Biblia Todo Logo
Vèsè Biblik
- Piblisite -


137 Vèsè Biblik sou Jèn

137 Vèsè Biblik sou Jèn


Matye 6:16-18

— Lè n'ap fè jèn, pa pran pòz kagou nou tankou ipokrit yo: Y'ap mache ak figi yo rale konsa pou tout moun ka wè y'ap fè jèn. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo. Men ou menm, lè w'ap fè jèn, penyen tèt ou byen penyen, lave figi ou byen lave. Konsa, moun p'ap wè si w'ap fè jèn. Papa ou ki la pou kont li avè ou, se li ase ki konn sa. Konsa, Papa ou menm ki wè sa ou fè an sekrè a, se li ki va ba ou rekonpans ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 58:6-7

Non! Men kalite jèn ki pou fè kè m kontan an: Sispann fè mechanste. Sispann fè lenjistis. Bay esklav nou yo libète! Mete chay k'ap foule moun yo atè. Separe sa nou genyen ak moun ki grangou. Louvri pòt resevwa malere ki pa gen kote pou yo dòmi. Si nou wè pwochen nou touni, ba li rad pou li mete. Pa refize lonje men sekouri pwochen ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jowèl 2:12-13

Senyè a pale, li di: — Menm kounyeya, tounen vin jwenn mwen ak tout kè nou! Fè jèn, kriye kont kò nou, plenn sò nou! Se pa rad sou nou pou nou chire, se kè nou menm pou nou chire pou fè wè jan nou nan lapenn. Tounen vin jwenn Senyè a, Bondye nou an. Li gen bon kè anpil, li gen pitye pou moun. Li pa fache fasil, li p'ap janm sispann renmen nou. Li toujou pare pou padonnen nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 4:2

Jezi pase karant jou ak karant nwit san manje. Apre sa, li vin grangou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 9:3

Mwen leve je m nan syèl la pou m lapriyè Senyè a, Bondye a, ak tout kè m. Mwen t'ap kriye nan pye l, mwen te rete san manje, yon rad sak sou mwen. Mwen te chita sou sann dife.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 13:2-3

Yon jou, yo t'ap fè sèvis pou Bondye, yo t'ap fè jèn, lè Sentespri di yo: — Mete Banabas ak Sòl apa pou mwen, pou yo fè travay mwen chwazi pou yo fè a. pou katsansenkant (450) lanne. — Apre sa, li mete jij pou kòmande yo jouk pou rive nan tan pwofèt Samyèl. Lè sa a, yo mande pou yon wa. Bondye ba yo Sayil, pitit gason Kis la, moun branch fanmi Benjamen, pou wa pandan karantan. Lè li wete Sayil, li ba yo David pou wa. Men sa Bondye te di sou David: Mwen jwenn David, pitit gason Izayi a. Se yon nonm ki fè m plezi. Li va fè tou sa m vle l fè. — Se Jezi, yonn nan pitit pitit David yo, Bondye mete pou delivre pèp Izrayèl la, jan l te pwomèt la. Men, anvan Jezi te vini, Jan t'ap mache bay mesay sa a, li t'ap rele tout pèp Izrayèl la pou yo te tounen vin jwenn Bondye, pou yo te resevwa batèm. Lè Jan te prèt pou fini ak misyon l lan, li di pèp la: Ki moun nou kwè mwen ye? Moun n'ap tann lan, se pa mwen. Men, koute, moun sa a ap vini apre mwen. Mwen menm, mwen pa bon ase pou m ta demare kòd sapat ki nan pye li. — Frè m yo, nou menm moun ras Abraram lan ak nou menm moun lòt nasyon isit la ki gen krentif pou Bondye, Bondye voye di nou li vin delivre nou. Paske, moun Jerizalèm ansanm ak chèf yo pa te konnen ki moun Jezi ye. Yo pa te konprann sans pawòl pwofèt yo, pawòl ki li nan zòrèy yo chak saba. Men se yo menm ankò ki fè tout pawòl sa yo akonpli vre lè yo te kondannen Jezi. Atout yo pat jwenn anyen nan sa Jezi te fè ki pou ta fè l merite lanmò, yo te mande Pilat fè touye li. Lè yo fin fè tout bagay ki te ekri sou li nan liv yo rive vre, yo desann li sou kwa a, yo mete l nan yon kavo. Lè sa a, yo fè jèn, yo lapriyè, yo mete men sou tèt Banabas ak Sòl, epi yo kite yo ale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Esdras 8:21-23

Antan nou la bò kannal Aava a, mwen bay lòd pou tout moun fè jèn, pou nou soumèt nou devan Bondye, pou mande l pou nou fè yon bon vwayaj, pou l pwoteje nou, pitit nou yo ansanm ak tout byen nou yo. Mwen te wont mande wa a yon lame ak kavalye pou pwoteje nou si yon lènmi ta atake nou sou wout, paske mwen te fin di wa a konsa Bondye nou an ap pwoteje tout moun ki mete konfyans yo nan li, l'ap beni yo. Konsa tou, l'ap fache sou moun ki vire do ba li, l'ap pini yo. Se konsa nou fè jèn, nou lapriyè Bondye pou l pwoteje nou. Epi li reponn lapriyè nou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Kwonik 20:3-4

Yon sèl laperèz pran Jozafa. Li pran desizyon mande Senyè a sa pou l fè. Li bay lòd pou tout moun nan peyi a fè jèn. Se konsa reny Jozafa a pase dous, san bri san kont. Bondye te fè tout peyi ki te nan vwazinay yo viv byen avè l. Lè Jozafa moute sou fòtèy wa peyi Jida a, li te gen trannsenkan sou tèt li. Li pase vennsenkan ap gouvènen lavil Jerizalèm. Manman l te rele Azouba. Se te pitit fi Chilki. Jozafa te swiv Asa, papa l, pye pou pye nan tou sa li te fè. Li te fè sa ki dwat devan Senyè a. Tansèlman, tanp zidòl yo te la toujou nan peyi a, kifè pèp la pa t'ap sèvi Bondye zansèt yo a ak tout kè yo. Tou sa Jozafa te fè depi premye jou li te moute wa a rive jouk denye jou a, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa Jeou, pitit Anani an, ki yon pòsyon nan liv Istwa Wa peyi Izrayèl yo. Yon lè, Jozafa, wa peyi Jida a, te pase kontra ak Okozyas, wa peyi Izrayèl la, ki te fè anpil bagay ki te mal devan Senyè a. Yo mete ansanm, yo fè fè anpil gwo batiman nan pò lavil Ezyongebè pou al fè trafik sou lanmè jouk nan peyi Tasis. Men Elyezè, pitit gason Dodava a, moun lavil Marecha, te avèti Jozafa. Li te di l: — Paske ou te mete tèt ou ak Okozyas, Senyè a pral kraze sa ou te bati a. Batiman yo kraze, yo pa janm rive vwayaje pou peyi Tasis. Moun sòti toupatou nan lavil peyi Jida yo vin lapriyè nan pye Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Neyemi 1:4

Lè m tande sa, mwen chita atè, mwen pran kriye. Mwen pase anpil jou konsa nan gwo lapenn. Mwen pa manje, mwen t'ap lapriyè Bondye ki nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 4:1-2

Jezi tounen sòti bò larivyè Jouden an. Li te anba pouvwa Sentespri. Se konsa Lespri mennen li nan dezè a. Paske, men sa ki ekri: — Bondye va bay zanj li yo lòd pou yo veye sou ou. Y'a pote ou nan men yo pou ou pa kase pye ou sou okenn wòch. Jezi reponn li: — Men sa ki ekri tou: Ou pa dwe seye sonde Mèt la, Bondye ou. Apre satan fin tante Jezi tout jan sa yo, li ba li kanpo pou tann lòt okazyon. Jezi te anba pouvwa Sentespri Bondye a. Li tounen, l'ale nan peyi Galile. Nan tout peyi a se tout moun ki t'ap nonmen non li. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Tout moun t'ap fè lwanj pou li. Jezi ale lavil Nazarèt kote l te grandi a. Jou repo a, li antre nan sinagòg la tankou l te toujou konn fè. Li leve kanpe pou l li pou yo. Yo renmèt li liv pwofèt Ezayi a. Lè li louvri l, li jwenn kote ki te ekri: Lespri Bondye a sou mwen. Li chwazi m pou m anonse bòn nouvèl la bay pòv yo. Li voye m pou m fè tout prizonye yo konnen yo lage, pou m fè tout avèg yo konnen yo kapab wè ankò, pou m delivre moun y'ap maltrete yo, pou m fè yo konnen lè a rive pou Bondye vin delivre pèp li a. Se la Satan vin tante l pandan karant jou. Tout jou sa yo li pat manje anyen menm. Apre jou sa yo fin pase, li te grangou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 34:28

Moyiz te rete la avèk Senyè a pandan karant jou karant nwit. Li pase tout jou sa yo san manje san bwè. Li te ekri tout pawòl kontra a sou wòch plat yo. Se te dis kòmandman yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 14:23

Nan chak legliz, yo chwazi kèk chèf fanmi. Yo fè jèn, yo lapriyè. Apre sa, yo renmèt yo nan men Bondye, Senyè ki te gen tout konfyans yo a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 35:13-14

Lè yo te malad, mwen te pran gwo lapenn pou yo, mwen rete san manje. Mwen bese tèt mwen pou mwen lapriyè pou yo, menm jan mwen ta lapriyè pou yon zanmi osinon pou yon frè. M'ap mache do ba ak gwo lapenn nan kè m, tankou yon moun ki pèdi manman l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Wa 21:27-29

Lè Eli fin pale konsa, Akab tèlman boulvèse, li chire rad sou li. Li mete rad lapenn li epi li rete san manje. Ata dòmi li dòmi ak rad tristès la sou li. Li t'ap mache tou kagou. Apre sa, Senyè a pale ak Eli, moun lavil Tichbe a, li di l konsa: — Ou wè jan Akab vin dou nan pye m! Paske li fè sa, m'ap tann li mouri anvan m voye malè a sou fanmi li. Se va pandan reny pitit gason l lan m'a voye malè sou fanmi l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 9:14-15

Disip Jan Batis yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: — Nou menm ak farizyen yo, nou fè jèn. Men, poukisa disip ou yo pa fè jèn tou? Jezi reponn yo: — Eske zanmi yon nonm k'ap marye kapab nan lapenn toutotan nonm k'ap marye a la ak yo? Non, pa vre? Men, lè lè a va rive pou l pa nan mitan yo ankò, se lè sa a y'a fè jèn.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 10:2-3

Lè sa a, mwen menm Danyèl, mwen pase twa senmenn nan gwo lapenn. Lè sa a, li di m: — Ou konnen poukisa mwen vin bò kote ou la? Se pou m te ka fè ou konnen sa ki te ekri nan liv verite a. Kounyeya, mwen gen pou m al goumen ak zanj chèf peyi Pès la. Apre sa, zanj chèf peyi Lagrès la va parèt. Pa gen lòt moun pou vin ede m pase Michèl, zanj chèf pèp Izrayèl la. Mwen pat manje okenn bon ti manje, ni okenn vyann. Mwen pat mete yon gout diven nan bouch moun. Mwen pat pase lwil santi bon sou mwen pandan twa senmenn sa yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 58:3-5

Pèp la ap di mwen: — Sa plede fè jèn ap fè pou nou, si ou pa wè sa? Sa repanti ap rapòte nou, si ou pa menm renmake sa? Senyè a reponn: — M'ap di nou laverite. Jou n'ap fè jèn lan, se jou sa a tou n'ap chache fè sa ki nan enterè nou. Se lè sa a n'ap plede peze moun k'ap travay pou nou. Konsa tou, jou n'ap fè jèn lan, se lè sa a tou n'ap joure, n'ap fè kont, n'ap goumen, n'ap bay move kou. Jan mwen wè n'ap fè jèn lan jòdi a se pa konsa pou nou fè l si nou vle lapriyè nou yo rive nan zòrèy mwen. Eske mwen ka pran plezi nan kalite jèn konsa? Atò se sa nou rele jèn m'te bay lòd fè a? Se sa ki yon jou repantans pou sa nou fè ki mal la? Fè jèn pou nou, se bese tèt jouk atè tankou wozo k'ap ploye anba van, se kouche sou sak plat atè nan mitan sann dife. Atò se sa nou rele jèn lan? Se sa ki pou fè Bondye plezi a?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Neyemi 9:1-2

Sou vennkatriyèm jou nan menm mwa a, tout moun pèp Izrayèl yo reyini pou fè jèn pou mande Bondye padon pou peche yo. Tout moun te la, yon rad sak kòlèt sou yo, pousyè tè kouvri tout tèt yo pou fè wè jan yo te nan lapenn. Ou te fè anpil mirak ak mèvèy pou pini farawon an, moun ki t'ap sèvi l yo ansanm ak tout pèp peyi Lejip la paske ou te konnen jan moun sa yo t'ap maltrete pèp ou a. Depi lè sa a, y'ap nonmen nou ou jouk jòdi a. Ou louvri yon chemen nan lanmè a pou pèp la pase san pye yo pa mouye. Moun ki t'ap pousib yo, ou neye yo nan fon lanmè. Yo fè fon tankou wòch nan gwo lanmè. Lajounen se avèk yon gwo nyaj ou moutre yo chemen pou yo pran. Lannwit, avèk yon flanm dife, ou klere chemen kote pou yo pase. Ou sòti nan syèl la, ou desann sou mòn Sinayi a pou pale ak yo. Ou ba yo regleman ki pou fè yo mache dwat, lwa ki gen verite ladan l. Ou ba yo bon prensip ak bon kòmandman. Ou moutre yo pou yo mete jou repo a apa pou ou. Ou voye Moyiz, sèvitè ou la, pou li ba yo tout kòmandman, tout lòd ak lalwa ou mande pou yo swiv. Lè yo te grangou, ou ba yo pen ki sòti nan syèl la. Lè yo te swaf dlo, ou fè dlo pete sòti nan wòch. Ou ba yo lòd pou y'al pran pou yo peyi ou te pwomèt ou t'ap ba yo a. Men, zansèt nou yo kite lògèy vire lòlòj yo. Yo fè tèt di, yo derefize obeyi lòd ou te ba yo. Yo refize obeyi ou, yo bliye tout bèl mèvèy ou te fè pou yo. Yo fè tèt di, yo chwazi yon chèf pou mennen yo tounen nan esklavaj peyi Lejip la. Men, ou se Bondye ki konn padonnen. Ou gen pitye, ou gen bon kè. Ou pa fè kòlè fasil, Ou pat janm sispann renmen yo. Ou pat lage yo. Yo fonn metal, yo fè yon zidòl fòm yon ti towo bèf. Epi yo di se li menm ki bondye yo, bondye ki te fè yo moute sòti kite peyi Lejip. Lè sa a, se pi gwo jouman yo ta ka fè ou! Men, ou pa vire do ou kite yo nan dezè a, sitèlman ou te gen anpil pitye pou yo. Ou pat wete nyaj ki t'ap moutre yo chemen pou yo pran lajounen, ni gwo flanm dife ki t'ap klere chemen pou yo te pran lannwit. Tout moun pèp Izrayèl yo mete kò yo ansanm. Yo pa kite okenn moun lòt nasyon mele ak yo. Epi se konsa yo kanpe, yo konmanse di tou sa yo menm yo fè ki mal ansanm ak tout peche zansèt yo te fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Zakari 7:5

— Pale ak tout moun ki nan peyi a ansanm ak prèt yo tou. Mande yo pou mwen: Sa fè swasanndizan depi n'ap fè jèn, depi n'ap pran lapenn sou chak senkyèm ak setyèm mwa. Eske se pou mwen nou te fè tou sa?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Samyèl 7:6

Se konsa, yo tout rasanble lavil Mispa. Yo tire dlo jete atè pou Senyè. Jou sa a, yo rete san manje. Epi yo di: — Nou peche kont Senyè a! Samyèl te rete lavil Mispa. Se la li te konn regle tout bagay pou pèp Izrayèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 7:5

Piga nou prive nou yonn lòt, esepte si nou antann nou sou sa pou yon moman pou konsakre nou nan lapriyè. Men apre sa, reprann lavi nòmal madanm ak mouche nou. Si nou pa fè li konsa, nou riske pa ka kontwole tèt nou epi bay satan pye fè nou tonbe nan pyèj li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 17:21

Men, kalite lespri sa yo, se fòs lapriyè ak jèn ki pou fè yo sòti.]

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 69:10

(11) Mwen nan gwo lapenn, mwen rete san manje. Se poutèt sa wi y'ap joure m konsa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Samyèl 12:16

David tonbe lapriyè Senyè a pou ti gason an. Li derefize mete anyen nan bouch li. Chak swa, li antre nan chanm li, li pase nwit lan kouche atè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Estè 4:16

— Ou mèt ale. Reyini dènye jwif ki nan lavil Souz. Fè yo fè jèn pou mwen. N'a pase twa jou twa nwit san manje san bwè. Mwen menm bò pa m ansanm ak sèvant mwen yo, nou pral fè jèn tou. Apre sa, m aval kote wa a, atout lalwa defann sa. Si se pou m mouri, m'a mouri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jowèl 1:14

Bay lòd pou yo fè jèn! Rele tout moun vini! Sanble tout chèf yo ansanm ak tout moun ki rete nan peyi a, nan kay Senyè a, Bondye nou an. Rele nan pye Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jij 20:26

Lè sa a, ni lame a ni rès pèp Izrayèl la moute lavil Betèl. Yo chita la devan Senyè a ap kriye. Jou sa a, yo rete san manje jouk aswè. Apre sa, yo boule bèt nan dife pou Senyè a, yo fè ofrann pou mande Senyè a padon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 109:24

Jenou m fèb sitèlman mwen pa manje. Mwen tounen zo ak po. Mwen fèb anpil!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Wa 19:8

Eli manje, li bwè. Fòs li remoute. Li mache karant jou, karant nwit jouk li rive sou mòn Orèb, mòn Bondye a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 10:30-31

Kònèy di li: — Jòdi a fè kat jou, mwen te lakay mwen, mwen t'ap lapriyè vè twazè konsa nan apremidi. Mwen rete konsa, mwen wè yon nonm ki te gen yon bèl rad byen klere sou li kanpe devan mwen. Epi l di mwen: Kònèy, Bondye tande lapriyè ou, li chonje tout byen ou fè pou pòv yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 6:18

Apre sa, wa a tounen nan palè a. Jou swa sa a li pa manje, li pa fè chache okenn nan fanm kay li yo. Li pase nwit lan san l pa fèmen je l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jonas 3:5

Moun lavil Niniv te kwè nan mesaj Bondye a. Yo bay lòd pou tout moun, zannanna kou pengwen, abiye toutanblan pou moutre lapenn yo pou tout mal yo fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:18

Konsa, moun p'ap wè si w'ap fè jèn. Papa ou ki la pou kont li avè ou, se li ase ki konn sa. Konsa, Papa ou menm ki wè sa ou fè an sekrè a, se li ki va ba ou rekonpans ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 14:12

Yo te mèt boule bèt pou mwen ak rekòt jaden yo, sa p'ap ka fè mwen kontan ak yo. Okontrè mwen pral fè yo mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Zakari 8:19

— Jèn yo konn fè chak katriyèm mwa, chak senkyèm mwa, chak setyèm mwa ak chak dizyèm mwa a pral yon plezi, yon kè kontan pou moun Jida yo, yon okazyon pou yo fè fèt. Se pou nou renmen viv byen yonn ak lòt san bay manti.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 35:13

Lè yo te malad, mwen te pran gwo lapenn pou yo, mwen rete san manje. Mwen bese tèt mwen pou mwen lapriyè pou yo,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jowèl 2:15-16

Kònen twonpèt sou mòn Siyon an! Bay lòd pou tout moun fè jèn! Mande pou tout moun reyini! Sanble pèp la. Pare tout moun pou fè sèvis. Sanble vye granmoun yo! Reyini tout timoun yo, menm timoun ki nan tete. Ata moun ki fenk marye yo, se pou yo kite kay yo vini tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 9:27

Mwen aji di ak kò m, mwen kenbe l kout, pou mwen menm yo pa voye m jete apre mwen fin moutre lòt yo sa pou yo fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Neyemi 1:4-6

Lè m tande sa, mwen chita atè, mwen pran kriye. Mwen pase anpil jou konsa nan gwo lapenn. Mwen pa manje, mwen t'ap lapriyè Bondye ki nan syèl la. Mwen di: — Aa, Senyè, Bondye ki nan syèl la, ou se yon Bondye ki gen pouvwa, yon Bondye ki fè moun gen krentif pou ou. Ou kenbe pawòl ou te bay nan kontra ou la. Ou toujou gen pitye pou moun ki renmen ou, pou moun ki swiv lòd ou yo. Tanpri, voye je ou sou mwen menm k'ap sèvi ou la. Panche zòrèy ou pou tande lapriyè m'ap fè nan pye ou kounyeya, lajounen kou lannwit, pou sèvitè ou yo, moun pèp Izrayèl yo. Mwen rekonèt tou sa moun pèp Izrayèl yo fè ki mal devan je ou. Mwen rekonèt ni mwen menm ni zansèt mwen yo nou fè peche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Samyèl 1:7-8

Sa kontinye konsa chak lanne pandan lontan. Chak fwa yo te moute ale nan tanp Senyè a, Penina gen pou anbete Ana jouk li fè l fache. Lè konsa, Ana menm rete ap kriye, li pa vle manje anyen. Elkana, mari li, di l konsa: — Aa, machè! Poukisa w'ap plede kriye konsa? Poukisa ou pa manje? Poukisa ou kagou konsa? Ou genyen m, se tankou si ou te genyen depase dis pitit gason.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 13:2

Yon jou, yo t'ap fè sèvis pou Bondye, yo t'ap fè jèn, lè Sentespri di yo: — Mete Banabas ak Sòl apa pou mwen, pou yo fè travay mwen chwazi pou yo fè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 2:37

Apre sa, li te rete vèv. Lè sa a, li te gen katrevenkatran, li pat janm kite tanp lan. Li t'ap sèvi Bondye lajounen kou lannwit: tout tan li t'ap fè jèn, li t'ap lapriyè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Esdras 8:23

Se konsa nou fè jèn, nou lapriyè Bondye pou l pwoteje nou. Epi li reponn lapriyè nou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Wa 21:9

Men sa li voye di yo nan lèt yo: Sanble tout moun pou yon sèvis jèn. Mande Nabòt pou li dirije sèvis la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 9:20-23

Mwen t'ap pale toujou nan lapriyè a, mwen t'ap rekonèt peche m yo ak peche pèp Izrayèl la, pèp mwen an devan Bondye. Mwen t'ap mande Senyè a, Bondye mwen an, gras mizèrikòd pou mòn ki apa pou li a. Wi, mwen t'ap pale toujou nan lapriyè a, lè Gabriyèl, zanj mwen te wè nan premye vizyon an, vole desann kote mwen te ye a. Se lè yo te konn fè ofrann bèt aswè a. Li vini, li pale avè m. Li di m konsa: — Danyèl, kounyeya mwen vin la a pou m ede ou konprann mesay la. Depi lè ou te fenk konmanse ap lapriyè nan pye Bondye a, li te gentan reponn ou. Se mesay sa a mwen vin fè ou konnen. Ou se yon moun Bondye renmen anpil. Kounyeya, louvri zòrèy ou pou ou ka konprann sans vizyon an byen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Samyèl 1:12

Yo kriye, yo pran gwo lapenn pou Sayil, pou Jonatan, pitit li a, pou lame Senyè a ak pou pèp Izrayèl la, paske te gen anpil ladan yo ki te mouri nan lagè a. Yo rete san manje jouk aswè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jij 20:26-28

Lè sa a, ni lame a ni rès pèp Izrayèl la moute lavil Betèl. Yo chita la devan Senyè a ap kriye. Jou sa a, yo rete san manje jouk aswè. Apre sa, yo boule bèt nan dife pou Senyè a, yo fè ofrann pou mande Senyè a padon. Lèfini, yo mande Senyè a ankò sa pou yo fè. Lè sa a, Bwat Kontra Bondye a te lavil Betèl. Se Fineas, pitit gason Eleaza, pitit pitit Arawon an, ki te reskonsab pou fè sèvis devan Bwat Kontra a. Yo di Senyè a: — Eske se pou n'al goumen ankò kont moun Benjamen yo, frè nou yo, osinon eske se pou n rete sou sa nou fè a? Senyè a reponn yo: — Nou mèt al goumen. Paske denmen m'ap lage yo nan men nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jowèl 1:14-15

Bay lòd pou yo fè jèn! Rele tout moun vini! Sanble tout chèf yo ansanm ak tout moun ki rete nan peyi a, nan kay Senyè a, Bondye nou an. Rele nan pye Senyè a. Ala yon gwo jou papa! Jou Senyè a pa lwen rive. Se jou Bondye ki gen tout pouvwa a ap vini kraze brize. Jou sa a ap bay gwo lapenn.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 5:35

Non. Men, lè lè a rive pou nonm k'ap marye a pa avèk yo ankò, se lè sa a y'a fè jèn.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Estè 9:31

Lèfini, li mande yo pou ni yo ni pitit yo, ni pitit pitit yo, pou yo toujou fete jou chans sa yo lè dat la rive, jan Madoche ak larenn Estè te bay lòd la, menm jan yo te swiv lòd yo te bay pou fè jèn epi pou yo te leve men yo nan syèl pou plenn sò yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 58:1-9

Senyè a di konsa: — Louvri gagann ou rele, rele mezi ou kapab! Fè vwa ou klewonnen ale lwen! Fè pèp mwen an konn krim li fè! Fè pitit pitit Jakòb yo konnen movezak yo fè! si nou manje ak moun ki grangou, si nou plen vant moun ki nan nesesite, limyè va klere pou nou nan mitan fènwa. Lannwit va fè klè pou nou tankou gwo midi. Se tout tan Senyè a va moutre nou chemen pou nou pran, l'a rafrechi nanm nou nan tan chechrès. L'a ban nou fòs ak kouray. N'a tankou yon jaden ki byen wouze, tankou yon sous dlo ki pa janm chèch. N'a rebati vye kay ki fin tonbe yo. N'a moute lòt kay sou ansyen fondasyon tan lontan yo. Y'a rele nou moun ki konn repare miray fann yo, moun ki konn balize granchemen yo, moun k'ap refè kay kraze yo pou moun ka vin rete nan peyi a ankò. Si nou veye kò nou pou nou respekte jou repo a, pou nou pa regle pwòp zafè nou jou ki apa pou mwen an, si se yon plezi pou nou lè jou repo a rive, si nou respekte jou ki apa pou mwen menm, Senyè a, pou jou sa a nou pa nan fè sa ki nan lide nou, nou pa nan vwayaje, nou pa nan fè travay, ni nou pa nan pale vye koze, lè sa a, n'a jwenn plezi nou nan fè sèvis pou mwen. M'a fè tout moun sou latè pote nou anlè, n'a jwi lavi nan peyi mwen te bay Jakòb, zansèt nou an. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa! Chak jou, y'ap fè sèvis pou mwen. Yo pretann yo konnen chemen m yo, tankou si se yon nasyon ki fè sa ki dwat devan m, epi ki pat janm lage lòd mwen te ba yo. Y'ap mande m pou m defann kòz yo. Yo ta vle pou Bondye kanpe la ak yo. Pèp la ap di mwen: — Sa plede fè jèn ap fè pou nou, si ou pa wè sa? Sa repanti ap rapòte nou, si ou pa menm renmake sa? Senyè a reponn: — M'ap di nou laverite. Jou n'ap fè jèn lan, se jou sa a tou n'ap chache fè sa ki nan enterè nou. Se lè sa a n'ap plede peze moun k'ap travay pou nou. Konsa tou, jou n'ap fè jèn lan, se lè sa a tou n'ap joure, n'ap fè kont, n'ap goumen, n'ap bay move kou. Jan mwen wè n'ap fè jèn lan jòdi a se pa konsa pou nou fè l si nou vle lapriyè nou yo rive nan zòrèy mwen. Eske mwen ka pran plezi nan kalite jèn konsa? Atò se sa nou rele jèn m'te bay lòd fè a? Se sa ki yon jou repantans pou sa nou fè ki mal la? Fè jèn pou nou, se bese tèt jouk atè tankou wozo k'ap ploye anba van, se kouche sou sak plat atè nan mitan sann dife. Atò se sa nou rele jèn lan? Se sa ki pou fè Bondye plezi a? Non! Men kalite jèn ki pou fè kè m kontan an: Sispann fè mechanste. Sispann fè lenjistis. Bay esklav nou yo libète! Mete chay k'ap foule moun yo atè. Separe sa nou genyen ak moun ki grangou. Louvri pòt resevwa malere ki pa gen kote pou yo dòmi. Si nou wè pwochen nou touni, ba li rad pou li mete. Pa refize lonje men sekouri pwochen ou. Lè sa a, tankou solèy k'ap leve, m'ap klere nou, m'a fè nou wè jan mwen renmen nou. Lapoula m'a geri nou, m'a toujou mache ak nou pou m delivre nou. Pouvwa Bondye a va mache dèyè nou pou poteje nou. Lè sa a, si nou lapriyè nan pye m, m'a reponn nou. Si nou rele m, m'a di men mwen! Si nou rache tout mechanste nan kè nou voye jete, si nou sispann kraponnen moun, si nou sispann pale moun mal,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 4:1-4

Apre sa, Lespri pouse Jezi al nan dezè a pou satan ka sonde li. Jezi reponn li: — Demaske ou devan m' lan, Satan! Paske men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou la, pou adore. Se li menm sèl pou sèvi. Fwa sa a, dyab la resi kite li repo. Latou, kèk zanj Bondye pwoche kot Jezi, epi yo tanmen sèvi li. Lè Jezi tande yo te mete Jan Batis nan prizon, li wete kò l, l'ale nan peyi Galile. Li kite Nazarèt, l'ale rete Kapènawòm, toupre lanmè Galile, sou tè moun Zabilon ak moun Neftali yo. Konsa, pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre: Peyi Zabilon ak peyi Neftali ki sou wout pou ale bò lanmè a, peyi ki lòt bò larivyè Jouden an, peyi Galile kote moun lòt nasyon yo ap viv la, pèp ki t'ap viv nan fènwa a wè yon gwo limyè. Limyè a klere pou moun ki t'ap viv nan peyi ki anba lonbray lanmò a. Depi lè sa a, Jezi konmanse ap mache bay mesay li a. Li t'ap di: — Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li. Antan Jezi t'ap mache bò lanmè Galile a, li wè de frè: Simon, yo rele Pyè a, ak Andre, frè li. Yo t'ap voye privye nan lanmè a, paske se pechè pwason yo te ye. Jezi di yo konsa: — Vin jwenn mwen, m'a fè nou tounen pechè moun pito. Jezi pase karant jou ak karant nwit san manje. Apre sa, li vin grangou. Lamenm, yo kite privye yo, y'ale avèk li. Jezi vanse pi lwen, li wè de lòt frè, Jak avèk Jan, pitit Zebede yo. Yo te chita nan kannòt yo ansanm ak papa yo, yo t'ap repare privye yo. Jezi rele yo. Lamenm, yo kite kannòt la ansanm ak papa yo, y'ale avèk li. Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap anonse Bon Nouvèl peyi kote Bondye wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te ka genyen. Toupatou nan peyi Siri a, se tout moun ki t'ap nonmen non li. Se sa ki fè yo te mennen tout kalite moun malad ba li, ansanm ak tout moun ki soufri doulè, moun ki te gen move lespri sou yo, moun ki soufri malkadi ak moun ki paralize. Jezi geri yo tout. Yon bann moun t'ap swiv li. Yo te soti toupatou: te gen moun Galile, moun Dekapòl, moun Jerizalèm, moun Jide ak moun peyi lòt bò larivyè Jouden. Lè sa a, satan pwoche kote li pou sonde l'. Li di li konsa: — Si ou se pitit Bondye vre, m'pini ou bay wòch sa yo lòd tounen pen. Jezi reponn li: — Men sa ki ekri: Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Kwonik 7:14

lè sa a si pèp ki pote non m lan lapriyè nan pye m, si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 27:33-34

Anvan solèy leve, Pòl mande tout moun pou yo manje yon ti manje. Li di yo: — Mezanmi, jòdi a fè katòz jou depi nou rete la san manje, n'ap tann. Tanpri, kounyeya, mete kichòy nan vant nou. N'a byen bezwen l pou nou sove. Ata yon branch cheve nou p'ap pèdi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 6:18-20

Apre sa, wa a tounen nan palè a. Jou swa sa a li pa manje, li pa fè chache okenn nan fanm kay li yo. Li pase nwit lan san l pa fèmen je l. Nan maten, lè bajou kase, wa a leve, li kouri al bò twou lyon an. Lèfini, li chwazi Danyèl ak de lòt moun li mete alatèt prefè yo. Reskonsabilite yo se te kontwole travay prefè yo pou yo te ka defann enterè wa a. Lè li rive, li pwoche bò bouch twou a. Kè l te sere lè li rele Danyèl, li di: — Danyèl, sèvitè Bondye vivan an, eske Bondye w'ap sèvi san dezanpare a te rive delivre ou anba lyon yo?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 9:15

Jezi reponn yo: — Eske zanmi yon nonm k'ap marye kapab nan lapenn toutotan nonm k'ap marye a la ak yo? Non, pa vre? Men, lè lè a va rive pou l pa nan mitan yo ankò, se lè sa a y'a fè jèn.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 36:9

Se te nan nevyèm mwa senkyèm lanne reny Jojakim, pitit Jozyas la, yo te bay lòd pou tout moun lavil Jerizalèm yo ansanm ak tout moun ki te sòti nan lavil peyi Jida yo epi ki te nan lavil Jerizalèm lan pou yo fè yon sèvis jèn pou mande Senyè a gras.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jowèl 2:15

Kònen twonpèt sou mòn Siyon an! Bay lòd pou tout moun fè jèn! Mande pou tout moun reyini!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jonas 3:6-9

Nouvèl la gaye jouk rive nan zòrèy wa Niniv lan. Li desann fòtèy li. Li retire rad wa a sou li. Li abiye toutanblan tou. Li chita atènan sann dife. Li voye fè piblikasyon sa a nan tout peyi a: — Men lòd wa a ansanm ak lòt chèf li yo bay: pesonn pa gendwa manje anyen. Ni moun, ni bèf, ni mouton. Tout ap rete san manje san bwè. Tout moun va abiye toutanblan. Tout bèt va gen siy lapenn nan sou yo tou. Tout moun va lapriyè Bondye ak tout kè yo. Y'a kite tout move zak ak tout mechanste yo te konn fè nan lavi yo. Nou pa janm konnen, Bondye ka chanje lide. L'a regrèt sa li ta pral fè a, li p'ap fache sou nou ankò. Konsa, nou p'ap mouri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Esdras 10:6

Apre sa, Esdras ale lakay Jokanan, pitit gason Eliyachib la, sou devan Tanp Bondye a. Li pase nwit lan la, san manje, san bwè, paske li te nan gwo lapenn dèske moun yo te depòte epi ki te tounen nan peyi a pat kenbe pawòl yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Samyèl 31:13

Lèfini, yo pran zosman yo, yo antere yo anba pye tonmaren ki nan lavil Jabès la. Apre sa, yo pase sèt jou san manje.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Neyemi 9:1-3

Sou vennkatriyèm jou nan menm mwa a, tout moun pèp Izrayèl yo reyini pou fè jèn pou mande Bondye padon pou peche yo. Tout moun te la, yon rad sak kòlèt sou yo, pousyè tè kouvri tout tèt yo pou fè wè jan yo te nan lapenn. Ou te fè anpil mirak ak mèvèy pou pini farawon an, moun ki t'ap sèvi l yo ansanm ak tout pèp peyi Lejip la paske ou te konnen jan moun sa yo t'ap maltrete pèp ou a. Depi lè sa a, y'ap nonmen nou ou jouk jòdi a. Ou louvri yon chemen nan lanmè a pou pèp la pase san pye yo pa mouye. Moun ki t'ap pousib yo, ou neye yo nan fon lanmè. Yo fè fon tankou wòch nan gwo lanmè. Lajounen se avèk yon gwo nyaj ou moutre yo chemen pou yo pran. Lannwit, avèk yon flanm dife, ou klere chemen kote pou yo pase. Ou sòti nan syèl la, ou desann sou mòn Sinayi a pou pale ak yo. Ou ba yo regleman ki pou fè yo mache dwat, lwa ki gen verite ladan l. Ou ba yo bon prensip ak bon kòmandman. Ou moutre yo pou yo mete jou repo a apa pou ou. Ou voye Moyiz, sèvitè ou la, pou li ba yo tout kòmandman, tout lòd ak lalwa ou mande pou yo swiv. Lè yo te grangou, ou ba yo pen ki sòti nan syèl la. Lè yo te swaf dlo, ou fè dlo pete sòti nan wòch. Ou ba yo lòd pou y'al pran pou yo peyi ou te pwomèt ou t'ap ba yo a. Men, zansèt nou yo kite lògèy vire lòlòj yo. Yo fè tèt di, yo derefize obeyi lòd ou te ba yo. Yo refize obeyi ou, yo bliye tout bèl mèvèy ou te fè pou yo. Yo fè tèt di, yo chwazi yon chèf pou mennen yo tounen nan esklavaj peyi Lejip la. Men, ou se Bondye ki konn padonnen. Ou gen pitye, ou gen bon kè. Ou pa fè kòlè fasil, Ou pat janm sispann renmen yo. Ou pat lage yo. Yo fonn metal, yo fè yon zidòl fòm yon ti towo bèf. Epi yo di se li menm ki bondye yo, bondye ki te fè yo moute sòti kite peyi Lejip. Lè sa a, se pi gwo jouman yo ta ka fè ou! Men, ou pa vire do ou kite yo nan dezè a, sitèlman ou te gen anpil pitye pou yo. Ou pat wete nyaj ki t'ap moutre yo chemen pou yo pran lajounen, ni gwo flanm dife ki t'ap klere chemen pou yo te pran lannwit. Tout moun pèp Izrayèl yo mete kò yo ansanm. Yo pa kite okenn moun lòt nasyon mele ak yo. Epi se konsa yo kanpe, yo konmanse di tou sa yo menm yo fè ki mal ansanm ak tout peche zansèt yo te fè. Ou pran ti gout nan lespri ou, ou ba yo pou yo ka gen konprann. Ou toujou ba yo lamàn pou yo manje, ou toujou ba yo dlo lè yo te swaf dlo. Pandan karantan, ou pran swen yo nan dezè a: yo pa janm manke anyen! Rad sou yo pa janm fini, pye yo pa janm anfle. Ou lage nan men yo peyi anpil wa ak anpil pèp. Ou separe l ba yo pou chak moun viv nan limit ou ba yo. Yo pran peyi Esbon, kote wa Siyon t'ap gouvènen an, ak peyi Bazan kote wa Og te chèf la. Ou ba yo anpil pitit, menm kantite ak zetwal nan syèl la. Ou mennen yo nan peyi ou te pwomèt zansèt yo ou t'ap fè yo pran pou yo a. Yo anvayi peyi Kanaran, yo pran l pou yo. Ou fè moun peyi Kanaran an bese tèt devan yo. Ou lage tout wa yo ak tout pèp ki t'ap viv nan peyi a nan men pèp ou a, pou yo te fè ak yo sa yo te vle. Pèp ou a mache pran tout lavil ki te gen gwo fò pou defann yo, ak tout bon venn tè moun yo. Yo pran tout kay yo ansanm ak tout byen ki te ladan yo. Yo jwenn sitèn tou fouye, jaden rezen, jaden oliv ak pyebwa k'ap donnen an kantite. Yo manje, yo plen vant yo, yo vin gra. Yo pran plezi jwi tout kantite bèl bagay ou te ba yo. Men, yo rete konsa, yo vire do ba ou, yo fè wondonmon. Yo pran lalwa ou la, yo voye l jete dèyè do yo. Yo touye pwofèt ou te voye ak mesay pou ba yo avètisman pou yo te ka tounen vin jwenn ou. Se pa ti kras manke yo te manke ou dega! Se konsa, ou lage yo nan men moun ki pa vle wè yo, ki bat yo nan lagè, ki mete pye sou kou yo. Nan tray yo te ye a, yo rele mande ou sekou. Ou rete nan syèl la, ou reponn yo. Ou te gen pitye pou yo, ou voye chèf pou delivre yo anba men moun ki t'ap peze yo. Men, kou ou ba yo yon ti souf, yo konmanse ap fè sa ki mal ankò devan ou. Ou lage yo nan men lènmi ki t'ap kraze yo. Lè sa a ankò, yo pran rele nan pye ou. Ou menm menm, ou rete nan syèl la, ou reponn yo. Ou sitèlman gen bon kè, se pa ni de ni twa fwa ou delivre yo. Ou te avèti yo, ou te mande yo pou yo obeyi tout lòd ou yo. Men, lògèy vire lòlòj yo, yo refize swiv kòmandman ou yo. Yo fè bagay ki pa dakò ak lòd ou ba yo. Epi se lè yon moun swiv lòd ou yo, li jwenn lavi! Men, yo fè wòklò, yo fè tèt di, yo derefize obeyi ou. Pandan twazè, yo tout rete kanpe kote yo te ye a, y'ap tande moun ap li nan liv lalwa Senyè a, Bondye yo a. Apre sa, pandan twazè ankò, yo t'ap di tout peche yo te fè, epi yo tonbe ajenou ap adore Senyè a, Bondye a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 11:27

Mwen redi travay di, mwen fatige kò m anpil, mwen pase anpil nwit san dòmi, mwen konnen sa ki rele grangou ak swaf dlo. Anpil fwa mwen te blije rete san manje, mwen soufri fredi, mwen konn pa gen rad pou m mete sou mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 9:9

Li rete la twa jou san wè, san manje, san bwè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 9:9

Mwen te moute sou wòch la pou mwen t'al resevwa de tablo wòch, tablo ki te gen kontra Senyè a te fè ak nou an ekri sou yo. Mwen rete la, mwen pase karant jou san manje san bwè sou mòn lan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jij 20:26-27

Lè sa a, ni lame a ni rès pèp Izrayèl la moute lavil Betèl. Yo chita la devan Senyè a ap kriye. Jou sa a, yo rete san manje jouk aswè. Apre sa, yo boule bèt nan dife pou Senyè a, yo fè ofrann pou mande Senyè a padon. Lèfini, yo mande Senyè a ankò sa pou yo fè. Lè sa a, Bwat Kontra Bondye a te lavil Betèl.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Samyèl 14:24

Jou sa a, moun pèp Izrayèl yo te fèb anpil tèlman yo te grangou paske Sayil te pran yon gwo angajman devan tout pèp la, li te pase lòd sa a: — Madichon pou nenpòt moun ki va mete manje nan bouch li jòdi a anvan mwen pran revanj mwen sou lènmi m yo. Se konsa pèsonn nan peyi a pat manje anyen jou sa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:16

— Lè n'ap fè jèn, pa pran pòz kagou nou tankou ipokrit yo: Y'ap mache ak figi yo rale konsa pou tout moun ka wè y'ap fè jèn. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 18:12

Chak senmenn mwen pase de jou ap fè jèn, mwen bay ladim nan tou sa mwen genyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 10:3

Mwen pat manje okenn bon ti manje, ni okenn vyann. Mwen pat mete yon gout diven nan bouch moun. Mwen pat pase lwil santi bon sou mwen pandan twa senmenn sa yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 109:21-24

Men, Senyè, Bondye mwen, fè kichòy pou mwen non, pou sa sèvi yon lwanj pou ou. Delivre m non paske ou p'ap janm sispann renmen m. Se yon pòv malere san sekou mwen ye, kè m ap fann. Kò m ap tchoule tankou solèy k'ap kouche. Mwen tankou bigay van ap pote ale. Jenou m fèb sitèlman mwen pa manje. Mwen tounen zo ak po. Mwen fèb anpil!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Esdras 8:21

Antan nou la bò kannal Aava a, mwen bay lòd pou tout moun fè jèn, pou nou soumèt nou devan Bondye, pou mande l pou nou fè yon bon vwayaj, pou l pwoteje nou, pitit nou yo ansanm ak tout byen nou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jonas 3:8

Tout moun va abiye toutanblan. Tout bèt va gen siy lapenn nan sou yo tou. Tout moun va lapriyè Bondye ak tout kè yo. Y'a kite tout move zak ak tout mechanste yo te konn fè nan lavi yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 24:18

Moyiz antre nan mitan nyaj la, li moute sou mòn lan. Moyiz pase karant jou ak karant nwit sou mòn lan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Wa 21:12

Yo fè konnen yo pral fè sèvis jèn. Yo fè tout pèp la sanble, yo mete Nabòt devan pou dirije sèvis la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 9:14-17

Disip Jan Batis yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: — Nou menm ak farizyen yo, nou fè jèn. Men, poukisa disip ou yo pa fè jèn tou? Jezi reponn yo: — Eske zanmi yon nonm k'ap marye kapab nan lapenn toutotan nonm k'ap marye a la ak yo? Non, pa vre? Men, lè lè a va rive pou l pa nan mitan yo ankò, se lè sa a y'a fè jèn. Pèsonn p'ap pran yon moso twal nèf pou pyese yon vye rad. Si ou fè sa, moso nèf la ap pati ak yon bò nan vye rad la. Lè sa a, rad la ap chire pi mal toujou. Pesonn p'ap pran diven fèk fèt pou bouche li nan vye boutèy ki sèvi deja. Si ou fè sa, diven an ap pete vye boutèy yo, epi w'ap pèdi ni diven an, ni boutèy yo. Men diven fèk fèt la dwe bouche sere nan boutèy nèf. Konsa, ni diven an, ni veso a ap byen konsève.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Estè 4:3

Nan tout pwovens yo, toupatou kote yo te pibliye lòd wa a, se te yon gwo lafliksyon pou jwif yo. Yo fè jèn, yo t'ap kriye, yo t'ap plenn. Anpil ladan yo mete rad sak sou yo, yo kouche nan sann dife.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Kwonik 20:3

Yon sèl laperèz pran Jozafa. Li pran desizyon mande Senyè a sa pou l fè. Li bay lòd pou tout moun nan peyi a fè jèn.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 1:12

— Pandan dis jou ban nou legim ase pou n manje ak dlo pou nou bwè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Samyèl 7:6-8

Se konsa, yo tout rasanble lavil Mispa. Yo tire dlo jete atè pou Senyè. Jou sa a, yo rete san manje. Epi yo di: — Nou peche kont Senyè a! Samyèl te rete lavil Mispa. Se la li te konn regle tout bagay pou pèp Izrayèl la. Lè moun Filisti yo vin konnen pèp Izrayèl la te sanble lavil Mispa, senk chèf moun Filisti yo moute al atake yo. Moun pèp Izrayèl yo tande sa, yo te pè. Epi yo di Samyèl: — Pa sispann lapriyè Senyè a pou nou, pou l ka sove nou anba men moun Filisti yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jowèl 2:18

Lè sa a, Senyè a fè wè jan li renmen peyi li a. Li fè pèp li a gras.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Esdras 9:5

Lè lè a rive pou yo fè ofrann chak aswè a, mwen leve kote m te koupi ap kriye a, epi ak tout rad chire yo sou mwen, mwen tonbe ajenou, mwen louvri de bra m devan Senyè a, Bondye mwen an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 10:30

Kònèy di li: — Jòdi a fè kat jou, mwen te lakay mwen, mwen t'ap lapriyè vè twazè konsa nan apremidi. Mwen rete konsa, mwen wè yon nonm ki te gen yon bèl rad byen klere sou li kanpe devan mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Wa 13:8-9

Pwofèt la reponn: — Ou ta mèt ban mwen mwatye nan tout richès ou yo, mwen p'ap mete pwent pye m lakay ou. Mwen p'ap manje pen, ni mwen p'ap bwè dlo isit la. Paske, Senyè a te ban mwen lòd pou m pa ni manje ni bwè anyen, lèfini pou m pa pran menm chemen mwen te vini an pou m tounen lakay mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 10:12-13

Li di m konsa: — Ou pa bezwen pè, Danyèl. Bondye te tande lapriyè ou la depi premye jou ou te pran desizyon soumèt ou devan Bondye ou pou ou te ka rive gen bon konprann. Se poutèt lapriyè ou la mwen vin ba ou repons Bondye a. Zanj chèf peyi Pès la te kenbe tèt avè m pandan venteyen jou. Apre sa, Michèl, yonn nan chèf zanj Bondye yo, vin pote m sekou paske mwen te pou kont mwen nan peyi Pès la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 42:1-2

(2) Menm jan yon bèt anvi bwè dlo larivyè, se konsa mwen anvi wè ou, Bondye. (11) Mwen santi tout zo nan kò m ap fè m mal. Lè moun k'ap pèsekite m yo ap joure m, lè tout tan y'ap mande m: — Kote Bondye ou la? (12) Wi, poukisa mwen kagou konsa? Poukisa m'ap plenn konsa nan kè mwen? M'ap mete espwa m nan Bondye, paske mwen gen pou m fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m, se li ki Bondye mwen. (3) Se pa ti anvi mwen pa anvi wè Bondye, Bondye ki vivan an. Kilè m'a va ale pou m adore Bondye lakay li?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Esdras 8:15-23

Mwen sanble tout moun sa yo bò gwo kannal ki mennen dlo nan lavil Aava a. Nou pase twa jou la. Antan nou la, mwen remake nou te gen prèt nan gwoup la, men pat gen moun Levi. Lè sa a, mwen fè chache nèf chèf sa yo: Elyezè, Aryèl, Chemaja, Elnatan, Jarib, Elnatan, Natan, Zakaraya ak Mechoulam ansanm ak dirèktè sa yo: Jojarib ak Elnatan, de moun ki konn esplike lalwa a. Mwen voye yo bò kote Ido, chèf kominote Kasifya a. Mwen esplike yo tou sa pou yo di Ido ak kòlèg li yo ki konn tout travay pou fèt nan Tanp lan, epi ki t'ap viv ansanm nan kominote Kasifya a, pou yo ka fè nou jwenn kèk gason pou travay nan Tanp Bondye nou an. Se konsa, avèk benediksyon Bondye ki te sou nou, yo ban nou Cherebya, yon nonm lespri, ki te sòti nan branch fanmi Makli, yonn nan pitit gason Levi yo ki li menm te pitit Izrayèl. Te gen dizwit nan pitit li yo ak fanmi l yo ki te vini ak li tou. Yo ban nou ankò Achabya ak Jechaya, frè li a, tou de moun branch fanmi Merari. Te gen ven nan pitit gason yo ki te vini ak yo tou. Se te Gèson, chèf branch fanmi Fineas la, Danyèl, chèf branch fanmi Itama a, Atouch, pitit gason Chekanya a, chèf branch fanmi David la, Zekarya, chèf branch fanmi Pareòch la. Zekarya te gen avè l sansenkant (150) gason yo te konte nan fanmi an. Te gen tou desanven (220) travayè pou Tanp lan. Se wa David ak chèf li yo ki te bay zansèt moun sa yo reskonsabilite pou ede moun Levi yo nan sèvis yo. Yo te pran non tout moun sa yo. Antan nou la bò kannal Aava a, mwen bay lòd pou tout moun fè jèn, pou nou soumèt nou devan Bondye, pou mande l pou nou fè yon bon vwayaj, pou l pwoteje nou, pitit nou yo ansanm ak tout byen nou yo. Mwen te wont mande wa a yon lame ak kavalye pou pwoteje nou si yon lènmi ta atake nou sou wout, paske mwen te fin di wa a konsa Bondye nou an ap pwoteje tout moun ki mete konfyans yo nan li, l'ap beni yo. Konsa tou, l'ap fache sou moun ki vire do ba li, l'ap pini yo. Se konsa nou fè jèn, nou lapriyè Bondye pou l pwoteje nou. Epi li reponn lapriyè nou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 4:1-11

Apre sa, Lespri pouse Jezi al nan dezè a pou satan ka sonde li. Jezi reponn li: — Demaske ou devan m' lan, Satan! Paske men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou la, pou adore. Se li menm sèl pou sèvi. Fwa sa a, dyab la resi kite li repo. Latou, kèk zanj Bondye pwoche kot Jezi, epi yo tanmen sèvi li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 5:33-35

Gen kèk moun ki di Jezi konsa: — Patizan Jan Batis yo ak patizan farizyen yo fè jèn souvan, se tout tan y'ap lapriyè. Men disip pa ou yo, tout tan se manje, se bwè. Jezi reponn yo: — Eske nou ka fòse zanmi yon nonm k'ap marye pou yo rete san manje tout tan li la avèk yo? Non. Men, lè lè a rive pou nonm k'ap marye a pa avèk yo ankò, se lè sa a y'a fè jèn.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jij 20:27-28

Lèfini, yo mande Senyè a ankò sa pou yo fè. Lè sa a, Bwat Kontra Bondye a te lavil Betèl. Se Fineas, pitit gason Eleaza, pitit pitit Arawon an, ki te reskonsab pou fè sèvis devan Bwat Kontra a. Yo di Senyè a: — Eske se pou n'al goumen ankò kont moun Benjamen yo, frè nou yo, osinon eske se pou n rete sou sa nou fè a? Senyè a reponn yo: — Nou mèt al goumen. Paske denmen m'ap lage yo nan men nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 9:1-3

Lè sa a, wa Dariyis, moun peyi Medi, pitit wa Egzèsès la, t'ap mache sou ennan depi li t'ap gouvènen peyi Babilòn. Nou pat koute ou, Senyè Bondye nou, pou nou te viv dapre lòd ou te ban nou nan bouch pwofèt yo, sèvitè ou yo. Tout pèp Izrayèl la nèt pat swiv lòd ou. Yo pran chemen kwochi, yo pa koute ou lè ou te pale yo. Se konsa tout madichon ak tout malè ki te ekri nan lalwa Moyiz, sèvitè ou la, tonbe sou nou, paske nou te fè sa ki mal devan ou. Ou te fè tou sa ou te di w'ap fè nou ansanm ak chèf ki t'ap gouvènen nou yo. Ou voye yon sèl malè sou lavil Jerizalèm, malè ki pat kò janm rive sou latè. Jan sa te ekri nan liv lalwa Moyiz la, tout malè sa a tonbe sou nou. Men, menm apre sa, nou pat chache fè ou plezi, Senyè Bondye nou. Nou pat sispann fè sa ki mal pou nou te swiv verite ou la. Wi, Senyè Bondye nou, ou te pare pou pini nou, ou pini nou vre, paske ou toujou fè sa ki dwat. Se nou ki pa koute lè ou te pale nou. Kounyeya, Senyè Bondye nou, ou te fè pèp ou a sòti kite peyi Lejip ak fòs ponyèt ou. Jouk jounen jòdi a y'ap nonmen non ou pou sa. Men, nou menm nou peche, nou fè sa ki mal. Senyè, ou te toujou pran defans nou nan tan lontan. Tanpri, pa fache, pa move sou lavil Jerizalèm ankò. Se mòn pa ou la, se mòn ki apa pou ou a li ye. Tout moun k'ap viv nan peyi tou kole ak nou yo ap pase ni lavil Jerizalèm ni pèp ou a nan betiz, poutèt peche nou yo ak mechanste zansèt nou yo te fè. O Bondye papa nou! Tanpri, tande lapriyè sèvitè ou la ap fè nan pye ou. M'ap mande ou, tanpri souple, voye je ou sou Tanp ou a ki fin kraze, pou tout moun ka konnen se Bondye ou ye. O Bondye, pare zòrèy ou pou tande nou! Voye je ou wè jan nou fini! Gade nan ki eta lavil ki pote non ou lan ye! Se pa paske nou fè anyen ki dwat ki fè n'ap lapriyè nan pye ou konsa. Men, se paske ou gen bon kè anpil. Senyè, koute nou non! Senyè, padonnen nou! Senyè, louvri zòrèy ou! Fè kichòy! Pa mize, pou tout moun ka konnen se Bondye ou ye! Lavil la ansanm ak pèp la se pou ou yo ye. Se pou yo m'ap lapriyè. Mwen menm Danyèl, mwen t'ap etidye liv Bondye yo. Mwen t'ap kalkile sou swasanndizan lavil Jerizalèm te gen pou l rete kraze a, jan Senyè a te di l nan bouch pwofèt Jeremi an. Mwen t'ap pale toujou nan lapriyè a, mwen t'ap rekonèt peche m yo ak peche pèp Izrayèl la, pèp mwen an devan Bondye. Mwen t'ap mande Senyè a, Bondye mwen an, gras mizèrikòd pou mòn ki apa pou li a. Wi, mwen t'ap pale toujou nan lapriyè a, lè Gabriyèl, zanj mwen te wè nan premye vizyon an, vole desann kote mwen te ye a. Se lè yo te konn fè ofrann bèt aswè a. Li vini, li pale avè m. Li di m konsa: — Danyèl, kounyeya mwen vin la a pou m ede ou konprann mesay la. Depi lè ou te fenk konmanse ap lapriyè nan pye Bondye a, li te gentan reponn ou. Se mesay sa a mwen vin fè ou konnen. Ou se yon moun Bondye renmen anpil. Kounyeya, louvri zòrèy ou pou ou ka konprann sans vizyon an byen. Sèt fwa swasanndizan an, se tan sa a Bondye fikse pou l delivre pèp li a ansanm ak lavil ki apa pou li a anba peche ak mechanste. Lè lè sa a va rive, l'ap padonnen tout peche. Tout moun pral mache dwat pou tout tan. Konsa, tou sa yo te anonse nan vizyon an ak nan mesay pwofèt la va rive. Yo pral mete lotèl la apa pou Bondye ankò. Konprann sa byen, louvri zòrèy ou. Depi lè yo te bay lòd pou yo te rebati Jerizalèm lan jouk lè chèf Bondye chwazi a va vini an, sèt fwa sètan pral pase. Yo pral rebati Jerizalèm avèk wout li yo ak miray ranpa li yo. Lavil la pral kanpe pou sèt fwa swasanndezan, men pandan tout tan sa a, moun pral anba anpil tray. Apre sèt fwa swasanndezan sa yo, yo pral touye chèf Bondye te chwazi a san rezon. Yon lòt chèf ap vini sot byen lwen, l'ap detwi lavil la ansanm ak Tanp lan. Tout bagay pral rete konsa, y'ap fini tankou lè gwo dlo desann. Lè sa a, pral gen lagè ak ravaj jan Bondye te pare l la. Chèf sa a pral siyen yon kontra solid avèk anpil lòt pèp pandan sètan. Men, sou twazan sis mwa l'ap fè yo sispann touye bèt ak fè ofrann pou Bondye. Yo pral mete bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan chita byen wo nan Tanp lan. L'ap rete la jouk moun ki va mete l la a va kontre ak bout li, jan Bondye pare sa pou li a. Mwen leve je m nan syèl la pou m lapriyè Senyè a, Bondye a, ak tout kè m. Mwen t'ap kriye nan pye l, mwen te rete san manje, yon rad sak sou mwen. Mwen te chita sou sann dife.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Samyèl 12:15-23

Apre sa, Natan al lakay li. Senyè a fè pitit madanm Ouri te fè pou David la vin malad grav. David tonbe lapriyè Senyè a pou ti gason an. Li derefize mete anyen nan bouch li. Chak swa, li antre nan chanm li, li pase nwit lan kouche atè. Chèf ki te reskonsab palè li a al jwenn li, yo fè sa yo kapab pou fè l leve atè a, men li derefize. Konsa tou, li pat vle manje avèk yo. Apre yon senmenn, pitit la mouri. Chèf kay David yo te pè al ba li nouvèl la. Yo t'ap di: Si lè pitit la te malad ase, David te refize reponn nou lè nou pale avè l, ki jan pou n al di l kounyeya pitit la mouri? Li ka fè malè sou tèt li. Men David wè moun li yo t'ap pale nan zòrèy yonn ak lòt, li vin konprann pitit la mouri. Li mande yo: — Pitit la mouri? Yo reponn li: — Wi, li mouri. Nonm rich la te gen mouton ak bèf an kantite. David leve atè a, l'al benyen, li penyen tèt li, li chanje rad sou li. Lale nan kay Senyè a, li lapriyè. Apre sa, li tounen lakay li, li mande pou yo sèvi l manje. Li manje. Moun pa l yo t'ap di l: — Monwa, nou pa konprann sa w'ap fè konsa? Lè pitit la te vivan, ou t'ap plede kriye, ou rete san manje. Men, mouri pitit lan mouri, ou leve, ou manje. David reponn yo: — Wi, mwen t'ap kriye, mwen te rete san manje lè pitit la te vivan toujou. Mwen te kwè Senyè a ta gen pitye pou mwen, li pa ta kite pitit la mouri. Men, kounyeya, pitit la mouri, sa m bezwen rete san manje toujou fè? Eske mwen ka fè l leve ankò? Yon jou se mwen ki gen pou ale kote l ye a. Men li menm, li p'ap janm ka tounen vin jwenn mwen ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jowèl 1:13-14

Nou nenm prèt yo, mete rad lapenn sou! Pete rele! Nou menm k'ap sèvi devan lotèl la, Mare ren nou. Ale nan Tanp lan, pase nwit lan ak rad lapenn lan sou nou. Nou menm k'ap sèvi Bondye mwen an Nou nan lapenn. Pa gen danre, nanpwen diven pou fè ofrann nan kay Bondye nou an. Bay lòd pou yo fè jèn! Rele tout moun vini! Sanble tout chèf yo ansanm ak tout moun ki rete nan peyi a, nan kay Senyè a, Bondye nou an. Rele nan pye Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 69:10-11

(11) Mwen nan gwo lapenn, mwen rete san manje. Se poutèt sa wi y'ap joure m konsa. (12) Si m mete yon rad sak sou mwen pou m mande ou padon, y'ap pase m nan rizib.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 58:10-11

si nou manje ak moun ki grangou, si nou plen vant moun ki nan nesesite, limyè va klere pou nou nan mitan fènwa. Lannwit va fè klè pou nou tankou gwo midi. Se tout tan Senyè a va moutre nou chemen pou nou pran, l'a rafrechi nanm nou nan tan chechrès. L'a ban nou fòs ak kouray. N'a tankou yon jaden ki byen wouze, tankou yon sous dlo ki pa janm chèch.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:6

Men ou menm, lè w'ap lapriyè, antre nan chanm ou. Fèmen pòt ou. Lapriyè Papa ou ki la pou kont li avè ou. Konsa, Papa ou menm ki wè sa ou fè an sekrè a, se li ki va ba ou rekonpans ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Esdras 8:15

Mwen sanble tout moun sa yo bò gwo kannal ki mennen dlo nan lavil Aava a. Nou pase twa jou la. Antan nou la, mwen remake nou te gen prèt nan gwoup la, men pat gen moun Levi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Samyèl 30:7-8

David rele Abyata, prèt la, pitit gason Akimelèk la, li di l konsa: — Pote jile Bondye a isit ban mwen! Abyata pote jile Bondye a bay David. David pale ak Senyè a, li di li: — Eske se pou m ale dèyè bann moun sa yo? Eske m'a rapousib yo? Senyè a di li: — Ou mèt ale dèyè yo. W'a rapousib yo, epi w'a sove moun yo fè prizonye yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 63:1-5

(2) Bondye, se ou ki Bondye mwen. Jan manvi wè ou! Jan m'ap tann ou sa a! Se tout kò m k'ap mande pou ou, tankou tè sèk nan solèy k'ap tann lapli. (11) Yo gen pou yo mouri nan lagè, chen mawon gen pou manje kadav yo. (12) Men, Bondye ap fè kè wa a kontan. Tout moun ki mete non l devan va gen kè kontan tou. Men, y'ap fèmen bouch moun k'ap bay manti yo. (3) Fè m antre kote ki apa pou ou nan kay ou a pou m wè ou, pou m wè jan ou gen pouvwa, jan ou merite pou yo fè lwanj ou. (4) Renmen ou gen pou nou an pi bon pase lavi. Se poutèt sa m'ap fè lwanj ou. (5) Konsa ma pase tout lavi m ap di ou mèsi. Se ou menm sèlman m'a lapriyè. (6) M'ap fè fèt, m'ap kontan tankou yon moun ki manje plen vant li yon manje ki gen bon gou, ki gen kont grès li ladan l. Wi, se konsa kè m ap kontan. M'ap louvri bouch mwen pou m fè lwanj ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jonas 4:2

Li lapriyè Senyè a, li di l konsa: — Aa Senyè! Men sa m t'ap di a wi, lè m te nan peyi m lan. Se sa menm wi, mwen pat vle rive a. Se poutèt sa mwen te vle al kache nan peyi Tasis. Mwen konnen ou: Ou se yon Bondye ki gen bon kè, ki gen pitye pou nou. Ou pa fè kòlè fasil, ou pa janm sispann renmen nou, se vre. Ou toujou pare pou padonnen moun, pou chanje lide pou ou pa pini yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 84:2

(3) Jan mwen anvi wè kay Senyè a sa! M'ap deperi sitèlman manvi al lakay Senyè a. M'ap chante, m'ap fè fèt pou Bondye vivan an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 107:8-9

Se pou yo di Senyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay li fè pou moun. Li bay moun ki te swaf dlo kont dlo pou yo bwè. Li bay moun ki t'ap mouri grangou anpil bon bagay pou yo manje.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 2:36-37

Te gen yon fanm ki te pwofèt la a tou. Li te rele Ana, pitit fi Fanwèl, nan branch fanmi Azè. Li te fin granmoun. Li te viv setan ak nonm li te marye depi li te jennfi a. Apre sa, li te rete vèv. Lè sa a, li te gen katrevenkatran, li pat janm kite tanp lan. Li t'ap sèvi Bondye lajounen kou lannwit: tout tan li t'ap fè jèn, li t'ap lapriyè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Neyemi 8:10

Okontrè, al lakay nou, fè fèt! Separe vyann gra ak bon ti likè nou genyen ak moun ki pa genyen, paske jou sa a se yon jou nou fèt pou mete apa pou Senyè a. Pa kite lapenn pran nou! Kontantman Bondye ap mete nan kè nou an va ban nou fòs!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jowèl 2:18-19

Lè sa a, Senyè a fè wè jan li renmen peyi li a. Li fè pèp li a gras. Li reponn, li di pèp la konsa: — Bon! Mwen pral ban nou ble, diven ak lwil fre. N'ap gen tou sa n'a bezwen. Mwen p'ap janm kite moun lòt nasyon yo pase nou nan betiz ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Estè 9:20-22

Madoche fè ekri tout bagay sa yo, lèfini li voye lèt bay tout jwif ki te nan pwovens peyi wa Asyeris la, kit yo te pre, kit yo te lwen. Li voye di yo pou yo te toujou pran de jou sa yo, katòzyèm ak kenzyèm jou nan mwa Ada a, pou jou fèt chak lanne. Se jou sa yo jwif yo te fè lènmi yo ba yo lapè. Se mwa sa a sitirasyon an te chanje pou yo: yo te sispann gen lapenn, kè yo te kontan. Yo pat dekouraje, yo t'ap fè fèt. Se pou yo te make jou sa yo tankou jou pou fè fèt ak gwo resèpsyon. Jou sa a, se pou yo voye kado yonn bay lòt, se pou yo bay pòv yo kado tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 13:1-3

Nan legliz Antyòch la te gen kèk pwofèt ak moun ki t'ap bay enstriksyon: se te Banabas, Simeon (yo te rele Ti Nwa), Lisiyis, moun Sirèn, Manayèn (ki te grandi ansanm ak Ewòd, gouvènè a), epi Sòl. li di li: — Ou menm, ou se pitit Satan. Ou plen riz ak mechanste nan kè ou, ou pa vle wè anyen ki bon. Eske ou p'ap sispann vire travay Bondye a lanvè? Kounyeya, koute: Bondye pral mete men sou ou: ou pral vin avèg, ou p'ap wè limyè solèy pou kèk tan. Menm lè a, je Elimas vin bouche, li wè tou nwa. Li t'ap vire adwat agòch, li t'ap chache yon moun pou pran men l pou kondi li. Lè gouvènè a wè sa k te rive a, li kwè. Sa te frape l anpil lè l tande tou sa yo t'ap moutre li sou Senyè a. Pòl ak kanmarad li yo pran batiman nan lavil Pafòs, y'al lavil Pèj nan peyi Panfili. Antan yo la, Jan Mak kite yo, li tounen Jerizalèm. Yo kite Pèj, yo pousib wout yo jouk yo rive Antyòch nan Pisidi. Jou saba a, yo antre nan sinagòg la, yo chita. Apre moun yo te fin li nan liv lalwa a ak nan liv pwofèt yo, chèf sinagòg la voye di yo: — Frè m yo, si nou gen kèk pawòl pou ankouraje asanble a, nou mèt pale kounyeya. Pòl leve kanpe, li fè yon siy ak men l, epi li di: — Nou menm moun ras Izrayèl, ak nou menm moun lòt nasyon ki gen krentif pou Bondye, koute mwen. Bondye pèp Izrayèl la te chwazi zansèt nou yo. Antan yo t'ap viv tankou etranje nan peyi Lejip, li fè pèp la vin yon kantite. Apre sa, ak fòs ponyèt li, li fè yo sòti kite peyi a. Pandan karantan, li pran pasyans ak yo nan dezè a. Li detwi sèt nasyon nan peyi Kanaran, li pran tout tè yo, li bay pèp li a pou pwopryete pa yo, Yon jou, yo t'ap fè sèvis pou Bondye, yo t'ap fè jèn, lè Sentespri di yo: — Mete Banabas ak Sòl apa pou mwen, pou yo fè travay mwen chwazi pou yo fè a. pou katsansenkant (450) lanne. — Apre sa, li mete jij pou kòmande yo jouk pou rive nan tan pwofèt Samyèl. Lè sa a, yo mande pou yon wa. Bondye ba yo Sayil, pitit gason Kis la, moun branch fanmi Benjamen, pou wa pandan karantan. Lè li wete Sayil, li ba yo David pou wa. Men sa Bondye te di sou David: Mwen jwenn David, pitit gason Izayi a. Se yon nonm ki fè m plezi. Li va fè tou sa m vle l fè. — Se Jezi, yonn nan pitit pitit David yo, Bondye mete pou delivre pèp Izrayèl la, jan l te pwomèt la. Men, anvan Jezi te vini, Jan t'ap mache bay mesay sa a, li t'ap rele tout pèp Izrayèl la pou yo te tounen vin jwenn Bondye, pou yo te resevwa batèm. Lè Jan te prèt pou fini ak misyon l lan, li di pèp la: Ki moun nou kwè mwen ye? Moun n'ap tann lan, se pa mwen. Men, koute, moun sa a ap vini apre mwen. Mwen menm, mwen pa bon ase pou m ta demare kòd sapat ki nan pye li. — Frè m yo, nou menm moun ras Abraram lan ak nou menm moun lòt nasyon isit la ki gen krentif pou Bondye, Bondye voye di nou li vin delivre nou. Paske, moun Jerizalèm ansanm ak chèf yo pa te konnen ki moun Jezi ye. Yo pa te konprann sans pawòl pwofèt yo, pawòl ki li nan zòrèy yo chak saba. Men se yo menm ankò ki fè tout pawòl sa yo akonpli vre lè yo te kondannen Jezi. Atout yo pat jwenn anyen nan sa Jezi te fè ki pou ta fè l merite lanmò, yo te mande Pilat fè touye li. Lè yo fin fè tout bagay ki te ekri sou li nan liv yo rive vre, yo desann li sou kwa a, yo mete l nan yon kavo. Lè sa a, yo fè jèn, yo lapriyè, yo mete men sou tèt Banabas ak Sòl, epi yo kite yo ale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 58:13-14

Si nou veye kò nou pou nou respekte jou repo a, pou nou pa regle pwòp zafè nou jou ki apa pou mwen an, si se yon plezi pou nou lè jou repo a rive, si nou respekte jou ki apa pou mwen menm, Senyè a, pou jou sa a nou pa nan fè sa ki nan lide nou, nou pa nan vwayaje, nou pa nan fè travay, ni nou pa nan pale vye koze, lè sa a, n'a jwenn plezi nou nan fè sèvis pou mwen. M'a fè tout moun sou latè pote nou anlè, n'a jwi lavi nan peyi mwen te bay Jakòb, zansèt nou an. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Kwonik 20:1-30

Kèk tan apre sa, moun Mowab ak moun Amon mete ansanm ak moun Mawon yo, yo vin atake Jozafa. Koulyeya, moun peyi Amon, peyi Mowab ak peyi Edon vin atake nou. Lè zansèt nou yo t'ap soti kite Lejip, ou pa te kite yo antre nan peyi moun sa yo. Se konsa yo te chankre pou yo pa te pase lakay yo, yo pa detwi yo. Gade ki jan y'ap fè nou peye sa jòdi a! Men y'ap vin mete nou deyò nan peyi ou te ban nou an! Ou sse Bondye nou. Se ou menm ki pou pini yo paske nou pa gen fòs pou nou kanpe devan gwo lame sa a k'ap vin atake nou an. Nou pa konn sa pou nou fè. N'ap tann sa ou pral fè pou nou. Tout mesye peyi Jida yo te kanpe la devan kay Senyè a, ansanm ak madanm yo, pitit yo ak pitit pitit yo. Lespri Senyè a desann sou yon moun Levi ki te la nan mitan yo. Li te rele Jaziyèl. Se te yon moun nan branch fanmi Zakari. Zakari sa a te pitit Benaja ki te pitit Jeyèl. Jeyèl te pitit Matanya ki te pitit Asaf. Jaziyèl di konsa: — Louvri zòrèy nou, nou tout moun peyi Jida, moun lavil Jerizalèm ansanm ak ou menm, wa Jozafa. Senyè a voye di nou: Pa dekouraje. Nou pa bezwen pè devan gwo lame sa a. Batay sa a se pa batay pa nou, se batay Bondye menm. Denmen, nou mèt desann al atake yo. Yo pral pase moute sou ti bit flè yo. N'a kontre ak yo nan pwent ravin ki mennen nan dezè bò Jewouyèl la. Nou p'ap bezwen nan goumen menm. N'ap annik pran pozisyon nou. Apre sa, tann. N'ap wè Senyè a ap ban nou gany. Wi, nou menm moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm, nou pa bezwen pè, nou pa bezwen gen kè kase. Denmen, mache pran yo, paske Senyè a ap kanpe la avèk nou. Lè sa a, wa Jozafa mete ajenou, li bese tèt li devan Senyè a. Tout moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm bese tèt devan Senyè a pou adore li. Moun branch fanmi Keyat ansanm ak moun Levi, branch fanmi Kore, leve, yo pran fè lwanj Senyè pèp Izrayèl la byen fò. Yo vin bay Jozafa nouvèl la, yo di l konsa: — Men yon gwo lame sòti nan peyi Edon lòt bò Lanmè Mouri a vin atake ou. Yo gentan pran lavil Azason Tama. Azason Tama, se yon lòt non yo te bay lavil Angedi. Nan denmen maten, byen bonè, pèp la leve, li pati nan dezè Tekowa a. Lè yo ta pral derape, Jozafa pale ak yo, li di konsa: — Nou menm, moun Jida ak moun Jerizalèm, koute sa m'ap di nou! Mete konfyans nou nan Senyè a, Bondye nou an! Nou p'ap vole gadjè. Se pou nou kwè sa pwofèt li yo di nou an. N'ap genyen batay la. Apre sa, li fè yo pale ak pèp la. Li fè kèk mizisyen pran mache devan sòlda yo ak rad seremoni yo sou yo. Yo t'ap mache devan sòlda yo, yo t'ap chante: — Beniswa Letènèl! Li p'ap janm sispann renmen nou! Lè yo tanmen chante ak kè kontan pou fè lwanj Senyè a, Senyè a lage yon sèl bouyay nan mitan moun Amon yo, moun Mowab yo ak moun mòn Seyi yo ki te vin atake peyi Jida a, yo pèdi batay la. Moun peyi Amon ak peyi Mowab atake lame moun mòn Seyi, yo detwi yo nèt. Lèfini, yo vire yonn sou lòt nan yon chen manje chen, yonn touye lòt. Lè moun peyi Jida yo rive sou tèt yon ti bit kote yo ka wè tout dezè a, yo voye je yo gade kote lènmi yo ye a, yo wè yo tout te kouche mouri atè a. Pat gen yon moun ki te chape. Jozafa ansanm ak lame li a desann al piye tou sa lènmi yo te kite, yo jwenn kantite bèt, pwovizyon, rad ak anpil lòt bagay ki te gen valè. Yo pase twa jou ap ranmase. Men te gen sitèlman, yo pat ka pran tout pote ale. Sou katriyèm jou a, yo sanble nan fon Benediksyon an pou fè lwanj Senyè a pou tou sa li te fè pou yo. Se poutèt sa yo rele fon an Beraka, non ki rete pou li jouk jounen jòdi a. Lèfini, tout moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo ak wa Jozafa alatèt yo tounen lavil Jerizalèm ak gwo kè kontan, paske se Senyè a menm ki te ba yo okazyon fè fèt sou do lènmi yo. Lè yo rive lavil Jerizalèm, y'ale nan Tanp Senyè a, pandan yo t'ap jwe gita, bandjo ak twonpèt. Lè moun lòt nasyon yo vin konnen jan Senyè a te kraze lènmi peyi Jida yo, yo tout te sòti pè anpil. Yon sèl laperèz pran Jozafa. Li pran desizyon mande Senyè a sa pou l fè. Li bay lòd pou tout moun nan peyi a fè jèn. Se konsa reny Jozafa a pase dous, san bri san kont. Bondye te fè tout peyi ki te nan vwazinay yo viv byen avè l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 1:11-12

Lè sa a, Danyèl al jwenn gad kòmandan an te mete reskonsab li ansanm ak Ananya, Michayèl ak Azarya. Li di l: — Pandan dis jou ban nou legim ase pou n manje ak dlo pou nou bwè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Wa 21:27

Lè Eli fin pale konsa, Akab tèlman boulvèse, li chire rad sou li. Li mete rad lapenn li epi li rete san manje. Ata dòmi li dòmi ak rad tristès la sou li. Li t'ap mache tou kagou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jij 20:18-26

Moun pèp Izrayèl yo leve, y'ale lavil Betèl, y'al mande Senyè a sa pou yo fè. Yo mande l: — Ki branch fanmi nan pèp Izrayèl la ki pou al atake moun Benjamen yo anvan? Senyè a di yo: — Se branch fanmi Jida a. Se konsa, pèp Izrayèl la leve nan denmen maten, y'al pran pozisyon bò lavil Gibeya. Tout chèf fanmi yo ansanm ak tout lòt chèf pèp Izrayèl la te sanble la devan Senyè a. Te gen katsanmil (400.000) sòlda apye antou. Lèfini, yo pati pou y'al goumen ak moun branch fanmi Benjamen yo. Yo pran pozisyon anfas lavil Gibeya. Moun Benjamen yo sòti lavil Gibeya. Jou sa a yo desann venndemil (22.000) sòlda nan lame pèp Izrayèl la. Men, lame pèp Izrayèl la reprann fòs, yo pran pozisyon ankò menm kote yo te ye premye jou a pou y'al goumen. Moun pèp Izrayèl yo menm moute Betèl, y'al kriye nan pye Senyè a jouk aswè, epi yo mande Senyè a sa pou yo fè. Yo di l: — Eske se pou n'al goumen ankò kont moun fanmi Benjamen yo, frè nou yo? Senyè a reponn yo: — Wi. Nou mèt ale. Se konsa lame pèp Izrayèl la atake moun Benjamen yo yon dezyèm fwa. Men, moun Benjamen yo sòti lavil Gibeya vin kontre ak yo. Fwa sa a yo touye dizwitmil (18.000) solda nan lame pèp Izrayèl la. Lè sa a, ni lame a ni rès pèp Izrayèl la moute lavil Betèl. Yo chita la devan Senyè a ap kriye. Jou sa a, yo rete san manje jouk aswè. Apre sa, yo boule bèt nan dife pou Senyè a, yo fè ofrann pou mande Senyè a padon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 4:2-4

Jezi pase karant jou ak karant nwit san manje. Apre sa, li vin grangou. Lamenm, yo kite privye yo, y'ale avèk li. Jezi vanse pi lwen, li wè de lòt frè, Jak avèk Jan, pitit Zebede yo. Yo te chita nan kannòt yo ansanm ak papa yo, yo t'ap repare privye yo. Jezi rele yo. Lamenm, yo kite kannòt la ansanm ak papa yo, y'ale avèk li. Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap anonse Bon Nouvèl peyi kote Bondye wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te ka genyen. Toupatou nan peyi Siri a, se tout moun ki t'ap nonmen non li. Se sa ki fè yo te mennen tout kalite moun malad ba li, ansanm ak tout moun ki soufri doulè, moun ki te gen move lespri sou yo, moun ki soufri malkadi ak moun ki paralize. Jezi geri yo tout. Yon bann moun t'ap swiv li. Yo te soti toupatou: te gen moun Galile, moun Dekapòl, moun Jerizalèm, moun Jide ak moun peyi lòt bò larivyè Jouden. Lè sa a, satan pwoche kote li pou sonde l'. Li di li konsa: — Si ou se pitit Bondye vre, m'pini ou bay wòch sa yo lòd tounen pen. Jezi reponn li: — Men sa ki ekri: Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jowèl 1:14-16

Bay lòd pou yo fè jèn! Rele tout moun vini! Sanble tout chèf yo ansanm ak tout moun ki rete nan peyi a, nan kay Senyè a, Bondye nou an. Rele nan pye Senyè a. Ala yon gwo jou papa! Jou Senyè a pa lwen rive. Se jou Bondye ki gen tout pouvwa a ap vini kraze brize. Jou sa a ap bay gwo lapenn. N'ap gade konsa, rekòt nou yo ap disparèt devan je nou san nou pa ka fè anyen! Pa gen kè kontan, pa gen fèt nan kay Bondye nou an!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Neyemi 9:3

Pandan twazè, yo tout rete kanpe kote yo te ye a, y'ap tande moun ap li nan liv lalwa Senyè a, Bondye yo a. Apre sa, pandan twazè ankò, yo t'ap di tout peche yo te fè, epi yo tonbe ajenou ap adore Senyè a, Bondye a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Samyèl 12:15-16

Apre sa, Natan al lakay li. Senyè a fè pitit madanm Ouri te fè pou David la vin malad grav. David tonbe lapriyè Senyè a pou ti gason an. Li derefize mete anyen nan bouch li. Chak swa, li antre nan chanm li, li pase nwit lan kouche atè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 6:18-24

Apre sa, wa a tounen nan palè a. Jou swa sa a li pa manje, li pa fè chache okenn nan fanm kay li yo. Li pase nwit lan san l pa fèmen je l. Nan maten, lè bajou kase, wa a leve, li kouri al bò twou lyon an. Lèfini, li chwazi Danyèl ak de lòt moun li mete alatèt prefè yo. Reskonsabilite yo se te kontwole travay prefè yo pou yo te ka defann enterè wa a. Lè li rive, li pwoche bò bouch twou a. Kè l te sere lè li rele Danyèl, li di: — Danyèl, sèvitè Bondye vivan an, eske Bondye w'ap sèvi san dezanpare a te rive delivre ou anba lyon yo? Danyèl pale, li di wa a: — Se pou Bondye bay monwa lavi pou lontan ankò! Bondye mwen an voye zanj li, li fèmen bouch lyon yo pou yo pa fè m anyen. Li fè sa paske li konnen mwen inonsan. Epi ou menm tou, monwa, ou konnen m pa fè ou anyen ki mal, pa vre? Wa a te kontan anpil. Li bay lòd pou yo rale Danyèl sòti nan twou a mete l deyò. Lè yo rale mesye sòti, yo wè lyon yo pat grafinyen l menm, paske li te mete konfyans li nan Bondye l. Lè sa a, wa a bay lòd pou y'al arete tout moun ki te vin akize Danyèl yo. Li fè jete yo tout nan gwo twou lyon an ansanm ak madanm yo ak pitit yo. Yo pat ankò rive atè nan twou a, lyon yo te gentan vare sou yo, kraze tout zo nan kò yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 4:2

Se la Satan vin tante l pandan karant jou. Tout jou sa yo li pat manje anyen menm. Apre jou sa yo fin pase, li te grangou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:17

Men ou menm, lè w'ap fè jèn, penyen tèt ou byen penyen, lave figi ou byen lave.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 9:18-19

Menm lè a, bagay tankou kal pwason sot tonbe nan je Sòl, epi l wè ankò. Sòl leve, li resevwa batèm. Apre sa, li manje epi l vin gen fòs ankò. Sòl rete pase kèk jou ankò ak disip ki te Damas yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Esdras 10:6-8

Apre sa, Esdras ale lakay Jokanan, pitit gason Eliyachib la, sou devan Tanp Bondye a. Li pase nwit lan la, san manje, san bwè, paske li te nan gwo lapenn dèske moun yo te depòte epi ki te tounen nan peyi a pat kenbe pawòl yo. Yo fè piblikasyon nan tout peyi Jida ak lavil Jerizalèm pou mande tout moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a pou yo tout te reyini lavil Jerizalèm. Si yon moun kite twa jou pase li pa moute, tout chèf ak tout moun ki alatèt branch fanmi yo te dakò pou yo te sezi tout byen moun sa a fè Tanp Bondye a kado, lèfini pou yo pa te konsidere li tankou moun sosyete a ankò avèk rès moun ki te tounen soti kote yo te depòte yo a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jowèl 2:12

Senyè a pale, li di: — Menm kounyeya, tounen vin jwenn mwen ak tout kè nou! Fè jèn, kriye kont kò nou, plenn sò nou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 10:1-3

Siris t'ap mache sou twazan depi l te wa nan peyi Pès lè Bondye fè Danyèl, ki te rele Bèltechaza tou, konnen yon mesay. Se te bon koze sou gwo batay ki gen pou fèt la. Se nan yon vizyon yo te fè l konprann mesay la. Apre sa, mwen santi yon men manyen m, li fè m leve sou pla men m ak sou jenou m. M t'ap tranble toujou. Zanj lan di m konsa: — Danyèl, ou se yon moun Bondye renmen anpil. Kanpe non! Louvri zòrèy ou pou ou tande sa mwen pral di ou. Se Bondye ki voye m kote ou. Lè li fin di m sa, mwen leve kanpe, men m t'ap tranble toujou. Li di m konsa: — Ou pa bezwen pè, Danyèl. Bondye te tande lapriyè ou la depi premye jou ou te pran desizyon soumèt ou devan Bondye ou pou ou te ka rive gen bon konprann. Se poutèt lapriyè ou la mwen vin ba ou repons Bondye a. Zanj chèf peyi Pès la te kenbe tèt avè m pandan venteyen jou. Apre sa, Michèl, yonn nan chèf zanj Bondye yo, vin pote m sekou paske mwen te pou kont mwen nan peyi Pès la. Mwen vin fè ou konprann sa ki pral rive pèp ou a nan jou k'ap vini yo. Vizyon an fè ou wè sa ki pral rive jou sa yo. Lè li di m sa, m bese je m gade atè san m pa di anyen. Lè sa a, zanj ki te gen fòm yon moun lan lonje men l, li manyen po bouch mwen. Mwen louvri bouch mwen pale, mwen di zanj ki te kanpe devan m lan: — Mèt, vizyon an fè m pè, m pèdi tout fòs mwen, kè m sere! Se moun k'ap sèvi ou mwen ye, mèt. Ki jan mwen ka pale ak ou? M pa gen fòs ankò, m pèdi souf mwen. Zanj ki te gen fòm moun lan manyen m ankò yo dezyèm fwa. Mwen santi m refè. Epi li di m: — Ou pa bezwen pè. Ou se yon moun Bondye renmen anpil. Pa kite anyen fatige lespri ou, ni fè ou pèdi kouray ou! Lè li di m sa, mwen santi mwen vin gen plis fòs. Mwen di li: — Mèt, ou fè m vin gen fòs. Di m sa ou gen pou di m lan non! Lè sa a, mwen menm Danyèl, mwen pase twa senmenn nan gwo lapenn. Lè sa a, li di m: — Ou konnen poukisa mwen vin bò kote ou la? Se pou m te ka fè ou konnen sa ki te ekri nan liv verite a. Kounyeya, mwen gen pou m al goumen ak zanj chèf peyi Pès la. Apre sa, zanj chèf peyi Lagrès la va parèt. Pa gen lòt moun pou vin ede m pase Michèl, zanj chèf pèp Izrayèl la. Mwen pat manje okenn bon ti manje, ni okenn vyann. Mwen pat mete yon gout diven nan bouch moun. Mwen pat pase lwil santi bon sou mwen pandan twa senmenn sa yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 9:25-27

Moun k'ap fè egzèsis pou al nan konkou, yo bay kò yo yon disiplin sevè pou yo ka byen pare. Yo fè tou sa pou yo ka genyen yon kouwòn ki p'ap konsève lontan. Men nou menm, n'ap bay kò nou yon disiplin sevè pou n ka genyen yon kouwòn k'ap la pou tout tan. Se poutèt sa, m'ap kouri, men je m pa sòti sou kote pou m rive a. Mwen tankou yon nonm k'ap tire koutpwen, men mwen pa tankou moun k'ap goumen ak lonbray li. Mwen aji di ak kò m, mwen kenbe l kout, pou mwen menm yo pa voye m jete apre mwen fin moutre lòt yo sa pou yo fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 34:8

(9) Goute, n'a wè jan Senyè a bon! Ala bon sa bon pou moun ki jwenn pwoteksyon anba zèl li!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 63:1

(2) Bondye, se ou ki Bondye mwen. Jan manvi wè ou! Jan m'ap tann ou sa a! Se tout kò m k'ap mande pou ou, tankou tè sèk nan solèy k'ap tann lapli.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 9:4-6

Mwen lapriyè nan pye Senyè a, Bondye mwen an. Mwen louvri kè m ba li, mwen mande l padon pou pèp mwen an. Mwen di: — Senyè, Bondye, ou gen gwo pouvwa, tout moun fèt pou gen krentif pou ou. Ou kenbe pwomès ou, ou pa janm sispann renmen moun ki renmen ou epi ki kenbe kòmandman ou yo. Nou peche, nou fè mechanste, nou fè sa ki mal, nou vire do ba ou, nou pa fè sa ou te mande nou fè, ni sa ou te ban nou lòd fè. Nou pat koute pwofèt yo, sèvitè ou yo, ki te pale nan non ou ak wa nou yo, chèf nou yo, zansèt nou yo ak tout pèp nan peyi nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 5:33

Gen kèk moun ki di Jezi konsa: — Patizan Jan Batis yo ak patizan farizyen yo fè jèn souvan, se tout tan y'ap lapriyè. Men disip pa ou yo, tout tan se manje, se bwè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite