Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Travay 8:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Men, Filip te pwofite preche Bòn Nouvèl wayòm Bondye a epi li t ap rakonte yo bagay ki konsène Jezikris, la devan pèp la. Gason tankou fi te kwè mesaj Filip te preche a epi yo te resevwa batèm.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Men, lè Filip anonse bòn nouvèl peyi kote Bondye wa a, lè l fè yo konnen non Jezi Kris la, moun yo kwè pawòl la. Fanm kou gason resevwa batèm.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Men lè yo te kwè Philippe ki t ap preche bòn nouvèl wayòm Bondye a nan non Jésus Kris la, yo t ap batize; fanm, kou gason menm jan an.

Gade chapit la Kopi




Travay 8:12
22 Referans Kwoze  

Ale fè disip nan tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a.


Apre sa li voye yo al preche levanjil wayòm Bondye a epi pou yo al geri malad.


Jezi reponn li: “Kite moun mouri yo antere moun mouri parèy yo. Men ou menm, al pwoklame wayòm Bondye a pito.”


Li te parèt byen vivan devan moun li te chwazi yo apre l te fin mouri. Pandan karant (40) jou, li te ba yo anpil prèv pou montre li vivan toutbonvre epi li te di yo anpil bagay konsènan Wayòm Bondye a tou.


Kèk nan kwayan sa yo ki te moun Chip ak Sirèn te ale Antyòch. Lè yo rive la, yo preche moun ki pa Jwif yo Bòn nouvèl Jezikris la.


Poutan, Krispis ki te chèf Sinagòg la, li menm ak tout moun lakay li te kwè nan Jezikris. Anpil lòt moun nan Korent ki t ap tande Pòl te kwè tou epi yo te resevwa batèm.


Menm kote yo fin tande mesaj la, yo tout resevwa batèm nan non Senyè Jezi.


Pyè pran lapawòl, li di yo: “Chanje kè nou ak fason n ap viv la. Chak moun dwe resevwa batèm nan non Jezikris. Konsa Bondye va padone peche nou epi li va ban nou Sentespri a kòm kado nan lavi nou.


Konsa, tout moun nan foul la ki te aksepte mesaj Pyè a te resevwa batèm. Nan jou menm sa a, te gen twa mil (3,000) moun ki te vin ajoute sou gwoup kwayan ki te la yo.


M te toujou egzòte tout moun, Jwif tankou Grèk, pou yo chanje jan y ap viv la epi pou yo tounen vin jwenn Bondye. M te toujou mande yo pou yo mete konfyans yo nan Jezi, Senyè nou an.


Kounye a, koute byen sa m ap di nou. M konnen okenn nan nou la a p ap janm wè m ankò. Pandan tout tan m te nan mitan nou an, m te toujou preche nou mesaj konsènan wayòm Bondye a.


Li t ap preche wayòm Bondye a epi li t ap prezante Jezikris avèk anpil asirans ak tout libète.


Anpil anpil moun te vin ogmante gwoup kwayan yo, fi tankou gason, paske yo te kwè nan Senyè a.


Disip ki te oblije gaye yo menm t ap mache preche Bòn Nouvèl Levanjil la tout kote yo pase.


Wi, si nou kwè nan Jezi ak tout kè nou, Bondye fè nou vin lib devan l, lè nou temwanye lafwa nou ak bouch nou, Bondye sove nou.


Sepandan, nan Senyè a, fi depann de gason menm jan gason depann de fi.


Pa gen diferans ankò ant moun ki Juif ak moun ki pa Juif. Pa gen diferans ankò ant moun ki esklav ak moun ki lib. Pa gen diferans ankò ant gason ak fanm. Mwen di sa, paske nou tout nou se yon sèl fanmi an nan Jezikris.


Dlo sa a, se tankou yon imaj batèm ki sove nou jodi a. Batèm se pa pou retire salte sou kò nou, se yon angajman nou pran pou n kenbe yon konsyans san repwòch devan Bondye. Li sove nou paske Jezikris te leve vivan nan lanmò.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite