Zanmi mwen, ou konnen, bagay lògèy la, li ka pran nenpòt moun. Pa gen granmoun, pa gen timoun, pa gen moun rich, pa gen moun pòv ki chape anba li. Li enpòtan pou nou pran tan reflechi sou sa, paske li fasil pou nou tonbe nan pyèj lògèy la.
Bib la pale anpil de danje lògèy. Salomon, nan liv Eklezyas la, di nou kijan lavi a pase vit, epi kijan richès ak lwanj isit sou latè pa vo anyen. Li di nou mete espwa nou nan Bondye, paske tout sa nou posede, tout sa nou rive fè, yon jou ap disparèt. Yo pap gen okenn valè nan syèl la.
Jezi, nan Nouvo Testaman an, li menm tou li moutre nou enpòtans pou nou konsantre nou sou bagay ki gen valè pou letènite. Li di nou pa kouri dèyè lwanj moun, men pou nou chèche konnen volonte Bondye epi viv yon vi ki gen sans, yon vi ki santre sou lanmou pou Bondye ak pwochen nou.
Lògèy la fè nou bliye imilite, li fè nou vle pou se nou menm sèlman ki parèt. Li fè nou bliye lanmou pou lòt moun, li fè nou bliye volonte Bondye. Ann chèche rete lwen lògèy la, zanmi mwen, pou nou ka pwoche pi pre Bondye.
Bagay ki sòti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tantasyon, se lògèy k'ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa sòti nan Papa a. Se nan lemonn sa sòti.
Si ou renmen lajan, ou p'ap janm fin gen ase. Si w'ap kouri dèyè richès, plis ou genyen, se plis w'ap anvi genyen toujou. Sa a tou, se rapousib van.
Bèl fanm pa di bon madanm. Bèl figi pa la pou lontan. Men y'a fè lwanj fanm ki gen krentif pou Senyè a.
Pa kite lapenn chita nan kè nou. Pa kite anyen fè nou soufri nan kò nou. Ou p'ap rete jenn gason ak cheve nwa tou tan.
Men yo: Pa kite m bay manti pou m twonpe moun. Pa fè m ni rich ni pòv. Ban m kantite manje mwen bezwen pou m viv la.
— Pa anpile richès nou isit sou latè, kote vè ak lawouj ap manje yo, kote vòlè kapab vòlè yo pote ale.Okontrè, anpile richès nou nan syèl la. Paske la pa gen vè ni lawouj ki pou manje yo, ni vòlè ki pou pran yo pote ale.Paske, kote richès ou ye, se la kè ou ye tou.
Mwen wè tout di lèzòm ap travay di a, tout bèl mèvèy y'ap reyalize nan lavi a, se paske yonn vle gen plis pase lòt. Men sa a tou, se rapousib van, se lave men siye atè.
Paske Bacha ak Ela, pitit li a, te fè Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache ak vye zidòl yo. Yo te peche kont Senyè a, yo te lakòz pèp la fè sa ki mal tou.
(3) Nou menm menm lèzòm, kilè n'a sispann trennen non m nan labou! Kilè n'a sispann renmen bagay ki pa vo anyen! Kilè n'a sispann kouri dèyè bagay ki pa vre!
Nou pa bezwen fè nou bèl ak bagay moun ka wè, tankou bèl kwafi, yon kantite bijou lò, ak yon kantite rad gwo pri.Okontrè, se sa ki nan kè nou ki tout bèlte nou, yon bèlte ki p'ap janm pase. Se pou nou gen yon karaktè dou, yon karaktè poze. Se sa ki gen valè devan Bondye.
Yo derefize kenbe lòd li yo, yo pa respekte kontra li te pase ak zansèt yo. Yo pa okipe avètisman li te ba yo, yo pran sèvi zidòl ki pa vo anyen. Yo menm, yo pèdi valè yo. Yo pran fè tankou lòt nasyon k'ap viv bò kote yo t'ap fè, yo dezobeyi lòd Senyè a ki te di yo pa fè sa.
(6) Gade, mwen konte jou ki rete m pou m viv yo sou dwèt mwen. Lavi m tankou anyen devan ou. Wi, tout moun ki vivan, se tankou lafimen yo ye.
Kisa sa ta sèvi yon moun pou l ta genyen lemonn antye si l pèdi lavi li? Kisa yon moun kapab bay pou l gen lavi?
(12) Lè w'ap korije moun ou pini yo pou fòt yo fè, ou detwi tou sa yo pi renmen tankou mit k'ap manje rad. Se vre wi, moun se tankou lafimen yo ye.
Nan yon sans se vre. Sèvis Bondye a se yon gwo richès pou yon moun si l kontan ak sa li genyen an.Nou pa te pote anyen lè nou t'ap vin sou latè. Konsa tou, nou p'ap pote anyen lè n'ap kite tè a.
(10) Wi, moun pa anyen. Grannèg? Se pawòl nan bouch. Mete yo ansanm nan balans, yo pa gen pèz. Yo pi lejè pase van k'ap soufle a.
Kite lòt moun pale byen pou ou. Pa fè sa ou menm. Kite etranje fè lwanj pou ou. Pa janm fè lwanj tèt pa ou.
Piga moun ki gen lespri yo fè grandizè dèske yo gen bon konprann, ni moun ki vanyan yo dèske yo vanyan, ni moun rich yo dèske yo rich.Men si yon moun vle fè grandizè, l'a fè grandizè dèske li konnen m, dèske li konprann mwen. Paske mwen gen bon kè, Mwen fè sa ki dwat ak sa ki kòrèk sou latè. Se bagay sa yo ki fè m plezi. Se mwen Senyè a ki di sa.
Yon jou gen pou vini! Lè sa a, p'ap gen moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ankò! P'ap gen moun k'ap fè awogan ankò sou moun! Jou sa a, Senyè a va sèl chèf.
Apre sa, li di yo tout: — Fè atansyon. Veye kò nou pou lajan pa pran tèt nou. Paske, se pa anpil byen ki garanti lavi yon nonm, li te mèt rich kont kò li.
Delivre m anba bann mechan sa yo ki sòti pou touye m, delivre m anba men moun lòt nasyon yo. Bonjou yo pa laverite. Menm lè y'ap sèmante, se manti y'ap fè.
Pa fè anyen nan lide pou fè tèt nou pase pou pi bon, ni pou fè lwanj tèt nou. Men, soumèt nou devan Bondye. Mete nan tèt nou lòt yo pi bon pase nou.
Yon vwa rete li di: Pale non! Yon lòt vwa reponn: Sa pou m'di? Di yo moun se zèb. Tout bèlte yo, se bèlte flè savann.Zèb la cheche, flè a fennen, lè Senyè a voye van li soufle sou yo. Se vre wi! Se tankou zèb pèp la ye!Wi, zèb la cheche, flè a fennen, Men, pawòl Bondye nou an la pou tout tan!
Nan lavi a, anyen pa anyen, Non, anyen pa anyen nan lavi a. Se pawòl filozòf la. Tout bagay gen pou kaba.
Poutèt favè Bondye fè m lan, men sa m'ap mande nou tout: Piga nou mete nan tèt nou nou plis pase sa nou ye. Okontrè, pa mete gwo lide nan tèt nou. Se pou chak moun konsidere tèt li dapre sa Bondye ba li ki pa l nan lafwa.
Konsa, jan sa ekri nan Liv la: Si yon moun vle fè lwanj tèt li, se pou l fè lwanj tèt li nan sa Bondye fè pou li.
Mwen di nan kè mwen: Bon! Ann al pran plezi nou! Ann al mennen lavi dous! Men, mwen jwenn sa a tou, sa pa vo anyen!
Apre sa, mwen kalkile sou tou sa mwen te fè ak men mwen, sou tout traka mwen te bay kò mwen pou m'fè yo. Enben, mwen jwenn sa pa te vo anyen. Se kouri dèyè van. Konsa, pa gen okenn pwofi sou tou sa ou fè sou latè beni.
Mwen di nan kè mwen: Sa ki rive moun fou yo ap rive m tou. Nan kondisyon sa a, sa m te bezwen gen tout konprann sa yo? Kisa sa ap pwofite m? Mwen di nan kè m: Sa a tou, sa pa vo anyen!
Se konsa lavi pa di m anyen ankò. Tou sa mwen fè sou latè se traka li ban mwen. Paske anyen pa vo anyen, anyen pa rapòte anyen.
Tout rèv w'ap plede fè yo, tout pawòl w'ap plede di yo p'ap sèvi ou anyen. Se krentif pou ou toujou genyen pou Bondye.
Se pou frè ki pa anyen an santi li fyè lè Bondye leve li atè a.Konsa tou, yon frè ki rich dwe santi li kontan tou lè Bondye rabese li. Paske moun rich gen pou pase tankou flè zèb raje.
Anyen. Pito ou kontan ak sa ou genyen pase pou ou toujou anvi sa ou pa genyen. Paske sa pa vo anyen. Se rapousib van.
Nan lavi a anyen pa anyen, Non, anyen pa anyen nan lavi a, Se pawòl filozòf la. Tout bagay gen pou kaba.
Madichon pou nou! Nou sitèlman renmen mechanste n'ap fè a, n'ap trennen li dèyè nou kote nou pase. Peche nou yo te mèt lou, n'ap rale yo dèyè nou tankou moun k'ap rale kabwèt!
Pa gen moun nan lavil la. Yo kite kay yo ap tonbe. Tout pòt kay fèmen, moun pa antre la ankò.
Men Granmèt la di l: — Pa gade sou bèl aparans li, ni sou bèl wotè li. Paske mwen mete l sou kote. Mwen pa jije valè yon moun jan lèzòm fè l la. Lèzòm gade sou sa ki parèt devan je yo. Men, mwen menm mwen gade sa ki nan kè moun.
moun k'ap fè inonsan peye pou koupab, moun k'ap antrave travay jij yo nan tribinal, moun k'ap bay manti pou moun serye pa jwenn jistis.
Jan sa ekri nan Liv la: Moun se tankou zèb, Tout bèl yo bèl, se bèlte flè zèb, Zèb la chèch, flè a tonbe.Men, pawòl Bondye a la pou tout tan. Se pawòl sa a levanjil la te pote ban nou.
Men, gade! Se pa anyen nou ye! Tou sa n'ap fè yo pa vo anyen menm! Se yon avilisman pou moun ki pran nou pou bondye yo!
Tout bondye sa yo pa vo anyen. Yo pa kapab fè anyen menm. Estati zidòl yo, se van. Yo pa vo anyen.
Moun ki gen konfyans nan sa li santi sèlman, se moun fou yo ye. Men moun ki aji ak bon konprann ap gen sekirite.
Se pou gremesi nou t'ap fè tout bri sa yo sou tèt mòn yo. Yo pa ka fè anyen pou nou. Wi, se Senyè a, Bondye nou an, sèl ki ka sove pèp Izrayèl la.
Moun k'ap viv dapre sa lachè egzije, se yon sèl bagay ki nan lide yo: Se fè lachè plezi. Men moun k'ap viv dapre Lespri Bondye, sèl okipasyon yo: Se fè Lespri Bondye plezi.Lè ou kite egzijans kò a pran tèt ou, se mouri w'ap mouri. Men, lè ou kite egzijans Lespri a pran tèt ou, se viv w'ap viv ak kè poze.
Relijyon moun sa yo pa vo anyen. Yo koupe yon pyebwa nan rakbwa, yo fè yon bòs atizan travay li ak sizo.
Lè ou gade byen, sò moun ak sò zannimo, se menm bagay. Ni yonn, ni lòt gen pou mouri. Se menm souf la ki nan toulede. Moun pa gen okenn avantaj sou zannimo, paske lavi pa vo anyen ni pou yonn ni pou lòt. Toulede pral menm kote Toulede soti nan pousyè tè. Toulede ap tounen nan pousyè tè.
Dènye bout nou se swasanndizan. Si nou gen bon sante, n'a wè katreventan. Men, avantaj nou jwenn nan tou sa se sèlman tray ak mizè. Talè konsa nou fin viv, n'al fè wout nou.
Pwofèt yo pa wè anyen pou yo di ou pase manti ak radòt. Yo kase fèy kouvri peche ou yo pou ou. Yo fè ou pèdi chans ou te gen pou ou te kanpe ankò a. Yo pa wè anyen pou yo di ou. Y'ap ba ou manti, y'ap pete ou.
Kilès ki di ou pi bon pase lòt yo? Kisa ou genyen se pa Bondye ki ba ou li? Enben, nan kondisyon sa a, poukisa w'ap fè grandizè pou sa ou genyen an tankou si se pa Bondye ki te ba ou li?
Se sa k fè, kit n'ap manje, kit n'ap bwè, nenpòt kisa n'ap fè, fè l pou sa sèvi yon lwanj pou Bondye.
Yo te konn Bondye byen pwòp, men yo pa bay Bondye lwanj ki pou li, yo pa di l mèsi jan l merite l la. Lekontrè, y'ap mete yon bann lide ki pa gen sans nan tèt yo, yo san konprann, fènwa fin plen kè yo.Y'ap mache di se moun lespri yo ye. Men, se fou yo fin fou.
Li sòti toutouni nan vant manman l, konsa tou l'ap tounen san anyen anba tè. Pa gen anyen nan tou sa li travay fè li ka pran pote ale ak li.
Gen moun ki pa gen anyen men ki pran pòz moun rich yo. Gen moun ki pran pòz moun pòv yo, epi se yo ki gen fòtin.
Kisa sa ta sèvi yon moun pou l ta genyen lemonn antye, si l pèdi nanm li, ou si l detwi lavi li?
Men sa Senyè a voye di nou: — Kisa mwen te fè zansèt nou yo ki mal kifè yo te vire do ban mwen? Yo pran mache dèyè yon bann zidòl ki pa vo anyen. Yo menm tou, yo vin pa vo anyen.
Nou pa konn sa lavi ap pote pou nou denmen. Lavi nou tankou yon nyaj, li parèt pou yon ti tan. Apre sa, li disparèt.
Se sa ki fè, konnen ki jan pou n mennen tèt nou! Pa mennen tèt nou tankou moun ki sòt, men tankou moun ki gen konprann.Pa kite okenn okazyon pase pou fè sa ki byen. Paske, jou sa yo n'ap viv la a pa bon menm.
Viv byen yonn ak lòt. Pa kite lògèy moute tèt nou. Viv tankou moun ki san pretansyon. Pa kwè nou gen pi bon konprann pase sa.
Se sa ki fè, men sa m'ap di nou, men sa m'ap deklare nou nan non Senyè a: Sispann viv tankou moun ki pa konn Bondye epi k'ap swiv lide pa yo ki pa vo anyen.Lespri yo bouche, yo p'ap viv lavi Bondye bay la, paske yo pa konn anyen, kè yo fin di.
Lè moun sòt ap ri se tankou move chabon k'ap pete anba chodyè. Sa a tou, se voye wòch pou konble lanmè.
(11) Men, nou wè moun ki gen bon konprann yo mouri, yo disparèt menm jan ak moun sòt ansanm ak moun egare yo. Yo kite tout richès yo pou lòt moun.(12) Se nan simityè yo pral bout, se nan tonm yo pral rete, menm si yo gen gwo bitasyon ki pote non yo.(13) Yon moun te mèt grannèg kou li grannèg, li gen pou li mouri kanmenm. Li tankou bèt y'ap mennen labatwa.
— Pèsonn pa ka sèvi byen ak de mèt anmenmtan. Li gen pou l rayi yonn si l renmen lòt la. L'ap sèvi byen ak yonn, men l'ap meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak lajan anmenmtan.
Moun ki gen lamou, li gen pasyans, li gen bon kè. Li pa anvye sò moun. Li pa nan fè grandizè. Li pa nan moute kòlèt sou moun.
Lè n'a rele mande sekou, se pou tout zidòl nou yo vin sove nou si yo kapab! Yon senp ti van ap pote yo ale, yon ti briz van ap pati ak yo. Men, moun ki mete konfyans yo nan mwen va rete nan peyi a, y'a rete sou mòn ki apa pou mwen an.
Se pou nou pran Jezikri pou zam nou. Pa kite egzijans lachè pran pye sou nou pou fè nou fè tou sa li anvi fè.
Paske, jan sa ekri nan Liv la: Si yon moun vle fè lwanj tèt li, se pou l fè lwanj tèt li nan sa Bondye fè pou li.Se konsa wi: Se pa moun k'ap fè lwanj tèt yo ki bon pou travay la, men se moun Senyè a rekòmande ki bon pou travay la.
Plis ou nan pale anpil, plis se tan ou w'ap pèdi. Kisa sa ap rapòte ou?Ki moun ki konnen sa ki bon pou yon moun k'ap mennen yon lavi ki pa vo anyen, yon lavi k'ap pase tankou yon nyaj, pandan de twa jou l'ap pase sou tè a? Ki moun ki ka fè lèzòm konnen sa ki gen pou rive sou latè apre y'a fin mouri?
Men, li fè nou yon pi gwo favè ankò, jan sa ekri nan Liv la: Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy yo. Men, moun ki soumèt devan l, li ba yo favè li.
Yo pran pòz pa kanmarad pèsonn, y'ap plede bat moun.Kè yo plen mechanste. Yo plen move plan nan tèt yo.
Men, si yon lè mwen te konsidere tout bagay sa yo tankou yon garanti, kounyeya yo pa vo anyen pou mwen, akòz Kris la.Men, se pa sa sèlman. Se tout bagay menm ki pa vo anyen pou mwen, lè m konpare yo ak gwo avantaj mwen genyen lè m konnen Jezikri tankou Senyè mwen. Poutèt li, mwen voye tout bagay jete, mwen gade yo tankou fatra pou m sa gen Kris la,
Men, tou sa, se pawòl anlè. Gade sa k'ap pase sou latè: Gen moun ki mache dwat epi se yo ki resevwa pinisyon mechan yo merite. Gen mechan ki jwenn rekonpans moun ki mache dwat yo merite. Sa a tou, se tankou lave kay tè. Se konsa mwen mache di se pou tout moun jwi lavi yo, paske sèl plezi yon nonm gen nan lavi a se manje, se bwè, se pran plezi. Se sa ase li ka fè pandan l'ap travay di nan lavi Bondye ba l pou l viv sou latè a.
Lè ou gen krentif pou Bondye, ou deja konprann anpil bagay. Lè ou soumèt devan Bondye, moun va fè lwanj ou.
(1b) Si se pa Senyè a ki bati kay la, travay moun k'ap bati yo pa vo anyen. Si se pa Senyè a k'ap pwoteje lavil la, travay moun k'ap veye yo pa vo anyen.
Menm jan an tou, nou menm jennjan yo, se pou nou soumèt devan chèf reskonsab yo. Nan tout rapò nou yonn ak lòt, se pou nou soumèt devan Bondye. Paske Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy. Men, moun ki soumèt devan l, li ba yo favè li.
Yon lòt bagay mwen wè ankò sou latè, se pa toujou moun ki konn kouri ki genyen nan kous, se pa toujou vanyan gason ki genyen nan lagè. Yon moun ki gen konprann pa toujou gen manje pou l manje, yon moun ki gen lespri pa toujou gen anpil byen. Moun ki gen kapasite pa toujou jwenn gwo pozisyon. Chans ak malchans la pou tout moun.Moun pa konnen lè lè yo ap rive. Tankou pwason ki pran nan senn, tankou zwazo ki pran nan pèlen, se konsa moun pran tou lè yon malè sèk tonbe sou yo.
Fè awogans, gonfle lestonmak yo sou moun, se sa ase mechan yo ap chache fè. Tou sa se peche.
Paske, mwen p'ap konsidere bagay moun wè, men bagay moun pa wè. Sa moun wè, se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa wè, se bagay ki la pou tout tan.
P'ap gen moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ankò! P'ap gen moun k'ap fè awogan ankò sou moun! Lè jou sa a va rive, Senyè a va sèl chèf.
Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p'ap janm vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.
(17) Ou pa bezwen pè lè ou wè yon moun ap vin pi rich, lè ou wè l'ap mete richès pil sou pil lakay li.(18) Lè l mouri, li p'ap pote anyen ale avèk li, l'ap kite tout richès li yo dèyè.
Mwen ta renmen tou pou medam yo abiye yon jan ki kòrèk, tou senp, san fè endesans. Yo pa bezwen nan fè gwo kwafi, mete gwo bijou lò ak bèl grenn pèl ni rad ki koute chè sou yo.Oneman ki bon pou yon fanm ki di l'ap sèvi Bondye se fè sa ki byen.
Gade! Devan Senyè a, nasyon yo tankou yon gout dlo nan yon bokit. Yo pa peze plis pase ti pousyè nan yon balans. Moun zile yo menm, yo lejè pase pousyè van ap leve!Bèt peyi Liban pa ase pou fè ofrann ofri bay Bondye ni bwa li yo p'ap kont pou boule sou lotèl li.Tout nasyon yo mete ansanm, yo pa anyen devan Senyè a. Li pa pran yo pou anyen. Yo pa vo anyen nan je l.
Men yo: Pa kite m bay manti pou m twonpe moun. Pa fè m ni rich ni pòv. Ban m kantite manje mwen bezwen pou m viv la.Si mwen gen twòp, m'a vire do ba ou, m'a di mwen pa konnen ki moun ou ye. Si mwen pa gen ase, m'a vòlò, m'a fè yo pase ou nan betiz.
Tout pi bèl favè, tout pi bon kado nou resevwa, se anwo nan syèl la yo sòti, nan men Bondye ki kreye tout limyè. Bondye pa janm chanje, ni li pa gen anyen ki ta ka sanble yon chanjman nan li.
(9) Men moun ki te derefize chache pwoteksyon bò kote Bondye a. Li te pito mete tout konfyans li nan gwo richès li yo. Li te pito ap fè grandizè pou sa li fè ki mal.
Se konsa, Bondye ban nou pwomès li yo ki gwo anpil, ki gen anpil valè, pou nou kapab patisipe nan sa Bondye ye a, pou nou kapab chape anba koripsyon ki nan lemonn, akòz move lanvi ki nan kè moun.
Konsa, frè m yo, kenbe fèm, pa brannen. Se pou n toujou pi cho nan travay Senyè a, paske nou konnen travay n'ap fè pandan n'ap viv ansanm ak Senyè a p'ap janm pèdi.
Se paske li renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa sòti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou.Non, nou pa fè anyen pou sa. Konsa, pèsonn pa ka vante tèt yo.
Se pase lemonn ap pase, ansanm ak tou sa moun jwenn ladan l yo ta vle genyen. Men, moun ki fè sa Bondye vle, y'ap viv pou tout tan.
Mwen menm, mwen t'ap di nan kè mwen: Se pou dan ri m'ap fatige kò mwen. Se pou gremesi m'ap travay jouk m'bouke. Men, m'ap toujou gen konfyans: Senyè a va ban m rezon. Rekonpans mwen la byen sere nan men Senyè a.
— Pèsonn pa ka sèvi de mèt byen anmenmtan. Li gen pou li rayi yonn si li renmen lòt la. L'ap sèvi yonn byen, epi l'ap meprize lòt la. Nou pa ka ap sèvi Bondye epi lajan anmemmtan.
— Se pa tout moun k'ap plede di: Senyè, Senyè non, k'ap antre nan peyi wa ki nan syèl la. Men se sèlman moun ki fè volonte Papa mwen ki nan syèl la k'ap ka antre.Lè jou sa a va rive, anpil moun va di m: Mèt, Mèt, se sou non ou nou t'ap bay mesay ki sòti nan Bondye a. Se sou non ou nou te chase move lespri yo. Se sou non ou nou te fè anpil mirak.Lè sa a, m'a di yo: Mwen pat janm konnen nou. Wete kò nou sou mwen, nou menm k'ap fè sa ki mal.
Moun pral fè rayisab, y'ap renmen lajan, y'ap fè grandizè, lògèy ap vire tèt yo, y'ap pale Bondye mal, y'ap dezobeyi papa ak manman yo, y'ap engra, y'ap san okenn respè pou bagay Bondye.Kè yo ap di, y'ap san pitye, y'ap pale moun mal, y'ap fè gwo kòlè, y'ap brital. Yo p'ap vle wè sa ki byen menm.Y'a trèt, y'a fè kòlè fasil, lògèy va gonfle lestomak yo. Y'ap pito zanmi plezi pase yo zanmi Bondye.
Soumèt ou devan Bondye, gen krentif pou li: W'a gen richès, y'a nonmen non ou, w'a viv lontan.
Ou pa ka konte kantite moun yon wa ka gouvènen, kantite moun yon wa ka dirije. Men lè l mouri, pèsonn p'ap chonje di l mèsi pou sa li te fè pou yo. Tou sa pa vo anyen. Sa pa rapòte anyen.
Sa se bagay mwen konnen: Nanpwen anyen ki bon nan mwen, nan tout kò mwen. Mwen di sa, paske menm lè mwen vle fè sa ki byen, mwen pa santi m kapab fè li.
Lèzòm menm, lavi yo tankou zèb. Yo grandi, yo fleri tankou flè savann.Kou van soufle sou yo, yo disparèt. Pèsonn pa rekonèt kote yo te ye a.
Apre tout pawòl sa yo, se yon sèl bagay pou m di nan sa: Gen krentif pou Bondye. Fè tou sa li mande ou fè yo. Se pou sa ase Bondye te kreye moun.Paske Bondye ap jije tou sa n'ap fè, kit yo bon, kit yo pa bon, ata bagay nou fè ankachèt yo.