Vèsè Biblik

- Piblisite -


124 Vèsè Biblik sou Ofans, Padone

124 Vèsè Biblik sou Ofans, Padone

Lè ou jwenn tèt ou anfas ak ofans, ou ka jwenn konsolasyon ak gidans nan Pawòl Bondye a. Bib la di nou, Bondye se refij nou, fòs nou, sitou lè n ap pase moman difisil.

Si ou chwazi pou ou aji avèk imilite ak padon, lè yon moun ofanse w, w ap wè jan sa ka geri blesi w yo epi retabli bon jan relasyon ak moun ki bò kote w. Renmen pwochen w se yon kòmandman fondamantal. Wi, se vre, li pa fasil pou nou renmen lènmi nou epi pou nou beni moun k ap pèsekite nou, men se yon pati nan misyon Bondye ban nou kòm disip Kris.

Bib la montre nou byen klè, ofans fè pati lavi chak jou. Men, li ankouraje nou pou nou jere yo yon fason ki fè lwanj pou Bondye epi ki pèmèt rekonsilyasyon.

Nan Matye 18:21-22, Jezi ban nou yon leson enpòtan sou padon. Pyè te mande Jezi: “Senyè, konbyen fwa pou m padone frè m ki fè m yon ofans? Sèt fwa?” Jezi reponn li: “Non, mwen pa di w padone l sèt fwa, men padone l swasanndis fwa sèt fwa.”

Sa vle di Jezi vle pou nou gen yon kè ki pa kenbe rankin, ki pa kenbe okenn move santiman. Li vle pou nou padone ofans moun fè nou, menm jan Papa nou ki nan syèl la padone nou.




Women 15:3

Paske Kris la pat chache sa ki te fè l plezi, men dapre sa ki ekri a: Moun ki t'ap joure ou yo, se tankou si se mwen menm yo t'ap joure.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Neyemi 4:4

Lè sa a, mwen menm, Neyemi, mwen lapriyè Bondye. Mwen di l: — O Bondye papa nou! Tande jan y'ap pase nou nan betiz! Sa yo ta renmen wè rive nou an, se sa ki pou rive yo! Se yo ki pou wont! Se pou lènmi vin fè yo prizonye epi pou li depòte yo tout nan yon lòt peyi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezekyèl 36:15

M'ap fè lòt nasyon yo sispann pase nou nan betiz. Nou p'ap tande jouman yo nan zòrèy nou ankò. Yo p'ap lonje dwèt sou nou ankò pou fè nou wont. Peyi a p'ap touye pitit li yo ankò. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:23-24

Konsa, si lè w'ap mete ofrann ou sou lotèl la bay Bondye, epi antan ou la devan lotèl la, ou chonje frè ou gen kichòy kont ou, men sa pou ou fè:Kite ofrann lan la devan lotèl la, ale byen ak frè ou la anvan. Apre sa, w'a tounen vin bay Bondye ofrann ou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 10:7

Tout pawòl li se madichon, se manti, se twonpe moun. Li cho konsa pou l pale moun mal, pou l di gwo mo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 4:32

Okontrè, se pou nou aji byen yonn ak lòt, se pou nou gen bon kè yonn pou lòt, pou nou yonn padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jenèz 34:7

Lè sa a, pitit gason Jakòb yo t'ap tounen sòti nan savann. Lè yo pran nouvèl la, yo te move, yo te fache anpil, paske Sichèm te fè yon bagay grav: li te avili moun Izrayèl yo lè l te fè kadejak sou pitit fi Jakòb la. Bagay konsa pat dwe fèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Samyèl 17:26

David mande moun ki te kanpe bò kote l yo: — Kisa y'a bay moun ki va touye sòlda Filisti a, moun ki va wete pèp Izrayèl la nan gwo wont sa a? Epitou, kisa sòlda Filisti sa a, ki pa moun k'ap sèvi Senyè a, ye menm pou l mete lame Bondye vivan an an defi vin goumen avè l la?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Samyèl 25:39

Lè David vin konnen Nabal mouri, li di: — Lwanj pou Senyè a! Li fè Nabal peye wont li te fè m lan, li kenbe men m pou m pa fè sa ki mal. Senyè a fè mechanste Nabal la tonbe sou pwòp tèt li. Apre sa a David voye di Abigayèl li ta renmen l pou madanm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:13

Se pou nou yonn sipòte lòt, pou nou yonn padonnen lòt si nou gen kont yonn ak lòt. Wi, se pou yonn padonnen lòt, menm jan Kris la te padonnen nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 42:10

(11) Mwen santi tout zo nan kò m ap fè m mal. Lè moun k'ap pèsekite m yo ap joure m, lè tout tan y'ap mande m: — Kote Bondye ou la?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:18

Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun, mezi nou kapab fè li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 50:20

Nou chita, n'ap pale frè nou mal. N'ap bay manti sou frè nou ki menm manman ak nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 69:7

(8) Se poutèt ou y'ap joure m konsa. Wi, se poutèt ou lawont fè m kache figi m.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 18:15

— Si frè ou fè ou yon bagay ki mal, ale jwenn li, rele l apa. Fè l wè sa li fè a mal. Si li koute ou, se mete w'a mete frè ou ankò sou bon chemen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 69:9

(10) Mwen sitèlman renmen kay ou a, sa fè m santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen. Tout joure y'ap joure ou yo, se tankou si se mwen menm menm yo t'ap joure.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 3:9

Pa rann moun mal pou mal, jouman pou jouman. Okontrè, lè konsa, mande benediksyon pou yo, paske se benediksyon Bondye te pwomèt pou l ban nou lè li te rele nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 69:19

(20) Ou konnen jan y'ap joure mwen, jan y'ap fè m wont, jan y'ap trennen m nan labou. Ou wè tout moun k'ap pèsekite m yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:14-15

— Si nou padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou ki nan syèl la va padonnen nou tou.Men, si nou pa padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou p'ap padonnen peche nou yo nonplis.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 69:20

(21) Yo di m gwomo jouk yo kraze kouray mwen. Mwen santi se mouri m'ap mouri. Mwen te kwè ta gen moun ki ta gen pitye pou mwen, men pèsonn pa vini. Mwen te kwè ta gen moun ki ta vin konsole m, pèsonn pa parèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 14:13

Ann sispann yonn ap jije lòt. Pito nou pran desizyon pou n pa fè anyen ki kapab fè frè nou bite osinon tonbe nan peche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 79:12

Senyè, rann moun lòt nasyon yo sèt fwa laparèy pou tout joure yo joure ou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 17:3-4

Veye kò nou byen. — Si frè ou tonbe nan peche, rale zòrèy li. Si l chanje konpòtman li, padonnen li.Si nan yon sèl jounen an li peche sèt fwa kont ou, si toulesèt fwa yo, li tounen vin jwenn ou pou l di ou: Mwen p'ap fè sa ankò, se pou ou padonnen li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:22

Pa kite yo joure m, pa kite yo meprize m, paske mwen te kenbe prensip ou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 1:19-20

Frè mwen renmen anpil yo, men yon bagay pou nou toujou sonje: chak moun dwe toujou atantif pou koute. Men, pa kouri pale, ni prese fè kòlè.Paske, kòlè lèzòm pa ka fè volonte Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:39

Pa kite yo joure m, mwen pè bagay konsa. Ala bon jijman ou yo bon!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 7:1-2

— Pa jije moun pou Bondye pa jije nou,paske Bondye va jije nou menm jan nou jije lòt yo. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm menm Bondye va sèvi pou mezire nou tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 6:33

L'ap pran baton. Y'ap pase l anba kont betiz, l'ap toujou wont pou sa l fè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 4:26

Si nou ankòlè, veye kò nou pou kòlè a pa fè nou fè sa ki mal. Pa al dòmi ak kòlè nan kè nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 12:16

Lè yon moun san konprann ankòlè, tout moun wè sa lamenm. Men, yon moun veyatif, lè ou fè l malonèt, li fè tankou li pa konprann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 15:1

Yon bon repons dous ap kalme yon moun ki ankòlè. Men, si ou reponn li rèd, w'ap fè l pi eksite.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 17:9

Si ou vle moun renmen ou, padonnen lè yo fè ou mal. Si w'ap mache repete bagay moun fè ki mal, w'ap mete zanmi dozado.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 37:8

Pa fache, pa fè move san. Ou pa bezwen ennève! Sa kapab fè ou fè sa ki mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 19:11

Yon moun ki gen bon konprann pa fè kòlè fasil. Tout kalite li, se pa okipe moun ki fè mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 22:10

Mete moun k'ap pase lòt moun nan betiz la deyò, lamenm tout kont, tout joure ap sispann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 14:21

Sa ki byen an, se lè ou pa manje vyann, ni bwè diven, ni fè okenn lòt bagay ki kapab fè frè ou tonbe nan peche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 3:1

Senyè a di ankò: — Lè yon nonm divòse ak madanm li, si apre madanm lan fin kite avè l, l'al fè afè ak yon lòt gason, eske premye nonm lan ap tounen ak madanm lan ankò? Eske si sa ta rive fèt se p'ap yon gwo bagay derespektan ki t'ap rive nan peyi a? Konsa tou, nou menm pèp Izrayèl, nou te tankou yon fanm ki te gen anpil nonm pou jan nou te kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye. Epi kounyeya nou ta renmen tounen vin jwenn mwen? Se mwen menm Senyè a ki di sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 10:32

Se pou nou viv yon jan pou nou pa bay ni jwif yo, ni moun ki pa jwif yo, ni legliz Bondye a okazyon tonbe nan peche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lamantasyon 3:30

Se pou n pare figin pou n pran souflèt. Se pou n asepte tou sa yo fè nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 11:36

Wa peyi Siri a va fè sa li vle. Li pral gonfle lestonmak li, li pral mache di jan li pi gran pase tout bondye. L'ap di yon bann vye koze sou Bondye ki anwo tout bondye yo. L'ap fè sa konsa jouk lè pou Bondye pini l lan va rive. Paske, tou sa Bondye te di ki pou fèt la gen pou fèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:9

Benediksyon pou moun k'ap travay pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, paske Bondye va rele yo pitit li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sofoni 2:8

Senyè a di ankò! — Mwen te tande jan moun peyi Mowab yo ak moun Amon yo t'ap joure pèp mwen an. Yo t'ap pale yo mal. Yo t'ap mache di yo pral pran peyi a nan men yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 16:24

Bon pawòl se siwo myèl. Yo bon pou sante ou, yo dous pou nanm ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 26:65

Lè sa a, granprèt la chire rad ki te sou li a, li di: — L'ap pale mal sou Bondye. Sa nou bezwen lòt temwen fè: Nou fenk tande ak zòrèy nou jan l pale mal sou Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 2:3-4

Pa fè anyen nan lide pou fè tèt nou pase pou pi bon, ni pou fè lwanj tèt nou. Men, soumèt nou devan Bondye. Mete nan tèt nou lòt yo pi bon pase nou.Piga pèsonn chache enterè pa l ase. Se pou l chache sa ki bon pou lòt yo tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 10:33

Jwif yo reponn li: — Se pa pou okenn bon bagay nou vle touye ou ak kout wòch. Men, se paske w'ap pale mal sou Bondye. Se moun ou ye, epi w'ap chache pase pou Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 4:8

Anvan tout bagay, se pou nou yonn renmen lòt anpil. Paske, lè nou renmen, sa fè Bondye padonnen anpil peche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 12:18

Pawòl moun ki di tou sa ki vin nan bouch yo se kout ponya. Men, pawòl moun ki gen bon konprann se renmèd.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 18:21-22

Lè sa a, Pyè pwoche bò kote Jezi, li di l konsa: — Mèt, konbe fwa pou m padonnen frè m lè li fè m yon bagay mal? Sèt fwa konsa?Jezi reponn li: — Non, Pyè. Mwen pa di ou padonnen l sèt fwa, men padonnen l swasanndis fwa sèt fwa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 4:31

Piga yo jwenn nan mitan nou moun ki kenbe lòt nan kè yo, moun ki gen san wo, moun ki renmen fè kòlè. Piga yo tande woywoy ak joure nan mitan nou. Nou pa fèt pou gen okenn lòt kalite mechanste k'ap fèt nan mitan nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 15:18

Yon moun ki gen san wo toujou ap pouse dife. Men, moun ki pa fè kòlè fasil toujou ap mete lapè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:165

Moun ki renmen lalwa ou la ap viv ak kè poze. Pa gen anyen ki pou fè yo bite.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 14:19

Se sa k fè, ann toujou chache bagay ki kapab ede nou viv ak kè poze, bagay ki pou penmèt nou yonn soutni lòt nan konfyans nou nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 13:5

Lamou pa fè anyen pou fè moun wont. Lamou pa chache avantaj pa li. Li pa fè kòlè, li pa kenbe moun nan kè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:12-13

Nou tout nou fè pati pèp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n ka viv pou li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n aji byen yonn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans.Se pou nou yonn sipòte lòt, pou nou yonn padonnen lòt si nou gen kont yonn ak lòt. Wi, se pou yonn padonnen lòt, menm jan Kris la te padonnen nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 10:12

Lè ou gen renmen nan kè ou, ou padonnen tout peche. Men, lè ou rayi moun, ou toujou ap chache kont.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 2:1

Se poutèt sa, derasinen tout mechanste ki te nan lavi nou. Sispann bay manti, sispann fè ipokrizi, sispann fè jalouzi ak tripotaj.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 17:14

Lè yon kont pete, se tankou dlo ki kase dig kannal. Anvan batay mete pye, chape kò ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 7:12

— Tou sa nou vle lòt moun fè pou nou, nou menm tou, fè li pou yo tou. Se sa lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo mande nou fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:15

Men, si yonn ap mòde lòt, yonn ap devore lòt tankou bèt sovay, atansyon pou yonn pa touye lòt tou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 5:2

Se pou nou viv ak renmen nan kè nou, menm jan Kris la te fè l la, li menm ki te renmen nou, ki te bay lavi l pou nou tankou yon ti mouton yo ofri pou touye pou Bondye, ofrann k'ap fè Bondye plezi ak bon sant li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 6:31

Tou sa nou va vle lòt moun fè pou nou, fè l pou yo tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 12:14

Chache viv ak kè poze ak tout moun. Mennen yon lavi apa pou Bondye. Si se pa sa, pa gen moun k'ap wè Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 5:15

Pa kite pèsonn rann mal pou mal. Okontrè, toujou chache fè sa ki byen yonn pou lòt ak sa ki byen pou tout moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 2:24

Yon moun k'ap sèvi Bondye pa fèt pou nan kont. Se pou l viv byen ak tout moun, se pou l konn ki jan yo fè enstriksyon moun, se pou l gen pasyans.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 20:3

Se bèl bagay lè yon moun evite diskisyon. Moun san konprann toujou ap chache kont.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 4:7-8

Mezanmi, se pou nou yonn renmen lòt paske renmen sòti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kè yo, se pitit Bondye yo ye. Yo konnen ki moun Bondye ye.Moun ki pa gen renmen nan kè yo, yo pa konn Bondye, paske Bondye se renmen menm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 15:1-2

Nou menm ki fò nan konfyans nou nan Bondye, se pou nou ede sa ki fèb yo pote feblès yo. Nou pa dwe ap chache sa ki fè nou plezi sèlman.Okontrè, se pou nou chak chache fè frè parèy nou plezi pou byen l, konsa n'a fè l grandi nan konfyans li nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 11:12

Avili yon frè parèy ou, se bagay moun san konprann fè. Yon moun lespri konnen pou l pe bouch li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 3:17-18

Pou konmanse, moun ki gen bon konprann ki sòti nan Bondye a ap fè volonte Bondye, l'ap viv byen ak tout moun, l'ap respekte tout moun, l'ap tande rezon, l'ap gen kè sansib, l'ap fè anpil anpil byen, li pa nan de fas ni nan ipokrit.Moun k'ap chache pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, y'ap travay ak kè poze pou yo ka rekòlte yon lavi ki dwat devan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 21:23

Veye bouch ou ak lang ou, ou p'ap nan pwoblèm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 34:14

(15) Sispann fè sa ki mal. Fè sa ki byen! Chache jan pou nou viv byen ak moun. Fè tout sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:17-19

Si yon moun fè nou mal, pa chache fè l mal tou. Chache fè sa ki byen nan je tout moun.Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun, mezi nou kapab fè li.Mezanmi, pa tire revanj. Men kite kòlè Bondye fè travay li. Paske men sa ki ekri nan Liv la: Se mwen sèl ki gendwa tire revanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se Bondye menm ki di sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 18:19

Li pi fasil pou mete lapè nan yon gwo lavil pase pou ou rekonsilye de frè ki nan kont. Lè yo fache, kè yonn se pòt prizon pou lòt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:38-39

— Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di: yon je pou yon je, yon dan pou yon dan.Men mwen menm, men sa m'ap di nou: Pa tire revanj sou moun ki fè nou mal. Si yon moun ba ou yon souflèt sou bò dwat, ba li bò gòch la tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 24:29

Pa janm di li fè m, m'ap fè l tou. M'ap fè l peye sa li fè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 6:28

Mande benediksyon pou moun k'ap ban nou madichon. Lapriyè pou moun k'ap maltrete nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 4:29

Pa kite okenn move pawòl sòti nan bouch nou. Pale bon koze ki ka ede lòt yo grandi nan konfyans Bondye, koze ki ka ede yo lè yo nan move pa. Konsa, se yon byen n'a fè pou moun k'ap tande nou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 3:15-16

Sèl bagay, se pou nou toujou rekonèt se Kris la ki sèl Mèt nan lavi nou. Se pou nou toujou pare pou n'reponn chak fwa moun mande nou esplikasyon sou espwa nou gen nan nou an.Men, fè sa avèk dousè ak tout respè. Kenbe konsyans nou pwòp. Konsa, moun k'ap pale nou mal poutèt bon kondit nou gen nan Kris la, se yo menm ki va wont pou pawòl yo te di lè yo t'ap joure nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:12

Padonnen tou sa nou fè ki mal, menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 13:10

Moun awogan yo toujou ap pouse dife. Men, moun ki koute konsèy, se moun ki gen bon konprann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 4:6

Lè n'ap pale, di bagay ki pou fè yo kontan, ki pou enterese yo. Konn ki jan pou nou reponn chak moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 141:3

Senyè, mete yon mò nan bouch mwen. Veye pawòl k'ap sòti nan bouch mwen!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 6:1

Frè m' yo, si nou bare yon moun ap fè sa ki pa sa, nou menm ki nan limyè Bondye, se pou nou mete li nan bon chemen. Men, fè sa ak dousè. Epi veye kò nou pou nou pa tonbe nan tantsyon tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 2:10-11

Enben, lè nou menm nou padonnen yon moun pou mal li fè a, mwen menm tou mwen padonnen li. Lè mwen menm mwen padonnen li, — pou di vre, mwen pa gen anyen pou m padonnen non, — men, lè m fè sa, mwen fè l pou nou devan Kris la,pou nou pa bay satan okenn jwen pou li twonpe nou. Paske nou konnen byen sa li gen lide fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 25:15

Lè ou pa fè kòlè fasil, ou jwenn jwenn pou fè chèf la kwè sa ou vle. Konsa tou, ak pawòl dous, w'ap kraze tout antrav ou ta ka jwenn sou chemen ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:44

Men mwen menm, men sa mwen di nou: Renmen lènmi nou. Lapriyè pou moun k'ap pèsekite nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 15:4

Bon pawòl yon zanmi bay lavi. Men, move pawòl demanbre.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 1:26

Si yon moun kwè l'ap sèvi Bondye, pou anmenmtan li pa bride lang li, se tèt li l'ap twonpe. Sèvi Bondye jan sa a pa vo anyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:5

Se pou tout moun konnen nou se moun ki gen bon kè. Senyè a ap vini anvan lontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 16:32

Pito ou aji ak pasyans pase pou ou fè fòs sou moun. Pito ou konn kontwole tèt ou pase pou ou gwo chèf lame k'ap mache pran lavil.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 3:10-11

Paske: Si yon moun vle jwi lavi a, si l anvi pase kèk bon kadè sou latè, se pou l kenbe lang li pou l pa pale moun mal. Se pou l veye bouch li pou l pa bay manti.Se pou l sispann fè sa ki mal, se pou l fè sa ki byen. Se pou l chache viv byen ak moun. Se pou l fè sa li kapab pou li viv byen ak tout moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:21

Pa kite sa ki mal gen pye sou ou. Okontrè, fè sa ki byen pou n kraze sa ki mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 103:8-10

Senyè a gen kè sansib, li gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen nou.Li p'ap pase tout tan l ap pini nou, li pa ankòlè pou lontan.Li pa aji ak nou jan nou ta merite l la, li pa pini nou jan l ta dwe pini nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 18:7

Ala yon lapenn pou lèzòm! Pa manke bagay ki pou fè yo tonbe nan peche! Wi! se vre, bagay sa yo ap toujou la. Men, malè pou moun ki lakòz bagay sa yo rive!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 14:1

Se pou n resevwa byen moun ki fèb nan konfyans yo san nou pa bezwen diskite opinyon yo genyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 21:14

Lè yon moun fache sou ou, si ou ba li yon kado an kachèt, w'a fè l vin frèt. Wi, yon kado glise nan pòch li ap kase fe l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 8:9

Men, fè atansyon pou jan nou santi nou lib fè sa nou vle a sa pa fè yon lòt frè ki fèb nan konfyans li tonbe nan peche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 17:1

Jezi di disip li yo: — Ap toujou gen bagay k'ap fèt ki pou fè moun fè peche. Men, malè pou moun ki lakòz bagay sa yo rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 8:13

Pase pou yon manje fè frè m tonbe nan peche, mwen pito pa janm manje vyann ankò pou m pa fè frè m tonbe nan peche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 18:6

— Imajine moun ki ta fè tonbe nan peche yonn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen an! Franchman, prefere yo mare yon pwasenkant nan kou li, epi lage li nan fon lanmè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 145:8

Senyè a gen pitye pou nou. Li gen bon kè. Li pa fasil fè kòlè. Li p'ap janm sispann renmen nou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 19:19

Moun ki gen san wo ap peye konsekans zak li yo. Si ou wete l nan move pa a yon fwa, w'ap blije fè l pou li tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 12:36-37

M'ap di nou sa: Jou jijman an, moun gen pou rann kont pou tout pawòl yo di yo pat bezwen di.Paske, se dapre pawòl ou y'a jije ou: Se pawòl ou k'ap di si ou inonsan, osinon si ou koupab.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 6:7-8

Sa ki pi rèd, si nou ka gen pwosè yonn ak lòt, sa deja moutre jan nou pa bon menm. Poukisa nou pa asepte soufri lenjistis pito? Poukisa nou pa kite yo piye nou pito?Okontrè, mwen wè se nou menm k'ap fè lòt lenjistis, k'ap piye yo, epi ki moun n'ap fè sa, se pwòp frè nou nan Kris la!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 6:4

Kanta nou menm, manman ak papa, pa aji ak timoun nou yo yon jan pou eksite yo. Men, ba yo bon levasyon, korije yo, pale ak yo dapre prensip Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:21

Nou menm manman ak papa, pa pale twò rèd ak timoun yo pou sa pa dekouraje yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:11

— Benediksyon pou nou lè moun va joure nou, lè y'a pèsekite nou, lè y'a fè tout kalite manti sou nou paske se moun pa m nou ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 5:9

Frè m yo, pa plenyen yonn sou do lòt pou nou pa tonbe anba jijman Bondye. Men jij la la nan papòt la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 14:29

Moun ki pa fè kòlè fasil, se moun ki gen bon konprann. Men, moun ki gen san wo fè wè jan li sòt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 4:4

(5) Se pou nou tranble tèlman nou pè, se pou n sispann fè sa ki mal. Lè nou pou kont nou nan chanm nou, kalkile sou sa. Epi pe bouch nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 4:2-3

Pa janm vante tèt nou. Aji avèk dousè ak pasyans ak tout moun. Se pou nou yonn sipòte lòt avèk renmen nan kè nou.Sentespri a mete nou ansanm. Se pou nou fè tou sa nou kapab pou nou ka toujou fè yon sèl kò, pou nou viv ak kè poze ansanm yonn ak lòt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 10:19

Plis ou pale, plis ou ka peche. Lè ou gen bon konprann, ou kenbe bouch ou fèmen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 10:23-24

Nou gendwa fè nenpòt bagay. Se sa yo di, epi se vre. Men, tout bagay pa bon pou fèt. Nou gendwa fè tout bagay, men se pa tout bagay k'ap fè nou grandi nan konfyans nan Bondye.Piga pèsonn chache sa ki bon pou tèt pa l ase. Se pou l chache enterè lòt yo tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 14:10

Men ou menm, poukisa pou w'ap jije frè ou konsa? Ou menm, poukisa pou w'ap meprize frè ou konsa? Nou tout gen pou konparèt devan tribinal Bondye a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 2:23

Lè yo t'ap joure l, li pat reponn. Lè yo t'ap maltrete l, li pat mennase pèsonn. Men, li renmèt kòz li nan men Bondye k'ap jije tout bagay san patipri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 29:11

Lè moun fou ankòlè, li di sa ki vin nan bouch li. Men, moun ki gen bon konprann kontwole bouch li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 16:7

Lè yon moun ap viv yon jan ki fè Senyè a plezi, Senyè a ap fè ata lènmi l yo aji byen avè l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:11

Mwen sere pawòl ou nan kè mwen pou mwen pa peche kont ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 18:21

Sa ou di ka lavi pou ou, li ka lanmò pou ou. Sa ou chwazi, se sa w'ap jwenn.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:10

Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 13:34-35

Men, m'ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an.Si nou yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 2:10

Se moun ki renmen frè yo ki nan limyè a. Konsa, pa gen anyen nan yo ki ka fè yon lòt tonbe nan peche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 15:23

Ala kontan ou kontan lè ou jwenn yon bon repons pou ou bay! Ala bon sa bon lè ou jwenn yon pawòl ki tonbe daplon!

Chapit   |  Vèsyon Kopi

Lapriyè bay Bondye

Bondye mwen renmen anpil la, ou konnen tout vi m, pa gen anyen m ka kache devan je w. Depi anwo nan syèl la, w ap gade tout chemen m, ou konnen lè gen move panse k ap travèse kè m. Senyè, mwen bezwen ou ede m viv yon jan ki fè wè klèman lespri w ap travay nan mwen. Ede m padone chak jou, pou m pa kenbe okenn rankin nan kè m pou moun ki fè m mal. Okontrè, m ap priye pou w padone yo tou, pou w netwaye kè yo anba tout move bagay, pou yo ka jwenn mizèrikòd ak lanmou ou. Papa, anvan tout bagay, mwen mande w pwoteje kè mwen. Padone m si mwen te fè w lapenn ak pawòl mwen oswa ak panse mwen. Tanpri, kreye yon lòt kè nan mwen, yon kè ki fè w plezi, yon kè ki sanble ak pa w la. Mwen pa vle fè anyen ki ta ka fè w mal paske mwen renmen anpil lè w avè m, e mwen vle toujou rete bò kote w. Lespri Sen, gide m nan tout sa m ap fè. Fè mo Bondye a sèvi m fondasyon, pou m pa janm devye sou chemen ou trase pou mwen an. Nan non Jezi, Amèn.
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite