè, w'ap disparèt tout ras yo pami lèzòm. (12) Y'ap fè move plan, y'ap fè konplo sou wa a, men sa p'ap mache pou yo. (13) L'ap tire flèch li sou yo, l'ap fè yo kouri ale. (14) Senyè, leve non. Fè yo wè fòs ou! N'a chante, n'a fè lwanj pou jan ou gen pouvwa! (3) Ou ba li tou sa l te renmen. Ou pat refize l sa l te mande ou.
Men, ann di Bondye mèsi, li menm ki fè nou genyen batay la sou lanmò gremesi Jezikri, Senyè nou an!
Konsa, nou la nan mitan foul moun sa yo ki te moutre jan yo te gen konfyans nan Bondye. Ann voye tout bagay k'ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou. Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an. Papa nou sou latè a te konn pini nou pou yon ti tan, dapre sa yo te kwè ki te bon. Men, Bondye pini nou pou byen pa nou menm, pou nou ka rive viv menm jan l'ap viv la. Lè y'ap rale zòrèy nou, sa fè nou pi tris pase sa fè nou kontan. Men pita, moun ki soti byen pare, apre tout egzèsis sa yo, yo pral mennen yon lavi dwat ak kè poze. Se poutèt sa, souke kò nou. Pa kite fatig antre sou nou. Mache kote ki plat pou pye k'ap bwete a pa foule pi plis, okontrè pou l ka geri. Chache viv ak kè poze ak tout moun. Mennen yon lavi apa pou Bondye. Si se pa sa, pa gen moun k'ap wè Senyè a. Pa kite pèsonn vire do bay favè Bondye a. Pa kite pèsonn tounen tankou yon plant anmè k'ap pouse rasin k'ap anpwazonnen lòt yo. Pa kite pèsonn tonbe nan move vis, ni pèdi respè yo dwe genyen pou bagay ki fèt pou respekte, tankou Ezayi ki te vann dwa li kòm premye pitit pou yon plat manje. Nou konnen ki jan pita, lè li te vle resevwa benediksyon papa li, yo te mete l sou kote. Malgre tout kriye li te kriye bay papa a, pat gen mwayen chanje sa ki te fin fèt la. Nou pat pwoche bò kote yon bagay nou ka manyen tankou pèp Izrayèl la ki te pwoche bò kote Mòn Sinayi a. Sou mòn sa a te gen yon gwo dife ansanm ak yon fènwa ki pat piti, te gen yon bann bagay tou pou fè moun pè. Yon gwo van tanpèt t'ap soufle sou mòn lan. Yo te tande son klewon k'ap kònen, ansanm ak vwa yon moun k'ap pale. Lè pitit Izrayèl yo tande vwa sa a, yo mande l sispann pale. Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou sòti, se li menm tou k'ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fè l soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske li te toujou chonje apre l te fin soufri a, Bondye t'ap fè kè l kontan. Kifè kounyeya li chita sou bò dwat fòtèy Bondye a.
Ansanm ak Kris la, Bondye fè nou leve sòti nan lanmò, li fè nou chita jouk anwo nan syèl la ansanm ak li tou.
Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.
si n'ap mouri, n'ap mouri pou Senyè a tou. Konsa, kit nou vivan, kit nou mouri, se pou Senyè a nou ye.
Paske, depi se pitit Bondye ou ye, ou kapab genyen batay la sou lemonn. Men ki jan nou fè genyen batay la sou lemonn, se paske nou gen konfyans nan Bondye.
Fè kè n kontan lè sa va rive. Nou mèt kontan nèt paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa zansèt nou yo te maltrete pwofèt yo.
Fòk yo gentan mache bay bòn nouvèl Peyi kote Bondye Wa a toupatou sou latè, pou tout moun ka tande mesay la. Se lè sa a atò lafen an va rive.
Se poutèt sa, pa prese jije pèsonn anvan lè a rive. Se pou nou tann Senyè a vini. Se li menm k'ap mete deyò tou sa ki te kache, tou sa ki t'ap fèt nan fènwa. L'ap devwale tout kalkil lèzòm t'ap fè nan kè yo. Lè sa a, chak moun va resevwa lwanj yo merite nan men Bondye.
Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou!
Li te asepte mouri pou nou pou li te ka delivre nou anba mechanste, pou li te fè nou tounen yon pèp ki nan kondisyon pou sèvi li, ki rele li pa li, epi ki toujou pare pou fè sa ki byen.
Se poutèt sa, kenbe tèt nou byen anplas. Mete tout espwa nou nan benediksyon nou pral resevwa lè Jezikri va parèt.
Espwa sa a, se tankou yon lank batiman li ye pou nou. L'ap kenbe nanm nou fè m, byen solid. Lank sa nou genyen an, li chouke jouk lòt bò rido tanp ki nan syèl la.
Konsa, m'ap kouri dwat devan m sou mak kote m prale a, pou m ka jwenn rekonpans Bondye rele m vin resevwa nan syèl la, gremesi Jezikri.
Nou menm ki deja resisite ak Kris, se pou nou chache bagay ki nan syèl la kote Kris chita adwat Bondye.
Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.
Li gen pou l cheche tout dlo nan je yo. P'ap gen lanmò ankò, yo p'ap nan lapenn ankò, yo p'ap janm plenyen ankò, yo p'ap janm soufri ankò. Tout vye bagay sa yo pral disparèt.
Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.
Se pou n te ka lib tout bon kifè Kris la te delivre nou. Se poutèt sa, ann rete fèm nan libète sa a. Veye kò nou pou n pa tounen esklav ankò.
— Moun ki va kanpe pou mwen devan lèzòm, mwen menm tou, m'a kanpe pou li devan Papa m ki nan syèl la. Men tou, moun ki va kanpe devan lèzòm pou di li pa konnen m, mwen menm tou, m'a kanpe devan Papa m ki nan syèl la, m'a di mwen pa konnen l.
(18) Mwen vle chante pou yo pa janm bliye ou, konsa moun lòt peyi yo va fè lwanj ou tout tan tout tan.
Sa m'ap sibi kounyeya, se yon ti soufrans ki la pou pase. Men, soufrans sa a ap pare pou mwen yon bèl pouvwa k'ap la pou tout tan, pouvwa ki depase ti soufrans sa a anpil. Paske, mwen p'ap konsidere bagay moun wè, men bagay moun pa wè. Sa moun wè, se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa wè, se bagay ki la pou tout tan.
anvan nou bat je nou, lè dènye kout klewon an va kònen. Paske, lè klewon an va kònen, moun ki te mouri deja yo va leve sòti vivan pou yo pa janm mouri ankò. Apre sa, nou tout nou va chanje fòm.
Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l, bagay lèzòm pa ka konprann. La kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.
Kanta pou nou menm k'ap soufri kounyeya, l'a ban nou repo ansanm avè m lè Jezi va parèt nan syèl la avèk zanj li yo ki gen pouvwa.
(12) Paske, se Senyè a ki tout defans mwen, se li menm k'ap pwoteje nou. L'ap ban nou favè li, l'ap fè yo respekte nou. Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch, Bondye p'ap janm refize l okenn bon bagay.
Senyè a pral fè pa janm gen lanmò ankò. Li pral siye dlo nan je tout moun. Li pral wete lawont sa a ki te sou pèp li a toupatou sou latè. Se Senyè a menm ki di sa!
Kounyeya, paske nou gen konfyans nan Bondye, Bondye fè nou gras, n'ap viv san kè sote ak Bondye, gremesi Jezikri, Senyè nou an.
M'ap ekri nou lèt sa a, nou menm ki kwè nan Pitit Bondye a pou nou ka konnen nou gen lavi ki p'ap janm fini an.
Konprann sa byen, Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l tounen ak zanj li yo, nan tout bèl pouvwa Papa l la. Lè sa a, li va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.
Wi, mwen konnen w'ap toujou renmen m, w'ap toujou bon pou mwen pandan tout lavi m. Se lakay ou m'ap rete tout tan tout tan.
Se pa ti kontan kè m kontan pou sa Senyè a fè. M'ap fè fèt pou Bondye mwen an. Paske mwen tankou yon nèg k'ap marye ki fin abiye pou nòs la, tankou yon lamarye k'ap ranje bijou l yo sou li. Li kouvri m ak pouvwa li pou l sove m. Li vlope m nan bra li pou l delivre m.
Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan. Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k'ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a.
Se nou menm, moun Tesalonik, ki tout espwa mwen, se pa lòt moun. Se nou menm ki fè kè m kontan. Se nou menm k'ap ban m okazyon pou m vante tèt mwen devan Jezi, Senyè nou an, lè l'a vini.
Se poutèt li tou m'ap sibi tout soufrans sa yo. Men, mwen pa wont paske mwen konnen nan ki moun mwen mete konfyans mwen. Mwen sèten li gen pouvwa pou l konsève sa l te ban mwen an jouk gran jou a va vini.