Biblia Todo Logo
Vèsè Biblik
- Piblisite -


146 Vèsè Biblik sou Pouvwa Lafwa

146 Vèsè Biblik sou Pouvwa Lafwa


Ebre 11:1

Lè yon moun di li gen konfyans nan Bondye, sa vle di li sèten li gen pou li resevwa sa l'ap tann lan. Li gen konviksyon bagay nou pa ka wè ak je nou, yo egziste tout bon vre.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 17:20

Jezi di yo: — Se paske nou manke konfyans nan Bondye. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si nou te gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di ti mòn sa a: wete kò ou la, al laba, li ta chanje plas. Pa gen anyen nou pa ta kapab fè. [

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 10:17

Konsa, se lè ou tande mesay la ou vin gen konfyans. Mesay la, se pawòl Kris la y'ap anonse.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 11:24

Se pou sa mwen di nou: Tou sa n'ap mande lè n'ap lapriyè, si nou gen fèm konviksyon nou resevwa l deja, n'a wè sa rive vre.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 5:7

Si n'ap mache, nou p'ap mache dapre sa nou wè, men dapre sa nou kwè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 2:8

Se paske li renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa sòti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:13

Nenpòt sitirasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m, gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouray.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 1:6

Men, se pou li mande ak konfyans, san l pa gen doutans. Paske, moun ki gen doutans, li tankou lanm lanmè van ap boulvèse.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 1:17

Bon nouvèl sa a fè nou wè ki jan Bondye fè moun gras. Travay sa a, li konmanse ak konfyans moun gen nan Bondye, li fini nan menm konfyans la tou, jan sa te ekri a: Moun Bondye fè gras paske li gen konfyans nan Bondye, se li menm ki va gen lavi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 2:20

Se sa ki fè, viv m'ap viv koulyeya, se pa mwen k'ap viv, men se Kris k'ap viv nan mwen: Lavi sa a m'ap viv la, m'ap viv li nan konfyans mwen gen nan Pitit Bondye a ki sitèlman renmen mwen, li bay lavi li pou mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 21:22

Si nou gen konfyans nan Bondye, n'a resevwa tou sa n'a mande l lè n'ap lapriyè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 11:6

Nou konnen pèsonn pa ka fè Bondye plezi si li pa gen konfyans nan Bondye. Moun ki vle pwoche bò kote Bondye, se pou yo kwè gen yon Bondye, yon Bondye k'ap rekonpanse tout moun k'ap chache li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 1:8-9

Nou renmen l, atout nou pa te wè l. Nou gen konfyans nan li, atout nou pa wè l kounyeya. Konsa, nou kontan ak yon kontantman nou pa ka esplike men ki merite lwanj, paske nou jwenn sa nou t'ap chache lè nou te kwè a: delivrans pou nanm nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 4:20-21

Non, li pat pèdi konfyans nan Bondye, li pat janm mete nan tèt li pwomès Bondye a te ka pa rive. Okontrè, li te vin gen plis konfyans toujou. Epi li t'ap chante lwanj Bondye. Li te gen fèm konviksyon Bondye te gen pouvwa pou l te fè sa l te pwomèt la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 37:5

Renmèt kòz ou nan men Senyè a! Mete konfyans ou nan li, l'a ede ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 5:4

Paske, depi se pitit Bondye ou ye, ou kapab genyen batay la sou lemonn. Men ki jan nou fè genyen batay la sou lemonn, se paske nou gen konfyans nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 17:5

Apòt yo di Jezi: — Fè nou gen plis konfyans non.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 91:2

yo ka di Senyè a: — Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 46:10

(11) Li di: — Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap donminen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap donminen sou tout latè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 5:1-2

Kounyeya, paske nou gen konfyans nan Bondye, Bondye fè nou gras, n'ap viv san kè sote ak Bondye, gremesi Jezikri, Senyè nou an. Nou te lènmi ak Bondye lè Pitit Bondye a mouri pou l te fè nou byen ak Bondye ankò. Kounyeya nou se zanmi Bondye, nou pa bezwen mande si lavi Pitit Bondye a p'ap delivre nou. Epi se pa sa sèlman. Nou jwenn tout plezi nou nan Bondye, gremesi Jezikri, Senyè nou an, ki fè nou byen ak Bondye ankò depi kounyeya. Se poutèt yon sèl moun kifè peche antre nan lemonn. Peche louvri pòt bay lanmò. Se konsa, lanmò vin pou tout moun, paske tout moun peche. Peche te deja nan lemonn bèldriv anvan lalwa Moyiz la. Men paske pa te gen lalwa, Bondye pa te pran sanksyon kont peche. Men, sòti nan tan Adan rive nan tan Moyiz, lanmò te donminen sou tout moun, malgre yo pat fè peche tankou Adan ki te dezobeyi Bondye. Adan, se te pòtre moun ki te gen pou vini an. Men, peche Adan an pa menm bagay ak kado Bondye bay pou gremesi a. Se fòt yon sèl moun ki lakòz yon bann lòt moun mouri. Men, favè Bondye a gen plis pouvwa toujou. Gremesi yon sèl moun, Jezikri, Bondye bay anpil moun yon kado ki pi gwo toujou. Gen yon lòt diferans ankò ant kado Bondye a ak konsekans peche Adan an. Apre yon sèl moun te fin peche, lè yo jije moun, yo tout tonbe anba kondannasyon. Men, apre tout kantite peche moun fè, Bondye fè yo yon favè, li fè yo gras. Se vre wi. Poutèt peche yon sèl moun, lanmò te donminen akòz li menm sèlman. Men, gremesi yon sèl moun tou, Jezikri, nou jwenn plis toujou: tout moun ki resevwa favè Bondye a an kantite, tout moun ki resevwa kado Bondye a lè li fè yo gras, yo gen pou yo viv, pou yo donminen akòz Kris la. Se sa k fè menm jan fòt yon sèl moun lakòz tout moun kondannen, konsa tou gremesi yon sèl moun ki mache dwat devan Bondye, tout moun delivre anba jijman kondannasyon, yo jwenn lavi. Si dezobeyisans yon sèl moun lakòz yon foul moun peche, konsa tou, obeyisans yon sèl moun lakòz Bondye va fè anpil moun gras. Paske nou gen konfyans nan li, Jezi fè nou antre nan favè Bondye. Epi n'ap kenbe fèm kote nou kanpe a. Nou pa manke kontan paske nou gen espwa resevwa pa nou nan pouvwa Bondye a ansanm avèk li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 9:22

Jezi vire tèt li, li wè fanm lan. Li di l konsa: — Pran kouray, mafi. Konfyans ou nan Bondye ap geri ou. Menm lè a, fanm lan geri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 8:48

Jezi di li: — Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Ale ak kè poze.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 10:23

Ann kenbe espwa nou genyen an byen fèm. Paske, nou mèt sèten, Bondye ap kenbe pwomès li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 15:13

Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 3:11

Lalwa pa kapab fè Bondye fè pèsonn gras. Se bagay ki klè. Men sa ki ekri nan Liv la: Moun Bondye fè gras paske yo gen konfyans nan li, se yo menm ki va gen lavi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 12:2

Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou sòti, se li menm tou k'ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fè l soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske li te toujou chonje apre l te fin soufri a, Bondye t'ap fè kè l kontan. Kifè kounyeya li chita sou bò dwat fòtèy Bondye a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 6:12

Mennen batay pou lafwa a byen. Kenbe lavi ki p'ap janm fini an fèm. Paske, se Bondye menm ki te rele ou pou ou te konnen lavi sa a, lè ou te byen pale devan yon bann temwen, pou fè konnen jan ou gen lafwa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 118:8-9

Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Senyè a pase pou l mete konfyans li nan moun. Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Senyè a pase pou l konte sou chèf.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 9:28-29

Lè Jezi rive nan kay la, avèg yo pwoche bò kote li. Jezi di yo: — Eske nou kwè mwen ka fè sa pou nou? Yo reponn li: — Wi, Mèt. Lè sa a, li manyen je yo, li di: — Se pou sa fèt pou nou jan nou kwè l la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 5:15

Lè lapriyè a fèt ak konfyans, li va delivre malad la. Senyè a va fè l leve gaya. Si li te fè kèk peche, Bondye va padonnen li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:30

Mwen pran desizyon pou m swiv verite a. M'ap kenbe jijman ou yo devan je mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 6:16

Toujou pran konfyans nou gen nan Bondye a tankou yon defans ki va penmèt nou pare tout flèch Satan an ap voye tou limen sou nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 16:13

Pa bliye kò nou. Kenbe fèm nan konfyans nou. Mete kouray sou nou. Pa moutre nou fèb.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 1:24

Mwen p'ap chache fòse nou kwè anyen, paske nou deja kanpe fèm nan lafwa. Men, mwen ta renmen travay ansanm ak nou pou fè kè nou kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 40:31

Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 4:5

Okontrè, moun ki pa fè okenn travay pou yo dwe li kichòy, men ki mete konfyans li nan Bondye sèlman, Bondye k'ap fè tout moun ki meprize l yo gras, ap fè moun sa yo gras tou paske yo mete konfyans yo nan li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 1:12

Se poutèt li tou m'ap sibi tout soufrans sa yo. Men, mwen pa wont paske mwen konnen nan ki moun mwen mete konfyans mwen. Mwen sèten li gen pouvwa pou l konsève sa l te ban mwen an jouk gran jou a va vini.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 27:3

Menm si yon lame moun ta sènen mwen toupatou, mwen p'ap pè anyen. Menm si yo ta vle fè mwen lagè, m'ap toujou gen konfyans nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 14:13-14

Tou sa n'a mande nan non mwen, m'a fè l' pou nou pou Pitit la ka wè pouvwa Papa a. (Nenpòt kisa n'a mande nan non m, m'a fè l pou nou.)

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 11:32-34

Kisa m ta di nou ankò? Se tan mwen pa genyen pou m ta pale nou sou Gedeyon, Barak, Samson, Jefte, David, Samyèl ak tout pwofèt yo. Ak konfyans yo te gen nan Bondye a, yo goumen, yo pran peyi lòt moun nan men yo, yo gouvènen san patipri, yo resevwa sekou Bondye te pwomèt la. Yo fèmen bouch lyon yo, yo touye gwo gwo dife, yo chape anba men moun ki te vle touye yo ak nepe. Yo te fèb, men yo vin gen fòs, sa te rann yo vanyan anpil nan lagè, kifè yo te ka kraze lame etranje yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 15:28

Lè sa a, Jezi di li: — Madanm. Ou gen konfyans anpil. Tout bagay ap pase pou ou jan ou vle l la. Menm lè a, pitit fi l la geri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 10:38

Moun mwen fè gras la ap viv, paske li gen konfyans nan mwen. Men, si l vire do l tounen fè bak, li p'ap fè kè m kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 56:3-4

(4) Bondye ki anwo nan syèl la, lè mwen pè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. (5) Mwen gen konfyans nan Bondye. M'ap fè lwanj pawòl li. Mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè m?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 3:21

Konsa, zanmi m yo, si konsyans nou pa kondannen nou, nou gen yon gwo lasirans devan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 1:37

Tou sa rive paske pa gen anyen Bondye pa ka fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 118:17

Non, mwen p'ap mouri. M'a viv! M'a rakonte sa Senyè a fè pou mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 18:19-20

— Men sa m'ap di nou ankò: Si de nan nou mete yo dakò sou latè pou mande nenpòt ki bagay lè y'ap lapriyè, Papa m ki nan syèl la va ba yo li. Jezi rele yon timoun, li mete l nan mitan yo. Paske, chak fwa de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen, m'ap la nan mitan yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 4:13

Men sa ki ekri nan Liv la: Mwen te gen konfyans, se poutèt sa mwen te pale. Mwen menm tou, mwen gen menm konfyans sa a, se poutèt sa m'ap pale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:31

Kisa n'a di ankò sou pwen sa a? Si Bondye pou nou, kilès ki ka kont nou?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 43:2

Lè n'ap pase sou lanmè, m'ap kanpe la avèk nou. Lè n'ap janbe gwo dlo, dlo a p'ap bwote nou ale. Lè n'ap mache nan mitan dife, dife p'ap boule nou. Flanm dife a p'ap fè nou anyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:105

Pawòl ou se yon chandèl ki fè m wè kote m'ap mete pye m, se yon limyè k'ap klere chemen mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 91:14-15

Bondye di: M'ap sove moun ki renmen mwen, m'ap pwoteje moun ki konnen mwen. Lè l rele m, m'ap reponn li. Lè l nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l, m'ap fè yo respekte l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:3

Poutèt favè Bondye fè m lan, men sa m'ap mande nou tout: Piga nou mete nan tèt nou nou plis pase sa nou ye. Okontrè, pa mete gwo lide nan tèt nou. Se pou chak moun konsidere tèt li dapre sa Bondye ba li ki pa l nan lafwa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 1:23

Men, gen yon kondisyon pou sa: se pou nou rete fèm, byen anrasinen nan konfyans nou, san nou pa pèdi espwa nou genyen depi lè nou te tande bòn nouvèl la. Se bòn nouvèl sa a yo te anonse bay tout moun sou latè epi se li menm, mwen menm Pòl, m'ap sèvi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 4:2

Paske, yo fè nou konnen bòn nouvèl la menm jan ak lòt yo. Yo menm tou yo te tande mesay la. Men, sa pat sèvi yo anyen, paske lè yo te tande l la, yo pat resevwa l ak konfyans nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 13:58

Se konsa Jezi pat fè anpil mirak la, paske yo pat kwè nan li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 8:25

Epi Jezi di yo: — Kote konfyans nou ye? Men yo te pè, yo te sezi. Yonn t'ap di lòt: — Ki moun li ye menm? Li kòmande menm van ak lanmè, epi yo obeyi li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 10:9

Si ou deklare ak bouch ou devan tout moun Jezi se Senyè a, si ou kwè tout bon nan kè ou Bondye te fè l leve sòti vivan pami mò yo, w'a sove.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 2:5

Konsa, konfyans nou gen nan Bondye a pa chita sou bon konprann lèzòm, men sou pouvwa Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 5:1

Wi, lè kò nou rete ladan sou latè a demoli, Bondye sere yon lòt bitasyon pou nou nan syèl la, yon kay byen solid k'ap dire tout tan. Se li menm menm k'ap bati kay sa a pou nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:30

Se konsa Bondye abiye pye zèb yo ki la nan jaden an jòdi a, men denmen yo jete sa nan dife pou chofe fou. Nou pa bezwen mande si li p'ap abiye nou tou. Ala manke nou manke konfyans nan Bondye!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 130:5

Mwen mete tout espwa m nan Senyè a, mwen mete espwa m nan sa li di.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 31:14

(15) Men, Senyè, se nan ou mwen mete tou konfyans mwen. Se ou ki Bondye mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 3:14

Paske, nou se konpayon yonn ak lòt k'ap mache ak Kris, depi nou kenbe fèm jouk sa kaba nan konfyans nou genyen depi nan kòmansman an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 1:19

Kenbe fèm nan Bondye, rete ak konsyans ou anpè. Gen moun ki derefize koute konsyans yo. Se poutèt sa, yo winen konfyans yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:50

Nan mizè mwen, tout konsolasyon m, se pwomès ou fè m lan. Se sa ki fè m viv.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 12:21

Lè sa a, tout nasyon yo va mete espwa yo nan li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 69:13

(14) Men mwen menm, se ou menm m'ap toujou lapriyè. Reponn mwen, Bondye, lè w'a wè l nesesè, paske ou gen bon kè, paske w'ap toujou pote m sekou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 11:13

Tout moun sa yo mouri ak konfyans pou Bondye nan kè yo. Yo pat gentan resevwa benediksyon Bondye te pwomèt yo, men yo wè benediksyon yo byen lwen, yo salwe yo delwen. Yo tout te deklare se etranje depasaj sou latè yo ye, tankou moun yo depòte.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:6

Paske, lè n'ap viv ansanm ak Kris la, kit nou sikonsi, kit nou pa sikonsi, sa pa fè anyen. Sa ki konsekan an se pou nou gen konfyans nan Bondye, yon konfyans k'ap fè nou viv ak renmen nan kè nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 13:13

Koulyeya, gen twa bagay ki rete: se lafwa, lesperans, lamou. Men se lamou ki gen plis valè nan twa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 62:5-6

(6) Wi, se sou Bondye ase pou m konte. Se nan li mwen mete tout espwa mwen. (7) Se li menm sèlman k'ap pwoteje m, k'ap delivre m. Se li ki tout defans mwen, li p'ap janm kite anyen rive m.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:28

Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 3:3

(4) Men ou menm, Senyè, w'ap toujou pran defans mwen. W'ap fè m genyen batay la. Ou p'ap kite m wont devan lènmi m yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 4:19

Jezi di yo konsa: — Vin jwenn mwen, m'a fè nou tounen pechè moun pito.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 6:14

Peche pa dwe donminen sou nou, paske nou pa anba pouvwa lalwa Moyiz la ankò, se anba favè Bondye a nou ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 121:1-2

(1b) Mwen leve je m, mwen gade mòn yo, mwen di: — Ki bò m'a jwenn sekou? Sekou mwen sòti nan men Senyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 5:7

Lage tout tèt chaje nou yo ba li, paske l'ap pran swen nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 1:6

Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l kontinye l jouk li va fini l nèt, lè jou Jezikri a va rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 10:13

Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p'ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, l'a ban nou fòs pou nou ka sipòte l, pou nou ka sòti anba li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jenèz 15:6

Abram mete konfyans li nan Senyè a, se konsa Senyè a fè l gras.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 10:13

Se sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki rele non Mèt la gen pou jwenn delivrans.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 17:14-20

Lè yo rive kote foul moun yo, yon nonm pwoche bò kote Jezi, li lage kò l ajenou devan l, li di: — Mèt, gen pitye pou pitit gason m lan. Li gen malkadi. Lè ou tande kriz la pran l konsa, anpil fwa li tonbe nan dife osinon nan dlo. Mwen mennen li bay disip ou yo, yo pa ka geri li. Jezi reponn: — Ala moun san konfyans nan Bondye! Ala move moun! Jouk kilè pou m rete nan mitan nou? Jouk kilè pou m sipòte nou? Mennen ti gason an isit ban mwen. Jezi pale sevè ak move lespri a. Lespri a sòti. Menm lè a, ti nonm lan geri. Apre sa, disip yo pwoche bò kote Jezi, yo mande l apa: — Poukisa nou pat kapab chase move lespri sa a? Antan Jezi te la, li pran chanje devan yo. Figi l vin klere tankou solèy la. Rad li vin blan tankou yon limyè. Jezi di yo: — Se paske nou manke konfyans nan Bondye. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si nou te gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di ti mòn sa a: wete kò ou la, al laba, li ta chanje plas. Pa gen anyen nou pa ta kapab fè. [

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 2:13

Si nou pa kenbe pawòl nou, L'ap toujou kenbe pawòl li, Bondye p'ap demanti tèt li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 11:1-2

Lè yon moun di li gen konfyans nan Bondye, sa vle di li sèten li gen pou li resevwa sa l'ap tann lan. Li gen konviksyon bagay nou pa ka wè ak je nou, yo egziste tout bon vre. Paske, Abraram menm t'ap tann lavil ki gen bon fondasyon solid la. Se Bondye ki te fè plan lavil sa a, epi se li menm tou ki te bati li. Se konfyans nan Bondye ki fè Sara te rive fè pitit, atout li pa te kapab epi li te fin depase laj. Li te sèten Bondye t'ap kenbe pwomès li. Se konsa, yon sèl nonm ki te tou fin mouri rive gen kantite pitit pitit moun pa ka konte: yo tankou zetwal nan syèl la, yo tankou grenn sab bò lanmè. Tout moun sa yo mouri ak konfyans pou Bondye nan kè yo. Yo pat gentan resevwa benediksyon Bondye te pwomèt yo, men yo wè benediksyon yo byen lwen, yo salwe yo delwen. Yo tout te deklare se etranje depasaj sou latè yo ye, tankou moun yo depòte. Lè yo t'ap pale konsa, yo te tou fè moun wè yo t'ap chache yon peyi ki peyi pa yo. Si yo te regrèt latè apre yo te fin kite l, yo ta ka gen chans tounen ladan l ankò. Okontrè, yo te dèyè yon lòt peyi ki pi bon, sa vle di: peyi ki nan syèl la. Se poutèt sa, Bondye pa wont di se Bondye yo li ye, paske l'ap pare yon lavil pou yo. Se konfyans nan Bondye ki fè Abraram te asepte sakrifye Izarak lè Bondye t'ap teste konfyans li a. Abraram te ofri sèl pitit gason li a, atout li te resevwa pwomès lè Bondye te di li konsa: Se Izarak ki pral ba ou anpil pitit pitit. Men, Abraram te mete nan tèt li Bondye te gen pouvwa pou l te fè Izarak leve vivan ankò sòti nan lanmò. Se konsa, nan yon sans, nou ka di Izarak sòti vivan nan lanmò, li tounen vin jwenn papa l ankò. Se paske granmoun lontan yo te gen konfyans nan Bondye kifè Bondye te moutre li dakò ak yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:89

Senyè, pawòl ou la pou tout tan. Y'ap toujou rete jan yo ye a nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 56:9

(10) Se poutèt sa lènmi m yo gen pou kouri ale lè m rele ou. Mwen konnen Bondye pou mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 2:8-9

Se paske li renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa sòti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou. Non, nou pa fè anyen pou sa. Konsa, pèsonn pa ka vante tèt yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 23:4

Menm lè m'ape pase anba lonbray lanmò, Mwen p'ape pè anyen, Paske, Senyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak pwoteksyon ou ki fè kè m' pa kase.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 4:3

Men sa ki ekri nan Liv la: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, se poutèt sa Bondye fè l gras.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 2:19

Ou kwè gen yon sèl Bondye? Se byen. Se sa denmon yo kwè tou, men yo menm, sa fè yo frisonnen sitèlman yo pè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:8

Benediksyon pou moun ki pa gen move lide nan tèt yo, paske y'a wè Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 5:3-4

Nou pa manke kontan menm lè n'ap soufri. Poukisa? Paske nou konnen lè n'ap soufri sa fè nou gen pasyans. Lè nou gen pasyans konsa, sa ban nou kouray pou nou soufri. Plis nou gen kouray, se plis nou gen espwa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 3:14

Konsa, m'ap kouri dwat devan m sou mak kote m prale a, pou m ka jwenn rekonpans Bondye rele m vin resevwa nan syèl la, gremesi Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 125:1

(1b) Moun ki mete konfyans yo nan Senyè a, yo tankou mòn Siyon an. Tankou l, yo p'ap janm brannen, y'ap la pou tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 26:3

Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 11:11

Se konfyans nan Bondye ki fè Sara te rive fè pitit, atout li pa te kapab epi li te fin depase laj. Li te sèten Bondye t'ap kenbe pwomès li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 2:16

Men, nou konnen se pa paske yon moun fè tou sa lalwa jwif yo mande kifè li inonsan devan Bondye, men se lè li mete konfyans li nan Jezikri Bondye va fè l gras. Se poutèt sa, nou menm tou, nou te mete konfyans nou nan Jezikri. Konsa, se pa paske nou te fè sa lalwa jwif yo mande kifè Bondye fè nou gras, men se paske nou te mete konfyans nou nan li. Bondye p'ap fè pèsonn gras paske li fè sa lalwa mande.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 31:24

(25) Nou tout ki met espwa nou nan Senyè a, pran kouray, kenbe fèm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 10:32-34

Chonje sa ki te rive nou nan tan lontan. Lè sa a, nou te fenk fin resevwa limyè Bondye a, nou te soufri anpil. Men, nou te kenbe fèm nan batay la. Yon lè, se nou menm yo t'ap joure, yo t'ap maltrete devan tout moun. Yon lòt lè, se nou menm, pou tèt pa nou, ki te al pran pou moun yo t'ap joure yo, pou moun yo t'ap maltrete yo. Nou te soufri ansanm ak tout moun ki te nan prizon. Menm lè yo te sezi tout byen nou yo, nou te kontan asepte pèdi yo, paske nou te konnen nou gen yon richès ki pi bon, k'ap la pou tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 14:23

Men, moun ki gen doutans sou sa l'ap manje a, Bondye kondannen l lè l manje l, paske li aji san konviksyon. Tout sa ou fè san konviksyon se peche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 112:7

Kè l p'ap kase lè li pran move nouvèl. Li gen yon konfyans fèm nan Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 84:11

(12) Paske, se Senyè a ki tout defans mwen, se li menm k'ap pwoteje nou. L'ap ban nou favè li, l'ap fè yo respekte nou. Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch, Bondye p'ap janm refize l okenn bon bagay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 16:3

Mande Senyè a pou l beni tout travay w'ap fè, w'ap reyisi nan tou sa w'ap fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 2:5

Paske si mwen pa la ak nou anpèsòn, mwen la annespri. Mwen kontan wè jan nou rete fèm, jan nou pa lage konfyans nou gen nan Kris la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 41:10

Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 1:5

Paske nou menm nou gen konfyans nan li, Bondye ap pwoteje nou ak pouvwa li jouk l'a delivre nou jan sa pral parèt aklè nan dènye tan an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:8

Pou fini, frè m yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 25:1-2

(1b) Senyè, m'ap fè lapriyè m moute devan ou. Bondye mwen, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Moun ki kenbe kontra li fe ak yo a, moun ki obeyi kòmandman l yo, li fè yo wè jan li renmen yo, jan li p'ap janm lage yo. Senyè, poutèt non ou pote a, padonnen peche m yo, paske yo anpil. Si yon moun gen krentif pou Senyè a, Senyè a va moutre l chemen pou l pran. L'ap toujou gen kè kontan. Pitit li yo va pran peyi a pou yo. Senyè a, se zanmi moun ki gen krentif pou li. Li fè yo konnen kontra li pase ak yo a. Se sou Senyè a m'ap gade tout tan, l'ap delivre m lè m nan move pa. Senyè, vire je ou bò kote m. Gen pitye pou mwen, paske mwen pou kont mwen, mwen san fòs. Pa kite m ak kè sere sa a. Wete m nan tray m'ap pase a. Gade nan ki mizè mwen ye! Gade jan m'ap soufri! Padonnen tout peche m yo. Gade tout kantite lènmi mwen genyen! Gade jan yo rayi m, jan y'ap pousib mwen. Piga ou fè m wont, pa kite lènmi yo pase m nan betiz.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:25-26

— Se poutèt sa mwen di nou: Pa bat kò nou pou keksyon manje ak keksyon bwè, ni pou keksyon rad. Paske èske lavi pa pi konsekan pase manje? Eske kò a pa gen plis valè pase rad? Gade zwazo k'ap vole nan syèl la: yo pa plante, yo pa fè rekòt, yo pa sere anyen nan galata. Men, Papa nou ki nan syèl la ba yo manje. Eske nou pa vo pi plis pase zwazo yo?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 13:5

Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p'ap janm vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 4:20

Non, li pat pèdi konfyans nan Bondye, li pat janm mete nan tèt li pwomès Bondye a te ka pa rive. Okontrè, li te vin gen plis konfyans toujou. Epi li t'ap chante lwanj Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 142:5

(6) Mwen kriye nan pye ou, Senyè! Mwen di: Se ou menm ki tout pwoteksyon mwen. Se ou menm ki tout mwen nan lavi sa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 5:14

Se poutèt sa kè nou pa sote devan Bondye. Nou konnen l'ap koute nou si nou mande l kichòy ki dakò ak volonte li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 37:3-4

Mete konfyans ou nan Senyè a, fè sa ki byen! Pran peyi a fè kay ou, viv ak kè poze! Moun ki mache dwat devan Bondye bay bon konsèy. Se bon pawòl ase ki sòti nan bouch li. Li kenbe lalwa Bondye a fèm nan kè li, li p'ap janm bite. Mechan an ap veye tout vire tounen moun k'ap mache dwat, l'ap chache jan pou l touye l. Men, Senyè a p'ap lage l nan men mechan an, li p'ap kite yo kondannen l lè y'ap jije l. Mete konfyans ou nan Senyè a, fè tou sa l mande ou fè. L'ap ba ou fòs pou ou ka pran peyi a pou ou. Ou gen pou wè mechan yo disparèt sou latè. Mwen te wè yon mechan ki te fè tout moun pè li, li te kanpe tankou yon gwo pye mapou. Apre sa, mwen tounen vin pase kote l te ye a, li pat la. Mwen chache l, mwen pa janm wè l ankò. Gade moun k'ap mache dwat la byen gade. Gade tout vire tounen l. Moun ki viv byen ak tout moun ap gen pitit ak pitit pitit. Men, moun k'ap fè mal yo, y'ap rete konsa y'ap disparèt. Tout pitit ak pitit pitit yo ap disparèt tou. Se Senyè a k'ap sove moun ki mache dwat yo. L'ap sèvi yo defans lè yo nan tray. Si se nan Senyè a ou pran tout plezi ou, l'a ba ou tou sa ou ta renmen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:19

Bondye ki rich anpil la va ban nou tou sa nou bezwen nan Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 3:24

Lè ou pral kouche, ou p'ap pè anyen. Lè w'a fin lonje kò ou, w'a dòmi nèt ale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:114

Se ou ki defans mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen. Mwen mete tout espwa m nan pawòl ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 78:22

paske yo pat gen konfyans nan Bondye, yo pat kwè li ta kapab delivre yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 43:18-19

Men sa Senyè a di: Pa chita ap chonje tan lontan. Pa rete ap kalkile sa ki fin pase! Men m'ap fè yon lòt bagay pou nou. Li konmanse rive deja. Nou pa wè li? Mwen pral fè yon wout nan mitan dezè a. Mwen pral fè gwo dlo koule nan savann lan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 2:25-30

Konsa tou, nou chonje Epafwodit, frè nou an, ki te travay ansanm avè m, ki te la avè m nan tout batay. Se nou menm ki te voye l vin ban m konkou. Enben, mwen wè se nesesè pou m voye l tounen ban nou. Se pa ti anvi li anvi wè nou. Sa te travay tèt li anpil dèske nou te vin konnen jan l te malad. Li te malad anpil, se vre. Li manke mouri. Men, Bondye te gen pitye pou li. Pa pou li sèlman, men pou mwen menm tou, pou sa pat ban mwen plis lapenn ankò. Se poutèt sa mwen pi anvi voye li bò kote nou pou nou ka kontan lè n'a wè l ankò, epi pou m ka gen mwens lapenn. Konsa, resevwa l ak kè kontan tankou yon frè nan Senyè a. Se pou nou gen anpil respè pou moun ki tankou Epafwodit, Pa fè anyen nan lide pou fè tèt nou pase pou pi bon, ni pou fè lwanj tèt nou. Men, soumèt nou devan Bondye. Mete nan tèt nou lòt yo pi bon pase nou. paske li te prèt pou mouri nan travay Kris la, li riske lavi li pou li te ka ban mwen konkou nou pa te la pou ban mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 18:10

Senyè a, se yon gwo ranpa byen solid. Se la moun k'ap mache dwat yo kouri al chache pwoteksyon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 3:5

(6) Mwen kouche, mwen dòmi, mwen leve anbyen, paske Senyè a ap soutni mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 138:3

Lè m te rele ou, ou te reponn mwen, ou te ban m plis kouray.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 12:1

Konsa, nou la nan mitan foul moun sa yo ki te moutre jan yo te gen konfyans nan Bondye. Ann voye tout bagay k'ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou. Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:37

Men, sou tout bagay sa yo, nou genyen batay la nèt ale, gremesi moun ki renmen nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 37:23

Senyè a pran men lèzòm, li mete yo nan bon chemen. Li kontan wè yo mache dwat.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 1:3-4

Paske, nou konnen byen lè nou tonbe anba eprèv akoz konfyans nou gen nan Bondye, sa fè nou gen pasyans. Men, fòk pasyans sa a fin fè travay li nèt pou nou kapab bon nèt sou tout pwen, byen devlope, san nou pa manke anyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:147

Solèy poko leve, m'ap rele mande sekou. Tout espwa mwen se nan pawòl ou li ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 4:4

Men, nou menm, pitit mwen yo, nou se moun Bondye, nou kraze fo pwofèt yo, paske lespri ki nan nou an gen plis pouvwa pase lespri ki nan moun ki pou lemonn yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 8:10

Lè Jezi tande pawòl sa yo, li sezi. Li di moun ki t'ap mache dèyè li yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: mwen poko janm jwenn yon moun nan pèp Izrayèl la ki gen konfyans nan Bondye tankou nonm sa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 15:5-6

Se pou Bondye ki bay pasyans ak ankourajman an fè nou viv byen yonn ak lòt, pou nou ka swiv egzanp nou jwenn nan Jezikri. Konsa, n'a mete kè nou ak bouch nou ansanm pou fè lwanj Bondye, papa Jezikri, Senyè nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:39

ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki nan zantray tè a. Non, pa gen anyen nan tout kreyasyon an ki ka rive fè nou pèdi lamou Bondye fè nou wè li gen pou nou nan Jezikri, Senyè nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 94:19

Lè m nan tèt chaje, lè mwen pa konn sa pou m fè, se ou menm ki ban m kouray, se ou menm ki fè kè m kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 5:10

Men, apre n'a fin soufri yon ti tan, Bondye li menm va rann nou bon nèt, l'a kenbe nou fèm, l'a ban nou fòs, l'ap fè nou kanpe san brannen. Paske Bondye bay tout kalite favè. Se li menm ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n te patisipe nan pouvwa li ki p'ap janm fini.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:7

Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l, bagay lèzòm pa ka konprann. La kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 3:22

Men, Liv la di: Tout bagay anba pouvwa peche a. Konsa, moun ki gen lafwa, se yo ki va resevwa kado Bondye te pwomèt yo, paske yo te mete konfyans yo nan Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 54:17

Men, tout zam y'a fè pou sèvi kont ou yo p'ap fè ou anyen. W'a gen repons nan bouch ou pou tout moun ki va akize ou nan tribinal. Se sa m'ap fè pou tout sèvitè m yo. Se mwen k'ap defann kòz yo. Se Senyè a menm ki di sa!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 138:7

Menm lè mwen nan gwo tèt chaje, ou pa kite m mouri. Ou leve men ou pou rete lènmi m yo ki ankòlè. Ou sove m avèk fòs ponyèt ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 56:4

(5) Mwen gen konfyans nan Bondye. M'ap fè lwanj pawòl li. Mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè m?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:12

Pandan n'ap tann lan, fè kè n kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 91:15

Lè l rele m, m'ap reponn li. Lè l nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l, m'ap fè yo respekte l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 1:9

Bondye ki rele nou pou nou viv nan bon jan antant ak pitit li Jezikri, Senyè nou an, l'ap toujou kenbe pawòl li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 107:20

Li louvri bouch li, li pale epi yo geri. Li wete yo nan bouch twou a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 14:31

Menm lè a, Jezi lonje men l, li pran Pyè, li di li: — Gade jan ou manke konfyans. Poukisa ou pa te fin kenbe konfyans ou nèt?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 41:13

Se mwen menm, Senyè a, ki Bondye nou! M'ap pran men nou, m'ap di nou: Nou pa bezwen pè. M'ap ede nou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite