Chak jou nou tande move nouvèl sou sa k ap pase nan peyi a, men li enpòtan pou nou sonje Bondye ban nou yon zam pou n goumen ak sitiyasyon sa yo: lapriyè.
Jan Bib la di nan 2 Kwonik 7:14, si pèp mwen an, pèp ki pote non m nan, imilye yo devan m, lapriyè, chèche m epi vire do bay move chemen yo, m ap tande yo nan syèl la, m ap padone peche yo, epi m ap geri peyi yo a.
Li vrèman enpòtan pou n priye pou peyi nou, paske se atravè lapriyè nou Bondye ap pote gerizon pou nasyon nou an. Se atravè lapriyè nou n ap wè travay Bondye nan chak sitiyasyon difisil k ap pase nan peyi a.
Ann kòmanse deklare benediksyon sou peyi nou, ann sonje tout sa nou mare sou latè mare nan syèl la tou, epi tout sa nou lage sou latè lage nan syèl la tou. Ann sèvi ak pawòl nou pou beni epi pou pote chanjman nan tèritwa Bondye ban nou an.
Li lè pou n imilye nou devan Bondye pou pote chanjman nan peyi nou.
Travay pou fè zafè peyi kote Senyè a depòte nou an mache byen. Lapriyè Senyè a pou moun yo. Paske si sa bon pou yo, l'a bon pou nou tou.
M'ap ba ou anpil pitit pitit. Y'a tounen yon gwo nasyon. M'a beni ou. Y'a nonmen non ou toupatou. W'a sèvi yon benediksyon pou tout moun.
lè sa a si pèp ki pote non m lan lapriyè nan pye m, si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò.
Li kontwole sezon yo ak lè pou chak bagay rive. Se li ki desann wa yo, se li ki moute wa yo. Se li ki bay nèg save yo bon konprann ak nèg lespri yo konesans.
Lè pa gen bon dirijan, peyi a nan ka. Men lè gen moun k'ap bay bon konsèy, peyi a sove.
Li fè nasyon yo fè pwogrè, lèfini, li fè yo deperi. Li fè yon pèp pran elan, lèfini, li fè l disparèt.
Pyè pran lapawòl, li di: — Wi, kounyeya, mwen konprann sa se vre: Bondye pa gade sou figi moun. Li kontan ak tout moun nan tout nasyon ki gen krentif pou li epi ki fè sa ki dwat devan li.
Se pou tout moun soumèt anba otorite ki sou tèt yo. Paske nanpwen otorite ki pa soti nan Bondye. Epi tout otorite ki la, se Bondye ki mete yo.
Fè yo chonje se pou yo soumèt devan tout chèf ak tout otorite, pou yo obeyi yo, pou yo toujou pare pou fè tou sa ki byen.
Senyè a dirije lespri yon wa, menm jan li dirije yon kouran dlo nan kannal. Li mennen l kote li vle.
Ala bon sa bon lè yon peyi gen Senyè a pou Bondye li! Ala bon sa bon pou pèp li chwazi pou rele l pa l la!
Lè yon wa pa nan patipri, peyi a kanpe byen fèm. Men, depi yon chèf nan resevwa lajan sou kote, se fini l'ap fini ak peyi a.
Peye chak moun sa ou dwe yo. Peye enpo kote pou peye enpo. Peye taks kote pou peye taks. Gen krentif pou moun ou dwe gen krentif. Gen onè respè pou moun ou dwe gen onè respè.
Kounyeya, nou menm wa yo, manyè konprann. Nou menm k'ap dirije moun sou latè, manyè koute. Sèvi Senyè a avèk krentif, tranble nan tout kò nou,
Men Jezi te konnen sa ki te nan tèt yo, li di yo: — Si yon peyi gen divizyon pou yonn dozado ak lòt, peyi sa a p'ap kenbe lontan. Si gen divizyon nan yon vil osinon nan yon fanmi jouktan pou yo ap fè lagè yonn ak lòt, ni vil sa a, ni fanmi sa a pa la pou lontan.
Se pou nou bay chak moun respè li merite. Renmen tout frè nou yo, gen krentif pou Bondye, respekte wa a.
Pou konmanse, m'ap mande pou nou lapriyè Bondye pou tout moun. Fè l tout kalite demann pou yo, mande l padon pou yo, di l mèsi pou yo. Oneman ki bon pou yon fanm ki di l'ap sèvi Bondye se fè sa ki byen. Se pou medam yo, nan tout trankilite, enstwi tèt yo, avèk soumisyon. Mwen pmwen pa bay fanm dwa anseye, ni pran otorite sou gason. Se pou yo reterete yo dousman. Paske, se Adan Bondye te kreye anvan. Se apre li te fè Ev. Se pa te Adan Satan te twonpe. Se fanm lan li te twonpe fè li dezobeyi lòd Bondye. Men fanm lan va sove lè li vin manman, si li kenbe fèm nan konfyans li, nan renmen, si li rete tou senp epi apa pou Bondye. Se pou nou lapriyè pou chèf yo ak tout lòt moun ki gen otorite nan men yo, pou nou ka viv trankil ak kè poze nan sèvis Bondye a, ak yon konpòtman ki respektab sou tout pwen.
Lapriyè Bondye pou pa gen dezòd lavil Jerizalèm ankò. Se pou tout moun ki renmen ou yo viv ak kè poze. Se pou pa gen lagè sou ranpa lavil la. Se pou nan palè wa a tout moun viv ak kè poze.
Lè gen jistis nan yon peyi, sa leve peyi a. Men, peche lenjistis se yon wont pou yon nasyon.
(2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.
Mwen pral ban nou chèf ak majistra tankou sa nou te konn genyen tan lontan yo. Lè sa a, y'a rele lavil Jerizalèm: Vil lajistis, vil ki kenbe fèm nan Senyè a.
Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l mèsi tou lè n'ap lapriyè.
Ou te mèt wè mòn yo ap souke, ti mòn yo ap tranble, mwen p'ap janm sispann renmen ou. M'ap toujou kenbe kontra mwen te pase pou m te toujou byen avè ou la. Se Senyè ki renmen ou lan ki di ou sa.
(7) Eske ou p'ap ban nou lavi ankò, pou pèp ou ka fè fèt pou ou? (8) Senyè, fè nou wè jan ou renmen nou! Delivre nou non!
Lwanj pou Senyè a! Ala bon sa bon pou moun ki gen krentif pou Senyè a, ki pran tout plezi l nan fè sa li mande! Lè mechan wè sa, li move. Li manje dan l, kè l grenn. Tou sa mechan an t'ap tann lan pa rive. Pitit li yo va grannèg nan peyi a. Bondye ap toujou voye benediksyon sou pitit moun ki mache dwat devan li.
Se bèl bagay pou yon lavil lè li gen moun serye ladan l. Men, mechan yo ap detwi l ak lang yo.
M'ap mete lòt santiman nan kè nou. M'ap mete lòt lide nan tèt nou. M'ap wete tèt di nou an, m'ap fè nou tande lè m pale nou. M'ap mete Lespri m nan nou, konsa m'ap fè nou mache dwat dapre lòd mwen ban nou, pou nou fè tou sa mwen mande nou fè. N'a kenbe prensip mwen yo.
Se pou Senyè a rete sou mòn Siyon an pou l beni ou! Mwen mande l pou l fè ou wè lavil Jerizalèm rete kanpe jouk jou ou mouri.
(1b) Bondye, moutre wa a jan pou li dirije tankou ou! Li menm ki pitit wa a, ba li pouvwa pou li gouvènen jan ou vle a! Wa peyi Tasis ak wa zile yo va vin ofri l kado. Wa peyi Saba ak wa peyi Seba va pote kado ba li. Wa tout lòt peyi yo va soumèt devan li. Tout lòt peyi yo va sèvi l. L'a delivre pòv yo lè yo rele nan pye li. L'a delivre tout malere ki san sekou. L'a gen pitye pou pòv malere yo. L'a sove lavi tout moun ki nan bezwen. L'a delivre yo anba men moun k'ap peze yo, anba men moun k'ap fè yo mechanste. Lavi moun sa yo gen anpil valè pou li! Se pou wa a viv lontan! Y'a ba li lò ki sòti nan peyi Saba. Y'a toujou lapriyè pou li. Y'a mande pou Bondye beni li chak jou. Se pou jaden kouvri tout peyi a, jouk sou tèt mòn yo. Se pou yo donnen tankou jaden peyi Liban. Se pou lavil yo plen moun tankou zèb k'ap pouse nan jaden. Se pou yo pa janm bliye non li. Toutotan va gen solèy pou klere tè a, se pou y'ap nonmen non li. Se pou tout nasyon fè lwanj li. Se pou tout moun mande Bondye pou l beni yo menm jan li beni wa a. Fè lwanj Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Se li menm sèl ki ka fè bèl mèvèy sa yo. Fè lwanj li pou gwo pouvwa li. Se pou toupatou sou latè yo rekonèt gwo pouvwa li. Wi, se vre! Amèn! Konsa, l'a gouvènen pèp ou a san patipri, l'a gouvènen malere ou yo jan sa dwe fèt. Avèk sòm sa a, nou fini ak lapriyè David, pitit Izayi a, te fè. Nan tout mòn peyi a, moun va viv byen yonn ak lòt. P'ap gen lenjistis nan okenn ti mòn peyi a. Wa a va defann kòz malere ki nan peyi a. L'a wete pitit pòv malere yo nan mizè yo ye a. L'a kraze moun k'ap peze pèp la.
Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè yo, pou yonn ka ankouraje lòt nan sa ki byen. Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, kounyeya pi plis pase anvan, paske nou wè jou Senyè a ap pwoche.
Lè sa a, si nou lapriyè nan pye m, m'a reponn nou. Si nou rele m, m'a di men mwen! Si nou rache tout mechanste nan kè nou voye jete, si nou sispann kraponnen moun, si nou sispann pale moun mal,
Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.
Senyè, fè m konnen jan ou vle m viv la! Moutre m nan ki chemen ou vle pou m mache a! Moutre m sa pou m fè pou m viv yon jan ki konfòm ak verite ou la, paske se ou menm ki delivrans mwen. Se sou ou mwen konte tout jounen.
Nou menm ki deja resisite ak Kris, se pou nou chache bagay ki nan syèl la kote Kris chita adwat Bondye. Kounyeya, nou tounen yon lòt kalite moun, n'ap chanje jouk n'a rive sanble ak Bondye ki kreye nou an pou n te ka konnen l nèt. Se sa k fè, pa gen moun ki jwif ak moun ki pa jwif ankò, pa gen moun ki sikonsi ak moun ki pa sikonsi ankò, pa gen moun ki etranje, ni moun ki bèt, pa gen moun ki esklav ak moun ki pa esklav. Se Kris la ki tout, se li ki nan nou tout. Nou tout nou fè pati pèp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n ka viv pou li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n aji byen yonn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans. Se pou nou yonn sipòte lòt, pou nou yonn padonnen lòt si nou gen kont yonn ak lòt. Wi, se pou yonn padonnen lòt, menm jan Kris la te padonnen nou. Men, anvan tout bagay, se pou nou gen renmen ki tankou yon kòd k'ap mare nou ansanm yonn ak lòt. Se pou nou viv byen yonn ak lòt, jan Kris la vle l la. Paske, Bondye rele nou pou nou viv byen yonn ak lòt pou nou ka fè yon sèl kò. Toujou chonje sa li fè pou nou. Se pou pawòl Kris la ak tout richès li yo rete fèm nan lavi nou. Se pou nou yonn aprann nan men lòt, se pou yonn konseye lòt ak anpil konprann. Se pou nou chante sòm, kantik ak tout lòt chante legliz pou di Bondye mèsi ak tout kè nou. Tou sa n'ap fè, tou sa n'ap di, fè l nan non Senyè Jezi a, san nou pa janm bliye di Bondye mèsi nan li. Nou menm medam, soumèt devan mari nou paske se konsa pou moun ki kwè nan Senyè a aji. Nou menm mari, renmen madanm nou. Pa fè move jan ak yo. Pa kite bagay ki sou latè pran tèt nou, mete lide nou sou bagay ki anwo nan syèl la.
W'a fin fè sa ou te konmanse fè pou mwen an. Senyè, ou p'ap janm sispann renmen nou. Pa vire do ou kite travay ou konmanse fè a!
Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.
Se poutèt sa kè nou pa sote devan Bondye. Nou konnen l'ap koute nou si nou mande l kichòy ki dakò ak volonte li. Konsa, non sèlman nou konnen l'ap koute nou lè nou fè l yon demann, men nou konnen tou l'ap ban nou sa nou mande l la.
Lè se moun serye ki chèf, pèp la kontan. Men, lè se yon mechan k'ap gouvènen, pèp la nan lapenn.
(11) Lè sa a nan peyi a, moun yo yonn va renmen lòt, pèsonn p'ap bay lòt manti ankò. Moun va viv byen yonn ak lòt, pèsonn p'ap fè lòt lenjistis ankò!
Yo gen pou yo rebati sou anplasman vye lavil yo. Y'a repare kay moun yo te bandonnen depi lontan. Y'a rebati lavil ki te fin kraze yo, kay ki te fin tounen mazi depi lontan yo.
Moun ki rete anba pwoteksyon Bondye ki nan syèl la, Moun ki kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a okenn malè p'ap rive ou, okenn mechan p'ap ka pwoche bò kote kay ou. Bondye ap pase zanj li yo lòd pou yo veye sou ou, pou yo pwoteje ou kote ou pase. Y'ap pote ou nan men yo, pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch. W'ap mache sou lyon ak sou sèpan, w'ap kraze jenn ti lyon yo ak eskòpyon yo anba pye ou. Bondye di: M'ap sove moun ki renmen mwen, m'ap pwoteje moun ki konnen mwen. Lè l rele m, m'ap reponn li. Lè l nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l, m'ap fè yo respekte l. M'ap fè l viv lontan, m'a fè l wè jan m'ap delivre l. yo ka di Senyè a: — Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.
Senyè a bon, li pa nan patipri, li moutre moun k'ap fè sa ki mal yo jan pou yo viv. Li pran men moun ki soumèt devan l yo, li fè yo mache nan bon chemen an, li moutre yo jan li vle pou yo viv la.
Sonde m, Bondye! Wè tou sa ki nan kè m! Fouye m! Wè tou sa ki nan lide m! Gade wè si m sou yon move chemen. Mennen m sou chemen ki la pou tout tan an.
Pa lage okenn pati nan kò nou nan peche, pou peche a pa sèvi avè l pou fè sa ki mal. Okontrè, tankou moun ki delivre anba lanmò epi k'ap viv, ann lage kò nou nan men Bondye. Wi, mete tout pati nan kò nou nan men Bondye pou l ka sèvi ak yo pou fè sa ki byen.
Konsa, n'a viv jan Bondye vle l la, n'a toujou fè sa ki fè l plezi. N'a fè tout kalite bon bagay, n'a grandi nan konesans Bondye.
Lwanj pou Bondye! Mèsi Bondye! Ou pat kite m lapriyè pou gremesi. Ou pat refize fè m wè jan ou gen bon kè.
Lè n'ap pase sou lanmè, m'ap kanpe la avèk nou. Lè n'ap janbe gwo dlo, dlo a p'ap bwote nou ale. Lè n'ap mache nan mitan dife, dife p'ap boule nou. Flanm dife a p'ap fè nou anyen.
Mwen di Bondye mwen an mèsi pou nou chak fwa lide m frape sou nou. Batay n'ap mennen an, se menm batay la m'ap mennen tou. Se menm batay nou te wè m'ap mennen nan tan lontan an. Se li menm m'ap mennen jouk kounyeya, jan nou konnen an. Chak fwa m'ap lapriyè tou pou nou, mwen fè l ak kè kontan, poutèt jan nou te ede m gaye bòn nouvèl la, depi premye jou a jouk kounyeya.
(2) Mwen te mete tout espwa m nan Senyè a. Li te panche zòrèy li bò kote m, li te tande m lè m t'ap rele. (11) Mwen pat manke pa di jan ou fè nou gras, jan ou bay moun sekou. Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, mwen pat manke pa di jan ou renmen nou, jan ou toujou kenbe pawòl ou. (12) Senyè, ou pa janm sispann gen pitye pou mwen. W'ap toujou pwoteje m, paske ou renmen m. Ou p'ap janm lage m. (13) Kote m vire, malè tonbe sou mwen. Mwen pa ka konte yo. Peche m yo twòp pou mwen. Mwen pa k'ap sipòte yo. Yo pi plis pase cheve nan tèt mwen. Mwen pèdi tout kouray mwen. (14) Senyè, tanpri, delivre m non! Prese vin pote m sekou, Senyè. (15) Moun k'ap chache touye m yo, se pou yo tout wont, se pou yo pa ka leve tèt yo. Moun ki anvi wè malè rive mwen, se pou yo renka kò yo, se pou yo wont. (16) Moun k'ap lonje dwèt sou mwen yo, se pou sezisman pran yo tèlman yo wont. (17) Men, tout moun ki vin jwenn ou, se pou yo kontan, se pou yo fè fèt. Tout moun ki renmen jan ou delivre yo a, se tout tan pou yo di: — Senyè a gen gwo pouvwa! (18) Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye. Men ou menm ki mèt mwen, pa bliye m. Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen. Bondye mwen, pa mize! (3) Li rale m sòti nan twou kote m t'ap peri a, nan gwo m'a labou a. Li mete m sou gwo wòch la, li fè m kanpe dwat ankò. (4) Li mete yon chante tou nèf nan bouch mwen, yon chante pou m fè lwanj Bondye nou an. Anpil moun, lè yo wè sa, yo pral pè, y'a mete konfyans yo nan Senyè a.
Si yon manm nan kò a ap soufri, tout lòt yo ap soufri avè l tou. Si yon manm resevwa lwanj, tout lòt yo kontan avèk li.
Pou fini, chache fòs nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Senyè a ak nan gwo pouvwa li. Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan.
Pandan n'ap tann lan, fè kè n kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè.
(3) Se poutèt sa, nou te mèt wè tè a ap tranble, nou te mèt wè mòn yo ap chavire tonbe nan mitan lanmè, nou pa bezwen pè anyen.
Senyè, ou se yon Bondye ki gen pitye pou nou, yon Bondye ki gen bon kè. Ou pa fasil fè kòlè, ou p'ap janm sispann renmen nou, ou toujou kenbe pawòl ou!
Mande moun ki gen anpil byen sou latè a pou yo pa kite lògèy vire tèt yo. Piga yo mete espwa yo nan richès sa yo ki pa sèten. Se pou yo mete espwa yo nan Bondye ki ban nou tout bagay an kantite pou nou ka gen jwisans yo.
L'ap bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen. Li tande lè y'ap rele l, l'ap delivre yo.
M'ap voye benediksyon mwen sou tout moun ki va mande benediksyon pou ou. Men, m'ap madichonnen tout moun ki va ba ou madichon. Gremesi ou, tout nasyon sou latè va jwenn benediksyon.
Se tout tan Senyè a va moutre nou chemen pou nou pran, l'a rafrechi nanm nou nan tan chechrès. L'a ban nou fòs ak kouray. N'a tankou yon jaden ki byen wouze, tankou yon sous dlo ki pa janm chèch.
Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a. Yo rete konsa, epi tè a pran tranble byen fò. Yon zanj Bondye desann sòti nan syèl la, li vini, li woule wòch la sou kote, lèfini li chita sou li. Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.
Louvri bouch ou pale pou moun ki pa ka pale pou tèt yo. Defann kòz moun ki san sekou yo. Pale pou yo. Pa fè patipri. Defann kòz malere yo ak endijan yo.
Pou fini, frè m yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont.
Kounyeya, paske nou gen konfyans nan Bondye, Bondye fè nou gras, n'ap viv san kè sote ak Bondye, gremesi Jezikri, Senyè nou an.
Men, tout zam y'a fè pou sèvi kont ou yo p'ap fè ou anyen. W'a gen repons nan bouch ou pou tout moun ki va akize ou nan tribinal. Se sa m'ap fè pou tout sèvitè m yo. Se mwen k'ap defann kòz yo. Se Senyè a menm ki di sa!
Sa te fèt konsa pou moun ki pa jwif yo te ka rive resevwa benediksyon Bondye te pwomèt Abraram lan gremesi Jezikri, pou nou tout te ka resevwa Lespri Bondye te pwomèt la, paske nou te mete konfyans nou nan li.
Lè l rele m, m'ap reponn li. Lè l nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l, m'ap fè yo respekte l.
Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou!
Mwen pa wont levanjil la. Li se yon pisans Bondye ki la pou delivre tout moun ki kwè: jwif yo anpremye, epi moun lòt nasyon yo apre sa.
Paske ou pran Senyè a pou defans ou, paske ou pran Bondye ki anwo nan syèl la pou pwoteksyon ou,
Chache gen konesans, se premye bagay yon nonm lespri dwe fè. Nenpòt kisa ou ka genyen, bay li pou ou vin gen konprann.
Se sa k fè, kit n'ap manje, kit n'ap bwè, nenpòt kisa n'ap fè, fè l pou sa sèvi yon lwanj pou Bondye.
Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou.
Menm lè mwen nan gwo tèt chaje, ou pa kite m mouri. Ou leve men ou pou rete lènmi m yo ki ankòlè. Ou sove m avèk fòs ponyèt ou.
nenpòt malè ki ta ka tonbe sou yo pou pini yo: te mèt lagè, te mèt chatiman, te mèt move maladi osinon grangou, y'ap vin kanpe devan ou, devan Tanp sa a, paske se nan Tanp sa a ou ye. Nan tout mizè yo, y'a lapriyè nan pye ou. W'a tande yo, w'a delivre yo.
(15) W'ap gouvènen tout bagay avèk jistis san patipri. Nan tout sa w'ap fè ou pa janm bliye jan ou renmen nou. W'ap toujou kenbe pwomès ou te fè nou yo.
Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fòtèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.
Senyè, chonje jan ou gen kè sansib, chonje jan ou renmen nou depi nan tan lontan. Pa chonje peche ak fòt mwen te fè lè m te jenn. Senyè, jan ou renmen m sa a, jan ou gen bon kè, tanpri, pa bliye m!
M'ap mande Bondye, Senyè nou an Jezikri, papa ki gen tout pouvwa a, pou li ban nou Lespri bon konprann pou moutre nou sa Bondye ap devwale nou an pou nou ka rive konnen li byen. Mwen mande l pou l louvri lespri nou, pou nou ka konnen kisa n'ap tann nan men Bondye ki rele nou an, ki vle di eritaj Bondye pwomèt l'ap bay moun ki pou li yo, yon eritaj ki rich anpil, ki bèl anpil.