Biblia Todo Logo
Vèsè Biblik
- Piblisite -


115 Vèsè Biblik sou Manke Lafwa

115 Vèsè Biblik sou Manke Lafwa

Ou konnen, lafwa se tankou yon konfyans total nan Bondye, nan pwomès li yo, ak nan puisans li pou l reyalize yo. Men, jodi a, anpil moun ap lite pou yo kenbe, oubyen menm jwenn lafwa nan lavi yo.

Gen moun ki doute egzistans Bondye, gen lòt ki santi yo dekouraje, yo pèdi espwa ke Bondye ka chanje sitiyasyon yo. Lè pwoblèm ak difikilte frape, lafwa nou ka febli, oubyen menm disparèt nèt.

Men, pa kite sa dekouraje w. Si w santi lafwa w ap bese, sa pa vle di ou kondane. Okontrè, se yon bon moman pou w reflechi, pou w pwoche pi pre Bondye. Lafwa se yon chemen, li mande efò ak pèseverans. Fòk ou fè Bondye konfyans, menm nan mitan pwoblèm yo, paske se li ki gen kontwòl la, plan l yo pafè.

Anpil nan nou konnen ki jan li ye lè lafwa ap manke. Men, pawòl Bondye a la pou ban nou kouraj, pou fè nou konfyans nan li san rezèv. Jan apot Pòl di a: "San lafwa, moun pa ka fè Bondye plezi" (Ebre 11:6). Kenbe pawòl sa a nan kè w, kite l gide w pandan w ap chèche ranfòse lafwa w nan Bondye.




Matye 8:26

Jezi di yo: — Poukisa nou pè konsa? Ala moun manke konfyans! Apre sa, Jezi leve kanpe, li pale byen fò ak van an ansanm ak dlo a. Lamenm yon gwo kalmi fèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 3:18

— Moun ki mete konfyans yo nan Pitit Bondye a, yo p'ap kondannen. Men moun ki pa kwè nan li, yo deja kondannen. Paske yo pa mete konfyans yo nan sèl Pitit Bondye a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 17:20

Jezi di yo: — Se paske nou manke konfyans nan Bondye. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si nou te gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di ti mòn sa a: wete kò ou la, al laba, li ta chanje plas. Pa gen anyen nou pa ta kapab fè. [

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 4:40

Apre sa, li di yo: — Men, poukisa nou pè konsa? Nou poko gen konfyans toujou?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 8:25

Epi Jezi di yo: — Kote konfyans nou ye? Men yo te pè, yo te sezi. Yonn t'ap di lòt: — Ki moun li ye menm? Li kòmande menm van ak lanmè, epi yo obeyi li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 1:6-8

Men, se pou li mande ak konfyans, san l pa gen doutans. Paske, moun ki gen doutans, li tankou lanm lanmè van ap boulvèse. Yon moun konsa pa bezwen mete nan tèt li l'ap resevwa anyen nan men Senyè a. Se yon moun ki pa konn sa li vle. Li toujou anbalan nan tout sa li antreprann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 13:58

Se konsa Jezi pat fè anpil mirak la, paske yo pat kwè nan li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 14:31

Menm lè a, Jezi lonje men l, li pran Pyè, li di li: — Gade jan ou manke konfyans. Poukisa ou pa te fin kenbe konfyans ou nèt?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 21:21-22

Jezi reponn yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou te gen konfyans nan Bondye, si nou pat gen doutans nan kè nou, se pa sèlman sa k rive pye fig frans lan nou ta fè. Men, nou ta ka di mòn sa a: Wete kò ou la. Ale jete tèt ou nan lanmè. Sa ta fèt vre. Si nou gen konfyans nan Bondye, n'a resevwa tou sa n'a mande l lè n'ap lapriyè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 20:27

Apre sa li di Toma: — Mete dwèt ou isit la. Men. Gade men m yo. Lonje men ou, mete l la bò kòt mwen. Wete doutans nan kè ou. Kwè, tande.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 11:24

