Travay 27:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil1 Yo te deside fè nou pran bato pou n ale Itali. Yo livre Pòl ansanm ak kèk lòt prizonye bay yon ofisye women yo rele Jiliyis. Se te yon ofisye ki t ap sèvi nan gwoup espesyal Anperè a te genyen. Gade chapit la1998 Haïtienne1 Lè yo deside pou anbake nou abò pou Itali, yo renmèt Pòl ak kèk lòt prizonye bay Jiliyis, kòmandan batayon Seza. Gade chapit laBib Sen An: Kreyòl Ayisyen1 Lè yo te deside ke nou ta pran vwal pou Italie, yo te pwosede livre Paul avèk kèk lòt prizonye bay yon santenye ki manm nan kowòt Auguste la, ki te nome Julius. Gade chapit la |
Rive l rive Korent, Pòl rankontre ak yon nonm yo te rele Akilas. Akilas sa a te moun yon kote yo te rele Pon, men, limenm ak madanm li Prisil te sanse fèk rive pou rete Korent, ki nan peyi Itali. Yo te kite itali paske anperè Klod te egzije tout Jwif pou yo kite lavil Wòm. Pòl t al vizite Prisil ak Akilas.