Biblia Todo Logo
Vèsè Biblik

- Piblisite -


113 Vèsè Biblik sou Dènye Jou yo

113 Vèsè Biblik sou Dènye Jou yo

Liv Apokalips la, yo konsidere l kòm yon liv pwofesi. Sa vle di li gen ladan l anpil bagay ki gen pou rive anvan lafen di monn nan. Men, ou menm ki kwè nan Jezi kòm Bondye ak Sovè w la, pa bezwen pè sa k ap vini yo. Okontrè, ou dwe gen asirans wap viv pou tout tan avèk Papa nou ki nan syèl la, ap benyen nan lanmou li epi ap adore l pou letènite.

Pawòl Bondye a pale de dezyèm retou Kris la, lè Jezi ap tounen vin chache Legliz li a. Lè sa a, nou tout ki mete konfyans nou nan li, n ap ale viv avè l pou tout tan.

Se poutèt sa, mwen ankouraje w, anvan tout bagay, pou w pwoteje kè w, pou w rete vijilan tout tan, epi pou w kenbe yon relasyon sere sere avèk Lespri Bondye a. Konsa, w ap ka rete fèm nan lafwa, san w pa kite anyen twonpe w, epi w ap pare pou w konprann tan n ap viv la.




2 Timote 3:1

Mete sa byen nan tèt ou: nan dènye jou yo, tan an pral difisil anpil.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 4:1

Lespri Bondye te di sa byen klè: nan dènye tan an, gen moun k'ap lage konfyans yo nan Bondye. Yo pral obeyi yon bann lespri k'ap bay manti, yo pral swiv yon bann pawòl ki sòti nan move lespri yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 24:6

Nou pral tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè k'ap fèt byen lwen. Koute sa m'ap di nou byen: nou pa bezwen pè. Paske, fòk bagay sa yo rive. Men, se p'ap ankò lafen an sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Pyè 3:3-4

Anvan tout bagay se pou nou konprann sa byen: lè dènye jou yo va rive, gen moun ki pou parèt k apral pase bagay Bondye yo anba rizib. Se moun k'ap viv dapre tout vye lanvi yo genyen. Y'a di: Kote pwomès li te fè nou an? Li pa te di li t'ap vini! Depi sou tan zansèt nou yo jouk jodi a, tout bagay rete menm jan an depi latè fin kreye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Miche 4:1

Yon tan gen pou rive! Lè sa a, mòn kote tanp lan ye a va pi wo pase tout lòt mòn yo. L'ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo. Moun va soti pil sou pil toupatou sou latè vin sou li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 21:25-26

— Gen siy ki pou parèt nan solèy, nan lalin ak nan zetwal yo. Sou latè menm, tout pèp yo pral pran tranble, yo p'ap konn sa pou yo fè devan gwo bri lanmè a ap fè ak lanm li yo. Gen moun k'ap mouri tèlman y'ap pè lè y'a chonje malè ki pral rive sou tout latè, paske pouvwa ki nan syèl yo va tranble.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 24:14

Fòk yo gentan mache bay bòn nouvèl Peyi kote Bondye Wa a toupatou sou latè, pou tout moun ka tande mesay la. Se lè sa a atò lafen an va rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 5:2-3

Nou menm nou konn sa byen: Jou Senyè a gen pou l vin sou nou tankou yon vòlò k'ap vin nan mitan lannwit. Pa meprize pawòl moun k'ap bay mesay ki sòti nan Bondye. Egzaminen tout bagay byen, kenbe sa ki bon. Egzante tou sa ki mal. Mwen mande Bondye ki bay kè poze a pou l fè nou favè pou nou viv pou li nèt ale. Konsa, lè Jezikri, Senyè nou an, va vini, li p'ap jwenn nou ak okenn defo, ni nan kò nou, ni nan lespri nou ni nan nanm nou. Bondye ki rele nou an va fè sa pou nou, paske li toujou kenbe pawòl li. Frè m yo, lapriyè pou mwen tou. Di tout frè yo bonjou, bo yo pou mwen tankou moun k'ap viv pou Bondye konn fè l la. Tanpri souple, nan non Senyè a, li lèt sa a bay tout frè yo. Se pou benediksyon Jezikri, Senyè nou an, toujou la avèk nou. Lè n'ap tande moun ap di: Gen lapè toupatou, tout bagay byen sou kontwòl, se lè sa a, san nou pa atann, n'ap wè kòlè Bondye a tonbe sou yo pou detwi yo. Se tankou lè doulè tranche sezi yon fanm ansent. P'ap gen chape pou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 2:2

Yon tan gen pou rive! Lè sa a, mòn kote tanp lan ye a, l'a pi wo pase tout lòt mòn yo. L'ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo. Moun ap soti tout peyi vin Jerizalèm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 24:22

Si yo pat wete kèk jou sou jou sa yo, pèsonn pa ta sove. Men, y'a wete sou jou sa yo poutèt moun Bondye chwazi yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 3:1-5

Mete sa byen nan tèt ou: nan dènye jou yo, tan an pral difisil anpil. Men, ou menm, ou te swiv mwen pye pou pye nan tout bagay: nan verite mwen moutre moun yo, nan jan mwen mennen lavi mwen, nan lide m mete nan tèt mwen, nan konfyans mwen gen nan Bondye, nan pasyans mwen, nan renmen mwen gen nan kè m, nan jan mwen kenbe fèm, nan pèsekisyon mwen ak nan soufrans mwen. Ou konnen tou sa ki te rive m Antyòch, Ikonyòm ak List, ki kalite pèsekisyon mwen te sipòte. Men, Bondye te delivre m anba yo tout. Tout moun ki vle rete viv fidèl ak Jezikri, yo gen pou yo soufri pèsekisyon. Men, mechan k'ap fè bagay pou twonpe moun yo pral pi lwen toujou nan mechanste yo, yo toujou ap twonpe moun, y'ap kite moun twonpe pwòp tèt yo tou. Kanta ou menm, se pou ou kenbe fèm sa yo te moutre ou la, sa ou te resevwa ak fèm konviksyon, paske ou konnen nan men ki moun ou te aprann yo. Depi ou te tou piti, ou konnen sa ki nan Liv Bondye a. Se liv sa a k'ap ba ou bon konprann, bon konprann ki fè moun rive delivre, gremesi konfyans yo gen nan Jezikri. Tou sa ki ekri [ nan liv la ] se Bondye ki enspire yo. Yo itil pou moutre verite, pou konbat erè, pou korije, pou moutre jan pou viv dwat. Konsa, yon moun k'ap sèvi Bondye, li tou pare, li gen tou sa li bezwen pou l fè tou sa ki byen. Moun pral fè rayisab, y'ap renmen lajan, y'ap fè grandizè, lògèy ap vire tèt yo, y'ap pale Bondye mal, y'ap dezobeyi papa ak manman yo, y'ap engra, y'ap san okenn respè pou bagay Bondye. Kè yo ap di, y'ap san pitye, y'ap pale moun mal, y'ap fè gwo kòlè, y'ap brital. Yo p'ap vle wè sa ki byen menm. Y'a trèt, y'a fè kòlè fasil, lògèy va gonfle lestomak yo. Y'ap pito zanmi plezi pase yo zanmi Bondye. Y'ap fè tankou y'ap sèvi Bondye. Men, yo pa kwè nan pouvwa Bondye a tout bon vre. Pa mele ak moun konsa menm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 1:20

Bondye te chwazi l pou sa depi anvan li te kreye tout bagay. Men, se nan dènye tan sa yo li vin parèt pou byen nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Oze 3:5

Apre sa, moun Izrayèl yo va tounen sou sa yo te fè a. Senyè a, Bondyè yo a, va fè yo chache l, y'a tounen vin jwenn David, wa yo a. Y'a gen krentif pou Senyè a. Apre sa, y'a toujou resevwa favè l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 2:17-18

Men sa k pral rive nan dènye tan an: Se Bondye menm k'ap pale: M'ap vide Lespri m sou tout moun sou latè. Pitit gason nou ak pitit fi nou yo va pale tankou pwofèt. Jenn gason nou yo va gen vizyon. Granmoun nou yo va fè rèv. Wi, lè sa a, m'ap vide Lespri m sou tout sèvitè m yo, fi kou gason, epi y'a bay mesay ki sòti nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 24:36-39

— Men, pèsonn pa konnen ni ki jou, ni ki lè sa va rive, pa menm zanj yo ki nan syèl la, pa menm Pitit la. Sèl Papa a konn sa. Sa k te rive nan tan Noye a, se sa k'ap rive tou lè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini. Se konsa, nan jou anvan gwo inondasyon an, moun t'ap manje, yo t'ap bwè, moun t'ap marye, yo t'ap marye pitit fi yo. Konsa konsa, jouk jou Noye te antre nan gwo batiman an. Yo pat konprann anyen nan sa ki t'ap pase, jouk lè gwo inondasyon an fèt, li pote yo tout ale. Se va menm jan an tou lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 22:12

Jezi di: — Koute, m'ap vin talè konsa. M'ap pote rekonpans m'ap bay la avè m, pou m bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 1:6

Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l kontinye l jouk li va fini l nèt, lè jou Jezikri a va rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 5:1-3

Frè m yo, mwen pa bezwen ekri nou pou m fè nou konnen ni ki lè, ni ki jou bagay sa yo gen pou rive. Jezi te mouri pou n te ka viv ansanm ak li. Konsa, kit nou mouri deja, kit nou vivan toujou lè l'a vini an, nou tout n'ap toujou ansanm ak li. Se poutèt sa, annou yonn ankouraje lòt, yonn ede lòt, jan nou deja ap fè l la. Frè m yo, m'ap mande nou pou nou gen anpil respè pou moun k'ap travay nan mitan nou yo, moun Senyè a chwazi pou dirije nou, pou ankouraje nou. Se pou nou gen anpil konsiderasyon pou yo, se pou nou renmen yo poutèt travay y'ap fè a. Se pou nou viv byen ak kè poze yonn ak lòt. M'ap mande nou tou, frè m yo, pou nou rele dèyè moun k'ap fè parese yo. Ankouraje sa ki yon ti jan frèt yo, ede sa ki fèb yo. Se pou nou pran pasyans ak tout moun. Pa kite pèsonn rann mal pou mal. Okontrè, toujou chache fè sa ki byen yonn pou lòt ak sa ki byen pou tout moun. Se pou kè nou toujou kontan. Pa janm sispann lapriyè. Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri. Pa antrave travay Sentespri a. Nou menm nou konn sa byen: Jou Senyè a gen pou l vin sou nou tankou yon vòlò k'ap vin nan mitan lannwit. Pa meprize pawòl moun k'ap bay mesay ki sòti nan Bondye. Egzaminen tout bagay byen, kenbe sa ki bon. Egzante tou sa ki mal. Mwen mande Bondye ki bay kè poze a pou l fè nou favè pou nou viv pou li nèt ale. Konsa, lè Jezikri, Senyè nou an, va vini, li p'ap jwenn nou ak okenn defo, ni nan kò nou, ni nan lespri nou ni nan nanm nou. Bondye ki rele nou an va fè sa pou nou, paske li toujou kenbe pawòl li. Frè m yo, lapriyè pou mwen tou. Di tout frè yo bonjou, bo yo pou mwen tankou moun k'ap viv pou Bondye konn fè l la. Tanpri souple, nan non Senyè a, li lèt sa a bay tout frè yo. Se pou benediksyon Jezikri, Senyè nou an, toujou la avèk nou. Lè n'ap tande moun ap di: Gen lapè toupatou, tout bagay byen sou kontwòl, se lè sa a, san nou pa atann, n'ap wè kòlè Bondye a tonbe sou yo pou detwi yo. Se tankou lè doulè tranche sezi yon fanm ansent. P'ap gen chape pou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 21:25-28

— Gen siy ki pou parèt nan solèy, nan lalin ak nan zetwal yo. Sou latè menm, tout pèp yo pral pran tranble, yo p'ap konn sa pou yo fè devan gwo bri lanmè a ap fè ak lanm li yo. Gen moun k'ap mouri tèlman y'ap pè lè y'a chonje malè ki pral rive sou tout latè, paske pouvwa ki nan syèl yo va tranble. Lè sa a, y'a wè m, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, ap vini nan yon nyaj, avèk anpil pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay. Lè bagay sa yo va konmanse rive, leve kanpe, leve tèt nou, paske Bondye p'ap lwen vin delivre nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 13:7-8

Lè n'a tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè k'ap fèt byen lwen, nou pa bezwen pè. Fòk bagay sa yo rive. Men, se p'ap ankò lafen an sa. Yon pèp va goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi. Va gen tranblemanntè divès kote. Va gen anpil grangou. Tou sa, se va tankou tranche anvan akouchman.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Pyè 3:10-12

Men, jou Senyè a ap vini sou nou tankou yon vòlò nan mitan lannwit. Lè sa a, syèl la pral disparèt ak yon gwo gwo bri. Tout bagay pral pran dife, y'ap fonn nèt. Latè ak dènye bagay ki ladan l va boule, y'ap tounen sann. Si tout bagay gen pou disparèt konsa, nou pa bezwen mande ki kalite moun nou dwe ye: Se pou nou sèvi Bondye, se pou nou viv pou li ase. Konsa, pandan n'ap tann jou Bondye a, jou ki gen pou rive a, ann fè sa nou kapab pou nou fè l rive pi vit toujou. Jou sa a, syèl la pral disparèt nan gwo flanm dife. Tout bagay pral fonn nan dife.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 1:3

Benediksyon pou moun k'ap li liv sa a. Benediksyon pou tout moun k'ap koute pawòl mesay sa a ki sòti nan Bondye, pou tout moun k'ap obeyi tou sa ki ekri nan Liv sa a, paske pa rete lontan ankò pou bagay sa yo rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 13:11-12

Se sa menm pou nou fè, paske nou konnen ki jan tan an ye deyò a. Li lè pou nou leve sòti nan dòmi, lè a sonnen, paske kounyeya, lè pou n fin delivre a pi pre nou pase lè nou te fenk mete konfyans lan. Nwit lan vanse fini, jou prèt pou kase. Ann sispann fè bagay yo fè nan fènwa. Ann pran zam nou pou nou ka goumen devan tout moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 24:21-22

Paske lè sa a, va gen yon gwo lafliksyon moun poko janm wè depi nan konmansman lè Bondye t'ap kreye latè a jouk jòdi a. P'ap janm gen yon lòt tankou l ankò. Si yo pat wete kèk jou sou jou sa yo, pèsonn pa ta sove. Men, y'a wete sou jou sa yo poutèt moun Bondye chwazi yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 3:10

Menm jan ou te kenbe lòd mwen te ba ou lè m te mande ou pou te pran pasyans lan, konsa tou, m'a kenbe ou, m'a pwoteje ou nan malè ki pral vin sou tout latè a. Se va yon gwo eprèv pou tout moun ki sou latè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 12:4

Li di m ankò: — Bon. Kounyeya, Danyèl, fèmen liv la. Sele l byen sele jouk lè a va rive pou tout bagay fini. Anpil moun pral bat kò yo pou yo konprann sa k'ap pase. Lè sa a, plis konesans pral gaye toupatou sou latè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 17:26-30

Sa ki te rive nan tan Noye a se sa k'ap rive tou lè jou a va rive pou Moun Bondye voye nan lachè a vini. Moun t'ap manje, yo t'ap bwè, moun t'ap marye, yo t'ap marye pitit fi yo. Se konsa tout bagay te ye, jouk jou Noye te antre nan gwo batiman an. Lè inondasyon an fèt, li touye yo tout. Sa ki te rive nan tan Lòt la va rive menm jan an tou. Moun t'ap manje, yo t'ap bwè, yo t'ap achte, yo t'ap plante, yo t'ap bati. Men, jou Lòt soti kite lavil Sodòm lan, dife grennen kou lapli sot nan syèl la tonbe sou yo. Yo tout peri. Veye kò nou byen. — Si frè ou tonbe nan peche, rale zòrèy li. Si l chanje konpòtman li, padonnen li. Se va menm jan an tou lè jou a va rive pou Moun Bondye voye nan lachè a parèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 2:18

Pitit mwen yo, dènye jou a pa lwen rive. Nou tande yo te di nou moun k'ap goumen ak Kris la gen pou vini. Men kounyeya, se yon bann moun ki kanpe pou konbat Kris la. Se sa ki fè nou konnen dènye jou a pa lwen rive ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 2:2-4

Yon tan gen pou rive! Lè sa a, mòn kote tanp lan ye a, l'a pi wo pase tout lòt mòn yo. L'ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo. Moun ap soti tout peyi vin Jerizalèm. Jou sa a, moun va pran tout zidòl yo te fè ak lajan, ak lò pou adore yo, y'a voye yo jete bay rat ak chòchòt. Lè Senyè a va vini pou l fè tè a tranble, yo pral kache kò yo nan twou wòch, yo pral fouye twou anba tè. Sezisman va pran yo lè y'a wè Senyè a. Y'a kouri al kache lè pouvwa li ap parèt aklè. Pa mete konfyans nou nan moun parèy nou! Talè yo pa pèdi souf yo, yo pa mouri! Lè sa a, kisa yo ka fè pou nou ankò? Anpil moun lòt nasyon va mache vini. Y'a di: — Ann ale sou mòn Senyè a! Ann al nan Tanp Bondye pèp Izrayèl la! L'a moutre nou jan li vle nou viv la. Konsa n'a mache nan chemen l'ap mete devan nou an. Paske, Senyè a rete sou mòn Siyon an, l'ap bay lòd li. Li rete lavil Jerizalèm, l'ap pale ak pèp li a. L'ap regle tout kont nasyon yo gen yonn ak lòt. L'ap jije tout gwo peyi yo. Y'a pran mato, y'a fè zam yo tounen zouti pou travay tè. Y'a fè nepe yo tounen kouto digo. Nasyon yo p'ap fè lagè yonn ak lòt ankò. Yo p'ap janm aprann fè lagè ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 20:11-15

Apre sa, mwen wè yon gwo fòtèy blan ak moun ki te chita sou li a. Syèl la ak tè a pran kouri devan l, yo disparèt nèt ale. Apre sa, mwen wè tout moun ki te mouri yo, gran kou piti, kanpe devan fòtèy la. Yo louvri yon bann liv. Apre sa, yo louvri liv ki gen non moun ki gen lavi yo. Yo jije tout moun mouri yo dapre sa yo te fè, dapre sa ki te ekri nan liv yo. Lanmè a renmèt tout moun mouri ki te nan fon li. Lanmò ak kote mò yo ye a renmèt tout mò ki te nan men yo. Yo jije tout mò sa yo dapre sa yo te fè. Apre sa, yo jete lanmò ansanm ak kote mò yo ye a nan letan dife a. (Letan dife sa a, se li menm ki dezyèm lanmò a.) Tout moun ki pat gen non yo ekri nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo jete yo nan letan dife a tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Zakari 14:1-2

Gade! Men jou jijman Senyè a ap rive! Jou sa a, yo pral piye lavil Jerizalèm. Yo pral separe tou sa yo pran ladan li la devan je nou. Tout peyi a pral tounen yon gwo plenn plat, depi Geba nan nò rive Rimon nan sid, ak Jerizalèm nan mitan. Sèl lavil Jerizalèm pral rete byen wo. L'ap sòti depi Pòtay Benjamen an rive nan pòtay Kwen an, kote premye pòtay la te ye a, depi Fò Annanyèl rive nan moulen rezen wa a. Moun va rete la nan lavil la, malè p'ap tonbe sou yo. Y'a viv ak kè poze lavil Jerizalèm. Senyè a pral voye yon gwo maladi sou tout nasyon ki te fè lagè ak Jerizalèm. Y'ap rete kanpe sou de pye yo, epi tout vyann kò yo ap pouri. Grenn je yo pral pouri nan tèt yo, lang yo ap pouri nan bouch yo. Jou sa a, Senyè a pral fè yo pèdi tèt yo pran kouri. Yo pral tonbe yonn sou lòt, yonn pral touye lòt. Sòlda peyi Jida yo pral goumen tou pou defann lavil Jerizalèm, yo pral ranmase dènye richès moun lòt nasyon ki sou fontyè yo: lò, ajan ak rad an kantite. Menm maladi a pral tonbe tou sou chwal, milèt, chamo, bourik, sou tout bèt ki te nan kan lènmi yo. Nan moun lòt nasyon ki t'ap fè lagè ak lavil Jerizalèm yo, genyen ki va chape, ki p'ap mouri. Moun sa yo va moute chak lanne lavil Jerizalèm pou yo adore Senyè ki gen tout pouvwa a, Wa a. Y'a fete fèt Tant yo. Si yon nasyon va derefize moute lavil Jerizalèm pou yo adore Senyè ki gen tout pouvwa a, Wa a, yon ti degout lapli p'ap tonbe nan peyi yo a menm. Si moun peyi Lejip yo derefize moute al fete fèt la, menm maladi Senyè a te voye sou moun ki derefize moute yo va tonbe sou yo tou. Se chatiman sa a ki pral tonbe sou peyi Lejip ansanm ak tout lòt nasyon ki va derefize moute pou fete fèt Tant yo. Senyè a pral sanble tout nasyon yo pou y'al fè lagè ak lavil Jerizalèm. Y'ap pran lavil la, y'ap piye tout kay yo, y'ap fè kadejak sou medam yo. Yo pral depòte mwatye nan moun yo. Men, rès pèp la ap rete nan lavil la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 24:29-30

— Kou jou lafliksyon sa yo fin pase, solèy la p'ap klere ankò, lalin lan p'ap bay limyè l ankò, zetwal yo va sòti tonbe nan syèl la. Pouvwa yo ki nan syèl la va pran tranble. Jezi te chita sou mòn Olivye yo. Disip li yo te poukont yo ak li. Yo pwoche bò kote li, yo mande li: — Di nou non kilè sa va rive? Di nou ki siy ki va fè nou konnen lè w'ap vini an, lè tan sa a va fini nèt? Lè sa a, n'a wè siy nan syèl la k'ap fè nou konnen Moun Bondye voye nan lachè a ap tounen. Lè sa a, tout nasyon ki sou latè va pran kriye. Y'a wè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini anwo nyaj yo nan syèl la, avèk pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 10:25

Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, kounyeya pi plis pase anvan, paske nou wè jou Senyè a ap pwoche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 37:10-11

Talè konsa, p'ap gen mechan ankò. W'a chache yo, ou p'ap jwenn yo. Men, moun ki soumèt devan Bondye, yo pral resevwa peyi a pou byen yo, y'a viv ak kè poze nèt ale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 6:12-17

Apre sa, mwen wè ti Mouton an kase sizyèm sele a. Lè sa a, yon gwo tranblemanntè fèt, solèy la vin tou nwa, tankou yon gwo moso twal nwa byen pwès. Lalin lan menm te vin tou wouj tankou san. Zetwal yo menm t'ap soti nan syèl la tonbe sou latè tankou mango vèt lè gwo van soufle. Syèl la disparèt nèt tankou yon woulo papye yo vlope. Yo rache tout mòn yo ak tout zile yo, yo mete yo yon lòt kote. Tout wa sou latè, chèf, kòmandan, moun rich, grannèg ansanm ak tout lòt moun, kit yo esklav, kit yo lib, yo tout al kache nan twou wòch ak dèyè gwo wòch nan mòn yo. Yo t'ap pale ak mòn yo ansanm ak wòch yo tankou ak moun. Yo t'ap di yo: — Tonbe sou nou. Kache nou pou moun ki chita sou fòtèy la pa wè nou, pou kòlè ti Mouton an pa tonbe sou nou. Paske, gwo jou kòlè a rive. Ki moun ki ka kenbe tèt avèk li?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 13:6-9

Nou mèt plenyen kont kò nou, paske jou Senyè a pre rive! Bondye ki gen tout pouvwa a pral vini pou l devaste tè a. Se poutèt sa, tout moun sou latè pèdi kouray, kè yo kase! Y'ap rete konsa, yo pral gen doulè ak lakranp nan tout kò yo. Yo pral tòde tankou fanm ansent ki gen tranche. Yonn ap gade lòt san di krik, y'ap rete ak je yo louvri byen gran tèlman y'a wont. Jou Senyè a ap rive. Senyè a ap san pitye, l'ap fè gwo kòlè, l'ap move anpil. L'ap fè tè a tounen yon dezè, l'ap disparèt dènye moun k'ap fè sa ki mal!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 25:31-33

— Lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini nan tout bèl pouvwa li ak tout zanj li yo, l'a chita sou fòtèy li ak tout bèl pouvwa li. Tout nasyon ki sou latè va sanble devan li. Lè sa a, l'a separe yo fè de gwoup, menm jan moun k'ap gade mouton mete mouton yon bò, kabrit yon bò. L'a mete mouton yo sou bò dwat li, kabrit yo sou bò gòch li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 6:9

Pa janm bouke fè byen. Paske, si nou pa dekouraje, n'a rekòlte lè lè a va rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 46:1-3

(2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray. (11) Li di: — Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap donminen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap donminen sou tout latè. (12) Senyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n kache! (3) Se poutèt sa, nou te mèt wè tè a ap tranble, nou te mèt wè mòn yo ap chavire tonbe nan mitan lanmè, nou pa bezwen pè anyen. (4) Nou te mèt wè lanm lanmè yo move, y'ap kimen, jouk mòn yo rive tranble lè lanmè a ap frape sou rivay la, nou pa bezwen pè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 4:3-4

Yon lè, ou gen pou ou wè moun p'ap vle kite yo moutre yo verite a ankò, y'ap vle pou yo swiv lide pa yo. Lè sa a, y'a reyini yon bann dirèktè met bò kote yo ki va di yo sa yo ta renmen tande. Yo p'ap vle tande verite a, y'a pito koute istwa ki pa vre.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 24:44

Se pou sa tou, nou menm se pou nou toujou pare, paske Moun Bondye voye nan lachè a ap vini lè nou pa ta kwè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 22:1-2

Apre sa, zanj lan moutre m yon gwo larivyè dlo ki t'ap koule sòti anba fòtèy kote Bondye ak ti Mouton an te chita a. Se dlo sa a ki bay lavi. Apre sa, li di mwen: — Pa sere pawòl Bondye ki nan liv sa a. Paske, anvan lontan tout bagay sa yo pral rive. Mechan yo mèt plede ap fè toujou sa ki mal. Moun ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye yo mèt kontinye fè sa ki pa dakò ak sèvis Bondye. Moun ki bon yo mèt kontinye fè sa ki byen. Moun k'ap viv pou Bondye yo mèt kontinye viv pou Bondye. Jezi di: — Koute, m'ap vin talè konsa. M'ap pote rekonpans m'ap bay la avè m, pou m bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. Se mwen menm ki depi A jiska Z. Se mwen menm ki depi premye jiska dènye. Se mwen menm ki konmansman ak finisman. Benediksyon pou moun ki lave rad yo, pou yo sa gendwa manje fwi pyebwa ki bay lavi a, pou yo ka pase antre nan pòtay lavil la. Men, mete nou deyò, bann chen, nou menm moun k'ap fè maji, moun k'ap fè imoralite, ansasen, moun k'ap sèvi zidòl, ansanm ak tout moun ki pa renmen verite a men ki pito bay manti. — Mwen menm Jezi, mwen voye zanj mwen an pou anonse nou bagay sa yo nan legliz yo. Mwen sòti nan ras David. Mwen se bèl zetwal k'ap klere chak maten an. Lespri Bondye a ansanm ak lamarye a di: — Vini non. Se pou tout moun ki tande sa di tou: — Vini non. Se pou tout moun ki swaf dlo vin bwè dlo. Se pou tout moun ki vle ti gout nan dlo ki bay lavi a vin resevwa l gratis. Mwen menm Jan, men sa m'ap di tout moun ki tande pawòl Bondye ki nan liv sa a. Si yon moun mete nan pawòl sa yo anyen ki pat ladan l, Bondye va mete tout kalamite yo pale nan liv sa a sou chatiman li merite a. Konsa tou, si yon moun wete anyen nan pawòl Bondye ki nan liv sa a, Bondye va wete pòsyon ki ta pou li nan pyebwa ki bay lavi a ak nan lavil Bondye a, nan pyebwa ak lavil yo pale nan liv sa a. Li t'ap koule nan mitan granri lavil la. Sou de bò rivyè a, te gen pyebwa ki bay lavi a. Li donnen douz fwa nan lanne. Li donnen chak mwa. Se ak fèy li yo yo fè renmèd pou geri nasyon yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 12:54-56

Jezi t'ap di foul moun yo tou: — Lè nou wè yon nyaj ap leve bò kote solèy kouche a, lamenm nou di: Li pral fe lapli. Epi se sa k rive vre. Lè nou wè van an soufle sòti nan sid, nou di: Li pral fè cho. E se sa k rive vre. Ipokrit, nou konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase sou tè a ak nan syèl la, poukisa atò nou pa konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase kounyeya nan tan sa a?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 2:17-21

Men sa k pral rive nan dènye tan an: Se Bondye menm k'ap pale: M'ap vide Lespri m sou tout moun sou latè. Pitit gason nou ak pitit fi nou yo va pale tankou pwofèt. Jenn gason nou yo va gen vizyon. Granmoun nou yo va fè rèv. Wi, lè sa a, m'ap vide Lespri m sou tout sèvitè m yo, fi kou gason, epi y'a bay mesay ki sòti nan Bondye. Mwen pral fè mèvèy parèt anwo nan syèl la, mwen pral fè mirak anba sou latè! Va gen san, dife ak gwo nyaj lafimen. Yo rete konsa, epi yon sèl bri sot nan syèl la tankou yon gwo van k'ap soufle. Li plen tout kay kote yo te chita a. Solèy la pral vin tou nwa. Lalin lan pral vin wouj kou san, anvan jou Mèt la rive. Se va yon gwo jou, yon bèl jou tou! Lè sa a nenpòt moun ki va rele Bondye va delivre.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:18

Pou mwen, nou pa ka konpare sa n'ap soufri kounyeya ak bèl bagay Bondye pral fè nou wè yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 10:22

Tout moun pral rayi nou poutèt mwen. Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se yo ki va sove.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 21:34-36

— Pran prekosyon nou, pa kite banbòch, bweson ak traka lavi sa a chaje tèt nou pou jou a pa rive sou nou lè n pa ta kwè. Paske, jou sa a ap tonbe tankou yon privye sou tout moun ki rete sou latè. Pa kite dòmi pran nou, lapriyè tout tan. Konsa n'a gen fòs pou n chape anba tou sa ki gen pou rive, pou n ka kanpe dwat devan Moun Bondye voye nan lachè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 4:7

Tout bagay prèt pou fini. Se pou nou kenbe tèt nou anplas, veye kò nou pou n ka lapriyè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 16:15

Koute, m'ap vini tankou yon vòlè. Benediksyon pou moun ki pa kite dòmi pran yo, ki kenbe tout rad yo sou yo pou yo pa mache toutouni, pou yo pa wont moun wè yo konsa!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 9:27

Chèf sa a pral siyen yon kontra solid avèk anpil lòt pèp pandan sètan. Men, sou twazan sis mwa l'ap fè yo sispann touye bèt ak fè ofrann pou Bondye. Yo pral mete bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan chita byen wo nan Tanp lan. L'ap rete la jouk moun ki va mete l la a va kontre ak bout li, jan Bondye pare sa pou li a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezekyèl 38:16

Ou pral tonbe sou pèp Izrayèl mwen an tankou yon van tanpèt k'ap pase sou tout peyi a. Lè lè a va rive, m'ap voye ou anvayi peyi mwen an pou m ka fè lòt nasyon yo konnen ki moun mwen ye, pou yo rekonèt se yon Bondye apa mwen ye lè y'a wè travay ou menm Gòg, ou pral fè pou mwen an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 4:16-17

Lè sa a, n'a tande yon gwo lòd pase, n'a tande vwa chèf zanj lan ansanm ak kout klewon Bondye a: epi Senyè a menm va desann sot nan syèl la. Moun ki te mete konfyans yo nan Kris la lè yo te mouri, se yo ki va leve sòti vivan an premye. Apre sa, nou menm ki va vivan toujou lè sa a, y'ap vin pran nou, nou menm ansanm ak moun ki sòti vivan nan lanmò yo, y'ap mete nou sou nyaj yo pou n'al kontre Senyè a anwo a. Konsa, nou tout n'ap toujou ansanm ak Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 24:37-39

Sa k te rive nan tan Noye a, se sa k'ap rive tou lè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini. Se konsa, nan jou anvan gwo inondasyon an, moun t'ap manje, yo t'ap bwè, moun t'ap marye, yo t'ap marye pitit fi yo. Konsa konsa, jouk jou Noye te antre nan gwo batiman an. Yo pat konprann anyen nan sa ki t'ap pase, jouk lè gwo inondasyon an fèt, li pote yo tout ale. Se va menm jan an tou lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 15:52

anvan nou bat je nou, lè dènye kout klewon an va kònen. Paske, lè klewon an va kònen, moun ki te mouri deja yo va leve sòti vivan pou yo pa janm mouri ankò. Apre sa, nou tout nou va chanje fòm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 11:18

Nasyon yo te move anpil, paske lè a rive, ou pral fè wè kòlè ou. Tout moun mouri yo pral pase anba jijman. Lè a rive, ou pral bay pwofèt yo, sèvitè ou yo, rekonpans yo, ansanm ak tout moun ki pou ou yo epi ki gen krentif pou ou, piti kou gran. Wi, lè a rive pou ou detwi moun k'ap detwi latè a!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Tesalonisyen 2:3-4

Pa kite moun woule nou okenn jan. Paske, anvan jou sa a rive, ap gen yon dènye leve kanpe jeneral k'ap fèt kont Bondye. Nou gen pou nou wè Mechanste a anpèsonn ki deja kondannen pou disparèt la vini anvan. Mechan an ap kanpe. L'ap pran pozisyon kont tout bagay lèzòm ap sèvi ak tout bagay lèzòm konsidere kòm bondye. Mechan an ap fofile toupatou, jouk l'a rive antre nan Tanp Bondye a. L'a chita, l'a fè tèt li pase pou Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 24:1-6

Senyè a pral souke tè a, li pral ravaje l. Li pral boulvèse l. Tout moun ki rete sou tè a pral kouri gaye toupatou. Pa gen moun nan lavil la. Yo kite kay yo ap tonbe. Tout pòt kay fèmen, moun pa antre la ankò. Nan tout lari moun ap rele paske nanpwen diven ankò. Pa gen fèt rejwisans ankò. Nanpwen kè kontan nan peyi a. Lavil la ap fini, ata pòtay yo fin kraze. Se konsa sa pral ye nan tout peyi sou latè. Se va tankou apre rekòt lè y'ap gole dènye oliv ki rete nan pye oliv yo, lè y'ap fè grapiyay apre rekòt rezen an. Sa ki chape yo pral rele, yo pral chante byen fò ak kè kontan. Y'ap rete bò solèy kouche a, yo pral di jan Senyè a gen pouvwa. Konsa tou, moun ki rete bò solèy leve pral fè lwanj Senyè a. Moun ki rete sou zile nan lanmè a pral fè chante pou Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Byen lwen nan dènye bout latè, nou tande y'ap chante, y'ap fè lwanj pou moun ki mache dwat yo. Men mwen menm, mwen di: Pa gen rechap pou mwen! Pa gen chape pou mwen! Gade nan kisa m ye! Trèt yo ap trayi moun toujou! Chak jou y'ap trayi moun pi rèd! Nou menm ki rete sou latè, se kè sere, se gwo twou, se pèlen ki pare pou nou! Moun k'ap kouri lè y'a tande rèl moun ki pè yo pral tonbe nan twou. Moun k'ap moute sòti nan twou pral pran nan pèlen. Paske gwo lapli a pral tonbe sot nan syèl la. Fondasyon latè pral pran tranble. Latè pral fann, l'ap pete fè miyèt moso. L'ap tranble, l'ap souke tout kò l. Tout moun pral pase, prèt yo kou moun nan pèp la, esklav yo kou mèt yo, sèvant yo kou metrès yo, sa k'ap vann kou sa k'ap achte, sa k'ap bay ponya kou sa k'ap pran ponya, sa k'ap bay kredi kou sa k'ap pran kredi. Latè pral balanse tankou moun sou. Li pral souke tankou yon ti joupa lè van ap soufle fò. Peche lèzòm yo peze lou sou li: l'ap tonbe, li p'ap janm ka leve ankò. Jou sa a, Senyè a pral pini zanj yo ki anwo nan syèl la, l'ap pini tout chèf k'ap gouvènen sou latè. L'ap mete yo ansanm nan prizon nan yon tonm. L'ap fèmen yo nan kacho. Apre yon bon tan, l'ap pini yo. Lalin lan pral vin tou nwa. Solèy la p'ap klere ankò, paske Senyè ki gen tout pouvwa a pral sèl wa. Li pral gouvènen nan lavil Jerizalèm sou tèt mòn Siyon an. Tout chèf fanmi pèp li a pral wè gwo pouvwa li. Yo pral ravaje tout tè a, yo pral piye tout bagay. Senyè a fin pale, se sa ki pou rive. Tout moun sou latè nan lapenn. Yo pa kapab ankò. Pèp la ap plenn, y'ap deperi. Chèf yo ap plenn ansanm ak rès pèp la. Moun yo pa respekte peyi Bondye a. Yo pa koute lòd Bondye ba yo. Yo derefize fè sa l te mande yo fè a, yo derefize obeyi kòmandman Bondye yo. Yo pa kenbe kontra li te fè ak yo pou tout tan an. Se poutèt sa madichon ap fini ak latè: moun ki rete sou latè ap peye pou sa yo te fè ki mal. Y'ap deperi grenn pa grenn. Se yon ti ponyen ki rete.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 21:20-24

— Lè n'a wè yon bann lame ap sènen lavil Jerizalèm toupatou, n'a konnen lè sa a yo prèt pou kraze l nèt. Wi, lè sa a tout moun ki nan peyi Jide, se sove al nan mòn. Moun ki nan mitan lavil Jerizalèm, se kouri met deyò. Moun ki nan jaden p'ap bezwen antre lavil. Jou sa yo, se va Jou Chatiman, lè tou sa ki te ekri nan Liv la pral rive. Lè sa a, se p'ap ti lapenn pou fanm ansent ak nouris yo, paske va gen yon gwo dezolasyon nan peyi a: kòlè Bondye pral tonbe sou pèp sa a. Y'ap touye yo ak nepe, y'ap mete men sou yo, y'ap depòte yo nan tout lòt peyi. Pou lavil Jerizalèm lan menm, moun lòt nasyon yo gen pou yo foule l anba pye yo, jouk tan dèle yo ba yo a va bout.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 1:18

Se poutèt sa, n'ap wè kòlè Bondye sòti nan syèl la, li tonbe sou tout mechanste ak tout lenjistis moun fè. Sitèlman kè yo pa bon, y'ap chache anpeche verite a fè travay li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 13:30

Kite yo grandi ansanm jouk lè rekòt la va rive. Lè sa a, m'a di moun k'ap ranmase rekòt la: Rache move zèb yo anvan. Mare yo fè pakèt pou n'al boule. Mayi a menm, mete l nan galata mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Zakari 12:3

Lè sa a, m'ap fè lavil Jerizalèm tounen yon gwo wòch lou kou pwa senkant. Tout nasyon ki va chache leve l va foule anba l. Tout moun sou latè pral mete ansanm pou yo atake l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 7:25

L'ap pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, l'ap malmennen moun k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. L'ap fè lide chanje tout fèt ak tout prensip lalwa Bondye a. Pandan twazan sis mwa, l'ap kenbe pèp Bondye a anba men l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 24:12

Ap sitèlman gen mechanste sou latè, pifò moun yonn p'ap renmen lòt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 13:7

Yo ba l pouvwa pou l fè lagè ak tout moun k'ap sèvi Bondye yo, jouk pou l te genyen batay la. Yo ba l pouvwa sou moun tout ras, tout peyi, tout lang ak tout nasyon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Pyè 3:11

Si tout bagay gen pou disparèt konsa, nou pa bezwen mande ki kalite moun nou dwe ye: Se pou nou sèvi Bondye, se pou nou viv pou li ase.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 24:19-20

Latè pral fann, l'ap pete fè miyèt moso. L'ap tranble, l'ap souke tout kò l. Tout moun pral pase, prèt yo kou moun nan pèp la, esklav yo kou mèt yo, sèvant yo kou metrès yo, sa k'ap vann kou sa k'ap achte, sa k'ap bay ponya kou sa k'ap pran ponya, sa k'ap bay kredi kou sa k'ap pran kredi. Latè pral balanse tankou moun sou. Li pral souke tankou yon ti joupa lè van ap soufle fò. Peche lèzòm yo peze lou sou li: l'ap tonbe, li p'ap janm ka leve ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 25:1-13

— Se konsa, nan peyi wa ki nan syèl la, se va tankou istwa dis fidonè ki pran lanp yo soti al kontre lemarye. Antan tèt chaje yo al achte gaz, lemarye vin rive. Senk fidonè ki te pare yo antre ansanm ak li nan kay nòs la epi yo fèmen pòt dèyè yo. — Pita, lòt fidonè yo vin rive. Yo pran rele: Mèt! Mèt! Louvri pou nou non! Men mesye marye a reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: m pa konnen nou. Apre sa, Jezi di yo: — Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske, nou pa konnen ni ki jou, ni ki lè sa va rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 1:10-11

Yo te gen je yo fikse nan syèl la kote Jezi t'ap moute a, lè de zòm, abiye tout an blan, parèt konsa bò kote yo. Dezòm yo di: — Nou menm, moun Galile, poukisa je nou rete kole nan syèl la konsa? Jezi sa a ki te fèk la nan mitan nou ki moute nan syèl la, li gen pou li retounen ankò menm jan nou wè li moute a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 19:11-16

Apre sa, mwen wè syèl la louvri, epi o! yon chwal blan parèt. Yo te rele moun ki sou li a: Nonm serye ki pa nan bay manti. L'ap jije, l'ap mennen batay la jan sa dwe fèt. Je l yo klere tankou flanm dife. Li te gen yon bann kouwòn sou tèt li. Li te gen yon non ekri. Se li menm sèl ki te konnen non sa a, pèsonn dòt pat konnen li. Li te gen yon rad benyen nan san. Yo rele l pawòl Bondye. Lame ki nan syèl la t'ap swiv li. Yo tout te moute sou chwal blan, yo te abiye ak bèl rad twal fen, byen klere, byen pwòp. Yon nepe byen file t'ap sòti nan bouch kavalye a. Se ak nepe sa a li t'ap frape nasyon yo. Li t'ap mennen yo ak yon baton fè. Li t'ap kraze rezen yo nan moulen diven gwo kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a. Sou rad li ak sou janm li, yo te ekri non sa a: Wadèwa, Chèf tout chèf.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 2:1-3

Poukisa nasyon yo ap toumante kò yo konsa? Poukisa pèp yo ap fè plan ki p'ap sèvi yo anyen? Kounyeya, nou menm wa yo, manyè konprann. Nou menm k'ap dirije moun sou latè, manyè koute. Sèvi Senyè a avèk krentif, tranble nan tout kò nou, bese tèt devan li. Si se pa sa, n'a fè l fache, n'a mouri, paske kòlè l moute fasil. Ala bon sa bon pou moun k'ap chache pwoteksyon anba zèl li! Wa latè yo pran lèzam. Chèf yo mete tèt yo ansanm, y'ap fè konplo sou do Senyè a, y'ap fè konplo sou do wa li chwazi a. Y'ap plede di: — Ann kase chenn yo mete nan pye nou yo! Ann voye yo jete!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 21:9

Lè n'a pran nouvèl lagè ak revolisyon k'ap fèt, nou pa bezwen pè. Fòk bagay sa yo rive anvan. Men, se p'ap ankò lafen an sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 6:14-15

Swiv kòmandman mwen ba ou a, pa chanje anyen ladan l pou yo pa jwenn anyen pou repwoche ou lè Jezikri, Senyè nou an, va parèt. Lè lè a va rive, Bondye va fè nou wè l. Se li menm ki sèl otorite, se pou li sèl nou dwe fè lwanj. Li wa tout wa, li chèf tout chèf.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 1:10-12

Yon lòt fwa, li di ankò: Se ou menm, Mèt la, Bondyeki te kreye latè nan konmansman. Se avèk men ou ou te fè syèl la. Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la. Yo gen pou yo fini tankou rad. W'ap vlope yo tankou yon chemiz mete la. W'ap chanje yo tankou rad. Men ou menm, ou p'ap janm chanje, ou p'ap janm mouri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 12:2-3

Anpil nan moun ki te mouri deja yo pral leve vivan ankò. Gen ladan yo ki pral jwi lavi ki p'ap janm fini an. Gen lòt ki pral wont, yo pral soufri avilisman ki p'ap janm fini an. Moun ki gen lespri yo pral klere tankou limyè nan syèl la. Moun ki te moutre jan pou moun mache dwat yo va klere tankou zetwal pou tout tan tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 37:28

Paske, Senyè a renmen moun ki mache dwat. Li pa lage moun ki kenbe fèm nan sèvis li. L'ap toujou pwoteje yo. Men, ras mechan yo gen pou disparèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 28:20

Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:37

Men, sou tout bagay sa yo, nou genyen batay la nèt ale, gremesi moun ki renmen nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 1:10

Y'ap di tou jan n'ap tann Jezi, Pitit Bondye a, k'ap vini sot nan syèl la. Se Jezi sa a Bondye te leve vivan sòti nan lanmò. Se li menm k'ap delivre nou anba kòlè Bondye k'ap vini an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 3:3

Chonje sa yo te moutre ou la. Chonje jan ou te resevwa li. Obeyi l, tounen vin jwenn Bondye. Si ou pa sispann dòmi, m'ap vini sou ou tankou yon vòlè, san ou pa atann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 5:4

Paske, depi se pitit Bondye ou ye, ou kapab genyen batay la sou lemonn. Men ki jan nou fè genyen batay la sou lemonn, se paske nou gen konfyans nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 91:1-2

Moun ki rete anba pwoteksyon Bondye ki nan syèl la, Moun ki kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a okenn malè p'ap rive ou, okenn mechan p'ap ka pwoche bò kote kay ou. Bondye ap pase zanj li yo lòd pou yo veye sou ou, pou yo pwoteje ou kote ou pase. Y'ap pote ou nan men yo, pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch. W'ap mache sou lyon ak sou sèpan, w'ap kraze jenn ti lyon yo ak eskòpyon yo anba pye ou. Bondye di: M'ap sove moun ki renmen mwen, m'ap pwoteje moun ki konnen mwen. Lè l rele m, m'ap reponn li. Lè l nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l, m'ap fè yo respekte l. M'ap fè l viv lontan, m'a fè l wè jan m'ap delivre l. yo ka di Senyè a: — Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 4:23

Pase tout lòt bagay, veye byen lide k'ap travay nan tèt ou, paske se yo k'ap di ou ki jan pou ou viv.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:12

Pandan n'ap tann lan, fè kè n kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 24:15-20

— Lè nou va wè bagay dwòl nou pa ta renmen wè a, bagay pwofèt Danyèl te pale sou li a, vin chita nan Tanp ki apa pou Bondye a, lè sa a, se pou moun k'ap li chache konprann byen sa y'ap li a Lè sa a, tout moun ki nan peyi Jide pral blije sove al nan mòn. Moun ki anlè teras kay yo, yo p'ap gentan desann pran zafè yo. Moun ki nan jaden pa bezwen tounen lakay yo al pran rechanj. Lè sa a, se p'ap de doulè pou fanm ansent ak nouris yo. Men li di yo: — Nou wè tout bagay sa yo! Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Yon lè p'ap gen de wòch k'ap rete kanpe yonn sou lòt. Tou sa pral kraze nèt vide atè. Lapriyè Bondye pou jou n'a gen pou n kouri a pa rive ni nan tan fredi, ni yon jou saba.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 10:19

Koute: Mwen ban nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak eskòpyon, pou nou kraze tout pouvwa Satan anba pye nou, pou anyen pa kapab fè nou mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 22:7

Jezi di: — Koute, m'ap vini talè konsa. Benediksyon pou moun ki koute pawòl Bondye ki nan liv sa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 4:8-9

Mwen jwenn tout kalite difikilte. Men, mwen pa janm kwense nèt. Mwen konn rive nan sitirasyon mwen pa konn ni sa pou m fè, ni sa pou m di. Men, mwen pa janm pèdi espwa. Yo pèsekite m, men Bondye pa janm lage mwen. Mwen pran gwo sò, men mwen pa rete atè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:114

Se ou ki defans mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen. Mwen mete tout espwa m nan pawòl ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 65:17

Mwen pral fè yon lòt syèl ak yon lòt tè. Pèsonn p'ap chonje sa ki te pase nan tan lontan. Sa p'ap janm vin nan tèt yo ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:13-16

— Se sèl nou ye pou moun sou latè. Si sèl la pèdi gou l, ak kisa pou yo ba li gou ankò? Li pa vo anyen ankò. Se jete pou yo voye sa jete deyò, pou moun pile sa anba pye yo. — Se limyè nou ye pou moun sou latè. Moun pa kapab kache yon lavil ki bati sou yon mòn. Ni yo pa limen lanp pou mete li anba tab. Men yo mete li sou etajè pou li klere tout moun nan kay la. Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 20:4

Lè sa a, mwen wè yon bann fòtèy. Moun ki te chita sou fòtèy yo te resevwa pouvwa rann jijman. Anmenmtan an tou, mwen wè nanm moun yo te koupe tèt yo paske yo t'ap bay verite Jezi te fè nou konnen an ansanm ak pawòl Bondye a. Moun sa yo te refize adore ni bèt la, ni estati l la. Yo pat resevwa mak bèt la sou fwon yo ni sou men yo. Yo leve sòti vivan nan lanmò. Y'ap gouvènen avèk Kris la pandan mil (1.000) an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 5:4-6

Men nou menm, frè m yo, nou pa moun k'ap viv nan fènwa. Jou sa a p'ap vin sou nou tankou yon vòlè, san nou pa atann. Paske, nou tout se moun k'ap viv nan limyè, nan gwo lajounen. Nou pa moun k'ap viv nan lannwit, nan fènwa! Se sa k fè, piga nou dòmi tankou lòt yo. Pa kite dòmi pran nou. Kenbe tèt nou anplas.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 1:4

Dapre volonte Bondye, Papa nou, Kris la te bay tèt li pou peche nou yo, pou l te ka delivre nou anba move tan mechan ki sou latè kounyeya.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 5:10

Men, apre n'a fin soufri yon ti tan, Bondye li menm va rann nou bon nèt, l'a kenbe nou fèm, l'a ban nou fòs, l'ap fè nou kanpe san brannen. Paske Bondye bay tout kalite favè. Se li menm ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n te patisipe nan pouvwa li ki p'ap janm fini.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 103:19

Senyè a mete fòtèy li anwo nan syèl la, l'ap gouvènen tout bagay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 1:7

Gade. Men Kris la ap vini sou tèt nyaj yo! Tout moun pral wè l, menm moun ki te pèse l yo. Tout pèp sou latè pral kriye lè y'a wè li. Wi, se konsa sa pral pase. Amèn.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 24:31

Gwo klewon an va sonnen, l'a voye zanj li yo nan kat kwen latè pou sanble tout moun Bondye te chwazi yo, depi yon bout nan syèl la jouk nan lòt bout la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Pyè 2:9

Konsa, Bondye konnen ki jan pou l delivre moun k'ap sèvi l yo nan mitan eprèv. Men, li kite mechan yo pou l ka pini yo jou jijman an,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 13:12

Nwit lan vanse fini, jou prèt pou kase. Ann sispann fè bagay yo fè nan fènwa. Ann pran zam nou pou nou ka goumen devan tout moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 10:37

Paske, men sa ki ekri nan Liv la: Nan yon ti tan ankò, sa p'ap pran lontan, Moun ki gen pou vini an ap vini, Li p'ap pran reta.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 21:15

Se mwen menm ki va mete pawòl nan bouch nou, ki va ban nou konprann. Konsa, nan moun ki nan kont avèk nou yo, yo yonn p'ap ka kenbe tèt ak nou, ni yo p'ap kapab demanti sa n'a di.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 10:20-23

Yon jou gen pou vini. Lè sa a, ti rès moun pèp Izrayèl la, sa ki te chape anba lanmò nan fanmi Jakòb la, p'ap konte ankò sou pèp ki te twaka fini ak yo a. Y'a mete konfyans yo tout bon nan Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Se yon ti ponyen moun ase, yon ti rès nan fanmi Jakòb la k'ap tounen vin jwenn Bondye yo a ki gen pouvwa. Menm si moun pèp Izrayèl yo te anpil tankou grenn sab bò lanmè, se yon ti ponyen ase k'ap tounen. Wè pa wè, y'ap detwi pèp la. Se sa menm li merite. Wi, Senyè ki gen tout pouvwa a pral fè lènmi mache nan tout peyi a pou yo devalize l jan li te di l'ap fè l la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 1:25

Yo mete manti nan plas verite Bondye a. Yo pito adore kreyati Bondye, yo pito sèvi yo pase pou yo adore Bondye ki kreye yo a, li menm ki merite pou n fè lwanj li tout tan. Amèn.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 3:20

Men nou menm, nou se sitwayen syèl la. N'ap tann Sovè nou, Jezikri Senyè nou k'ap sot nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 2:10-12

Kounyeya, nou menm wa yo, manyè konprann. Nou menm k'ap dirije moun sou latè, manyè koute. Sèvi Senyè a avèk krentif, tranble nan tout kò nou, bese tèt devan li. Si se pa sa, n'a fè l fache, n'a mouri, paske kòlè l moute fasil. Ala bon sa bon pou moun k'ap chache pwoteksyon anba zèl li!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 26:64

Jezi reponn li: — Se ou ki di li. Men, m'ap di nou sa, depi jòdi a n'a wè m, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a, n'a wè m ap vini sou nyaj yo nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 6:17

Paske, gwo jou kòlè a rive. Ki moun ki ka kenbe tèt avèk li?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 11:6-9

Lyon ak mouton va viv ansanm, Chen mawon ak ti kabrit va dòmi menm kote. Jenn ti bèf ak jenn ti lyon pral manje ansanm. Lèfini se yon timoun ki pral okipe yo. Manman bèf ak manman lous va manje ansanm nan menm savann. Ti bèf ak ti lous va jwe ansanm. Lyon va manje zèb tankou bèf. Timoun nan tete ap ka jwe sou bouch twou koulèv. Timoun sevre ap ka jwe foure dwèt nan bouch koulèv, anyen p'ap rive yo. Pèsonn p'ap fè mechanste. Pesonn p'ap fè sa ki mal sou mòn ki apa pou Bondye a, sou mòn Siyon an. Paske, menm jan fon lanmè plen ak dlo, se konsa kè tout moun nan peyi a pral plen ak konesans Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 5:1

Wi, lè kò nou rete ladan sou latè a demoli, Bondye sere yon lòt bitasyon pou nou nan syèl la, yon kay byen solid k'ap dire tout tan. Se li menm menm k'ap bati kay sa a pou nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 4:4

Men, nou menm, pitit mwen yo, nou se moun Bondye, nou kraze fo pwofèt yo, paske lespri ki nan nou an gen plis pouvwa pase lespri ki nan moun ki pou lemonn yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 12:27

Lè li di yon lòt fwa, li fè konprann lè sa a se tout bagay Bondye kreye yo ki pral tranble. Yo pral disparèt. Konsa se bagay ki byen fèm yo k'ap rete.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 21:1-4

Apre sa, mwen wè yon lòt syèl ak yon lòt latè. Premye syèl la ak premye latè a te disparèt. Pat gen okenn lanmè ankò. Nan vizyon an, mwen wè zanj lan mennen m sou tèt yon mòn byen wo. Li moutre m lavil Bondye a, Jerizalèm ki desann sòti bò kote Bondye ye nan syèl la. Li te klere byen bèl ak limyè prezans Bondye a. Lavil la te klere tankou yon pyè bijou ki koute chè anpil, tankou yon pyè jasp klè kou kristal. Li te gen yon gwo miray byen wo avèk douz pòtay. Te gen yon zanj nan chak pòtay pou veye yo. Sou pòtay yo, yo te ekri non douz branch fanmi pèp Izrayèl la. Te gen twa pòtay sou chak kote: twa pòtay sou bò lès, twa pòtay sou bò nò, twa pòtay sou bò sid, twa pòtay sou bò lwès. Miray la te kanpe sou douz gwo wòch. Yo te ekri non douz apòt ti Mouton an sou wòch yo. Zanj ki t'ap pale avè m lan te gen yon baton pou mezire nan men li, yon baton wozo fèt an lò, pou l te pran mezi lavil la, mezi pòtay yo ak mezi miray la. Lavil la te tankou yon bwat kare, longè l te menm ak lajè li. Zanj lan mezire lavil la ak baton wozo l la. Lavil la gen demildesan (2.200) kilomèt longè. Lajè l ak wotè l te menm ak longè li. Zanj lan mezire miray la: miray la te gen swasanndouz (72) mèt sou wotè, dapre mezi òdinè li t'ap sèvi a. Miray la te bati an jasp. Lavil la menm te an bon lò, li te klere kou kristal. Gwo wòch fondasyon miray lavil la te byen òne ak tout kalite pyè bijou gwo pri. Premye wòch la te an jasp, dezyèm lan an safi, twazyèm lan an agat, katriyèm lan an emwòd, Apre sa, mwen wè lavil Bondye a, lòt Jerizalèm nèf lan, ki t'ap desann sòti bò kote Bondye ye nan syèl la. Li te byen abiye, li te pare tankou yon lamarye ki pral kontre fyanse li. senkyèm lan an oniks, sizyèm lan an sadouàn, setyèm lan an krizolit, uityèm lan an beril, nevyèm lan an topaz, dizyèm lan an krizopraz, onzyèm lan an tikwaz, douzyèm lan an ametis. Douz pòtay yo te douz bèl grenn pèl. Chak pòtay yo te fèt ak yon sèl grenn pèl. Tout lari nan lavil la te fèt an bon lò, klè kou kristal. Mwen pat wè tanp nan lavil la, paske Mèt la, Bondye ki gen tout pouvwa a, te tanp li ansanm ak ti Mouton an. Lavil la pat bezwen ni solèy, ni lalin pou klere l paske limyè prezans Bondye a te klere l nèt, ti Mouton an te tankou yon lanp pou li. Gremesi limyè l la, tout nasyon ki sou latè va wè pou yo mache. Tout wa latè yo va pote richès yo ba li. Pòtay yo va rete louvri tout lajounen. Men, paske la p'ap janm fè nwit, pòtay yo p'ap janm fèmen. Tout richès nasyon yo ansanm ak tout bèl bagay yo genyen va anpile nan lavil la. Men, anyen ki pa bon pou sèvis Bondye p'ap antre nan lavil la. Ni yo p'ap kite moun k'ap fè bagay ki bay degoutans, moun k'ap bay manti, mete pye yo nan lavil la. Moun ki va antre nan lavil la, se sèlman moun ki gen non yo ekri nan liv ki nan men ti Mouton an, liv ki gen non moun ki gen lavi a. Mwen tande yon vwa ki t'ap sòti bò fòtèy la, li t'ap di byen fò: — Kounyeya, kay Bondye a se nan mitan moun l'ap ye. L'ap rete nan mitan yo, lèzòm ap yon pèp pou li. Se Bondye menm k'ap viv avèk yo, li va Bondye pou yo. Li gen pou l cheche tout dlo nan je yo. P'ap gen lanmò ankò, yo p'ap nan lapenn ankò, yo p'ap janm plenyen ankò, yo p'ap janm soufri ankò. Tout vye bagay sa yo pral disparèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi

Lapriyè bay Bondye

Bondye Papa ki bon epi etènèl, Granmèt ki anwo nan syèl la! M'ap fè lwanj ou paske ou jis, ou sen, ou merite tout glwa ak tout adorasyon. Papa, m'ap pwoche bò kote w nan non Jezi pou m di w mèsi epi beni non w. Bondye mwen renmen anpil, nan dènye tan sa yo n'ap viv la, m'ap mande w pou Lespri Sen ou a gide pa m, pou l fè m mache dwat. Mete wayòm ou a nan vi m ak nan fanmi m pou nou ka toujou rete kole avè w, ak pawòl ou, ak vwa w. Pa kite m sal ak move bagay nan lemonn, Papa. Pirifye kè m chak jou avèk prezans ou. Fè m vin yon pitit ki konprann tan n'ap viv la, ki fè volonte w nan tout sa m'ap fè, epi ki viv byen devan w ak devan tout moun. Ou se sekou mwen, Sentespri, epi mwen kwè ak tout kè m sa pawòl ou di a: "Li fè pye m tankou pye kabrit, li fè m kanpe fèm sou mòn yo. Li antrene men m pou batay, pou m ka sèvi ak banza kwiv." Tanpri, pa kite m tonbe nan tantasyon, delivre m anba mal la, pwoteje je m kont vanite ak lanvi. Nan non Jezi, Amèn.
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite