Mwen konnen ou anba gwo soufrans ak maladi sa a. Men, mwen vle di w yon bagay: Bondye la avè w. Li pa sèlman la avè w kounye a, men depi w te nan vant manman w, li t ap veye sou ou.
Bondye se Papa w, yon zanmi fidèl, yon konsolatè nan moman difisil yo, lapè w nan tanpèt la, epi doktè pafè a. Mwen pa konnen ki pati nan kò w ki malad, ni ki maladi w genyen, men gen yon bagay mwen sèten: grasa san Jezi, ou ka geri. Li vle w geri. Li renmen w tèlman, li pa vle w soufri.
Ale bò kote l pandan w ap pase nan moman difisil sa a. Se kote ki pi an sekirite pou ou. Li konnen sa w bezwen. Li konnen ki kote w gen doulè a. Si w kwè epi w mande l ak lafwa, l ap fè mèvèy nan lavi w.
Sakrifis Jezikri a libere nou anba maladi. Petèt doktè a ba w yon move dyagnostik, men pran kouraj! Se Bondye ki gen dènye mo a sou lavi w. Se pawòl Gran Mwen Menm Nan ki ba w lavi, ki kenbe w. Kidonk, kontinye kwè, ranpli kè w ak espwa, epi tann Bondye ak pasyans.
Li ka fè yon mirak pou ou. Li ka reponn priyè w yo. Deklare tèt ou geri nan non Jezi, epi kenbe pawòl li yo nan kè w. Jan Ezayi 53:4 la di: "Sètènman, li te pote enfimite nou yo, li te soufri doulè nou yo. Men, nou te konsidere l kòm yon moun ki blese, yon moun Bondye te pini, yon moun ki te imilye".
Men, mwen pral ba yo renmèd pou yo sa gaya. M'ap geri yo. M'ap fè yo konnen jan sa bon lè moun viv ak kè poze san okenn danje.
Li padonnen tout peche m yo, li geri tout maladi m yo. Li wete m nan bouch twou a. Li beni m, li fè m wè jan li renmen m, jan li gen pitye pou mwen.
Kris la te pote peche nou yo nan kò li sou bwa a, pou nou te kapab mouri annegad peche, pou nou te ka viv dwat devan Bondye. Li te kite yo maltrete l pou l te ka geri nou.
Men, se soufrans nou ta gen pou nou soufri a li t'ap soufri pou nou. Se doulè nou ta gen pou santi nan kò pa nou li te pran sou do l. Nou menm menm, nou te konprann se pini Bondye t'ap pini l. Nou te konprann se frape Bondye t'ap frape l, se kraze Bondye t'ap kraze l anba men l. Men, se pou peche nou kifè yo te mete san l deyò konsa. Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze l anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an se sou li li tonbe. Se konsa li ban nou kè poze. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon.
Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Senyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a. Wi, moun Senyè a delivre, se sa pou yo di! Li te delivre yo anba men lènmi yo, Li louvri bouch li, li pale epi yo geri. Li wete yo nan bouch twou a. Se pou yo di Senyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun.
Se mwen menm Senyè a, Bondye nou an, pou nou sèvi. M'ap beni nou, m'ap ban nou manje pou n manje, dlo pou nou bwè. Mwen p'ap kite maladi tonbe sou nou.
Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.
Nou menm moun Siyon, yo te rele nou: moun yo mete deyò. Yo t'ap di: pa gen moun pou okipe nou. Men, se mwen menm k'ap ban nou renmèd, k'ap geri tout maleng nou yo. Se Senyè a menm ki di sa.
Chak fwa, li reponn mwen: Se favè m ase ou bezwen. Paske lè ou fèb, se lè sa a moun wè pouvwa mwen nan ou. Se poutèt sa, nan fon kè m, mwen pito pale sou feblès mwen pou pouvwa Kris la ka mete m anba zèl li.
(3) Gen pitye pou mwen, Senyè, paske mwen santi m san fòs. Geri mwen, Senyè, paske m'ap deperi.
Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.
Senyè a p'ap kite okenn maladi tonbe sou nou. Li p'ap janm voye sou nou move epidemi nou te wè ki te tonbe sou moun peyi Lejip yo. L'ap kite sa pou tout moun ki pa vle wè nou yo.
Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l mèsi tou lè n'ap lapriyè. Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l, bagay lèzòm pa ka konprann. La kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.
(1b) Mwen leve je m, mwen gade mòn yo, mwen di: — Ki bò m'a jwenn sekou? Sekou mwen sòti nan men Senyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.
Menm lè m'ape pase anba lonbray lanmò, Mwen p'ape pè anyen, Paske, Senyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak pwoteksyon ou ki fè kè m' pa kase.
(4) Senyè a va ba l fòs lè maladi fè l pran kabann. Senyè a va ba l gerizon lè li malad kouche.
Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n soufri anpil sou latè. Men, pran kouray, lemonn deja pèdi devan mwen.
Nenpòt sitirasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m, gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouray.
Gayis monchè, mwen swete tout bagay ap mache byen pou ou. Mwen swete ou an sante nan kò ou tankou ou an sante nan lespri ou.
Mete tout konfyans ou nan Senyè a. Pa gade sou sa ou konnen. Toujou chonje Senyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, la moutre ou chemen pou ou pran. Pa mete nan tèt ou ou gen plis konprann pase sa. Gen krentif pou Senyè a, refize fè sa ki mal. Lè ou fè sa, se va tankou yon bon medikaman: W'a toujou gaya, ou p'ap janm soufri doulè.
Mwen te wè tou sa yo t'ap fè, men m'ap geri yo. Mwen pral pran men yo pou m mennen yo sou bon chemen an. M'a remoute kouray sa ki nan lapenn yo. M'a di yo: Kè poze pou nou tout ki lwen, kè poze pou nou tout ki pre. M'a mete lwanj nan bouch yo, m'ap ba yo tout kè poze, m'ap geri yo.
Men, Senyè a gen bon kè tou: Jou malè, se li ki pwoteje pèp li. Li pran swen tout moun ki vin kache anba zèl li.
Li louvri bouch li, li pale epi yo geri. Li wete yo nan bouch twou a. Se pou yo di Senyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun.
Si yon moun nan nou malad, se pou l rele chèf reskonsab yo nan legliz la. Y'a lapriyè pou li, y'a pase lwil sou li nan non Senyè a. Lè lapriyè a fèt ak konfyans, li va delivre malad la. Senyè a va fè l leve gaya. Si li te fè kèk peche, Bondye va padonnen li. Se pou nou konfese peche nou yo yonn bay lòt. Se pou yonn lapriyè pou lòt, pou nou kapab geri. Lè yon moun ap viv dwat devan Bondye, lapriyè moun sa a gen anpil pouvwa.
Senyè a fè prizonye yo sòti nan prizon. Senyè a fè avèg yo wè ankò. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouray. Senyè a renmen moun ki mache dwat devan li.
Lè sa a, yon fanm malad pwoche dèyè Jezi. Li te gen pèdisyon depi douzan. Li manyen rebò rad Jezi, paske li t'ap di nan kè l: Si m ka manyen rad li sèlman, m'a geri.
Mennen batay pou lafwa a byen. Kenbe lavi ki p'ap janm fini an fèm. Paske, se Bondye menm ki te rele ou pou ou te konnen lavi sa a, lè ou te byen pale devan yon bann temwen, pou fè konnen jan ou gen lafwa.
Si yon moun nan nou malad, se pou l rele chèf reskonsab yo nan legliz la. Y'a lapriyè pou li, y'a pase lwil sou li nan non Senyè a. Lè lapriyè a fèt ak konfyans, li va delivre malad la. Senyè a va fè l leve gaya. Si li te fè kèk peche, Bondye va padonnen li.
— Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou. Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze. — Eske se ou ki moun nou konnen ki gen pou vini an, osinon eske nou dwe tann yon lòt? Paske, jouk m'ap ban nou an fasil pou pote, chay m'ap ban nou an pa lou.
Lè sa a, Jezi t'ap geri anpil moun malad ak anpil moun enfim, li t'ap wete yo anba pouvwa move lespri, li t'ap fè anpil avèg wè ankò.
Jezi di li: — Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Ou mèt ale ak kè poze, tande. Ou geri nèt.
Pèp la di: — Annou wè non! Ann tounen al jwenn Senyè a! Se li menm ki blese nou, se li menm ankò ki ka geri nou! Se li ki mete san nou deyò, se li ki ka mete renmèd sou maleng nou yo.
Kò m te mèt ap deperi, lespri m te mèt ap gaga, se ou menm menm, Bondye, ki tout fòs mwen, se ou menm ki tout mwen.
Pou mwen, nou pa ka konpare sa n'ap soufri kounyeya ak bèl bagay Bondye pral fè nou wè yo.
Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.
Ann fè lwanj Bondye ki papa Jezikri, Senyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an. Li ankouraje nou nan tout lapenn nou, konsa nou menm tou nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lè n'a ba yo menm ankourajman nou te resevwa nan men li an.
Men, se pou peche nou kifè yo te mete san l deyò konsa. Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze l anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an se sou li li tonbe. Se konsa li ban nou kè poze. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon.
Wi, kite m di Senyè a mèsi. Mwen pa dwe janm bliye tout byen li fè pou mwen. Nou menm zanj li yo ki vanyan, ki gen fòs, nou menm k'ap fè tou sa li mande nou fè, nou menm k'ap koute sa l'ap di nou, fè lwanj Senyè a! Nou tout ki fè pati lame ki nan syèl la, nou tout k'ap sèvi l, k'ap fè volonte li, di Senyè a mèsi! Nou tout kreyati Bondye, nou tout ki toupatou kote l'ap gouvènen, di Senyè a mèsi! Wi, kite m di Senyè a mèsi! Li padonnen tout peche m yo, li geri tout maladi m yo. Li wete m nan bouch twou a. Li beni m, li fè m wè jan li renmen m, jan li gen pitye pou mwen.
Lè m nan tèt chaje, lè mwen pa konn sa pou m fè, se ou menm ki ban m kouray, se ou menm ki fè kè m kontan.
Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.
Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.
(2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.
Pitit mwen, louvri lespri ou pou ou konprann byen sa m'ap di ou la a. Louvri zòrèy ou pou ou koute pawòl k'ap sòti nan bouch mwen. Pa janm kite yo sòti devan je ou. Kenbe yo nan kè ou. Pa janm bliye yo. Se lavi pou moun ki jwenn yo. Se lasante pou tout moun ki konprann yo.
(4) Bondye ki anwo nan syèl la, lè mwen pè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. (5) Mwen gen konfyans nan Bondye. M'ap fè lwanj pawòl li. Mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè m?
Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p'ap janm vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou. Konsa, nou kapab di avèk konfyans: Se Bondye k'ap vin ede mwen. Mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè mwen?
— M'ap ban nou kè poze. M'ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p'ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè.
Jezi t'ap mache nan tout lavil yo ak tout ti bouk yo. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap fè konnen Bòn Nouvèl Peyi kote Bondye Wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite.