Biblia Todo Logo
Vèsè Biblik
- Piblisite -


55 Vèsè Biblik sou Sèvi Bondye

55 Vèsè Biblik sou Sèvi Bondye

Zanmi mwen, angajman nou genyen kòm pitit Bondye a dwe toujou nan premye plas nan lavi nou. Se sa ki pi enpòtan.

Lè nou bay bon sèvis, sa montre sa k nan kè nou, devan Bondye ak devan lòt moun. Sonje Bondye te ban nou pi gwo kado li te genyen an, donk li merite yon sèvis ki byen fèt, yon sèvis ki soti nan fon kè nou, ak anpil rekonesans.

Nan Bib la, nou wè Jezikri, Sovè nou an, ki te toujou ap sèvi moun. Li pa t sèlman pale, men li te aji tou. Li te fè anpil bon bagay, ni nan legliz la ni deyò.

Kidonk, li enpòtan pou nou pran Jezi kòm modèl. Nou dwe swiv tras li, mande l gidans ak fòs pou nou ka sèvi menm jan avè l. Sèvi moun se yon fason pou nou montre lanmou, pou nou fè moun ki bò kote nou yo kontan.




Women 12:11

Travay di, pa fè parese. Mete aktivite nan sèvis n'ap rann Mèt la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 12:26

Si yon moun ap sèvi m, se pou l swiv mwen tou. Konsa, tout kote m'a ye, sèvitè mwen va la tou. Papa m va leve tèt tout moun k'ap sèvi mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 3:9

Apòlòs ak mwen, se travay n'ap travay ansanm pou Bondye. Nou menm, moun Korent yo, nou se tankou yon jaden Bondye bay travay pou li. Ou ankò, nou se yon kay Bondye ap bati.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 15:58

Konsa, frè m yo, kenbe fèm, pa brannen. Se pou n toujou pi cho nan travay Senyè a, paske nou konnen travay n'ap fè pandan n'ap viv ansanm ak Senyè a p'ap janm pèdi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Samyèl 12:24

Gen krentif pou Senyè a. Sèvi l tout bon ak tout kè nou. Chonje tout bèl bagay sa yo li fè pou nou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:1

Se sa ki fè, frè mwen yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri nou tankou yon sakrifis apa bay Bondye, yon sakrifis vivan k'ap fè li plezi. Se sèl jan pou nou sèvi Bondye tout bon vre.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 9:35

Lè sa a, Jezi chita, li rele douz disip li yo epi li di yo: — Si yon moun vle premye plas, fòk li mete li pi ba pase tout moun, fòk li fè li sèvitè tout moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 13:14

Si mwen menm ki Senyè, mwen menm ki Mèt, mwen lave pye nou, konsa tou, nou menm, se pou nou yonn lave pye lòt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Kwonik 28:9

Ou menm, Salomon, pitit mwen, se pou ou rekonèt Bondye papa ou la. Se pou ou sèvi l ak tout kè ou, avèk bon santiman, paske Senyè a sonde kè tout moun, li konnen tou sa k'ap pase nan tèt yo. Konsa, si ou chache l, l'ap kite ou jwenn li. Men, si ou vire do ba li, l'ap lage ou nèt tou pou tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Kwonik 29:9

Pèp la menm te kontan bay sa yo t'ap bay pou Senyè a paske yo te fè l ak tout kè yo. Wa David tou te kontan anpil.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 2:11

Sèvi Senyè a avèk krentif, tranble nan tout kò nou,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 100:2

Fè sèvis pou Senyè a ak kè kontan! Vini non! Fè fèt devan li!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 25:21

Mèt la di l: Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè toujou. Vin fè fèt avèk mèt ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 13:4

Se Senyè a, Bondye nou an, pou nou swiv. Se li menm pou nou gen krentif. Se lòd li pou nou swiv. Se sa li di nou pou nou koute. Se li menm pou nou sèvi. Pa janm vire do ba li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:10

Mwen chache obeyi ou ak tout kè mwen. Pa kite m dezobeyi kòmandman ou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:13

Kanta nou menm, frè m yo, Bondye te rele nou pou n te ka gen libète nou. Sèlman, pa pran libète a sèvi eskiz pou nou viv dapre egzijans lachè. Okontrè, se pou nou yonn sèvi lòt nan renmen nou yonn gen pou lòt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 10:27

Nonm lan reponn: — Se pou ou renmen Mèt la, Senyè Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout fòs ou, ak tout entelijans ou. Se pou ou renmen pwochen ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 16:3

Mande Senyè a pou l beni tout travay w'ap fè, w'ap reyisi nan tou sa w'ap fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 23:25

Se mwen menm Senyè a, Bondye nou an, pou nou sèvi. M'ap beni nou, m'ap ban nou manje pou n manje, dlo pou nou bwè. Mwen p'ap kite maladi tonbe sou nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 6:8

Apre sa, mwen tande Senyè a ki t'ap di: — Kilès mwen ta voye la a? Kilès ki ta asepte ale pou nou? Mwen di: — Men mwen. Voye mwen non!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:24

— Pèsonn pa ka sèvi byen ak de mèt anmenmtan. Li gen pou l rayi yonn si l renmen lòt la. L'ap sèvi byen ak yonn, men l'ap meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak lajan anmenmtan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 13:16

Pa bliye, se pou nou fè sa ki byen, se pou nou yonn ede lòt. Se ofrann konsa ki fè Bondye plezi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 6:10

Paske, Bondye pa mechan pou l ta bliye travay nou fè, ni renmen nou moutre nou gen pou li, lè nou t'ap rann moun k'ap viv pou li yo anpil sèvis, sèvis n'ap rann yo jouk kounyeya toujou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 20:27-28

Si yonn nan nou vle chèf, se pou li fè li domestik nou tout. Paske mwen menm, moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun sèvi mwen, men mwen vini pou sèvi. Wi, mwen vin bay lavi mwen pou delivrans anpil moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 25:35-40

Mwen te grangou, nou te ban m' manje. Mwen te swaf, nou te ban m' bwè. Mwen te etranje, nou te resevwa mwen byen lakay nou. Mwen te touni, nou te ban m' rad. Mwen te malad, nou te pran swen m'. Mwen te nan prizon, nou te vizite m'. — Lè sa a, moun ki te fè byen yo va reponn li: Mèt, kilè nou te wè ou grangou pou n te ba ou manje? Kilè nou te wè ou swaf dlo pou nou te ba ou bwè? Kilè ou te etranje jouktan nou te resevwa ou lakay nou an? Kilè ou te touni, nou te gentan ba ou rad la? Kilè nou te wè ou malad, osinon nan prizon, pou n te al wè ou? Men sa ki te gen bon konprann yo te pote yon boutèy plen gaz ansanm ak lanp yo. Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m yo, se pou mwen nou te fè li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jozye 24:15

Men, si nou pa vle sèvi Senyè a, depi kounyeya chwazi sa nou vle sèvi a: oswa bondye zansèt nou yo t'ap sèvi nan peyi lòt bò larivyè Lefrat la, osinon bondye moun Amori yo t'ap sèvi nan peyi kote n'ap viv kounyeya. Men, pou mwen menm ansanm ak tout moun lakay mwen, se Senyè a n'ap sèvi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jozye 22:5

Sèl bagay n'ap mande nou, se pou nou obeyi kòmandman ak lalwa Moyiz, sèvitè Senyè a, te ban nou an. Se pou nou renmen Senyè a, Bondye nou an. Se pou nou toujou mache nan chemen li mete devan nou an. Se pou nou fè tou sa l mande nou fè. Se pou nou kenbe pye l fèm. Se pou nou sèvi l ak tout kè nou ak tout nanm nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 6:7

Fè travay nou ak kè kontan, tankou si se pa pou moun nou t'ap travay, men pou Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 10:45

Paske mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun sèvi mwen, men mwen vini pou sèvi. Wi, mwen vin bay lavi mwen pou delivrans anpil moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 14:18

Moun k'ap sèvi Kris la konsa, se yo ki fè Bondye plezi. Tout moun ap dakò ak sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 1:74-75

Li te di l konsa: Lè la fin delivre nou anba lènmi nou yo, la fè nou sèvi l san nou p'ap bezwen pè. Wi, l'a fè nou viv apa pou Bondye, l'a fè nou mache dwat devan li chak jou nan lavi nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 34:22

(23) Senyè a ap delivre moun k'ap sèvi l yo, li p'ap kondannen okenn moun ki chache pwoteksyon bò kote l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 4:8

Jezi reponn li: — Men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore. Se li menm ase pou ou sèvi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 20:19

Mwen sèvi Senyè a san okenn pretansyon, avèk dlo nan je, nan mitan tout move pa mwen jwenn poutèt tout konplo jwif yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 84:10

(11) Yon jou pase anndan lakay ou pi bon pase mil jou pase nenpòt lòt kote. Mwen ta pito rete kanpe nan papòt kay Bondye a pase pou m ta rete anndan kay mechan yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:1-2

Se sa ki fè, frè mwen yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri nou tankou yon sakrifis apa bay Bondye, yon sakrifis vivan k'ap fè li plezi. Se sèl jan pou nou sèvi Bondye tout bon vre. Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan. Travay di, pa fè parese. Mete aktivite nan sèvis n'ap rann Mèt la. Pandan n'ap tann lan, fè kè n kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè. Bay moun k'ap viv pou Bondye yo konkou lè nou wè yo nan bezwen. Resevwa moun ki vin lakay nou byen. Mande Bondye pou l beni moun k'ap pèsekite nou. Mande benediksyon, pa mande madichon pou yo. Fè kè n kontan ak moun ki kontan, kriye ak moun k'ap kriye. Viv byen yonn ak lòt. Pa kite lògèy moute tèt nou. Viv tankou moun ki san pretansyon. Pa kwè nou gen pi bon konprann pase sa. Si yon moun fè nou mal, pa chache fè l mal tou. Chache fè sa ki byen nan je tout moun. Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun, mezi nou kapab fè li. Mezanmi, pa tire revanj. Men kite kòlè Bondye fè travay li. Paske men sa ki ekri nan Liv la: Se mwen sèl ki gendwa tire revanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se Bondye menm ki di sa. Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 37:3-4

Mete konfyans ou nan Senyè a, fè sa ki byen! Pran peyi a fè kay ou, viv ak kè poze! Moun ki mache dwat devan Bondye bay bon konsèy. Se bon pawòl ase ki sòti nan bouch li. Li kenbe lalwa Bondye a fèm nan kè li, li p'ap janm bite. Mechan an ap veye tout vire tounen moun k'ap mache dwat, l'ap chache jan pou l touye l. Men, Senyè a p'ap lage l nan men mechan an, li p'ap kite yo kondannen l lè y'ap jije l. Mete konfyans ou nan Senyè a, fè tou sa l mande ou fè. L'ap ba ou fòs pou ou ka pran peyi a pou ou. Ou gen pou wè mechan yo disparèt sou latè. Mwen te wè yon mechan ki te fè tout moun pè li, li te kanpe tankou yon gwo pye mapou. Apre sa, mwen tounen vin pase kote l te ye a, li pat la. Mwen chache l, mwen pa janm wè l ankò. Gade moun k'ap mache dwat la byen gade. Gade tout vire tounen l. Moun ki viv byen ak tout moun ap gen pitit ak pitit pitit. Men, moun k'ap fè mal yo, y'ap rete konsa y'ap disparèt. Tout pitit ak pitit pitit yo ap disparèt tou. Se Senyè a k'ap sove moun ki mache dwat yo. L'ap sèvi yo defans lè yo nan tray. Si se nan Senyè a ou pran tout plezi ou, l'a ba ou tou sa ou ta renmen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 2:10

Se Bondye ki fè nou. Li kreye nou nan Jezikri pou nou pratike sa ki byen, bon zèv li te pare davans pou nou fè yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 6:7-8

Fè travay nou ak kè kontan, tankou si se pa pou moun nou t'ap travay, men pou Senyè a. Paske chonje byen: kit yon moun esklav, kit li lib, li gen pou l resevwa sa ki pou li nan men Senyè a, dapre bon travay li fè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 2:3-4

Pa fè anyen nan lide pou fè tèt nou pase pou pi bon, ni pou fè lwanj tèt nou. Men, soumèt nou devan Bondye. Mete nan tèt nou lòt yo pi bon pase nou. paske li te prèt pou mouri nan travay Kris la, li riske lavi li pou li te ka ban mwen konkou nou pa te la pou ban mwen. Piga pèsonn chache enterè pa l ase. Se pou l chache sa ki bon pou lòt yo tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 2:13

Paske, se Bondye menm k'ap travay ni nan volonte nou ni nan fòs nou pou fè nou fè jan lide li di li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:23-24

Nenpòt travay yo ban nou fè, fè l ak tout kè nou tankou si se pa pou lèzòm nou t'ap travay, men pou Senyè a. Chonje byen: Senyè a gen pou ban nou rekonpans nou: l'ap ban nou eritaj li sere pou moun pa l yo. Paske, mèt n'ap sèvi tout bon an se Kris la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 1:9

Okontrè, yo tout ap rakonte jan nou te resevwa m lè m te rive lakay nou, jan nou te kite zidòl yo pou n tounen vin jwenn Bondye, pou nou te ka sèvi Bondye vivan an, Bondye tout bon an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 5:16-18

Se pou kè nou toujou kontan. Pa janm sispann lapriyè. Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 1:12

M'ap remèsi Jezikri, Senyè nou an, deske li ban mwen kouraj pou m' fè travay mwen. M'ap di li mèsi deske li konsidere m' anpil pou li fè m' tout konfyans sa a jous li rive chwazi m' pou sèvis li,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 2:15

Fè jefò pou ou ka resevwa lwanj nan men Bondye tankou yon travayè ki pa wont travay li fè, yon travayè ki fè konnen pawòl verite Bondye a jan l ye a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 9:14

nou pa bezwen mande kisa san Kris la p'ap fè. Avèk pouvwa Sentespri ki la tout tan an, li menm li ofri tèt li bay Bondye tankou yon ofrann bèt ki bon nèt, san okenn defo. Se konsa, san l ap lave konsyans nou, l'ap delivre nou anba esklavaj lalwa k'ap touye nou an pou nou ka sèvi Bondye vivan an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 12:28

Peyi wa nou resevwa pou eritaj la pa ka brannen. Se pou nou di mèsi pou sa. Ann fè wè nou pa bliye sa li fè pou nou. Ann sèvi Bondye yon jan ki pou fè l plezi, avèk respè, avèk krentif.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 1:22-25

Se pou nou fè tou sa pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase. Lè sa a, se pwòp tèt nou n'ap twonpe. Paske, lè yon moun tande pawòl la ase, san li pa fè sa pawòl la mande l fè, li tankou yon moun ki gade figi l nan yon glas. Men, kou l vire do l ale, lamenm li bliye kisa li sanble. Men, moun ki fikse je l sou lalwa ki bon nèt la, lalwa ki bay libète a, si l sòti pou l fè sa lalwa a mande, si li pa yon moun ki kite pawòl la antre nan yon zòrèy sòti nan yon lòt, men ki fè sa lalwa a mande, moun sa a va jwenn benediksyon nan sa l'ap fè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 4:10-11

Chak moun dwe pran kado Bondye ba yo a pou yo rann lòt yo sèvis. Konsa, tankou bon jeran, n'a pran kado Bondye yo, ki divès kalite, n'a fè yo travay. Si yon moun ap pale, se pou l pale tankou si se te pawòl Bondye li t'ap di. Si yon moun ap rann sèvis, se pou li fè l ak fòs Bondye ba li. Konsa, nan tout bagay lwanj lan va pou Bondye, gremesi Jezikri. Se pou Jezikri tout lwanj ak tout pouvwa pou tout tan. Amèn.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Pyè 1:5-8

Se poutèt sa, nou dwe fè tou sa nou kapab pou nou pa rete ak konfyans nou gen nan Bondye a sèlman. Men, apa konfyans lan se pou nou gen bon kondit. Apa bon kondit la, se pou nou gen konesans. Apa konesans la, se pou nou konn kontwole tèt nou. Apa konn kontwole tèt nou an, se pou nou gen pasyans. Apa pasyans la, se pou nou sèvi Bondye. Apa sèvi Bondye a, se pou nou gen renmen pou frè yo. Apa renmen nou gen pou frè nou an, se pou nou gen renmen pou tout moun. Si nou gen tout bagay sa yo nan nou, si nou devlope yo nan nou, nou p'ap rete bra kwaze. Se p'ap pou gremesi nou konnen ki moun Jezikri, Senyè nou an, ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 3:18

Pitit mwen yo, piga nou renmen sèlman nan bouch, nan bèl diskou ak bèl pawòl. Se pou nou renmen tout bon vre. Se pou tout moun wè jan nou renmen lè yo wè sa n'ap fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 2:19

Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen jan ou gen renmen nan kè ou, jan ou gen konfyans, jan ou fè sèvis ou byen, ak jan ou gen anpil pasyans. Mwen konnen tou w'ap travay kounyeya pi plis pase anvan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 3:8

Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen ou pa gen anpil kouray. Malgre sa, w'ap kenbe pawòl mwen. Ou pa lage mwen. Mwen louvri yon pòt devan ou, pèsonn p'ap ka fèmen li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 7:15

Se poutèt sa, yo kanpe la devan fòtèy Bondye a, lajounen kou lannwit y'ap sèvi nan tanp li a. Moun ki chita sou fòtèy la ap toujou la pou pwoteje yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi

Lapriyè bay Bondye

Bondye Jezi papa mwen, ou bon, granmèsi pou mizèrikòd ak lanmou w, ou vivan pou tout tan, wayòm ou p'ap janm fini, li solid tankou wòch. Papa, mèsi paske ou te pwomèt kote gen de ou twa moun reyini nan non w, ou la nan mitan yo. E nou tout la jodi a reyini nan kay ou a pou nou louwe non w, pou nou ba w glwa. M'ap mande w Sentespri, pou w pran kontwòl sèvis sa a. Ke prezans ou desann sou kote sa a, pou nou ka ranpli ak glwa w, e pou yon lòt fwa ankò pouvwa w manifeste atravè mirak, gerizon ak delivrans. M'ap mande w pou w wenn lavi pastè nou an, vide yon onksyon fre sou li, pou w ka sèvi avè l nan ministè pawòl ou a, pawòl ki pral preche jodi a, yon fason pou nou tout ka edifye e pou nou ka enstwi nan li. Sentespri, prepare kè legliz ou a, reveye nan nou yon swaf, yon grangou pou pawòl ou ak pou prezans ou. Ede nou rete fèm nan lafwa, pou nou kenbe inite ant frè ak sè, e pou nou pèsevere nan lapriyè. Menm jan ak premye legliz la, kote tout moun te pèsevere nan doktrin nan e nan kominyon youn ak lòt. Senyè, fòtifye lavi frè ak sè m yo, pou yo ka fè travay yo avèk ekselans pou ou jodi a, e non pa pou lèzòm. Mèsi pou jou sèvis sa a ak pou jou ki gen pou vini yo. Nan non Jezi. Amèn.
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite