Mwen vle pale avèw dirèkteman, de kè a kè. Ou konnen, rebelyon, se lè yon moun refize obeyi, lè li pa vle soumèt anba okenn otorite. Se yon atitid kote ou pa bay anyen valè, ou meprize bagay yo, ou sansiblite. Pifò moun k ap viv nan ògèy, egoyis, epi k ap dezobeyi moun ki anlè yo, yo anba enfliyans yon move lespri rebelyon. Bondye pa kontan ak sa ditou.
Si w di w se pitit Bondye Papa a, men w ap montre kalite konpòtman sa yo, ou pa gen yon bon relasyon ak Sentespri a. Okontrè, se move lespri k ap kontwole w. Rebelyon se youn nan pi gwo rezon ki fè anpil moun vire do bay Bondye. Yo refize koute koreksyon, yo pa vle soumèt anba prensip ak kòmandman Bondye yo. Yo pito swiv pwòp lide yo ak pwòp plezi yo, epi kontinye peche devan Bondye Toupuisan an.
Yon moun ki rebèl, li kwè li saj, men li pa rann li kont ke chemen l ap mennen l tou dwat nan lanmò, nan pinisyon etènèl nan lanfè. Liv Detewonòm 1:43-45 di: "Mwen te pale nou, men nou pa t' koute m'. Nou te derefize obeyi lòd Seyè a, Bondye nou an. Nou te fè tèt di, nou te pran sou nou pou n' al anvayi mòn yo. Men, moun Amori yo ki te rete nan mòn yo soti vin kontre ak nou. Yo kouri dèyè nou tankou yon bann myèl, yo bat nou byen bat nan peyi Seyi a, rive jouk Oma. Lè sa a, nou tounen vin jwenn Seyè a, nou kriye nan pye l'. Men, li pa t' koute nou, li pa t' okipe nou."
Pa bliye sa, kè Jezi byen lwen moun k ap viv nan rebelyon. Li renmen w, li vle sove w, men li pa kontan lè w pa repanti pou move zak ou yo. Ou poko twò ta pou w jwenn mizèrikòd Bondye. Sèl sa w bezwen fè se louvri kè w, soumèt ou devan mèt la, mande padon, rekonèt fot ou yo avèk imilite. Pa chache jistifye tèt ou. Aksepte koreksyon w merite a pou w ka chanje nèt. Konekte ak Sentespri a, di li konbyen w bezwen li. Pa kite w viv san lanmou pafè li.
Se konsa w ap jwenn favè devan Bondye ak devan lòt moun. Mande padon moun ki otorite sou ou yo epi rekòmanse.
Se pou tout moun soumèt anba otorite ki sou tèt yo. Paske nanpwen otorite ki pa soti nan Bondye. Epi tout otorite ki la, se Bondye ki mete yo.Se poutèt sa, moun k'ap kenbe tèt ak otorite, se refize yo refize obeyi prensip Bondye tabli. Moun ki refize obeyi, y'ap rale jijman sou tèt yo.
Frè m yo, atansyon pou okenn nan nou pa rive gen move santiman nan kè l ki pou fè l pèdi konfyans nan Bondye, pou lè sa a, li pa vire do bay Bondye vivan an.Okontrè, chak jou, se pou nou yonn ankouraje lòt toutotan n'ap viv nan epòk Liv la rele jòdi a. Piga nou yonn kite peche detounen nou, pou lè sa a nou pa rive nan kenbe tèt ak Bondye.
Men sa Senyè a di: — Madichon pou pitit mwen yo k'ap fè tèt di ak mwen! Nan tou sa y'ap fè, se pwòp lide yo y'ap swiv, se pa lide pa m. Y'ap siyen lòt kontra, atout mwen di yo non. Y'ap fè peche sou peche.
Se fasil pou nou wè sa egzijans kò a fè moun fè: se imoralite, malpwòpte ak vis.Se sèvi zidòl, se fè maji, se yonn fè lòt lènmi, se fè kont, fè jalouzi, fè kòlè, se yonn pa vle wè lòt, se fè ti pil gwo pil.Yonn anvye sò lòt, yo tafyatè, yo saf konsa, ak yon bann lòt bagay ankò y'ap fè. Mwen deja di nou sa, epi m'ap repete l ankò pou nou: moun ki fè tout bagay sa yo p'ap antre menm nan peyi kote Bondye wa a.
Konsa yo p'ap tankou zansèt yo ki te fè tèt ak Bondye, ki te derefize fè sa li te mande yo fè, ki pat janm gen yon konfyans fèm nan Bondye, ki pat kenbe pawòl yo ak Bondye.
Li di m': — Ras Adan! M'ap voye ou kote moun Izrayèl yo. Se yon bann moun ki pa vle koute m'. Yo vire do ban mwen. Jouk koulyeya, y'ap kenbe tèt avè m' tankou zansèt yo te fè li tan lontan.Tèt yo di, yo gen move santiman. Men se kote moun sa yo m'ap voye ou pou di yo: men sa mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, voye di yo.
Ou meprize tout moun ki dezobeyi lalwa ou yo, paske tout plan y'ap fè yo p'ap sèvi yo anyen.
— Moun ki pa avèk mwen, se kont mwen yo ye. Moun ki p'ap ede m ranmase, se gaye y'ap gaye.
Li fin fè kont peche l, kounyeya l'ap kenbe tèt ak Bondye. L'ap seye fè nou konprann li pa antò. L'ap plede fè Bondye remoutrans.
Atousa, anpil ladan yo pat fè Bondye plezi. Se poutèt sa yo tonbe, yo mouri nan dezè a. Tout bagay sa yo rive pou sa sèvi nou leson pou nou pa kite move lanvi kaye nan kè nou tankou yo te genyen l lan.
Se mal nou fè a k'ap tounen yon fwèt pou nou! Se vire nou vire do ban mwen an k'ap kondannen nou! Se pou nou konnen jan sa pa dous, jan sa pa bon pou nou vire do ban mwen, Senyè a, Bondye nou an, pou nou sispann gen krentif pou mwen. Se mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.
Senyè a di Moyiz ankò: — Mwen wè pèp sa a se yon pèp ki gen tèt di.Bon, kounyeya kite m al regle ak yo. Mwen pral fè yo konnen lè m ankòlè, m'ap detwi yo, m'ap boule yo. Men, ou menm, m'ap fè ou vin yon gwo nasyon.
Poukisa atò, nou menm pèp lavil Jerizalèm, nou vire do ban mwen, epi nou pa vle chanje? Nou kenbe pye zidòl nou yo la tòt. Nou derefize tounen vin jwenn mwen.
Se konsa Bondye di l'ap detwi pèp li a. Men, Moyiz, moun li te chwazi a, kanpe devan li. Li mande l pou l pa fè kòlè jouk pou li ta detwi yo.
Men sa ki ekri nan Liv la: Si nou tande vwa Bondye jòdi a, pa kenbe tèt ak li, tankou lè nou te chache kont ak Bondye a.
Moun k'ap fè tèt di lè y'ap rale zòrèy yo, se moun k'ap rete konsa y'ap tonbe san yo pa ka leve ankò.
Nou menm pèp Izrayèl, nou te vire do ban mwen, nou te kenbe tèt ak mwen anpil. Kounyeya, tounen vin jwenn mwen!
Se moun sa yo ki pa vle wè limyè a. Yo derefize konprann limyè a. Yo pa vle pran chemen limyè a nan tou sa y'ap fè.
Lè Senyè a te ban nou lòd pati kite Kadès-Banea pou n'al pran pou nou peyi li te di l'ap ban nou an, nou t'ap fè wòklò ak Senyè a, Bondye nou an. Nou pat kwè nan li, nou te derefize tande l.
Nou peche, nou fè mechanste, nou fè sa ki mal, nou vire do ba ou, nou pa fè sa ou te mande nou fè, ni sa ou te ban nou lòd fè.
Senyè a di konsa: — Ou menm syèl la, koute! Ou menm latè, pare zòrèy ou! Paske mwen menm, Senyè a, mwen pral pale! Pitit mwen te okipe yo, pitit mwen te elve yo, men yo vire do ban mwen.Bèf ki bèf konnen mèt li. Bourik ki bourik konnen kote mèt li konn lonje li. Men pèp Izrayèl pa konnen mwen. Pèp mwen an pa pyès diferans.
— Sa nou konprann nan sa? Vwala se te yon nonm ki te gen de pitit gason. Li pale ak pi gran an, li di l: Pitit mwen, jòdi a al travay nan jaden rezen an.Pitit la reponn li: Non, mwen pa vle! Men, pita li chanje lide, l ale.Apre sa, papa a rele lòt pitit la, li fè li menm demann lan. Pi piti a reponn: Wi papa, m'prale wi. Men li pa janm mete pye.Kilès nan de pitit yo ki fè volonte papa a? Yo reponn li: — Pi gran an. Lè sa a, Jezi di yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Pèseptè kontribisyon ak fanm movèz vi yo va antre nan Peyi kote Bondye wa a anvan nou.
Veye kò nou! Pa refize koute pawòl moun k'ap pale ak nou an. Moun ki te refize koute pawòl moun ki t'ap ba yo avètisman Bondye sou latè a, yo pat chape anba chatiman an. Nou pa bezwen mande si nou menm nou ka delivre si nou vire do bay moun k'ap pale ak nou antan l nan syèl la.
Yo te konn Bondye byen pwòp, men yo pa bay Bondye lwanj ki pou li, yo pa di l mèsi jan l merite l la. Lekontrè, y'ap mete yon bann lide ki pa gen sans nan tèt yo, yo san konprann, fènwa fin plen kè yo.Y'ap mache di se moun lespri yo ye. Men, se fou yo fin fou.
Soumèt devan tout otorite lèzòm etabli. Fè sa pou Bondye. Soumèt devan wa a, paske se li ki pi gwo chèf.Soumèt nou devan majistra yo, paske wa a mete yo la pou pini moun ki fè sa ki pa sa epi pou yo fè lwanj moun k'ap fè sa ki byen.
(17) Men, Senyè a vire do bay moun k'ap fè sa ki mal, pou pèsonn sou latè pa janm chonje yo.
Apre sa, yo di: — Annou wè! Ann bati yon gwo lavil pou nou rete ak yon gwo gwo kay tou won byen wo ki rive jouk nan syèl la. Konsa tout moun va respekte nou, yo p'ap ka gaye nou toupatou sou latè.Senyè a desann pou l wè lavil la ansanm ak gwo kay won moun yo t'ap bati a.Epi li di: — Kounyeya, gade! Yo tout fè yon sèl pèp. Yo tout yo pale yon sèl lang. Gade sa yo konmanse ap fè. Talè konsa y'ap pare pou yo fè sa yo vle.
Lè y'ap kite lavil la, y'a wè kadav moun ki te vire do ban mwen yo. Vè k'ap manje yo p'ap janm mouri. Dife k'ap boule yo a p'ap janm tenyen. Tout moun ki va wè sa ap gen gwo boulvès!
Benediksyon pou moun ki anba pèsekisyon lè y'ap fè sa Bondye mande, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye.— Benediksyon pou nou lè moun va joure nou, lè y'a pèsekite nou, lè y'a fè tout kalite manti sou nou paske se moun pa m nou ye.Fè kè nou kontan. Wi, nou mèt kontan nèt, paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te vini anvan nou yo.
Nou te tankou mouton ki pèdi bann, chak moun bò pa yo. Chatiman ki te pou tonbe sou nou an, Senyè a fè li tonbe sou li.
paske yo te derefize obeyi kòmandman Bondye ki anwo nan syèl la. Yo pat okipe konsèy Bondye te ba yo.
Si chèf ou move sou ou, pa prese vire do ou ale. Si ou rete dousman, sa ka evite ou anpil malè.
(19) Ofrann ki fè Bondye plezi, se lè yon moun soumèt tèt li devan li. Bondye, ou p'ap janm meprize moun ki soumèt tèt li devan ou, moun ki rekonèt tò li.
(13) Chak pawòl ki sòti nan bouch yo se yon peche. Se pwòp lògèy yo k'ap fini ak yo. Se madichon ak manti ase k'ap sòti nan bouch yo.
lè sa a si pèp ki pote non m lan lapriyè nan pye m, si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò.
Men jan nou ka depati pitit Bondye yo ak pitit Satan yo: depi yon moun pa fè sa ki dwat devan Bondye, depi li pa renmen frè li, se pa pitit Bondye li ye.
— Pa kenbe tèt ak mwen, tankou zansèt nou yo te fè l lè yo te bò sous dlo Meriba a, tankou yo te fè l jou sa a nan dezè a bò Masa.Lè sa a, yo te vle wè jouk ki bò mwen ye ak yo, yo te sonde m, malgre yo te deja wè tou sa mwen te fè pou yo.
Nou konn sa byen: Si nou lage tèt nou nan men yon moun pou nou sèvi l esklav pou n obeyi l, nou tounen esklav moun n'ap obeyi a. Si nou lage kò nou nan peche, nou tounen esklav peche k'ap fè nou jwenn ak lanmò. Men, si nou lage kò nou nan obeyi Bondye, n'a esklav obeyisans k'ap fè nou mache dwat devan Bondye.
Men se va madichon pou nou si nou pa vle mache dapre kòmandman Senyè a, Bondye nou an, si nou kite chemen mwen mande nou pou nou swiv jòdi a pou n'al kouri dèyè lòt bondye nou pa janm konnen.
Chak jou mwen t'ap lonje men m bay yon pèp ki t'ap kenbe tèt ak mwen, ki t'ap fè sa ki mal, ki t'ap fè sa yo pito.
Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte.
Pitit mwen, gen krentif pou Senyè a. Respekte wa a. Ou pa gen anyen pou ou wè ak moun k'ap kenbe tèt ak yo.Moun sa yo ap rete konsa, malè ap tonbe sou yo. Ou pa janm konnen ki kalite malè Senyè a osinon wa a ka fè rive sou ou.
(4) Malveyan yo pèvèti depi nan vant manman yo. Moun k'ap bay manti yo gen madichon depi yo fèt.
Men, lè yon moun anba tantasyon, se pwòp move dezi moun lan k'ap rale l, k'ap pouse li.Konsa, move dezi a travay nan kè li, li fè l fè peche. Lè peche a fin fèt, li bay lanmò.
Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.
Lè yo rann jistis san patipri, moun ki mache dwat yo gen kè kontan. Men, mechan yo gen kè kase.
(14) Mwen menm k'ap sèvi ou la, pwoteje m tou anba peche mwen fè ak tout konesans mwen. Pa kite yo pran pye sou mwen. Se lè sa a m'a san repwòch. Se lè sa a m'a delivre anba gwo peche a.
Fanm lan gade, li wè jan pyebwa a te bèl, jan fwi yo sanble yo ta bon nan bouch. Li santi li ta manje ladan l pou je l ka louvri. Li keyi kèk fwi. Li manje, li pote bay mari l ki manje tou. Manje yo fin manje, je yo louvri. Yo wè yo toutouni. Yo pran fèy fè rad mete sou yo.
Se poutèt sa, men sa Senyè sèl Mèt la ap di moun peyi Izrayèl yo: M'ap jije chak moun dapre sa yo fè. Tounen vin jwenn mwen, sispann fè sa ki mal, pa kite peche nou yo lakòz nou mouri.
Si, apre nou fin konn verite a, nou pran pwòp desizyon nou ap kontinye fè sa ki mal, enben, pa gen sakrifis ki ka efase peche sa yo.Nou mèt pè kont kò nou. Yon sèl bagay ki rete pou nou fè, se rete tann jijman an ansanm ak gwo dife ki gen pou vin detwi tout lènmi Bondye yo.
Nou pat janm konn bagay konsa, nou pat janm tande sa. Mwen pat kase bwa nan zòrèy nou sou sa, paske mwen konnen jan nou trèt. Yo pa ka fè nou konfyans. Depi nou fèt yo konnen nou pou moun tèt di.
Nou pa kapab ap bwè nan gode Senyè a anmenmtan pou n'ap bwè nan gode denmon yo tou. Nou pa kapab ap manje sou menm tab avèk Senyè a anmenmtan pou n'ap manje sou menm tab ak denmon yo.
— Se pa tout moun k'ap plede di: Senyè, Senyè non, k'ap antre nan peyi wa ki nan syèl la. Men se sèlman moun ki fè volonte Papa mwen ki nan syèl la k'ap ka antre.
Men, moun k'ap kenbe tèt ak Bondye, k'ap refize asepte verite a pou fè sa ki pa bon, moun sa yo, yo fè Bondye fache. Kòlè l va tonbe sou yo.
Wi, mwen te fache anpil sou yo paske yo te gen move lanvi nan kè yo. Mwen te fè kòlè, mwen te pini yo, mwen te lage yo, paske yo t'ap fè tèt di, yo t'ap fè sa yo pi pito.
Kenbe fèm nan Bondye, rete ak konsyans ou anpè. Gen moun ki derefize koute konsyans yo. Se poutèt sa, yo winen konfyans yo.
Bondye, yon bann awogan leve dèyè m! Yon kantite mechan sòti pou yo touye m! Yo pa menm chonje si gen Bondye!
Men, Bondye pale ak mechan yo, li di yo: — Ki dwa nou genyen pou n'ap resite kòmandman mwen yo? Ki dwa nou genyen pou nou gen pawòl kontra mwen an nan bouch nou?Nou pa vle kite m korije nou. Nou derefize obeyi kòmandman mwen yo.
Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: Kite Lespri Bondye dirije lavi nou. Pa obeyi egzijans kò a.
Paske chèf yo se nan sèvis Bondye yo ye pou byen nou. Men, si w'ap fè sa ki mal, ou mèt tranble, paske se pa pou gremesi yo gen pouvwa pini moun. Lè sa a, se sèvis Bondye y'ap fè tou. Y'ap fè nou wè kòlè Bondye lè y'ap pini moun ki fè sa ki mal.
Paske, kote ki gen jalouzi, kote moun ap kouri dèyè enterè pa yo, fòk gen dezòd ak tout kalite mechanste.
Moun sòt toujou konprann sa y'ap fè a byen. Men, moun ki gen bon konprann koute konsèy yo ba yo.
Lènmi an te di: M'ap kouri dèyè yo, m'ap pran yo. M'ap separe tout richès yo, m'ap pran tou sa m vle. M'ap rale nepe mwen, avèk fòs ponyèt mwen, m'ap disparèt yo.
Lè sa a, anpil moun pral jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche, yonn pral denonse lòt, yonn pral rayi lòt.Gen anpil moun k'ap parèt, y'ap pran pòz pwofèt yo, y'a twonpe anpil moun.Ap sitèlman gen mechanste sou latè, pifò moun yonn p'ap renmen lòt.
(1b) Moun fou yo di nan kè yo: — Pa gen Bondye. Yo tout fin pouri. Y'ap fè yon bann vye bagay sal. Pa gen yonn ki fè sa ki byen.
Manyè di nou non, ou menm ki te klere tankou zetwal bajou a, ki jan ou fè tonbe sot nan syèl la? Ou menm ki te konn mache ap kraze nasyon yo anba pye ou, ki jan yo fè jete ou plat atè konsa?Ou t'ap di nan kè ou: M'ap moute rive jouk nan syèl la. Mwen pral mete fòtèy mwen pi wo pase zetwal Bondye yo. Mwen pral chita tankou yon wa nan nò sou tèt mòn Randevou a.Mwen pral moute sou tèt nyaj yo. M'ap tankou Bondye ki gen tout pouvwa a.
Pa kite moun woule nou okenn jan. Paske, anvan jou sa a rive, ap gen yon dènye leve kanpe jeneral k'ap fèt kont Bondye. Nou gen pou nou wè Mechanste a anpèsonn ki deja kondannen pou disparèt la vini anvan.Mechan an ap kanpe. L'ap pran pozisyon kont tout bagay lèzòm ap sèvi ak tout bagay lèzòm konsidere kòm bondye. Mechan an ap fofile toupatou, jouk l'a rive antre nan Tanp Bondye a. L'a chita, l'a fè tèt li pase pou Bondye.
Nou pa bezwen mande kisa ki va rive yon moun k'ap meprize Pitit Bondye a, yon moun ki pran san Pitit Bondye a pou anyen, san ki sèvi pou siyen kontra Bondye a, san ki mete nou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a, san ki mete nou apa pou Bondye a. Wi, nou pa bezwen mande kisa ki va rive yon moun k'ap joure Lespri Bondye ki ban nou favè li a. Nou tou konnen li merite yon pi gwo chatiman.
Poukisa? Paske, lè egzijans kò a fin pran tèt yon moun, li pa vle wè Bondye ankò, li p'ap soumèt devan lalwa Bondye a, li p'ap ka soumèt menm.
Se sèvi zidòl, se fè maji, se yonn fè lòt lènmi, se fè kont, fè jalouzi, fè kòlè, se yonn pa vle wè lòt, se fè ti pil gwo pil.
Moun ki gen konfyans nan sa li santi sèlman, se moun fou yo ye. Men moun ki aji ak bon konprann ap gen sekirite.
(31) Men, si pitit pitit li yo pa obeyi lalwa mwen ba yo, si yo pa mache dapre lòd mwen ba yo,(32) si yo pa swiv prensip mwen ba yo, si yo pa fè tout sa mwen mande yo fè,(33) m'ap pini yo pou peche yo fè, m'ap bat yo. M'ap ba yo kout fwèt pou tout sa yo fè ki mal.
Paske m'ap di nou sa: Si nou pa obeyi Lalwa Bondye a pi byen pase farizyen yo ak dirèktè lalwa yo, si nou pa viv pi byen pase yo, nou p'ap kapab antre nan Peyi Wa ki nan syèl la.
Nou konnen byen pwòp moun ki mechan p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Pa twonpe tèt nou: moun k'ap viv nan dezòd, moun k'ap sèvi zidòl, moun k'ap viv nan adiltè, moun pèvèti k'ap sèvi fanm ak fanm, gason ak gason,moun k'ap vòlò, moun ki gen lanvi plen kè yo, tafyatè, moun k'ap pale moun mal, piyajè, yo yonn p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a.
Lè sa a, yo te vle wè jouk ki bò mwen ye ak yo, yo te sonde m, malgre yo te deja wè tou sa mwen te fè pou yo.
Yo refize bay Bondye premye plas nan kè yo. Bondye tou kite yo tonbe anba pouvwa lespri yo ki fin deraye pou yo fè bagay yo pat dwe fè.Men sèl lide ki nan tèt yo: se fè tout kalite lenjistis, tout kalite mechanste, se anvi sò moun, se fè rayisab. Se sa sèlman ki nan kè yo: fè jalouzi, touye moun, chache moun kont, fè riz, fè kokenn. Yo tripòt konsa.Yonn pale lòt mal. Yo pa vle wè Bondye, yo ensolan, yo awogan, yo grandizè. Yo toujou ap chache lòt jan pou fè sa ki mal, yo fwonte ak paran yo.Yo san konsyans, yo pa kenbe pawòl yo. Kè yo di konsa, yo san pitye pou lòt moun.Yo konn jijman Bondye a byen pwòp: yo konnen moun ki fè bagay sa yo merite lanmò. Atousa, y'ap plede fè yo toujou. Sa ki pi rèd, yo dakò ak moun k'ap fè yo tou.
Senyè, kouman ou ta vle pou m pa rayi moun ki rayi ou yo! Kouman ou ta vle pou m pa gen degoutans pou moun k'ap leve dèyè ou yo?Mwen pa manke rayi yo. Mwen konsidere yo tankou lènmi m.
Se nan bouch pèp sa a respekte mwen. Men, kè yo byen lwen mwen.Se tan yo y'ap pèdi, lè y'ap fè sèvis pou mwen. Paske, nan sa y'ap di, se pawòl lèzòm y'ap moutre moun.
Lalwa antre nan koze a pou fè moun peche plis toujou. Men, kote moun fè plis peche a, se la favè Bondye a vide pi rèd sou yo.
Men sa Senyè a di: — Madichon pou pitit mwen yo k'ap fè tèt di ak mwen! Nan tou sa y'ap fè, se pwòp lide yo y'ap swiv, se pa lide pa m. Y'ap siyen lòt kontra, atout mwen di yo non. Y'ap fè peche sou peche.Yo desann al nan peyi Lejip san yo pa mande m konsèy. Y'al mande farawon an pou l pwoteje yo, y'al mete kò yo anba zèl peyi Lejip.
Ala bann moun pa fidèl! Se konnen nou pa konnen lamitye pou lemonn se rayisans pou Bondye! Moun ki vle vin zanmi lemonn, li tou chwazi pou li lènmi Bondye.
Senyè a pa ka sipòte moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun. Wè pa wè, l'ap fè yo peye sa.
Dezobeyi Bondye nan sa l mande ou fè a se menm bagay ak fè maji. Fè tèt di ak Bondye se menm bagay ak sèvi zidòl. Enben, ou voye pawòl Bondye a jete, Senyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou. Li pa gen anyen pou l wè avè ou ankò!
(7) Moun ki san fanmi yo, li ba yo fanmi. Li fè prizonye yo sòti nan prizon, li fè kè yo kontan. Men, pou moun k'ap kenbe tèt avè l yo, y'ap rete nan prizon.
Wa latè yo pran lèzam. Chèf yo mete tèt yo ansanm, y'ap fè konplo sou do Senyè a, y'ap fè konplo sou do wa li chwazi a.
— Arawon pa pral antre nan peyi mwen pwomèt pou m bay moun pèp Izrayèl yo. Mesye pral mouri, li pra l jwenn moun li yo ki te mouri anvan l yo, paske nou tou de, nou pat fè sa mwen te ban nou lòd fè bò sous dlo Meriba a.
Avèk fòs kouray li l'ap donminen pou tout tan. L'ap gade tout sa nasyon yo ap fè. Si gen moun ki vle fè rebèl, pito yo pa leve tèt yo?
Tansèlman, Senyè a, Bondye nou an, va kanpe avèk nou si nou gen krentif pou li, si nou sèvi l, si nou koute sa li di nou, si nou fè tou sa li mande nou fè, si nou menm ansanm ak wa k'ap gouvènen nou an nou fè volonte li nan tou sa n'ap fè.
Sèlman, pa kenbe tèt ak Senyè a! Nou pa bezwen pè moun k'ap viv nan peyi sa a. N'ap manje yo tankou kann. Bondye ki t'ap pwoteje yo a kouri mete deyò. Men Senyè a kanpe la avèk nou. Nou pa bezwen pè yo.
(11) Se mechan yo ye. Kondannen yo, Bondye. Gate tout plan yo te fè. Pou valè peche yo fè, wete yo devan je ou, paske se kenbe y'ap kenbe tèt ak ou.
Kanta pou pwofèt sa a, osinon moun k'ap fè vizyon an, se pou nou touye yo. Paske y'ap ban nou konsèy pou nou kenbe tèt ak Senyè a, Bondye nou an, ki te fè nou sòti kite peyi Lejip epi ki te wete nou nan esklavaj nou te ye laba a. Se pou nou touye yo, paske y'ap chache fè nou kite chemen Senyè a, Bondye nou an, te mete devan nou pou nou te swiv la. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou.
Se sa ki fè men sa Senyè a di: Li pral disparèt ou sou latè. Anvan lanne an bout, w'ap mouri, paske ou pouse pèp la pou l te kenbe tèt ak Senyè a!