Mak 9:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil10 Disip yo pa t pale pawòl la, men yo t ap diskite ant yo sou sa Jezi te vle di lè li te pale de “leve soti vivan nan lanmò a.” Gade chapit la1998 Haïtienne10 Yo te kenbe pawòl la sekrè, men yonn t'ap di lòt: — Sa sa vle di menm: leve sòti vivan pami mò yo? Gade chapit laBib Sen An: Kreyòl Ayisyen10 Yo te reflechi anpil sou pawòl sa a, e te diskite youn avèk lòt sou sa sa vle di: “leve soti nan lanmò an”. Gade chapit la |
Pandan l te sou plas la, gen kèk filozòf ki te patizan lide Epiki yo ansanm ak kèk lòt ki te rele tèt yo Estoyisyen, yo te patizan lide Zenon yo, filozòf sa yo te kòmanse diskite ak Pòl. Gen nan yo ki di: “Nonm sa a pa menm konn sa l ap pale a. Ki sa l ap eseye di menm?” Pòl t ap anonse yo Bòn Nouvèl la konsènan Jezikris la epi li t ap pale yo sou jan moun ki mouri yo gen pou resisite. Lè sa a, yo di: “Li genlè ap eseye pale nou de kèk lòt dye etranje!”