Biblia Todo Logo
Vèsè Biblik
- Piblisite -


58 Vèsè Biblik pou Louvri yon Sèvis

58 Vèsè Biblik pou Louvri yon Sèvis

Vi mwen gen yon pi gwo sans pase jis kolekte diplòm oubyen prim. Kòm kwayan, misyon nou se pou n adore Bondye. Pou n ka fè sa, fòk nou reyini ak lòt frè ak sè nou yo pou nou leve yon lotèl louwanj ak adorasyon devan l.

Lè nou montre nou gen imilite, lè n ap sèvi Bondye ak tout kè nou, lè n ap adore l, se lè sa a n ap glorifye l. Sentespri a ap gide nou nan adorasyon Bondye vivan an, li menm ki kreye syèl la ak tè a, ki ban nou souf lavi, ki sove nou, ki padone peche nou yo, epi ki pwomèt nou wayòm syèl la grasa pitit li a, Jezikri.

Jan 4:23 di nou: lè a rive, kote vrè adoratè yo pral adore Papa a an espri ak an verite, paske se kalite adoratè sa yo Papa a ap chache. Medite sou sa.




1 Kwonik 16:34

Lwanj pou Senyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 122:1

(1b) Ala kontan mwen te kontan lè yo di m: — Ann ale lakay Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 10:25

Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, kounyeya pi plis pase anvan, paske nou wè jou Senyè a ap pwoche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 27:8

Ou pale nan kè m, ou di mwen vin jwenn ou. Men m'ap chache fas ou, Senyè!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 16:33

Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n soufri anpil sou latè. Men, pran kouray, lemonn deja pèdi devan mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 11:28

— Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 1:16

Mwen pa wont levanjil la. Li se yon pisans Bondye ki la pou delivre tout moun ki kwè: jwif yo anpremye, epi moun lòt nasyon yo apre sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jonas 2:9

Men, m'ap chante pou m fè lwanj ou, m'a ofri bèt pou yo touye pou ou. M'a kenbe angajman mwen te pran an. Se Senyè a ki delivrans nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 18:20

Paske, chak fwa de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen, m'ap la nan mitan yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 30:11-12

(12) Ou siye dlo nan je m, ou fè kè m kontan anpil. Ou wete rad dèy ki te sou mwen an, ou ban m yon bèl rad mete sou mwen pou m fè fèt. (13) Mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen, m'ap chante lwanj ou. Senyè, se ou menm ki Bondye mwen! Se tout tan tout tan m'ap di ou mèsi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 27:14

Mete espwa ou nan Senyè a! Gen konfyans, pa dekouraje! Wi, mete espwa ou nan Senyè a!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 103:1-2

(1b) Kite m di Senyè a mèsi! Kite m di Senyè ki pa tankou tout moun lan mèsi ak tout nanm mwen! Li pa aji ak nou jan nou ta merite l la, li pa pini nou jan l ta dwe pini nou. Menm jan syèl la byen lwen anwo tè a, se konsa Senyè a renmen moun ki gen krentif pou li. Menm jan kote solèy leve a byen lwen ak kote solèy kouche a, se konsa li wete peche nou yo, li voye yo jete byen lwen nou. Menm jan yon papa sansib pou pitit li, se konsa Senyè a sansib pou moun ki gen krentif pou li. Li konnen ak kisa nou fèt, li chonje se pousyè tè nou ye. Lèzòm menm, lavi yo tankou zèb. Yo grandi, yo fleri tankou flè savann. Kou van soufle sou yo, yo disparèt. Pèsonn pa rekonèt kote yo te ye a. Men renmen Bondye pou moun ki gen krentif pou li yo, se bagay ki la pou tout tan. L'ap gen pitye pou pitit pitit yo, pou moun ki kenbe pawòl yo ak li, pou moun ki chonje kòmandman li yo pou obeyi yo. Senyè a mete fòtèy li anwo nan syèl la, l'ap gouvènen tout bagay. Wi, kite m di Senyè a mèsi. Mwen pa dwe janm bliye tout byen li fè pou mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 5:18

Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 100:1-5

(1b) Nou tout ki rete sou latè, chante pou Bondye sitèlman nou kontan. Fè sèvis pou Senyè a ak kè kontan! Vini non! Fè fèt devan li! Pa janm bliye: Senyè a, se Bondye li ye. Se li menm ki fè nou, se pou li nou ye. Se pèp li nou ye, mouton ki nan savann li. Antre nan Tanp li, di l mèsi! Antre kote ki apa pou li a, chante pou li! Wi, fè lwanj li, di l mèsi! Senyè a gen bon kè, li p'ap janm sispann renmen nou. De pitit an pitit, l'ap toujou kenbe pawòl li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 66:1-2

(1b) Nou tout ki rete sou latè, rele ak kè kontan pou Bondye! Fe fèt pou fè lwanj Bondye! Bondye, ou te fè nou pase anba tray pou ou te wè kote nou ye. Wi, menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon, se konsa ou te fè nou pase anba tray. Ou te kite nou tonbe nan pèlen an. Ou te mete yon chay lou sou do nou. Ou kite nenpòt moun ap pase nou lòd. Nou pase nan dife, nou pase nan gwo dlo. Men, ou wete nou nan tout move pa, ou delivre nou. M'a vin lakay ou ak bèt pou yo boule pou ou, m'a ofri ou sa mwen te pwomèt ou a. M'a kenbe pawòl mwen te di lè m te nan tray la. M'a ofri mouton byen gra pou yo boule pou ou sou lotèl la, ansanm ak odè vyann y'ap boukannen pou ou. Wi, m'a ofri ou towo bèf ak bouk kabrit. Vin koute non, nou tout ki gen krentif pou Bondye. M'a di nou sa Bondye fè pou mwen. Mwen rele nan pye l, mwen te deja pare pou m te fè lwanj li. Si mwen te gen move lide nan tèt mwen, Senyè a pa ta koute sa m t'ap di l la. Men Bondye te koute sa m t'ap di l la, li te tande m lè m t'ap lapriyè. Chante pouvwa Bondye! Fè gwo fèt pou fè lwanj li!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 147:5

Senyè nou an gen pouvwa. Li gen anpil fòs. Konesans li pa gen limit.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 6:22

Men, kounyeya nou delivre anba peche a, nou se esklav Bondye, se sa k fè n'ap viv apa pou Bondye. Epi bout pou bout n'a resevwa lavi ki p'ap janm fini an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 5:11

Men pawòl verite a: Bondye ban nou lavi ki p'ap janm fini an. Se nan Pitit li a li ban nou li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 13:17

Obeyi chèf nou yo, soumèt devan yo. Se tout tan y'ap veye sou nanm nou paske yo gen pou yo rann Bondye kont pou travay yo. Si nou obeyi yo, y'a fè travay yo ak kè kontan. Men, si nou pa obeyi yo, y'a fè l ak kè sere. Lè sa a, p'ap gen okenn avantaj pou nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 14:2-3

Lakay Papa a gen anpil kote pou moun rete. Mwen pral pare plas pou nou. Si se pat vre, mwen pa ta di nou sa. Lè jou sa a va rive, n'a konnen mwen nan Papa a, nou menm nou nan mwen, epi mwen menm mwen nan nou. — Moun ki asepte kòmandman m yo, ki obeyi yo, se moun sa a ki renmen mwen. Papa m va renmen moun ki renmen mwen. Mwen menm tou, m'a renmen l, epi m'a fè l wè mwen. Jid (se pa Jida Iskaryòt la non) di l konsa: — Senyè, ki jan pou ou fè nou wè ou san pou moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo pa wè ou? Jezi reponn li: — Moun ki renmen m, se li menm ki va fè tou sa m di l fè. Papa m va renmen l tou. Papa m va vin jwenn li ansanm avè m, n'a viv nan li. Moun ki pa renmen m, li p'ap fè tou sa m di l fè. Tou sa nou tande m'ap di a, se pa nan mwen yo sòti, men se nan Papa m ki voye m lan yo sòti. — Mwen di nou tou sa antan m la ankò avèk nou. Men pwotektè a, Sentespri Papa mwen ap voye nan non mwen an, se li menm ki va anseye nou tout bagay. Epi l'a fè nou sonje tou sa mwen te di nou yo. — M'ap ban nou kè poze. M'ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p'ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè. Nou tande m di nou: Mwen prale, men m'ap tounen vin jwenn nou. Si nou te renmen m, nou ta kontan konnen mwen pral jwenn Papa a, paske Papa a gen plis pouvwa pase mwen. Mwen tou di nou sa kounyeya anvan bagay sa yo rive, pou lè yo rive nou ka kwè. Lè m'a fin pare plas la pou nou, m'a tounen vin chache nou. Konsa, kote m'a ye a, se la n'a ye tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 4:16

Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fòtèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 4:23-24

Men, lè a ap rive, li rive deja: tout moun k'ap sèvi tout bon yo pral sèvi Papa a nan kè yo jan sa dwe fèt. Se moun konsa Bondye vle pou sèvi li. Bondye, se Lespri. Fòk tout moun k'ap adore li, adore sou gid Sentespri a ak nan laverite.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 29:11

Senyè a va bay pèp li a fòs, l'a beni yo, l'a ba yo kè poze.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 5:12-13

Frè m yo, m'ap mande nou pou nou gen anpil respè pou moun k'ap travay nan mitan nou yo, moun Senyè a chwazi pou dirije nou, pou ankouraje nou. Se pou nou gen anpil konsiderasyon pou yo, se pou nou renmen yo poutèt travay y'ap fè a. Se pou nou viv byen ak kè poze yonn ak lòt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 2:42

Yo pase tout tan yo ap koute sa apòt yo t'ap moutre yo, yo t'ap viv ansanm tankou frè yonn ak lòt, yo reyini pou separe pen an bay tout moun, epi yo t'ap lapriyè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 95:1-7

Vini non, ann fè kè nou kontan, ann chante pou Senyè a! Ann fè fèt pou moun k'ap pwoteje nou an, pou moun k'ap delivre nou an! Pandan karantan, ras moun sa yo ban m degoutans. Mwen te di: Y'ap fè move lide nan tèt yo. Yo derefize obeyi kòmandman mwen yo. Se sa k fè, lè m te ankòlè a, mwen sèmante yo p'ap mete pye yo kote pou yo pran repo ansanm ak mwen an. Ann parèt devan li pou nou di l mèsi! Ann chante yon chante pou fè lwanj li! Paske, Senyè a se yon Bondye ki gen pouvwa, se yon gwo wa sou tout lòt bondye yo. Se li menm ki kenbe fondasyon tè a nan men l. Se pou li tout tèt mòn yo ye tou. Se pou li lanmè a ye, paske se li ki fè l, latè a tou, paske se li ki ba l fòm ak men l. Vini non! Ann bese tèt nou devan li, ann adore li! Ann tonbe ajenou devan Senyè ki kreye nou an! Se li ki Bondye nou, se pèp li nou ye, l'ap pran swen nou tankou mouton ki nan savann li. Si sèlman nou te vle tande jòdi a sa l'ap di nou:

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 95:1-3

Vini non, ann fè kè nou kontan, ann chante pou Senyè a! Ann fè fèt pou moun k'ap pwoteje nou an, pou moun k'ap delivre nou an! Pandan karantan, ras moun sa yo ban m degoutans. Mwen te di: Y'ap fè move lide nan tèt yo. Yo derefize obeyi kòmandman mwen yo. Se sa k fè, lè m te ankòlè a, mwen sèmante yo p'ap mete pye yo kote pou yo pran repo ansanm ak mwen an. Ann parèt devan li pou nou di l mèsi! Ann chante yon chante pou fè lwanj li! Paske, Senyè a se yon Bondye ki gen pouvwa, se yon gwo wa sou tout lòt bondye yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 150:1-2

Lwanj pou Senyè a! Lwanj pou Bondye nan Tanp ki apa pou li a! Lwanj pou Bondye nan syèl la kote pouvwa li parèt aklè! Lwanj pou li pou bèl bagay li fè yo! Lwanj pou li pou jan li gen anpil anpil fòs!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:4

Se pou nou toujou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Senyè a. M'ap repete l ankò: Fè kè nou kontan anpil.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 29:2

Fè lwanj non Senyè ki gen pouvwa a! Adore Senyè a nan bèl kay ki apa pou li a!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 28:7

Senyè a ap pwoteje m, l'ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m, kè m kontan. M'ap chante pou m fè lwanj li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 6:2

Paske, nan Liv la Bondye te di: Mwen te koute ou, jou pou m'te kote ou la. Mwen te pote ou sekou, jou pou m'te pote ou sekou a. Men jou pou n'resevwa favè Bondye a rive. Se jodi a menm ki jou delivrans lan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 20:28

Veye kò nou, veye sou tout bann mouton Sentespri a mete sou kont nou. Okipe legliz Bondye a, legliz li te achte ak pwòp san Pitit li a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 13:7

Pa bliye moun ki te konn dirije nou yo, moun ki te fè nou konnen pawòl Bondye a. Egzaminen jan yo te viv, jan yo te mouri. Pran egzanp sou konfyans yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 150:1-6

Lwanj pou Senyè a! Lwanj pou Bondye nan Tanp ki apa pou li a! Lwanj pou Bondye nan syèl la kote pouvwa li parèt aklè! Lwanj pou li pou bèl bagay li fè yo! Lwanj pou li pou jan li gen anpil anpil fòs! Lwanj pou li ak twonpèt! Lwanj pou li ak gita ak bandjo! Lwanj pou li ak tanbou! Danse pou fè lwanj li! Lwanj pou li ak gita ak vaksin! Lwanj pou li ak senbal ki bay bèl son! Lwanj pou li ak senbal ki fè gwo bri! Se pou tou sa ki gen souf fè lwanj Senyè a! Lwanj pou Senyè a!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 2:42-47

Yo pase tout tan yo ap koute sa apòt yo t'ap moutre yo, yo t'ap viv ansanm tankou frè yonn ak lòt, yo reyini pou separe pen an bay tout moun, epi yo t'ap lapriyè. Tout moun te gen krentif devan kantite mirak ak bèl bagay apòt yo t'ap fè. Tout moun ki te kwè yo t'ap viv ansanm yonn ak lòt. Yo te mete tou sa yo te genyen ansanm. Yo vann tè yo ak tout byen yo, yo separe lajan an pami yo tout, dapre nesesite chak moun. Toulejou, yo tout reyini ansanm nan tanp lan. Yo te konn separe pen an bay tout moun nan kay yo, yo te manje ansanm avèk kè kontan san okenn pretansyon. Yo t'ap fè lwanj Bondye. Tout moun te renmen yo. Chak jou Bondye t'ap mete lòt moun li t'ap delivre yo nan gwoup la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 20:7

Premye jou nan senmenn lan, nan aswè, nou te reyini pou nou manje ansanm. Pòl t'ap pale ak moun ki te rasanble yo. Li te gen pou li pati bonè denmen maten. Li te minwi, li t'ap pale toujou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 12:4-6

Jou sa a, n'a chante: Ann di Bondye mèsi! Annou fè lwanj non li! Annou fè tout nasyon yo konnen sa li fè! Chante pou Senyè a, paske li fè gwo mèvèy. Fè tout moun sou latè konn sa! Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele, fè fèt! Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye apa, li gen anpil pouvwa. Se nan mitan nou li rete.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 34:1-3

(2) Se tout tan m'ap di Senyè a mesi, mwen p'ap janm sispann fè lwanj li. (11) Moun rich konn manke manje, yo konn rete grangou. Men, moun k'ap chache fè volonte Senyè a p'ap manke anyen. (12) Vini non, timoun mwen yo, koute sa m'ap di nou. M'a fè nou konnen ki jan pou nou gen krentif pou Senyè a. (13) Ki moun ki ta renmen jwi lavi? Ki moun ki ta renmen viv lontan ak kè kontan? (14) Se moun ki pa lage kò yo nan pale moun mal ni nan bay manti. (15) Sispann fè sa ki mal. Fè sa ki byen! Chache jan pou nou viv byen ak moun. Fè tout sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun. (16) Senyè a ap veye moun ki mache dwat devan l yo. L'ap koute yo lè y'ap rele nan pye l. (17) Men, Senyè a vire do bay moun k'ap fè sa ki mal, pou pèsonn sou latè pa janm chonje yo. (18) Lè moun ki mache dwat yo rele l, li tande yo. Li wete yo anba tray. (19) Senyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa. (20) Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou l soufri anpil. Men, Senyè a ap delivre l anba tout soufrans li yo. (3) M'ap fè lwanj li pou sa li te fè. Se pou tout moun ki anba tray tande sa pou yo ka fè kè yo kontan. (21) L'ap pwoteje l nèt ale. Pa yon ti zo nan kò l p'ap kraze. (22) Malè gen pou fini ak mechan yo. Moun ki pa vle wè moun k'ap mache dwat yo gen pou yo tonbe anba chatiman. (23) Senyè a ap delivre moun k'ap sèvi l yo, li p'ap kondannen okenn moun ki chache pwoteksyon bò kote l. (4) Mete tèt nou ansanm avè m pou fè konnen jan Senyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:16

Se pou pawòl Kris la ak tout richès li yo rete fèm nan lavi nou. Se pou nou yonn aprann nan men lòt, se pou yonn konseye lòt ak anpil konprann. Se pou nou chante sòm, kantik ak tout lòt chante legliz pou di Bondye mèsi ak tout kè nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 10:24-25

Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè yo, pou yonn ka ankouraje lòt nan sa ki byen. Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, kounyeya pi plis pase anvan, paske nou wè jou Senyè a ap pwoche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 86:12

Senyè, Bondye mwen, m'ap fè lwanj ou ak tout kè m, mwen p'ap janm sispann fè konnen jan ou gen pouvwa!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 40:5

(6) Senyè, Bondye mwen, ou te fè anpil bèl mèvèy pou nou, ou te fè anpil lide pou nou. Pa gen tankou ou, Senyè! Mwen ta renmen fè moun konnen yo, mwen ta renmen pale sou yo. Men, yo sitèlman anpil, mwen pa ka rakonte yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Kwonik 16:23-25

Nou tout ki rete sou latè, chante pou Senyè a! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou. Fè nasyon yo konnen pouvwa li. Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo. Senyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou tout moun pè l pi plis pase lòt bondye yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 15:5-6

Se pou Bondye ki bay pasyans ak ankourajman an fè nou viv byen yonn ak lòt, pou nou ka swiv egzanp nou jwenn nan Jezikri. Konsa, n'a mete kè nou ak bouch nou ansanm pou fè lwanj Bondye, papa Jezikri, Senyè nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 121:1-2

(1b) Mwen leve je m, mwen gade mòn yo, mwen di: — Ki bò m'a jwenn sekou? Sekou mwen sòti nan men Senyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:105

Pawòl ou se yon chandèl ki fè m wè kote m'ap mete pye m, se yon limyè k'ap klere chemen mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 47:1-2

(2) Nou tout pèp yo, bat bravo! Fè lwanj Senyè a! Rele ak kè kontan! (3) Paske, Senyè ki anwo nan syèl la, se moun ki pa nan jwèt, se moun pou nou pè. Se yon gwo wa k'ap gouvènen sou tout latè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 5:19-20

Lè nou ansanm yonn ak lòt, sèvi ak pawòl sòm yo, kantik yo epi ak pawòl chante Lespri enspire nou. Chante kantik ak Sòm pou Senyè a, lè n'ap fè lwanj li ak tout kè nou. Se pou nou viv ak renmen nan kè nou, menm jan Kris la te fè l la, li menm ki te renmen nou, ki te bay lavi l pou nou tankou yon ti mouton yo ofri pou touye pou Bondye, ofrann k'ap fè Bondye plezi ak bon sant li. Nan non Senyè nou an, Jezikri, se tout tan pou n'ap di Bondye Papa a mèsi pou tout bagay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 63:1-3

(2) Bondye, se ou ki Bondye mwen. Jan manvi wè ou! Jan m'ap tann ou sa a! Se tout kò m k'ap mande pou ou, tankou tè sèk nan solèy k'ap tann lapli. (11) Yo gen pou yo mouri nan lagè, chen mawon gen pou manje kadav yo. (12) Men, Bondye ap fè kè wa a kontan. Tout moun ki mete non l devan va gen kè kontan tou. Men, y'ap fèmen bouch moun k'ap bay manti yo. (3) Fè m antre kote ki apa pou ou nan kay ou a pou m wè ou, pou m wè jan ou gen pouvwa, jan ou merite pou yo fè lwanj ou. (4) Renmen ou gen pou nou an pi bon pase lavi. Se poutèt sa m'ap fè lwanj ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 113:1-3

Lwanj pou Senyè a! Nou menm k'ap sèvi Senyè a, fè lwanj li! Se pou nou nonmen non l depi kounyeya epi pou tout tan tout tan. Depi kote solèy leve jouk kote solèy kouche, se pou yo fè lwanj Senyè a!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 6:2

Se pou nou yonn ede lòt pote chay yo. Se konsa n'a obeyi lalwa Kris la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 13:15

Gremesi Jezikri, sèl ofrann san n'ap ofri bay Bondye a, se lwanj n'ap ba li tout tan. Se tout tan pou non l nan bouch nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 25:1

Senyè, se ou ki Bondye mwen! M'a di jan ou gen gwo pouvwa, m'a fè lwanj ou! Ou fè anpil bèl bagay. Plan travay ou te fè nan tèt ou depi lontan an, ou realize l nèt, jan ou te vle l la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 30:4-5

(5) Nou tout ki renmen Senyè a, fè lwanj li! Chonje sa l te fè. Li pa tankou tout moun. Di l mèsi. (6) Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l jou, kè nou kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 27:4

Mwen mande Senyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m ta pase tout lavi m nan kay Senyè a, pou m ka gade bèl bagay li yo byen, pou m ka pran tan m pou m kalkile nan kay ki apa pou li a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:1

Se sa ki fè, frè mwen yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri nou tankou yon sakrifis apa bay Bondye, yon sakrifis vivan k'ap fè li plezi. Se sèl jan pou nou sèvi Bondye tout bon vre.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 2:9

Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, prèt k'ap sèvi wa a, nasyon k'ap viv apa pou Bondye, pèp li peye pou li a. Li fè tou sa, pou nou te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi

Lapriyè bay Bondye

Seyè, ou se Alfa ak Omega! Papa, kreyatè syèl la ak tè a, ou se premye a ak dènye a, kòmansman an ak finisman an. Papa, mèsi paske pa gen pi bon kote sou tè sa pase lakay ou, pou m prezante devan w pi bèl adorasyon ak egzaltasyon mwen. Avèk yon kè dispoze, m ap ofri w lanmou ak rekonesans mwen. Mwen vini devan w pou tout sa ou deja fè, epi pou tout sa w ap kontinye fè pou mwen ak fanmi mwen. Avèk lajwa ak kè kontan, ansanm ak frè ak sè m yo, m ap leve vwa m pou m kriye nan syèl la, pou m chache figi w an espri ak an verite. Pawòl ou di: "Kote de ou twa moun reyini nan non mwen, mwen la nan mitan yo." Seyè, mwen mande w pou nan chak sèvis, nou ka wè syèl la louvri akoz enpak prezans ou. Ke onksyon ak puisans Sentespri w koule sou lavi pastè nou yo, menm jan ak nan legliz premye kretyen yo kote tout moun te pèsevere nan doktrin nan e youn te ede lòt. Seyè, fè ke nan chak sèvis, mwen konsantre m pou m prezante tèt mwen tankou yon sakrifis ki agreyab, paske pa gen pwoblèm ou pa ka rezoud. Pawòl ou di: "Ofri kò nou tankou yon sakrifis vivan, sen, ki fè Bondye plezi. Se konsa pou n adore Bondye ak tout lespri nou." Mwen vle beni lavi frè ak sè m yo atravè sèvis mwen, pa sèvi pou fè moun wè, men pou sèvi kòm yon sèvitè Kris la. Nan non Jezi. Amèn!
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite