Cheri mwen, mwen vle pale avè w de yon bagay ki enpòtan anpil: Gran Tribulasyon an. Li diferan de lòt tribulasyon paske se la bèt la, oubyen Antikris la, pral revele l, epi kòlè Bondye ap vin pi rèd toujou. Jan Apokalips 3:10 di a, "Paske ou te kenbe pawòl mwen nan, mwen menm tou m'ap pwoteje ou nan jou malè a k'ap vin sou tout latè pou sonde moun ki rete sou latè." Yo pale de peryòd sa a plis pase senkant fwa nan Ansyen Testaman an, avèk ekspresyon tankou "gwo kalamite," "jou kòlè a," "jou kòlè Senyè a," "tan lapenn pou Jakòb," "jou vanjans Bondye nou an," "tan eprèv," ak "jou Senyè a."
Men, pa pè, paske si w kwè nan Jezi epi w kontinye mache nan chemen l san dekouraje, ou p ap la lè bagay sa yo rive. W ap an sekirite. Se apre sa Gran Tribulasyon an va kòmanse pou moun ki te pase Bondye nan betiz, ki te doute puisans li ak souverènte li. Jan Matye 24:13 di a: "Men, moun ki va kenbe fèm jouk nan fen an, se li ki va delivre."
Paske lè sa a, va gen yon gwo lafliksyon moun poko janm wè depi nan konmansman lè Bondye t'ap kreye latè a jouk jòdi a. P'ap janm gen yon lòt tankou l ankò.
Pa kite moun woule nou okenn jan. Paske, anvan jou sa a rive, ap gen yon dènye leve kanpe jeneral k'ap fèt kont Bondye. Nou gen pou nou wè Mechanste a anpèsonn ki deja kondannen pou disparèt la vini anvan. Mechan an ap kanpe. L'ap pran pozisyon kont tout bagay lèzòm ap sèvi ak tout bagay lèzòm konsidere kòm bondye. Mechan an ap fofile toupatou, jouk l'a rive antre nan Tanp Bondye a. L'a chita, l'a fè tèt li pase pou Bondye.
Men, lè n'a gen kè sere, lè tout bagay sa yo va rive nou vre, bout pou bout yon jou n'a tounen nan pye Senyè a, Bondye nou an. N'a koute tou sa l t'ap di nou an.
Apre sa, mwen wè yon bèt ki t'ap sòti nan lanmè a, li te gen dis kòn ak sèt tèt. Li te gen yon kouwòn sou chak kòn. Li te gen make sou chak tèt li yo yon non ki te yon gwo jouman pou Bondye.
Nou mèt plenyen kont kò nou, paske jou Senyè a pre rive! Bondye ki gen tout pouvwa a pral vini pou l devaste tè a. Se poutèt sa, tout moun sou latè pèdi kouray, kè yo kase! Y'ap rete konsa, yo pral gen doulè ak lakranp nan tout kò yo. Yo pral tòde tankou fanm ansent ki gen tranche. Yonn ap gade lòt san di krik, y'ap rete ak je yo louvri byen gran tèlman y'a wont. Jou Senyè a ap rive. Senyè a ap san pitye, l'ap fè gwo kòlè, l'ap move anpil. L'ap fè tè a tounen yon dezè, l'ap disparèt dènye moun k'ap fè sa ki mal!
Bèt ou wè a te vivan yon lè. Kounyeya li pa vivan ankò. Li gen pou l moute sòti nan gwo twou san fon an, apre sa pou l'al mouri nèt. Moun ki rete sou latè ki pat gen non yo ekri depi lè Bondye t'ap kreye tout bagay nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo pral sezi anpil lè y'a wè bèt la. Paske li te vivan nan tan lontan, kounyeya li pa la, men li gen pou l parèt ankò.
Senyè a pral souke tè a, li pral ravaje l. Li pral boulvèse l. Tout moun ki rete sou tè a pral kouri gaye toupatou. Pa gen moun nan lavil la. Yo kite kay yo ap tonbe. Tout pòt kay fèmen, moun pa antre la ankò. Nan tout lari moun ap rele paske nanpwen diven ankò. Pa gen fèt rejwisans ankò. Nanpwen kè kontan nan peyi a. Lavil la ap fini, ata pòtay yo fin kraze. Se konsa sa pral ye nan tout peyi sou latè. Se va tankou apre rekòt lè y'ap gole dènye oliv ki rete nan pye oliv yo, lè y'ap fè grapiyay apre rekòt rezen an. Sa ki chape yo pral rele, yo pral chante byen fò ak kè kontan. Y'ap rete bò solèy kouche a, yo pral di jan Senyè a gen pouvwa. Konsa tou, moun ki rete bò solèy leve pral fè lwanj Senyè a. Moun ki rete sou zile nan lanmè a pral fè chante pou Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Byen lwen nan dènye bout latè, nou tande y'ap chante, y'ap fè lwanj pou moun ki mache dwat yo. Men mwen menm, mwen di: Pa gen rechap pou mwen! Pa gen chape pou mwen! Gade nan kisa m ye! Trèt yo ap trayi moun toujou! Chak jou y'ap trayi moun pi rèd! Nou menm ki rete sou latè, se kè sere, se gwo twou, se pèlen ki pare pou nou! Moun k'ap kouri lè y'a tande rèl moun ki pè yo pral tonbe nan twou. Moun k'ap moute sòti nan twou pral pran nan pèlen. Paske gwo lapli a pral tonbe sot nan syèl la. Fondasyon latè pral pran tranble. Latè pral fann, l'ap pete fè miyèt moso. L'ap tranble, l'ap souke tout kò l. Tout moun pral pase, prèt yo kou moun nan pèp la, esklav yo kou mèt yo, sèvant yo kou metrès yo, sa k'ap vann kou sa k'ap achte, sa k'ap bay ponya kou sa k'ap pran ponya, sa k'ap bay kredi kou sa k'ap pran kredi. Latè pral balanse tankou moun sou. Li pral souke tankou yon ti joupa lè van ap soufle fò. Peche lèzòm yo peze lou sou li: l'ap tonbe, li p'ap janm ka leve ankò. Jou sa a, Senyè a pral pini zanj yo ki anwo nan syèl la, l'ap pini tout chèf k'ap gouvènen sou latè. L'ap mete yo ansanm nan prizon nan yon tonm. L'ap fèmen yo nan kacho. Apre yon bon tan, l'ap pini yo. Lalin lan pral vin tou nwa. Solèy la p'ap klere ankò, paske Senyè ki gen tout pouvwa a pral sèl wa. Li pral gouvènen nan lavil Jerizalèm sou tèt mòn Siyon an. Tout chèf fanmi pèp li a pral wè gwo pouvwa li. Yo pral ravaje tout tè a, yo pral piye tout bagay. Senyè a fin pale, se sa ki pou rive.
Si ou konte depi lè yo va aboli ofrann bèt ki pou fèt chak jou a, pou yo mete bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan, kanpe nan Tanp lan, w'ap jwenn mil desankatrevenndis (1.290) jou ki gen pou pase.
Bagay sa a mande anpil bon konprann. Moun ki gen konprann ka resoud pwoblèm nimewo bèt la. Nimewo sa a se non yon moun li ye. Men nimewo a: sisanswasannsis (666).
Ale non, pèp mwen an! Antre lakay nou! Fèmen tout pòt dèyè nou! Kache kò nou pou yon ti tan jouk lè kòlè Bondye a fin pase. Senyè a ap met deyò, li pral pini mezi moun sou latè ki fè krim. Yo pral devwale tout krim yo te fè an kachèt. Yo pral dekouvri kadav tout moun yo te touye.
Apre sa, mwen gade ankò, mwen wè yon nyaj tou blan. Yon moun ki sanble ak yon gason te chita anwo nyaj la. Li te gen yon kouwòn lò sou tèt li ak yon kouto digo byen file nan men li.
Yo pini Babilòn, paske se la yo te jwenn san pwofèt yo ak san pèp Bondye a, ansanm ak san tout moun yo te touye sou latè.
Chèf sa a pral siyen yon kontra solid avèk anpil lòt pèp pandan sètan. Men, sou twazan sis mwa l'ap fè yo sispann touye bèt ak fè ofrann pou Bondye. Yo pral mete bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan chita byen wo nan Tanp lan. L'ap rete la jouk moun ki va mete l la a va kontre ak bout li, jan Bondye pare sa pou li a.
Nou menm moun tout nasyon yo, pwoche pou n koute! Tout pèp sou latè, louvri zòrèy nou! Se pou tout moun ansanm ak tout bagay ki sou latè yo koute! L'ap boule lajounen kou lannwit. Lafimen pral sòti ladan l tout tan san rete. Tè a ap tounen savann pou tout tan tout tan. Moun p'ap janm pase la ankò. Se la koukou ak frize pral fè nich yo. Se la kaw ak malfini pral rete. Senyè a pral fè l tounen yon dezè san anyen ladan li. P'ap gen grannèg pou chwazi wa ankò pou gouvènen peyi a, tout chèf yo ap disparèt. Pikan pral pouse nan tout palè li yo, kwòkachen ak chadwon pral pouse nan tout fò yo. Se la chen mawon pral rete. Se la grangozye pral fè nich yo. Bèt k'ap viv nan dezè yo pral kontre ak chen mawon. Mal yo, yonn pral rele lòt. Se la lagrandyab la pral rete. Se la l'a jwenn yon kote pou l poze kò l. Se la koulèv pral fè nich yo, se la y'ap ponn. Se la y'ap kouve ze yo, se la y'ap okipe pitit yo. Se la malfini karanklou yo pral sanble. Ale gade nan liv Bondye a. Li sa ki ladan l. Pa manke yon sèl nan tout bèt li kreye yo. Yo yonn pa pèdi parèy yo. Se Senyè a menm ki bay lòd sa a. Se lespri li k'ap mete yo ansanm yonn ak lòt. Se li menm menm ki pral separe tè a ba yo chak pòsyon pa yo. Y'ap rete nan peyi a pou tout tan. Peyi a va rele yo pa yo jouk sa kaba. Senyè a fache sou tout nasyon yo nèt, ansanm ak lame sòlda yo. Li kondannen yo tout pou yo mouri, pou yo touye yo tankou bèt y'ap ofri pou touye pou li. Yo p'ap antere kadav moun mouri yo. Y'ap kite yo pouri santi. Tout mòn yo pral wouj ak san. Tou sa ki nan syèl la, solèy, lalin ak zetwal yo, pral disparèt. Yo pral woule syèl la tankou yon woulo papye pote ale. Tou sa ki nan syèl la pral tonbe tankou fèy pye rezen ak fèy pye fig frans lè y'ap jete fèy.
Yon gwo siy parèt nan syèl la: se te yon fanm ki te vlope nan solèy la tankou nan yon rad. Lalin lan te anba pye li. Li te gen douz zetwal kouwonnen tèt li.
Yon lòt siy te parèt nan syèl la tou: se te yon gwo dragon wouj. Li te gen sèt tèt ak dis kòn, ak yon kouwòn sou chak tèt li yo.
Pèsonn pat kapab ni achte ni vann anyen si li pat gen mak sa a, sa vle di si l pat gen non bèt la osinon nimewo ki koresponn ak non l lan.
Yo jete gwo dragon an deyò. Se li menm, sèpan ki la depi lontan an, li menm yo rele dyab la osinon Satan, k'ap plede twonpe tout moun. Yo voye l jete sou latè ansanm ak tout zanj li yo.
Mwen wè fanm lan te sou tèlman li te bwè san moun k'ap sèvi Bondye yo ak san tout moun yo te touye paske yo te pran pozisyon pou Jezi. Lè m wè l, mwen te sezi anpil.
Leve non, lavil Jerizalèm! Leve non! Souke kò ou. Leve non! Ou fin bwè gode chatiman Bondye te ba ou bwè nan kòlè li a. Ou bwè dènye degout ki te nan gode a jouk li fè tèt ou vire! Nanpwen yonn nan tout pitit li fè yo ki la pou moutre l chemen pou l pran. Pa gen yonn nan tout pitit li elve yo ki la pou ba l men. De malè tonbe sou ou yonn dèyè lòt. Ki moun ki ka plenn sò ou? Yo ravaje peyi a, yo fini avè li. Grangou ak lagè fin detwi moun yo. Ki moun ki ka konsole ou? Chonje Abraram, zansèt nou an, ak Sara, manman ki fè nou an! Lè m te rele Abraram, li pat gen pitit. Mwen beni l, mwen ba li anpil pitit. Nan tout kwen lari, moun ou yo kouche atè san konesans. Tankou bèt nan bwa, yo pran nan pèlen. Kòlè Senyè a fè yo sou. Bondye pa nan pale mete la. Se poutèt sa, nou menm, moun lavil Jerizalèm ki nan soufrans, koute pawòl sa yo byen, Koute yo, nou menm ki sou tankou si nou te bwè. Senyè a, Bondye nou an, pale. Men sa Bondye k'ap pran defans pèp li a di: — Mwen pral wete nan men nou gode mwen te ban nou bwè nan kòlè mwen an. Nou p'ap gen pou nou bwè ankò nan gode k'ap fè nou sou a. M'pral mete gode a nan men moun ki t'ap maltrete nou yo, moun ki t'ap di nou yo: Plat atè non pou nou pase. Lè sa a, se do ou ki te sèvi chemen. Se do ou ki te sèvi lari.
Ala malè, mezanmi! Se yon gwo jou malè k'ap vini. Pa gen jou ki ka parèt devan li. Se va yon tan lafliksyon pou fanmi Jakòb la! Men, y'a chape anba l.
Men sa Senyè a, Bondye sèl Mèt la, di ankò: — Malè sou malè pral tonbe sou nou. Lè a fin rive! Nou pa lwen fini nèt! Dènye jou nou yo pa lwen rive. Sa pral fini nèt pou nou tout ki rete nan peyi a. Lè a ap pwoche, jou a pa lwen ankò lè p'ap gen kè kontan sou mòn yo. Se pral yon gwo kouri.
Jou a ap pwoche. Wi, dat pou Senyè a aji a ap pwoche vre. Jou sa a, syèl la ap fèmen. Se va yon jou malè pou nasyon yo.
L'ap pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, l'ap malmennen moun k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. L'ap fè lide chanje tout fèt ak tout prensip lalwa Bondye a. Pandan twazan sis mwa, l'ap kenbe pèp Bondye a anba men l.
L'ap grandi, l'ap vin fò. Men se pa fòs pa l menm k'ap sou li. L'ap fè anpil dega. L'a reyisi nan tou sa l'ap fè. L'a kraze anpil gwo chèf ansanm ak anpil moun nan pèp Bondye a. L'ap rize anpil. L'a reyisi chak fwa l'ap twonpe moun. L'ap fè lwanj tèt li. San bay avètisman, l'ap detwi anpil moun ki t'ap viv ak kè poze. L'ap atake ata pi gwo chèf la, chèf tout chèf yo. Men li menm, rive yon lè l'ap disparèt, san se pa okenn moun ki fè l anyen.
Zanj ki te gen rad swa sou li a, di ankò: — Lè sa a, Michèl, gwo zanj k'ap veye sou pèp ou a, ap parèt. Se pral yon tan kè sere moun po kò janm wè depi yo sou latè. Lè lè a va rive, tout moun ki fè pati pèp ou a epi ki gen non yo ekri nan liv Bondye a, va sove.
Ala yon gwo jou papa! Jou Senyè a pa lwen rive. Se jou Bondye ki gen tout pouvwa a ap vini kraze brize. Jou sa a ap bay gwo lapenn.
Sonnen twonpèt, Sonnen bay siyal sou mòn ki apa pou Bondye a! Se pou tout moun nan peyi Jida a tranble, Paske jou Senyè a pa lwen rive. L'ap pwoche. Tè a souke lè y'ap mache vini. Syèl la tranble. Solèy la ak lalin lan vin tou nwa, zetwal yo pa klere nan syèl la ankò. Senyè a alatèt lame li L'ap pase lòd. Lame a anpil, yo gen fòs Y'ap fè sa li ba yo lòd fè. Ala yon gwo jou se jou Senyè a! Se yon jou pou moun pè tout bon vre. Ki moun ki va rete kanpe apre jou sa a? Senyè a pale, li di: — Menm kounyeya, tounen vin jwenn mwen ak tout kè nou! Fè jèn, kriye kont kò nou, plenn sò nou! Se pa rad sou nou pou nou chire, se kè nou menm pou nou chire pou fè wè jan nou nan lapenn. Tounen vin jwenn Senyè a, Bondye nou an. Li gen bon kè anpil, li gen pitye pou moun. Li pa fache fasil, li p'ap janm sispann renmen nou. Li toujou pare pou padonnen nou. Sa ki konnen? Li ka chanje lide, li ka padonnen nou. Li ka ban nou benediksyon. N'a gen danre ak diven ankò pou fè ofrann bay Senyè a Bondye nou an! Kònen twonpèt sou mòn Siyon an! Bay lòd pou tout moun fè jèn! Mande pou tout moun reyini! Sanble pèp la. Pare tout moun pou fè sèvis. Sanble vye granmoun yo! Reyini tout timoun yo, menm timoun ki nan tete. Ata moun ki fenk marye yo, se pou yo kite kay yo vini tou. Nan lakou ki separe gwo pòtay Tanp lan ak lotèl la, se pou prèt yo, sèvitè Senyè a, pran kriye. Se pou yo di: Pitye, Senyè, pitye pou pèp ou a. Pa kite moun lòt nasyon yo pase moun pa ou yo nan betiz pou fè yo wont, pou yo ta di: Kote Bondye yo a? Lè sa a, Senyè a fè wè jan li renmen peyi li a. Li fè pèp li a gras. Li reponn, li di pèp la konsa: — Bon! Mwen pral ban nou ble, diven ak lwil fre. N'ap gen tou sa n'a bezwen. Mwen p'ap janm kite moun lòt nasyon yo pase nou nan betiz ankò. Se va yon jou ki pral fè nwa kou lank, ak syèl la plen nyaj nwa, yon jou kote nyaj nwa ak pousyè pral kouvri latè. Yon lame krikèt ap vanse. Yo grannèg anpil! Tankou solèy la lè l'ap leve, y'ap kouvri mòn yo. Se bagay nou poko janm wè, bagay nou p'ap janm wè ankò, jouk sa kaba.
Mapral fè mèvèy parèt nan syèl la ak sou latè a. Va gen san, dife ak gwo nyaj lafimen. Solèy la pral vin tou nwa, lalin lan pral vin wouj kou san anvan jou Senyè a va rive. Aa! Se va yon gwo jou, yon jou k'ap fè moun tranble.
Sa pral rèd nèt pou moun ki anvi wè jou Senyè a rive! Kisa jou sa a ap fè pou yo? Se pral yon jou fènwa, se p'ap yon jou limyè. Se va tankou yon nonm k'ap kouri pou lapli, epi li tonbe larivyè. Ou ankò, tankou yon moun ki rive lakay li, li mete men l sou panno kay la, epi yon krab zarenyen mode l. Pèp Izrayèl la tankou yon jenn fi. Li tonbe. Li p'ap janm leve ankò. Men li kouche atè a. Pa gen pèsonn pou ba l men. Jou Senyè a ap vini an, va fè nwa kou lank, p'ap fè klate. Se va yon jou fènwa, san yon ti limyè.
Wi, gwo jou Senyè a pa lwen rive. Sa pral yon gwo jou vre. Li pa lwen rive. L'ap rive byen vit. Jou sa a, sa pral rèd nèt! Ata sòlda ki pi vanyan yo pral rele anmwe. Jou sa a pral yon jou dechennen, yon jou lafliksyon ak kè sere, yon jou kraze brize, yon jou k'ap fè nwè kou lank, yon jou van ak gwo nyaj nwa ap plen syèl la.
Mwen pral fè lavil Jerizalèm fè moun lòt nasyon ki bò kote l yo pèdi tèt yo, tankou moun ki sou. Lè y'a sènen lavil Jerizalèm, yo pral sènen lavil ki nan rès peyi Jida yo tou. Lè sa a, m'ap fè lavil Jerizalèm tounen yon gwo wòch lou kou pwa senkant. Tout nasyon ki va chache leve l va foule anba l. Tout moun sou latè pral mete ansanm pou yo atake l.
Nan tout peyi a, sou chak twa moun, de pral mouri, yonn va rete. Mwen pral pase rès moun sa yo nan dife. Mwen pral netwaye yo menm jan yo netwaye ajan nan dife. Mwen pral wè ki kalite moun yo ye menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon. Y'a lapriyè nan pye m, m'a reponn yo. M'a di yo se pèp pa m yo ye. Y'a di se mwen menm, Senyè a, ki Bondye yo.
Gade! Men jou jijman Senyè a ap rive! Jou sa a, yo pral piye lavil Jerizalèm. Yo pral separe tou sa yo pran ladan li la devan je nou. Tout peyi a pral tounen yon gwo plenn plat, depi Geba nan nò rive Rimon nan sid, ak Jerizalèm nan mitan. Sèl lavil Jerizalèm pral rete byen wo. L'ap sòti depi Pòtay Benjamen an rive nan pòtay Kwen an, kote premye pòtay la te ye a, depi Fò Annanyèl rive nan moulen rezen wa a. Moun va rete la nan lavil la, malè p'ap tonbe sou yo. Y'a viv ak kè poze lavil Jerizalèm. Senyè a pral voye yon gwo maladi sou tout nasyon ki te fè lagè ak Jerizalèm. Y'ap rete kanpe sou de pye yo, epi tout vyann kò yo ap pouri. Grenn je yo pral pouri nan tèt yo, lang yo ap pouri nan bouch yo. Jou sa a, Senyè a pral fè yo pèdi tèt yo pran kouri. Yo pral tonbe yonn sou lòt, yonn pral touye lòt. Sòlda peyi Jida yo pral goumen tou pou defann lavil Jerizalèm, yo pral ranmase dènye richès moun lòt nasyon ki sou fontyè yo: lò, ajan ak rad an kantite. Menm maladi a pral tonbe tou sou chwal, milèt, chamo, bourik, sou tout bèt ki te nan kan lènmi yo. Nan moun lòt nasyon ki t'ap fè lagè ak lavil Jerizalèm yo, genyen ki va chape, ki p'ap mouri. Moun sa yo va moute chak lanne lavil Jerizalèm pou yo adore Senyè ki gen tout pouvwa a, Wa a. Y'a fete fèt Tant yo. Si yon nasyon va derefize moute lavil Jerizalèm pou yo adore Senyè ki gen tout pouvwa a, Wa a, yon ti degout lapli p'ap tonbe nan peyi yo a menm. Si moun peyi Lejip yo derefize moute al fete fèt la, menm maladi Senyè a te voye sou moun ki derefize moute yo va tonbe sou yo tou. Se chatiman sa a ki pral tonbe sou peyi Lejip ansanm ak tout lòt nasyon ki va derefize moute pou fete fèt Tant yo. Senyè a pral sanble tout nasyon yo pou y'al fè lagè ak lavil Jerizalèm. Y'ap pran lavil la, y'ap piye tout kay yo, y'ap fè kadejak sou medam yo. Yo pral depòte mwatye nan moun yo. Men, rès pèp la ap rete nan lavil la.
Jezi reponn yo: — Atansyon pou pèsonn pa twonpe nou. Lè sa a, dezòm ap nan menm jaden, y'a pran yonn, y'a kite yonn. De fanm k' ap moulen ansanm, y'a pran yonn, y'a kite yonn. — Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske nou pa konnen ki jou Mèt nou va vini. Se yon bagay nou tout dwe konnen: Si mèt kay la te konnen kilè nan lannwit lan vòlò a t'ap vini, li ta veye, li pa ta kite l kase kay la. Se pou sa tou, nou menm se pou nou toujou pare, paske Moun Bondye voye nan lachè a ap vini lè nou pa ta kwè. — Ki moun ki ka di li se yon jeran entelijan ki fè tout travay li byen? Se moun sa a mèt kay la va mete pou veye sou moun nan kay la, pou bay lòt domestik yo manje lè pou yo manje. Se va bèl bagay pou domestik la si mèt la jwenn li ap fè travay li lè l tounen lakay li. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Mèt la va mete l reskonsab tout byen l yo. Men, si domestik sa a se yon move moun, l'ap di nan kè l: Mèt mwen ap fè reta. Li poko ap vini. L'ap tonbe bat kanmarad li yo, l'ap rete ap plede manje, ap plede bwè ak tafyatè. Paske, anpil moun va vini sou non mwen, y'a di se yo menm ki Kris la. Y'a twonpe anpil moun.
Nou pral tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè k'ap fèt byen lwen. Koute sa m'ap di nou byen: nou pa bezwen pè. Paske, fòk bagay sa yo rive. Men, se p'ap ankò lafen an sa. Yon pèp pral leve goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi. Va gen anpil grangou, va gen tranblemanntè divès kote. Tou sa, se va tankou tranche anvan akouchman.
— Lè nou va wè bagay dwòl nou pa ta renmen wè a, bagay pwofèt Danyèl te pale sou li a, vin chita nan Tanp ki apa pou Bondye a, lè sa a, se pou moun k'ap li chache konprann byen sa y'ap li a Lè sa a, tout moun ki nan peyi Jide pral blije sove al nan mòn. Moun ki anlè teras kay yo, yo p'ap gentan desann pran zafè yo. Moun ki nan jaden pa bezwen tounen lakay yo al pran rechanj. Lè sa a, se p'ap de doulè pou fanm ansent ak nouris yo. Men li di yo: — Nou wè tout bagay sa yo! Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Yon lè p'ap gen de wòch k'ap rete kanpe yonn sou lòt. Tou sa pral kraze nèt vide atè. Lapriyè Bondye pou jou n'a gen pou n kouri a pa rive ni nan tan fredi, ni yon jou saba. Paske lè sa a, va gen yon gwo lafliksyon moun poko janm wè depi nan konmansman lè Bondye t'ap kreye latè a jouk jòdi a. P'ap janm gen yon lòt tankou l ankò. Si yo pat wete kèk jou sou jou sa yo, pèsonn pa ta sove. Men, y'a wete sou jou sa yo poutèt moun Bondye chwazi yo.
— Kou jou lafliksyon sa yo fin pase, solèy la p'ap klere ankò, lalin lan p'ap bay limyè l ankò, zetwal yo va sòti tonbe nan syèl la. Pouvwa yo ki nan syèl la va pran tranble. Jezi te chita sou mòn Olivye yo. Disip li yo te poukont yo ak li. Yo pwoche bò kote li, yo mande li: — Di nou non kilè sa va rive? Di nou ki siy ki va fè nou konnen lè w'ap vini an, lè tan sa a va fini nèt? Lè sa a, n'a wè siy nan syèl la k'ap fè nou konnen Moun Bondye voye nan lachè a ap tounen. Lè sa a, tout nasyon ki sou latè va pran kriye. Y'a wè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini anwo nyaj yo nan syèl la, avèk pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay.
Lè n'a tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè k'ap fèt byen lwen, nou pa bezwen pè. Fòk bagay sa yo rive. Men, se p'ap ankò lafen an sa. Yon pèp va goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi. Va gen tranblemanntè divès kote. Va gen anpil grangou. Tou sa, se va tankou tranche anvan akouchman.
Nou gen pou nou wè bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan, chita kote l pat dwe ye. (Se pou tout moun k'ap li sa a chache konprann.) Lè sa a, tout moun ki nan peyi Jide va blije al nan mòn. Se pou moun ki sou teras kay yo pa desann, ni antre pran afè yo. Moun ki nan jaden p'ap bezwen tounen lakay yo pou pran rechanj yo. Lè sa a, se p'ap de lapenn pou fanm ansent ak nouris yo. Lapriyè Bondye pou bagay sa yo pa rive nan tan fredi. Paske jou sa a, n'a wè lafliksyon moun poko janm wè depi latè egzis. P'ap janm gen lòt lafliksyon tankou li konsa ankò. Jezi reponn li: — Ou wè gwo batisman sa a: Yon lè, p'ap gen de wòch k'ap rete kanpe yonn sou lòt ladan li. Tou sa pral kraze nèt vide atè. Si Mèt la pa te deside wete kèk jou sou jou sa yo, pesonn pa t'ap ka sove. Men li wete sou jou sa yo poutèt moun li chwazi mete apa pou li yo.
Men nan tan sa a, apre jou lafliksyon sa yo, solèy la p'ap klere ankò, lalin lan p'ap bay limyè. Zetwal yo va sot tonbe nan syèl la, pouvwa yo ki nan syèl la va tranble.
Sa ki te rive nan tan Noye a se sa k'ap rive tou lè jou a va rive pou Moun Bondye voye nan lachè a vini. Moun t'ap manje, yo t'ap bwè, moun t'ap marye, yo t'ap marye pitit fi yo. Se konsa tout bagay te ye, jouk jou Noye te antre nan gwo batiman an. Lè inondasyon an fèt, li touye yo tout. Sa ki te rive nan tan Lòt la va rive menm jan an tou. Moun t'ap manje, yo t'ap bwè, yo t'ap achte, yo t'ap plante, yo t'ap bati. Men, jou Lòt soti kite lavil Sodòm lan, dife grennen kou lapli sot nan syèl la tonbe sou yo. Yo tout peri. Veye kò nou byen. — Si frè ou tonbe nan peche, rale zòrèy li. Si l chanje konpòtman li, padonnen li. Se va menm jan an tou lè jou a va rive pou Moun Bondye voye nan lachè a parèt.
— Lè n'a wè yon bann lame ap sènen lavil Jerizalèm toupatou, n'a konnen lè sa a yo prèt pou kraze l nèt. Wi, lè sa a tout moun ki nan peyi Jide, se sove al nan mòn. Moun ki nan mitan lavil Jerizalèm, se kouri met deyò. Moun ki nan jaden p'ap bezwen antre lavil. Jou sa yo, se va Jou Chatiman, lè tou sa ki te ekri nan Liv la pral rive.
— Gen siy ki pou parèt nan solèy, nan lalin ak nan zetwal yo. Sou latè menm, tout pèp yo pral pran tranble, yo p'ap konn sa pou yo fè devan gwo bri lanmè a ap fè ak lanm li yo. Gen moun k'ap mouri tèlman y'ap pè lè y'a chonje malè ki pral rive sou tout latè, paske pouvwa ki nan syèl yo va tranble.
Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n soufri anpil sou latè. Men, pran kouray, lemonn deja pèdi devan mwen.
Mwen pral fè mèvèy parèt anwo nan syèl la, mwen pral fè mirak anba sou latè! Va gen san, dife ak gwo nyaj lafimen. Yo rete konsa, epi yon sèl bri sot nan syèl la tankou yon gwo van k'ap soufle. Li plen tout kay kote yo te chita a. Solèy la pral vin tou nwa. Lalin lan pral vin wouj kou san, anvan jou Mèt la rive. Se va yon gwo jou, yon bèl jou tou!
Men, w'ap fè tèt di. Ou pa sòti pou chanje lavi ou. Se poutèt sa, w'ap pare yon pi gwo chatiman mete la tann ou pou jou Bondye va fè wè kòlè li ansanm ak jijman li k'ap fèt san patipri.
Pou mwen, nou pa ka konpare sa n'ap soufri kounyeya ak bèl bagay Bondye pral fè nou wè yo. Tout kreyasyon an ap tann konsa kilè Bondye ap fè pitit li yo parèt.
anvan nou bat je nou, lè dènye kout klewon an va kònen. Paske, lè klewon an va kònen, moun ki te mouri deja yo va leve sòti vivan pou yo pa janm mouri ankò. Apre sa, nou tout nou va chanje fòm.
Sa m'ap sibi kounyeya, se yon ti soufrans ki la pou pase. Men, soufrans sa a ap pare pou mwen yon bèl pouvwa k'ap la pou tout tan, pouvwa ki depase ti soufrans sa a anpil. Paske, mwen p'ap konsidere bagay moun wè, men bagay moun pa wè. Sa moun wè, se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa wè, se bagay ki la pou tout tan.
Lespri Bondye te di sa byen klè: nan dènye tan an, gen moun k'ap lage konfyans yo nan Bondye. Yo pral obeyi yon bann lespri k'ap bay manti, yo pral swiv yon bann pawòl ki sòti nan move lespri yo.
Mete sa byen nan tèt ou: nan dènye jou yo, tan an pral difisil anpil. Men, ou menm, ou te swiv mwen pye pou pye nan tout bagay: nan verite mwen moutre moun yo, nan jan mwen mennen lavi mwen, nan lide m mete nan tèt mwen, nan konfyans mwen gen nan Bondye, nan pasyans mwen, nan renmen mwen gen nan kè m, nan jan mwen kenbe fèm, nan pèsekisyon mwen ak nan soufrans mwen. Ou konnen tou sa ki te rive m Antyòch, Ikonyòm ak List, ki kalite pèsekisyon mwen te sipòte. Men, Bondye te delivre m anba yo tout. Tout moun ki vle rete viv fidèl ak Jezikri, yo gen pou yo soufri pèsekisyon. Men, mechan k'ap fè bagay pou twonpe moun yo pral pi lwen toujou nan mechanste yo, yo toujou ap twonpe moun, y'ap kite moun twonpe pwòp tèt yo tou. Kanta ou menm, se pou ou kenbe fèm sa yo te moutre ou la, sa ou te resevwa ak fèm konviksyon, paske ou konnen nan men ki moun ou te aprann yo. Depi ou te tou piti, ou konnen sa ki nan Liv Bondye a. Se liv sa a k'ap ba ou bon konprann, bon konprann ki fè moun rive delivre, gremesi konfyans yo gen nan Jezikri. Tou sa ki ekri [ nan liv la ] se Bondye ki enspire yo. Yo itil pou moutre verite, pou konbat erè, pou korije, pou moutre jan pou viv dwat. Konsa, yon moun k'ap sèvi Bondye, li tou pare, li gen tou sa li bezwen pou l fè tou sa ki byen. Moun pral fè rayisab, y'ap renmen lajan, y'ap fè grandizè, lògèy ap vire tèt yo, y'ap pale Bondye mal, y'ap dezobeyi papa ak manman yo, y'ap engra, y'ap san okenn respè pou bagay Bondye. Kè yo ap di, y'ap san pitye, y'ap pale moun mal, y'ap fè gwo kòlè, y'ap brital. Yo p'ap vle wè sa ki byen menm. Y'a trèt, y'a fè kòlè fasil, lògèy va gonfle lestomak yo. Y'ap pito zanmi plezi pase yo zanmi Bondye. Y'ap fè tankou y'ap sèvi Bondye. Men, yo pa kwè nan pouvwa Bondye a tout bon vre. Pa mele ak moun konsa menm.
Nou mèt pè kont kò nou. Yon sèl bagay ki rete pou nou fè, se rete tann jijman an ansanm ak gwo dife ki gen pou vin detwi tout lènmi Bondye yo.
Nan tan lontan, lè Bondye te pale, tè a te tranble. Men, kounyeya, li fè nou pwomès sa a: Yon lòt fwa, se pa latè a ase m'ap fè tranble. M'ap fè syèl la tranble tou. Lè li di yon lòt fwa, li fè konprann lè sa a se tout bagay Bondye kreye yo ki pral tranble. Yo pral disparèt. Konsa se bagay ki byen fèm yo k'ap rete.
Kounyeya, nou menm moun rich yo, se pou nou m'ap pale: Nou mèt konmanse kriye, konmanse pouse rèl pou malè ki pral tonbe sou nou yo. Frè m yo, chonje pwofèt yo ki te pale nan non Mèt la. Pran egzanp sou yo, pou jan yo te gen pasyans lè yo t'ap soufri. Paske yo te soufri ak pasyans, nou di yo se moun Bondye beni. Nou tande ki jan Jòb te gen pasyans, nou wè bout pou bout sa Bondye te fè pou li, paske Bondye gen bon kè, li gen kè sansib. Anvan tout lòt bagay, frè mwen yo, men sa ki enpòtan: Piga nou sèmante ni sou syèl la, ni sou latè a, ni sou tèt okenn lòt bagay. Yon sèl pawòl pou nou genyen: se wi, se non. Konsa nou p'ap tonbe anba jijman Bondye. Si yon moun nan nou ap soufri, se pou li lapriyè. Si yon moun nan nou gen kè kontan, se pou l chante kantik. Si yon moun nan nou malad, se pou l rele chèf reskonsab yo nan legliz la. Y'a lapriyè pou li, y'a pase lwil sou li nan non Senyè a. Lè lapriyè a fèt ak konfyans, li va delivre malad la. Senyè a va fè l leve gaya. Si li te fè kèk peche, Bondye va padonnen li. Se pou nou konfese peche nou yo yonn bay lòt. Se pou yonn lapriyè pou lòt, pou nou kapab geri. Lè yon moun ap viv dwat devan Bondye, lapriyè moun sa a gen anpil pouvwa. Pwofèt Eli te yon moun menm jan ak nou. Li te lapriyè rèd pou lapli pat tonbe. Konsa vre, lapli pa tonbe pandan twazan sis mwa. Apre sa, li lapriyè ankò. Lè sa a, syèl la louvri, lapli tonbe, latè bay bèl rekòt. Frè m yo, si yonn nan nou pèdi chemen laverite a, epi yon lòt frè mennen l tounen ankò, Richès nou yo fin pouri. Vèmin fin manje rad nou yo. konnen sa byen: lè yon moun pèdi chemen l poutèt peche li yo, si yon lòt mennen l tounen, se yon nanm li rache anba lanmò. Anmenmtan, li jwenn padon pou anpil peche. Lò nou ak lajan nou fin wouye. Lawouy pral kanpe pou akize nou, li va devore nou tankou dife. Nou fè kont move lajan nou nan dènye tan sa yo.
Frè m yo, nou pa bezwen sezi devan gwo eprèv sa yo k'ap tonbe sou nou tankou yon gwo dife. Nou pa bezwen konprann sa se yon bagay estraòdinè k'ap rive nou la a. Okontrè, fè kè n kontan. Paske, menm jan nou patisipe nan soufrans Kris yo, konsa tou n'a kontan nèt ale lè gwo pouvwa Kris la va parèt.
Konsa, Bondye konnen ki jan pou l delivre moun k'ap sèvi l yo nan mitan eprèv. Men, li kite mechan yo pou l ka pini yo jou jijman an,
Anvan tout bagay se pou nou konprann sa byen: lè dènye jou yo va rive, gen moun ki pou parèt k apral pase bagay Bondye yo anba rizib. Se moun k'ap viv dapre tout vye lanvi yo genyen. Y'a di: Kote pwomès li te fè nou an? Li pa te di li t'ap vini! Depi sou tan zansèt nou yo jouk jodi a, tout bagay rete menm jan an depi latè fin kreye.
Men, jou Senyè a ap vini sou nou tankou yon vòlò nan mitan lannwit. Lè sa a, syèl la pral disparèt ak yon gwo gwo bri. Tout bagay pral pran dife, y'ap fonn nèt. Latè ak dènye bagay ki ladan l va boule, y'ap tounen sann.
Pitit mwen yo, dènye jou a pa lwen rive. Nou tande yo te di nou moun k'ap goumen ak Kris la gen pou vini. Men kounyeya, se yon bann moun ki kanpe pou konbat Kris la. Se sa ki fè nou konnen dènye jou a pa lwen rive ankò.
Yo te di nou konsa: Lè dènye jou yo va rive, va gen anpil moun k'ap san respè pou bagay Bondye yo, moun k'ap pase nou anba betiz, moun k'ap viv dapre vye lide lanvi yo genyen.
Menm jan ou te kenbe lòd mwen te ba ou lè m te mande ou pou te pran pasyans lan, konsa tou, m'a kenbe ou, m'a pwoteje ou nan malè ki pral vin sou tout latè a. Se va yon gwo eprèv pou tout moun ki sou latè.
Apre sa mwen wè ti Mouton an kase yonn nan sèt sele yo. Lè sa a, mwen tande yonn nan kat bèt vivan yo pale, ou ta di yon kout loray. Li di: — Vini non! Yo t'ap rele byen fò: — O Mèt, ou menm ki sen, ou menm ki verite a, konbe tan ou gen pou tann ankò anvan pou ou vini jije moun ki rete sou latè a, pou ou vin pini yo paske yo te touye nou? Yo ba yo chak yon rad blan mete sou yo. Apre sa, yo mande yo pran pasyans pou yon ti tan ankò, jouk kantite frè ak kanmarad sèvis ki gen pou mouri tankou yo a fin kont. Apre sa, mwen wè ti Mouton an kase sizyèm sele a. Lè sa a, yon gwo tranblemanntè fèt, solèy la vin tou nwa, tankou yon gwo moso twal nwa byen pwès. Lalin lan menm te vin tou wouj tankou san. Zetwal yo menm t'ap soti nan syèl la tonbe sou latè tankou mango vèt lè gwo van soufle. Syèl la disparèt nèt tankou yon woulo papye yo vlope. Yo rache tout mòn yo ak tout zile yo, yo mete yo yon lòt kote. Tout wa sou latè, chèf, kòmandan, moun rich, grannèg ansanm ak tout lòt moun, kit yo esklav, kit yo lib, yo tout al kache nan twou wòch ak dèyè gwo wòch nan mòn yo. Yo t'ap pale ak mòn yo ansanm ak wòch yo tankou ak moun. Yo t'ap di yo: — Tonbe sou nou. Kache nou pou moun ki chita sou fòtèy la pa wè nou, pou kòlè ti Mouton an pa tonbe sou nou. Paske, gwo jou kòlè a rive. Ki moun ki ka kenbe tèt avèk li? Mwen gade, mwen wè yon chwal blan. Moun ki te moute l la te kenbe yon banza nan men l. Yo ba l yon kouwòn met sou tèt li. Li pati tankou yon moun ki fin genyen yon batay men ki sòti pou l genyen ankò.
Apre sa, ti Mouton an kase dezyèm sele a. Mwen tande dezyèm bèt vivan an ki t'ap di: — Vini non! Lè sa a, yon lòt chwal koulè wouj sòti. Moun ki te moute l la resevwa pouvwa pou l mete lagè toupatou sou latè, pou lèzòm ka yonn touye lòt. Yo ba l yon gwo nepe kenbe nan men li.
Apre sa, ti Mouton an kase twazyèm sele a. Mwen tande twazyèm bèt vivan an ki t'ap di: — Vini non! Mwen gade, mwen wè yon chwal nwa. Moun ki te moute l la te kenbe yon balans nan men li. Mwen tande yon vwa ki sòti nan mitan kat bèt vivan yo ki t'ap di: — Yon mezi diri pou yon jounen travay. Twa mezi pitimi pou yon jounen travay. Men, pa manyen ni lwil la ni diven an.
Apre sa, ti Mouton an kase katriyèm sele a. Mwen tande katriyèm bèt vivan an ki t'ap di: — Vini non! Mwen gade, mwen wè yon chwal koulè vèt. Moun ki te moute l la te rele lanmò. Moun ki kanpe pou kote mò yo ye a t'ap mache dèyè li. Yo ba yo pouvwa sou yon ka (¼) latè a, pou yo touye moun ak nepe, ak grangou, ak maladi, ak bèt nan bwa ki sou latè.
Apre sa, mwen wè ti Mouton an kase sizyèm sele a. Lè sa a, yon gwo tranblemanntè fèt, solèy la vin tou nwa, tankou yon gwo moso twal nwa byen pwès. Lalin lan menm te vin tou wouj tankou san. Zetwal yo menm t'ap soti nan syèl la tonbe sou latè tankou mango vèt lè gwo van soufle. Syèl la disparèt nèt tankou yon woulo papye yo vlope. Yo rache tout mòn yo ak tout zile yo, yo mete yo yon lòt kote. Tout wa sou latè, chèf, kòmandan, moun rich, grannèg ansanm ak tout lòt moun, kit yo esklav, kit yo lib, yo tout al kache nan twou wòch ak dèyè gwo wòch nan mòn yo. Yo t'ap pale ak mòn yo ansanm ak wòch yo tankou ak moun. Yo t'ap di yo: — Tonbe sou nou. Kache nou pou moun ki chita sou fòtèy la pa wè nou, pou kòlè ti Mouton an pa tonbe sou nou. Paske, gwo jou kòlè a rive. Ki moun ki ka kenbe tèt avèk li?
Apre sa, yonn nan granmoun yo mande mwen: — Moun sa yo ki gen rad tou blan sou yo a, ki moun yo ye? Ki bò yo sòti? Mwen reponn li: — Se ou menm ki konnen wi, mèt mwen. Lè sa a, li di mwen: — Se moun ki pase anba gwo pèsekisyon an. Yo lave rad yo, yo blanchi yo nan san ti Mouton an.
Lè ti Mouton kase dezyèm sele a, pandan yon demiyè tan, ou pa te tande ankenn bri nan syèl la. Apre sa, twazyèm zanj lan kònen klewon l lan. Yon gwo zetwal ki t'ap boule tankou yon bwa chandèl tonbe sòti nan syèl la. Li tonbe sou yon tyè nan tout larivyè ak sous dlo yo. Yo te rele zetwal sa a: Lapsent. Yon tyè nan tout dlo yo vin anmè kou fyèl. Anpil moun ki te bwè dlo sa a te mouri, paske dlo a te vin anmè. Apre sa, katriyèm zanj lan kònen klewon l lan. Yon tyè nan solèy la, yon tyè nan lalin lan, ak yon tyè nan zetwal yo domaje. Konsa, yo tout yo pèdi yon tyè nan limyè yo konn bay la. Pandan yon tyè lajounen an te fè nwa kou lank. Konsa tou, pandan yon tyè lannwit lan te fè tou nwa. Mwen gade ankò, mwen tande yon gwo malfini ki t'ap vole byen wo nan syèl la. Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: — Ala de malè! Sa pral rèd nèt pou moun ki sou latè a, lè kout klewon twa lòt zanj yo va kònen. Apre sa, mwen wè sèt zanj ki te kanpe devan Bondye. Yo ba yo sèt klewon.
Premye zanj lan kònen klewon l lan. Lagrèl, dife mele ak san tonbe sou latè. Yon tyè nan latè ak yon tyè nan pyebwa yo boule ansanm ak tout zèb vèt yo.
Apre sa, dezyèm zanj lan kònen klewon l lan. Menm lè a, yo jete yon bagay tankou yon gwo mòn k'ap boule nan lanmè a. Yon tyè dlo lanmè a tounen san. Yon tyè nan tout bèt vivan nan lanmè a mouri. Yon tyè nan batiman ki sou lanmè a peri.
Apre sa, twazyèm zanj lan kònen klewon l lan. Yon gwo zetwal ki t'ap boule tankou yon bwa chandèl tonbe sòti nan syèl la. Li tonbe sou yon tyè nan tout larivyè ak sous dlo yo. Yo te rele zetwal sa a: Lapsent. Yon tyè nan tout dlo yo vin anmè kou fyèl. Anpil moun ki te bwè dlo sa a te mouri, paske dlo a te vin anmè.
Apre sa, katriyèm zanj lan kònen klewon l lan. Yon tyè nan solèy la, yon tyè nan lalin lan, ak yon tyè nan zetwal yo domaje. Konsa, yo tout yo pèdi yon tyè nan limyè yo konn bay la. Pandan yon tyè lajounen an te fè nwa kou lank. Konsa tou, pandan yon tyè lannwit lan te fè tou nwa.
Apre sa, senkyèm zanj lan kònen klewon l lan. Mwen wè yon zetwal sòti nan syèl la tonbe sou latè. Yo ba l kle pou louvri pi ki mennen desann nan gwo twou san fon an. Yo gen menm ke ak eskòpyon, ak yon pikan nan pwent ke a. Se avèk ke yo yo te gen pouvwa fè moun mechanste pandan senk mwa. Yo te gen yon wa alatèt yo. Se zanj gwo twou san fon an. Yo rele li Abadon nan lang ebre yo epi Apolyon nan lang grèk yo, ki vle di: moun k'ap kraze brize a. Premye malè a te pase. Te gen de lòt malè ankò ki te gen pou vini apre sa. Lè sa a, sizyèm zanj lan kònen klewon l lan. Mwen tande yon vwa ki t'ap sòti nan kat kwen lotèl an lò ki te devan Bondye a. Vwa a pale ak sizyèm zanj ki te kenbe klewon an. Li di li konsa: — Lage kat zanj ki mare nan chenn bò gwo larivyè Lefrat la. Yo lage kat zanj yo. Yo te pare yo pou sa menm, pou lè sa a, pou jou sa a, nan mwa sa a, nan lanne sa a, pou yo te ka touye yon moun sou chak twa moun ki sou latè. Yo di m kantite sòlda sou chwal ki te genyen: Te gen desan milyon. Men ki jan mwen te wè chwal yo ak kavalye yo nan vizyon an: Kavalye yo te gen yon kalite chemiz an fè pou pwoteje lestonmak yo. Chemiz yo te wouj kou dife, ble kou digo, jòn kou safran. Tèt chwal yo menm te tankou tèt lyon. Dife ansanm ak lafimen epi souf t'ap sòti nan bouch yo. Twa bagay sa yo ki t'ap sòti nan bouch chwal yo, se te twa kalamite ki te touye yon moun sou chak twa moun sou latè. Paske se nan bouch yo chwal yo te gen tout pouvwa sa a ansanm ak nan ke yo. Baton ke yo menm te sanble ak sèpan: yo te gen yon tèt pou yo te fè moun mechanste. Zetwal la louvri pi ki mennen nan gwo twou san fon an. Yon gwo lafimen sòti ladan l, tankou lafimen yon gwo fou k'ap boule. Lafimen ki t'ap sòti nan pi a bouche solèy la. Syèl la vin tou nwa.
Yon bann krikèt vèt soti nan lafimen an, yo gaye kò yo toupatou sou latè. Yo ba yo menm pouvwa ak eskòpyon. Yo te di yo pou yo pa te fè malè sou onkenn zèb, ni okenn pyebwa, ni sou okenn lòt plant. Se sou moun sèlman pou yo te fè malè. Epi se pa sou tout moun non, se sèlman sou moun ki pa gen letanp Bondye sou fwon yo. Krikèt yo pat gendwa touye moun sa yo. Men, pandan senk mwa yo te gendwa fè yo soufri. Krikèt yo fè moun yo soufri tankou si se eskòpyon ki te mòde yo. Pandan senk mwa sa yo, moun va chache lanmò, men yo p'ap jwenn lanmò. Y'a anvi mouri, men lanmò va pase lwen yo.
Lè sa a, sizyèm zanj lan kònen klewon l lan. Mwen tande yon vwa ki t'ap sòti nan kat kwen lotèl an lò ki te devan Bondye a. Vwa a pale ak sizyèm zanj ki te kenbe klewon an. Li di li konsa: — Lage kat zanj ki mare nan chenn bò gwo larivyè Lefrat la. Yo lage kat zanj yo. Yo te pare yo pou sa menm, pou lè sa a, pou jou sa a, nan mwa sa a, nan lanne sa a, pou yo te ka touye yon moun sou chak twa moun ki sou latè.
Twa bagay sa yo ki t'ap sòti nan bouch chwal yo, se te twa kalamite ki te touye yon moun sou chak twa moun sou latè.
M'ap voye de temwen mwen yo ak rad dèy yo sou yo pou yo pibliye mesaj Bondye a pandan mildesanswasant jou.
Nasyon yo te move anpil, paske lè a rive, ou pral fè wè kòlè ou. Tout moun mouri yo pral pase anba jijman. Lè a rive, ou pral bay pwofèt yo, sèvitè ou yo, rekonpans yo, ansanm ak tout moun ki pou ou yo epi ki gen krentif pou ou, piti kou gran. Wi, lè a rive pou ou detwi moun k'ap detwi latè a!
Se poutèt sa, fè kè n kontan, nou menm syèl ak tout moun ki rete nan syèl la. Men, malè pou latè ak lanmè, paske Satan desann sou nou. Li move anpil, paske li konnen pa rete l anpil tan ankò.
Se pa ti move dragon an te move sou fanm lan. L'al goumen avèk lòt pitit fanm lan, sa vle di ak tout moun k'ap obeyi kòmandman Bondye yo, k'ap kenbe fèm nan verite Jezi te fè nou konnen an.
Bèt la te resevwa pouvwa pou l te di tout kalite pawòl awogan pou joure Bondye. Yo ba l pouvwa fè sa l vle pandan karannde mwa. Bèt la pran pale Bondye mal, li pase non Bondye nan betiz ansanm ak kote Bondye rete a, ak tout moun ki rete nan syèl la. Yo ba l pouvwa pou l fè lagè ak tout moun k'ap sèvi Bondye yo, jouk pou l te genyen batay la. Yo ba l pouvwa sou moun tout ras, tout peyi, tout lang ak tout nasyon. Tout moun sou latè pral adore l, sa vle di tout moun ki pat gen non yo ekri nan liv ki gen non moun ki gen lavi a depi lè Bondye t'ap kreye tout bagay la, liv ki pou ti Mouton yo te touye a.
Apre sa, mwen wè yon lòt bèt ki sòti anba tè a. Li te gen de kòn tankou kòn mouton, li t'ap pale tankou yon dragon. Li pran tout pouvwa premye bèt la pou l te kòmande devan je li. Li fòse latè ak tout moun ki sou latè pou yo adore premye bèt ki te blese amò men ki te geri a. Dezyèm bèt la t'ap fè anpil gwo mirak, li fè dife sòti nan syèl la desann sou latè devan tout moun. Moun ki rete sou latè yo te pèdi tèt yo lè yo wè mirak yo te ba l dwa fè devan je premye bèt la. Li mande yo pou yo fè yon estati bèt ki te blese amò ak kout nepe a men ki te byen vivan an. Dezyèm bèt la resevwa pouvwa pou l te fè estati premye bèt la tounen vivan. Konsa, estati a ka pale, li ka touye moun ki pa adore li. Bèt la te egzije pou tout moun, piti kou gran, rich kou pòv, esklav kou lib, pou yo te resevwa yon mak sou men dwat yo osinon sou fwon yo. Pèsonn pat kapab ni achte ni vann anyen si li pat gen mak sa a, sa vle di si l pat gen non bèt la osinon nimewo ki koresponn ak non l lan.
Apre sa, mwen gade ankò, mwen wè yon nyaj tou blan. Yon moun ki sanble ak yon gason te chita anwo nyaj la. Li te gen yon kouwòn lò sou tèt li ak yon kouto digo byen file nan men li. Yon lòt zanj sòti nan tanp lan, li pran pale ak moun ki te chita sou tèt nyaj la. Li di l byen fò: — Pran kouto digo ou la, sèvi avè l pou ranmase rekòt la. Paske, sezon rekòt la rive. Latè pare pou rekòt la. Lè sa a, moun ki te chita anwo nyaj la pase kouto digo l la sou latè. Menm lè a, tout rekòt la fèt sou latè. Yon lòt zanj sòti nan tanp ki nan syèl la. Li menm tou li te gen yon kouto digo byen file nan men l. Yon lòt zanj ankò sòti bò lotèl la, li menm li te gen pouvwa sou dife. Li pale ak zanj ki te gen kouto digo file a, li di l byen fò: — Pran kouto digo ou la, sèvi avè l pou koupe tout grap rezen ki sou tè a, paske rezen yo mi. Lè sa a, zanj lan pase kouto digo l la sou latè, li koupe tout grap rezen ki sou latè a, li jete yo nan moulen rezen an kote kòlè Bondye a ap kraze yo. Mwen tande yon vwa ki sòti nan syèl la: se te tankou bri yon gwo dlo k'ap tonbe nan yon kaskad, ou ankò yon gwo kout loray. Vwa mwen tande a te tankou yon mizik lè anpil moun ap jwe gita. Yo kraze tout rezen yo nan moulen andeyò lavil la. San t'ap koule sòti nan moulen an tankou dlo larivyè, li kouvri yon distans twasan (300) kilomèt konsa, li moute, li rive wotè bouch chwal yo.
Apre sa, mwen wè yon lòt siy nan syèl la, yon gwo siy ki pou fè moun sezi: sèt zanj ki te kenbe sèt kalamite. Se te sèt dènye kalamite yo. Apre yo, Bondye ap sispann fè kòlè.
Apre sa, mwen tande yon vwa ki t'ap sòti nan tanp lan. Li t'ap pale ak sèt zanj yo, li t'ap di yo byen fò: — Ale vide sèt gode kòlè Bondye a sou latè. Senkyèm zanj lan vide gode pa l la sou fòtèy bèt ki te wa a. Tout peyi bèt la tonbe nan fènwa. Moun t'ap mòde lang yo tèlman yo t'ap soufri. Yo t'ap joure Bondye nan syèl la poutèt doulè ak maleng yo t'ap soufri yo. Men, yo pat sispann fè mal yo t'ap fè a. Sizyèm zanj lan vide gode pa l la nan gwo larivyè Lefrat la. Rivyè a cheche pou l te ka kite wa ki sòti bò kote solèy leve yo pase. Apre sa, mwen wè twa move lespri ki t'ap sòti yonn nan bouch dragon an, yonn nan bouch bèt la, yonn nan bouch fo pwofèt la. Yo te tankou krapo. Se te twa move lespri ki t'ap fè gwo mirak. Yo pral sanble dènye wa ki sou latè pou batay ki pral fèt nan gwo jou Bondye ki gen tout pouvwa a. Koute, m'ap vini tankou yon vòlè. Benediksyon pou moun ki pa kite dòmi pran yo, ki kenbe tout rad yo sou yo pou yo pa mache toutouni, pou yo pa wont moun wè yo konsa! Lespri yo sanble tout wa yo yon kote yo rele nan lang ebre a: Amagedon. Setyèm zanj lan vide gode pa l la nan lè a. Yon gwo vwa pran pale nan tanp lan. Li t'ap sòti bò fòtèy la, li t'ap di: — Bon! Tout bagay fini kounyeya! Lè sa a zèklè pran fè yan, loray t'ap gwonde nan syèl la, ansanm ak yon bann lòt bri ankò. Tè a menm pran tranble byen fò. Se pat yon ti tranblemanntè. Depi gen moun sou latè, yo pat janm wè tè a tranble konsa. Gwo lavil la fè twa moso. Lavil nan tout lòt peyi yo tonbe kraze. Bondye te chonje gwo lavil Babilòn lan, li fè l bwè diven ki nan gode l la, diven gwo kòlè l la. Premye zanj lan pati, li vide gode pa l la sou latè. Menm lè a, moun ki te gen mak bèt la sou yo, moun ki t'ap adore estati l la, yo tout te kouvri ak move maleng ki t'ap fè yo soufri anpil.
Dezyèm zanj lan vide gode pa l la sou lanmè. Dlo a tounen tankou san moun mouri. Tout bèt vivan ki te nan lanmè a mouri. Twazyèm zanj lan vide gode pa l la nan tout gwo larivyè ak nan sous dlo yo, li fè yo tounen san.
Katriyèm zanj lan vide gode pa l la sou solèy la. Sa te bay solèy la pouvwa pou l te boule moun ak dife l la. Yon gwo chalè t'ap boule moun. Moun menm pran joure Bondye ki te gen pouvwa sou tout kalamite sa yo. Men, atousa, yo te refize sispann fè peche pou yo te fè lwanj Bondye.
Senkyèm zanj lan vide gode pa l la sou fòtèy bèt ki te wa a. Tout peyi bèt la tonbe nan fènwa. Moun t'ap mòde lang yo tèlman yo t'ap soufri. Yo t'ap joure Bondye nan syèl la poutèt doulè ak maleng yo t'ap soufri yo. Men, yo pat sispann fè mal yo t'ap fè a.
Sizyèm zanj lan vide gode pa l la nan gwo larivyè Lefrat la. Rivyè a cheche pou l te ka kite wa ki sòti bò kote solèy leve yo pase. Apre sa, mwen wè twa move lespri ki t'ap sòti yonn nan bouch dragon an, yonn nan bouch bèt la, yonn nan bouch fo pwofèt la. Yo te tankou krapo. Se te twa move lespri ki t'ap fè gwo mirak. Yo pral sanble dènye wa ki sou latè pou batay ki pral fèt nan gwo jou Bondye ki gen tout pouvwa a. Koute, m'ap vini tankou yon vòlè. Benediksyon pou moun ki pa kite dòmi pran yo, ki kenbe tout rad yo sou yo pou yo pa mache toutouni, pou yo pa wont moun wè yo konsa! Lespri yo sanble tout wa yo yon kote yo rele nan lang ebre a: Amagedon.
Setyèm zanj lan vide gode pa l la nan lè a. Yon gwo vwa pran pale nan tanp lan. Li t'ap sòti bò fòtèy la, li t'ap di: — Bon! Tout bagay fini kounyeya! Lè sa a zèklè pran fè yan, loray t'ap gwonde nan syèl la, ansanm ak yon bann lòt bri ankò. Tè a menm pran tranble byen fò. Se pat yon ti tranblemanntè. Depi gen moun sou latè, yo pat janm wè tè a tranble konsa. Gwo lavil la fè twa moso. Lavil nan tout lòt peyi yo tonbe kraze. Bondye te chonje gwo lavil Babilòn lan, li fè l bwè diven ki nan gode l la, diven gwo kòlè l la. Premye zanj lan pati, li vide gode pa l la sou latè. Menm lè a, moun ki te gen mak bèt la sou yo, moun ki t'ap adore estati l la, yo tout te kouvri ak move maleng ki t'ap fè yo soufri anpil. Tout zile yo disparèt, pat gen mòn sou latè ankò. De gwo grenn lagrèl ki pese san (100) liv konsa sòti nan syèl la tonbe sou moun. Moun menm t'ap joure Bondye poutèt kalamite lagrèl la, paske se te yon kalamite ki te terib anpil.
Lè sa a, yonn nan sèt zanj ki te kenbe sèt gode yo vin di mwen: — Vini non. Mwen pral fè ou wè ki jan yo pral pini gwo jennès la, gwo lavil ki bati nan mitan gwo dlo yo. Senk ladan yo gentan tonbe, yonn ap gouvènen kounyeya, dènye a poko vini. Lè la vini, li p'ap la pou lontan. Bèt la menm ki te vivan nan tan lontan men ki pa la kounyeya, se yon uityèm wa. Li fè yonn ak sèt premye yo, li pral fin pèdi tèt li nèt. Dis kòn ou wè yo, se dis lòt wa ki poko konmanse gouvènen. Men, y'ap resevwa pouvwa pou yo gouvènen tankou wa pandan yon ti tan ansanm ak bèt la. Yo toulèdis gen menm lide nan tèt yo, y'ap renmèt pouvwa yo ak otorite yo bay bèt la. Y'a goumen kont ti Mouton an. Men, ti Mouton an va kraze yo, paske li Chèf tout chèf, li Wa tout wa. Li va kraze yo avèk moun pa l yo, moun Bondye te rele, moun li te chwazi, moun ki kenbe fèm ak li. Zanj lan di m ankò: — Ou te wè jennès la chita nan mitan anpil gwo dlo. Dlo sa yo se pèp, se foul moun, yon bann nasyon ki pale tout lang. Dis kòn ou te wè ansanm ak bèt la, yo pral rayi fanm movèz vi a: y'a pran tou sa l genyen, y'a kite l toutouni, y'a manje vyann li, y'a boule l nan dife. Bondye mete nan kè yo lide pou yo fè sa li menm li vle, pou yo tout tonbe dakò fè menm bagay, pou yo renmèt pouvwa yo kòm wa nan men bèt la, jouk tan pawòl Bondye yo va rive vre. Pou fini, fanm ou te wè a, se gwo lavil k'ap donminen sou tout wa ki sou latè yo. Wa latè yo lage kò yo nan dezòd avè l: Tout moun ki rete sou latè te sou ak diven movèz vi li a.
Dis kòn ou wè yo, se dis lòt wa ki poko konmanse gouvènen. Men, y'ap resevwa pouvwa pou yo gouvènen tankou wa pandan yon ti tan ansanm ak bèt la. Yo toulèdis gen menm lide nan tèt yo, y'ap renmèt pouvwa yo ak otorite yo bay bèt la. Y'a goumen kont ti Mouton an. Men, ti Mouton an va kraze yo, paske li Chèf tout chèf, li Wa tout wa. Li va kraze yo avèk moun pa l yo, moun Bondye te rele, moun li te chwazi, moun ki kenbe fèm ak li.
Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: Aa, li fini! Gwo vil Babilòn lan fini! Koulyeya, se la denmon rete. Se la tout kalite movèzespri al sere kò yo. Se la tout kalite zwazo ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje, zwazo moun fèt pou rayi yo, se la yo rete.
Se poutèt sa, tout kalamite l yo ap tonbe sou li yon sèl jou: gwo maladi, lapenn ak grangou. Dife ap boule li nèt. Paske, Bondye k'ap jije l la se yon Mèt ki gen pouvwa.
Lè sa a, yon zanj ki te grannèg anpil pran yon wòch gwosè yon wòl moulen, li jete l nan lanmè a. Li di: — Se konsa yo pral jete gwo lavil Babilòn lan atè ak fòs. Pèsonn p'ap janm wè l ankò. Yo p'ap janm tande mizik mizisyen ki konn jwe gita, fif ak klewon lakay ou. Yo p'ap jwenn okenn ouvriye pou fè okenn metye. Yo p'ap tande bri moulen mayi yo ankò. Okenn lanp p'ap janm klere lakay ou ankò. Yo p'ap janm tande vwa marye ak lamarye ankò. Kòmèsan ou yo, se yo ki te pi grannèg sou latè. Avèk maji ou yo, ou te twonpe tout nasyon yo. Yo pini Babilòn, paske se la yo te jwenn san pwofèt yo ak san pèp Bondye a, ansanm ak san tout moun yo te touye sou latè.
Apre sa, mwen wè syèl la louvri, epi o! yon chwal blan parèt. Yo te rele moun ki sou li a: Nonm serye ki pa nan bay manti. L'ap jije, l'ap mennen batay la jan sa dwe fèt. Je l yo klere tankou flanm dife. Li te gen yon bann kouwòn sou tèt li. Li te gen yon non ekri. Se li menm sèl ki te konnen non sa a, pèsonn dòt pat konnen li. Li te gen yon rad benyen nan san. Yo rele l pawòl Bondye. Lame ki nan syèl la t'ap swiv li. Yo tout te moute sou chwal blan, yo te abiye ak bèl rad twal fen, byen klere, byen pwòp. Yon nepe byen file t'ap sòti nan bouch kavalye a. Se ak nepe sa a li t'ap frape nasyon yo. Li t'ap mennen yo ak yon baton fè. Li t'ap kraze rezen yo nan moulen diven gwo kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a. Sou rad li ak sou janm li, yo te ekri non sa a: Wadèwa, Chèf tout chèf.
Apre sa, mwen wè bèt la ansanm ak wa latè yo ak tout lame pa yo. Yo te sanble pou yo te ka goumen kont moun ki te moute sou chwal la ak tout lame pa l la. Li jije dapre laverite san patipri. Li kondannen gwo jennès ki t'ap pèvèti latè ak imoralite l la. Li pini l byen pini, paske li te mete san sèvitè Bondye yo deyò, li te touye yo. Yo fè bèt la prizonye ansanm ak fo pwofèt ki te fè anpil mirak devan l lan. Se avèk mirak sa yo li te rive twonpe moun ki te resevwa mak bèt la, ki t'ap adore estati l la. Yo jete bèt la ak fo pwofèt la tou vivan nan gwo letan dife kote y'ap boule souf la. Nepe ki t'ap sòti nan bouch moun ki te moute sou chwal la te touye tout lòt yo. Tout zwazo yo te manje vyann plen vant yo.
Apre sa, mwen wè yon zanj desann soti nan syèl la. Li te kenbe kle gwo twou san fon an nan men li ak yon gwo chenn. Lè sa a, yo pran Satan ki te alatèt yo, yo jete l nan lètan dife ak souf la, menm kote yo te deja jete bèt la ak fo pwofèt la. Yo pral soufri anpil, lajounen kou lannwit pou tout tan. Apre sa, mwen wè yon gwo fòtèy blan ak moun ki te chita sou li a. Syèl la ak tè a pran kouri devan l, yo disparèt nèt ale. Apre sa, mwen wè tout moun ki te mouri yo, gran kou piti, kanpe devan fòtèy la. Yo louvri yon bann liv. Apre sa, yo louvri liv ki gen non moun ki gen lavi yo. Yo jije tout moun mouri yo dapre sa yo te fè, dapre sa ki te ekri nan liv yo. Lanmè a renmèt tout moun mouri ki te nan fon li. Lanmò ak kote mò yo ye a renmèt tout mò ki te nan men yo. Yo jije tout mò sa yo dapre sa yo te fè. Apre sa, yo jete lanmò ansanm ak kote mò yo ye a nan letan dife a. (Letan dife sa a, se li menm ki dezyèm lanmò a.) Tout moun ki pat gen non yo ekri nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo jete yo nan letan dife a tou. Li pran dragon an, sèpan ki la depi lontan an, sa yo rele dyab la, osinon Satan, li mete l nan chenn pou mil (1.000) an. Zanj lan voye l jete nan gwo twou san fon an, li fèmen twou a akle, epi li poze sele sou li. Konsa, dragon an p'ap kapab pran tèt nasyon yo toutotan mil (1.000) lanne pa fin pase. Apre sa, yo gen pou yo lage l ankò pou yon ti tan.
Apre sa, mwen wè yon gwo fòtèy blan ak moun ki te chita sou li a. Syèl la ak tè a pran kouri devan l, yo disparèt nèt ale. Apre sa, mwen wè tout moun ki te mouri yo, gran kou piti, kanpe devan fòtèy la. Yo louvri yon bann liv. Apre sa, yo louvri liv ki gen non moun ki gen lavi yo. Yo jije tout moun mouri yo dapre sa yo te fè, dapre sa ki te ekri nan liv yo. Lanmè a renmèt tout moun mouri ki te nan fon li. Lanmò ak kote mò yo ye a renmèt tout mò ki te nan men yo. Yo jije tout mò sa yo dapre sa yo te fè. Apre sa, yo jete lanmò ansanm ak kote mò yo ye a nan letan dife a. (Letan dife sa a, se li menm ki dezyèm lanmò a.) Tout moun ki pat gen non yo ekri nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo jete yo nan letan dife a tou.
Jezi di: — Koute, m'ap vin talè konsa. M'ap pote rekonpans m'ap bay la avè m, pou m bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.