Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Travay 8:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Filip desann nan vil Samari epi li tonbe preche moun nan vil la mesaj Kris la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Se konsa Filip al nan yon lavil peyi Samari. Rive la, li tanmen pale sou Kris la bay moun yo.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Philippe te desann nan vil Samarie. Li te kòmanse preche Kris la bay yo.

Gade chapit la Kopi




Travay 8:5
18 Referans Kwoze  

Men lè Sentespri a va vini sou nou, l ap ban nou puisans. Lè sa a, n a rann temwanyaj de mwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide a, nan Samari rive jouk nan dènye bout latè.”


Nan demen, nou kite Tolemayis, n ale nan vil Sezare. Lè nou rive Sezare, n al lakay Filip epi nou fè ladesant lakay li. Filip se te yon evanjelis; anplis, li te youn nan sèt mesye yo te chwazi pou sèvi kòm dyak nan legliz Jerizalèm nan.


Chak jou ki pase, Apot yo te nan Tanp lan epi yo te mache kay an kay tou. Yo pa t janm sispann anseye sa Bib la di epi preche Bòn Nouvèl konsènan Jezikris la.


Tout foul la te dakò nèt ak sa Apot yo te di a. Konsa, yo chwazi Etyèn, yon nonm ki te gen anpil lafwa nan Bondye epi ki te anba pouvwa Sentespri a. Anplis, yo te chwazi Filip, Pwokò, Nikanò, Timon, Pamenas, ak Nikola. Nikola sa a se te yon moun lavil Antyòch ki te konvèti nan relijyon Jwif yo, anvan menm li te kwè nan Jezikris.


Sòl te dakò nèt pou yo te touye Etyèn. Nan peryòd sa a tou te gen yon kokenn chenn pèsekisyon ki te vin leve kont legliz Jerizalèm nan. Tout fidèl yo te gaye nan tout rejyon Jide a ak nan rejyon Samari. Se apot yo sèlman ki te rete Jerizalèm.


Yon anj Bondye di Filip konsa: “Leve! Ale nan direksyon sid, sou wout ki sot Jerizalèm pou desann Gaza a. Wout sa a travèse yon zòn ki dezè nèt.”


Filip kouri al bò kote cha a, epi li tande chèf la ap li nan liv pwofèt Ezayi a. Filip mande l: “Èske ou konprann sa w ap li a?”


Filip menm al parèt nan vil Azòt. Apre Azòt, li pati pou ale Sezare. Filip t ap evanjelize moun sou tout wout la, nan tout vil li te travèse yo.


Foul moun yo nan Samari te koute tout sa Filip t ap di avèk anpil atansyon. Non sèlman yo te tande li, men yo te wè mirak li t ap fè yo tou.


San l pa t pran tan, li te kòmanse ale nan tout sinagòg yo ap pale de Jezi. Li t ap di moun yo, “Jezi se Pitit Bondye!”


men nou menm nou preche Kris krisifye. Jwif yo konsidere mesaj sa a tankou yon eskandal. Moun ki pa Jwif yo konsidere l tankou foli.


Mwen te pito deside lè m te lakay nou pou m te bliye tout lòt bagay eksepte Jezikris ak lanmò li sou lakwa.


Fondasyon an poze deja. Se Jezi ki fondasyon an. Pèsonn pa ka poze yon lòt fondasyon.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite