Biblia Todo Logo
Vèsè Biblik
- Piblisite -


120 Vèsè Biblik sou Pwofèt yo

120 Vèsè Biblik sou Pwofèt yo

Men sa m vle di w: Bondye chwazi pwofèt yo pou fè pèp li konnen volonte l. Souvan, travay yo se te pou avèti moun sou konsekans peche yo epi pou ankouraje yo adore epi obeyi sèl vrè Dye a.

Sa pa t toujou fasil pou yo, paske yo te jwenn anpil rezistans ak refi nan men moun ki pa t vle tande mesaj yo a. Nan Ansyen Testaman an, nou jwenn pwofèt tankou Ezayi, Jeremi, Ezekyèl, Eli ak Elize, pami lòt. Mesye sa yo te fè vizyon epi Bondye te ba yo revelasyon pou yo te pataje ak pèp Izrayèl la.

Pawòl yo, plen sajès ak lanmou pou Bondye, envite nou reflechi sou pwòp relasyon nou ak Li.

Youn nan pi gwo leson nou ka aprann nan istwa pwofèt yo se enpòtans fidelite ak repantans. Pwofèt yo te toujou ap ankouraje moun pou yo kite move chemen yo epi retounen vin jwenn Senyè a. Atravè mesaj yo, nou ka wè kijan Bondye te vle gen yon relasyon sere ak pèp li a, men tou kijan Li te egzije obeyisans ak jistis.

Jounen jodi a, nan yon monn plen ak mechanste ak pervèsyon, li enpòtan pou pwofèt Bondye yo kenbe yon relasyon sere sere ak Sentespri a. Konsa, yo p ap konfonn, yo p ap twonpe, epi yo p ap aksepte anyen ki ta fè yo di yon bagay Bondye pa di.

Mwen ankouraje w pou w pwoteje kè w, pou w rete nan sentete ak entegrite, epi pou w kanpe fèm sou prensip ak lwa Senyè a.




Jak 5:10

Frè m yo, chonje pwofèt yo ki te pale nan non Mèt la. Pran egzanp sou yo, pou jan yo te gen pasyans lè yo t'ap soufri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 44:4

Mwen pat janm sispann voye sèvitè m yo, pwofèt yo, pou di yo manyè sispann fè vye bagay derespektan yo t'ap plede fè a, bagay mwen pa ka wè devan je m.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 18:18-19

M'a chwazi yonn nan yo pou pwofèt, m'a voye l ba yo tankou mwen te voye ou la. M'a mete pawòl mwen nan bouch li. Epi la di pèp la tou sa m'a ba li lòd di yo. Si yon moun pa koute sa pwofèt la ap di yo nan non mwen, se avèk mwen l'ap annafè. Se mwen menm menm l'ap gen pou rann kont.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 46:13

Men mesay Senyè a te bay pwofèt Jeremi lè Nebikadneza, wa Babilòn lan, te vin atake peyi Lejip la:

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Amòs 3:7

Konsa tou, ou mèt sèten, Senyè a p'ap janm fè anyen san li pa fè pwofèt yo, moun k'ap sèvi l yo, konnen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 1:5

— Mwen te konnen ou anvan menm mwen te ba ou lavi nan vant manman ou. Mwen te mete ou apa pou mwen anvan menm ou te fèt. Mwen te chwazi ou pou te pwofèt lòt nasyon yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezekyèl 2:1-3

Li di mwen konsa: — Ras Adan, leve kanpe non! Paske mwen pral pale ak ou. Li louvri liv la devan je m, mwen wè li te ekri sou tou de bò l yo. Li te plen pawòl moun di lè y'ap plenn sò yo, lè yo nan gwo lapenn, lè y'ap soufri anpil. Fini li fin pale ak mwen, se konsa Lespri antre nan mwen mete m' sou de pye m'. Epi mwen tande vwa a pran pale ankò. Li di m': — Ras Adan! M'ap voye ou kote moun Izrayèl yo. Se yon bann moun ki pa vle koute m'. Yo vire do ban mwen. Jouk koulyeya, y'ap kenbe tèt avè m' tankou zansèt yo te fè li tan lontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 35:15

Mwen pa janm sispann voye sèvitè m yo, pwofèt yo, vin di nou: Manyè kite move pant n'ap swiv yo. Manyè fè sa ki dwat! Pa kouri dèyè lòt bondye pou nou sèvi yo. Konsa, n'a rete nan peyi mwen te bay pou zansèt nou yo ansanm ak nou an. Men, nou pa koute m.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 6:8

Apre sa, mwen tande Senyè a ki t'ap di: — Kilès mwen ta voye la a? Kilès ki ta asepte ale pou nou? Mwen di: — Men mwen. Voye mwen non!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezekyèl 38:17

Se sou ou mwen t'ap pale nan tan lontan lè mwen te sèvi ak pwofèt pèp Izrayèl yo, sèvitè m yo, pou m te fè yo konnen mwen gen pou m te voye yon moun vin atake yo lè jou a va vini. Se Senyè sèl Mèt la ki di sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:12

Fè kè nou kontan. Wi, nou mèt kontan nèt, paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te vini anvan nou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jonas 3:4

Jonas antre nan vil la. Li annik mache yon jounen ap preche konsa: — Nan karant jou ankò, Niniv pral disprèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 47:1

Men mesay Senyè a te bay pwofèt Jeremi sou peyi Filisti a, anvan farawon an te al atake Gaza.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 24:44

Epi li di yo: — Men sa m t'ap di nou an lè m te la avèk nou toujou a. Tou sa ki te ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la, nan Liv pwofèt yo, menm nan sòm yo, fòk tou sa te rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Wa 16:7

Senyè a te bay pwofèt Jeou, pitit gason Anani an, mesay sa a pou Bacha ak fanmi li poutèt peche Bacha te fè kont Senyè a. Li te fè Senyè a fache sou li non sèlman paske li te fè sa ki mal tankou moun fanmi Jewoboram yo, men tou paske li te touye tout moun nan fanmi Jewoboram lan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 1:1-2

Nan tan lontan, Bondye te mete pawòl nan bouch pwofèt yo nan divès okazyon ak divès jan pou l te ka pale ak zansèt nou yo. Yon lòt fwa, li di ankò: Se ou menm, Mèt la, Bondyeki te kreye latè nan konmansman. Se avèk men ou ou te fè syèl la. Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la. Yo gen pou yo fini tankou rad. W'ap vlope yo tankou yon chemiz mete la. W'ap chanje yo tankou rad. Men ou menm, ou p'ap janm chanje, ou p'ap janm mouri. Bondye pa janm di okenn nan zanj li yo: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou. Kisa zanj Bondye yo ye menm? Yo tout se yonn bann lespri k'ap sèvi Bondye. Se Bondye menm ki voye yo pou ede moun ki la pou jwenn delivrans yo. Men, nan dènye jou sa yo, se pitit li a menm Bondye te voye pale ak nou nan non li. Se ak Pitit sa a Bondye te kreye tout bagay. Se li menm tou Bondye chwazi pou eritye tout bagay lè sa va fini nèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezekyèl 25:2

— Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon peyi Amon an. Denonse sa moun sa yo ap fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Kwonik 24:19

Senyè a voye pwofèt pou fè pèp la tounen vin jwenn li, men pèp la derefize koute sa pwofèt yo t'ap di yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Amòs 1:9

Senyè a di konsa: Moun peyi Tir yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m, mwen p'ap chanje lide. Yo depòte tout yon nasyon. Yo vann yo tankou esklav bay moun Edon yo. Yo pa respekte kondisyon yo te pase pou yo viv yonn ak lòt tankou frè ak frè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 1:10-12

Pwofèt yo te chache anpil, yo te fouye anpil pou yo te ka konnen ki jan Bondye t'ap delivre nou. Yo te di davans ki kalite favè Bondye ta pral fè nou. Lespri Kris la ki te nan yo te fè yo konnen davans tou sa Kris la ta pral soufri, ansanm ak lwanj ki t'ap tann li apre sa. Men, yo t'ap chache konnen tou kilè ak nan ki sikonstans sa ta pral rive. Se konsa, Bondye fè yo konnen sèvis yo t'ap fè lè yo te bay mesaj la, se pa te pou yo, men se pou nou. Granmesi moun k'ap anonse levanjil la, avèk pouvwa Sentespri ki soti nan syèl la, nou konnen bagay sa yo koulyeya, bagay ata zanj yo t'ap foure je chache konprann yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezekyèl 29:8

Se poutèt sa, kounyeya, men sa Senyè sèl Mèt la di ou: Mwen pral voye moun atake ou avèk nepe. Yo pral touye dènye moun ak dènye bèt lakay ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:6

Bondye pa bay tout moun menm don. Men, nou fèt pou nou sèvi ak kado a dapre favè Bondye fè nou an. Si yon moun resevwa don pou l anonse mesay ki sòti nan Bondye, se pou l fè sa dapre lafwa li genyen an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 10:41

Moun ki resevwa yon pwofèt Bondye paske se pwofèt Bondye li ye, moun sa a va resevwa rekonpans yo bay yon pwofèt. Moun ki resevwa yon nonm k'ap mache dwat devan Bondye paske se yon moun dwat li ye, moun sa a va resevwa rekonpans yo bay yon moun k'ap mache dwat.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 29:10

Senyè a di ankò: Lè lavil Babilòn lan va rive sou swasanndizan depi li kanpe a, m'a vin vizite nou, m'a fè kichòy pou nou. M'a kenbe bèl pwomès mwen te fè nou an, m'a fè nou tounen lakay nou ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 13:34

— Jerizalèm, Jerizalèm, ou menm k'ap touye pwofèt yo, k'ap touye moun Bondye voye ba ou yo ak kout wòch, depi lontan mwen te vle sanble moun ou yo tankou yon manman poul sanble ti pitit li yo anba zèl li, men ou pat vle!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 9:2

Mwen menm Danyèl, mwen t'ap etidye liv Bondye yo. Mwen t'ap kalkile sou swasanndizan lavil Jerizalèm te gen pou l rete kraze a, jan Senyè a te di l nan bouch pwofèt Jeremi an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 3:18

Men, depi nan tan lontan, Bondye te fè konnen nan bouch pwofèt li yo ki jan Kris li a te gen pou l soufri. Se konsa sa l te di a vin rive vre.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 2:15

Jozèf rete la jouk lè Ewòd mouri. Se konsa, pawòl Bondye te mete nan bouch pwofèt la te rive vre. Li te di: Mwen rele pitit mwen, mwen fè l sòti kite peyi Lejip.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 7:37

Se menm Moyiz sa a ki te di pèp Izrayèl la: Bondye gen pou l voye yon pwofèt ban nou tankou l te voye m lan: se va yonn nan frè nou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 77:1-3

(2) Mwen rele byen fò nan pye Bondye. Wi, mwen rele nan pye Bondye, li koute mwen. (11) Apre sa mwen di: Men sa k fè m pi mal ankò! Gen lè Bondye ki anwo nan syèl la pa menm jan an ankò? (12) Senyè, m'a rakonte gwo bagay ou te fè yo, paske mwen chonje bèl mèvèy ou te fè nan tan lontan. (13) M'ap kalkile tout sa ou te fè yo, m'ap egzaminen tout gwo bagay estraòdinè ou te fè yo! (14) Tout sa ou fè, Bondye, se bagay apa! Nan tout bondye yo, nanpwen ki gen pouvwa tankou ou! (15) Ou se Bondye ki fè mèvèy. Ou fè nasyon yo wè pouvwa ou. (16) Avèk fòs ponyèt ou ou te delivre pèp ou a, pitit pitit Jakòb yo ak pitit pitit Jozèf yo. (17) Lè dlo yo wè ou, Bondye, dlo yo sòti pè. Lè dlo yo wè ou, fon lanmè yo pran tranble. (18) Nyaj yo pran vide gwo lapli, kout loray pran woule nan nyaj yo, kout zèklè fè yanyan nan tout syèl la. (19) Bri loray la pran woule nan syèl la. Kout zèklè klere toupatou. Tè a sòti pè, li pran tranble. (20) Ou louvri yon chemen pou ou nan mitan lanmè a. Ou pase nan mitan gwo lanmè fon fon an. Men pèsonn pa ka wè mak pye kote ou pase. (3) Lè mwen nan tray, mwen lapriyè nan pye Senyè a. Tout lannwit m'ap lapriyè san rete, mwen pa ka jwenn konsolasyon. (21) Ou pran Moyiz ak Arawon, ou fè yo mennen pèp ou a tankou yon bann mouton y'ap mennen. (4) Mwen chonje Bondye, m'ap plenn! M'ap kalkile, mwen santi m dekouraje!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Nonb 12:6

Li di yo konsa: — Tande byen sa m'ap di nou la a. Lè gen yon pwofèt nan mitan nou, se nan vizyon mwen fè l wè mwen, se nan rèv mwen pale avè l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezekyèl 34:31

Nou menm, moun, se mouton mwen nou ye, bann mouton m'ap okipe yo. Mwen menm, se Bondye nou mwen ye. Se Senyè sèl Mèt la ki di sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Oze 12:10

Mwen te pale ak pwofèt yo. Se mwen ki fè yo fè anpil vizyon. Mwen fè yo bay pèp la anpil avètisman pou mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Zakari 7:12

Yo fè kè yo di kou wòch pou yo pa tande lòd ak mesay mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, mwen te voye ba yo. Se Lespri Senyè a menm ki te mete nan bouch pwofèt tan lontan yo mesay sa yo. Se konsa Senyè ki gen tout pouvwa a te move anpil sou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 38:1

Menm epòk sa a, Ezekyas tonbe malad. Li te trape yon maladi ki pa bay chans. Pwofèt Ezayi, pitit Amòt la vin wè li. Li di li: — Men sa Senyè a voye di ou: ou mèt mete lòd nan zafè ou paske ou pral mouri. Pa gen rechap pou ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Malachi 4:5

Jou m lan pral yon gwo jou, yon jou ki pral fè moun tranble. Men, anvan li rive, mwen gen pou m voye pwofèt Eli.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 7:1

Senyè a di Moyiz konsa: — Gade! Ou pral tounen tankou yon Bondye pou farawon an. Arawon, frè ou la, pral sèvi ou pòtpawòl.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Samyèl 10:5

Apre sa, w'a moute sou ti mòn Bondye yo rele Gibeya a, kote yon lame moun Filisti moute ganizon yo. Lè w'ap antre nan lavil la, w'a kontre ak yon gwoup pwofèt k'ap desann sòti bò lotèl ki sou ti mòn lan. Y'ap jwe gita, y'ap bat tanbou, y'ap jwe fif ak bandjo, y'ap danse, y'ap bay mesay ki sot nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 14:29

Pou moun k'ap bay mesay ki sòti nan Bondye yo, se de ou twa ase ki pou pran lapawòl. Tout lòt yo va jije sa y'ap di a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Wa 18:36

Lè lè pou yo fè ofrann apremidi a rive, pwofèt Eli pwoche bò lotèl la, li di: — Senyè, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb, fè yo wè jòdi a se ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la. Fè yo rekonèt se sèvitè ou mwen ye. Se ou menm ki ban m lòd fè tout bagay sa yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 14:37

Si yon moun kwè se Bondye ki voye l, osinon si li kwè li resevwa kèk don ki sòti nan Sentespri Bondye a, se pou l rekonèt sa m ekri a se yon lòd ki sòti nan Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Wa 2:15

Lè pwofèt Jeriko yo ki te pi devan an wè sa, yo di: — Lespri Eli a sou Elize! Yo vin jwenn li, yo bese tèt yo jouk atè devan l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 2:20

Nou menm moun lòt nasyon yo, nou se kay Bondye ap bati sou fondasyon apòt yo ak pwofèt yo te poze a, men se Jezikri menm ki gwo wòch ki kenbe kay la kanpe a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 2:15

Se jwif yo ki te fè touye ni Jezi, Senyè a, ni pwofèt yo. Se yo menm tou ki te pèsekite m ansanm ak zanmi m yo. Yo pa sòti pou fè Bondye plezi. Yo fè lènmi ak tout moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Kwonik 20:20

Nan denmen maten, byen bonè, pèp la leve, li pati nan dezè Tekowa a. Lè yo ta pral derape, Jozafa pale ak yo, li di konsa: — Nou menm, moun Jida ak moun Jerizalèm, koute sa m'ap di nou! Mete konfyans nou nan Senyè a, Bondye nou an! Nou p'ap vole gadjè. Se pou nou kwè sa pwofèt li yo di nou an. N'ap genyen batay la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 10:7

Men lè setyèm zanj lan va pran kònen klewon l lan, Bondye pral fè sa li gen pou l fè dapre plan travay li te kenbe sere nan tèt li a, jan l te fè pwofèt ki t'ap sèvi l yo konn sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 7:25

Depi jou zansèt nou yo te sòti kite peyi Lejip rive jòdi a, mwen toujou voye sèvitè m yo, pwofèt yo, pou pale ak nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 16:6

Paske moun sa yo te fè san pèp Bondye a ak san pwofèt yo koule. Kounyeya ou ba yo san pou yo bwè. Yo jwenn sa yo merite a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 58:1

Senyè a di konsa: — Louvri gagann ou rele, rele mezi ou kapab! Fè vwa ou klewonnen ale lwen! Fè pèp mwen an konn krim li fè! Fè pitit pitit Jakòb yo konnen movezak yo fè!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 22:9

Men, li di mwen: — Non pa fè sa. Se sèvi m'ap sèvi Bondye ansanm avè ou, ansanm ak tout frè ou yo ki pwofèt Bondye, ansanm ak tout moun k'ap obeyi pawòl ki nan liv sa a. Se Bondye pou ou adore.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezekyèl 3:17

— Nonm o! Mwen mete ou faksyonè pou nasyon Izrayèl la. W'a tande mesay m'a ba ou, w'a avèti yo pou mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 105:15

Li te di: Piga nou manyen moun mwen chwazi yo. Piga nou fè pwofèt mwen yo anyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 23:37

— Jerizalèm, Jerizalèm, ou menm ki touye pwofèt yo, ou menm k'ap touye moun Bondye voye ba ou yo ak kout wòch, depi lontan mwen te vle sanble moun ou yo tankou manman poul k'ap sanble pitit li anba zèl li, men ou pat vle!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 11:49

Se poutèt sa Bondye te di nan bon konprann li: M'ap voye pwofèt avèk apòt ba yo. Y'a touye kèk ladan yo, y'a pèsekite lòt yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 11:27-28

Lè sa a, kèk pwofèt sòti Jerizalèm rive Antyòch. Yonn ladan yo, ki te rele Agabis, leve epi avèk pouvwa Sentespri, li fè konnen ta pral gen yon gwo grangou sou tout latè. (Grangou sa a te rive vre sou reny wa Klòd.)

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 21:10-11

Te gen kèk jou depi nou te la lè yon pwofèt yo rele Agabis desann sòti nan Jide. Li vin jwenn nou. Li pran sentiwon ki te nan ren Pòl la, li mare de pye pa l ak de men pa l yo, epi li di: — Men sa Sentespri deklare: Se konsa jwif Jerizalèm yo pral mare mèt sentiwon sa a. Apre sa, y'ap lage l nan men moun lòt nasyon yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Wa 17:1

Yon pwofèt yo te rele Eli, moun lavil Tichbe nan zòn Galarad, di wa Akab konsa: — Nan non Senyè m'ap sèvi a, Bondye vivan pèp Izrayèl la, men sa m'ap di ou: Pandan lanne k'ap vini yo, p'ap gen lawouze, p'ap gen lapli si se pa mwen ki mande sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Wa 4:27

Men lè li rive kot Elize, li lage kò l atè devan li, li mare nan pye Elize. Gerazi fè sa pou l pouse l, Elize di l konsa: — Kite l. Ou pa wè jan li gen gwo lapenn? Epi Senyè a pa kite m konn sa. Li kache m sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Kwonik 36:16

Men, yo pase mesaje Bondye yo nan betiz, yo pa okipe sa Bondye te di yo, yo pase pwofèt yo anba rizib. Bout pou bout, Senyè a te vin sitèlman fache pat gen rechap pou yo ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 14:14

Men, Senyè a reponn, li di m konsa: — Se pa vre sa pwofèt yo ap di a. Yo pran non m pou bay manti! Se pa kras mwen menm ki voye yo. Mwen pa ba yo okenn lòd, mwen pa janm pale ak yo. Si yo fè vizyon, se pa mwen ki ba yo l. Si yo di yo konnen sa ki pral rive, se manti. Se lide yo fè nan tèt yo konsa pou twonpe pèp la, se sa ase yo ka louvri bouch yo di.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezekyèl 13:1-3

Senyè a pale avè m ankò, li di m konsa: Pwofèt yo ap woule pèp mwen an. Anyen p'ap mache nan peyi a. Yo menm, y'ap pwonmennen di tout bagay anfòm. Pèp la leve yon miray wòch san mòtye. Pwofèt yo menm vini, yo annik blanchi miray la. Di moun k'ap pase dlo lacho sou miray la: Miray la pral tonbe. Mwen pral voye yon gwo lapli. Lagrèl pral tonbe, yon gwo van tanpèt pral soufle. Lè miray la fin tonbe, y'a mande yo kisa dlo lacho a te fè pou miray la. Enben, men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di: Mwen pral fè yon sèl kòlè, m'ap voye yon gwo van tanpèt, yon gwo lapli ak lagrèl ki pral tonbe pou kraze miray la. M'ap lage miray nou blanchi a atè. M'ap kraze li plat. Ata dan wòch fondasyon yo pral parèt deyò. Miray la ap tonbe sou nou. L'ap kraze nou. Lè sa a, nou tout va konnen se mwen menm ki Senyè a. Mwen pral move sou miray la ansanm ak tout moun ki te blanchi li a. Lè m'a fin fè sa mwen gen pou mwen fè yo a, m'a di nou: Miray la pa la ankò, ni bann moun ki te blanchi li yo, bann pwofèt pèp Izrayèl yo k'ap bay bèl mesay pou lavil Jerizalèm lan. Anyen p'ap mache nan peyi a, epi yo menm y'ap plede di yo fè vizyon tout bagay ap mache byen. Se mwen menm Senyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa. Senyè a di ankò: — Ras Adan! Koulyeya, vire tèt ou gade nan direksyon medam k'ap fè mesaj yo yo menm nan! Yo pran pòz pwofèt yo nan mitan pèp Izrayèl la! Denonse yo! Lèfini, di yo men sa Senyè a, Bondye sèl Mèt la, voye di yo: Madichon pou nou, medam! N'ap mare kòd w'anga nan ponyèt tout moun. N'ap moute mouchwa tèt pou tout kalite moun pou yo ka gen pouvwa pran nanm moun. Nou dèyè pou nou gen pouvwa fè sa nou vle ak nanm lòt moun san anyen pa rive nou. N'ap derespekte mwen devan pèp mwen an. Pou kèk ponyen grenn lòj ak kèk moso pen n'ap touye moun ki pa merite mouri, n'ap sove moun ki pa merite viv ankò. N'ap bay pèp mwen an yon bann manti. Yo menm, yo byen kontan kwè nou. — Ras Adan! Denonse pwofèt pèp Izrayèl yo. Denonse moun sa yo k'ap bay mesaj yo menm yo fè yo. Di yo: manyè koute pawòl Senyè a. Enben! Men sa Senyè a, Bondye sèl Mèt la, di: Mwen pa vle wè kòd w'anga nan ponyèt nou yo. Se ak yo nou sèvi pou nou pran nanm lòt moun tankou zwazo nan pèlen. M'ap rache yo nan ponyèt nou. M'ap delivre moun nou te pran nan pèlen yo pou y'al fè wout yo. M'ap rache mouchwa tèt nou yo, m'ap sove pèp mwen an anba men nou. Nou p'ap ka fè sa nou vle ak yo ankò. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Senyè a. Mwen pa ta renmen anyen rive bon moun yo. Men nou menm, avèk manti n'ap bay yo, n'ap dekouraje yo. N'ap ankouraje mechan yo pou yo pa chanje. Nou pa ba yo chans sove lavi yo. Enben! Se poutèt sa kounyeya, nou p'ap fè vizyon pou twonpe moun ankò, ni nou p'ap ba yo manti sou sa ki pral rive yo. Mwen pral sove pèp mwen an anba men nou. Konsa, n'a konnen se mwen menm ki Senyè a. Men mesaj Bondye Sèl Mèt la bay: Madichon pou pwofèt moun tèt loke sa yo! Se yo menm ki fè mesaj y'ap bay la. Yo pa janm fè vizyon vre.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Miche 3:6-8

Pwofèt, jou bare nou, vizyon nou bout! Kafe nou koule ak ma, vizyon fini pou nou! Fènwa toupatou, ka nou grav. Moun k'ap fè prediksyon yo pral wont. Divinò yo p'ap konnen sa pou yo di. Yo pral rete men nan bouch, paske Bondye p'ap reponn yo. Men, pou mwen menm, Miche, Senyè a voye lespri l sou mwen, li ban mwen fòs, li ban mwen pouvwa pou m konnen sa ki dwat. Li ban mwen kouray pou m kanpe denonse fòfè pitit Jakòb yo, pou m di pèp Izrayèl la nan figi l sa l'ap fè ki mal la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 1:10

Lavil Jerizalèm sa a! Chèf li yo tankou chèf lavil Sodòm. Moun li yo tankou moun lavil Gomò. Nou tout ki la a, koute sa Senyè a ap di chèf lavil yo. Pare zòrèy nou pou nou tande lòd Bondye nou an ap bay moun Jerizalèm yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 30:10

Y'ap di moun k'ap fè vizyon yo: Pa di nou vizyon nou fè yo. Y'ap di pwofèt yo: pa fè nou konnen sa nou dwe fè. Di nou bèl pawòl dous k'ap fè nou plezi. Kite nou ak sa nou kwè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezekyèl 12:2

— Ras Adan! Se nan mitan yon ras moun tèt rèd ou rete. Yo gen je, men yo pa wè. Yo gen zòrèy, men yon pa tande. Paske yo se yon bann ras moun wòklò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Amòs 2:12

