Cheri mwen, lè w santi lapè Bondye a nan kè w, pa gen plas pou santiman negatif yo. Kòlè ka kraze kominikasyon, kraze relasyon, epi li ka afekte lajwa ak sante anpil moun. Malerezman, moun yo gen tandans jistifye kòlè yo olye yo pran responsablite.
Men, ou menm, ou ka jere kòlè w selon prensip biblik yo. Lè w wè Bondye nan mitan eprèv yo, lè w priye san rete, lè w soumèt karaktè w ba li, w ap jwenn viktwa.
Pawòl Bondye a ankouraje nou pou nou konsidere kòm yon gwo lajwa lè nou rankontre divès kalite eprèv, paske nou konnen eprèv lafwa nou pwodui pasyans. Kite pasyans lan fè travay li nèt ale nan nou, pou nou ka vin pafè, pou nou ka vin konplè, san nou pa manke anyen (Jak 1:2-4).
Si nou ankòlè, veye kò nou pou kòlè a pa fè nou fè sa ki mal. Pa al dòmi ak kòlè nan kè nou.Pa bay Satan pye sou nou.
Piga yo jwenn nan mitan nou moun ki kenbe lòt nan kè yo, moun ki gen san wo, moun ki renmen fè kòlè. Piga yo tande woywoy ak joure nan mitan nou. Nou pa fèt pou gen okenn lòt kalite mechanste k'ap fèt nan mitan nou.
Frè mwen renmen anpil yo, men yon bagay pou nou toujou sonje: chak moun dwe toujou atantif pou koute. Men, pa kouri pale, ni prese fè kòlè.Paske, kòlè lèzòm pa ka fè volonte Bondye.
Pito ou aji ak pasyans pase pou ou fè fòs sou moun. Pito ou konn kontwole tèt ou pase pou ou gwo chèf lame k'ap mache pran lavil.
Piga yo jwenn nan mitan nou moun ki kenbe lòt nan kè yo, moun ki gen san wo, moun ki renmen fè kòlè. Piga yo tande woywoy ak joure nan mitan nou. Nou pa fèt pou gen okenn lòt kalite mechanste k'ap fèt nan mitan nou.Okontrè, se pou nou aji byen yonn ak lòt, se pou nou gen bon kè yonn pou lòt, pou nou yonn padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la.
Lè moun k'ap mache dwat jwenn sa yo vle a, se lakontantman pou tout moun. Men lè se mechan ki jwenn sa y'ap tann lan, sa pa fè pesonn plezi.
Moun ki pa fè kòlè fasil, se moun ki gen bon konprann. Men, moun ki gen san wo fè wè jan li sòt.
Lè moun fou ankòlè, li di sa ki vin nan bouch li. Men, moun ki gen bon konprann kontwole bouch li.
Pa kite lapenn chita nan kè nou. Pa kite anyen fè nou soufri nan kò nou. Ou p'ap rete jenn gason ak cheve nwa tou tan.
Yon bon repons dous ap kalme yon moun ki ankòlè. Men, si ou reponn li rèd, w'ap fè l pi eksite.
Men, pa mele nan diskisyon san sans moun fou yo. Ou konnen sa toujou fini nan kont.Yon moun k'ap sèvi Bondye pa fèt pou nan kont. Se pou l viv byen ak tout moun, se pou l konn ki jan yo fè enstriksyon moun, se pou l gen pasyans.
Yon moun ki gen san wo toujou ap pouse dife. Men, moun ki pa fè kòlè fasil toujou ap mete lapè.
Yon moun ki gen bon konprann pa fè kòlè fasil. Tout kalite li, se pa okipe moun ki fè mal.
Moun ki gen san wo ap peye konsekans zak li yo. Si ou wete l nan move pa a yon fwa, w'ap blije fè l pou li tout tan.
Pa fè zanmi ak moun ki ankòlè fasil. Pa mache ak moun ki gen san wo.W'a pran move mès yo. W'a rale malè sou ou.
Si nou ankòlè, veye kò nou pou kòlè a pa fè nou fè sa ki mal. Pa al dòmi ak kòlè nan kè nou.
Si ou pa kapab kontwole kòlè ou, ou tankou yon lavil san ranpa. Y'ap anvayi l fasil. Y'ap mete men sou ou fasil.
Moun ki ankòlè fasil toujou ap fè bagay yo pa dwe fè. Moun ki gen san wo toujou nan goumen.
Men, mwen menm, men sa m'ap di nou: Nenpòt moun ki ankòlè sou frè l, se pou yo jije li. Moun ki joure frè l enbesil, se pou yo jije l devan Gran Konsèy la. Si yon moun di frè l moun fou, li bon pou yo jete l nan dife lanfè a.
— Si nou padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou ki nan syèl la va padonnen nou tou.Men, si nou pa padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou p'ap padonnen peche nou yo nonplis.
— Tou sa nou vle lòt moun fè pou nou, nou menm tou, fè li pou yo tou. Se sa lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo mande nou fè.
Lè sa a, Pyè pwoche bò kote Jezi, li di l konsa: — Mèt, konbe fwa pou m padonnen frè m lè li fè m yon bagay mal? Sèt fwa konsa?Jezi reponn li: — Non, Pyè. Mwen pa di ou padonnen l sèt fwa, men padonnen l swasanndis fwa sèt fwa.
Lè nou kanpe pou n lapriyè, si nou gen yon moun nan kè nou, padonnen l, pou Papa nou ki nan syèl la ka padonnen peche nou yo tou. [
— Nou menm k'ap koute m la a, men sa m'ap di nou: Renmen tout lènmi nou yo. Fè byen pou moun ki rayi nou.Mande benediksyon pou moun k'ap ban nou madichon. Lapriyè pou moun k'ap maltrete nou.
Si yon moun fè nou mal, pa chache fè l mal tou. Chache fè sa ki byen nan je tout moun.Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun, mezi nou kapab fè li.Mezanmi, pa tire revanj. Men kite kòlè Bondye fè travay li. Paske men sa ki ekri nan Liv la: Se mwen sèl ki gendwa tire revanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se Bondye menm ki di sa.
Moun ki gen renmen nan kè yo pa fè moun mal: se sa k fè lè nou renmen, nou fè tou sa lalwa a mande nou fè.
Moun ki gen lamou, li gen pasyans, li gen bon kè. Li pa anvye sò moun. Li pa nan fè grandizè. Li pa nan moute kòlèt sou moun.Lamou pa fè anyen pou fè moun wont. Lamou pa chache avantaj pa li. Li pa fè kòlè, li pa kenbe moun nan kè.
M'ap viv kounyeya nan yon kò tankou tout moun, se vre. Men, mwen p'ap goumen menm jan ak tout moun.Zam m'ap sèvi nan batay m'ap mennen an, se pa menm ak zam moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo. Zam mwen se zanm ki gen pouvwa devan Bondye pou kraze tout gwo fò. M'ap kraze tout pawòl esplikasyon ki pa bon,lògèy ki anpeche lèzòm konn Bondye, m'ap kraze sa nèt. M'ap derasinen tout vye lide nan tèt lèzòm pou fè yo vin obeyi Kris.
Se fasil pou nou wè sa egzijans kò a fè moun fè: se imoralite, malpwòpte ak vis.Se sèvi zidòl, se fè maji, se yonn fè lòt lènmi, se fè kont, fè jalouzi, fè kòlè, se yonn pa vle wè lòt, se fè ti pil gwo pil.Yonn anvye sò lòt, yo tafyatè, yo saf konsa, ak yon bann lòt bagay ankò y'ap fè. Mwen deja di nou sa, epi m'ap repete l ankò pou nou: moun ki fè tout bagay sa yo p'ap antre menm nan peyi kote Bondye wa a.
Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè.Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.
Okontrè, se pou nou aji byen yonn ak lòt, se pou nou gen bon kè yonn pou lòt, pou nou yonn padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la.
Se sa ki fè, paske nou se pitit Bondye renmen anpil, se pou nou chache fè tankou Bondye fè.Se pou nou viv ak renmen nan kè nou, menm jan Kris la te fè l la, li menm ki te renmen nou, ki te bay lavi l pou nou tankou yon ti mouton yo ofri pou touye pou Bondye, ofrann k'ap fè Bondye plezi ak bon sant li.
Pa fè anyen nan lide pou fè tèt nou pase pou pi bon, ni pou fè lwanj tèt nou. Men, soumèt nou devan Bondye. Mete nan tèt nou lòt yo pi bon pase nou.Piga pèsonn chache enterè pa l ase. Se pou l chache sa ki bon pou lòt yo tou.
Men kounyeya, pa fè kòlè, pa fè move san ni okenn mechanste. Se pou nou voye tout bagay sa yo jete. Pa kite okenn jouman ni okenn gwomo sòti nan bouch nou.
Nou tout nou fè pati pèp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n ka viv pou li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n aji byen yonn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans.Se pou nou yonn sipòte lòt, pou nou yonn padonnen lòt si nou gen kont yonn ak lòt. Wi, se pou yonn padonnen lòt, menm jan Kris la te padonnen nou.
Se pou nou viv byen yonn ak lòt, jan Kris la vle l la. Paske, Bondye rele nou pou nou viv byen yonn ak lòt pou nou ka fè yon sèl kò. Toujou chonje sa li fè pou nou.
Pa kite pèsonn rann mal pou mal. Okontrè, toujou chache fè sa ki byen yonn pou lòt ak sa ki byen pou tout moun.
Yon moun k'ap sèvi Bondye pa fèt pou nan kont. Se pou l viv byen ak tout moun, se pou l konn ki jan yo fè enstriksyon moun, se pou l gen pasyans.Se pou l korije moun ki pa dakò avè l avèk dousè. Ou pa janm konnen: Bondye ka ba yo yon chans pou yo chanje jan y'ap viv la, pou yo vin konn verite a.
Yo pa dwe nan pale moun mal, yo pa dwe nan fè kont ak pèsonn. Se pou yo gen pasyans ak tout moun, se pou yo aji ak dousè ak tout moun.
Nou menm, nou konnen moun ki te di: Se mwen menm sèl ki gendwa tire revanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se li menm tou ki te di: Bondye gen pou l jije pèp li a.
Chache viv ak kè poze ak tout moun. Mennen yon lavi apa pou Bondye. Si se pa sa, pa gen moun k'ap wè Senyè a.
Pou konmanse, moun ki gen bon konprann ki sòti nan Bondye a ap fè volonte Bondye, l'ap viv byen ak tout moun, l'ap respekte tout moun, l'ap tande rezon, l'ap gen kè sansib, l'ap fè anpil anpil byen, li pa nan de fas ni nan ipokrit.Moun k'ap chache pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, y'ap travay ak kè poze pou yo ka rekòlte yon lavi ki dwat devan Bondye.
Se poutèt sa, derasinen tout mechanste ki te nan lavi nou. Sispann bay manti, sispann fè ipokrizi, sispann fè jalouzi ak tripotaj.
Lè yo t'ap joure l, li pat reponn. Lè yo t'ap maltrete l, li pat mennase pèsonn. Men, li renmèt kòz li nan men Bondye k'ap jije tout bagay san patipri.
Pa rann moun mal pou mal, jouman pou jouman. Okontrè, lè konsa, mande benediksyon pou yo, paske se benediksyon Bondye te pwomèt pou l ban nou lè li te rele nou an.
Anvan tout bagay, se pou nou yonn renmen lòt anpil. Paske, lè nou renmen, sa fè Bondye padonnen anpil peche.
Men, moun ki rayi frè yo, yo nan fènwa toujou. Y'ap mache nan fènwa, yo pa konnen kote yo prale, paske fènwa a rann yo avèg.
Tout moun ki rayi frè yo, se ansasen yo ye. Nou konnen yon ansasen pa gen lavi ki p'ap janm fini an nan li.
Mezanmi, se pou nou yonn renmen lòt paske renmen sòti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kè yo, se pitit Bondye yo ye. Yo konnen ki moun Bondye ye.Moun ki pa gen renmen nan kè yo, yo pa konn Bondye, paske Bondye se renmen menm.
Si yon moun di: mwen renmen Bondye, pou anmenmtan pou l rayi frè l, moun sa a ap bay manti. Paske, si li pa renmen frè l, yon moun li ka wè, li pa ka renmen Bondye li pa ka wè a.
Si yon moun wè yon frè l fè yon peche ki p'ap fè l mouri, se pou l lapriyè Bondye pou Bondye bay frè a lavi. Pren-sip sa a bon pou moun ki fè peche ki p'ap fè yo mouri. Men, gen yon kalite peche ki mennen yon moun tou dwat nan lanmò. Mwen pa di pou yo lapriyè pou moun ki fè kalite peche sa yo.
Lè ou gen renmen nan kè ou, ou padonnen tout peche. Men, lè ou rayi moun, ou toujou ap chache kont.
(5) Se pou nou tranble tèlman nou pè, se pou n sispann fè sa ki mal. Lè nou pou kont nou nan chanm nou, kalkile sou sa. Epi pe bouch nou.
Senyè a gen kè sansib, li gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen nou.Li p'ap pase tout tan l ap pini nou, li pa ankòlè pou lontan.
Veye kò nou byen. — Si frè ou tonbe nan peche, rale zòrèy li. Si l chanje konpòtman li, padonnen li.Si nan yon sèl jounen an li peche sèt fwa kont ou, si toulesèt fwa yo, li tounen vin jwenn ou pou l di ou: Mwen p'ap fè sa ankò, se pou ou padonnen li.
Nou pa manke kontan menm lè n'ap soufri.Poukisa? Paske nou konnen lè n'ap soufri sa fè nou gen pasyans. Lè nou gen pasyans konsa, sa ban nou kouray pou nou soufri. Plis nou gen kouray, se plis nou gen espwa.
Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.
Se sa k fè, ann toujou chache bagay ki kapab ede nou viv ak kè poze, bagay ki pou penmèt nou yonn soutni lòt nan konfyans nou nan Bondye.
Tou sa sòti nan Bondye ki fè nou vin zanmi avè l ankò, gremesi Kris la. Se li menm tou ki fè m konfyans, ki ban m travay sa a pou mennen lèzòm vini byen avè l ankò.Paske nan Kris la, Bondye t'ap fè tou sa li te kapab pou fè moun vin byen avè l ankò. Li pat gade sou peche lèzòm te fè. Se li menm ki mete mwen la pou fè lèzòm konnen ki jan l'ap fè yo byen avè l ankò.
Frè m' yo, si nou bare yon moun ap fè sa ki pa sa, nou menm ki nan limyè Bondye, se pou nou mete li nan bon chemen. Men, fè sa ak dousè. Epi veye kò nou pou nou pa tonbe nan tantsyon tou.
Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l, bagay lèzòm pa ka konprann. La kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.
Pa kite pèsonn vire do bay favè Bondye a. Pa kite pèsonn tounen tankou yon plant anmè k'ap pouse rasin k'ap anpwazonnen lòt yo.
Lè ou pa fè kòlè fasil, ou jwenn jwenn pou fè chèf la kwè sa ou vle. Konsa tou, ak pawòl dous, w'ap kraze tout antrav ou ta ka jwenn sou chemen ou.
Lè yon moun san konprann ankòlè, tout moun wè sa lamenm. Men, yon moun veyatif, lè ou fè l malonèt, li fè tankou li pa konprann.
Pawòl moun ki di tou sa ki vin nan bouch yo se kout ponya. Men, pawòl moun ki gen bon konprann se renmèd.
Lide pa m pa menm ak lide pa nou. Chemen pa nou pa menm ak chemen pa m. Se Senyè a menm ki di sa.Menm jan syèl la byen lwen anwo latè, se konsa lide pa m byen lwen anwo lide pa nou, chemen pa m byen lwen chemen pa nou.
Moun k'ap viv dapre sa lachè egzije, se yon sèl bagay ki nan lide yo: Se fè lachè plezi. Men moun k'ap viv dapre Lespri Bondye, sèl okipasyon yo: Se fè Lespri Bondye plezi.Lè ou kite egzijans kò a pran tèt ou, se mouri w'ap mouri. Men, lè ou kite egzijans Lespri a pran tèt ou, se viv w'ap viv ak kè poze.
Lacharite pèmèt sipòte tout bagay. Anyen pa brannen konfyans li. Lacharite pa pèdi espwa, l'ap toujou moutre pasyans li.
Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k'ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a.
Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè yo, pou yonn ka ankouraje lòt nan sa ki byen.
Si gen nan mitan nou yon moun ki gen bon konprann, ki gen lespri, se pou l moutre sa ak bon kondit li. Se pou l fè sa ki byen san lògèy, men avèk bon konprann.Men, si n'ap fè jalouzi nan kè nou, si nou kenbe moun nan kè nou, si n'ap kouri dèyè enterè pa nou, pa vante tèt nou, pa fè manti sou laverite a.
— Si frè ou fè ou yon bagay ki mal, ale jwenn li, rele l apa. Fè l wè sa li fè a mal. Si li koute ou, se mete w'a mete frè ou ankò sou bon chemen.
Se pou nou gen kè sansib menm jan Bondye, papa nou, gen kè sansib.— Pa jije moun, konsa Bondye p'ap jije nou. Pa kondannen moun, konsa Bondye p'ap kondannen nou. Padonnen yo, konsa Bondye va padonnen nou tou.
Se pou Bondye ki bay pasyans ak ankourajman an fè nou viv byen yonn ak lòt, pou nou ka swiv egzanp nou jwenn nan Jezikri.
Okontrè, ann pale verite a avèk renmen nan kè nou, konsa n'a ka grandi nan tout sans nan Kris la ki chèf kò a.
Se pou pawòl Kris la ak tout richès li yo rete fèm nan lavi nou. Se pou nou yonn aprann nan men lòt, se pou yonn konseye lòt ak anpil konprann. Se pou nou chante sòm, kantik ak tout lòt chante legliz pou di Bondye mèsi ak tout kè nou.
Pa kite pèsonn pase ou nan betiz paske ou twò jenn. Men, se pou ou tounen yon egzanp pou moun ki kwè yo, nan jan ou pale, nan jan ou mennen tèt ou, nan jan ou gen renmen, nan jan ou gen konfyans, nan jan w'ap mennen yon lavi ki dakò ak volonte Bondye.
Ann kenbe espwa nou genyen an byen fèm. Paske, nou mèt sèten, Bondye ap kenbe pwomès li.Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè yo, pou yonn ka ankouraje lòt nan sa ki byen.
Frè m yo, pa plenyen yonn sou do lòt pou nou pa tonbe anba jijman Bondye. Men jij la la nan papòt la.
Se pou l sispann fè sa ki mal, se pou l fè sa ki byen. Se pou l chache viv byen ak moun. Se pou l fè sa li kapab pou li viv byen ak tout moun.
Menm jan an tou, nou menm jennjan yo, se pou nou soumèt devan chèf reskonsab yo. Nan tout rapò nou yonn ak lòt, se pou nou soumèt devan Bondye. Paske Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy. Men, moun ki soumèt devan l, li ba yo favè li.Se poutèt sa, soumèt nou devan Bondye ki gen pouvwa, konsa l'a leve nou lè pou l leve nou an.
Kote ki gen renmen, pa gen kè kase. Okontrè, lè nou renmen tout bon, si kè nou te kase, li pa kase ankò. Konsa, yon moun ki pè toujou, li poko fin renmen nèt. Paske si ou pè, se paske ou pè chatiman.
Li gen pou l cheche tout dlo nan je yo. P'ap gen lanmò ankò, yo p'ap nan lapenn ankò, yo p'ap janm plenyen ankò, yo p'ap janm soufri ankò. Tout vye bagay sa yo pral disparèt.
Pa janm vante tèt nou. Aji avèk dousè ak pasyans ak tout moun. Se pou nou yonn sipòte lòt avèk renmen nan kè nou.