Biblia Todo Logo
Vèsè Biblik
- Piblisite -



98 Vèsè Biblik: Lafwa Deplase Mòn

98 Vèsè Biblik: Lafwa Deplase Mòn


Mak 9:23

Jezi di li: — Si m kapab menm!... Tout bagay posib wi pou moun ki met konfyans yo nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 1:17

Bon nouvèl sa a fè nou wè ki jan Bondye fè moun gras. Travay sa a, li konmanse ak konfyans moun gen nan Bondye, li fini nan menm konfyans la tou, jan sa te ekri a: Moun Bondye fè gras paske li gen konfyans nan Bondye, se li menm ki va gen lavi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 12:2

Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou sòti, se li menm tou k'ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fè l soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske li te toujou chonje apre l te fin soufri a, Bondye t'ap fè kè l kontan. Kifè kounyeya li chita sou bò dwat fòtèy Bondye a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 1:6

Men, se pou li mande ak konfyans, san l pa gen doutans. Paske, moun ki gen doutans, li tankou lanm lanmè van ap boulvèse.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 2:8

Se paske li renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa sòti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 11:40

Jezi reponn li: — Mwen pa deja di ou: Si ou kwè, w'a wè pouvwa Bondye?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 15:13

Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 3:26

Se paske nou gen konfyans nan Jezikri kifè nou se pitit Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 15:28

Lè sa a, Jezi di li: — Madanm. Ou gen konfyans anpil. Tout bagay ap pase pou ou jan ou vle l la. Menm lè a, pitit fi l la geri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 2:17

Se konsa tou pou lafwa nan Bondye. Si li pa manifeste nan fè sa ki byen, se yon lafwa ki mouri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 2:20

Se sa ki fè, viv m'ap viv koulyeya, se pa mwen k'ap viv, men se Kris k'ap viv nan mwen: Lavi sa a m'ap viv la, m'ap viv li nan konfyans mwen gen nan Pitit Bondye a ki sitèlman renmen mwen, li bay lavi li pou mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 8:13

Apre sa, Jezi di kaptenn lan: — Ale lakay ou. Tout bagay ap pase pou ou jan ou kwè l la. Menm lè a, domestik la te geri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 17:20

Jezi di yo: — Se paske nou manke konfyans nan Bondye. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si nou te gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di ti mòn sa a: wete kò ou la, al laba, li ta chanje plas. Pa gen anyen nou pa ta kapab fè. [

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 11:1

Lè yon moun di li gen konfyans nan Bondye, sa vle di li sèten li gen pou li resevwa sa l'ap tann lan. Li gen konviksyon bagay nou pa ka wè ak je nou, yo egziste tout bon vre.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 11:23

Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si yon moun di mòn sa a: Wete kò ou la, al jete ou nan lanmè, si l pa gen doutans nan kè l menm, si l gen fèm konviksyon sa l di a gen pou rive, l'a wè l rive vre.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 21:21

Jezi reponn yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou te gen konfyans nan Bondye, si nou pat gen doutans nan kè nou, se pa sèlman sa k rive pye fig frans lan nou ta fè. Men, nou ta ka di mòn sa a: Wete kò ou la. Ale jete tèt ou nan lanmè. Sa ta fèt vre.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 11:6

Nou konnen pèsonn pa ka fè Bondye plezi si li pa gen konfyans nan Bondye. Moun ki vle pwoche bò kote Bondye, se pou yo kwè gen yon Bondye, yon Bondye k'ap rekonpanse tout moun k'ap chache li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 9:29

Lè sa a, li manyen je yo, li di: — Se pou sa fèt pou nou jan nou kwè l la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 10:17

Konsa, se lè ou tande mesay la ou vin gen konfyans. Mesay la, se pawòl Kris la y'ap anonse.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 5:7

Si n'ap mache, nou p'ap mache dapre sa nou wè, men dapre sa nou kwè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 11:3

Se konfyans nan Bondye ki fè nou ka konprann se ak pawòl Bondye te kreye tout bagay. Li sèvi ak sa je pa ka wè pou li fè tout sa je ka wè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 5:4

Paske, depi se pitit Bondye ou ye, ou kapab genyen batay la sou lemonn. Men ki jan nou fè genyen batay la sou lemonn, se paske nou gen konfyans nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 14:23

Men, moun ki gen doutans sou sa l'ap manje a, Bondye kondannen l lè l manje l, paske li aji san konviksyon. Tout sa ou fè san konviksyon se peche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 11:30

Se konfyans moun Izrayèl yo nan Bondye ki fè miray vil Jeriko te tonbe plat atè apre yo pèp la te pase sèt jou ap fè wonn lavil la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 1:8

Anvan m di nou lòt bagay, kite m di Bondye mèsi pou nou gremesi Jezikri. Paske, toupatou sou latè y'ap pale jan nou gen konfyans nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 4:13

Li fè sa konsa pou nou tout ansanm nou ka rive fè yon sèl kò nan konfyans nou genyen an ak nan konesans Pitit Bondye a. Konsa, nou tout ansanm nou ka vin granmoun ki byen devlope, dapre dènye mezi devlòpman Kris la ki bon nèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 1:45

Ou se yon fanm beni! Paske, ou te kwè tout pawòl Mèt la voye di ou yo gen pou rive vre.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 6:35

Jezi di yo: — Se mwen menm, pen ki bay lavi a. Moun ki vi jwenn mwen p'ap janm grangou. Moun ki kwè nan mwen p'ap janm swaf.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 3:28

Nou kenbe sa nou di a: se paske yon moun gen konfyans nan Bondye kifè Bondye fè l gras, se pa paske li fè sa lalwa mande.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 8:25

Epi Jezi di yo: — Kote konfyans nou ye? Men yo te pè, yo te sezi. Yonn t'ap di lòt: — Ki moun li ye menm? Li kòmande menm van ak lanmè, epi yo obeyi li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:6

Paske, lè n'ap viv ansanm ak Kris la, kit nou sikonsi, kit nou pa sikonsi, sa pa fè anyen. Sa ki konsekan an se pou nou gen konfyans nan Bondye, yon konfyans k'ap fè nou viv ak renmen nan kè nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 4:40

Apre sa, li di yo: — Men, poukisa nou pè konsa? Nou poko gen konfyans toujou?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 8:26

Jezi di yo: — Poukisa nou pè konsa? Ala moun manke konfyans! Apre sa, Jezi leve kanpe, li pale byen fò ak van an ansanm ak dlo a. Lamenm yon gwo kalmi fèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 5:5

Ki moun ki ka genyen batay la sou lemonn? Se sèlman moun ki kwè Jezi se pitit Bondye a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 11:27

Se konfyans nan Bondye ki fè Moyiz te kouri kite Lejip san li pa te pè kòlè wa a. Li te fèm nan konviksyon li. Se tankou li te wè sa lòt moun pa te ka wè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 6:8

Etyèn te yon nonm Bondye te beni anpil, li te gen anpil pouvwa. Li t'ap fè gwo bèl bagay ak mirak nan mitan pèp la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 1:15

Se poutèt tout bagay sa yo, depi mwen tande jan nou gen konfyans nan Kris la, jan nou renmen tout moun ki fè pati pèp Bondye a,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 3:11

Lalwa pa kapab fè Bondye fè pèsonn gras. Se bagay ki klè. Men sa ki ekri nan Liv la: Moun Bondye fè gras paske yo gen konfyans nan li, se yo menm ki va gen lavi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 5:20

Jezi wè jan yo te kwè nan li, li di nonm malad la: — Monchè, tout peche ou yo padonnen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 11:32-34

Kisa m ta di nou ankò? Se tan mwen pa genyen pou m ta pale nou sou Gedeyon, Barak, Samson, Jefte, David, Samyèl ak tout pwofèt yo. Ak konfyans yo te gen nan Bondye a, yo goumen, yo pran peyi lòt moun nan men yo, yo gouvènen san patipri, yo resevwa sekou Bondye te pwomèt la. Yo fèmen bouch lyon yo, yo touye gwo gwo dife, yo chape anba men moun ki te vle touye yo ak nepe. Yo te fèb, men yo vin gen fòs, sa te rann yo vanyan anpil nan lagè, kifè yo te ka kraze lame etranje yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 3:9

pou m ka viv ansanm avè l nèt ale. Konsa, mwen pa gen pretansyon mwen bon paske mwen fè sa lalwa a mande. Men, Bondye fè m gras paske mwen mete konfyans mwen nan Kris la. Wi, Bondye fè tout moun ki mete konfyans yo nan li gras.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 9:32

Poukisa? Paske yo pat mete konfyans yo nan Bondye. Yo t'ap chache mwayen pou Bondye fè yo gras ak zèv yo t'ap fè yo. Se konsa y'al frape pye yo sou wòch k'ap fè moun bite a,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 10:39

Nou menm, nou p'ap fè tankou moun sa yo k'ap tounen dèyè, k'ap pèdi tèt yo. N'ap fè tankou moun ki kenbe fèm nan Bondye, moun k'ap delivre nanm yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 2:16

Men, nou konnen se pa paske yon moun fè tou sa lalwa jwif yo mande kifè li inonsan devan Bondye, men se lè li mete konfyans li nan Jezikri Bondye va fè l gras. Se poutèt sa, nou menm tou, nou te mete konfyans nou nan Jezikri. Konsa, se pa paske nou te fè sa lalwa jwif yo mande kifè Bondye fè nou gras, men se paske nou te mete konfyans nou nan li. Bondye p'ap fè pèsonn gras paske li fè sa lalwa mande.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 3:12

Ak lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la, gremesi konfyans nou gen nan li a, nou lib pou nou pwoche devan Bondye san kè sote.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 2:7

Se pou nou anrasinen nan li, se pou nou bati tout lavi nou sou li. Kenbe pi fèm toujou nan konfyans nou gen nan li, jan yo te moutre nou sa, san nou pa janm sispann di Bondye mèsi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Pyè 1:5-7

Se poutèt sa, nou dwe fè tou sa nou kapab pou nou pa rete ak konfyans nou gen nan Bondye a sèlman. Men, apa konfyans lan se pou nou gen bon kondit. Apa bon kondit la, se pou nou gen konesans. Apa konesans la, se pou nou konn kontwole tèt nou. Apa konn kontwole tèt nou an, se pou nou gen pasyans. Apa pasyans la, se pou nou sèvi Bondye. Apa sèvi Bondye a, se pou nou gen renmen pou frè yo. Apa renmen nou gen pou frè nou an, se pou nou gen renmen pou tout moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 1:24

Mwen p'ap chache fòse nou kwè anyen, paske nou deja kanpe fèm nan lafwa. Men, mwen ta renmen travay ansanm ak nou pou fè kè nou kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 1:13

Konsa tou, nou menm, moun lòt nasyon yo, apre nou te fin tande mesaj laverite a, bonnouvèl k'ap fè nou konnen jan Bondye renmen nou an, nou mete konfyans nou nan Kris la, n'ap viv ansanm ak li tou. Bondye make letanp li sou nou, li ban nou Sentespri li te pwomèt la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 13:13

Koulyeya, gen twa bagay ki rete: se lafwa, lesperans, lamou. Men se lamou ki gen plis valè nan twa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 46:10

(11) Li di: — Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap donminen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap donminen sou tout latè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 2:4-5

Lè m te fè nou konnen tout bagay sa yo, lè m te anonse nou nouvèl la, se pat avèk bèl pawòl bon konprann lèzòm mwen t'ap chache pran tèt nou. Men, se te avèk pouvwa Lespri Bondye a ki t'ap bay tout prèv pou fè nou kwè. Konsa, konfyans nou gen nan Bondye a pa chita sou bon konprann lèzòm, men sou pouvwa Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 21:22

Si nou gen konfyans nan Bondye, n'a resevwa tou sa n'a mande l lè n'ap lapriyè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 10:52

Jezi di li: — Ale non, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Menm lè a, avèg la wè, epi li swiv Jezi nan chemen an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 17:5

Apòt yo di Jezi: — Fè nou gen plis konfyans non.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 1:7

Paske, konfyans nou se tankou lò li ye. Yo blije pase lò a, ki yon bagay perisab, nan dife pou wè si l bon. Konsa tou, konfyans nou ki gen plis valè pase lò a gen pou pase anba eprèv tou, pou nou ka resevwa lwanj, onè ak respè lè Jezikri va parèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 4:5

Okontrè, moun ki pa fè okenn travay pou yo dwe li kichòy, men ki mete konfyans li nan Bondye sèlman, Bondye k'ap fè tout moun ki meprize l yo gras, ap fè moun sa yo gras tou paske yo mete konfyans yo nan li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 20:29

Jezi di li: — Koulyeya, paske ou wè mwen an, ou kwè. Enben, benediksyon pou tout moun ki kwè san yo pa wè!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 1:5

W'ap ba yo lòd sa a, pou yo ka rive gen renmen ki sòti nan yon kè ki nan kondisyon pou sèvi Bondye, nan yon konsyans trankil ak yon konfyans sensè nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 1:5

Paske nou menm nou gen konfyans nan li, Bondye ap pwoteje nou ak pouvwa li jouk l'a delivre nou jan sa pral parèt aklè nan dènye tan an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 6:12

Mennen batay pou lafwa a byen. Kenbe lavi ki p'ap janm fini an fèm. Paske, se Bondye menm ki te rele ou pou ou te konnen lavi sa a, lè ou te byen pale devan yon bann temwen, pou fè konnen jan ou gen lafwa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 14:31

Menm lè a, Jezi lonje men l, li pran Pyè, li di li: — Gade jan ou manke konfyans. Poukisa ou pa te fin kenbe konfyans ou nèt?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 11:24-25

Se konfyans nan Bondye ki fè Moyiz, lè li vin gran, li te derefize yo rele li pitit gason pitit fi farawon a. Li te pito kite yo maltrete li ansanm ak pèp Bondye a, pase pou l te asepte pran plezi l nan peche pou yon ti tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 1:8-9

Nou renmen l, atout nou pa te wè l. Nou gen konfyans nan li, atout nou pa wè l kounyeya. Konsa, nou kontan ak yon kontantman nou pa ka esplike men ki merite lwanj, paske nou jwenn sa nou t'ap chache lè nou te kwè a: delivrans pou nanm nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 11:5

Se konfyans nan Bondye ki fè Enòk moute nan syèl san pase anba lanmò. Pesonn pa janm wè li ankò. Apre Bondye fin pran li. Nou jwenn sa ekri: Enòk te fè Bondye kontan anvan Bondye te pran li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 16:31

Yo reponn li: — Mete konfyans ou nan Senyè Jezi, epi w'a va delivre, ou menm ansanm ak tout fanmi ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 9:22

Jezi vire tèt li, li wè fanm lan. Li di l konsa: — Pran kouray, mafi. Konfyans ou nan Bondye ap geri ou. Menm lè a, fanm lan geri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 5:15

Lè lapriyè a fèt ak konfyans, li va delivre malad la. Senyè a va fè l leve gaya. Si li te fè kèk peche, Bondye va padonnen li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 11:11

Se konfyans nan Bondye ki fè Sara te rive fè pitit, atout li pa te kapab epi li te fin depase laj. Li te sèten Bondye t'ap kenbe pwomès li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 10:23

Ann kenbe espwa nou genyen an byen fèm. Paske, nou mèt sèten, Bondye ap kenbe pwomès li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 4:3

Men sa ki ekri nan Liv la: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, se poutèt sa Bondye fè l gras.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 4:13

Men sa ki ekri nan Liv la: Mwen te gen konfyans, se poutèt sa mwen te pale. Mwen menm tou, mwen gen menm konfyans sa a, se poutèt sa m'ap pale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 11:8

Se konfyans nan Bondye ki fè Abraram te obeyi lè Bondye rele li. Li pati al nan peyi Bondye ta pral ba li pou eritaj la. Li leve, li kite peyi li san li pa te konnen ki bò li ta prale ojis.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 11:7

Se konfyans nan Bondye ki fè Noye te konnen davans bagay ki ta pral rive, bagay li pa t'ap janm konnen. Li te obeyi Bondye, li te bati yon gwo batiman. Li te jwenn refij ak tout fanmi li andan batiman an. Epi tout lòt moun yo te peri. Konsa konfyans te fè Noye vin eritye gras Bondye a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 17:6

Jezi di yo: — Si nou te gen konfyans gwosè yon grenn wowoli, nou ta ka di pye mapou sa a: - Dekanpe ou la a, al plante tèt ou nan lanmè -, li ta obeyi nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 6:16

Toujou pran konfyans nou gen nan Bondye a tankou yon defans ki va penmèt nou pare tout flèch Satan an ap voye tou limen sou nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 16:13

Pa bliye kò nou. Kenbe fèm nan konfyans nou. Mete kouray sou nou. Pa moutre nou fèb.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 14:1

Jezi di yo: — Pa kite tèt nou toumante. Mete konfyans nou nan Bondye, mete konfyans nou nan mwen tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 10:10

Paske, lè yon moun gen konfyans tout bon nan kè l, se lè sa a Bondye fè l gras. Lè yon moun deklare ak bouch li devan tout moun li gen konfyans nan Bondye, se lè sa a Bondye delivre li,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 2:5

Konsa, konfyans nou gen nan Bondye a pa chita sou bon konprann lèzòm, men sou pouvwa Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 5:2

Paske nou gen konfyans nan li, Jezi fè nou antre nan favè Bondye. Epi n'ap kenbe fèm kote nou kanpe a. Nou pa manke kontan paske nou gen espwa resevwa pa nou nan pouvwa Bondye a ansanm avèk li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 3:16

Nou wè nonm sa nou konnen an, se pouvwa ki nan non Jezi a mete ak konfyans nou gen nan non sa a ki ba li fòs ankò. Se konfyans nou gen nan Jezi ki fè l geri nèt, jan nou ka wè l la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 3:17

pou Kris la rete nan kè nou ak konfyans nou gen nan li a. M'ap mande Bondye pou nou pouse rasin, pou nou chita byen fèm nan renmen,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 17:19-20

Apre sa, disip yo pwoche bò kote Jezi, yo mande l apa: — Poukisa nou pat kapab chase move lespri sa a? Antan Jezi te la, li pran chanje devan yo. Figi l vin klere tankou solèy la. Rad li vin blan tankou yon limyè. Jezi di yo: — Se paske nou manke konfyans nan Bondye. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si nou te gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di ti mòn sa a: wete kò ou la, al laba, li ta chanje plas. Pa gen anyen nou pa ta kapab fè. [

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 22:32

Men, mwen lapriyè pou ou, Simon, pou konfyans ou nan Bondye pa febli. Ou menm, lè w'a tounen vin jwenn mwen, bay frè ou yo fòs.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Abakik 2:4

Men mesaj la: Gade jan y'ap fè gwo kòlèt! Yo pa konn sa ki rele mache dwat! Men moun ki mache dwat yo ap viv nan konfyans yo genyen nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 2:26

Menm jan yon kò san nanm se yon kadav, konsa tou lafwa nan Bondye ki pa mache ak fè sa ki byen se yon lafwa ki mouri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 4:7

Mwen fin mennen batay la byen mennen, mwen rive nan bout kous mwen, mwen kenbe konfyans mwen fèm nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 5:9

Kanpe fèm nan konfyans nou, kenbe tèt avè l, paske nou konnen lòt frè nou yo ki nan lemonn ap soufri menm soufrans ak nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 3:14

Paske, nou se konpayon yonn ak lòt k'ap mache ak Kris, depi nou kenbe fèm jouk sa kaba nan konfyans nou genyen depi nan kòmansman an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 7:50

Men Jezi di fanm lan: — Se konfyans ou nan Bondye ki sove ou. Ale ak kè poze.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 1:3

Paske, nou konnen byen lè nou tonbe anba eprèv akoz konfyans nou gen nan Bondye, sa fè nou gen pasyans.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 5:1

Kounyeya, paske nou gen konfyans nan Bondye, Bondye fè nou gras, n'ap viv san kè sote ak Bondye, gremesi Jezikri, Senyè nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 5:8

Men nou menm, nou se moun k'ap viv lajounen, se pou nou toujou kenbe tèt nou anplas. Ann pran konfyans nou gen nan Bondye a ak renmen nou gen nan kè nou tankou yon plak pwotèj pou lestonmak nou. Ann pran espwa nou genyen nan Jezi k'ap vin delivre nou nèt la, ann mete l tankou yon kas an fè nan tèt nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 2:22

Ou wè. Konfyans li te mache ansanm ak sa li te fè. Konsa tou, sa l te fè a te fè konfyans li vin bon nèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 18:42

Epi Jezi di li: — Wè non. Se konfyans ou nan Bondye ki geri ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 5:34

Jezi di li: — Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Ou mèt ale ak kè poze, tande. Ou geri nèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 4:20-21

Non, li pat pèdi konfyans nan Bondye, li pat janm mete nan tèt li pwomès Bondye a te ka pa rive. Okontrè, li te vin gen plis konfyans toujou. Epi li t'ap chante lwanj Bondye. Li te gen fèm konviksyon Bondye te gen pouvwa pou l te fè sa l te pwomèt la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite