Vèsè Biblik

- Piblisite -


51 Vèsè Biblik sou Zanmi ak Konpayon

51 Vèsè Biblik sou Zanmi ak Konpayon

Zanmi nou yo, se moun n ap pataje bon moman ak moman difisil yo avèk yo. Jezi te di: "Mwen p'ap rele nou sèvitè ankò, paske yon sèvitè pa konnen sa mèt li ap fè. M'ap rele nou zanmi, paske mwen fè nou konnen tou sa Papa m' te moutre m'" (Jan 15:15).

Fòk ou toujou sensè e fidèl ak zanmi w yo. Se konsa rapò w avèk yo ap pi solid e pi vre.

Vrè zanmi se moun ki la pou ou lè w nan pi gwo pwoblèm ou yo, lè w plis bezwen yon moun bò kote w.

Anpil moun di yo zanmi w lè tout bagay ap mache byen pou ou. Men, vrè amitye a parèt lè ou malad, lè w gen pwoblèm ekonomik, oubyen lè w pèdi yon moun ou renmen.

Yon bon zanmi renmen w tout tan, l'ap tankou yon frè oubyen yon sè pou ou lè lavi a frape w. Jan Pwovèb 17:17 di a: "Yon zanmi renmen tout tan, e se yon frè ki fèt pou jou malè."




Pwovèb 17:17

Yon bon zanmi p'ap janm trayi. Jou malè l'ap tankou yon frè pou ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Eklezyas 4:9

Lè ou gen yon lòt moun avèk ou, li pi bon pase lè ou pou kont ou, paske ansanm nou bay pi bon rannman nan travay nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 6:10

Se sa k fè, toutotan nou jwenn okazyon, ann fè byen pou tout moun, sitou pou frè ak sè nou yo ki gen menm konfyans ak nou nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 18:24

Gen zanmi se pran yo vin pran. Men, gen zanmi tou yo plis pase frè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 17:9

Si ou vle moun renmen ou, padonnen lè yo fè ou mal. Si w'ap mache repete bagay moun fè ki mal, w'ap mete zanmi dozado.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 3:8

Pou fini, nou tout nou dwe dakò yonn ak lòt, se pou nou gen menm santiman yonn pou lòt. Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak sè, se pou nou gen bon kè, san lògèy.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 15:13

Pa gen pi bon jan pou ou moutre jan ou renmen zanmi ou pase lè ou bay lavi ou pou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 133:1

(1b) Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè ap viv ansanm!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Eklezyas 4:10

Si yonn tonbe, lòt la va ba l men pou l leve. Men, malè pou moun k'ap viv pou kont li! Si l tonbe, p'ap gen moun pou ba l men.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 4:7

Mezanmi, se pou nou yonn renmen lòt paske renmen sòti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kè yo, se pitit Bondye yo ye. Yo konnen ki moun Bondye ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 16:28

Ipokrit toujou ap pouse dife. Moun k'ap fè tripotay mete zanmi dozado.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jòb 6:14

Nan tray m'ap pase kounyeya, mwen bezwen bon zanmi ki pou soutni m, menm si mwen ta vire do bay Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 13:20

Fè zanmi ak moun ki gen konesans, ou menm tou w'a vin gen konesans. Fè zanmi ak moun ki san konprann, ou nan pwoblèm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 6:31

Tou sa nou va vle lòt moun fè pou nou, fè l pou yo tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 19:4

Lè ou gen lajan, ou toujou gen zanmi. Men lè ou pòv, dènye zanmi vire do ba ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 27:9

Losyon ak lwil santi bon bay kè kontan. Konsèy yon bon zanmi remoute kouray.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 15:14-15

Nou tout, se zanmi m nou ye depi nou fè sa m mande nou fè.Mwen p'ap rele nou domestik, paske yon domestik pa konnen sa mèt li ap fè. M'ap rele nou zanmi paske mwen fè nou konnen tou sa Papa a te moutre mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 27:10

Pa janm bliye zanmi ou, ni zanmi papa ou. Lè zafè ou pa bon, pa al lakay frè ou. Yon bon vwazen pi bon pase yon frè ki lwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 6:2

Se pou nou yonn ede lòt pote chay yo. Se konsa n'a obeyi lalwa Kris la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 12:26

Moun ki mache dwat ap toujou moutre zanmi l bon chemen. Men, mechan an ap fè yo pèdi chemen yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:10

Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 10:24

Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè yo, pou yonn ka ankouraje lòt nan sa ki byen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Eklezyas 4:9-10

Lè ou gen yon lòt moun avèk ou, li pi bon pase lè ou pou kont ou, paske ansanm nou bay pi bon rannman nan travay nou.Si yonn tonbe, lòt la va ba l men pou l leve. Men, malè pou moun k'ap viv pou kont li! Si l tonbe, p'ap gen moun pou ba l men.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 25:17

Konsa tou, pa al rann vizit twò dri lakay zanmi ou, pou li pa bouke avè ou, pou l pa rayi ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Samyèl 20:17

Jonatan fè David pwomèt li ankò l'ap toujou renmen l, paske li menm Jonatan li te renmen David tankou li renmen pwòp tèt pa li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 2:23

Se konsa, pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, epi Bondye fè l gras. Se sa k fè yo te rele Abraram zanmi Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 27:17

Menm jan fè file fè, konsa tou pou moun, yonn aprann nan men lòt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 19:20

Koute konsèy y'ap ba ou. Louvri zòrèy ou pou aprann. Konsa w'a gen bon konprann jouk ou mouri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 27:6

Zanmi rale zòrèy ou pou byen ou, men lènmi pase men nan kou ou pou woule ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 22:24-25

Pa fè zanmi ak moun ki ankòlè fasil. Pa mache ak moun ki gen san wo.W'a pran move mès yo. W'a rale malè sou ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 33:11

Senyè a te konn pale fasafas ak Moyiz tankou yon moun k'ap pale ak zanmi l. Apre sa, Moyiz te tounen nan kan kote pèp la te enstale a. Men, te gen yon jenn gason yo te rele Jozye, pitit gason Noum lan, ki t'ap sèvi ak Moyiz. Li menm, li pat janm kite tant lan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 15:33

Piga nou twonpe tèt nou: move zanmi gate bon levasyon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Samyèl 1:23

Sayil ak Jonatan, yonn te renmen lòt! Toujou ansanm nan lavi, ansanm ansanm tou nan lanmò! Pi veyatif pase malfini, pi vanyan pase lyon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 5:11

Se poutèt sa, annou yonn ankouraje lòt, yonn ede lòt, jan nou deja ap fè l la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Zakari 13:6

Si yon moun mande l: Poukisa tout mak blese sa yo sou ponyèt ou? L'a reponn: Se kay yon zanmi sa rive m.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jòb 42:10

Apre Jòb te fin lapriyè pou twa zanmi l yo, Senyè a mete l kanpe ankò. Tout zafè l vin mache byen ankò. Lèfini, Senyè a ba li de fwa lavalè tou sa li te genyen anvan an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Samyèl 18:1

Lè David fin pale ak Sayil, kè Jonatan, pitit gason Sayil la, vin louvri pou David. Li vin renmen l tankou li renmen tèt pa li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 1:3-5

Mwen di Bondye mwen an mèsi pou nou chak fwa lide m frape sou nou.Chak fwa m'ap lapriyè tou pou nou, mwen fè l ak kè kontan,poutèt jan nou te ede m gaye bòn nouvèl la, depi premye jou a jouk kounyeya.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 25:14

Senyè a, se zanmi moun ki gen krentif pou li. Li fè yo konnen kontra li pase ak yo a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 15:5-6

Se pou Bondye ki bay pasyans ak ankourajman an fè nou viv byen yonn ak lòt, pou nou ka swiv egzanp nou jwenn nan Jezikri.Konsa, n'a mete kè nou ak bouch nou ansanm pou fè lwanj Bondye, papa Jezikri, Senyè nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 10:24-25

Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè yo, pou yonn ka ankouraje lòt nan sa ki byen.Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, kounyeya pi plis pase anvan, paske nou wè jou Senyè a ap pwoche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 4:8

Anvan tout bagay, se pou nou yonn renmen lòt anpil. Paske, lè nou renmen, sa fè Bondye padonnen anpil peche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 18:20

Paske, chak fwa de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen, m'ap la nan mitan yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 41:9

(10) Ata pi bon zanmi m lan, moun mwen te fè konfyans anpil la, moun ki te konn manje nan menm plat avè m lan, ata li menm, li trayi m.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 55:13-14

(14) Men, se ou menm, kanmarad mwen, yon bon zanmi m ki te konn tout ti zafè m.(15) Nou te konn fè ti koze nou ansanm. Nou te konn al lakay Bondye a ansanm ak foul moun yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:15

Fè kè n kontan ak moun ki kontan, kriye ak moun k'ap kriye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Samyèl 18:1-3

Lè David fin pale ak Sayil, kè Jonatan, pitit gason Sayil la, vin louvri pou David. Li vin renmen l tankou li renmen tèt pa li.Depi jou sa a, Sayil fè David rete ak li, li pa kite l tounen lakay papa l ankò.Jonatan mare zanmi ak David pou tout tan, paske li te renmen l tankou li te renmen tèt pa li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 2:1-2

Konsa, si se nan Kris la nou jwenn fòs kouray nou tout bon vre, si se renmen li renmen nou an ki ban nou ankourajman tout bon vre, si Sentespri l rete nan kè nou tout bon vre, si tout bon vre nou yonn renmen lòt, si nou sansib yonn pou lòt,enben, men sa m'ap mande nou: Fè kè m kontan nèt. Se pou nou viv byen yonn ak lòt, se pou nou yonn renmen lòt menm jan an, pou nou tout gen yon sèl lide nan tèt nou ak yon sèl santiman nan kè nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 1:11-12

Se pa ti anvi mwen pa anvi wè nou pou m separe ak nou kèk benediksyon Bondye ban mwen, pou n kapab vin pi fèm.Mwen vle di pito, pou m ta la nan mitan nou, pou yonn kapab ankouraje lòt ak konfyans nou gen ansanm nan menm Bondye a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 15:4

Li meprize tout moun Bondye vire do bay, men, li respekte tout moun ki gen krentif pou Senyè a. Li toujou kenbe pawòl li, menm si sa koute l chè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 4:2-3

Pa janm vante tèt nou. Aji avèk dousè ak pasyans ak tout moun. Se pou nou yonn sipòte lòt avèk renmen nan kè nou.Sentespri a mete nou ansanm. Se pou nou fè tou sa nou kapab pou nou ka toujou fè yon sèl kò, pou nou viv ak kè poze ansanm yonn ak lòt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi

Lapriyè bay Bondye

Bondye Papa mwen, mwen adore w, mwen leve non w byen wo! Mèsi Bondye pou zanmi ou mete sou wout mwen yo. M'ap mande w beni lavi yo, beni fanmi yo tou. Chak jou, souple ranfòse lyen lanmou ki ini nou, menm jan ak David ak Jonatan. Pawòl ou di: "Si yon moun vle gen zanmi, fòk li montre li se yon zanmi." Senyè, nan moman difisil, nan move tan, yo montre yo se bon zanmi vre. Lè anpil moun te vire do ban mwen, yo menm yo te rete bò kote m'. Papa, ede mwen, ban mwen sajès pou mwen pran swen amitye sa a, pou mwen ba li valè. Pwoteje kè mwen, pou pa gen anyen ki sal li, pou pa gen anyen ki kraze bèl amitye sa a. Nan non Jezi. Amèn.
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite