Cheri mwen, mwen vle pale avè w de yon bagay ki enpòtan anpil: onore paran nou. Nou konn konn ap poze tèt nou kesyon sou sa sa vle di vre. Men Bondye, nan pawòl li a, li ban nou direksyon. Li di nou fok nou toujou respekte paran nou, kèlkeswa laj yo, kèlkeswa jan yo aji avèk nou.
Onore paran w se yon aksyon lanmou ki pote anpil benediksyon nan lavi w. Se pa yon bagay ki depann de sikonstans yo, men se yon bagay ki mande yon kè obeyisan anvè Bondye. Pa bezwen ap kalkile kijan paran w ap aji pou w deside si w ap onore yo. Se yon bagay pou w fè chak jou, pou w ka viv lontan sou tè a, epi pou gras ak favè Bondye ka manifeste nan lavi w.
Bondye mande nou pou n onore paran nou. Sa vle di obeyi yo, koute konsèy yo, ba yo atansyon, epi respekte otorite yo. Bib la ban nou enstriksyon klè sou kijan pou n trete paran nou. An nou pa neglije sa Bondye mande nou!
Respekte manman nou ak papa nou jan Senyè a, Bondye nou an, te pase nou lòd la, pou nou ka viv lontan ak kè kontan nan peyi Senyè a, Bondye nou an, te ban nou.
Nou menm timoun, se devwa nou pou nou obeyi manman nou ak papa nou nan tout bagay. Se sa ki fè Bondye plezi.
Ou konn kòmandman yo: Piga ou touye moun. Piga ou fè adiltè. Piga ou vòlè. Piga ou fè manti sou moun. Piga ou twonpe moun. Respekte papa ou ak manman ou.
Yon pitit gason ki gen bon konprann ap koute lè papa l ap rale zòrèy li. Men, moun k'ap pase moun nan betiz p'ap janm koute lè y'ap fè l obsèvasyon pou korije l.
Pitit mwen, koute papa ou non lè l'ap ba ou bon levasyon! Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou!
Respekte manman nou ak papa nou pou nou ka viv lontan nan peyi Senyè a, Bondye nou an, ban nou an.
Toujou leve kanpe devan granmoun cheve blan. Respekte figi vye granmoun, paske nou gen krentif pou mwen menm, Bondye nou an. Se mwen menm ki Senyè a!
Tande byen. Bondye di nou konsa: Respekte papa ou ak manman ou. Li di ankò: Si yon moun pale papa l osinon manman l mal, se pou yo touye l.
Depi yon moun bay manman l osinon papa l madichon, se pou yo touye l. Paske li madichonnen manman l ak papa l, se li menm sèl kab reskonsab lanmò li.
Se yon wont, se yon dezònè pou yon pitit aji mal ak papa l, osinon pou l mete manman l deyò lakay li.
Se pou nou tout respekte manman ak papa nou. Se pou nou respekte regleman jou repo mwen yo. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an!
Pitit mwen, lè Senyè a ap pini ou, pa betize ak sa. Lè l'ap korije ou, pa dekouraje. Paske Senyè a korije moun li renmen, menm jan yon papa korije pitit li renmen anpil la.
Respekte papa ou ak manman ou. Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen tèt pa ou.
Timoun, se devwa nou tankou moun ki kwè nan Senyè a pou n obeyi papa nou ak manman nou, paske sa se yon bagay ki dwat devan Bondye. Pou fini, chache fòs nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Senyè a ak nan gwo pouvwa li. Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan. Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k'ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a. Se poutèt sa, depi kounyeya, pran tout zam Bondye bay yo. Konsa, lè move jou a va rive, n'a ka kenbe tèt ak lènmi an. Lè batay la va fini nèt, n'a kanpe la byen fèm nan pozisyon nou toujou. Pare kò nou: mare verite a tankou yon sentiwon nan ren nou. Pwoteje nou ak jistis Bondye a tankou plak pwotèj sòlda yo mete sou lestonmak yo pou pwoteje yo. Pou soulye nan pye nou, mete aktivite pou anonse bòn nouvèl k'ap fè moun viv ak kè poze a. Toujou pran konfyans nou gen nan Bondye a tankou yon defans ki va penmèt nou pare tout flèch Satan an ap voye tou limen sou nou. Resevwa pouvwa Bondye k'ap delivre nou an tankou yon kas an fè nan tèt nou. Asepte pawòl Bondye a tankou yon nepe Sentespri a ban nou. Pandan n'ap fè tou sa, pa janm bliye lapriyè. Mande Bondye konkou li. Lapriyè nan tout sikonstans avèk pouvwa Sentespri a. Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, kenbe fèm nan sa n'ap fè a. Lapriyè pou tout pèp Bondye a. Lapriyè pou mwen tou, pou Bondye ka mete pawòl nan bouch mwen lè m'a gen pou m pale, pou m ka pale avèk lasirans, pou moun ka rive konnen sekrè ki nan bòn nouvèl la. Trete manman ou ak papa ou avèk onè, avèk respè. Sa se premye kòmandman an ki gen yon pwomès dèyè li: Nou mèt wè m nan prizon kounyeya, se Bondye ki ban m misyon fè konnen bòn nouvèl la. Lapriyè pou mwen pou m ka pale avèk lasirans, jan m dwe fè l la. Tichik, frè nou renmen anpil la epi ki yon bon sèvitè nan travay Senyè a, va ban nou tout nouvèl mwen, pou nou ka konnen jan zafè m ap mache. M'ap voye l tout espre pou l sa di nou kouman mwen ye, pou nou pa fin dekouraje, pou sa remoute kouray nou. Mwen mande Bondye, Papa a, ansanm ak Jezikri, Senyè a, pou yo bay tout frè yo kè poze, renmen ak konfyans nan Bondye. Benediksyon Bondye pou tout moun ki renmen Jezikri, Senyè nou an, ak yon renmen ki p'ap janm fini. Pou nou ka viv lontan ak kè kontan sou latè.
Pitit mwen, koute papa ou non lè l'ap ba ou bon levasyon! Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou! Menm jan bèl foula ak bèl kolye bay bèl aparans, se konsa tou konsèy manman ou ak konsèy papa ou ap fè anpil pou ou.
Men, si yon vèv gen pitit, osinon pitit pitit, se pou pitit yo aprann fè tout devwa Bondye mande yo fè pou pwòp fanmi yo anvan. Konsa, y'a fè tou sa yo dwe fè pou papa yo, manman yo ak granparan yo. Se sa ki pou fè Bondye plezi.
Pitit mwen, toujou fè sa papa ou di ou fè. Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou. Kenbe pawòl yo nan kè ou, pa janm bliye yo. Mete yo nan kou ou tankou yon kolye. Pawòl sa yo va moutre ou bon chemen nan tou sa w'ap fè. Y'ap pwoteje ou lè w'ap dòmi lannwit. Y'a ba ou konsèy lè je ou klè.
Men pwovèb wa Salomon yo: Yon pitit ki gen bon konprann fè kè papa l kontan. Men, yon pitit san konprann bay manman l lapenn.
Yon pitit byen elve fè kè papa l kontan. Men, yon moun ki san konprann meprize manman l.
Pitit se kado Bondye bay, se yon rekonpans pou manman ak papa. Menm jan yon sòlda santi li gen kouray lè l gen zam li nan men l, se menm jan an tou pou yon moun ki fè pitit gason depi lè l te jenn. Ala bon sa bon pou moun ki gen anpil zam konsa! Li p'ap janm wont lè li kanpe nan pòtay lavil la pou l diskite ak moun k'ap chache l kont.
Yon pitit ki pase papa l nan betiz, ki pa respekte lòd manman l, chen gen pou devore kadav li nan raje, zwazo nan bwa va manje grenn je li.
Tande byen. Bondye di nou konsa: Respekte papa ou ak manman ou. Li di ankò: Si yon moun pale papa l osinon manman l mal, se pou yo touye l. Men nou menm, nou di: Si yon moun di papa l osinon manman l: Sa m ta gen pou m ba ou a, m ofri l bay Bondye, moun sa a pa bezwen fè anyen pou papa l osinon pou manman l. Se konsa, avèk koutim nou yo, nou fè pawòl Bondye a pase pou anyen menm.
Moun fou pa koute lè papa yo ap pale yo. Men, moun ki gen bon konprann koute lè y'ap rale zòrèy yo.
Apre sa, li desann ak yo, li tounen Nazarèt. Li te soumèt devan yo. Manman l menm te kenbe tout bagay sa yo nan kè li.
Baton ki korije timoun ap ba yo konprann. Men, timoun yo kite fè sa yo pito gen pou fè manman yo wont.
Tande byen. Moyiz di konsa: Respekte papa ou ak manman ou. Li di ankò: Si yon moun pale papa l ak manman l mal, se pou yo touye li.
Li te di pèp Izrayèl la sa pou li fè. Wi, se pitit pitit Jakòb sa yo li te bay kòmandman li yo. Li te mande zansèt nou yo pou aprann pitit yo lalwa Bondye a, Li kite kòlè l pase sou yo, li pat sove lavi yo yonn. Li lage yon epidemi ki t'ap fini ak yo. Li touye tout premye pitit gason ki nan peyi Lejip la, tout premye pitit gason nan laras Kam lan. Lèfini, tankou yon bann mouton, li mennen pèp li ale, li kondi yo nan mitan dezè a. Li mennen yo san danje san malè. Yo pat bezwen pè anyen. Men, lanmè a te kouvri tout lènmi yo. Li fè yo rive sou fontyè peyi li te chwazi pou li a, toupre mòn li te pran ak fòs kouray li a. Li mete lòt nasyon yo deyò pou bay pèp li a plas. Li separe tè a, li bay chak branch fanmi Izrayèl la pa yo. Li kite yo moute kay yo kote lènmi yo te rete. Men, yo kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a. Yo t'ap wè jouk ki bò li te ye ak yo: Yo pa fè sa li te mande yo fè! Yo pa kenbe pawòl yo. Yo vire do ba li tankou zansèt yo te fè. Yo pati sou move pye, yo mal derape. Yo fè l fache paske yo bati tanp pou lòt bondye yo, yo pòte l fè jalouzi poutèt vye zidòl yo. Bondye fache lè li wè sa. Se konsa li voye pèp Izrayèl la jete. pou timoun ki fenk fèt yo ka konnen l, pou yo menm tou, lè yo grandi, yo ka fè pitit pa yo konnen l. Li kite kay li te genyen Silo a, kote li t'ap viv pami moun sou latè a. Li kite lènmi yo pran Bwat Kontra a, ki te garanti pouvwa li ak fòs li nan mitan yo, li kite yo pote l ale. Li te fache nèt sou pèp li a, li kite lènmi touye yo nan lagè. Jenn gason yo mouri nan dife. Jenn fi yo pa jwenn pèsonn pou marye ak yo. Tout prèt yo mouri anba kout nepe. Vèv yo pat kriye pou yo. Se lè sa a Senyè a leve, tankou si li t'ap leve nan dòmi. Li parèt tankou yon vanyan gason ki anba gwòg li. Li frape lènmi yo, li fè yo kouri. Li fè yo wont pou tout tan. Li voye pitit Jozèf yo jete, li pat chwazi branch fanmi Efrayim lan. Li chwazi branch fanmi Jida a pito, ansanm ak mòn Siyon li renmen anpil lan. Se la li bati Tanp li a ki pòtre ak kay li nan syèl la. Li fè l solid tankou latè, pou tout tan. Konsa yo menm tou, y'a mete konfyans yo nan Bondye. Yo p'ap bliye sa li te fè. Y'a toujou obeyi kòmandman li yo.
Se pou nou bay chak moun respè li merite. Renmen tout frè nou yo, gen krentif pou Bondye, respekte wa a.
Si yon moun pa pran swen fanmi l, sitou moun k'ap viv lakay li, li nye konfyans li nan Bondye, li pi mal pase yon moun ki pa janm kwè nan Bondye.
Menm jan yon papa sansib pou pitit li, se konsa Senyè a sansib pou moun ki gen krentif pou li.
Chonje sa papa nou sou latè a konn fè. Yo pini nou. Malgre sa, nou toujou respekte yo. Nou pa bezwen mande jan nou dwe soumèt devan Papa nou ki nan syèl la, si nou bezwen viv.
Pitit mwen, koute levasyon yon papa bay. Louvri zòrèy nou pou nou ka gen konprann. Koute sa m'ap di ou, pitit mwen. Pa bliye sa m'ap moutre ou la a, konsa w'a viv lontan. Mwen moutre ou jan pou ou viv ak bon konprann. Mwen fè ou konnen jan pou ou mache dwat. Lè w'ap viv avèk bon konprann, anyen p'ap bare wout ou. Ou mèt ap kouri, ou p'ap janm bite sou anyen. Pa janm bliye sa yo te moutre ou, kenbe l fèm. Pa kite l chape anba men ou, se tout lavi ou. Pa fè menm chemen ak mechan yo. Pa swiv egzanp moun ki deprave yo. Pa fè sa, pa pran chemen sa yo menm. Refize fè tankou yo, fè chemen pa ou. Mechan yo p'ap dòmi toutotan yo pa fè sa ki mal. Dòmi pa ka pran yo si yo pa rive fè sa yo vle fè a. Se nan fè mechanste yo jwenn manje pou yo manje. Se nan fè moun mal yo jwenn diven pou yo bwè. Chemen moun k'ap mache dwat yo tankou solèy k'ap leve. Chak lè, l'ap vin pi klere jouk li fin jou nèt. Chemen moun mechan yo fè nwa kou lannwit. Yo pa ka wè sou kisa y'ap bite. Pa janm bliye anyen nan sa m'ap moutre nou la a: Se bon konsèy m'ap ban nou.
Trete manman ou ak papa ou avèk onè, avèk respè. Sa se premye kòmandman an ki gen yon pwomès dèyè li: Nou mèt wè m nan prizon kounyeya, se Bondye ki ban m misyon fè konnen bòn nouvèl la. Lapriyè pou mwen pou m ka pale avèk lasirans, jan m dwe fè l la. Tichik, frè nou renmen anpil la epi ki yon bon sèvitè nan travay Senyè a, va ban nou tout nouvèl mwen, pou nou ka konnen jan zafè m ap mache. M'ap voye l tout espre pou l sa di nou kouman mwen ye, pou nou pa fin dekouraje, pou sa remoute kouray nou. Mwen mande Bondye, Papa a, ansanm ak Jezikri, Senyè a, pou yo bay tout frè yo kè poze, renmen ak konfyans nan Bondye. Benediksyon Bondye pou tout moun ki renmen Jezikri, Senyè nou an, ak yon renmen ki p'ap janm fini. Pou nou ka viv lontan ak kè kontan sou latè.
(1b) Ala bon sa bon pou ou, ou menm ki gen krentif pou Senyè a, ou menm k'ap mache nan chemen li mete devan ou lan! Avèk travay ou fè ak men ou, w'ap jwenn manje pou ou manje, w'ap kontan, zafè ou ap mache byen. Madanm ou ap tankou yon pye rezen k'ap donnen anndan kay ou. Pitit gason ou yo ap tankou jenn ti plan oliv tout arebò tab ou. Se konsa Senyè a ap beni moun ki gen krentif pou li!
Konsa, lòt jenn medam yo va aprann nan men yo ki jan pou yo renmen pitit yo ak mari yo, ki jan pou yo kenbe tèt yo anplas, pou yo pa nan dezòd, pou yo konn okipe kay yo byen, pou yo aji ak bon kè, pou yo soumèt devan mari yo. Konsa, moun p'ap ka pale pawòl Bondye a mal.
Kanta nou menm, manman ak papa, pa aji ak timoun nou yo yon jan pou eksite yo. Men, ba yo bon levasyon, korije yo, pale ak yo dapre prensip Senyè a.
Moun ki renmen yo korije yo, se moun ki toujou vle konnen. Men, moun ki pa renmen yo rale zòrèy yo, se moun san konprann.
Konsa, frè m yo, kenbe fèm, pa brannen. Se pou n toujou pi cho nan travay Senyè a, paske nou konnen travay n'ap fè pandan n'ap viv ansanm ak Senyè a p'ap janm pèdi.
(12) Vini non, timoun mwen yo, koute sa m'ap di nou. M'a fè nou konnen ki jan pou nou gen krentif pou Senyè a.
Senyè a pwoteje etranje k'ap viv nan peyi a. L'ap pran swen vèv yo ak òfelen san papa yo. Men li detounen plan mechan yo gen nan tèt yo.
Tout moun va fè lwanj yon fanm ki gen bon karaktè. Konsa tou, gason ki gen kouray nan travay ap jwenn ak kòb li.
Se pou tout moun soumèt anba otorite ki sou tèt yo. Paske nanpwen otorite ki pa soti nan Bondye. Epi tout otorite ki la, se Bondye ki mete yo. Moun ki gen renmen nan kè yo pa fè moun mal: se sa k fè lè nou renmen, nou fè tou sa lalwa a mande nou fè. Se sa menm pou nou fè, paske nou konnen ki jan tan an ye deyò a. Li lè pou nou leve sòti nan dòmi, lè a sonnen, paske kounyeya, lè pou n fin delivre a pi pre nou pase lè nou te fenk mete konfyans lan. Nwit lan vanse fini, jou prèt pou kase. Ann sispann fè bagay yo fè nan fènwa. Ann pran zam nou pou nou ka goumen devan tout moun. Ann mennen bak nou yon jan tankou moun k'ap viv nan limyè. Pa fè eksè ni nan manje, ni nan bwè. Pa lage tèt nou nan debòch, ni nan vis, ni nan lobo ak pesonn, ni nan jalouzi. Se pou nou pran Jezikri pou zam nou. Pa kite egzijans lachè pran pye sou nou pou fè nou fè tou sa li anvi fè. Se poutèt sa, moun k'ap kenbe tèt ak otorite, se refize yo refize obeyi prensip Bondye tabli. Moun ki refize obeyi, y'ap rale jijman sou tèt yo.
Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte.
Si yonn nan nou gen yon pitit gason ki radi, ki gen tèt di, ki pa vle koute ni manman l ni papa l lè y'ap pale ak li, yo te mèt bat li, sa antre nan yon zòrèy sòti nan lòt la, manman l ak papa l va kenbe l, y'a trennen l devan chèf fanmi yo, nan tribinal ki bò pòtay lavil kote yo rete a. chèf fanmi yo ak jij yo va sòti, y'a mezire distans ki genyen ant kote yo jwenn kadav la ak lavil ki toupre yo. Epi y'a di yo: Men pitit gason nou an. Nou mennen l ban nou paske li radi, l'ap fè wondonmon, li pa vle koute lè n'ap pale avè l. L'ap gaspiye tout lajan nou nan bweson, li nan tout kalite vis. Lè sa a, tout gason ki rete nan lavil la va kalònnen l wòch jouk yo touye l. Se konsa n'a wete bagay mal sa a ki t'ap fèt nan mitan nou an. Tout moun nan pèp Izrayèl la va konn sa, y'a mache sou pinga yo.
Wi, se ou ki fòme tout pati nan kò m, se ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m. M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.
Lwanj pou Senyè a! Ala bon sa bon pou moun ki gen krentif pou Senyè a, ki pran tout plezi l nan fè sa li mande! Lè mechan wè sa, li move. Li manje dan l, kè l grenn. Tou sa mechan an t'ap tann lan pa rive. Pitit li yo va grannèg nan peyi a. Bondye ap toujou voye benediksyon sou pitit moun ki mache dwat devan li.