Se pou sa mwen di nou: Tou sa n'ap mande lè n'ap lapriyè, si nou gen fèm konviksyon nou resevwa l deja, n'a wè sa rive vre.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 1:6

Men, se pou li mande ak konfyans, san l pa gen doutans. Paske, moun ki gen doutans, li tankou lanm lanmè van ap boulvèse.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 11:6

Nou konnen pèsonn pa ka fè Bondye plezi si li pa gen konfyans nan Bondye. Moun ki vle pwoche bò kote Bondye, se pou yo kwè gen yon Bondye, yon Bondye k'ap rekonpanse tout moun k'ap chache li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 9:24

Menm lè a, papa tibway la di byen fò: — Mwen gen konfyans nan Bondye! Men, vin ede m pou m sa gen plis konfyans toujou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 17:5-6

Apòt yo di Jezi: — Fè nou gen plis konfyans non. Jezi di yo: — Si nou te gen konfyans gwosè yon grenn wowoli, nou ta ka di pye mapou sa a: - Dekanpe ou la a, al plante tèt ou nan lanmè -, li ta obeyi nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 11:40

Jezi reponn li: — Mwen pa deja di ou: Si ou kwè, w'a wè pouvwa Bondye?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 9:23

Jezi di li: — Si m kapab menm!... Tout bagay posib wi pou moun ki met konfyans yo nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 1:8-9

Nou renmen l, atout nou pa te wè l. Nou gen konfyans nan li, atout nou pa wè l kounyeya. Konsa, nou kontan ak yon kontantman nou pa ka esplike men ki merite lwanj, paske nou jwenn sa nou t'ap chache lè nou te kwè a: delivrans pou nanm nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 10:17

Konsa, se lè ou tande mesay la ou vin gen konfyans. Mesay la, se pawòl Kris la y'ap anonse.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 21:22

Si nou gen konfyans nan Bondye, n'a resevwa tou sa n'a mande l lè n'ap lapriyè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 2:8

Se paske li renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa sòti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 14:1

Se pou n resevwa byen moun ki fèb nan konfyans yo san nou pa bezwen diskite opinyon yo genyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 11:25-26

Jezi di li: — Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri. Moun k'ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p'ap janm mouri. Eske ou kwè sa?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 6:11

Men ou menm ki moun Bondye, evite tout bagay sa yo. Chache mennen yon lavi ki dwat pou ou ka sèvi Bondye nan tou sa w'ap fè, avèk konfyans, avèk renmen, avèk pasyans ak dousè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 10:10

Paske, lè yon moun gen konfyans tout bon nan kè l, se lè sa a Bondye fè l gras. Lè yon moun deklare ak bouch li devan tout moun li gen konfyans nan Bondye, se lè sa a Bondye delivre li,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 5:4

Paske, depi se pitit Bondye ou ye, ou kapab genyen batay la sou lemonn. Men ki jan nou fè genyen batay la sou lemonn, se paske nou gen konfyans nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 1:17

Bon nouvèl sa a fè nou wè ki jan Bondye fè moun gras. Travay sa a, li konmanse ak konfyans moun gen nan Bondye, li fini nan menm konfyans la tou, jan sa te ekri a: Moun Bondye fè gras paske li gen konfyans nan Bondye, se li menm ki va gen lavi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 2:17

Se konsa tou pou lafwa nan Bondye. Si li pa manifeste nan fè sa ki byen, se yon lafwa ki mouri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 6:5-6

Se konsa li pat kapab fè okenn mirak la, esèpte pou de ou twa moun malad. Li te mete men sou tèt yo, li geri yo. Yo tout yo te wè li, yo tout te pè. Menm lè a, Jezi pale avèk yo, li di yo konsa: — Pran tèt nou non. Se mwen menm. Nou pa bezwen pè. Li moute bò kote yo nan kannòt la, van an vin tonbe. Se pa ti sezi disip yo te sezi. Yo pat konprann sans mirak pen an, paske lespri yo te bouche toujou. Yo fin travèse lanmè a, yo fè tè toupre lavil Jenezarèt. Yo mare kannòt la atè. Kou yo sòti nan kannòt la, lamenm moun yo rekonèt Jezi. Pèp la kouri vini sot toupatou nan tout peyi a. Yo pote malad tou kouche ba li kote yo tande li ye a. Toupatou kote Jezi te rive, kit nan bouk, kit nan lavil ou andeyò, yo te mete malad yo sou plas piblik, yo te mande Jezi pou l te kite yo manyen bò rad li ase. Tout moun ki te manyen rad li te geri. Jezi te sezi wè jan yo pat kwè nan li. Apre sa, Jezi te mache nan tout ti bouk nan vwazinay la. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 16:16

Simon Pyè reponn: — Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 9:29

Lè sa a, li manyen je yo, li di: — Se pou sa fèt pou nou jan nou kwè l la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 10:11

dapre sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki mete konfyans yo nan li p'ap janm sòti wont.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 11:23-24

Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si yon moun di mòn sa a: Wete kò ou la, al jete ou nan lanmè, si l pa gen doutans nan kè l menm, si l gen fèm konviksyon sa l di a gen pou rive, l'a wè l rive vre. Se pou sa mwen di nou: Tou sa n'ap mande lè n'ap lapriyè, si nou gen fèm konviksyon nou resevwa l deja, n'a wè sa rive vre.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 6:12

Mennen batay pou lafwa a byen. Kenbe lavi ki p'ap janm fini an fèm. Paske, se Bondye menm ki te rele ou pou ou te konnen lavi sa a, lè ou te byen pale devan yon bann temwen, pou fè konnen jan ou gen lafwa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 7:38

Moun ki mete konfyans yo nan mwen, y'ap wè gwo kouran dlo k'ap bay lavi koule sòti nan kè yo, jan sa ekri nan Liv la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 5:7

Si n'ap mache, nou p'ap mache dapre sa nou wè, men dapre sa nou kwè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 6:29

Jezi reponn yo: — Sèl travay Bondye mande nou pou n fè, se pou nou mete konfyans nou nan moun li voye a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 11:23

Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si yon moun di mòn sa a: Wete kò ou la, al jete ou nan lanmè, si l pa gen doutans nan kè l menm, si l gen fèm konviksyon sa l di a gen pou rive, l'a wè l rive vre.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 14:1

Jezi di yo: — Pa kite tèt nou toumante. Mete konfyans nou nan Bondye, mete konfyans nou nan mwen tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 10:9

Si ou deklare ak bouch ou devan tout moun Jezi se Senyè a, si ou kwè tout bon nan kè ou Bondye te fè l leve sòti vivan pami mò yo, w'a sove.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 78:22

paske yo pat gen konfyans nan Bondye, yo pat kwè li ta kapab delivre yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 20:29

Jezi di li: — Koulyeya, paske ou wè mwen an, ou kwè. Enben, benediksyon pou tout moun ki kwè san yo pa wè!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 21:21

Jezi reponn yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou te gen konfyans nan Bondye, si nou pat gen doutans nan kè nou, se pa sèlman sa k rive pye fig frans lan nou ta fè. Men, nou ta ka di mòn sa a: Wete kò ou la. Ale jete tèt ou nan lanmè. Sa ta fèt vre.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 4:2

Paske, yo fè nou konnen bòn nouvèl la menm jan ak lòt yo. Yo menm tou yo te tande mesay la. Men, sa pat sèvi yo anyen, paske lè yo te tande l la, yo pat resevwa l ak konfyans nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 14:12

Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki mete konfyans li nan mwen, li gen pou l fè tou sa m'ap fè a. L'a menm rive fè pi gwo bagay toujou, paske mwen pral jwenn Papa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:30

Se konsa Bondye abiye pye zèb yo ki la nan jaden an jòdi a, men denmen yo jete sa nan dife pou chofe fou. Nou pa bezwen mande si li p'ap abiye nou tou. Ala manke nou manke konfyans nan Bondye!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 1:15

Li t'ap di yo konsa: — Jou a rive. Kounyeya, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li. Tounen vin jwenn Bondye. Asepte Bòn Nouvèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 3:12

Frè m yo, atansyon pou okenn nan nou pa rive gen move santiman nan kè l ki pou fè l pèdi konfyans nan Bondye, pou lè sa a, li pa vire do bay Bondye vivan an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 10:38

Moun mwen fè gras la ap viv, paske li gen konfyans nan mwen. Men, si l vire do l tounen fè bak, li p'ap fè kè m kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 5:15

Lè lapriyè a fèt ak konfyans, li va delivre malad la. Senyè a va fè l leve gaya. Si li te fè kèk peche, Bondye va padonnen li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 2:20

Se sa ki fè, viv m'ap viv koulyeya, se pa mwen k'ap viv, men se Kris k'ap viv nan mwen: Lavi sa a m'ap viv la, m'ap viv li nan konfyans mwen gen nan Pitit Bondye a ki sitèlman renmen mwen, li bay lavi li pou mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 6:16

Toujou pran konfyans nou gen nan Bondye a tankou yon defans ki va penmèt nou pare tout flèch Satan an ap voye tou limen sou nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 24:25

Lè sa a Jezi di yo: — Ala moun san konprann! Ki jan lespri nou fè lou pou kwè tou sa pwofèt yo te di konsa!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 3:22

Se lè moun mete konfyans yo nan Jezikri Bondye fè yo gras. Li fè l pou tout moun ki kwè nan Kris la, paske yo tout se menm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 7:9

Lavil Samari se kapital peyi Izrayèl la. Pekak, pitit gason Remalya a, se wa lavil Samari. Si nou pa kenbe konfyans nou fèm nan Bondye, nou menm tou nou p'ap chape.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 18:8

M'ap di nou sa: L'ap regle zafè yo vit vit. Men lè Moun Bondye voye nan lachè a retounen, poudi l'ap jwenn moun sou latè ki gen konfyans nan Bondye toujou?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 56:3-4

(4) Bondye ki anwo nan syèl la, lè mwen pè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. (5) Mwen gen konfyans nan Bondye. M'ap fè lwanj pawòl li. Mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè m?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 3:5-6

Mete tout konfyans ou nan Senyè a. Pa gade sou sa ou konnen. Toujou chonje Senyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, la moutre ou chemen pou ou pran.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 15:13

Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 11:1

Lè yon moun di li gen konfyans nan Bondye, sa vle di li sèten li gen pou li resevwa sa l'ap tann lan. Li gen konviksyon bagay nou pa ka wè ak je nou, yo egziste tout bon vre.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 5:36

Men Jezi pat okipe sa yo t'ap di a. Li di chèf sinagòg la: — Pa pè. Sèlman met konfyans ou nan mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 26:3-4

Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou! Mete konfyans nou nan Bondye pou tout tan paske Senyè a ap toujou la pou pwoteje nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 2:13

Si nou pa kenbe pawòl nou, L'ap toujou kenbe pawòl li, Bondye p'ap demanti tèt li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 5:7

Lage tout tèt chaje nou yo ba li, paske l'ap pran swen nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 1:45

Ou se yon fanm beni! Paske, ou te kwè tout pawòl Mèt la voye di ou yo gen pou rive vre.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 11:3

Se konfyans nan Bondye ki fè nou ka konprann se ak pawòl Bondye te kreye tout bagay. Li sèvi ak sa je pa ka wè pou li fè tout sa je ka wè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 4:20-21

Non, li pat pèdi konfyans nan Bondye, li pat janm mete nan tèt li pwomès Bondye a te ka pa rive. Okontrè, li te vin gen plis konfyans toujou. Epi li t'ap chante lwanj Bondye. Li te gen fèm konviksyon Bondye te gen pouvwa pou l te fè sa l te pwomèt la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 1:3

Paske, nou konnen byen lè nou tonbe anba eprèv akoz konfyans nou gen nan Bondye, sa fè nou gen pasyans.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 10:52

Jezi di li: — Ale non, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Menm lè a, avèg la wè, epi li swiv Jezi nan chemen an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 9:22

Jezi vire tèt li, li wè fanm lan. Li di l konsa: — Pran kouray, mafi. Konfyans ou nan Bondye ap geri ou. Menm lè a, fanm lan geri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 16:13

Pa bliye kò nou. Kenbe fèm nan konfyans nou. Mete kouray sou nou. Pa moutre nou fèb.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 27:13-14

Mwen menm, mwen sèten m'a viv pou m wè jan Bondye sèvi byen ak pèp li a. Mete espwa ou nan Senyè a! Gen konfyans, pa dekouraje! Wi, mete espwa ou nan Senyè a!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Abakik 2:4

Men mesaj la: Gade jan y'ap fè gwo kòlèt! Yo pa konn sa ki rele mache dwat! Men moun ki mache dwat yo ap viv nan konfyans yo genyen nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 41:10

Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:24-25

Paske, Bondye delivre nou, men nou menm n'ap tann toujou. Si nou wè sa n'ap tann lan, nou pa nan tann ankò. Ki moun k'ap rete tann sa li wè deja? Men, si n'ap tann sa nou pa wè, n'ap tann li avèk pasyans.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 6:35

Jezi di yo: — Se mwen menm, pen ki bay lavi a. Moun ki vi jwenn mwen p'ap janm grangou. Moun ki kwè nan mwen p'ap janm swaf.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 91:2

yo ka di Senyè a: — Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 6:12

Mwen pa ta vle nou lage kò nou nan fè parès. Okontrè, se pou nou swiv egzanp moun ki gen konfyans yo, moun ki rete tann ak pasyans. Se poutèt sa yo te resevwa sa Bondye te pwomèt la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 19:26

Jezi gade yo, li di: — Moun pa ka fè sa, se vre. Men, pa gen anyen Bondye pa kapab fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 46:10

(11) Li di: — Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap donminen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap donminen sou tout latè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 17:7-8

Benediksyon pou moun ki mete konfyans yo nan Senyè a, wi, pou moun ki mete tout espwa yo nan li. L'ap tankou pyebwa yo plante bò larivyè. L'ap plonje rasin ni fon nan dlo. Li pa pè anyen lè sezon chalè rive paske fèy li ap toujou rete vèt. Te mèt gen yon lane sechrès, sa p'ap fè li anyen, l'ap toujou donnen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 37:5

Renmèt kòz ou nan men Senyè a! Mete konfyans ou nan li, l'a ede ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 15:28

Lè sa a, Jezi di li: — Madanm. Ou gen konfyans anpil. Tout bagay ap pase pou ou jan ou vle l la. Menm lè a, pitit fi l la geri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 1:24

Mwen p'ap chache fòse nou kwè anyen, paske nou deja kanpe fèm nan lafwa. Men, mwen ta renmen travay ansanm ak nou pou fè kè nou kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 5:1-2

Kounyeya, paske nou gen konfyans nan Bondye, Bondye fè nou gras, n'ap viv san kè sote ak Bondye, gremesi Jezikri, Senyè nou an. Nou te lènmi ak Bondye lè Pitit Bondye a mouri pou l te fè nou byen ak Bondye ankò. Kounyeya nou se zanmi Bondye, nou pa bezwen mande si lavi Pitit Bondye a p'ap delivre nou. Epi se pa sa sèlman. Nou jwenn tout plezi nou nan Bondye, gremesi Jezikri, Senyè nou an, ki fè nou byen ak Bondye ankò depi kounyeya. Se poutèt yon sèl moun kifè peche antre nan lemonn. Peche louvri pòt bay lanmò. Se konsa, lanmò vin pou tout moun, paske tout moun peche. Peche te deja nan lemonn bèldriv anvan lalwa Moyiz la. Men paske pa te gen lalwa, Bondye pa te pran sanksyon kont peche. Men, sòti nan tan Adan rive nan tan Moyiz, lanmò te donminen sou tout moun, malgre yo pat fè peche tankou Adan ki te dezobeyi Bondye. Adan, se te pòtre moun ki te gen pou vini an. Men, peche Adan an pa menm bagay ak kado Bondye bay pou gremesi a. Se fòt yon sèl moun ki lakòz yon bann lòt moun mouri. Men, favè Bondye a gen plis pouvwa toujou. Gremesi yon sèl moun, Jezikri, Bondye bay anpil moun yon kado ki pi gwo toujou. Gen yon lòt diferans ankò ant kado Bondye a ak konsekans peche Adan an. Apre yon sèl moun te fin peche, lè yo jije moun, yo tout tonbe anba kondannasyon. Men, apre tout kantite peche moun fè, Bondye fè yo yon favè, li fè yo gras. Se vre wi. Poutèt peche yon sèl moun, lanmò te donminen akòz li menm sèlman. Men, gremesi yon sèl moun tou, Jezikri, nou jwenn plis toujou: tout moun ki resevwa favè Bondye a an kantite, tout moun ki resevwa kado Bondye a lè li fè yo gras, yo gen pou yo viv, pou yo donminen akòz Kris la. Se sa k fè menm jan fòt yon sèl moun lakòz tout moun kondannen, konsa tou gremesi yon sèl moun ki mache dwat devan Bondye, tout moun delivre anba jijman kondannasyon, yo jwenn lavi. Si dezobeyisans yon sèl moun lakòz yon foul moun peche, konsa tou, obeyisans yon sèl moun lakòz Bondye va fè anpil moun gras. Paske nou gen konfyans nan li, Jezi fè nou antre nan favè Bondye. Epi n'ap kenbe fèm kote nou kanpe a. Nou pa manke kontan paske nou gen espwa resevwa pa nou nan pouvwa Bondye a ansanm avèk li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 112:7

Kè l p'ap kase lè li pran move nouvèl. Li gen yon konfyans fèm nan Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 8:12

Gen moun ki sanble ak tè bò chemen kote grenn yo tonbe a. Yo tande, men Satan vini, li rache pawòl la nan kè yo pou yo pa kwè, pou yo pa sove.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 1:12

Men, moun ki te resevwa li yo, moun ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa pou yo vin pitit Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 9:2

Se konsa, yo pote ba li yon nonm paralize kouche sou yon kabann. Jezi wè jan moun yo te gen konfyans nan li, li di nonm paralize a: — Pran kouray, pitit mwen, peche ou yo padonnen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 7:7

— Mande, y'a ban nou. Chache, n'a jwenn. Frape, y'a louvri pou nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 13:5-6

Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p'ap janm vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou. Konsa, nou kapab di avèk konfyans: Se Bondye k'ap vin ede mwen. Mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè mwen?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 16:33

Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n soufri anpil sou latè. Men, pran kouray, lemonn deja pèdi devan mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 12:28

Se konsa Bondye abiye pye zèb yo tou: jòdi a yo la, men denmen yo jete sa nan dife pou chofe fou. Se sa k fè, se pa nou menm li pa ta abiye. Ala moun manke konfyans nan Bondye!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 50:10

Nou tout ki gen krentif pou Senyè a, nou tout k'ap koute pawòl sèvitè li a, nou wè jan chemen m'ap swiv la fè nwa nèt. Se pou nou met konfyans nou nan Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:13

Nenpòt sitirasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m, gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouray.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 43:1-2

Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, men sa Senyè a ap di nou kounyeya, li menm ki te kreye nou an. Nou menm moun Izrayèl yo, men sa l'ap di nou, li menm ki te fè nou ak men l: — Nou pa bezwen pè anyen! M'ap toujou pwoteje nou. Se mwen menm ki te ban nou non nou pote a. Se pou mwen nou ye. Men pawòl Senyè a di: — Se nou menm menm ki pou sèvi m temwen. Se nou menm mwen te chwazi pou sèvi m, pou nou konnen m, pou nou kapab mete konfyans nou nan mwen, pou nou ka konprann se mwen menm sèl ki Bondye tout bon an. Anvan mwen, pat gen lòt bondye. Apre mwen, p'ap gen lòt bondye. Se mwen menm sèl ki Granmèt la, Senyè a. Pa gen lòt ki ka delivre nou pase mwen menm! Se mwen menm ki te di nou davans sa ki gen pou rive. Se mwen menm ki delivre nou. Pa gen okenn lòt bondye lòt nasyon yo ki janm fè sa pou nou. Nou menm, se temwen mwen nou ye. Se mwen ki Bondye. Se Senyè a menm ki di sa. M pa janm chanje. Pèsonn pa ka chape anba men mwen. Ki moun ki ka defèt sa mwen fè? Men sa Senyè k'ap delivre nou an di: Men sa Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa a di: — Pou m ka sove nou, m'ap voye yon lame mache sou lavil Babilòn. M'ap fè yo tout kouri met deyò. Wi, moun Kalde yo pral desann sòti sou batiman ki te tout lògèy yo a. Se mwen menm Senyè a, Bondye pa nou an, ki yon Bondye apa. Se mwen menm ki te kreye pèp Izrayèl la. Se mwen menm ki wa nou! Nan tan lontan, se li menm, Senyè a, ki te louvri yon chemen nan mitan lanmè a pou nou. Li te fè yon wout nan mitan gwo dlo ki te fin debòde yo. Li te fè moun yo sanble yon gwo lame ak anpil zam, anpil cha lagè ak tout chwal yo. Li fè yo tonbe atè, yo pa janm ka leve ankò. Yo mouri tankou yon bouji lè ou soufle sou li. Men sa Senyè a di: Pa chita ap chonje tan lontan. Pa rete ap kalkile sa ki fin pase! Men m'ap fè yon lòt bagay pou nou. Li konmanse rive deja. Nou pa wè li? Mwen pral fè yon wout nan mitan dezè a. Mwen pral fè gwo dlo koule nan savann lan. Lè n'ap pase sou lanmè, m'ap kanpe la avèk nou. Lè n'ap janbe gwo dlo, dlo a p'ap bwote nou ale. Lè n'ap mache nan mitan dife, dife p'ap boule nou. Flanm dife a p'ap fè nou anyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 23:4

Menm lè m'ape pase anba lonbray lanmò, Mwen p'ape pè anyen, Paske, Senyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak pwoteksyon ou ki fè kè m' pa kase.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 62:8

(9) Nou menm, pèp mwen, toujou mete konfyans nou nan li! Louvri kè nou ba li, paske se li menm ki tout nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 11:13

Tout moun sa yo mouri ak konfyans pou Bondye nan kè yo. Yo pat gentan resevwa benediksyon Bondye te pwomèt yo, men yo wè benediksyon yo byen lwen, yo salwe yo delwen. Yo tout te deklare se etranje depasaj sou latè yo ye, tankou moun yo depòte.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jòb 13:15

Bondye te mèt touye m. Sèl chans mwen se pou m esplike avè l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 3:16-18

Chadrak, Mechak ak Abèdnego reponn, yo di wa Nebikadneza konsa: — Monwa, nou p'ap eseye defann tèt nou. Si Bondye n'ap sèvi a ka wete nou nan gwo fou tou limen an, si li ka delivre nou tou anba men ou, l'ap fè l. Men, menm si li pa vin delivre nou, monwa, nou tou di ou nou p'ap adore bondye pa ou yo, ni nou p'ap mete ajenou devan estati lò ou te fè fè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:28

Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 5:14-15

Se poutèt sa kè nou pa sote devan Bondye. Nou konnen l'ap koute nou si nou mande l kichòy ki dakò ak volonte li. Konsa, non sèlman nou konnen l'ap koute nou lè nou fè l yon demann, men nou konnen tou l'ap ban nou sa nou mande l la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 5:24

Bondye ki rele nou an va fè sa pou nou, paske li toujou kenbe pawòl li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 5:24

— Anverite moun ki koute pawòl mwen, ki mete konfyans yo nan moun ki voye mwen an, l'ap gen lavi etènèl. Yo yo p'ap kondannen li. Li deja soti nan lanmò, li antre nan lavi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 34:8

(9) Goute, n'a wè jan Senyè a bon! Ala bon sa bon pou moun ki jwenn pwoteksyon anba zèl li!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:25-27

— Se poutèt sa mwen di nou: Pa bat kò nou pou keksyon manje ak keksyon bwè, ni pou keksyon rad. Paske èske lavi pa pi konsekan pase manje? Eske kò a pa gen plis valè pase rad? Gade zwazo k'ap vole nan syèl la: yo pa plante, yo pa fè rekòt, yo pa sere anyen nan galata. Men, Papa nou ki nan syèl la ba yo manje. Eske nou pa vo pi plis pase zwazo yo? Kilès nan nou, afòs li fè tèt li travay, li kapab ajoute yon ti longè anplis sou lavi li?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 4:3

Men sa ki ekri nan Liv la: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, se poutèt sa Bondye fè l gras.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 3:26

Se paske nou gen konfyans nan Jezikri kifè nou se pitit Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 18:27

Jezi reponn yo: — Sa lèzòm pa ka fè, Bondye ka fè li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 12:39

Jezi reponn yo: — Moun alèkile yo, atout yo mechan, atout yo vire do bay Bondye, men y'ap mande mirak! Men, yo p'ap jwenn lòt mirak pase mirak pwofèt Jonas la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 8:24

Se poutèt sa mwen di nou, n'ap mouri nan peche nou. Wi, nou gen pou n mouri nan peche nou si nou pa kwè mwen se moun mwen ye a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 28:7

Senyè a ap pwoteje m, l'ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m, kè m kontan. M'ap chante pou m fè lwanj li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 10:19

Koute: Mwen ban nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak eskòpyon, pou nou kraze tout pouvwa Satan anba pye nou, pou anyen pa kapab fè nou mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 33:4

Paske, pawòl Senyè a se verite. Li fè tout bagay jan l te di l la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi

Lapriyè bay Bondye

Yon nouvo jou kòmanse, Bondye, epi w'ap montre'm mizèrikòd ou ankò. Bonté ou leve'm kan ou rele non'm avèk lanmou. Mèsi, Bondye, pou gwo fidelite ou, pou jan ou toujou la avè'm, pou jan ou pa lage'm nan mitan move moman yo. Mèsi pou pasyans ou avè'm, menm lè lafwa m' febli. Mèsi paske ou pa kondane'm, men ou toujou ankouraje'm pou'm kwè nan ou. Senyè, m'ap mande'w, tanpri, ranfòse lafwa mwen. Mwen pa vle tankou moun ki bezwen wè pou yo kwè. Mwen vle kwè nan ou poutèt sa ou di nan pawòl ou. Pa kite'm apiye sou santiman ak emosyon mwen. Pito, ede'm fouye pawòl ou, chèche prezans ou ak tout kè'm. Pa kite anyen brannen konviksyon mwen nan ou. Pa kite okenn van, okenn vag, okenn tanpèt fè'm retire je'm sou Jezi, paske se ou ki otè e k'ap fini lafwa a. Mwen nan men lanmou ou, Senyè. Mwen kwè nan ou, mwen kwè nan sa w'ap fè, paske ou renmen'm, ou p'ap kite'm peri. Nan non Jezi, Amèn.
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite