Vèsè Biblik

- Piblisite -


128 Vèsè Biblik: Pa Sal tèt ou

128 Vèsè Biblik: Pa Sal tèt ou

Cheri mwen, Bondye vle pou nou ba li tout vi nou. Jezi te moutre disip li yo se pa sa k ap antre nan bouch yon moun ki sal li, men se sak ap soti nan kè li.

Jounen jodi a, nou wè aklè kijan lemonn pèvèti, mechanste ak imoralite ap fè ravaj toupatou. Se poutèt sa, fòk nou veye kò nou pou nou pa tonbe nan fè bagay ki pa fè Bondye plezi.

Ou dwe konnen kè yon moun ka sal pou plizyè rezon ki afekte karaktè li, santiman l ak emosyon l. Pa egzanp: jalouzi, rankin, move panse, lògèy ak egoyis, vanite, awogans, manti, ak anpil lòt atitid ankò ki ka fasilman koriwonp kè nou epi elwaye nou de yon vi an amoni ak Bondye nou an.

Pa bliye, yon kè ki sal ka parèt nan divès fason, tankou lè ou pa ka padone moun ki fè ou mal, lè w anvi richès ak pouvwa, lè ou pa pran ka soufrans lòt moun, lè w anvi tire revanj, lè ou pa koute apèl Bondye nan vi ou, lè ou pa anvi mache selon volonte li.

Avèk anpil lanmou, mwen ankouraje w pou w deside mennen yon vi pwòp ki fè Bondye plezi. Al devan Bondye, retire nan fon kè w tout sa k ap sal ou epi k ap elwaye w de li. Menmsi peche w yo ta wouj tankou ekalat, san Jezi ap fè yo vin blan tankou lenn mouton. Leve kanpe, mache nan sentete pou nanm ou delivre.




Travay 15:20

Men, ann ekri yo, ann mande yo pou yo pa manje vyann bèt yo te ofri pou touye pou zidòl, pou yo egzante tout dezòd lachè, pou yo pa manje ni vyann bèt ki mouri toufe, ni san.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 7:1

Mezanmi, se pou nou wi Bondye te fè tout pwomès sa yo. Ann kenbe kò nou ak nanm nou nan kondisyon pou n sèvi Bondye! Ann voye tout bagay ki ka wete nou nan kondisyon sa a jete! Ann chache viv apa pou Bondye! Ann viv nan krentif li!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Levitik 20:3

Mwen menm bò pa m, mwen p'ap okipe l ankò, m'ap wete l nan mitan pèp mwen an. Paske li te bay yonn nan pitit li yo pou sèvi nan sèvis Molòk, li mete kay ki apa pou mwen an nan kondisyon yo pa ka fè sèvis ladan l pou mwen, li derespekte non mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 1:16

Paske, men sa ki ekri nan Liv la: Se pou nou bon nèt, paske mwen menm, mwen bon nèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezekyèl 20:7

Mwen te di yo se pou yo te voye jete tout vye zidòl derespektan yo te renmen yo. Se pa pou yo avili tèt yo nan sèvi vye zidòl peyi Lejip yo. Paske se mwen menm Senyè a ki Bondye yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezekyèl 20:18

Lè sa a, mwen pale ak pitit yo nan dezè a, mwen di yo: Pa mache dapre lòd granmoun lontan nou yo. Pa swiv menm prensip ak yo. Pa al avili tèt nou nan sèvis zidòl yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:2

Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 6:17

Se poutèt sa, Bondye te di nou: Sòti nan mitan moun sa yo. Pa mele ak yo. Pa manyen anyen nou pa dwe manyen. Lè sa a, mwen menm, m'a resevwa nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 4:4

Ala bann moun pa fidèl! Se konnen nou pa konnen lamitye pou lemonn se rayisans pou Bondye! Moun ki vle vin zanmi lemonn, li tou chwazi pou li lènmi Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 1:21

Se poutèt sa, derasinen tout vye abitid ki pa dakò ak volonte Bondye ansanm ak tout kras mechanste ki nan lavi nou, voye yo jete. Soumèt nou devan Bondye, asepte pawòl li te plante nan kè nou an, paske se pawòl sa a ki ka sove nanm nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:19-21

Se fasil pou nou wè sa egzijans kò a fè moun fè: se imoralite, malpwòpte ak vis.Se sèvi zidòl, se fè maji, se yonn fè lòt lènmi, se fè kont, fè jalouzi, fè kòlè, se yonn pa vle wè lòt, se fè ti pil gwo pil.Yonn anvye sò lòt, yo tafyatè, yo saf konsa, ak yon bann lòt bagay ankò y'ap fè. Mwen deja di nou sa, epi m'ap repete l ankò pou nou: moun ki fè tout bagay sa yo p'ap antre menm nan peyi kote Bondye wa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 7:20-23

Li di yo ankò: — Sa ki sòti nan kè yon nonm, se sa ki mete l nan kondisyon pou l pa ka fè sèvis Bondye.Se nan kè yon moun, se anndan li tout move lide sòti: lide fè ou fè tout move bagay, li fè ou vòlè, li fè ou touye moun;li fè ou fè adiltè, li fè ou renmen lajan. Li rann ou mechan, fentè, li lage ou nan libètinay, li ba ou gwo je, li fè ou pale moun mal, li fè ou gen lògèy, li rann ou fou.Tout move bagay sa yo, se nan kè moun sa sòti, se yo ki mete yon moun nan kondisyon pou l pa ka fè sèvis Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 6:19-20

Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan lavi nou! Sentespri Bondye ban nou an! Nou pa mèt tèt nou ankò.Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa. Se poutèt sa, sèvi ak kò nou yon jan pou fè lwanj Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 5:22

Egzante tou sa ki mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 1:9

Si nou rekonèt peche nou devan Bondye, nou mèt gen konfyans nan li. L'ap fè sa ki dwe fèt la: l'a padonnen tout peche nou, l'a netwaye nou anba sa ki mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:8

Pou fini, frè m yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 4:8

Pwoche bò kote Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. Nou menm k'ap fè peche, lave men nou. Netwaye kè nou, nou menm k'ap woule de bò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 2:15-17

Pa renmen lemonn, ni anyen ki soti nan lemonn. Si yon moun renmen vye prensip k'ap mennen lemonn yo, li pa ka renmen prensip Papa a.Bagay ki sòti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tantasyon, se lògèy k'ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa sòti nan Papa a. Se nan lemonn sa sòti.Se pase lemonn ap pase, ansanm ak tou sa moun jwenn ladan l yo ta vle genyen. Men, moun ki fè sa Bondye vle, y'ap viv pou tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 1:16

Manyè netwaye lavi nou non! Mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen non! Sispann tout lenjistis mwen wè n'ap fè yo! Wi, sispann fè sa ki mal!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 5:11

Nou pa gen anyen pou nou wè ak moun k'ap viv nan fènwa, moun k'ap fè bagay ki p'ap rapòte anyen. Okontrè, denonse yo pou sa yo ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Tit 2:14

Li te asepte mouri pou nou pou li te ka delivre nou anba mechanste, pou li te fè nou tounen yon pèp ki nan kondisyon pou sèvi li, ki rele li pa li, epi ki toujou pare pou fè sa ki byen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 4:23

Pase tout lòt bagay, veye byen lide k'ap travay nan tèt ou, paske se yo k'ap di ou ki jan pou ou viv.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 12:10

Lè sa a, anpil moun pral pase anba soufrans yo te anonse a. Y'ap sòti netwaye, lave, blanchi. Moun k'ap fè mechanste yo menm p'ap konprann anyen, y'ap toujou rete ap fè mechanste yo. Men, moun ki gen lespri ap konprann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 2:22

Pa kite lanvi ki nan jenn moun yo pran pye sou ou. Rete lwen yo. Men mete ou ansanm ak moun ki nan kondisyon pou sèvi Bondye, moun k'ap rele Bondye, k'ap chache fè sa ki dwat devan li epi k'ap chache gen konfyans, renmen ak kè poze.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 22:16

Kounyeya, kisa w'ap tann ankò? Leve non, rele Bondye, resevwa batèm pou tout peche ou yo ka lave.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:8

Benediksyon pou moun ki pa gen move lide nan tèt yo, paske y'a wè Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 1:18

Senyè a di konsa: — Nou mèt vini atò! Vini non! Ann regle koze a! Menm si peche nou ta wouj kou san, m'ap lave, m'ap fè nou vin blan kou koton. Si li ta wouj nètale, n'ap vin blan kou lablanchè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 13:14

Se pou nou pran Jezikri pou zam nou. Pa kite egzijans lachè pran pye sou nou pou fè nou fè tou sa li anvi fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Pyè 2:20

Moun ki rive konnen Jezikri tankou Senyè ak Sovè li, li fin chape anba tout vye bagay mal ki nan lemonn. Si apre sa, li tounen mele ladan yo ankò, si l kite bagay sa yo pran pye sou li ankò, l'ap pi mal pou li pase jan l te ye anvan an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 24:3-4

Ki moun ki gendwa moute sou mòn ki pou Senyè a? Ki moun li kite antre nan kay ki apa pou li a?Se moun ki pa fè anyen ki mal, moun ki pa gen move lide nan tèt yo. Se moun ki pa nan bay manti, moun ki pa nan fè sèman pou twonpe moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Levitik 18:20

Piga ou kouche madanm yon frè parèy ou, paske lè nou fè sa, ni ou ni fanm lan, nou pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 5:11

Mwen te vle di pou n pa mele ak yon nonm ki swadizan frè nou nan Kris la, men k'ap viv nan dezòd, ki gen lanvi plen kè l, k'ap sèvi zidòl, k'ap pale moun mal, ki tafyatè, osinon ki vòlò. Nou pa dwe menm chita sou menm tab pou n manje ak yon nonm konsa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Levitik 18:25

Yo te mete tout peyi a nan move kondisyon ak sa yo t'ap fè a. Se konsa mwen menm Senyè a, m'ap pini peyi a, m'ap fè l voye moun ki rete sou li yo jete deyò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Levitik 18:27

Se paske moun ki te rete nan peyi a anvan nou yo te fè tout kalite bagay sa yo, kifè yo te mete peyi a nan move kondisyon sa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:9

Kisa jenn gason dwe fè pou li mennen bak li dwat? Se pou li toujou mache jan ou vle li mache a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Levitik 19:29

Piga nou avili pitit fi nou yo pou nou voye yo fè jennès nan tanp zidòl yo. Si nou fè sa, tout peyi a va vire al jwenn zidòl yo. Lè sa a, tout moun va lage kò yo nan fè sa ki mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Levitik 19:31

Piga n'al konsilte moun k'ap rele mò nan tab tounant osinon moun k'ap fè divinò. Si nou fè sa, n'ap tounen tankou moun sa yo, nou p'ap nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 10:13

Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p'ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, l'a ban nou fòs pou nou ka sipòte l, pou nou ka sòti anba li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 106:38

Yo touye ti inonsan sa yo, pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Yo ofri yo bay zidòl moun peyi Kanaran yo. Se konsa yo fin derespekte tout peyi a ak san moun yo te touye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:5

Se poutèt sa, se pou nou disparèt nan nou tou sa ki pa bon nan lemonn: imoralite, malpwòpte, vye pasyon, move lanvi, aloufa nan tout bagay (ki se menm ak sèvi zidòl).

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 59:3

San ap koule sou tout dwèt nou. Nou foure men nou nan tout kalite mechanste. Bonjou nou pa laverite. Depi nou louvri bouch nou se kout lang n'ap bay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 2:7

Mwen fè nou antre nan yon peyi kote ki gen bèl jaden pou nou te ka manje tout bon rekòt ak tout lòt bon bagay li yo. Men, lè nou rive ladan l, nou pa respekte peyi a. Nou fè peyi mwen te ban nou an tounen yon peyi ki ban m degoutans.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 2:11

Zanmi mwen yo, men sa m'ap mande nou. M'ap pale ak nou koulyeya paske nou se etranje, nou depasaj sou latè: Se pou nou kenbe tèt ak egzijans lachè a k'ap goumen kont nanm nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 3:9

Li pat wont. Li avili tout peyi a avèk lenkondit li. L'al fè sèvis pou wòch ak pyebwa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 4:22-24

Se sa ki fè, se pou nou chanje vye karaktè sa a ki t'ap fè nou viv jan nou t'ap viv nan tan lontan an, vye moun sa a ki te fin pèvèti nèt ak vye dezi l yo ki t'ap twonpe nou.Se pou nou chanje nèt ni nan kè nou ni nan lespri nou.Se pou nou vin yon lòt kalite moun jan Bondye vle l la, pou nou sanble ak li pou nou ka mennen yon lavi ki dwat, yon lavi ki apa pou Bondye, jan verite a mande l la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 32:34

Yo mete vye zidòl yo nan Tanp yo te mete apa pou mwen an, yo fè Tanp lan pa nan kondisyon pou sèvi m ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 12:14

Chache viv ak kè poze ak tout moun. Mennen yon lavi apa pou Bondye. Si se pa sa, pa gen moun k'ap wè Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lamantasyon 4:14

Y'ap mache nan lari tankou moun avèg. Yo bade ak san. Pèsonn pa gendwa manyen rad yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 6:27-28

Ou pa ka sere dife anndan rad ou pou dife a pa pran sou ou.Ou pa ka mache sou chabon dife pou pye ou pa boule.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezekyèl 23:38

Se pa sa ase yo fè m. Menm lè sa a, yo derespekte Tanp mwen an. Yo pa respekte regleman jou repo m yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 4:12

Pa kite pèsonn pase ou nan betiz paske ou twò jenn. Men, se pou ou tounen yon egzanp pou moun ki kwè yo, nan jan ou pale, nan jan ou mennen tèt ou, nan jan ou gen renmen, nan jan ou gen konfyans, nan jan w'ap mennen yon lavi ki dakò ak volonte Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Oze 5:3

Depi lontan mwen konnen moun Efrayim yo. Wi, moun Izrayèl sa yo, nanpwen anyen mwen pa konnen sou yo. Y'ap aji tankou jennès. Yo kite mwen pou ale jwenn lòt bondye. Wi, moun Izrayèl sa yo mete tèt yo nan kondisyon kote yo pa ka sèvi mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 1:27

Men jan pou nou sèvi Bondye Papa a si nou vle sèvi li yon jan ki dakò ak volonte Bondye, yon jan ki bon tout bon devan li: Pote sekou bay òfelen san papa yo. Bay vèv yo lasistans lè yo nan lafliksyon. Pa mele nan move bagay k'ap fèt sou latè pou nou pa pèdi kondisyon nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Miche 2:10

Leve non! Al fè wout nou! Pa gen repo pou nou isit la ankò! Nou fè twòp bagay derespektan. Nou fè yo detwi peyi a. Y'ap fini avè l nèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 15:33

Piga nou twonpe tèt nou: move zanmi gate bon levasyon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sofoni 3:1

Madichon pou moun lavil Jerizalèm! Yo vire kont Bondye, yo lage kò yo nan dezòd, lèfini y'ap peze moun parèy yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 52:11

Wete kò nou nan lavil Babilòn! Wete kò nou! Pati ale! Pa manyen anyen nou pa dwe manyen! Wete kò nou nan mitan lavil la. Mete nou nan kondisyon pou nou fè sèvis pou Bondye, nou menm k'ap pote veso ki apa pou sèvis Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sofoni 3:4

Pwofèt yo pa serye. Pèsonn pa ka fye yo. Prèt yo menm pa respekte bagay ki apa pou Bondye. Yo fè lalwa Bondye a di sa yo vle.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 15:11

Se pa bagay ki antre nan bouch yon moun ki ka mete l nan kondisyon pou l pa ka sèvi Bondye. Men se sa k sòti nan bouch li ki ka mete l nan kondisyon sa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:11

— Benediksyon pou nou lè moun va joure nou, lè y'a pèsekite nou, lè y'a fè tout kalite manti sou nou paske se moun pa m nou ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 15:18

Men, bagay ki sòti nan bouch yon moun, se nan kè l sa sòti. Se bagay konsa ki mete yon moun nan kondisyon pou l pa ka sèvi Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 17:15-16

Mwen pa mande ou pou wete yo nan lemonn lan, men pou ou pwoteje yo anba Satan.Yo pa moun lemonn, menm jan mwen pa moun lemonn.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 15:20

Se bagay sa yo ki mete yon moun nan kondisyon pou l pa ka sèvi Bondye. Men, kèsyon manje san lave men, jan yo di l la, sa pa ka mete yon moun nan kondisyon pou l pa ka sèvi Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 6:12-13

Pa kite peche donminen sou kò nou ki gen pou mouri a, pou l fè nou fè tou sa kò a anvi fè.Pa lage okenn pati nan kò nou nan peche, pou peche a pa sèvi avè l pou fè sa ki mal. Okontrè, tankou moun ki delivre anba lanmò epi k'ap viv, ann lage kò nou nan men Bondye. Wi, mete tout pati nan kò nou nan men Bondye pou l ka sèvi ak yo pou fè sa ki byen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:16

Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: Kite Lespri Bondye dirije lavi nou. Pa obeyi egzijans kò a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 5:3

Paske nou se pèp Bondye a, sa pa bon pou nou menm louvri bouch nou pale sou dezòd lachè, sou bagay ki sal ak vye dezi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 13:4

Maryaj se yon bagay tout moun dwe respekte anpil. Moun ki marye yo dwe rete fidèl yonn ak lòt. Bondye gen pou jije moun k'ap mennen movèz vi yo ansanm ak moun k'ap fè adiltè yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 3:3

Tout moun ki gen espwa sa a nan kè yo ap kenbe kò yo pou yo pa fè sa ki mal, tankou Jezikri te kenbe kò l pou l pat fè sa ki mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 4:3-4

Men sa Bondye vle pou nou: Se pou nou viv apa pou Bondye, pou nou pa lage kò nou nan imoralite.Se pou chak gason chwazi madanm li epi viv avèk li san vye pasyon, yon jan ki dakò ak volonte Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 5:8

Rete lwen yon fanm konsa. Pa janm pwoche bò pòt lakay li,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:13

Pa kite nou nan pozisyon pou n tonbe nan tantasyon, men, delivre nou anba Satan. [Paske, se pou ou tout otorite, tout pouvwa ak tout lwanj, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn.]

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 3:16-17

Eske nou pa konnen se tanp Bondye nou ye, se Lespri Bondye ki rete nan nou?Enben, si yon moun kraze tanp Bondye a, Bondye ap kraze l tou. Paske tanp Bondye a se yon bagay ki apa pou li. Se nou menm ki tanp Bondye a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 51:10

(12) O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m sa kenbe fèm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 5:17

Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo kounyeya.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:6-8

Lè ou kite egzijans kò a pran tèt ou, se mouri w'ap mouri. Men, lè ou kite egzijans Lespri a pran tèt ou, se viv w'ap viv ak kè poze.Poukisa? Paske, lè egzijans kò a fin pran tèt yon moun, li pa vle wè Bondye ankò, li p'ap soumèt devan lalwa Bondye a, li p'ap ka soumèt menm.Moun ki sede devan egzijans lachè, li pa ka fè Bondye plezi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 4:29

Pa kite okenn move pawòl sòti nan bouch nou. Pale bon koze ki ka ede lòt yo grandi nan konfyans Bondye, koze ki ka ede yo lè yo nan move pa. Konsa, se yon byen n'a fè pou moun k'ap tande nou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 2:15

pou yo pa jwenn anyen pou yo repwoche nou, pou nou ka fè sa ki byen tankou veritab pitit Bondye, antan n'ap viv nan mitan bann malonèt ak pèvèti ki sou latè yo. Se pou nou sèvi limyè pou lemonn,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 3:15-16

Sèl bagay, se pou nou toujou rekonèt se Kris la ki sèl Mèt nan lavi nou. Se pou nou toujou pare pou n'reponn chak fwa moun mande nou esplikasyon sou espwa nou gen nan nou an.Men, fè sa avèk dousè ak tout respè. Kenbe konsyans nou pwòp. Konsa, moun k'ap pale nou mal poutèt bon kondit nou gen nan Kris la, se yo menm ki va wont pou pawòl yo te di lè yo t'ap joure nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 23:31-32

Pa kite bweson pran nanm ou, ou te mèt wè jan li bèl, jan li klè nan vè a. Lè ou bwè l, li desann dous nan gòj ou.Men, pita ou santi se tankou yon move sèpan ki mòde ou, yon sèpan aspik ki pike ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 14:13

Ann sispann yonn ap jije lòt. Pito nou pran desizyon pou n pa fè anyen ki kapab fè frè nou bite osinon tonbe nan peche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 8:9

Men, fè atansyon pou jan nou santi nou lib fè sa nou vle a sa pa fè yon lòt frè ki fèb nan konfyans li tonbe nan peche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 101:3

M'ap mennen yon lavi san repwòch anndan lakay mwen. Mwen p'ap mete okenn move lide nan tèt mwen. Mwen rayi sa moun ki vire do bay Bondye yo ap fè. Bagay konsa pa ka pran tèt mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 5:18

Nou konnen depi yon moun pitit Bondye, li p'ap kontinye ap viv nan peche toujou. Paske, Pitit Bondye a ap veye sou li, Satan pa ka fè l anyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Tit 2:12

Favè Bondye a mande nou pou nou kite move lavi nou t'ap mennen an ansanm ak tout move lanvi ki nan lemonn, pou nou ka mennen yon lòt lavi ki kontwole, ki dwat, ki devwe pou Bondye pandan nou sou latè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 13:20

Fè zanmi ak moun ki gen konesans, ou menm tou w'a vin gen konesans. Fè zanmi ak moun ki san konprann, ou nan pwoblèm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 3:5

Y'ap fè tankou y'ap sèvi Bondye. Men, yo pa kwè nan pouvwa Bondye a tout bon vre. Pa mele ak moun konsa menm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:37

Pa kite m kouri dèyè bagay ki pa vo anyen. Fè m swiv chemen ou mete devan m lan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 4:7

Bondye pa rele nou pou nou viv nan vye kondisyon lèd. Men, li rele nou pou nou viv yon jan ki dakò ak volonte li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 14:16

Moun ki gen bon konprann pran prekosyon yo, yo egzante malè. Moun sòt yo awogan, yo toujou konprann zafè yo bon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 26:41

Pa kite dòmi pran nou, tande. Lapriyè pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men kò nou fèb.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 6:8

Moun ki simen sa ki fè kò l plezi, li gen pou l rekòlte lanmò. Men, moun ki simen sa ki fè Lespri Bondye a plezi, Lespri a va fè l rekòlte lavi ki p'ap janm fini an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:2

Pa kite bagay ki sou latè pran tèt nou, mete lide nou sou bagay ki anwo nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 3:9

Si yon moun se pitit Bondye vre, li p'ap kontinye ap viv nan peche paske pouvwa lavi ki soti nan Bondye a ap travay nan li. Si se Bondye ki papa li, li p'ap santi li alèz pou l'ap viv nan peche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 7:18

Sa se bagay mwen konnen: Nanpwen anyen ki bon nan mwen, nan tout kò mwen. Mwen di sa, paske menm lè mwen vle fè sa ki byen, mwen pa santi m kapab fè li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 9:27

Mwen aji di ak kò m, mwen kenbe l kout, pou mwen menm yo pa voye m jete apre mwen fin moutre lòt yo sa pou yo fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Pyè 3:14

Se poutèt sa, frè m yo, pandan n'ap tann bagay sa yo, ann fè sa nou kapab pou Bondye ka jwenn nou ap viv ak kè poze, san okenn fòt, ni okenn defo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 4:15

Granprèt nou an, se pa yon moun ki pa kapab soufri ak nou nan feblès nou. Okontrè, nou gen yon granprèt ki te pase anba tout kalite tantasyon menm jan ak nou. Men, li pat janm fè okenn peche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 6:11

Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 16:17

Moun ki mache dwat fè chemen yo yon jan pou yo pa fè sa ki mal. Gade kote w'ap mete pye ou pou ou pa mouri mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 13:13

Ann mennen bak nou yon jan tankou moun k'ap viv nan limyè. Pa fè eksè ni nan manje, ni nan bwè. Pa lage tèt nou nan debòch, ni nan vis, ni nan lobo ak pesonn, ni nan jalouzi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 4:4

Men, nou menm, pitit mwen yo, nou se moun Bondye, nou kraze fo pwofèt yo, paske lespri ki nan nou an gen plis pouvwa pase lespri ki nan moun ki pou lemonn yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Pyè 1:4

Se konsa, Bondye ban nou pwomès li yo ki gwo anpil, ki gen anpil valè, pou nou kapab patisipe nan sa Bondye ye a, pou nou kapab chape anba koripsyon ki nan lemonn, akòz move lanvi ki nan kè moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 10:22

Ann pwoche bò kote Bondye ak tout kè nou, ak yon konfyans byen chita, san nou pa gen anyen nan kè nou ki pou boulvèse konsyans nou, kò nou menm byen netwaye nan yon dlo byen pwòp.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 1:27

Sèl bagay ki konsekan se pou nou viv yon jan ki konfòm ak bòn nouvèl Kris la. Konsa, mwen ta mèt rive vin wè nou, mwen ta mèt pa kapab, se pou m tande jan n'ap kenbe fèm, jan n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Se pou m tande jan n'ap mennen batay la ansanm pou defann konfyans bòn nouvèl la fè nou gen nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 6:19

M'ap pale ak nou tankou lèzòm ta pale paske nou fèb nan kò nou. Te gen yon lè nou te lage tout kò nou nan fè move bagay ak mechanste, tankou moun ki esklav yo pou n te fè sa ki mal. Konsa tou kounyeya, ann lage tout kò nou nan fè sa ki byen, tankou moun ki esklav Bondye pou n ka viv apa pou li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 6:18

Kouri pou dezòd lachè. Yon moun te mèt fè tout lòt kalite peche, sa pa fè kò l anyen. Men, moun ki lage kò l nan dezòd lachè, li fè peche kont pwòp kò li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 11:2

M'ap fè jalouzi pou nou, yon jalouzi ki sòti nan Bondye. Paske, nou tankou yon jenn fi ki pa nan dezòd. Mwen fyanse nou ak yon sèl gason. Gason sa a se Kris la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 5:6

Se sa k fè, piga nou dòmi tankou lòt yo. Pa kite dòmi pran nou. Kenbe tèt nou anplas.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:11

Mwen sere pawòl ou nan kè mwen pou mwen pa peche kont ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:29-30

Si se grenn je dwat ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache l voye jete byen lwen ou. Pito ou pèdi yon sèl manm nan kò ou, pase pou yo voye tout kò ou nèt jete nan lanfè.Si se men dwat ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l voye jete byen lwen ou. Pito ou pèdi yon sèl nan manm ou yo, pase pou tout kò a nèt al nan lanfè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 5:5

Paske, konnen sa byen: okenn moun ki nan dezòd lachè, osinon ki nan lenkondit, osinon ki renmen lajan (moun konsa se tankou moun k'ap sèvi zidòl), okenn nan moun sa yo p'ap gen pòsyon eritaj nan peyi kote Bondye ak Kris la wa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:8-10

Men kounyeya, pa fè kòlè, pa fè move san ni okenn mechanste. Se pou nou voye tout bagay sa yo jete. Pa kite okenn jouman ni okenn gwomo sòti nan bouch nou.Pa bay frè nou yo manti. Paske, nou voye vye moun nou te ye a jete ansanm ak tout vye mès li yo.Kounyeya, nou tounen yon lòt kalite moun, n'ap chanje jouk n'a rive sanble ak Bondye ki kreye nou an pou n te ka konnen l nèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 4:3-4

Paske, nan tan lontan, nou te gen kont tan nou pou n te fè tou sa moun ki pa konnen Bondye yo ap fè. Lè sa a, nou t'ap viv nan libètinay, nan lanvi, nan bwè tafya, nan debòch, nan banbòch, nan sèvi zidòl, bagay lalwa defann nou fè.Kounyeya, moun sa yo twouve sa dwòl dèske nou pa fè bann ak yo ankò nan tout eksè sa yo. Se poutèt sa, y'ap pale nou mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 3:10-12

Menm bouch la bay benediksyon, li bay madichon tou. Frè m yo, sa pa dwe fèt konsa.Yon sous dlo pa ka bay dlo dous ak dlo sale anmenmtan.Frè mwen yo, yon pye sikren pa ka donnen kenèp, ni yon pye rezen pa ka bay siwèl. Dlo sale pa ka bay dlo dous.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 1:10

Pitit mwen, lè moun k'ap fè sa ki mal vle detounen ou, pa kite yo pran tèt ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 2:6

Lè yon moun di li fè yonn ak Bondye, se pou l viv tankou Jezi te viv la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 141:4

Pa kite move lide pran tèt mwen. Pa kite m mete tèt ansanm ak mechan yo nan mechanste yo. Pa kite m patisipe nan fèt yo!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 6:14

Pa mete tèt nou ansanm ak moun ki pa gen konfyans nan Kris la: Se pa sosyete konsa ki bon pou nou. Ki jan nou ta vle wè sa pou bagay ki bon, bagay ki dwat, mele ak bagay ki mal? Ki jan pou limyè ta ka mache ak fènwa?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:13

Men si, okontrè, ak pouvwa Lespri Bondye a, nou touye egzijans lachè, n'ap gen lavi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 16:6

Si ou pa janm vire do bay Bondye, si ou toujou kenbe pawòl ou, Bondye va padonnen peche ou yo. Lè yon moun gen krentif pou Bondye, l'ap evite fè sa ki mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 12:1

Konsa, nou la nan mitan foul moun sa yo ki te moutre jan yo te gen konfyans nan Bondye. Ann voye tout bagay k'ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou. Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 15:3

Nou menm, avèk tou sa m moutre nou yo, nou deja nan kondisyon pou n fè volonte Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 4:25

Se poutèt sa, sispann bay manti. Se pou nou di verite lè n'ap pale ak frè nou, paske nou tout se manm yon sèl kò nou ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 7:13-14

— Antre nan ti pòt ki jis la. Paske pòt laj la, se chemen ki pi fasil la. L'ap mennen ou tou dwat nan pèdisyon. Anpil anpil moun pran wout sa a.Men, pòt ki jis la, chemen ki difisil la ap mennen nou tou dwat nan lavi. Pa gen anpil moun ki jwenn li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 2:10

Mwen pran nou sèvi m temwen ansanm ak Bondye: Nou menm ki gen konfyans nan Bondye, nou ka di mwen te aji byen ak nou, yon jan ki dakò ak volonte Bondye, yon jan ki dwat, ki san repwòch.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 1:15

Okontrè, nan tou sa n'ap fè, se pou nou bon nèt, tankou Bondye ki rele nou an bon nèt tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 10:9

Yon nonm serye pa janm bezwen pe anyen. Men, yo gen pou yo bare moun k'ap fè vis.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:9

Se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou. Rayi sa ki mal, men kenbe fèm nan fè sa ki byen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi

Lapriyè bay Bondye

Papa ki nan syèl la, tout nanm mwen ap chante louwanj pou non ou. Se ou ki kreye m, se gras ou ki fè m ye sa m ye jodi a. Lanmou ou tèlman gran, menm lè m fè sa ki mal, ou toujou montre m mizèrikòd ou. Ou tèlman renmen m, ou voye Jezi, pitit ou a, pou l lave m ak san presye li. Se poutèt sa, mwen vin jwenn Jezi kounye a. Mwen rekonèt peche m yo devan ou. Gen anpil bagay ki sal nanm mwen ak panse mwen. Tanpri, lave m ak san ou, pirifye m, paske mwen vle viv nan sentete. Mwen pa vle fè ou lapenn, Senyè. Sonde kè m, mete lòd nan sa k ap motive m. Fè ou menm sèlman bagay ki pi enpòtan nan lavi m. Pa kite m gen lòt bagay pou m vante tèt mwen, sèlman prezans ou nan vi m. Lavi m nan men ou. Modele m jan ou vle, fè m vin sen jan ou ye a, pou m ka viv dwat devan ou, ak yon kè ki pwòp. Nan non Jezi, Amèn.
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite