Nan Pawòl Bondye a, nou jwenn anpil leson sou endiferans ak enpak li genyen sou lavi nou. Mwen vle pataje kèk bagay avè w sou sa.
Premye bagay, Bondye mande nou pou nou renmen pwochen nou menm jan ak tèt nou, san gade sou figi moun. Pa gen plas pou de kalite moun nan kè nou.
Liv Jak la avèti nou sou patipri. Jan patipri ka fè nou trete lòt moun mal, fèmen je nou sou soufrans yo ak bezwen yo. Sa se yon gwo endiferans.
Bib la pale anpil tou sou jan li enpòtan pou nou gen sousi pou moun ki bò kote nou, pou nou gen kè sansib pou moun k ap soufri.
Jezi, nan parabòl bon Samariten an, montre nou klèman ke nou pa ka rete bra kwaze devan doulè ak mizè lòt moun. Fòk nou toujou pare pou lonje men bay moun ki nan bezwen, kèlkeswa moun nan ye, kote l soti.
Endiferans ka gate relasyon nou ak Bondye tou. Nan liv Apokalips la, Jezi voye yon lèt bay legliz Lawodise a, li repwoche yo pou tièdè yo, pou endiferans yo nan lafwa. Li ankouraje nou pou nou chofe nan sèvis li, nan lanmou nou pou li.
Bib la montre nou byen klè ke endiferans pa yon bagay ki fè Bondye plezi, ni li pa bon pou sosyete a. Antanke kwayan, nou dwe fè efò pou nou renmen pwochen nou, sèvi l, gen konpasyon pou moun k ap soufri, epi sansibilize ak bezwen lòt moun. Se konsa n ap montre n ap viv selon prensip Bondye yo ki nan Bib la, epi n ap ede bati yon sosyete ki pi jis e pi solidè.
Si yon moun gen dekwa viv, li wè yon frè nan nesesite epi li pa lonje men ba li, kouman yon moun konsa ka pretann li renmen Bondye.
Louvri zòrèy nou byen pou nou tande, bann egare san konprann! Nou gen je, men nou pa ka wè. Nou gen zòrèy, men nou pa ka tande.
Men, pa gen pyès moun nan pèp Izrayèl la k'ap vle koute ou, paske yo pa vle koute m. Tout moun pèp Izrayèl yo gen tèt di ak move santiman nan kè yo.
Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m yo, se pou mwen nou te fè li.
Pa fè tankou zansèt nou yo. Nan tan lontan pwofèt yo te ba yo mesay mwen. Yo te di yo: Men sa Senyè a di nou: Kite move chemen n'ap swiv la. Sispann fè sa ki mal. Men, yo pat koute m, yo fè tankou se pa avè yo m t'ap pale. Se vre wi sa m'ap di la a.
Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan.
Senyè, mwen konnen se moun ki p'ap twonpe ou w'ap chache! Ou frape yo, sa pa fè yo anyen. Ou kraze yo, yo derefize aprann. Tèt yo di kou wòch. Yo derefize tounen vin jwenn ou!
Pa fè anyen nan lide pou fè tèt nou pase pou pi bon, ni pou fè lwanj tèt nou. Men, soumèt nou devan Bondye. Mete nan tèt nou lòt yo pi bon pase nou.Piga pèsonn chache enterè pa l ase. Se pou l chache sa ki bon pou lòt yo tou.
Mwen te pini pitit nou yo, men sa pat sèvi anyen. Nou pat dakò pou m te korije nou! Tankou lyon ki fin wè mò, nou rale nepe nou yo, nou touye pwofèt nou yo.
Men zansèt nou yo pat koute m, yo pa okipe sa m te di yo a. Yo fè tèt di. Yo pa obeyi m. Yo derefize fè sa m te di yo fè.
Anvan tout bagay, se pou nou yonn renmen lòt anpil. Paske, lè nou renmen, sa fè Bondye padonnen anpil peche.
Yo vire do ban mwen. Malgre mwen pat janm sispann montre yo sa pou yo fè, yo pat vle koute m, yo pa vle aprann.
Pran defans pòv malere yo ak timoun ki san papa yo! Pran defans malere yo ak moun ki san sekou yo!Delivre pòv malere ak endijan yo! Delivre yo anba men mechan yo.
Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen ou pa ni cho ni frèt. Pito ou te cho osinon ou te frèt.Men, ou tyèd, ou pa cho, ou pa frèt. Mwen pral vonmi ou sòti nan bouch mwen.
Si ou fèmen zòrèy ou pou ou pa tande pòv k'ap mande ou lacharite, konsa tou pèsonn p'ap tande ou lè w'a mande sekou.
Mwen pa janm sispann voye sèvitè m yo, pwofèt yo, vin di nou: Manyè kite move pant n'ap swiv yo. Manyè fè sa ki dwat! Pa kouri dèyè lòt bondye pou nou sèvi yo. Konsa, n'a rete nan peyi mwen te bay pou zansèt nou yo ansanm ak nou an. Men, nou pa koute m.
Sipoze gen yon frè osinon yon sè ki touni, ki pa gen manje pou li manje,si yonn nan nou di yo: Ou mèt ale. Chofe kò ou, manje plen vant ou, san li pa ba yo sa yo bezwen, kisa sa ap fè pou yo?
Li reyini prèt yo ak moun Levi yo, li di yo: — Ale nan tout lavil peyi Jida yo. Ranmase lajan nan men tout pèp la pou repare Tanp lan chak lanne. Souke kò nou, pa mize. Men moun Levi yo pat prese.
— Tou sa nou vle lòt moun fè pou nou, nou menm tou, fè li pou yo tou. Se sa lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo mande nou fè.
Menm si m'ta pale tout lang, ata lang zanj yo, si m'pa gen lacharite, bè pawòl mwen yo se tankou van nan vaksin, tankou klòch k'ap fè bri.Menm si m'ta gen don pou bay mesaj Bondye a, menm si m'ta gen anpil anpil konesans, menm si m'ta konprann tout sekrè nan mistè Bondye, menm si m'ta gen anpil anpil lafwa jouk m'ta rive fè san sot nan wòch, si m'pa gen lacharite, sa p'ap sèvi mwen anyen.Menm si m'ta separe tou sa m'genyen fè kado, menm si m'ta livre kò mwen pou yo boule vif, si m'pa gen lamou nan kè mwen, sa p'ap sèvi anyen.
Paske tou sa lalwa mande nou, nou jwenn yo nan kòmandman sa a: Se pou ou renmen frè parèy ou, menm jan ou renmen tèt pa ou.
Si yon moun di: mwen renmen Bondye, pou anmenmtan pou l rayi frè l, moun sa a ap bay manti. Paske, si li pa renmen frè l, yon moun li ka wè, li pa ka renmen Bondye li pa ka wè a.Se sa k fè, men kòmandman Kris la ban nou: Moun ki renmen Bondye, yo fèt pou renmen frè yo tou.
Nou menm ki fò nan konfyans nou nan Bondye, se pou nou ede sa ki fèb yo pote feblès yo. Nou pa dwe ap chache sa ki fè nou plezi sèlman.Okontrè, se pou nou chak chache fè frè parèy nou plezi pou byen l, konsa n'a fè l grandi nan konfyans li nan Bondye.
Si yon moun pa pran swen fanmi l, sitou moun k'ap viv lakay li, li nye konfyans li nan Bondye, li pi mal pase yon moun ki pa janm kwè nan Bondye.
— Si frè ou fè ou yon bagay ki mal, ale jwenn li, rele l apa. Fè l wè sa li fè a mal. Si li koute ou, se mete w'a mete frè ou ankò sou bon chemen.Men, si li pa vle koute ou, pran yonn osinon de lòt moun avè ou. Konsa, tout bagay va regle sou depozisyon de osinon twa temwen.Si l refize koute yo tou, lè sa a w'a di legliz la sa. Si l refize koute legliz la, ou mèt gade l tankou yon etranje pou ou, tankou yon pèseptè kontribisyon.
Ou mèt kite yon moun ki mache dwat pini m. Ou mèt kite yon moun k'ap sèvi ou rale zòrèy mwen. Men, pa kite m patisipe nan okenn fèt mechan yo. Paske, lè m'ap lapriyè, m'ap toujou denonse sa y'ap fè ki mal.
si nou manje ak moun ki grangou, si nou plen vant moun ki nan nesesite, limyè va klere pou nou nan mitan fènwa. Lannwit va fè klè pou nou tankou gwo midi.
Moun ki gen renmen nan kè yo pa fè moun mal: se sa k fè lè nou renmen, nou fè tou sa lalwa a mande nou fè.
Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè yo, pou yonn ka ankouraje lòt nan sa ki byen.Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, kounyeya pi plis pase anvan, paske nou wè jou Senyè a ap pwoche.
— Se limyè nou ye pou moun sou latè. Moun pa kapab kache yon lavil ki bati sou yon mòn.Ni yo pa limen lanp pou mete li anba tab. Men yo mete li sou etajè pou li klere tout moun nan kay la.Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.
Nou tout nou fè pati pèp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n ka viv pou li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n aji byen yonn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans.
Si yon manm nan kò a ap soufri, tout lòt yo ap soufri avè l tou. Si yon manm resevwa lwanj, tout lòt yo kontan avèk li.
Men jan pou nou sèvi Bondye Papa a si nou vle sèvi li yon jan ki dakò ak volonte Bondye, yon jan ki bon tout bon devan li: Pote sekou bay òfelen san papa yo. Bay vèv yo lasistans lè yo nan lafliksyon. Pa mele nan move bagay k'ap fèt sou latè pou nou pa pèdi kondisyon nou.
Men ou menm, poukisa pou w'ap jije frè ou konsa? Ou menm, poukisa pou w'ap meprize frè ou konsa? Nou tout gen pou konparèt devan tribinal Bondye a.Paske men sa ki ekri nan Liv la: Mèt la di: Jan nou konnen mwen vivan an vre, konsa tou, tout moun gen pou mete ajenou devan mwen. Nan tout lang moun va pale byen fò pou rekonèt pouvwa Bondye.Se konsa, chak moun gen pou rann Bondye kont pou tèt pa yo.
Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nenpòt moun ki va bay yonn nan ti piti sa yo menm yon gode dlo frèt paske se disip mwen li ye, moun sa a p'ap pèdi rekonpans li.
Koulyeya, lè n'ap obeyi verite a, nou nan kondisyon pou nou fè sèvis Bondye, pou nou yon lamou sensè pou frè yo. Se sa ki fè, se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou, ak tout fòs nou.
Ala bon sa bon pou moun ki gen bon kè, pou moun ki konn prete moun, pou moun ki mennen trafik li san fè vis!
Senyè a pwoteje etranje k'ap viv nan peyi a. L'ap pran swen vèv yo ak òfelen san papa yo. Men li detounen plan mechan yo gen nan tèt yo.
Delivre moun y'ap trennen pou y'al touye. Sove moun y'ap bourade pou y'al egzekite.Si ou pran pòz ou pat konn sa, chonje Bondye. Li menm k'ap jije sa ki nan kè moun, l'ap wè sa. Li menm k'ap veye tou sa w'ap fè, l'ap konn sa. L'ap fè tout moun peye pou sa yo fè.
(1b) Senyè, ki moun ki ka rete lakay ou a? Ki moun ki ka viv sou mòn ki apa pou ou a?Se moun ki fè volonte Bondye nan tout bagay, ki toujou fè sa ki byen. Se moun ki pale verite a jan l ye nan kè li,
Okontrè, se pou nou aji byen yonn ak lòt, se pou nou gen bon kè yonn pou lòt, pou nou yonn padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la.
Se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou. Rayi sa ki mal, men kenbe fèm nan fè sa ki byen.
Pa bliye, se pou nou fè sa ki byen, se pou nou yonn ede lòt. Se ofrann konsa ki fè Bondye plezi.
— Si nou padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou ki nan syèl la va padonnen nou tou.Men, si nou pa padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou p'ap padonnen peche nou yo nonplis.
Manyè aprann fè sa ki byen! Chache fè sa ki dwat devan mwen! Pran defans moun y'ap kraze yo! Defann kòz ti òfelen san papa yo ak fanm ki pèdi mari yo.
Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè.Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.
(11) Kè m ap bat anpil, mwen pa kapab sipòte ankò! Ata je m, mwen pa ka louvri yo!(12) Tout zanmi m, tout vwazinay kanpe lwen mwen, tout fanmi m rete lwen mwen poutèt maleng mwen an.
Jezi reponn li konsa: — Vwala, yon nonm t'ap desann sòti Jerizalèm, li ta pral Jeriko. Kèk ansasen atake l, yo vòlò ata rad ki te sou li, yo bat li byen bat, yo kite li twaka (¾) mò.Lè sa a, yon prèt vin ap desann sou menm wout la, li wè nonm lan, men li janbe lòt bò wout la, l'al fè wout li.Konsa tou, yon moun Levi vin ap pase menm kote a, li rive toupre, li wè nonm lan, men li janbe lòt bò wout la, l'al fè wout li.Men, yon moun peyi Samari ki t'ap vwayaje sou menm wout la rive bò kote nonm lan. Kè l fè l mal lè li wè nonm lan.Li pwoche kote l, li vide lwil ak diven sou blese l yo, li panse yo. Apre sa, li mete nonm lan sou bèt li te moute a. Li mennen l nan yon lotèl kote li pran swen li.Nan denmen, li rale kòb nan pòch li, li bay mèt lotèl la, epi li di li: Okipe nonm sa a pou mwen. Lè m tounen isit la ankò m'a renmèt ou tout depans ou va fè anplis pou li.Apre sa, Jezi di nonm lan: — Dapre ou, nan twa mesye sa yo, kilès ki moutre li se pwochen nonm ki te tonbe anba men ansasen yo?Dirèktè lalwa a reponn: — Nonm ki te gen pitye pou li a. Jezi di li: — Ale, fè menm bagay la tou.
Lè ou bay ak kè kontan, ou p'ap janm manke anyen. Lè ou manje ak moun, ou pa janm rete grangou.
Mwen di Bondye mwen an mèsi pou nou chak fwa lide m frape sou nou.Chak fwa m'ap lapriyè tou pou nou, mwen fè l ak kè kontan,poutèt jan nou te ede m gaye bòn nouvèl la, depi premye jou a jouk kounyeya.
Pitit mwen yo, piga nou renmen sèlman nan bouch, nan bèl diskou ak bèl pawòl. Se pou nou renmen tout bon vre. Se pou tout moun wè jan nou renmen lè yo wè sa n'ap fè.
— Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou bay Bondye ladim nan rekòt pye mant, pye ani etwale ak pye pèsi, men, nou neglije bagay ki pi konsekan nan lalwa a: n'ap fè lenjistis, nou pa gen kè sansib, nou pa kenbe pawòl nou. Men sa pou n te fè san nou pa neglije lòt bagay yo.
Separe sa nou genyen ak moun ki grangou. Louvri pòt resevwa malere ki pa gen kote pou yo dòmi. Si nou wè pwochen nou touni, ba li rad pou li mete. Pa refize lonje men sekouri pwochen ou.
(6) Bondye rete nan kay ki apa pou li a, li sèvi papa pou timoun ki san papa yo, li pwoteje vèv yo.
Lè ou gen yon lòt moun avèk ou, li pi bon pase lè ou pou kont ou, paske ansanm nou bay pi bon rannman nan travay nou.Si yonn tonbe, lòt la va ba l men pou l leve. Men, malè pou moun k'ap viv pou kont li! Si l tonbe, p'ap gen moun pou ba l men.
(21) Ou kenbe yo la devan je ou, pou ou ka pwoteje yo anba moun k'ap pèsekite yo. Ou kache yo lakay ou pou yo pa fini ak yo anba kout lang.
Moun ki gen lamou, li gen pasyans, li gen bon kè. Li pa anvye sò moun. Li pa nan fè grandizè. Li pa nan moute kòlèt sou moun.Lamou pa fè anyen pou fè moun wont. Lamou pa chache avantaj pa li. Li pa fè kòlè, li pa kenbe moun nan kè.Lamou tout bon pa pran plezi nan fè sa ki mal. Tout plezi li, se nan sa ki vre.Lacharite pèmèt sipòte tout bagay. Anyen pa brannen konfyans li. Lacharite pa pèdi espwa, l'ap toujou moutre pasyans li.
Senyè a gen kè sansib, li pa gen patipri. Bondye nou an gen bon kè.Senyè a pwoteje moun ki san sekou. Lè mwen te nan malè, se li ki te sove mwen.
Frè m yo, nou menm ki gen konfyans nan Jezikri, Senyè nou an ki gen tout pouvwa pou li, nou pa dwe gade sou figi moun.Sipoze de moun vin antre kote nou rasanble a. Yonn byen abiye ak bèl bag lò li nan dwèt li. Lòt la se yon pòv ak rad li tou chire.Si nou leve pou n salwe nonm ki gen bèl rechanj lan, epi nou di li: Mesye, chita la nan bon plas sa a, epi si nou di pòv la: Ou menm, kanpe bò la a, osinon, chita atè bò pye m lan,eske nou pa mete yon diferans nan mitan nou? Eske sa pa moutre nou gen move lide nan tèt nou lè n'ap jije moun?
Se sa ki fè, frè mwen yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri nou tankou yon sakrifis apa bay Bondye, yon sakrifis vivan k'ap fè li plezi. Se sèl jan pou nou sèvi Bondye tout bon vre.
Frè m' yo, si nou bare yon moun ap fè sa ki pa sa, nou menm ki nan limyè Bondye, se pou nou mete li nan bon chemen. Men, fè sa ak dousè. Epi veye kò nou pou nou pa tonbe nan tantsyon tou.
(11) Moun rich konn manke manje, yo konn rete grangou. Men, moun k'ap chache fè volonte Senyè a p'ap manke anyen.
Konsa, si se nan Kris la nou jwenn fòs kouray nou tout bon vre, si se renmen li renmen nou an ki ban nou ankourajman tout bon vre, si Sentespri l rete nan kè nou tout bon vre, si tout bon vre nou yonn renmen lòt, si nou sansib yonn pou lòt,enben, men sa m'ap mande nou: Fè kè m kontan nèt. Se pou nou viv byen yonn ak lòt, se pou nou yonn renmen lòt menm jan an, pou nou tout gen yon sèl lide nan tèt nou ak yon sèl santiman nan kè nou.
— Pa jije moun pou Bondye pa jije nou,paske Bondye va jije nou menm jan nou jije lòt yo. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm menm Bondye va sèvi pou mezire nou tou.
Lè sa a, si nou lapriyè nan pye m, m'a reponn nou. Si nou rele m, m'a di men mwen! Si nou rache tout mechanste nan kè nou voye jete, si nou sispann kraponnen moun, si nou sispann pale moun mal,
Se pa ti anvi mwen pa anvi wè nou pou m separe ak nou kèk benediksyon Bondye ban mwen, pou n kapab vin pi fèm.Mwen vle di pito, pou m ta la nan mitan nou, pou yonn kapab ankouraje lòt ak konfyans nou gen ansanm nan menm Bondye a.
Se pou nou yonn sipòte lòt, pou nou yonn padonnen lòt si nou gen kont yonn ak lòt. Wi, se pou yonn padonnen lòt, menm jan Kris la te padonnen nou.Men, anvan tout bagay, se pou nou gen renmen ki tankou yon kòd k'ap mare nou ansanm yonn ak lòt.
Chak moun dwe pran kado Bondye ba yo a pou yo rann lòt yo sèvis. Konsa, tankou bon jeran, n'a pran kado Bondye yo, ki divès kalite, n'a fè yo travay.
Poukisa pou w'ap gade ti pay ki nan je frè ou, epi ou pa wè gwo bout bwa ki nan je pa ou la?Ou menm ki gen yon gwo bout bwa nan je ou la, kouman ou ka di frè ou: Kite m wete ti pay ki nan je ou la?Ipokrit! Wete gwo bout bwa ki nan je pa ou la anvan. Apre sa, w'a wè klè pou ou ka wete ti pay ki nan je frè ou la.
Okontrè, dapre sa ki ekri ankò: Si lènmi ou grangou, ba l manje. Si li swaf dlo, ba l bwè. Lè ou fè sa, se yon chalè dife ou mete nan kò l pou fè l chanje.Pa kite sa ki mal gen pye sou ou. Okontrè, fè sa ki byen pou n kraze sa ki mal.
ki pa nan bay moun kout lang. Se moun ki p'ap fè zanmi l yo anyen ki mal, ki p'ap mache fè tripotay sou vwazinay.
Lè yon moun pa fè lenjistis, lè li gen bon kè, l'ap viv lontan. Tout zafè l ap mache byen, y'ap respekte l.
Mezanmi, se pou nou yonn renmen lòt paske renmen sòti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kè yo, se pitit Bondye yo ye. Yo konnen ki moun Bondye ye.Moun ki pa gen renmen nan kè yo, yo pa konn Bondye, paske Bondye se renmen menm.
Ann sispann yonn ap jije lòt. Pito nou pran desizyon pou n pa fè anyen ki kapab fè frè nou bite osinon tonbe nan peche.
Se sa ki fè, mwen menm ki nan prizon poutèt Senyè a, m'ap mande nou pou nou viv yon jan ki konfòm ak jan Bondye te rele nou pou n viv la.Pa janm vante tèt nou. Aji avèk dousè ak pasyans ak tout moun. Se pou nou yonn sipòte lòt avèk renmen nan kè nou.Sentespri a mete nou ansanm. Se pou nou fè tou sa nou kapab pou nou ka toujou fè yon sèl kò, pou nou viv ak kè poze ansanm yonn ak lòt.
Konsa, si lè w'ap mete ofrann ou sou lotèl la bay Bondye, epi antan ou la devan lotèl la, ou chonje frè ou gen kichòy kont ou, men sa pou ou fè:Kite ofrann lan la devan lotèl la, ale byen ak frè ou la anvan. Apre sa, w'a tounen vin bay Bondye ofrann ou an.
Pa janm bouke fè byen. Paske, si nou pa dekouraje, n'a rekòlte lè lè a va rive.Se sa k fè, toutotan nou jwenn okazyon, ann fè byen pou tout moun, sitou pou frè ak sè nou yo ki gen menm konfyans ak nou nan Bondye.
Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè yo, pou yonn ka ankouraje lòt nan sa ki byen.
Bondye beni moun ki gen bon kè, paske lè moun ki gen bon kè wè yon pòv, yo separe sa yo genyen an avè l.
Se pou n resevwa byen moun ki fèb nan konfyans yo san nou pa bezwen diskite opinyon yo genyen.
Konsa, pa gen divizyon nan kò a. Men tout manm yo, yonn pran swen lòt menm jan an.Si yon manm nan kò a ap soufri, tout lòt yo ap soufri avè l tou. Si yon manm resevwa lwanj, tout lòt yo kontan avèk li.
Pa fè okenn dèt. Sèl dèt nou dwe genyen, se pou nou yonn renmen yonn. Moun ki renmen moun parèy li, li fè tou sa lalwa mande.
Frè m' yo, si nou bare yon moun ap fè sa ki pa sa, nou menm ki nan limyè Bondye, se pou nou mete li nan bon chemen. Men, fè sa ak dousè. Epi veye kò nou pou nou pa tonbe nan tantsyon tou.Se pou nou yonn ede lòt pote chay yo. Se konsa n'a obeyi lalwa Kris la.
Pa kite okenn move pawòl sòti nan bouch nou. Pale bon koze ki ka ede lòt yo grandi nan konfyans Bondye, koze ki ka ede yo lè yo nan move pa. Konsa, se yon byen n'a fè pou moun k'ap tande nou yo.
Lè sa a, Pyè pwoche bò kote Jezi, li di l konsa: — Mèt, konbe fwa pou m padonnen frè m lè li fè m yon bagay mal? Sèt fwa konsa?Jezi reponn li: — Non, Pyè. Mwen pa di ou padonnen l sèt fwa, men padonnen l swasanndis fwa sèt fwa.
Se sa k fè, ann toujou chache bagay ki kapab ede nou viv ak kè poze, bagay ki pou penmèt nou yonn soutni lòt nan konfyans nou nan Bondye.
M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.
Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou pat fè sa pou yonn nan pi piti sa yo, se pou mwen nou pat fè li.
Esplikasyon nou jwenn nan pawòl ou klere lespri nou. Yo louvri lespri moun ki san konprann yo pou yo konprann.
Si yon moun di: mwen renmen Bondye, pou anmenmtan pou l rayi frè l, moun sa a ap bay manti. Paske, si li pa renmen frè l, yon moun li ka wè, li pa ka renmen Bondye li pa ka wè a.
Se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou. Rayi sa ki mal, men kenbe fèm nan fè sa ki byen.Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan.
Pa prese fè kè ou kontan lè malè rive lènmi ou. Pa kouri fè fèt lè li bite.Senyè a ap wè sa. Sa p'ap fè l plezi. Li ka rive pa pini l poutèt sa.
Li bay moun ki te swaf dlo kont dlo pou yo bwè. Li bay moun ki t'ap mouri grangou anpil bon bagay pou yo manje.
Menm si m'ta pale tout lang, ata lang zanj yo, si m'pa gen lacharite, bè pawòl mwen yo se tankou van nan vaksin, tankou klòch k'ap fè bri.
Se pou yonn asepte lòt jan l ye a, menm jan Kris la te asepte nou an pou sa te tounen yon lwanj pou Bondye.
Lespri Bondye, Senyè a, desann sou mwen. Paske Senyè a chwazi m, li voye m pou m anonse bòn nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m geri tout moun k'ap soufri yo, pou m fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.
Moun ki mache dwat konnen pou li respekte dwa pòv malere. Men mechan pa konn bagay konsa.
Kounyeya pa gen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif, pa gen diferans ant moun ki esklav ak moun ki pa esklav, ant fanm ak gason. Nou tout nou fè yonn nan Jezikri.
Se pou nou bay chak moun respè li merite. Renmen tout frè nou yo, gen krentif pou Bondye, respekte wa a.
Se pou Bondye ki bay pasyans ak ankourajman an fè nou viv byen yonn ak lòt, pou nou ka swiv egzanp nou jwenn nan Jezikri.
Pa fè anyen nan lide pou fè tèt nou pase pou pi bon, ni pou fè lwanj tèt nou. Men, soumèt nou devan Bondye. Mete nan tèt nou lòt yo pi bon pase nou.
Se poutèt sa, pa prese jije pèsonn anvan lè a rive. Se pou nou tann Senyè a vini. Se li menm k'ap mete deyò tou sa ki te kache, tou sa ki t'ap fèt nan fènwa. L'ap devwale tout kalkil lèzòm t'ap fè nan kè yo. Lè sa a, chak moun va resevwa lwanj yo merite nan men Bondye.
Apre sa, wa a va pale ak sa ki sou bò dwat li yo, l'a di: Vini non, nou menm ki resevwa benediksyon Papa m, vin pran posesyon peyi ki te pare pou nou depi lè Bondye t'ap kreye lemonn lan.
Se pou nou toujou yonn renmen lòt tankou frè k'ap viv ansanm nan Kris la.Chonje se devwa nou pou nou byen resevwa moun ki vin lakay nou. Se konsa, gen moun ki resevwa zanj Bondye lakay yo san yo pa konn sa.
Lè w'ap peze pòv malere, se Bondye ki fè l la w'ap derespekte. Men, lè ou aji byen ak pòv, se pi bèl sèvis ou ka rann Bondye.
Se pou nou viv ak renmen nan kè nou, menm jan Kris la te fè l la, li menm ki te renmen nou, ki te bay lavi l pou nou tankou yon ti mouton yo ofri pou touye pou Bondye, ofrann k'ap fè Bondye plezi ak bon sant li.
(2) Ala bon sa bon pou moun ki pran ka pòv yo! Senyè a va delivre l lè l'a nan tray. (3) Senyè a va pwoteje l, li p'ap kite l mouri. L'ap fè l viv ak kè kontan sou latè, li p'ap lage l nan men lènmi l yo pou yo fè sa yo vle avè l.(4) Senyè a va ba l fòs lè maladi fè l pran kabann. Senyè a va ba l gerizon lè li malad kouche.
Jan sa ekri nan Liv la, lalwa gran Wa a di: Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Si nou fè sa, nou fè byen.
Pawòl ou se yon chandèl ki fè m wè kote m'ap mete pye m, se yon limyè k'ap klere chemen mwen.
(1b) Ala bon sa bon pou ou, ou menm ki gen krentif pou Senyè a, ou menm k'ap mache nan chemen li mete devan ou lan!Avèk travay ou fè ak men ou, w'ap jwenn manje pou ou manje, w'ap kontan, zafè ou ap mache byen.
— Si frè ou fè ou yon bagay ki mal, ale jwenn li, rele l apa. Fè l wè sa li fè a mal. Si li koute ou, se mete w'a mete frè ou ankò sou bon chemen.
Men, anvan tout bagay, se pou nou gen renmen ki tankou yon kòd k'ap mare nou ansanm yonn ak lòt.
Se sa k fè, toutotan nou jwenn okazyon, ann fè byen pou tout moun, sitou pou frè ak sè nou yo ki gen menm konfyans ak nou nan Bondye.
Poutèt favè Bondye fè m lan, men sa m'ap mande nou tout: Piga nou mete nan tèt nou nou plis pase sa nou ye. Okontrè, pa mete gwo lide nan tèt nou. Se pou chak moun konsidere tèt li dapre sa Bondye ba li ki pa l nan lafwa.
(19) Se pa tout tan yo ka bliye moun ki nan mizè. Se pa tout tan yo ka wete espwa moun ki nan lafliksyon.
Lè m'ap lapriyè Bondye, mwen mande l pou nou gen plis renmen toujou, ak bonkou konesans pou nou ka rive konprann tout bagay,
Benediksyon pou moun k'ap travay pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, paske Bondye va rele yo pitit li.
Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè.
Se sa ki fè, frè mwen yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri nou tankou yon sakrifis apa bay Bondye, yon sakrifis vivan k'ap fè li plezi. Se sèl jan pou nou sèvi Bondye tout bon vre.Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.
(2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.