Men, nou fè nazirit yo bwè diven, nou bay pwofèt yo lòd pou yo pa bay mesay mwen ba yo pou pèp la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Zakari 1:6

Men, sa m te di nan pawòl ak lòd mwen te bay pwofèt yo, sèvitè m yo, pou zansèt nou yo, eske sa pa rive yo vre? Lè sa a, yo vin regrèt sa yo te fè a. Yo rekonèt mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, mwen te pini yo pou jan yo t'ap viv la, pou tou sa yo te fè ki mal, jan mwen te sòti pou m fè l la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 7:15

— Pran prekosyon nou ak fo pwofèt yo. Yo pran pòz ti mouton yo lè y'ap vin sou nou, men nan fon kè yo, se bèt devoran yo ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 16:26

Men, koulyeya, li parèt aklè nan liv pwofèt yo te ekri yo. Konsa, dapre lòd ki soti nan Bondye ki la pou tout tan an, plan travay la rive nan konesans moun tout lòt nasyon yo pou yo kapab mete konfyans yo nan Bondye, pou yo kapab fè volonte Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 69:5

(6) Bondye, mwen pa kapab kache peche m yo devan ou. Ou konnen jan m te aji tankou moun fou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 10:40-42

— Moun ki resevwa nou, se mwen menm li resevwa. Moun ki resevwa mwen, li resevwa moun ki voye m lan tou. Moun ki resevwa yon pwofèt Bondye paske se pwofèt Bondye li ye, moun sa a va resevwa rekonpans yo bay yon pwofèt. Moun ki resevwa yon nonm k'ap mache dwat devan Bondye paske se yon moun dwat li ye, moun sa a va resevwa rekonpans yo bay yon moun k'ap mache dwat. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nenpòt moun ki va bay yonn nan ti piti sa yo menm yon gode dlo frèt paske se disip mwen li ye, moun sa a p'ap pèdi rekonpans li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 1:76

— Kanta ou menm, pitit mwen, y'a rele ou: Pwofèt Bondye ki anwo nan syèl la. Paske, w'a pran devan Mèt la pou pare chemen an pou li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 7:16

Tout moun yo te pè, yo t'ap fè lwanj Bondye, yo t'ap di: — Yon gwo pwofèt parèt nan mitan nou! Yo t'ap di tou: — Bondye vin sove pèp li a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 24:19

Li di yo: — Kisa k te rive konsa? Yo reponn li: — Tou sa k te rive Jezi, moun Nazarèt la. Nonm sa a te yon gwo pwofèt devan Bondye ak devan tout pèp la: li te fè anpil bèl bagay epi li te pale byen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 10:43

Tout pwofèt yo te di sa sou li: Nenpòt moun ki met konfyans yo nan Jezi va resevwa padon pou tout peche yo gremesi non sa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 12:28

Se konsa, nou wè nan legliz la Bondye mete apòt yo an premye, pwofèt yo an dezyèm, dirèktè yo an twazyèm. Apre sa, nou jwenn moun k'ap fè mirak, moun ki gen don pou geri moun malad, moun k'ap ede lòt, moun k'ap dirije, moun ki gen don pou pale divès lang.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 1:1

Mwen menm Pòl, se pa moun ki te chwazi m', ni Bondye pa te voye yon moun chwazi mwen, men se Jezikri menm, ansanm ak Bondye Papa a ki te resisite li nan lanmò, se yo menm menm ki te chwazi mwen apot.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 4:11

Se li menm ki fè lèzòm kado divès pouvwa. Li bay kèk ladan yo pouvwa pou sèvi apòt, li bay lòt ladan yo pouvwa pou sèvi pwofèt, li bay lòt ankò pouvwa pou anonse bòn nouvèl la, li bay dòt ankò pouvwa pou sèvi tankou pastè ak dirèktè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 11:32-34

Kisa m ta di nou ankò? Se tan mwen pa genyen pou m ta pale nou sou Gedeyon, Barak, Samson, Jefte, David, Samyèl ak tout pwofèt yo. Ak konfyans yo te gen nan Bondye a, yo goumen, yo pran peyi lòt moun nan men yo, yo gouvènen san patipri, yo resevwa sekou Bondye te pwomèt la. Yo fèmen bouch lyon yo, yo touye gwo gwo dife, yo chape anba men moun ki te vle touye yo ak nepe. Yo te fèb, men yo vin gen fòs, sa te rann yo vanyan anpil nan lagè, kifè yo te ka kraze lame etranje yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 44:1

(2) Bondye, nou te tande ak zòrèy nou tout gwo bagay ou te fè nan tan lontan. Wi, granmoun nou yo te rakonte nou tou sa ou te fè pou yo nan tan lontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 37:37

Gade moun k'ap mache dwat la byen gade. Gade tout vire tounen l. Moun ki viv byen ak tout moun ap gen pitit ak pitit pitit.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 53:1

Pèp la va reponn: — Ki moun ki te kwè sa n'ap tande la a? Ki moun ki rekonèt travay Bondye a nan sa ki rive la a?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezekyèl 18:31

Vire do bay tout vye peche nou te konn fè yo. Chanje kè nou, chanje lide nou. Poukisa atò, nou menm moun pèp Izrayèl yo, pou n'ap chache lanmò konsa?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Malachi 3:1

Senyè a di: — Men m'ap voye mesaje mwen devan pou li pare chmen pou mwen. N'ap rete konsa n'ap wè Senyè n'ap chache a ap vini nan Tanp li a. Mesaje nou te anvi wè a, men l'ap vini pou li fè tout moun konnen kontra a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 26:2-3

Men sa Senyè a di l: — Ale kanpe nan lakou Tanp lan. Ou pral di tou sa mwen te ba ou lòd di sou moun ki sòti nan tout lavil peyi Jida yo pou vin adore nan Kay Senyè a. Pa wete anyen. Te gen yon lòt nonm yo te rele Ouri ki t'ap pale nan non Bondye. Se te pitit Chemaya, moun lavil Kiriyat-Jearim. Li menm tou, tankou Jeremi, li t'ap pale nan non Bondye sou lavil Jerizalèm ak sou peyi Jida. Lè wa Jojakim, gad li yo ansanm ak tout chèf li yo tande sa li t'ap di, wa a t'ap chache yon jan pou touye li. Ouri vin konn sa, li pè, li kouri al kache nan peyi Lejip. Se konsa, wa Jojakim voye Elnatan, pitit Akbò, ansanm ak kèk lòt gason nan peyi Lejip al chache mesye. Yo pran Iri nan peyi Lejip, yo mennen li bay wa a. Li fè yo touye li. Lèfini, yo antere li nan menm fòs yo antere endijan yo. Men, Akikam, pitit Chafan an, t'ap pwoteje Jeremi. Se konsa li pat kite yo lage Jeremi nan men pèp la pou yo te touye l. Ou pa janm konnen, yo ka koute ou, yo ka pran desizyon yonn apre lòt pou yo kite move jan y'ap viv la. Mwen fè lide voye malè sou yo pou tou sa yo te fè ki mal. Men, si yo koute ou, m'a chanje lide.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 117:1

Nou menm nasyon yo, fè lwanj Senyè a! Nou menm tout pèp yo, fè lwanj li!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 48:16

Pwoche kote m non, koute sa m'ap di: Depi nan konmansman mwen pa kache nou anyen. Depi lè bagay la t'ap rive, mwen te la. Kounyeya, Senyè a ban mwen lespri l, li voye m!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Oze 4:6

Pèp mwen an ap peri paske li pa konnen mwen. Prèt yo voyetou sa mwen te moutre yo jete. Se konsa, mwen menm tou, mwen p'ap rekonèt yo pou prèt mwen ankò. Yo voye tou sa mwen menm, Bondye yo a, mwen te moutre yo a, jete. Mwen menm tou, m'ap voye pitit yo jete.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezekyèl 33:33

Men, lè sa ou di ki gen pou rive a rive vre, paske l'ap rive vre, se lè sa a y'a rekonèt te gen yon pwofèt nan mitan yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Samyèl 3:19-20

Samyèl t'ap grandi, Senyè a te avèk li. Li te fè tout pawòl ki te sòti nan bouch Samyèl rive vre. Je Eli te fin bese. Li pa te menm ka wè. Yon jou aswè, Eli t'ap dòmi nan chanm li. Konsa, tout pèp Izrayèl la, depi moun ki te rete nan peyi Dann lan jouk sa ki rete lavil Bècheba, te vin rekonèt Samyèl tankou yon bon pwofèt k'ap pale pawòl Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 74:9

Tout bèl bagay ki te nan Tanp lan disparèt. Pa gen pwofèt ankò. Pèsonn pa konnen kilè sa va chanje.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 4:24

Epi li di yo ankò: — Men sa m'ap di la a se vre wi: - Yon pwofèt pa janm jwenn konsiderasyon nan peyi li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 10:28

Lè yon moun te dezobeyi lalwa Moyiz la, depi te gen de osinon twa moun ki vin depoze kont li, se touye pou yo te touye l san pitye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 14:32

Moun k'ap bay mesay ki sòti nan Bondye yo, se yo menm ki pou kontwole don yo genyen an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 5:31

Annik manti ase pwofèt yo ap bay. Prèt yo menm, se pòch yo ase yo konnen. Pèp la menm renmen l konsa. Men, kisa y'a fè lè tou sa va fini?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezekyèl 33:7

Kounyeya, nonm o! Mwen mete ou faksyonè pou veye pou pèp Izrayèl la. Lè w'a tande mesay m'a ba ou a, w'a avèti yo pou mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Amòs 3:8

Lè lyon gwonde, ki moun ki p'ap gen kè kase? Lè Senyè a pale, ki moun ki ka enpoze pwofèt yo bay mesay la?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 40:3

Yo vvwa rele byen fò, li di: — Pare chemen Senyè a nan dezè a. Louvri yon wout nan savann nan pou Bondye nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 1:70

Se sa menm Bondye te fè konnen nan bouch pwofèt li yo depi nan tan lontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 22:6

(7) Men, se pa moun mwen ye ankò, se yon vètè mwen tounen. Tout moun ap meprize m, tout moun ap pase m nan betiz.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 10:15

si pa gen pèsonn pou fè konnen mesay la? Ki jan pou yo fè fè konnen mesay la, si pa gen moun yo voye pou sa? Dapre sa ki te ekri a: Ala bèl bagay lè ou wè moun k'ap pote yon Bòn Nouvèl ap vini!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Miche 6:8

Y'a reponn li: Non monchè. Senyè a te moutre ou sa ki byen. Tou sa li mande ou, se pou ou fè sa ki dwat, se pou ou gen kè sansib nan tout sa w'ap fè, se pou ou mache san lògèy devan li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:89

Senyè, pawòl ou la pou tout tan. Y'ap toujou rete jan yo ye a nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 61:1

Lespri Bondye, Senyè a, desann sou mwen. Paske Senyè a chwazi m, li voye m pou m anonse bòn nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m geri tout moun k'ap soufri yo, pou m fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezekyèl 2:5

Mwen konnen se yon move ras moun yo ye, tèt yo di. Kit yo koute ou, kit yo pa koute ou, zafè yo! Men y'a konnen te gen yon pwofèt nan mitan yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 36:1

(2) Peche a pale nan fon kè mechan an: li mete nan tèt li pa gen rezon pou gen krentif Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 7:52

Kilès nan pwofèt yo zansèt nou yo pat pèsekite? Yo te touye tout pwofèt ki te fè konnen davans ki jan Sèvitè Bondye a te gen pou vini. Kounyeya, se Sèvitè Bondye a menm nou trayi, se li menm nou touye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 1:8

Enben, si yon moun ta vin anonse nou yon lòt Bòn Nouvèl ki pa menm ak sa nou te anonse nou an, moun sa a li te mèt se mwen menm, osinon yon zanj ki sòti nan syèl, madichon pou li!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 1:25

Men, pawòl Bondye a la pou tout tan. Se pawòl sa a levanjil la te pote ban nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 1:2

Depi lontan, Bondye te sèvi ak pwofèt li yo pou pwomèt nou Bonnouvèl sa a nan Liv Sentespri te fè yo ekri a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Pyè 1:21

Paske, pwofèt yo pat janm bay mesay paske yo menm yo te vle. Okontrè, se Sentespri ki te pouse yo lè yo t'ap bay mesay ki sòti nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 1:16

— Frè m yo, sa Sentespri te anonse nan Liv yo, fòk sa te rive vre. Se konsa, nan bouch David, li te fè konnen davans ki jan Jida ta pral mennen moun ki te arete Jezi yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 54:13

Se Senyè a menm ki pral moutre pitit ou yo tout bagay. Yo pral viv alèz ak kè poze.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Miche 3:5

Men, gen yon bann pwofèt k'ap twonpe pèp mwen an. Depi yo pa grese pat yo, y'ap mache di sa pral gate. Men, kite moun pa ba yo lajan, yo di pral gen lagè. Men sa Senyè a di sou pwofèt sa yo:

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 28:9

Men, lè yon pwofèt di tout bagay pral mache byen, se lè sa li di ki gen pou rive a rive vre y'a rekonèt se Senyè a ki te voye l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 146:5

Ala bon sa bon pou moun ki gen Bondye Jakòb la pou tout sekou l, pou moun ki mete tout espwa l nan Senyè a, Bondye li!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 61:10

Se pa ti kontan kè m kontan pou sa Senyè a fè. M'ap fè fèt pou Bondye mwen an. Paske mwen tankou yon nèg k'ap marye ki fin abiye pou nòs la, tankou yon lamarye k'ap ranje bijou l yo sou li. Li kouvri m ak pouvwa li pou l sove m. Li vlope m nan bra li pou l delivre m.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 1:21-22

Se Bondye menm ki kenbe m fèm, ansanm ak nou tout, nan lavi n'ap mennen nan Kris la. Se li menm ki mete nou apa pou li, li menm ki mete letanp li nan kè nou, Sentespri a, kou yon garanti sou tout sa li sere pou nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 77:20

(21) Ou pran Moyiz ak Arawon, ou fè yo mennen pèp ou a tankou yon bann mouton y'ap mennen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 11:10

Tout moun ki rete sou latè pral kontan lè y'a tande de mesye yo mouri. Y'a fè fèt, y'a voye kado yonn bay lòt, paske se pa ti toumante de pwofèt sa yo pat toumante moun ki rete sou latè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi

Lapriyè bay Bondye

Papa nou ki nan syèl la, tout sa ou fè bon. Pa gen fot nan ou, ni okenn chanjman. Ou rete nan letènite a, ou sen, ou sen, ou sen. Granè ak mayeste abiye'w. Jounen jodi a, m'ap ba ou tout glwa a, paske ou diy pou yo leve non ou byen wo. M'ap adore'w pou kiyès ou ye, m'ap adore'w pou tout sa ou fè ak tout sa ou pral fè. Mèsi paske ou sèvi ak pwofèt yo, sèvitè ou yo, pou pote limyè ak gidans bay pèp ou a. M'ap mande'w pou beni yo, pwoteje yo, epi kontinye sèvi ak yo tankou enstriman ki gen valè nan men ou. Ke tout pawòl ki soti nan bouch yo se ou menm ki dirije yo, ke yo pa baze sou emosyon pa yo. Delivre yo anba pwòp sajès yo, epi kenbe yo byen fèm nan prensip ak lwa ou yo. Pa kite anyen fè yo devye pawòl ou. Ke yo ka radikal epi byen deside nan tout sa ou mande yo fè. Kache yo nan plas sekirite ou a, paske yo bezwen prezans ou chak jou. M'ap mande'w pou'w fè chemen yo reyisi, pou yo gen bon sante, epi kontinye ba yo fòs pou yo vanse. Nan non Jezi, Amèn.
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite