Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 8:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 “Kè m fè m mal pou moun yo, yo la avè m depi twa jou epi kounyea, yo pa gen anyen pou yo manje.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 — Kè m fè m mal pou moun sa yo. Sa fè twa jou depi yo la avè m, yo fin manje tou sa yo te pote.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 “Mwen santi konpasyon pou foul la pwiske yo rete avèk Mwen koulye a pandan twa jou, e yo pa gen anyen pou yo manje.

Gade chapit la Kopi




Mak 8:2
23 Referans Kwoze  

Konsa, lè Jezi desann bato a, li te wè yon gwo foul moun ki te gen tan la ap tann li. Kè l te fè l mal anpil pou moun yo, epi li geri tout malad ki te nan foul la.


Jezi santi kè l fè l mal pou yo. Li touche je yo, epi nan menm moman an, je mesye yo te vin wè. Yo te leve, yo swiv Jezi.


Lè Jezi gade nan ki sitiyasyon pèp la t ap viv, kè l fè l mal anpil. Ti figi yo te rale, yo te sanzespwa. Yo te tankou yon bann mouton ki pa gen bèje.


Jezi te santi l endinye poutèt nonm nan. Li lonje men l epi li touche nonm nan. Li di: “Mwen vle. Geri!”


Men Jezi pa t kite l fè sa, Jezi di li: “Retounen lakay moun pa w yo, di yo tout sa Bondye fè pou ou, di yo kijan Bondye gen mizerikòd pou ou.”


Konsa yo monte nan yon bato epi yo travèse ale nan yon kote ki pa gen moun.


Konsa, lè Jezi desann bato a, li te wè yon gwo foul moun ki te gen tan la ap tann li. Kè l fè l mal anpil pou moun yo, paske yo te tankou yon mouton ki pa gen bèje. Konsa, li kòmanse anseye pèp la anpil bagay.


Mwen pa ka voye yo lakay yo tou grangou. Si yo ale konsa, yo ka tonbe feblès nan wout. Anpil ladan yo rete lwen isit la.”


Anpil fwa lespri a voye l jete nan dife osinon nan dlo pou l touye l. Men si ou kapab fè yon bagay, tanpri gen pitye pou nou, ede nou.”


Apre sa, li leve li tounen lakay papa l. Pandan jèn nonm nan te yon bèl distans toujou, papa l wè l ap vini, epi kè papa a fè l mal pou li. Papa a kouri al kontre pitit la, li vole nan kou pitit la, li bo li.


Lè Senyè a wè madanm nan, li te gen konpasyon pou li epi li di li: “Pa kriye.”


Se pou rezon sa a, Jezi te bezwen sanble ak frè l ak sè l yo nan tout bagay. Se sa menm ki fè li ka fè sèvis pou nou devan Bondye, tankou yon granprèt fidèl epi ki gen kè nan men. Se li menm ki ofri sakrifis ki padone peche pèp la.


Nou gen yon granprèt ki konprann feblès nou yo. Li pase anba tout kalite tantasyon menm jan avèk nou lè li t ap viv sou latè, men li pa t janm peche.


granprèt la genyen pwòp feblès pa l. Konsa, li ka aji avèk dousè ak moun ki fè sa ki mal poutèt inyorans yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite