Biblia Todo Logo
Vèsè Biblik
- Piblisite -


60 Vèsè Biblik sou Elve Timoun

60 Vèsè Biblik sou Elve Timoun

Pawòl ou gen gwo enpak sou lavi pitit ou. Yo ka enfliyanse yo swa pou byen swa pou mal. Fòk ou veye sa w ap di, paske pawòl ou yo ka deside sò pitit ou.

Lè w pran tan pou w konseye pitit ou, w ap bati yon fondasyon solid pou avni yo, yon fondasyon ki chita sou Kris ak pawòl li. Konsa, ou ka sèten yo p ap kite chemen laverite a, paske Sentespri a ap toujou fè yo sonje sa ou te anseye yo.

Men, fòk ou sonje tou, si pawòl ou yo blesan, dyab la ap pwofite fè yo sonje yo tou. Se poutèt sa, li enpòtan pou mande Sentespri a gid ou, pou l montre w kijan pou w konseye pitit ou pou yo ka mache sou chemen Bondye.

Pran tan chak jou pou w pale ak pitit ou, pou w konseye yo, sa p ap janm pèdi. W ap wè rezilta pawòl ou yo, w ap wè kijan y ap aplike yo nan diferan sitiyasyon. Kontinye gide yo sou chemen sali a, mete konfyans ou nan Bondye, li gen pou l glorifye tèt li atravè yo.

Mwen priye Papa a pou l pirifye pawòl mwen, pou l ban mwen kapasite pou m pale selon kè l ak lanmou li, pou l kouvri fot mwen yo. Bondye mande timoun yo pou yo koute ansèyman paran yo pou yo ka gen sajès. Alò, annou chèche sajès Bondye nan pawòl li pou nou ka byen konseye epi gide pitit nou yo.




Pwovèb 22:6

Bay yon timoun prensip li dwe swiv. Jouk li mouri, li p'ap janm bliye l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 6:6-7

Pa janm bliye kòmandman m'ap ban nou jòdi a. N'a moutre pitit nou yo. N'a repete yo nan zòrèy yo, kit nou lakay, kit nou nan travay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
3 Jan 1:4

Pa gen anyen ki pou fè m pi kontan pase lè m tande pitit mwen yo ap viv dakò ak verite a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 1:8

Pitit mwen, koute papa ou non lè l'ap ba ou bon levasyon! Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:20

Nou menm timoun, se devwa nou pou nou obeyi manman nou ak papa nou nan tout bagay. Se sa ki fè Bondye plezi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 23:22

Pitit mwen, koute papa ou ki fè ou. Pa meprize manman ou lè li fin granmoun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 5:16

Respekte manman nou ak papa nou jan Senyè a, Bondye nou an, te pase nou lòd la, pou nou ka viv lontan ak kè kontan nan peyi Senyè a, Bondye nou an, te ban nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 12:9

Chonje sa papa nou sou latè a konn fè. Yo pini nou. Malgre sa, nou toujou respekte yo. Nou pa bezwen mande jan nou dwe soumèt devan Papa nou ki nan syèl la, si nou bezwen viv.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 10:1

Men pwovèb wa Salomon yo: Yon pitit ki gen bon konprann fè kè papa l kontan. Men, yon pitit san konprann bay manman l lapenn.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 17:6

Pitit pitit se rekonpans granmoun. Manman ak papa se kontantman pitit.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 6:1

Timoun, se devwa nou tankou moun ki kwè nan Senyè a pou n obeyi papa nou ak manman nou, paske sa se yon bagay ki dwat devan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 13:1

Yon pitit gason ki gen bon konprann ap koute lè papa l ap rale zòrèy li. Men, moun k'ap pase moun nan betiz p'ap janm koute lè y'ap fè l obsèvasyon pou korije l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 6:20

Pitit mwen, toujou fè sa papa ou di ou fè. Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 2:7

Wa a di: — M'ap fè nou konnen sa Senyè a deside. Li di mwen: Ou se pitit mwen. Depi jòdi a, se mwen ki papa ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 29:17

Korije pitit gason ou lan, li p'ap ba ou tèt chaje. L'a fè kè ou kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 13:24

Si ou pè bat pitit gason ou, ou pa renmen l. Si ou renmen l, se pou ou korije l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 3:11-12

Pitit mwen, lè Senyè a ap pini ou, pa betize ak sa. Lè l'ap korije ou, pa dekouraje. Paske Senyè a korije moun li renmen, menm jan yon papa korije pitit li renmen anpil la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 6:4

Kanta nou menm, manman ak papa, pa aji ak timoun nou yo yon jan pou eksite yo. Men, ba yo bon levasyon, korije yo, pale ak yo dapre prensip Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 4:1

Pitit mwen, koute levasyon yon papa bay. Louvri zòrèy nou pou nou ka gen konprann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 20:12

Respekte manman nou ak papa nou pou nou ka viv lontan nan peyi Senyè a, Bondye nou an, ban nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 12:7

Enben, sipòte soufrans sa yo tankou si se papa nou k'ap pini nou. Paske soufrans sa yo se prèv Bondye konsidere nou pou pitit li. Nou janm tande yon papa ki pa janm pini pitit li?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 6:5-7

Se pou nou renmen Senyè a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, avèk tout fòs kouray nou. Pa janm bliye kòmandman m'ap ban nou jòdi a. N'a moutre pitit nou yo. N'a repete yo nan zòrèy yo, kit nou lakay, kit nou nan travay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 18:3

Li di: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou pa chanje, si nou pa tounen tankou yon timoun piti, nou p'ap janm ka mete pye nou nan Peyi Wa ki nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 6:7

Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:21

Nou menm manman ak papa, pa pale twò rèd ak timoun yo pou sa pa dekouraje yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 5:8

Si yon moun pa pran swen fanmi l, sitou moun k'ap viv lakay li, li nye konfyans li nan Bondye, li pi mal pase yon moun ki pa janm kwè nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 127:3-5

Pitit se kado Bondye bay, se yon rekonpans pou manman ak papa. Menm jan yon sòlda santi li gen kouray lè l gen zam li nan men l, se menm jan an tou pou yon moun ki fè pitit gason depi lè l te jenn. Ala bon sa bon pou moun ki gen anpil zam konsa! Li p'ap janm wont lè li kanpe nan pòtay lavil la pou l diskite ak moun k'ap chache l kont.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 12:11

Lè y'ap rale zòrèy nou, sa fè nou pi tris pase sa fè nou kontan. Men pita, moun ki soti byen pare, apre tout egzèsis sa yo, yo pral mennen yon lavi dwat ak kè poze.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 78:4-7

Nou p'ap kache bagay sa yo pou pitit nou yo pa konnen yo. N'ap fè lwanj Senyè a devan timoun k'ap vini yo. N'ap fè yo konnen jan l gen pouvwa, jan l gen fòs, jan li fè gwo mèvèy. Men, se pa ni de ni twa fwa yo te leve dèyè li nan dezè a! Se pa ni de ni twa fwa yo te fè l fè kòlè! Se tout tan yo t'ap tante Senyè a! Se tout tan yo t'ap pwovoke Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa! Yo bliye jan li gen pouvwa. Yo bliye lè li te sove yo anba lènmi yo, lè li te fè gwo mirak ak bèl mèvèy nan peyi Lejip, nan plenn Zoan an. Li fè dlo larivyè yo tounen san. Pèsonn pat ka bwè dlo sa yo. Li voye mouchavè sou yo pou devore yo. Li voye krapo pou detwi yo. Li voye krikèt vèt pou manje rekòt yo, chwalbwa pou devore tout jaden yo. Li touye pye rezen yo ak lagrèl, li touye pye sikomò yo ak fredi. Li touye tout bèt jaden nan savann yo ak lagrèl, li touye bann mouton yo ak loray. Li te ankòlè anpil sou yo, li te move, li te fache. Li fè anpil malè tonbe sou yo. Li voye yon lame zanj pou detwi yo. Li te di pèp Izrayèl la sa pou li fè. Wi, se pitit pitit Jakòb sa yo li te bay kòmandman li yo. Li te mande zansèt nou yo pou aprann pitit yo lalwa Bondye a, Li kite kòlè l pase sou yo, li pat sove lavi yo yonn. Li lage yon epidemi ki t'ap fini ak yo. Li touye tout premye pitit gason ki nan peyi Lejip la, tout premye pitit gason nan laras Kam lan. Lèfini, tankou yon bann mouton, li mennen pèp li ale, li kondi yo nan mitan dezè a. Li mennen yo san danje san malè. Yo pat bezwen pè anyen. Men, lanmè a te kouvri tout lènmi yo. Li fè yo rive sou fontyè peyi li te chwazi pou li a, toupre mòn li te pran ak fòs kouray li a. Li mete lòt nasyon yo deyò pou bay pèp li a plas. Li separe tè a, li bay chak branch fanmi Izrayèl la pa yo. Li kite yo moute kay yo kote lènmi yo te rete. Men, yo kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a. Yo t'ap wè jouk ki bò li te ye ak yo: Yo pa fè sa li te mande yo fè! Yo pa kenbe pawòl yo. Yo vire do ba li tankou zansèt yo te fè. Yo pati sou move pye, yo mal derape. Yo fè l fache paske yo bati tanp pou lòt bondye yo, yo pòte l fè jalouzi poutèt vye zidòl yo. Bondye fache lè li wè sa. Se konsa li voye pèp Izrayèl la jete. pou timoun ki fenk fèt yo ka konnen l, pou yo menm tou, lè yo grandi, yo ka fè pitit pa yo konnen l. Li kite kay li te genyen Silo a, kote li t'ap viv pami moun sou latè a. Li kite lènmi yo pran Bwat Kontra a, ki te garanti pouvwa li ak fòs li nan mitan yo, li kite yo pote l ale. Li te fache nèt sou pèp li a, li kite lènmi touye yo nan lagè. Jenn gason yo mouri nan dife. Jenn fi yo pa jwenn pèsonn pou marye ak yo. Tout prèt yo mouri anba kout nepe. Vèv yo pat kriye pou yo. Se lè sa a Senyè a leve, tankou si li t'ap leve nan dòmi. Li parèt tankou yon vanyan gason ki anba gwòg li. Li frape lènmi yo, li fè yo kouri. Li fè yo wont pou tout tan. Li voye pitit Jozèf yo jete, li pat chwazi branch fanmi Efrayim lan. Li chwazi branch fanmi Jida a pito, ansanm ak mòn Siyon li renmen anpil lan. Se la li bati Tanp li a ki pòtre ak kay li nan syèl la. Li fè l solid tankou latè, pou tout tan. Konsa yo menm tou, y'a mete konfyans yo nan Bondye. Yo p'ap bliye sa li te fè. Y'a toujou obeyi kòmandman li yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 19:18

Korije pitit ou yo lè yo piti toujou. Men, pa bat yo jouk ou touye yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 3:4-5

Se pou l konn mennen kay li byen, fè timoun li yo obeyi l ak respè. Paske, si yon nonm pa konn dirije pwòp fanmi l, kouman li ka dirije legliz Bondye a?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 23:13-14

Ou pa bezwen pè bat yon timoun. Yon bèl kal, sa p'ap touye l. Okontrè, si ou bat li, w'a sove nanm li pou l pa mouri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 103:13

Menm jan yon papa sansib pou pitit li, se konsa Senyè a sansib pou moun ki gen krentif pou li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 11:19

N'a moutre yo bay timoun nou yo, n'a repete yo nan zòrèy yo, nou te mèt lakay nou, nou te mèt granchemen, kit nou nan kabann, kit nou nan travay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 19:14

Jezi di yo: — Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa enpoze yo vini. Paske, Peyi Wa ki nan syèl la, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo li ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 6:1-3

Timoun, se devwa nou tankou moun ki kwè nan Senyè a pou n obeyi papa nou ak manman nou, paske sa se yon bagay ki dwat devan Bondye. Pou fini, chache fòs nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Senyè a ak nan gwo pouvwa li. Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan. Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k'ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a. Se poutèt sa, depi kounyeya, pran tout zam Bondye bay yo. Konsa, lè move jou a va rive, n'a ka kenbe tèt ak lènmi an. Lè batay la va fini nèt, n'a kanpe la byen fèm nan pozisyon nou toujou. Pare kò nou: mare verite a tankou yon sentiwon nan ren nou. Pwoteje nou ak jistis Bondye a tankou plak pwotèj sòlda yo mete sou lestonmak yo pou pwoteje yo. Pou soulye nan pye nou, mete aktivite pou anonse bòn nouvèl k'ap fè moun viv ak kè poze a. Toujou pran konfyans nou gen nan Bondye a tankou yon defans ki va penmèt nou pare tout flèch Satan an ap voye tou limen sou nou. Resevwa pouvwa Bondye k'ap delivre nou an tankou yon kas an fè nan tèt nou. Asepte pawòl Bondye a tankou yon nepe Sentespri a ban nou. Pandan n'ap fè tou sa, pa janm bliye lapriyè. Mande Bondye konkou li. Lapriyè nan tout sikonstans avèk pouvwa Sentespri a. Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, kenbe fèm nan sa n'ap fè a. Lapriyè pou tout pèp Bondye a. Lapriyè pou mwen tou, pou Bondye ka mete pawòl nan bouch mwen lè m'a gen pou m pale, pou m ka pale avèk lasirans, pou moun ka rive konnen sekrè ki nan bòn nouvèl la. Trete manman ou ak papa ou avèk onè, avèk respè. Sa se premye kòmandman an ki gen yon pwomès dèyè li: Nou mèt wè m nan prizon kounyeya, se Bondye ki ban m misyon fè konnen bòn nouvèl la. Lapriyè pou mwen pou m ka pale avèk lasirans, jan m dwe fè l la. Tichik, frè nou renmen anpil la epi ki yon bon sèvitè nan travay Senyè a, va ban nou tout nouvèl mwen, pou nou ka konnen jan zafè m ap mache. M'ap voye l tout espre pou l sa di nou kouman mwen ye, pou nou pa fin dekouraje, pou sa remoute kouray nou. Mwen mande Bondye, Papa a, ansanm ak Jezikri, Senyè a, pou yo bay tout frè yo kè poze, renmen ak konfyans nan Bondye. Benediksyon Bondye pou tout moun ki renmen Jezikri, Senyè nou an, ak yon renmen ki p'ap janm fini. Pou nou ka viv lontan ak kè kontan sou latè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:22-23

Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè. Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 1:8-9

Pitit mwen, koute papa ou non lè l'ap ba ou bon levasyon! Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou! Menm jan bèl foula ak bèl kolye bay bèl aparans, se konsa tou konsèy manman ou ak konsèy papa ou ap fè anpil pou ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 4:1-2

Pitit mwen, koute levasyon yon papa bay. Louvri zòrèy nou pou nou ka gen konprann. Koute sa m'ap di ou, pitit mwen. Pa bliye sa m'ap moutre ou la a, konsa w'a viv lontan. Mwen moutre ou jan pou ou viv ak bon konprann. Mwen fè ou konnen jan pou ou mache dwat. Lè w'ap viv avèk bon konprann, anyen p'ap bare wout ou. Ou mèt ap kouri, ou p'ap janm bite sou anyen. Pa janm bliye sa yo te moutre ou, kenbe l fèm. Pa kite l chape anba men ou, se tout lavi ou. Pa fè menm chemen ak mechan yo. Pa swiv egzanp moun ki deprave yo. Pa fè sa, pa pran chemen sa yo menm. Refize fè tankou yo, fè chemen pa ou. Mechan yo p'ap dòmi toutotan yo pa fè sa ki mal. Dòmi pa ka pran yo si yo pa rive fè sa yo vle fè a. Se nan fè mechanste yo jwenn manje pou yo manje. Se nan fè moun mal yo jwenn diven pou yo bwè. Chemen moun k'ap mache dwat yo tankou solèy k'ap leve. Chak lè, l'ap vin pi klere jouk li fin jou nèt. Chemen moun mechan yo fè nwa kou lannwit. Yo pa ka wè sou kisa y'ap bite. Pa janm bliye anyen nan sa m'ap moutre nou la a: Se bon konsèy m'ap ban nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:2

Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 146:9

Senyè a pwoteje etranje k'ap viv nan peyi a. L'ap pran swen vèv yo ak òfelen san papa yo. Men li detounen plan mechan yo gen nan tèt yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 5:2-3

Men sa m'ap di nou: Tankou gadò, se pou nou swen bann mouton Bondye ki sou kont nou an. Pa fè sa tankou si se fòse y'ap fòse nou. Men, fè l paske nou vle fè sa Bondye vle. Pa fè travay la tankou si se dèyè lajan nou ye. Men, fè l ak tout kè nou. Pa fè menm jan ak chèf k'ap maltrete moun ki sou kont yo. Okontrè, se pou nou tounen yon egzanp pou mouton yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 1:10

Konsa, n'a viv jan Bondye vle l la, n'a toujou fè sa ki fè l plezi. N'a fè tout kalite bon bagay, n'a grandi nan konesans Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 1:5

Mwen pa janm bliye jan ou gen konfyans nan Bondye ak tout kè ou. Lòyis, grann ou, ak Enis, manman ou, te gen konfyans konsa nan li tou. Wi, mwen sèten ou gen menm konfyans sa a tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 1:5

Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 2:52

Jezi t'ap devlope, li te vin gen plis lespri toujou, li t'ap aji yon jan ki te fè ni Bondye ni lèzòm plezi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 15:20

Yon pitit byen elve fè kè papa l kontan. Men, yon moun ki san konprann meprize manman l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 54:13

Se Senyè a menm ki pral moutre pitit ou yo tout bagay. Yo pral viv alèz ak kè poze.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 34:11

(12) Vini non, timoun mwen yo, koute sa m'ap di nou. M'a fè nou konnen ki jan pou nou gen krentif pou Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 15:5-6

Se pou Bondye ki bay pasyans ak ankourajman an fè nou viv byen yonn ak lòt, pou nou ka swiv egzanp nou jwenn nan Jezikri. Konsa, n'a mete kè nou ak bouch nou ansanm pou fè lwanj Bondye, papa Jezikri, Senyè nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 14:26

Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li gen kote pou l apiye. Pitit li yo ap jwenn pwoteksyon bò kote Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 30:19-20

Mwen pran syèl la ak latè a sèvi m temwen jòdi a: Men li, mwen mete devan nou lavi yon bò, lanmò yon bò, benediksyon yon bò, madichon yon bò pou nou chwazi. Chwazi lavi tande, pou nou ka viv, nou menm ansanm ak tout pitit nou yo. si nou tounen vin jwenn Senyè a, Bondye nou an, si nou koute l ak tout kè nou, ak tout nanm nou, nou menm ak tout pitit nou yo, jan m'ap ban nou lòd jòdi a, Renmen Senyè a, Bondye nou an. Koute l. Pa lage l menm, paske se li menm ki tout lavi nou, se li k'ap fè nou viv lontan nan peyi Senyè a te fè pwomès li t'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:9

Kisa jenn gason dwe fè pou li mennen bak li dwat? Se pou li toujou mache jan ou vle li mache a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 18:21

Sa ou di ka lavi pou ou, li ka lanmò pou ou. Sa ou chwazi, se sa w'ap jwenn.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 3:15

Depi ou te tou piti, ou konnen sa ki nan Liv Bondye a. Se liv sa a k'ap ba ou bon konprann, bon konprann ki fè moun rive delivre, gremesi konfyans yo gen nan Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 40:11

Tankou yon gadò, l'ap okipe mouton l yo. Se li menm k'ap sanble yo. L'ap pote ti mouton yo sou bra l. Tou dousman l'ap mennen manman mouton ki gen pitit dèyè yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 3:18

Pitit mwen yo, piga nou renmen sèlman nan bouch, nan bèl diskou ak bèl pawòl. Se pou nou renmen tout bon vre. Se pou tout moun wè jan nou renmen lè yo wè sa n'ap fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 37:25

Depi mwen timoun jouk mwen vin granmoun, mwen pa janm wè Bondye lage yon moun ki mache dwat, ni mwen pa janm wè pitit pitit li yo ap mande charite.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:8

Pou fini, frè m yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 12:1

Moun ki renmen yo korije yo, se moun ki toujou vle konnen. Men, moun ki pa renmen yo rale zòrèy yo, se moun san konprann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi

Lapriyè bay Bondye

Bondye etènèl mwen, ou gran, ou fò! Nan non Jezi, m'ap mande w, ban mwen pawòl sajès ak konsèy pou m ka pale ak pitit mwen yo, pou m ka gide yo. Fè m kapab konseye yo dapre pawòl ou. Senyè, mete nan bouch mwen pawòl ki kòrèk, pawòl ki pral make yon avan ak yon aprè nan lavi yo, pou m ka anseye yo bon prensip kretyen yo, pou yo ka tounen gason ak fi debyen, ki gen krentif pou ou. Pou yo ka gen yon lavi egzanplè, yon temwayaj pou lòt moun. Pawòl ou di: "Yon pitit ki gen bon konprann koute lè papa l' ap rale zòrèy li. Men, moun k'ap pase moun nan betiz pa vle tande lè y'ap korije l'." Senyè, fè yo wè benediksyon ou ap koule sou lavi yo ak sou jenerasyon yo. Nan non Jezi. Amèn.
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite