Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Travay 8:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Simon te tèlman gen lontan depi l ap fè maji devan je pèp la, yo te sezi wè sa l t ap fè yo epi yo te vin fanatik li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Moun yo te fanatik li paske depi lontan li t'ap fè yo rete bouch be devan maji li t'ap fè.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Yo te koute li, paske pandan anpil tan li te konn etone yo avèk metye maji sila a.

Gade chapit la Kopi




Travay 8:11
6 Referans Kwoze  

Banabas ak Sòl te travèse tout zile a nèt jouk rive Pafòs. Rive yo rive Pafòs, yo rakontre yon majisyen yo te rele Bajezi. Bajezi sa a se te yon Jwif ki te vle fè tèt li pase pou yon pwofèt.


Te gen yon nonm nan vil Samari yo te rele Simon. Se Simon sa a ki te sèl kòk chante, anvan Filip te vin nan zòn nan. Li te konn ap fè anpil maji ki te konn fè moun Samari yo sezi. Li te menm konn ap bat lestomak li pou di li se yon moun ki pa kanmarad lòt moun.


Nou menm moun peyi Galasi, ala nou san konprann! Jan m te byen anseye nou Bòn Nouvèl la. Mwen te prezante nou Jezikris kòm yon moun ki mouri sou kwa a. Èske yon moun te itilize puisans Satan pou jwe nan lespri nou pou fè nou bliye?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite