Vèsè Biblik

- Piblisite -


117 Vèsè Biblik sou Lwanj tèt ou

117 Vèsè Biblik sou Lwanj tèt ou

Cheri mwen, mwen vle pale avèw dirèkteman. Bib la di Bondye chwazi sa ki fèb nan mond lan, sa moun meprize, sa ki pa anyen pou l kraze sa ki gwo, pou pèsonn pa vante tèt yo devan l (1 Korentyen 1:28-29). Chak jou ki pase, fòk nou rekonèt nou bezwen Bondye, nou depann de lanmou san fay li. Paske moun ki vante tèt li, se moun ki panse li ka fè tout bagay pou kont li, li fè konfyans nan pwòp fòs li.

Bondye vle nou viv san vantans, paske li gade moun ki awogan yo de lwen. Li bay moun ki rekonèt yo pa ka viv san li a plis gras. Lè kè w ta vle gonfle, sonje sa w te ye anvan w te konnen Bondye. Gade tout bon bagay li fè pou ou. Bay Bondye tout glwa a, tout lonè a, paske anvan w te nan fènwa, kounye a ou nan gran limyè.

Pa janm vante tèt ou pou anyen, paske tout sa w ye, tout sa w genyen, se gras ak Bondye ki vide benediksyon l sou ou an abondans. Anpil lanmou pou ou.




1 Samyèl 2:3

Sispann pale avèk lògèy. Pa kite pawòl radiyès sòti nan bouch nou. Paske Senyè a se yon Bondye ki konnen tout bagay. Li jije tou sa moun ap fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 1:31

Konsa, jan sa ekri nan Liv la: Si yon moun vle fè lwanj tèt li, se pou l fè lwanj tèt li nan sa Bondye fè pou li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 27:1

Pa fè grandizè pou sa ou pral fè denmen. Ou wè jòdi, ou pa konn denmen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 16:18

Lè ou gen lanbisyon, yo pa lwen kraze ou. Lè w'ap fè awogans, ou pa lwen mouri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 3:27

Bon, nan kondisyon sa a, ki rezon moun genyen pou y'ap fè grandizè? Pa gen pyès rezon. Poukisa? Eske se paske yo fè sa lalwa mande? Non. Se paske yo fè Bondye konfyans.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 9:24

Men si yon moun vle fè grandizè, l'a fè grandizè dèske li konnen m, dèske li konprann mwen. Paske mwen gen bon kè, Mwen fè sa ki dwat ak sa ki kòrèk sou latè. Se bagay sa yo ki fè m plezi. Se mwen Senyè a ki di sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 7:14

Mwen te pale byen pou nou anpil ak Tit, epi nou pa fè m wont. Mwen pa janm ban nou manti lè m'ap pale ak nou. Se konsa, sa m te di Tit sou nou an se te verite a tout bon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 6:3

Si yon moun ki pa anyen mete nan tèt li li kichòy, moun sa a se twonpe l'ap twonpe tèt li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 1:28-29

Li chwazi moun lèzòm gade pou anyen, moun yo meprize, moun ki pa menm egziste pou yo, pou li te ka kraze sa ki gen enpòtans pou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn.Konsa, pa gen moun ki ka fè grandizè devan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 4:16

Men, kounyeya nan grandizè nou, se vante n'ap vante tèt nou. Se yon move bagay pou moun vante tèt yo konsa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:3

Poutèt favè Bondye fè m lan, men sa m'ap mande nou tout: Piga nou mete nan tèt nou nou plis pase sa nou ye. Okontrè, pa mete gwo lide nan tèt nou. Se pou chak moun konsidere tèt li dapre sa Bondye ba li ki pa l nan lafwa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 10:17

Paske, jan sa ekri nan Liv la: Si yon moun vle fè lwanj tèt li, se pou l fè lwanj tèt li nan sa Bondye fè pou li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 6:14

Pou mwen menm, mwen p'ap vante tèt mwen pou lòt bagay pase pou kwa Kris la. Paske, gremesi kwa sa a, mwen mouri pou lemonn, lemonn mouri pou mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 3:21

Konsa, pèsonn pa dwe chache lwanj pou tèt pa yo nan sa moun ka fè. Pou nou menm, tout bagay se pou nou yo ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 27:2

Kite lòt moun pale byen pou ou. Pa fè sa ou menm. Kite etranje fè lwanj pou ou. Pa janm fè lwanj tèt pa ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 10:15

Konsa, nou wè, mwen pa depase limit Bondye ban mwen. Mwen p'ap fè grandizè pou travay lòt moun te deja fè. Okontrè, mwen gen espwa n'a grandi nan konfyans, pou m ka fè yon pi gwo travay ankò nan mitan nou, toujou nan limit Bondye ban mwen an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 10:3

Mechan ap vante tèt yo pou move lanvi ki nan lide yo. Lanbisyon fè yo pale mal, yo vire do bay Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 2:9

Non, nou pa fè anyen pou sa. Konsa, pèsonn pa ka vante tèt yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 25:14

Moun ki toujou ap pwomèt san yo pa janm kenbe pwomès yo, se tankou nyaj ak van ki pa janm pote lapli.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 2:23

Wi, ou menm k'ap vante tèt ou deske ou gen lalwa Bondye a, ou se yon wont pou Bondye, pou jan w'ap dezobeyi lalwa a!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Eklezyas 5:2

Fè tèt ou travay anvan ou louvri bouch ou pale. Pa prese fè okenn pwomès bay Bondye. Bondye, se nan syèl li ye, ou menm ou sou latè. Pa di plis pase sa ou dwe di a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 9:23

Piga moun ki gen lespri yo fè grandizè dèske yo gen bon konprann, ni moun ki vanyan yo dèske yo vanyan, ni moun rich yo dèske yo rich.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 2:16

Bagay ki sòti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tantasyon, se lògèy k'ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa sòti nan Papa a. Se nan lemonn sa sòti.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 12:9

Chak fwa, li reponn mwen: Se favè m ase ou bezwen. Paske lè ou fèb, se lè sa a moun wè pouvwa mwen nan ou. Se poutèt sa, nan fon kè m, mwen pito pale sou feblès mwen pou pouvwa Kris la ka mete m anba zèl li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 21:4

Fè awogans, gonfle lestonmak yo sou moun, se sa ase mechan yo ap chache fè. Tou sa se peche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 4:2

Si se sa Abraram te fè a ki te fè Bondye fè l gras, li ta mèt fè grandizè. Men, li pa ka fè sa devan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 1:30

Yonn pale lòt mal. Yo pa vle wè Bondye, yo ensolan, yo awogan, yo grandizè. Yo toujou ap chache lòt jan pou fè sa ki mal, yo fwonte ak paran yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 73:6

Yo pran pòz pa kanmarad pèsonn, y'ap plede bat moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 6:4

Chak moun dwe egzaminen jan y'ap viv la. Si yo kontan ak tèt yo, y'a kontan pou sa yo fè. Yo p'ap bezwen konpare tèt yo avèk sa lòt yo ap fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 28:26

Moun ki gen konfyans nan sa li santi sèlman, se moun fou yo ye. Men moun ki aji ak bon konprann ap gen sekirite.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Wa 20:11

Wa Akab voye reponn li: — Yon sòlda pa fèt pou l ap vante tèt li anvan l'al goumen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 75:4

(5) M'ap di moun k'ap fè grandizè yo: Sispann gonfle lestonmak nou! M'ap di mechan yo: Sispann fè awogans!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 2:11

Yon jou gen pou vini! Lè sa a, p'ap gen moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ankò! P'ap gen moun k'ap fè awogan ankò sou moun! Jou sa a, Senyè a va sèl chèf.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 16:5

Senyè a pa ka sipòte moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun. Wè pa wè, l'ap fè yo peye sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 18:9-14

Jezi di parabòl sa a pou moun ki te kwè yo bon devan Bondye epi ki t'ap meprize lòt moun:— Dezòm moute nan tanp lan al lapriyè. Yonn te yon farizyen, lòt la yon pèseptè kontribisyon.Farizyen an kanpe, l' ap lapriyè konsa nan kè li: Mèsi Bondye deske mwen pa vòlò, ni malveyan, ni adiltè tankou lòt moun. Mèsi deske mwen pa tankou pèseptè kontribisyon sa a.Chak senmenn mwen pase de jou ap fè jèn, mwen bay ladim nan tou sa mwen genyen.Pèseptè kontribisyon an menm te rete dèyè, li pat menm gen kouray leve je l nan syèl. Li t'ap bat lestonmak li, li t'ap di: Bondye, gen pitye pou mwen ki fè anpil peche. Lè sa a, Jezi di yo: — M'ap di nou sa, se pa farizyen an non, men se pèseptè kontribisyon an ki tounen lakay li ak padon Bondye. Paske, yon moun ki vle leve tèt li, y'a desann li, yon moun ki desann tèt li, y'a leve li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 3:5-6

Konsa tou ak lang moun. Piti kou li piti, li vante tèt li pou gwo bagay li ka fè. Gade ki jan yon ti flanm dife ka boule yon gwo rakbwa!Enben, lang se tankou dife. Se la tout lenjistis rete. Paske se yon manm nan kò nou li ye, l'ap kontaminen tout kò a nèt. Se lanfè menm ki mete dife nan li. Apre sa, li menm pou tèt pa l, li mete dife nan tout lavi nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 5:5

Menm jan an tou, nou menm jennjan yo, se pou nou soumèt devan chèf reskonsab yo. Nan tout rapò nou yonn ak lòt, se pou nou soumèt devan Bondye. Paske Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy. Men, moun ki soumèt devan l, li ba yo favè li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 49:16-17

(17) Ou pa bezwen pè lè ou wè yon moun ap vin pi rich, lè ou wè l'ap mete richès pil sou pil lakay li.(18) Lè l mouri, li p'ap pote anyen ale avèk li, l'ap kite tout richès li yo dèyè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 14:3

Pawòl nan bouch moun san konprann, se fwèt pou dèyè yo. Men pawòl nan bouch moun ki gen bon konprann, se pwoteksyon yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 13:4

Moun ki gen lamou, li gen pasyans, li gen bon kè. Li pa anvye sò moun. Li pa nan fè grandizè. Li pa nan moute kòlèt sou moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 2:8-9

Se paske li renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa sòti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou.Non, nou pa fè anyen pou sa. Konsa, pèsonn pa ka vante tèt yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 94:4

Kilè moun k'ap fè sa ki mal yo va sispann fè grandizè? Kilè y'a sispann fè bèl diskou pou rakonte krim yo fè?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 10:12

Konprann sa byen: mwen pa ka pèmèt mwen pou m mete m sou menm wotè ak moun ki kwè yo plis pase sa yo ye, ni mwen p'ap konpare tèt mwen ak yo nonplis. Se yon bann san konprann! Y'ap mezire tèt yo ak mezi yo menm yo fè. Y'ap konpare tèt yo ak pwòp tèt pa yo ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:26

Pa kite lògèy moute nou nan tèt. Piga yonn chache lòt kont. Piga yonn rayi sò lòt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 18:12

Lè w'ap fè awogans, yo pa lwen kraze ou. Lè ou fè kò ou piti, y'a fè lwanj ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 19:21

Yon moun te mèt fè tout kalite lide nan tèt li. Men, sa Senyè a vle a, se sa ki pou rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 2:3

Pa fè anyen nan lide pou fè tèt nou pase pou pi bon, ni pou fè lwanj tèt nou. Men, soumèt nou devan Bondye. Mete nan tèt nou lòt yo pi bon pase nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 23:12

Moun ki vle leve tèt li, y'a desann li. Moun ki desann tèt li, y'a leve li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 15:1

Nou menm ki fò nan konfyans nou nan Bondye, se pou nou ede sa ki fèb yo pote feblès yo. Nou pa dwe ap chache sa ki fè nou plezi sèlman.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 101:5

M'ap disparèt tout moun k'ap pale zanmi yo mal an kachèt. Mwen p'ap tolere moun k'ap fè grandizè, moun k'ap pran pòz gwokolèt yo sou moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 13:10

Moun awogan yo toujou ap pouse dife. Men, moun ki koute konsèy, se moun ki gen bon konprann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 29:23

Awogans fè moun pèdi pye. Men, y'ap respekte moun ki soumèt devan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 23:9

Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki te pran desizyon sa a. Li fè sa pou kraze lògèy yo te genyen pou tout bèl bagay yo te fè, pou l te ka trennen tout grannèg peyi a nan labou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:16

Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 1:9-10

Se pou frè ki pa anyen an santi li fyè lè Bondye leve li atè a.Konsa tou, yon frè ki rich dwe santi li kontan tou lè Bondye rabese li. Paske moun rich gen pou pase tankou flè zèb raje.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 4:7

Kilès ki di ou pi bon pase lòt yo? Kisa ou genyen se pa Bondye ki ba ou li? Enben, nan kondisyon sa a, poukisa w'ap fè grandizè pou sa ou genyen an tankou si se pa Bondye ki te ba ou li?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 31:18

(19) Se pou yo rete san pale, moun sa yo k'ap bay manti, tout moun sa yo k'ap fè grandizè yo, k'ap fè awogans, k'ap pale mal sou moun k'ap mache dwat devan Bondye yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 12:15

Moun sòt toujou konprann sa y'ap fè a byen. Men, moun ki gen bon konprann koute konsèy yo ba yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 14:11

Se konsa, moun ki vle leve tèt li, y'a desann li, moun ki desann tèt li, y'a leve li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 3:2

Moun pral fè rayisab, y'ap renmen lajan, y'ap fè grandizè, lògèy ap vire tèt yo, y'ap pale Bondye mal, y'ap dezobeyi papa ak manman yo, y'ap engra, y'ap san okenn respè pou bagay Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 37:1-2

(1b) Pa fè kòlè lè ou wè mechan yo! Pa anvye sò moun k'ap fè mal yo!Talè konsa, y'ap rache yo tankou raje. Yo gen pou yo fennen tankou zèb gazon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 30:32

Si ou te sòt jouk pou ou te rive fè grandizè, kalkile sou sa ou fè a: Pe bouch ou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 4:10

Desann nou devan Bondye, Bondye va leve nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:1

— Fè atansyon lè n'ap fè devwa nou pou Bondye pou nou pa fè l yon jan pou fè moun wè. Lè nou fè l konsa, Papa nou ki nan syèl la p'ap ban nou okenn rekonpans.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 11:2

Kote ki gen lògèy wont pa lwen. Men, moun ki soumèt devan Bondye, se yo ki gen bon konprann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:51

Yon bann awogan ap pase m nan betiz. Mwen pa janm dezobeyi lalwa ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:16

Viv byen yonn ak lòt. Pa kite lògèy moute tèt nou. Viv tankou moun ki san pretansyon. Pa kwè nou gen pi bon konprann pase sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 8:13

Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li rayi sa ki mal. Mwen pa vle wè moun ògeye ak moun awogan, moun ki gen move kondit ak moun k'ap bay manti.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 5:6

Poudi bagay lèd sa a ka fè nou santi nou fyè! Nou konn pawòl la: Se yon zoranj pouri ki kontaminen tout lòt yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Pyè 2:18

Y'ap pale ak awogans pawòl ki pa gen sans. Avèk lavi lib y'ap mennen pou satisfè lachè a, y'ap pran tèt moun ki fenk ap chape nan mitan moun k'ap viv nan manti yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 6:4

se yon moun ki gen lògèy, ki pa konn anyen. Se tankou yon maladi li genyen pou l'ap diskite tout tan, pou l'ap fè kont pou nenpòt ti mo. Se sa ki lakòz moun ap fè jalouzi, y'ap fè kont, y'ap pale moun mal, yo sispèk moun pou anyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 94:2

Ou menm k'ap jije tout moun sou latè, leve non! Bay moun k'ap pran pòz gwokolèt yo sa yo merite!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 24:17-18

Pa prese fè kè ou kontan lè malè rive lènmi ou. Pa kouri fè fèt lè li bite.Senyè a ap wè sa. Sa p'ap fè l plezi. Li ka rive pa pini l poutèt sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 5:21

Madichon pou moun ki konprann yo gen konesans, pou moun ki mete nan tèt yo yo gen lespri!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 23:7

Li chich ata ak tèt pa li, ale wè avè ou. L'ap di ou: Manje non, monchè! Bwè non! Men se pa ak tout kè li l'ap di ou sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 138:6

Wi, Senyè a anwo nan syèl la. Men, li wè moun ki soumèt devan li. Li rete byen lwen, li rekonèt moun k'ap fè grandizè yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:17

Si yon moun fè nou mal, pa chache fè l mal tou. Chache fè sa ki byen nan je tout moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 7:1-2

— Pa jije moun pou Bondye pa jije nou,paske Bondye va jije nou menm jan nou jije lòt yo. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm menm Bondye va sèvi pou mezire nou tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:15

Men, si yonn ap mòde lòt, yonn ap devore lòt tankou bèt sovay, atansyon pou yonn pa touye lòt tou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 2:1

Se poutèt sa, derasinen tout mechanste ki te nan lavi nou. Sispann bay manti, sispann fè ipokrizi, sispann fè jalouzi ak tripotaj.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 29:20

Gen plis espwa pou yon moun ki san konprann pase pou yon moun k'ap prese pale san kalkile.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 56:5

(6) Tout lajounen y'ap manke m dega. Se yon sèl lide yo gen nan tèt yo: se fè mwen mal!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 73:12

Wi, men ki jan mechan yo ye: Yo toujou alèz, y'ap anpile richès sou richès.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 10:12

Lè ou gen renmen nan kè ou, ou padonnen tout peche. Men, lè ou rayi moun, ou toujou ap chache kont.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 94:7-8

Lè konsa yo di: Senyè a pa wè nou! Bondye pèp Izrayèl la pa okipe bagay konsa!Nou menm, bann san konprann, manyè fè atansyon non! Bann moun fou, kilè n'a konprann?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 18:3-4

Li di: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou pa chanje, si nou pa tounen tankou yon timoun piti, nou p'ap janm ka mete pye nou nan Peyi Wa ki nan syèl la.Se poutèt sa, moun ki va soumèt tèt li devan Bondye, ki va tounen tankou timoun sa a, se li ki va gen plis enpòtans nan Peyi Wa ki nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 1:8

Si nou di nou pa gen peche, se tèt nou n'ap twonpe. Verite a pa nan nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 16:19

Pito ou mennen ti vi ak pòv malere yo pase pou ou nan separe ak awogan yo nan sa yo vòlò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 14:4

Ki moun ou ye konsa pou w'ap jije domestik lòt moun? Kit domestik la kenbe fèm nan sèvis la, kit li tonbe, sa se zafè ki gade mèt li ase. Men, pa pè, li gen pou l kenbe fèm, paske Senyè a gen pouvwa pou l soutni li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 15:25

Senyè a ap disparèt moun awogan yo ansanm ak tout fanmi yo. Men, l'ap pwoteje kay fanm ki pèdi mari yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:12-13

Nou tout nou fè pati pèp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n ka viv pou li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n aji byen yonn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans.Se pou nou yonn sipòte lòt, pou nou yonn padonnen lòt si nou gen kont yonn ak lòt. Wi, se pou yonn padonnen lòt, menm jan Kris la te padonnen nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 16:24

Bon pawòl se siwo myèl. Yo bon pou sante ou, yo dous pou nanm ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:69

Yon bann awogan ap fè manti sou mwen. Men mwen menm, m'ap swiv lòd ou yo ak tout kè m.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 2:3-4

Pa fè anyen nan lide pou fè tèt nou pase pou pi bon, ni pou fè lwanj tèt nou. Men, soumèt nou devan Bondye. Mete nan tèt nou lòt yo pi bon pase nou.Piga pèsonn chache enterè pa l ase. Se pou l chache sa ki bon pou lòt yo tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 66:2

Se mwen menm ki fè tout bagay sa yo ak men mwen. Se pou mwen yo tout ye! Se Senyè a menm ki di sa. Moun ki fè m plezi se moun ki pa gen lògèy nan kè yo, se moun ki regrèt sa yo fè ki mal, se moun ki gen krentif pou mwen lè m pale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 10:31

Se sa k fè, kit n'ap manje, kit n'ap bwè, nenpòt kisa n'ap fè, fè l pou sa sèvi yon lwanj pou Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 1:19

Frè mwen renmen anpil yo, men yon bagay pou nou toujou sonje: chak moun dwe toujou atantif pou koute. Men, pa kouri pale, ni prese fè kòlè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 6:1-2

Frè m' yo, si nou bare yon moun ap fè sa ki pa sa, nou menm ki nan limyè Bondye, se pou nou mete li nan bon chemen. Men, fè sa ak dousè. Epi veye kò nou pou nou pa tonbe nan tantsyon tou.Se pou nou yonn ede lòt pote chay yo. Se konsa n'a obeyi lalwa Kris la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 25:6-7

Pa fè grandizè devan wa a. Pa chita nan plas grannèg yo.Pito yo di ou moute pi wo, pase pou yo fè ou bay plas la, pou ou ta wont devan chèf la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 139:23-24

Sonde m, Bondye! Wè tou sa ki nan kè m! Fouye m! Wè tou sa ki nan lide m!Gade wè si m sou yon move chemen. Mennen m sou chemen ki la pou tout tan an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 28:11

Yon nonm rich mete nan tèt li li gen bon konprann. Men, yon pòv ki gen lespri ap dekouvri l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 11:25

Lè ou bay ak kè kontan, ou p'ap janm manke anyen. Lè ou manje ak moun, ou pa janm rete grangou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 2:23-24

Wi, ou menm k'ap vante tèt ou deske ou gen lalwa Bondye a, ou se yon wont pou Bondye, pou jan w'ap dezobeyi lalwa a!Se sa menm ki te ekri: Se nou menm jwif yo ki lakòz moun lòt nasyon yo ap plede pale Bondye mal konsa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 23:5-7

Tou sa yo fè, se pou moun kapab wè yo. Gade gwosè meday ki make ak pawòl Liv la yo mare sou fwon yo ak nan bra yo! Gade longè ganiti ki nan woulèt rad long yo!Yo renmen pi bon plas nan resepsyon. Yo renmen chita kote pou tout moun wè yo nan sinagòg.Yo renmen moun bese byen ba sou plas piblik di yo bonjou. Yo renmen yo rele yo: Direktè, Direktè!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 52:1-3

(3) Poukisa, ou menm gwo chèf, w'ap vante tèt ou konsa lè ou fè sa ki mal! Renmen Bondye a pa janm chanje.(4) W'ap kalkile ki jan pou fè moun mal. Lang ou tankou yon razwa byen file, ou toujou ap fè manti sou moun.(5) Ou pito fè mal pase pou ou fè byen. Ou pito bay manti pase ou di verite.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 12:16

Lè yon moun san konprann ankòlè, tout moun wè sa lamenm. Men, yon moun veyatif, lè ou fè l malonèt, li fè tankou li pa konprann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 3:13

Okontrè, chak jou, se pou nou yonn ankouraje lòt toutotan n'ap viv nan epòk Liv la rele jòdi a. Piga nou yonn kite peche detounen nou, pou lè sa a nou pa rive nan kenbe tèt ak Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 7:3-5

Poukisa pou w'ap gade ti pay ki nan je frè ou, epi ou pa wè gwo bout bwa ki nan je pa ou la?Ou menm ki gen yon gwo bout bwa nan je ou la, kouman ou ka di frè ou: Kite m wete ti pay ki nan je ou la?Ipokrit! Wete gwo bout bwa ki nan je pa ou la anvan. Apre sa, w'a wè klè pou ou ka wete ti pay ki nan je frè ou la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 4:23

Pase tout lòt bagay, veye byen lide k'ap travay nan tèt ou, paske se yo k'ap di ou ki jan pou ou viv.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 14:10

Men ou menm, poukisa pou w'ap jije frè ou konsa? Ou menm, poukisa pou w'ap meprize frè ou konsa? Nou tout gen pou konparèt devan tribinal Bondye a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 4:6

Men, li fè nou yon pi gwo favè ankò, jan sa ekri nan Liv la: Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy yo. Men, moun ki soumèt devan l, li ba yo favè li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 10:4

Mechan yo tèlman gonfle ak lògèy, y'ap mache di: — Bondye p'ap pini nou. Yo menm di pa gen Bondye. Se sa ase mechan yo met nan tèt yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 15:33-34

Piga nou twonpe tèt nou: move zanmi gate bon levasyon.Reprann bon sans nou. Sispann fè peche. M'ap di nou sa pou m fè nou manyè wont, paske gen anpil nan nou ki pa konn Bondye menm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Eklezyas 7:21-22

Pa koute tou sa moun ap di. Konsa ou p'ap tande lè domestik ou ap pale ou mal.Paske ou menm tou, nan kè ou, ou konnen konbe fwa ou pale moun mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 14:29

Moun ki pa fè kòlè fasil, se moun ki gen bon konprann. Men, moun ki gen san wo fè wè jan li sòt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 139:14

M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 28:25

Moun ki anvi tout pou yo ap toujou nan kont. Men, moun ki mete konfyans yo nan Senyè a p'ap janm manke anyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi

Lapriyè bay Bondye

Bondye mwen ki gen anpil valè, mwen vle di ou mèsi pou tout sa ou fè pou mwen. Mèsi paske lanmou ou ki pa janm fini kouvri lavi m, li ranpli m ak gras ou ak favè ou. Mèsi paske ou pa janm lage m, men pwisan ou toujou soutni m. Senyè Jezi, chak jou mwen vle reflete lanmou ou nèt ale. Mwen vle sanble avè ou, pou m ka rekonèt ou nan tout chemen mwen yo, paske se ou menm ki rezon mwen egziste e mwen viv nan mond sa a. Mwen mande w chak jou pou ban m yon kè nouvo. Pa kite m fè grandizè pou anyen mwen ka fè oswa mwen genyen. Se pou Lespri Sen ou a gide m nan tout verite, abiye m ak imilite tout tan. Chak maten, ban m yon kè ki senp devan ou, paske mwen vle fè ou plezi nan tout moman. Mwen adore w Bondye mwen. Mèsi pou tout bagay. Nan non Jezi, Amèn.
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite