Vèsè Biblik

- Piblisite -


107 Vèsè Biblik sou Vanjans

107 Vèsè Biblik sou Vanjans

Nan Bib la, yo montre nou byen klè, vanjans se pa pou nou menm moun, se pou Bondye sèlman.

Nan Women 12:19, men sa yo di nou: "Zanmi m yo, pa tire revanj, men kite kòlè Bondye fè travay li; paske men sa ki ekri: Se mwen menm ki pou tire revanj, se mwen menm ki pou bay moun sa yo merite." Sa vle di, pa mete jistis nan men pa nou, men fè Bondye konfyans, se li menm sèl ki ka fè jistis jan sa dwe fèt.

Lè yon moun fè nou mal, li nòmal pou nou anvi tire revanj. Men, Bib la ankouraje nou pou nou fè Bondye konfyans epi pou nou padone olye nou chache tire revanj. Nan Pwovèb 20:22, Bib la di: "Pa di: m'a tire revanj mwen sou li. Mete espwa ou nan Seyè a, l'a delivre ou."

Tire revanj ka sanble yon bon fason pou nou reprann diyite nou oswa pou nou mete balans jistis la dwat, men Bib la montre nou se pa responsablite pa nou pou nou fè sa. Okontrè, nou dwe fè Bondye konfyans, paske li gen pouvwa ak sajès pou l' fè jistis nan bon moman an.

Lè nou kite vanjans dèyè epi nou swiv ansèyman Bib la, n'ap jwenn yon vrè libète epi n'ap santi pouvwa lanmou ak gras Bondye k'ap transfòme lavi nou.




Sòm 94:1-2

Senyè, ou menm Bondye ki gen dwa tire revanj lan, parèt non pou fè yo wè ki moun ou ye. Ou menm k'ap jije tout moun sou latè, leve non! Bay moun k'ap pran pòz gwokolèt yo sa yo merite!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Levitik 19:18

Piga nou tire revanj sou pèsonn. Piga nou kenbe moun menm ras ak nou nan kè, men se pou nou renmen yo tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Se mwen menm ki Senyè a!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 32:35

Se Senyè a k'ap tire revanj sou yo, se li k'ap fè yo peye sa yo fè a, lè lè a va rive pou yo tonbe. Jou pou yo detwi yo a pa lwen. Sa ki pare pou yo a fin rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 32:43

Nou menm nasyon ki sou latè, fè kè nou kontan ak pèp Bondye chwazi a! Paske Senyè a pral tire revanj pou lanmò sèvitè l yo. L'a bay moun ki pa vle wè l yo sa yo merite. L'a wete tout vye bagay ki t'ap fèt nan peyi pèp li a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 20:22

Pa janm di se ou ki pou vanje tèt ou. Mete konfyans ou nan Senyè a, l'a delivre ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 3:9

Pa rann moun mal pou mal, jouman pou jouman. Okontrè, lè konsa, mande benediksyon pou yo, paske se benediksyon Bondye te pwomèt pou l ban nou lè li te rele nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 24:17-20

Pa prese fè kè ou kontan lè malè rive lènmi ou. Pa kouri fè fèt lè li bite.Senyè a ap wè sa. Sa p'ap fè l plezi. Li ka rive pa pini l poutèt sa.Pa kite moun k'ap fè sa ki mal fè ou pèdi tèt ou. Pa anvye sò mechan yo.Paske mechan yo pa pral lwen. Lavi yo tankou yon lanp k'ap mouri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 24:29

Pa janm di li fè m, m'ap fè l tou. M'ap fè l peye sa li fè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Nawoum 1:2-3

Senyè a, se yon Bondye jalou ki konn tire revanj. Lè li ankòlè, se pa ti move li move. Li tire revanj li sou tout moun ki kenbe tèt ak li. Li kenbe lènmi li yo nan kè.Senyè a pa fache fasil, men se pa ti kras pouvwa li genyen. Li p'ap janm manke pa pini moun ki antò. Kote Senyè a pase, se van tanpèt, se van siklòn. Nyaj yo, se pousyè pye l yo ap leve.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:44

Men mwen menm, men sa mwen di nou: Renmen lènmi nou. Lapriyè pou moun k'ap pèsekite nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:38-39

— Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di: yon je pou yon je, yon dan pou yon dan.Men mwen menm, men sa m'ap di nou: Pa tire revanj sou moun ki fè nou mal. Si yon moun ba ou yon souflèt sou bò dwat, ba li bò gòch la tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 11:25

Lè nou kanpe pou n lapriyè, si nou gen yon moun nan kè nou, padonnen l, pou Papa nou ki nan syèl la ka padonnen peche nou yo tou. [

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 6:27-28

— Nou menm k'ap koute m la a, men sa m'ap di nou: Renmen tout lènmi nou yo. Fè byen pou moun ki rayi nou.Mande benediksyon pou moun k'ap ban nou madichon. Lapriyè pou moun k'ap maltrete nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:17-18

Si yon moun fè nou mal, pa chache fè l mal tou. Chache fè sa ki byen nan je tout moun.Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun, mezi nou kapab fè li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 10:30

Nou menm, nou konnen moun ki te di: Se mwen menm sèl ki gendwa tire revanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se li menm tou ki te di: Bondye gen pou l jije pèp li a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 24:17-18

Pa prese fè kè ou kontan lè malè rive lènmi ou. Pa kouri fè fèt lè li bite.Senyè a ap wè sa. Sa p'ap fè l plezi. Li ka rive pa pini l poutèt sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:14

Mande Bondye pou l beni moun k'ap pèsekite nou. Mande benediksyon, pa mande madichon pou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 94:1

Senyè, ou menm Bondye ki gen dwa tire revanj lan, parèt non pou fè yo wè ki moun ou ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:19

Mezanmi, pa tire revanj. Men kite kòlè Bondye fè travay li. Paske men sa ki ekri nan Liv la: Se mwen sèl ki gendwa tire revanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se Bondye menm ki di sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 5:15

Pa kite pèsonn rann mal pou mal. Okontrè, toujou chache fè sa ki byen yonn pou lòt ak sa ki byen pou tout moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 13:11

Kounyeya, frè m yo, mwen kite nou. Chache pou nou vin bon nèt sou tout pwen. Se pou nou yonn ankouraje lòt, mete nou dakò yonn ak lòt, viv ak kè poze. Bondye ki bay renmen ak kè poze a, va toujou avè nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 53:7

Yo te maltrete l, men li menm se bese li bese tèt li ase. Tankou yon ti mouton y'ap mennen labatwa, li pat janm louvri bouch li di krik. Wi, tankou yon manman mouton ki pa di krik pandan y'ap taye lenn sou do l, li pat janm louvri bouch li di anyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Samyèl 26:10-11

Apre sa, David di: — Mwen fè sèman devan Senyè ki vivan an, se Senyè a menm ki pou touye l. L'a mouri lè lè pou l mouri a va rive, osinon l'a mouri nan lagè.Mande Bondye padon non! Mwen p'ap leve men m sou wa Senyè a te chwazi a. Ann pran frenn li a ak krich dlo ki bò tèt li a. Epi ann ale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jenèz 4:15

Senyè a di: — Non, si yon moun touye Kayen, sèt moun ap peye sa. Se konsa Bondye mete yon siy sou Kayen pou pyès moun pa touye li si yo kontre li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 25:21-22

Si lènmi ou grangou, ba li manje. Si li swaf dlo, ba li dlo pou l bwè.Lè sa a, w'a fè l wont anpil. Senyè a va rekonpanse ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 37:8-9

Pa fache, pa fè move san. Ou pa bezwen ennève! Sa kapab fè ou fè sa ki mal.Moun ki mete konfyans yo nan Senyè a va pran peyi a pou yo. Men, y'ap disparèt mechan yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 14:10-12

Men ou menm, poukisa pou w'ap jije frè ou konsa? Ou menm, poukisa pou w'ap meprize frè ou konsa? Nou tout gen pou konparèt devan tribinal Bondye a.Paske men sa ki ekri nan Liv la: Mèt la di: Jan nou konnen mwen vivan an vre, konsa tou, tout moun gen pou mete ajenou devan mwen. Nan tout lang moun va pale byen fò pou rekonèt pouvwa Bondye.Se konsa, chak moun gen pou rann Bondye kont pou tèt pa yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 26:52

Jezi di l konsa: — Mete nepe ou nan fouwo l, paske tout moun ki sèvi ak nepe, se nepe k'ap touye yo tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 35:1

(1b) Senyè, atake moun ki pa vle wè m yo, goumen ak moun k'ap fè m lagè yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 7:11-13

(12) Bondye se yon jij ki san patipri: Li toujou kondannen mechan yo.(13) Si yon moun pa chanje lavi li, Bondye ap file nepe li, l'ap pare banza li pou l vize li.(14) Bondye ap pare zam sa yo pou touye li. L'ap sèvi ak flèch li yo pou simen dife.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Tesalonisyen 1:6-8

Paske, Bondye gen pou fè sa ki byen: Bondye va gen rezon lè la fè moun k'ap fè nou soufri yo soufri tou.Kanta pou nou menm k'ap soufri kounyeya, l'a ban nou repo ansanm avè m lè Jezi va parèt nan syèl la avèk zanj li yo ki gen pouvwa.L'a parèt nan mitan gwo flanm dife pou pini tout moun ki pa konn Bondye yo ansanm ak moun ki p'ap mache dapre bòn nouvèl ki pale sou Jezi, Senyè nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 16:7

Lè yon moun ap viv yon jan ki fè Senyè a plezi, Senyè a ap fè ata lènmi l yo aji byen avè l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 35:4

Pale ak moun ki dekouraje yo. Di yo konsa: Pran kouray! Pa pè! Men Bondye nou an ap vini! Li pral tire revanj sou lènmi nou yo, li pral fè yo peye sa yo fè. Se li menm menm ki pral fè sa pou l ka delivre nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 13:5

Lamou pa fè anyen pou fè moun wont. Lamou pa chache avantaj pa li. Li pa fè kòlè, li pa kenbe moun nan kè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 23:34

Jezi di: — Papa, padonnen yo. Yo pa konnen sa y'ap fè. Sòlda yo fè tirajosò pou separe rad li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 13:4

Paske chèf yo se nan sèvis Bondye yo ye pou byen nou. Men, si w'ap fè sa ki mal, ou mèt tranble, paske se pa pou gremesi yo gen pouvwa pini moun. Lè sa a, se sèvis Bondye y'ap fè tou. Y'ap fè nou wè kòlè Bondye lè y'ap pini moun ki fè sa ki mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 23:4-5

Si nou lènmi yon moun epi nou jwenn bèt li ki pèdi, se pou nou mennen li ba li.Si nou pa byen ak yon moun epi nou wè bèt li kouche ak chay sou li, pa do vire kite li pou kont li. Se pou nou ede li leve bèt la kanpe.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 140:12

(13) Mwen konnen Senyè a va fè pòv yo jistis. L'a defann kòz moun ki san sekou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 41:10-11

Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.Tout moun ki te fache sou nou yo pral wont, yo pral bese tèt yo. Moun ki t'ap chache nou kont yo pral disparèt, yo pral mouri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 37:1-2

(1b) Pa fè kòlè lè ou wè mechan yo! Pa anvye sò moun k'ap fè mal yo!Talè konsa, y'ap rache yo tankou raje. Yo gen pou yo fennen tankou zèb gazon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 14:29

Moun ki pa fè kòlè fasil, se moun ki gen bon konprann. Men, moun ki gen san wo fè wè jan li sòt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 1:19-20

Frè mwen renmen anpil yo, men yon bagay pou nou toujou sonje: chak moun dwe toujou atantif pou koute. Men, pa kouri pale, ni prese fè kòlè.Paske, kòlè lèzòm pa ka fè volonte Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 15:1

Yon bon repons dous ap kalme yon moun ki ankòlè. Men, si ou reponn li rèd, w'ap fè l pi eksite.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 37:27-29

Pa fè mal, fè sa ki byen. W'a toujou gen yon kote nan peyi a pou ou rete.Paske, Senyè a renmen moun ki mache dwat. Li pa lage moun ki kenbe fèm nan sèvis li. L'ap toujou pwoteje yo. Men, ras mechan yo gen pou disparèt.Moun ki mache dwat gen pou pran peyi a pou yo. Y'ap rete nan peyi a tout tan tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 18:47-48

(48) Se Bondye ki pran revanj mwen. Se li ki mete pèp yo anba pye mwen.(49) Li sove m anba lènmi m yo. Li wete m anba men moun ki t'ap konbat mwen yo. Ou delivre m anba ansasen yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:84-86

Konbe jou sèvitè ou la rete pou l viv ankò? Kilè w'a pini moun k'ap pèsekite m yo?Yon bann awogan fouye twou sou wout mwen, yo p'ap fè sa ou mande nan lalwa a.Tout kòmandman ou yo se bagay ki sèten. Y'ap pèsekite m san rezon. Vin pote m sekou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 17:13

Si ou aji mal avèk moun ki fè ou byen, malè ap toujou rive lakay ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:14-15

— Si nou padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou ki nan syèl la va padonnen nou tou.Men, si nou pa padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou p'ap padonnen peche nou yo nonplis.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 15:18

Yon moun ki gen san wo toujou ap pouse dife. Men, moun ki pa fè kòlè fasil toujou ap mete lapè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 2:23

Lè yo t'ap joure l, li pat reponn. Lè yo t'ap maltrete l, li pat mennase pèsonn. Men, li renmèt kòz li nan men Bondye k'ap jije tout bagay san patipri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 14:14

Senyè a ap goumen pou nou. Nou menm, poze san nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 91:8

W'ap rete konsa, w'ap gade, w'a wè jan y'ap bay mechan yo sa yo merite.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 24:1-2

Pa anvye sò mechan yo. Pa chache fè zanmi ak yo.Yon sèl bagay ki nan tèt yo, se fè mechanste. Yon sèl pawòl ki nan bouch yo, se fè moun mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jòb 31:29-30

Mwen pa janm kontan lè lènmi m ap soufri. Mwen pa janm fè fèt lè malè tonbe sou yo.Mwen pa janm kite bouch mwen chape pou m ta ba yo madichon, pou m ta rive mande lanmò pou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 17:3-4

Veye kò nou byen. — Si frè ou tonbe nan peche, rale zòrèy li. Si l chanje konpòtman li, padonnen li.Si nan yon sèl jounen an li peche sèt fwa kont ou, si toulesèt fwa yo, li tounen vin jwenn ou pou l di ou: Mwen p'ap fè sa ankò, se pou ou padonnen li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 4:26-27

Si nou ankòlè, veye kò nou pou kòlè a pa fè nou fè sa ki mal. Pa al dòmi ak kòlè nan kè nou.Pa bay Satan pye sou nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 54:17

Men, tout zam y'a fè pou sèvi kont ou yo p'ap fè ou anyen. W'a gen repons nan bouch ou pou tout moun ki va akize ou nan tribinal. Se sa m'ap fè pou tout sèvitè m yo. Se mwen k'ap defann kòz yo. Se Senyè a menm ki di sa!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 10:3-4

M'ap viv kounyeya nan yon kò tankou tout moun, se vre. Men, mwen p'ap goumen menm jan ak tout moun.Zam m'ap sèvi nan batay m'ap mennen an, se pa menm ak zam moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo. Zam mwen se zanm ki gen pouvwa devan Bondye pou kraze tout gwo fò. M'ap kraze tout pawòl esplikasyon ki pa bon,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:19-21

Se fasil pou nou wè sa egzijans kò a fè moun fè: se imoralite, malpwòpte ak vis.Se sèvi zidòl, se fè maji, se yonn fè lòt lènmi, se fè kont, fè jalouzi, fè kòlè, se yonn pa vle wè lòt, se fè ti pil gwo pil.Yonn anvye sò lòt, yo tafyatè, yo saf konsa, ak yon bann lòt bagay ankò y'ap fè. Mwen deja di nou sa, epi m'ap repete l ankò pou nou: moun ki fè tout bagay sa yo p'ap antre menm nan peyi kote Bondye wa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 23:22

Men, si nou koute sa li di nou, si nou fè tou sa mwen di nou fè, m'ap rayi moun ki rayi nou, mwen p'ap vle wè moun ki pa vle wè nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 109:4-5

Mwen renmen yo, men yo menm yo pa vle wè m. Pou mwen menm, m'ap lapriyè nan pye ou.M'ap fè byen pou yo, yo menm y'ap fè m mal. Mwen renmen yo, men yo menm yo rayi m.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 18:21-22

Lè sa a, Pyè pwoche bò kote Jezi, li di l konsa: — Mèt, konbe fwa pou m padonnen frè m lè li fè m yon bagay mal? Sèt fwa konsa?Jezi reponn li: — Non, Pyè. Mwen pa di ou padonnen l sèt fwa, men padonnen l swasanndis fwa sèt fwa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 6:29

Si yon moun ban nou yon souflèt sou yon bò figi, vire lòt bò a ba li. Si yon moun pran levit nou, kite l pran chemiz nou tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 94:23

L'ap fè mechanste yo a tonbe sou pwòp tèt yo, l'ap fè peche yo a touye yo. Senyè a, Bondye nou an, ap disparèt yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 21:15

Lè yo rann jistis san patipri, moun ki mache dwat yo gen kè kontan. Men, mechan yo gen kè kase.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 1:24

Se poutèt sa, koulyeya, koute sa Senyè Bondye ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki gen fòs kouraj la ap di: - M'ap konbat advèsè mwen yo. M'ap tire revanj sou lènmi mwen yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 15:1-2

Nou menm ki fò nan konfyans nou nan Bondye, se pou nou ede sa ki fèb yo pote feblès yo. Nou pa dwe ap chache sa ki fè nou plezi sèlman.Okontrè, se pou nou chak chache fè frè parèy nou plezi pou byen l, konsa n'a fè l grandi nan konfyans li nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 12:16

Lè yon moun san konprann ankòlè, tout moun wè sa lamenm. Men, yon moun veyatif, lè ou fè l malonèt, li fè tankou li pa konprann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 103:8-10

Senyè a gen kè sansib, li gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen nou.Li p'ap pase tout tan l ap pini nou, li pa ankòlè pou lontan.Li pa aji ak nou jan nou ta merite l la, li pa pini nou jan l ta dwe pini nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:13

Se pou nou yonn sipòte lòt, pou nou yonn padonnen lòt si nou gen kont yonn ak lòt. Wi, se pou yonn padonnen lòt, menm jan Kris la te padonnen nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 4:7-8

Mezanmi, se pou nou yonn renmen lòt paske renmen sòti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kè yo, se pitit Bondye yo ye. Yo konnen ki moun Bondye ye.Moun ki pa gen renmen nan kè yo, yo pa konn Bondye, paske Bondye se renmen menm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 25:28

Si ou pa kapab kontwole kòlè ou, ou tankou yon lavil san ranpa. Y'ap anvayi l fasil. Y'ap mete men sou ou fasil.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 34:14

(15) Sispann fè sa ki mal. Fè sa ki byen! Chache jan pou nou viv byen ak moun. Fè tout sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 12:14-15

Chache viv ak kè poze ak tout moun. Mennen yon lavi apa pou Bondye. Si se pa sa, pa gen moun k'ap wè Senyè a.Pa kite pèsonn vire do bay favè Bondye a. Pa kite pèsonn tounen tankou yon plant anmè k'ap pouse rasin k'ap anpwazonnen lòt yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:28

Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 91:11-13

Bondye ap pase zanj li yo lòd pou yo veye sou ou, pou yo pwoteje ou kote ou pase.Y'ap pote ou nan men yo, pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch.W'ap mache sou lyon ak sou sèpan, w'ap kraze jenn ti lyon yo ak eskòpyon yo anba pye ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 10:12

Lè ou gen renmen nan kè ou, ou padonnen tout peche. Men, lè ou rayi moun, ou toujou ap chache kont.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 7:12

— Tou sa nou vle lòt moun fè pou nou, nou menm tou, fè li pou yo tou. Se sa lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo mande nou fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:5

Se pou tout moun konnen nou se moun ki gen bon kè. Senyè a ap vini anvan lontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 4:8

Anvan tout bagay, se pou nou yonn renmen lòt anpil. Paske, lè nou renmen, sa fè Bondye padonnen anpil peche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 37:39-40

Se Senyè a k'ap sove moun ki mache dwat yo. L'ap sèvi yo defans lè yo nan tray.L'ap pote yo sekou, l'ap delivre yo. L'ap wete yo anba men mechan yo, paske se anba zèl li y'al chache pwoteksyon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 4:18-19

Kote ki gen renmen, pa gen kè kase. Okontrè, lè nou renmen tout bon, si kè nou te kase, li pa kase ankò. Konsa, yon moun ki pè toujou, li poko fin renmen nèt. Paske si ou pè, se paske ou pè chatiman.Pou nou menm, nou gen renmen nan kè nou, paske Bondye te renmen nou anvan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 55:22

(23) Renmèt sò ou nan men Senyè a, l'a kenbe ou fèm. Li p'ap janm kite moun ki mache dwat devan li yo rete atè lè yo tonbe.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 19:11

Yon moun ki gen bon konprann pa fè kòlè fasil. Tout kalite li, se pa okipe moun ki fè mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:31

Kisa n'a di ankò sou pwen sa a? Si Bondye pou nou, kilès ki ka kont nou?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 57:3

(4) L'ap rete nan syèl la, l'ap delivre m anba men moun k'ap pèsekite m yo. Bondye va fè m wè jan li renmen mwen, jan li toujou kenbe pawòl li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 23:1

Piga nou fè kouri fo bri. Piga nou mete nou ak mechan pou bay fo temwayaj.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 35:3-4

Ankouraje moun ki febli yo! Soutni moun ki gen jenou yo ap tranble!Pale ak moun ki dekouraje yo. Di yo konsa: Pran kouray! Pa pè! Men Bondye nou an ap vini! Li pral tire revanj sou lènmi nou yo, li pral fè yo peye sa yo fè. Se li menm menm ki pral fè sa pou l ka delivre nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 12:36-37

M'ap di nou sa: Jou jijman an, moun gen pou rann kont pou tout pawòl yo di yo pat bezwen di.Paske, se dapre pawòl ou y'a jije ou: Se pawòl ou k'ap di si ou inonsan, osinon si ou koupab.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 6:36

Se pou nou gen kè sansib menm jan Bondye, papa nou, gen kè sansib.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 11:21

Wè pa wè, yo gen pou yo pini mechan yo. Men, tout moun k'ap mache dwat yo ap sove.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 34:6-7

Senyè a pase devan Moyiz, li pale byen fò, li di: — Senyè a, Senyè a se yon Bondye ki gen pitye pou moun, yon Bondye ki gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen, l'ap toujou kenbe pawòl li.L'ap kenbe pwomès li pou tout tan jouk sou mil jenerasyon, de pitit an pitit. L'ap toujou padonnen sa nou fè ki mal, sa nou te dwe fè nou pa fè, ak peche nou yo. Men, li pa nan kase fèy kouvri sa. Lè yon moun fè yon peche, l'ap pini pitit li yo, pitit pitit li yo ak pitit pitit pitit li yo pou sa li fè a, jouk sou twazyèm ak katriyèm jenerasyon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 32:4

Se Senyè a k'ap pwoteje nou. Tou sa li fè bon nèt. Li pa nan patipri nan anyen l'ap fè. Bondye nou an ap toujou kenbe pawòl li. Li pa nan bay manti. Li fè sa ki dwat, li pa fè okenn lenjistis.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 86:5

Senyè, ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo. Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 1:3-4

Ann fè lwanj Bondye ki papa Jezikri, Senyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an.Li ankouraje nou nan tout lapenn nou, konsa nou menm tou nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lè n'a ba yo menm ankourajman nou te resevwa nan men li an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 61:2

Li voye m anonse lè a rive pou Senyè a vin delivre pèp li a, jou a rive pou Bondye nou an vin tire revanj pou nou. Li voye m ankouraje tout moun ki nan lafliksyon,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 121:7-8

Senyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p'ap kite anyen rive ou.L'ap pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap sòti, depi kounyeya ak pou tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 7:1-2

— Pa jije moun pou Bondye pa jije nou,paske Bondye va jije nou menm jan nou jije lòt yo. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm menm Bondye va sèvi pou mezire nou tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 37:34

Mete konfyans ou nan Senyè a, fè tou sa l mande ou fè. L'ap ba ou fòs pou ou ka pran peyi a pou ou. Ou gen pou wè mechan yo disparèt sou latè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 140:1-2

(2) Senyè, delivre m anba mechan yo non! Pwoteje m anba ansasen yo non,(3) anba moun k'ap kalkile move lide nan tèt yo, ki tout tan ap pouse dife.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 13:34-35

Men, m'ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an.Si nou yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 4:31-32

Piga yo jwenn nan mitan nou moun ki kenbe lòt nan kè yo, moun ki gen san wo, moun ki renmen fè kòlè. Piga yo tande woywoy ak joure nan mitan nou. Nou pa fèt pou gen okenn lòt kalite mechanste k'ap fèt nan mitan nou.Okontrè, se pou nou aji byen yonn ak lòt, se pou nou gen bon kè yonn pou lòt, pou nou yonn padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:21

Pa kite sa ki mal gen pye sou ou. Okontrè, fè sa ki byen pou n kraze sa ki mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 30:18

Men, Senyè a ap tann lè pou l fè nou gras. Li tou pare pou l gen pitye pou nou, paske Senyè a, se yon Bondye k'ap toujou fè sa ki byen! Benediksyon pou moun ki mete konfyans yo nan li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 31:15

(16) Lavi m nan men ou. Delivre m anba lènmi m yo, anba moun k'ap pèsekite m yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 20:3

Se bèl bagay lè yon moun evite diskisyon. Moun san konprann toujou ap chache kont.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 103:6

Senyè a pa nan patipri. Li rann jistis an favè tout moun k'ap sibi lenjistis.

Chapit   |  Vèsyon Kopi

Lapriyè bay Bondye

Papa Bondye ki nan syèl la, nanm mwen ap beni w' epi ba w' glwa pou lanmou w' ak mizèrikòd ou nan lavi mwen. Mèsi paske men fò w' ap soutni m' epi ban m' lapè ou nan mitan tanpèt la. Mèsi pou sa w'ap fè pou mwen chak jou. Lespri Sen, m'ap mande w' pou gide m' nan priyè mwen, pou m' ka jwenn kalmi mwen bezwen pou m' pa santi revanj nan kè m'. Pèmèt mwen konprann ke padon se yon chemin ki mennen ver gerizon ak liberasyon an kont tout resantiman. Ede m' sonje ke ou se jij anwo nan syèl la, e ke mete konfyans mwen nan jistis ou pi enpòtan pase chache revanj. M'ap priye pou w' ban m' sajès ak serenite mwen bezwen pou m' fè fas ak tout ofans avèk konpasyon ak konpreyansyon. Se pou lanmou san limit ou ranpli m' nèt, pou m' ka reponn a tout advèsite avèk lanmou, e non pa avèk kòlè. Mwen mete tout anvi revanj mwen nan men w', e m'ap sipliye w' pou w' transfòme yo an konpasyon ak mizèrikòd. Mèsi w' pou prezans ou toujou nan lavi mwen e pou jan w'ap ede m' simonte santiman negatif mwen yo. Nan non Jezi, Amèn.
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite