Vèsè Biblik

- Piblisite -


115 Vèsè Biblik sou lemonn ak lanvi

115 Vèsè Biblik sou lemonn ak lanvi

Monchè, lavi a pa fasil. Mond lan plen kontradiksyon, li chaje defi. Gen moman li bèl, li atiran, men gen lòt moman li konplike, li mechan vre. Men, nou pa dwe viv pou renmen mond lan. Nou dwe viv pou fè volonte Bondye.

Jan 1:17 di nou: “Mond lan ap pase ansanm ak tout move lanvi li yo. Men, moun ki fè sa Bondye vle a ap viv pou tout tan.” Pawòl sa yo banm fòs. Yo fè m sonje kisa ki vrèman enpòtan.

Bib la montre nou tou pou nou pa swiv modèl mond lan. Okontrè, se pou nou viv dapre prensip Bondye yo. Pa viv pou satisfè pwòp bezwen w sèlman. Kite Bondye dirije w, pou w ka konnen sa li vle w fè, epi pou w ka viv jan li vle a.

Tout sa w wè nan mond lan, yon jou l ap disparèt. P ap gen anyen ki rete. Alò, fikse je w sou Jezi, sila a ki kòmanse lafwa nan nou epi ki rann li pafè. Kòm Kolosyen 3:2 di a: “Panse ak bagay ki anwo yo, pa panse ak bagay ki sou latè.”

Sa pa vle di pou nou izole nou nan sosyete a non. Men, se pou nou viv ladan l san nou pa kite l moule nou dapre prensip li yo. Se pou nou sèl latè, limyè mond lan. Se pou nou enfliyanse mond lan avèk lanmou, jistis, ak mizèrikòd Bondye.




1 Jan 2:15

Pa renmen lemonn, ni anyen ki soti nan lemonn. Si yon moun renmen vye prensip k'ap mennen lemonn yo, li pa ka renmen prensip Papa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 4:4

Ala bann moun pa fidèl! Se konnen nou pa konnen lamitye pou lemonn se rayisans pou Bondye! Moun ki vle vin zanmi lemonn, li tou chwazi pou li lènmi Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:2

Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 2:15-17

Pa renmen lemonn, ni anyen ki soti nan lemonn. Si yon moun renmen vye prensip k'ap mennen lemonn yo, li pa ka renmen prensip Papa a.Bagay ki sòti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tantasyon, se lògèy k'ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa sòti nan Papa a. Se nan lemonn sa sòti.Se pase lemonn ap pase, ansanm ak tou sa moun jwenn ladan l yo ta vle genyen. Men, moun ki fè sa Bondye vle, y'ap viv pou tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 8:36

Yon nonm ki gen lemonn antye pou li, kisa sa ap sèvi li si li vin rive pèdi lavi li?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 10:3

M'ap viv kounyeya nan yon kò tankou tout moun, se vre. Men, mwen p'ap goumen menm jan ak tout moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:16-17

Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: Kite Lespri Bondye dirije lavi nou. Pa obeyi egzijans kò a.Kò a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans Lespri Bondye a. Konsa tou, Lespri Bondye a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans kò a. Se de bagay ki pa mache ansanm menm. Se sa k fè nou pa kapab fè sa nou vle.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 16:33

Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n soufri anpil sou latè. Men, pran kouray, lemonn deja pèdi devan mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Tit 2:11-12

Bondye fè konnen favè l pou tout moun ka delivre.Favè Bondye a mande nou pou nou kite move lavi nou t'ap mennen an ansanm ak tout move lanvi ki nan lemonn, pou nou ka mennen yon lòt lavi ki kontwole, ki dwat, ki devwe pou Bondye pandan nou sou latè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 6:10

Paske, renmen lajan fè moun fè tout kalite bagay ki mal. Gen moun ki sitèlman anvi gen lajan, yo pèdi chemen lafwa a nèt: se pa de ti soufrans ki tonbe sou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 2:17

Se pase lemonn ap pase, ansanm ak tou sa moun jwenn ladan l yo ta vle genyen. Men, moun ki fè sa Bondye vle, y'ap viv pou tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:24

— Pèsonn pa ka sèvi byen ak de mèt anmenmtan. Li gen pou l rayi yonn si l renmen lòt la. L'ap sèvi byen ak yonn, men l'ap meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak lajan anmenmtan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 2:11

Zanmi mwen yo, men sa m'ap mande nou. M'ap pale ak nou koulyeya paske nou se etranje, nou depasaj sou latè: Se pou nou kenbe tèt ak egzijans lachè a k'ap goumen kont nanm nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 2:16

Bagay ki sòti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tantasyon, se lògèy k'ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa sòti nan Papa a. Se nan lemonn sa sòti.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 5:4

Paske, depi se pitit Bondye ou ye, ou kapab genyen batay la sou lemonn. Men ki jan nou fè genyen batay la sou lemonn, se paske nou gen konfyans nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 10:13

Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p'ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, l'a ban nou fòs pou nou ka sipòte l, pou nou ka sòti anba li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 14:27

— M'ap ban nou kè poze. M'ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p'ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 6:9

Men, moun ki vle vin rich, yo tonbe nan tantasyon. Yo kite yon bann move lanvi san sans pran yo nan pèlen. Se lanvi sa yo k'ap fè moun pèdi tou sa yo genyen, k'ap fini nèt ak yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 8:12

Jezi pale ankò ak foul moun yo, li di: — Se mwen menm ki limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p'ap janm mache nan fènwa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 13:14

Se pou nou pran Jezikri pou zam nou. Pa kite egzijans lachè pran pye sou nou pou fè nou fè tou sa li anvi fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 16:26

Kisa sa ta sèvi yon moun pou l ta genyen lemonn antye si l pèdi lavi li? Kisa yon moun kapab bay pou l gen lavi?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 5:5

Paske, konnen sa byen: okenn moun ki nan dezòd lachè, osinon ki nan lenkondit, osinon ki renmen lajan (moun konsa se tankou moun k'ap sèvi zidòl), okenn nan moun sa yo p'ap gen pòsyon eritaj nan peyi kote Bondye ak Kris la wa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 3:1

Gade kijan Papa a renmen nou non! Li sitèlman renmen nou, li rele nou pitit li. Epi se sa nou ye vre. Se poutèt sa, lemonn pa rekonèt nou, paske li pa rekonèt Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:19-21

Se fasil pou nou wè sa egzijans kò a fè moun fè: se imoralite, malpwòpte ak vis.Se sèvi zidòl, se fè maji, se yonn fè lòt lènmi, se fè kont, fè jalouzi, fè kòlè, se yonn pa vle wè lòt, se fè ti pil gwo pil.Yonn anvye sò lòt, yo tafyatè, yo saf konsa, ak yon bann lòt bagay ankò y'ap fè. Mwen deja di nou sa, epi m'ap repete l ankò pou nou: moun ki fè tout bagay sa yo p'ap antre menm nan peyi kote Bondye wa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 5:5

Ki moun ki ka genyen batay la sou lemonn? Se sèlman moun ki kwè Jezi se pitit Bondye a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 6:9-10

Nou konnen byen pwòp moun ki mechan p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Pa twonpe tèt nou: moun k'ap viv nan dezòd, moun k'ap sèvi zidòl, moun k'ap viv nan adiltè, moun pèvèti k'ap sèvi fanm ak fanm, gason ak gason,moun k'ap vòlò, moun ki gen lanvi plen kè yo, tafyatè, moun k'ap pale moun mal, piyajè, yo yonn p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 1:27

Men jan pou nou sèvi Bondye Papa a si nou vle sèvi li yon jan ki dakò ak volonte Bondye, yon jan ki bon tout bon devan li: Pote sekou bay òfelen san papa yo. Bay vèv yo lasistans lè yo nan lafliksyon. Pa mele nan move bagay k'ap fèt sou latè pou nou pa pèdi kondisyon nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:2

Pa kite bagay ki sou latè pran tèt nou, mete lide nou sou bagay ki anwo nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 5:8

Kenbe tèt nou anplas, rete sou prigad nou. Paske dyab la, lènmi nou an, ap veye nou tankou yon lyon ki move, k'ap chache moun pou l devore.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Pyè 1:4

Se konsa, Bondye ban nou pwomès li yo ki gwo anpil, ki gen anpil valè, pou nou kapab patisipe nan sa Bondye ye a, pou nou kapab chape anba koripsyon ki nan lemonn, akòz move lanvi ki nan kè moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:5-6

Moun k'ap viv dapre sa lachè egzije, se yon sèl bagay ki nan lide yo: Se fè lachè plezi. Men moun k'ap viv dapre Lespri Bondye, sèl okipasyon yo: Se fè Lespri Bondye plezi.Lè ou kite egzijans kò a pran tèt ou, se mouri w'ap mouri. Men, lè ou kite egzijans Lespri a pran tèt ou, se viv w'ap viv ak kè poze.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 3:16

Bondye sitèlman renmen lèzòm, li bay sèl pitit li a pou yo. Konsa, moun ki mete konfyans yo nan li, yo p'ap peri. Okontrè, y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 15:18

— Si moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo rayi nou, pa bliye yo te rayi m anvan yo te rayi nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 4:4

Men, nou menm, pitit mwen yo, nou se moun Bondye, nou kraze fo pwofèt yo, paske lespri ki nan nou an gen plis pouvwa pase lespri ki nan moun ki pou lemonn yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 15:19

Si nou te moun lemonn, lemonn ta renmen nou, paske nou ta pou li. Men, mwen chwazi nou, mwen wete nou anba pouvwa lemonn. Se poutèt sa lemonn rayi nou: nou pa moun lemonn ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 5:19

Paske nan Kris la, Bondye t'ap fè tou sa li te kapab pou fè moun vin byen avè l ankò. Li pat gade sou peche lèzòm te fè. Se li menm ki mete mwen la pou fè lèzòm konnen ki jan l'ap fè yo byen avè l ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 2:2-3

Se nan bagay sa yo nou t'ap viv nan tan lontan. Nou t'ap swiv move kouran ki nan lemonn, nou t'ap fè volonte chèf otorite yo ki nan lè a, move lespri k'ap travay kounyeya nan moun k'ap dezobeyi Bondye yo.Lè sa a, nou menm jwif yo, nou te menm jan ak yo. Nou t'ap mennen lavi nou dapre egzijans lachè, nou t'ap fè kapris kò nou ak tout vye lide ki te vin nan tèt nou. Konsa, nou menm jwif, jan nou te ye a, nou te kondannen pou n te tonbe anba kòlè Bondye tankou lòt yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 3:17

Bondye pa voye Pitit li a sou latè pou kondannen lèzòm, men pito pou l te kapab delivre yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 4:9

Men ki jan Bondye fè nou wè jan li renmen nou. Li te voye sèl pitit li a sou latè pou l te ka ban nou lavi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:5-6

Se poutèt sa, se pou nou disparèt nan nou tou sa ki pa bon nan lemonn: imoralite, malpwòpte, vye pasyon, move lanvi, aloufa nan tout bagay (ki se menm ak sèvi zidòl).Se tout bagay sa yo ki fè kòlè Bondye tonbe sou moun ki derefize obeyi li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 6:17

Se poutèt sa, Bondye te di nou: Sòti nan mitan moun sa yo. Pa mele ak yo. Pa manyen anyen nou pa dwe manyen. Lè sa a, mwen menm, m'a resevwa nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 6:12-13

Pa kite peche donminen sou kò nou ki gen pou mouri a, pou l fè nou fè tou sa kò a anvi fè.Pa lage okenn pati nan kò nou nan peche, pou peche a pa sèvi avè l pou fè sa ki mal. Okontrè, tankou moun ki delivre anba lanmò epi k'ap viv, ann lage kò nou nan men Bondye. Wi, mete tout pati nan kò nou nan men Bondye pou l ka sèvi ak yo pou fè sa ki byen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 6:8

Moun ki simen sa ki fè kò l plezi, li gen pou l rekòlte lanmò. Men, moun ki simen sa ki fè Lespri Bondye a plezi, Lespri a va fè l rekòlte lavi ki p'ap janm fini an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 7:31

Moun ki rich sou latè, se pou yo viv tankou moun ki pa gen anyen. Paske, jan sa ye kounyeya nan lemonn, sa pa la pou lontan ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 4:3-5

Men sa Bondye vle pou nou: Se pou nou viv apa pou Bondye, pou nou pa lage kò nou nan imoralite.Se pou chak gason chwazi madanm li epi viv avèk li san vye pasyon, yon jan ki dakò ak volonte Bondye.Pa kite move lanvi pouse nou tankou moun lòt nasyon yo ki pa konnen Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 2:22

Pa kite lanvi ki nan jenn moun yo pran pye sou ou. Rete lwen yo. Men mete ou ansanm ak moun ki nan kondisyon pou sèvi Bondye, moun k'ap rele Bondye, k'ap chache fè sa ki dwat devan li epi k'ap chache gen konfyans, renmen ak kè poze.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 4:2-4

Se pou li viv ti rès tan li gen pou l viv sou tè a dapre egzijans volonte Bondye, pa dapre egzijans lachè.Paske, nan tan lontan, nou te gen kont tan nou pou n te fè tou sa moun ki pa konnen Bondye yo ap fè. Lè sa a, nou t'ap viv nan libètinay, nan lanvi, nan bwè tafya, nan debòch, nan banbòch, nan sèvi zidòl, bagay lalwa defann nou fè.Kounyeya, moun sa yo twouve sa dwòl dèske nou pa fè bann ak yo ankò nan tout eksè sa yo. Se poutèt sa, y'ap pale nou mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 1:14-15

Men, lè yon moun anba tantasyon, se pwòp move dezi moun lan k'ap rale l, k'ap pouse li.Konsa, move dezi a travay nan kè li, li fè l fè peche. Lè peche a fin fèt, li bay lanmò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 5:17

Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo kounyeya.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 4:22-24

Se sa ki fè, se pou nou chanje vye karaktè sa a ki t'ap fè nou viv jan nou t'ap viv nan tan lontan an, vye moun sa a ki te fin pèvèti nèt ak vye dezi l yo ki t'ap twonpe nou.Se pou nou chanje nèt ni nan kè nou ni nan lespri nou.Se pou nou vin yon lòt kalite moun jan Bondye vle l la, pou nou sanble ak li pou nou ka mennen yon lavi ki dwat, yon lavi ki apa pou Bondye, jan verite a mande l la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 3:15

Tout moun ki rayi frè yo, se ansasen yo ye. Nou konnen yon ansasen pa gen lavi ki p'ap janm fini an nan li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:28

Mwen menm, men sa m'ap di nou: Si yon nonm gade yon fi avèk lanvi, li deja fè adiltè avè l nan kè l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 4:23

Pase tout lòt bagay, veye byen lide k'ap travay nan tèt ou, paske se yo k'ap di ou ki jan pou ou viv.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 5:22

Egzante tou sa ki mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:13

Men si, okontrè, ak pouvwa Lespri Bondye a, nou touye egzijans lachè, n'ap gen lavi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 13:5

Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p'ap janm vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 7:18

Sa se bagay mwen konnen: Nanpwen anyen ki bon nan mwen, nan tout kò mwen. Mwen di sa, paske menm lè mwen vle fè sa ki byen, mwen pa santi m kapab fè li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 5:3

Paske nou se pèp Bondye a, sa pa bon pou nou menm louvri bouch nou pale sou dezòd lachè, sou bagay ki sal ak vye dezi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 4:7

Se poutèt sa, desann nou devan Bondye. Men, pran pozisyon kont Satan, la kouri kite nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 1:24-25

Lèzòm vin sitèlman fou, Bondye kite yo tonbe nan fè tout kalite bagay ki pa dakò ak volonte li dapre vye lanvi ki nan kè yo. Se yon wont pou wè sa yo fè ak pwòp kò yo.Yo mete manti nan plas verite Bondye a. Yo pito adore kreyati Bondye, yo pito sèvi yo pase pou yo adore Bondye ki kreye yo a, li menm ki merite pou n fè lwanj li tout tan. Amèn.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 9:27

Mwen aji di ak kò m, mwen kenbe l kout, pou mwen menm yo pa voye m jete apre mwen fin moutre lòt yo sa pou yo fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:8

Pou fini, frè m yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 10:3-5

M'ap viv kounyeya nan yon kò tankou tout moun, se vre. Men, mwen p'ap goumen menm jan ak tout moun.Zam m'ap sèvi nan batay m'ap mennen an, se pa menm ak zam moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo. Zam mwen se zanm ki gen pouvwa devan Bondye pou kraze tout gwo fò. M'ap kraze tout pawòl esplikasyon ki pa bon,lògèy ki anpeche lèzòm konn Bondye, m'ap kraze sa nèt. M'ap derasinen tout vye lide nan tèt lèzòm pou fè yo vin obeyi Kris.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:24

Moun ki moun Jezikri, yo fè kò a mouri ansanm ak tout egzijans li yo, ak tout lanvi li yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:1

Se sa ki fè, frè mwen yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri nou tankou yon sakrifis apa bay Bondye, yon sakrifis vivan k'ap fè li plezi. Se sèl jan pou nou sèvi Bondye tout bon vre.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 13:20

Fè zanmi ak moun ki gen konesans, ou menm tou w'a vin gen konesans. Fè zanmi ak moun ki san konprann, ou nan pwoblèm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 15:33

Piga nou twonpe tèt nou: move zanmi gate bon levasyon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 17:14-16

Mwen te ba yo pawòl ou. Lemonn rayi yo paske yo menm yo pa moun lemonn, menm jan mwen menm mwen pa moun lemonn.Mwen pa mande ou pou wete yo nan lemonn lan, men pou ou pwoteje yo anba Satan.Yo pa moun lemonn, menm jan mwen pa moun lemonn.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 3:3

Paske n'ap viv tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn toujou. Depi ou tande gen jalouzi nan mitan nou, depi nou gen kont yonn ak lòt, nou tou wè se moun lemonn nou ye, se tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan n'ap viv.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 6:11

Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:37

Pa kite m kouri dèyè bagay ki pa vo anyen. Fè m swiv chemen ou mete devan m lan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 6:18

Kouri pou dezòd lachè. Yon moun te mèt fè tout lòt kalite peche, sa pa fè kò l anyen. Men, moun ki lage kò l nan dezòd lachè, li fè peche kont pwòp kò li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:19-21

— Pa anpile richès nou isit sou latè, kote vè ak lawouj ap manje yo, kote vòlè kapab vòlè yo pote ale.Okontrè, anpile richès nou nan syèl la. Paske la pa gen vè ni lawouj ki pou manje yo, ni vòlè ki pou pran yo pote ale.Paske, kote richès ou ye, se la kè ou ye tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 11:25

Li te pito kite yo maltrete li ansanm ak pèp Bondye a, pase pou l te asepte pran plezi l nan peche pou yon ti tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 101:3

M'ap mennen yon lavi san repwòch anndan lakay mwen. Mwen p'ap mete okenn move lide nan tèt mwen. Mwen rayi sa moun ki vire do bay Bondye yo ap fè. Bagay konsa pa ka pran tèt mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 23:31-32

Pa kite bweson pran nanm ou, ou te mèt wè jan li bèl, jan li klè nan vè a. Lè ou bwè l, li desann dous nan gòj ou.Men, pita ou santi se tankou yon move sèpan ki mòde ou, yon sèpan aspik ki pike ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 4:29

Pa kite okenn move pawòl sòti nan bouch nou. Pale bon koze ki ka ede lòt yo grandi nan konfyans Bondye, koze ki ka ede yo lè yo nan move pa. Konsa, se yon byen n'a fè pou moun k'ap tande nou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 4:12

Pa kite pèsonn pase ou nan betiz paske ou twò jenn. Men, se pou ou tounen yon egzanp pou moun ki kwè yo, nan jan ou pale, nan jan ou mennen tèt ou, nan jan ou gen renmen, nan jan ou gen konfyans, nan jan w'ap mennen yon lavi ki dakò ak volonte Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 6:14

Pa mete tèt nou ansanm ak moun ki pa gen konfyans nan Kris la: Se pa sosyete konsa ki bon pou nou. Ki jan nou ta vle wè sa pou bagay ki bon, bagay ki dwat, mele ak bagay ki mal? Ki jan pou limyè ta ka mache ak fènwa?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:8

Men kounyeya, pa fè kòlè, pa fè move san ni okenn mechanste. Se pou nou voye tout bagay sa yo jete. Pa kite okenn jouman ni okenn gwomo sòti nan bouch nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 13:22

Gen lòt ankò ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan mitan pikan. Yo tande pawòl la, men traka lavi ak anvi gen lajan, tou sa toufe pawòl la, kifè yo pa ka bay anyen menm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:9

Kisa jenn gason dwe fè pou li mennen bak li dwat? Se pou li toujou mache jan ou vle li mache a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 1:14-16

Tankou timoun obeyisan, pa kite move lanvi nou te genyen nan tan lontan yo mennen lavi nou ankò, tankou anvan lè nou pat konn Bondye.Okontrè, nan tou sa n'ap fè, se pou nou bon nèt, tankou Bondye ki rele nou an bon nèt tou.Paske, men sa ki ekri nan Liv la: Se pou nou bon nèt, paske mwen menm, mwen bon nèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:33

Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Pyè 2:20

Moun ki rive konnen Jezikri tankou Senyè ak Sovè li, li fin chape anba tout vye bagay mal ki nan lemonn. Si apre sa, li tounen mele ladan yo ankò, si l kite bagay sa yo pran pye sou li ankò, l'ap pi mal pou li pase jan l te ye anvan an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:7-8

Poukisa? Paske, lè egzijans kò a fin pran tèt yon moun, li pa vle wè Bondye ankò, li p'ap soumèt devan lalwa Bondye a, li p'ap ka soumèt menm.Moun ki sede devan egzijans lachè, li pa ka fè Bondye plezi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 5:11

Mwen te vle di pou n pa mele ak yon nonm ki swadizan frè nou nan Kris la, men k'ap viv nan dezòd, ki gen lanvi plen kè l, k'ap sèvi zidòl, k'ap pale moun mal, ki tafyatè, osinon ki vòlò. Nou pa dwe menm chita sou menm tab pou n manje ak yon nonm konsa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 5:11

Nou pa gen anyen pou nou wè ak moun k'ap viv nan fènwa, moun k'ap fè bagay ki p'ap rapòte anyen. Okontrè, denonse yo pou sa yo ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 3:1-5

Mete sa byen nan tèt ou: nan dènye jou yo, tan an pral difisil anpil.Moun pral fè rayisab, y'ap renmen lajan, y'ap fè grandizè, lògèy ap vire tèt yo, y'ap pale Bondye mal, y'ap dezobeyi papa ak manman yo, y'ap engra, y'ap san okenn respè pou bagay Bondye.Kè yo ap di, y'ap san pitye, y'ap pale moun mal, y'ap fè gwo kòlè, y'ap brital. Yo p'ap vle wè sa ki byen menm.Y'a trèt, y'a fè kòlè fasil, lògèy va gonfle lestomak yo. Y'ap pito zanmi plezi pase yo zanmi Bondye.Y'ap fè tankou y'ap sèvi Bondye. Men, yo pa kwè nan pouvwa Bondye a tout bon vre. Pa mele ak moun konsa menm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 1:10

Pitit mwen, lè moun k'ap fè sa ki mal vle detounen ou, pa kite yo pran tèt ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 6:16

Nou konn sa byen: Si nou lage tèt nou nan men yon moun pou nou sèvi l esklav pou n obeyi l, nou tounen esklav moun n'ap obeyi a. Si nou lage kò nou nan peche, nou tounen esklav peche k'ap fè nou jwenn ak lanmò. Men, si nou lage kò nou nan obeyi Bondye, n'a esklav obeyisans k'ap fè nou mache dwat devan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 4:8

Pwoche bò kote Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. Nou menm k'ap fè peche, lave men nou. Netwaye kè nou, nou menm k'ap woule de bò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 1:10

Lè mwen di sa, eske sa vle di se favè moun m'ap chache? Non. Se favè Bondye m'ap chache. Eske se plezi m'ap chache fè lèzòm plezi? Si m t'ap chache fè lèzòm plezi, se pa Kris la mwen ta ap sèvi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 3:3

Tout moun ki gen espwa sa a nan kè yo ap kenbe kò yo pou yo pa fè sa ki mal, tankou Jezikri te kenbe kò l pou l pat fè sa ki mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 8:14

Grenn ki tonbe nan mitan pikan yo, se moun ki tande pawòl la, men lè y'al fè wout yo, yo kite traka lavi, richès ak plezi ki nan lavi toufe l. Yo donnen men donn yo pa janm rive rèk.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 19:14

(15) Senyè, se ou ki twou wòch kote m kache a, se ou ki delivrans mwen, mwen mande ou pou pawòl ki sòti nan bouch mwen, ak lide k'ap travay nan tèt mwen fè ou plezi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Pyè 3:11-12

Si tout bagay gen pou disparèt konsa, nou pa bezwen mande ki kalite moun nou dwe ye: Se pou nou sèvi Bondye, se pou nou viv pou li ase.Konsa, pandan n'ap tann jou Bondye a, jou ki gen pou rive a, ann fè sa nou kapab pou nou fè l rive pi vit toujou. Jou sa a, syèl la pral disparèt nan gwo flanm dife. Tout bagay pral fonn nan dife.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 2:15

pou yo pa jwenn anyen pou yo repwoche nou, pou nou ka fè sa ki byen tankou veritab pitit Bondye, antan n'ap viv nan mitan bann malonèt ak pèvèti ki sou latè yo. Se pou nou sèvi limyè pou lemonn,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 12:1

Konsa, nou la nan mitan foul moun sa yo ki te moutre jan yo te gen konfyans nan Bondye. Ann voye tout bagay k'ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou. Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 1:32

Yo konn jijman Bondye a byen pwòp: yo konnen moun ki fè bagay sa yo merite lanmò. Atousa, y'ap plede fè yo toujou. Sa ki pi rèd, yo dakò ak moun k'ap fè yo tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 10:31

Se sa k fè, kit n'ap manje, kit n'ap bwè, nenpòt kisa n'ap fè, fè l pou sa sèvi yon lwanj pou Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:17

Tou sa n'ap fè, tou sa n'ap di, fè l nan non Senyè Jezi a, san nou pa janm bliye di Bondye mèsi nan li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 4:15

Granprèt nou an, se pa yon moun ki pa kapab soufri ak nou nan feblès nou. Okontrè, nou gen yon granprèt ki te pase anba tout kalite tantasyon menm jan ak nou. Men, li pat janm fè okenn peche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 141:4

Pa kite move lide pran tèt mwen. Pa kite m mete tèt ansanm ak mechan yo nan mechanste yo. Pa kite m patisipe nan fèt yo!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 16:19

Pou nou menm, moun lavil Wòm, tout moun konnen jan nou soumèt nou devan Senyè a. Mwen byen kontan pou nou. Men, mwen ta renmen pou nou toujou chache fè sa ki byen, pou nou pa lage kò nou nan fè sa ki mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 2:6

Lè yon moun di li fè yonn ak Bondye, se pou l viv tankou Jezi te viv la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 1:22

Koulyeya, lè n'ap obeyi verite a, nou nan kondisyon pou nou fè sèvis Bondye, pou nou yon lamou sensè pou frè yo. Se sa ki fè, se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou, ak tout fòs nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 51:10

(12) O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m sa kenbe fèm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 7:13-14

— Antre nan ti pòt ki jis la. Paske pòt laj la, se chemen ki pi fasil la. L'ap mennen ou tou dwat nan pèdisyon. Anpil anpil moun pran wout sa a.Men, pòt ki jis la, chemen ki difisil la ap mennen nou tou dwat nan lavi. Pa gen anpil moun ki jwenn li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 5:6

Pa kite pèsonn twonpe nou ak pawòl san sans yo: se poutèt bagay sa yo menm kòlè Bondye tonbe sou moun ki refize obeyi l yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 5:6

Se sa k fè, piga nou dòmi tankou lòt yo. Pa kite dòmi pran nou. Kenbe tèt nou anplas.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 14:13

Ann sispann yonn ap jije lòt. Pito nou pran desizyon pou n pa fè anyen ki kapab fè frè nou bite osinon tonbe nan peche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 13:5

Kritike tèt nou nou menm. Egzamine konsyans nou nou menm pou wè si n'ap viv ak konfyans nan Bondye. Nou fèt pou nou rekonèt si Jezikri nan lavi nou, esepte si nou pa ta kapab bay prèv nou gen konfyans nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 1:21

Se poutèt sa, derasinen tout vye abitid ki pa dakò ak volonte Bondye ansanm ak tout kras mechanste ki nan lavi nou, voye yo jete. Soumèt nou devan Bondye, asepte pawòl li te plante nan kè nou an, paske se pawòl sa a ki ka sove nanm nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 16:13

Pa bliye kò nou. Kenbe fèm nan konfyans nou. Mete kouray sou nou. Pa moutre nou fèb.

Chapit   |  Vèsyon Kopi

Lapriyè bay Bondye

Bondye Papa mwen, mwen adore w ak tout kè mwen. Tout nanm mwen beni non ou ki sen. Ou gran, ou wo, ou sublime. Se pou ou tout glwa pou tout tan. Ou se fòs mwen, se ou ki pwoteje mwen, se ou ki libere mwen. Nanm mwen jwenn konfyans nan lanmou ou. Chak jou nan lavi mwen, ou montre mwen jan ou fidèl e jan ou gen mizèrikòd. Lè mwen leve, se vwa ou mwen tande k'ap rele non mwen. Lè mwen kouche, se ou k'ap veye sou mwen. Mèsi pou tout sa ou deja fè, mèsi pou tout sa w'ap kontinye fè. Mwen di ou mèsi paske nan pawòl ou mwen jwenn tout sa m bezwen. Jodi a, m'ap mande w pou ede m viv nan volonte w. Ede m pou mwen renmen w plis pase tout bagay. Fè mwen mete w an premye nan lavi mwen. Pa kite anyen fè mwen vire do ba ou. Pa kite santiman ak emosyon mwen kontwole mwen. Pwoteje mwen pou mwen pa kite bagay lemonn pran tèt mwen. Mwen vle kenbe je mwen fikse sou ou, jan pawòl ou di a, pou mwen ka konsantre m sou bagay ki anwo yo, e non pa bagay ki sou latè. Nan non Jezi, Amèn.
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite